JW subtitle extractor

Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 2 (2024)

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou kontan w ansanm avèk nou!
Ki efè reyinyon ànyèl 2023 a
genyen sou ou?
Èske nou sonje enfòmasyon
yo te bay ki montre
Jewova se “Jij tout tè a”,
yon Jij ki gen mizèrikòd?
Nou te kontan aprann gen moun
ki te mouri delij Noye a,
nan destriksyon vil Sodòm
ak Gomò,
e menm kèk moun ki ka vin repanti
pandan gwo triibilasyon an,
gen posiblite benfisye
mizèrikòd Jewova.
Depi lè w aprann enfòmasyon sa a,
èske sa konn rive w ap reflechi
anpil sou mizèrikòd Jewova?
Ebyen, se menm bagay la
Kolèj santral la fè tou.
Apre nou priye,
nou etidye, nou medite
e nou pale sou sa,
nou te byen egzamine
fason Jewova
te konn boule ak moun ki te
fè peche ki grav.
Nan dènye enfòmasyon sa a,
nou pral fè yon ti pale sou
egzanp Jewova bay
sou sa nou jwenn nan Bib la.
Epi, nou pral pale sou kèk nouvo
enfòmasyon k ap ede n wè
ki jan pou n regle ka kote
moun nan kongregasyon an
fè peche ki grav.
2 Pyè 3:9 montre Jewova “pa ta
renmen pou pèsonn moun detwi,
men li ta renmen pou tout
moun rive repanti”.
Ki sa sa aprann nou?
Sa ede nou konprann Jewova
vle pou moun yo repanti
pou yo ka gen lavi.
Lè de premye moun yo te peche,
yo te lakòz lèzòm vin jwenn
peche ak lanmò.
Ki sa Jewova te fè?
San pèdi tan, li te pran dispozisyon
pou mezi moun posib rive gen lavi.
Grasa sakrifis Jezi a,
Jewova te pran dispozisyon
pou l padone peche
tout moun ki t ap demontre
yo gen lafwa e ki t ap repanti.
Konsa y ap gen lavi ki pap
janm fini an.
Donk, nou pa sezi wè
nan tout Bib la,
Jewova ankouraje moun
ki peche yo pou yo repanti.
Jewova ankouraje moun ki te kite
vrè adorasyon an pou yo retounen.
Sa ann amoni ak Women 2:4, ki di:
“Oubyen, èske se pa meprize w
meprize kokenn bonte,
kokenn andirans ak kokenn
pasyans Bondye genyen
paske w pa konnen se bonte
Bondye gen lakay li
ki fè li vle w repanti?”
Annou wè kèk egzanp
kote Jewova te ede kèk
moun ki peche
paske li te vle pou yo repanti.
Kayen te rayi Abèl, frè l la,
e li te vle touye l,
men, Jewova t al pale ak Kayen,
li te rezone avè l.
Lè David te peche, Jewova te voye
pwofèt Natan kot David
pou l te ka ede David repanti.
Bon, ki jan Jewova te ede
nasyon Izrayèl la?
Jewova te kontinye rale yo
vin jwenn li,
malgre yo pa t montre yo
te vle repanti.
Nan Ezekyèl 33:11, gad ki jan Jewova
te pale ak nasyon Izrayèl la:
“Menm jan li klè mwen vivan,
mwen fè sèman,
mwen pa pran plezi nan lanmò
moun ki mechan,
e mwen ta pito wè yon
moun ki mechan
chanje fason l ap aji pou l
ka rete an vi.
Kase tèt tounen! Kite move
chemen nou pran an!
Pou ki rezon pou n ta
oblije mouri,
o nou menm moun Izrayèl yo?”
Ki sa sa aprann nou?
Byenke Jewova pa fòse okenn
moun repanti pou peche yo fè,
li gen anpil anpil konpasyon
pou moun ki peche.
Li fè yon pakèt bagay pou l ede
moun sa yo jwenn padon,
pou l ankouraje yo vin jwenn li,
pou l ede yo repanti depi
yo vle sa.
Franchman, n ap sèvi yon Bondye
ki gen anpil konpasyon ak mizèrikòd!
Kolèj santral la te priye e li
egzamine fason n ka
pi byen imite mizèrikòd Jewova
lè n ap ede moun ki peche
nan kongregasyon an.
Sa ede Kolèj santral la pi byen
konprann twa vèsè nan Bib la.
Ann kòmanse ak premye a.
Se 2 Timote 2:24, 25.
Men sa Pòl te di:
“An reyalite, yon esklav Seyè a
pa dwe nan goumen,
men li dwe dou ak tout moun,
li dwe gen kapasite
pou l anseye,
li dwe metrize tèt li
lè yo fè l ditò,
e li dwe enstwi moun ki pa
byen dispoze yo avèk dousè.
Petèt, Bondye ka byen
pèmèt yo repanti,
e sa ap fè yo jwenn konesans
egzak sou verite a.”
Lè Pòl di “moun ki pa
byen dispoze yo”,
de kiyès li t ap pale menm?
Men esplikasyon nou jwenn
nan yon nòt Bib etid la
sou 2 Timote 2:25.
“Nan kontèks sa a, Pòl itilize
yon mo grèk ki fè referans
ak moun ki fè rezistans ak
ansèyman kretyen yo,
oswa ki mete tèt yo ann opozisyon
ak ansèyman sa yo.
Pami moun Pòl te gen
nan tèt li yo,
petèt li t ap panse ak kèk moun
nan kongregasyon Efèz
ki te gen yon atitid ki negatif
parapò ak konsèy yo resevwa
ki baze sou Ekriti yo,
oswa anrapò ak avètisman
yo te resevwa
nan men frè ki alatèt yo.”
Jodi a, sa ka gen ladan l frè ak
sè nan kongregasyon an
ki meprize konsèy yo resevwa
ki baze sou Bib la
e ki vin tonbe nan peche ki grav.
Yon moun ki vin tonbe nan
peche grav
bezwen èd nan men ansyen yo.
e se sa k fè, ansyen yo fè yon
komite pou ede moun nan.
Objektif ansyen ki nan komite sa a
se pa sèlman gade si moun
ki peche a repanti,
men tou, yo bezwen suiv konsèy
ki nan 2 Timote 2:24, 25 lan.
Ansyen yo dwe korije moun
ki fè peche a
e yo enstwi l avèk dousè.
Nan ki objektif?
Gade ki sa yon lòt nòt etid di
sou 2 Timote 2:25.
“Lè yon kretyen k ap sèvi kòm
ansyen aji avèk dousè
pou l korije oswa pou l enstwi
yon ‘moun ki pa byen dispoze’,
bon rezilta sa ka bay sèke
moun nan ka repanti,
oswa l ka ‘chanje etadespri.’
[...] Lè gen yon chanjman konsa
ki fèt nan fason moun nan panse
ak nan atitid li,
se pa okenn moun ki gen
merit la, men se Jewova;
se Li menm ki ede kretyen
ki repanti a pou l fè chanjman sa a
ki ka sove lavi l.
Pòl kontinye pandan l ap pale
de kèk bon rezilta
yon repantans konsa bay:
sa fè pechè a jwenn konesans
egzak sou verite a,
sa ede l retounen nan bonsans li,
e sa pèmèt li retire kò l
nan pyèj Dyab la.”
Jan nou wè sa, objektif ansyen yo
se ede moun ki peche a repanti.
Lefètke nou pi byen konprann
2 Timote 2:24, 25,
ki efè sa ka genyen sou fason
nou te konn jere ka sa yo?
Pou kounye a, an jeneral, lè yon
moun fè yon peche ki grav,
komite ansyen yo fòme a konn
reyini ak moun nan yon sèl fwa.
Men, Kolèj santral la deside
komite yo kapab deside reyini
avèk moun nan
plis pase yon sèl fwa.
Poukisa?
Nan Revelasyon 2:21, anpalan de
“madanm yo rele Jezabèl la”,
Jezi te di:
“Mwen ba l tan pou l repanti.”
Nou swete grasa efò ansyen yo
ap fè avèk anpil lanmou,
Jewova ap ede yon kretyen ki devye
retounen nan bonsans li epi repanti.
Si l repanti, komite a ap kontinye
ede moun nan
yon fason pou l kapab soti
nan pyèj Satan yo
e pou l kontinye fè chemen yo
dwat pou pye l.
Nouvo dispozisyon sa a raple nou
gwo efò Jewova te fè
pou l ede David ak nasyon
Izrayèl la pou yo repanti.
E si yon minè ki batize
(ki poko gen 18 an)
vin tonbe nan peche grav?
Selon jan nou konn trete
ka sa yo,
yon komite ansyen yo fòme
reyini ak minè sa a ansanm ak
paran minè a si l Temwen.
Pou kounye a, se de ansyen
k ap reyini ak minè sa a
ansanm paran l ki Temwen.
Ansyen yo ap chèche konnen
ki sa paran yo deja fè pou
ede pitit yo a repanti.
Si minè a gen bon atitid
e li byen reyaji devan efò
paran l yo ap fè pou ede l,
de ansyen yo kapab deside
li pa nesesè pou yo ale
pi lwen avèk ka a.
Nòmalman, ansyen yo pral verifye
detanzantan ak paran yo
pou yo asire yo minè a jwenn
èd li bezwen.
Bon, e si yon minè ki batize
kontinye nan move wout li
pran an e li pa repanti?
Nan ka sa a, yon komite
ansyen yo fòme
ap reyini avè l e paran l yo
ap la tou.
Kolèj santral la gen
bonjan konviksyon
nouvo dispozisyon sa yo ann
amoni ak dezi Jewova genyen
pou l ede moun ki peche yo repanti.
Jewova vle yo vin ‘nan bonsans yo
pou yo retire kò yo nan pyèj Dyab la’.
“Li pa ta renmen [pou]
pèsonn moun detwi,
men li ta renmen pou tout
moun rive repanti.”
Kounye a, ann egzamine
dezyèm vèsè a.
Se 1 Korentyen 5:13. Li di:
“Retire mechan an
nan mitan nou.”
Bib la di byen klè nou dwe
retire moun ki peche e ki pa
repanti yo nan kongregasyon an.
Vrèmanvre, se moun ki peche a
ki mete tèt li nan sitiyasyon sa a.
Sa k fè n di sa?
Paske l refize aksepte èd
ansyen yo ba li plizyè fwa
avèk lanmou
pou yo ede l repanti.
Menmsi ansyen yo fè
yon moun konnen
y ap retire l nan kongregasyon an,
sa pa vle di yo fini ak moun nan.
Komite a pap sèlman bezwen
di moun nan
ki sa l ap bezwen fè pou l kapab
retounen nan kongregasyon an.
Ki lòt bagay l ap bezwen fè?
Ansyen yo ap bezwen esplike
moun nan
yo ta renmen reyini ak moun nan
ankò nan kèk mwa
pou yo kapab wè ki chanjman li fè.
Si moun nan dakò reyini
ak ansyen yo,
ansyen yo ap ankouraje l
ak tout kè yo
pou li repanti e pou l retounen.
Bon, e moun ki gen lontan
depi yo eskominye,
petèt, sa gen anpil ane?
Nan kèk ka, yo ka pa menm sonje
pou ki rezon yo te eskominye.
Petèt, yo sispann fè peche yo te
konn ap fè yo depi plizyè ane.
Kolèj santral la deside pou
ansyen yo vizite moun sa yo,
priye avèk yo epi ankouraje yo
ak tout kè nou
pou yo retounen nan
kongregasyon an.
Si yon moun gen plizyè ane depi l
pa fè pati kongregasyon an,
siman, lafwa moun sa a fèb anpil.
Se sa k fè, depi moun sa a vle,
ansyen yo kapab pran dispozisyon
pou yon moun etidye Labib
avèk moun sa a
menm anvan li reyentegre.
Nòmalman, moun nan dwe montre
li vle retounen nan kongregasyon an.
E se ansyen yo k ap toujou
pran dispozisyon
pou ede moun nan jwenn yon
moun pou etidye Labib avè l.
Pou Kolèj santral la demontre
mizèrikòd menm jan ak Jewova
pou moun ki peche yo,
li vle ede pi plis moun posib,
epi fè yo konnen pòt la ouvri
pou yo retounen nan
kongregasyon an.
Si w se yon moun ki eskominye
k ap gade videyo sa a,
n ap ankouraje w pou w
byen reyaji
devan efò ansyen yo ap fè
pou yo ede w
retounen nan kongregasyon an.
Si nan zòn w ap viv la,
ou pa rekonèt ansyen yo,
santi w alèz pou w rele yo
oubyen vizite youn nan
Sal Wayòm nou yo,
epi, mande yo pou yo ede w.
Jewova vle w retounen lakay ou,
e nou vle sa tou.
Ann amoni ak avètisman nou jwenn
nan 1 Korentyen 5:11 lan,
lè yo retire yon moun nan
kongregasyon an,
nou “sispann frekante moun sa a,
e nou pa menm manje” avè l.
Sa vle di, nou pa pase tan ak moun
yo retire nan kongregasyon an.
Men, sa pa vle di nou pa kapab
envite yon moun ki eskominye
vin asiste reyinyon
kongregasyon an.
Eskominye sa a kapab
yon fanmi nou,
yon ansyen etidyan Labib,
oubyen yon moun ki te zanmi nou
anvan l te eskominye.
Dispozisyon sa a byen tonbe
nan moman nou ye la a,
pandan n ap prepare pou
reyinyon ki pi enpòtan
nan ane a, Memoryal la,
ki pral fèt jou dimanch 24 mas la!
Ki sa pou n fè lè yon moun
eskominye asiste reyinyon?
Jiska prezan, lè yon moun
yo retire nan kongregasyon an
vin asiste reyinyon,
nou pa salye l.
Men, kounye a, Kolèj
santral la deside
pwoklamatè yo kapab deside,
sou baz konsyans yo ki fòme
grasa Bib la,
si y ap ba l yon senp salitasyon
e si y ap swete l byenveni
nan reyinyon an.
Bonjou.
Nou vrèman kontan wè w.
Mèsi.
Se vre, nou pap fè yon konvèsasyon
ki long ak moun nan,
e nou pap pase tan avè l,
men, nou pa bezwen inyore
moun nan nèt.
Sa mennen nou twazyèm
vèsè nou an.
Se 2 Jan 9-11. Men sa li di:
“Tout moun ki pran devan e ki
pa rete nan ansèyman Kris la
pa ann inyon avèk Bondye.
Yon moun ki rete nan
ansèyman sa a,
se li ki ann inyon ni ak Papa a,
ni ak Pitit la.
Si yon moun vin kote nou e
li pa pote ansèyman sa a,
pa resevwa l lakay nou,
e pa salye l.
Paske, yon moun ki salye l patisipe
nan move aksyon l yo.”
Èske sa vle di, selon 2 Jan 9 a 11,
nou pa dwe salye nenpòt moun
yo retire nan kongregasyon an?
Lè Kolèj santral la byen
egzamine vèsè sa a,
sa vin ede l konprann, an reyalite,
selon kontèks la,
apot Jan t ap pale de moun
ki aposta yo
ak lòt moun pwopagann pou
move konduit.
Se sa k fè, apot Jan te di
kretyen yo byen klè
pou yo pa menm salye
yon moun konsa,
akoz move enfliyans li te
kapab genyen sou yo.
Sa vle di, si yon moun ki
eskominye se yon aposta,
oswa yon moun k ap fè pwopagann
pou move konduit,
ansyen yo pa dwe vizite
moun sa a.
Epitou, yon kretyen pa dwe
salye moun sa a,
oswa envite l vin asiste
reyinyon nou yo.
Nan dènye enfòmasyon sa a,
nou sot egzamine dezi Jewova
genyen pou l ede
moun ki peche yo repanti,
e nou sot jwenn kèk eklèsisman
sou fason pou nou boule
ak yon moun nan kongregasyon an
ki fè peche.
Ann amoni ak 2 Timote 2:24, 25,
avèk lanmou, ansyen ki fòme
komite a ap korije,
y ap enstwi moun peche a
nan objektif pou yo ede l repanti.
Jan sa parèt nan 1 Korentyen 5:13,
yo dwe retire yon moun ki refize
repanti nan kongregasyon an.
Sepandan, komite a ap toujou
eseye ede l wè
li bezwen repanti, epi retounen,
e y ap pran dispozisyon pou yo
reyini avè l apre kèk mwa.
Epitou, nou sot pi byen
konprann 2 Jan 9-11.
Nou vin konprann yo aplikab
espesyalman pou aposta yo
ak lòt moun k ap fè pwopagann
pou move konduit,
e li pa konsène tout moun yo retire
nan kongregasyon an.
Depi lè de premye moun yo
te peche a,
Jewova ap travay di pou l delivre
moun ki repanti yo.
Nou konnen Jewova pa fèmen je
sou sa ki mal
e li pa pwoteje moun ki peche
ki pa repanti yo
kont konsekans move aksyon yo.
Aktout sa, nan lanmou li,
Jewova vle pou moun ki peche yo
rekonsilye avè l, depi sa posib.
Li pa vle pou pèsonn moun detwi,
se sa k fè li ankouraje yo
pou yo repanti.
Ansyen yo gen privilèj pou yo
kolabore ak Jewova
lè y ap fè efò pou yo ede moun
ki peche yo pou yo repanti.
Lanmou nou pou Jewova
kontinye vin pi plis
tank n ap medite sou
lanmou Jewova,
mizèrikòd li ak konpasyon l.
N ap kontan aprann
y ap pibliye enfòmasyon nou
sot wè nan videyo sa a
nan yon seri atik k ap parèt nan
Toudegad edisyon etid la.
Mete sou sa, ansyen yo pral
resevwa enstriksyon
sou fason pou yo aplike
enfòmasyon sa yo.
Nou swete pou Jewova beni nou
nan efò n ap fè pou n suiv
enstriksyon sa yo
ki montre jan Jewova gen
lanmou ak mizèrikòd.
Anvan nou fini,
Kolèj santral la te mande m
pou m li yon anons pou nou:
“Kolèj santral la deside
sè yo ka chwazi mete pantalon
lè y ap patisipe nan
travay predikasyon,
lè y ap asiste reyinyon,
asanble ak kongrè.
Si yon sè chwazi mete pantalon
nan okazyon sa yo,
li ta dwe apwopriye
pou okazyon an,
yo pa dwe rilaks,
yo dwe diy, epi kòrèk.
“Lè yon sè gen patisipasyon,
li dwe mete yon jip oswa yon wòb,
selon sa ki akseptab
nan peyi l ap viv la.
Nòmalman, gen sè ki ka chwazi
mete jip oswa wòb menm lè
yo pa gen patisipasyon.
“Mete sou sa, frè yo ka chwazi
pa mete kòl oswa vès
lè y ap patisipe nan travay
predikasyon an
ak lè y ap asiste reyinyon,
asanble ak kongrè.
Si yon frè chwazi pou l pa mete kòl
oswa vès nan okazyon sa yo,
li ta dwe abiye yon fason
ki apwopriye,
ki kòrèk, ki diy e ki pa rilaks.
“Lè yon frè gen patispasyon,
li dwe mete kòl ak vès,
si se sa ki akseptab nan
peyi l ap viv la.
Nòmalman, gen frè ki ka chwazi
mete kòl oswa vès
menm lè yo pa gen patisipasyon.
Lè n ap vizite Betèl,
li t ap bon pou frè yo
mete kòl ak vès,
e sè yo dwe mete jip oswa wòb,
si se sa ki akseptab nan
peyi y ap viv la.”
Nou renmen nou tout
anpil anpil!
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo,
se te Tele JW.