00:00:01
Nou kontan w ap gade
dènye enfòmasyon sa a.00:00:04
00:00:04
Nan videyo sa a, nou
pral egzamine 00:00:06
00:00:06
prensip nan Bib la
ki kapab ede nou00:00:08
00:00:08
lè n ap pran desizyon anrapò
ak abiman ak aparans.00:00:11
00:00:12
Men toudabò, men kèk
enfòmasyon anrapò ak00:00:15
00:00:15
travay sekou nou fè apre
dènye katastwòf yo.00:00:18
00:00:18
Nan sidès Afrik, gen
anpil peyi,00:00:21
00:00:21
sa gen ladan l Malawi,
Mozanbik ak Zimbabwe,00:00:25
00:00:25
kote te gen gwo sechrès.00:00:27
00:00:28
Filyal Zimbabwe a
fè konnen gen00:00:30
00:00:30
anviwon 13 500
pwoklamatè nan peyi a00:00:33
00:00:34
ki bezwen bagay de baz
pou yo ka viv.00:00:36
00:00:37
Mete sou sa, inondasyon
ki te genyen nan peyi Malawi00:00:41
00:00:41
fè dega nan kay
kèk frè ak sè00:00:43
00:00:43
e yo detwi manje yo
te genyen yo.00:00:46
00:00:46
Nan fen mwa avril la,
frè Gage Fleegle00:00:49
00:00:49
te vizite peyi Malawi
ak Zimbabwe00:00:52
00:00:52
pou ankouraje frè ak sè yo.00:00:54
00:00:55
Pou ka pote sekou akoz
dènye katastwòf yo,00:00:58
00:00:58
Kolèj santral la te voye
kòb yon fason 00:01:00
00:01:00
pou frè ak sè yo te ka
jwenn manje 00:01:02
00:01:02
ki enpòtan yo tankou mayi,00:01:04
00:01:04
pwa,00:01:05
00:01:05
pwason seche ak luil
pou fè manje.00:01:07
00:01:08
Nan peyi Japon, n ap sonje
te gen yon tranblemanntè00:01:12
00:01:12
mayitid 7.6 nan
mwa janvye a.00:01:15
00:01:15
Te gen plis pase 600 kay
frè ak sè ki te sibi domaj 00:01:18
00:01:18
e gen 8 kay ki te kraze.00:01:20
00:01:20
Te gen 13 Sal Wayòm
ki te sibi domaj.00:01:22
00:01:23
Depi lè a, gouvènman
ap travay pou repare00:01:26
00:01:26
sa ki kraze nan
kominote a.00:01:28
00:01:28
Biwo filyal la travay di
pou ede frè yo00:01:31
00:01:31
repare epi rebati kay yo.00:01:33
00:01:35
Nan dat 3 avril la,
peyi Taywann 00:01:38
00:01:38
te viv pi gwo tranblemanntè l
depi plis pase 25 an. 00:01:41
00:01:41
Sa ki lakòz gouvèman peyi
Japon ak Filipin00:01:44
00:01:44
te bay alèt sounami.00:01:46
00:01:46
Nou kontan pa gen okenn
frè ak sè nou yo ki mouri00:01:49
00:01:50
oswa ki blese grav.00:01:51
00:01:51
E pa gen okenn nan kay yo
ki te sibi gwo domaj.00:01:54
00:01:54
Men, gen 20 Sal Wayòm
ak biwo tradiksyon a distans00:01:58
00:01:58
pou lang amis la
ki te sibi ti domaj.00:02:00
00:02:01
Kounye a, y ap repare yo.00:02:03
00:02:04
Malgre difikilte katastwòf
sa yo te lakòz, 00:02:07
00:02:08
frè ak sè nou yo, san
pèdi tan, te pote yo 00:02:10
00:02:10
volontè pou ede nan
travay sekou a.00:02:13
00:02:13
E n ap di nou tout mèsi
pou priyè nou00:02:16
00:02:16
ansanm ak ofrann nou
te fè ak tout kè nou00:02:19
00:02:19
ki te pèmèt travay sekou a.00:02:21
00:02:22
Talè konsa, gen yon
videyo enteresan00:02:25
00:02:25
ki pral parèt sou
JW Library.00:02:28
00:02:28
Se yon videyo sou
yon maniskri nan Bib la00:02:31
00:02:31
moun panse ki te detwi.00:02:33
00:02:34
Maniskri a se yon tradiksyon
liv ki te ekri an grèk yo00:02:37
00:02:37
nan lang anglè, kote
non Jewova parèt00:02:40
00:02:40
plis pase 200 fwa.00:02:42
00:02:42
Ann gad yon apèsi
sou videyo a ki gen tit:00:02:45
00:02:45
Yo jwenn yon tradiksyon Labib ki te pèdi.00:02:49
00:02:49
Nan ane 1700 yo, kesyon
tradiksyon te fè anpil deba 00:02:53
00:02:53
ant politisyen yo ak
chèf relijye yo.00:02:56
00:02:58
Se te yon epòk kote moun
pa t ka di sa yo panse aklè.00:03:02
00:03:04
Otorite yo pa t kontan ditou
paske l t ap chèche konn laverite.00:03:10
00:03:11
Yon moun ki kwè Bib la
se ekriti ki sakre,00:03:16
00:03:16
pap kontan si ta gen gwo
erè nan tradiksyon l ap li a.00:03:21
00:03:21
Nou pa t la pou n te kwè tout
sa n te wè, tout sa n te tande. 00:03:25
00:03:25
Nou te la pou n poze kesyon.00:03:27
00:03:28
Se te yon seri gwo biblis00:03:30
00:03:30
ki te byen konn ebre ak grèk yo
ki te fè travay sa a. 00:03:33
00:03:36
Nou te toujou panse
tradiksyon sa a te pèdi.00:03:39
00:03:41
Se vrèman yon bèl bagay,00:03:43
00:03:43
e se yon bagay plis moun
toujou ta dwe konnen.00:03:47
00:03:48
Nou sèten w ap kontan
gade tout videyo a00:03:52
00:03:52
sou bèl dekouvèt sa a.00:03:54
00:03:56
Tou dènyeman, nou te
jwenn mizajou00:03:59
00:03:59
anrapò ak aparans
ak abiman.00:04:01
00:04:01
Te gen mizajou sou kesyon bab, kravat, vès pou frè yo,00:04:06
00:04:06
ak pantalon pou sè yo.00:04:07
00:04:08
Nou rekonesan paske
Jewova kwè n ap pran00:04:11
00:04:11
bon desizyon nan
domèn sa yo.00:04:13
00:04:13
Men, sa fè nou poze
kèk kesyon.00:04:16
00:04:16
Toudabò, èske ajisteman
anrapò ak abiman00:04:20
00:04:20
ak aparans vle di nou
bese prensip nou yo?00:04:23
00:04:23
Se pa sa menm!00:04:24
00:04:25
Adorasyon n ap bay
Jewova merite pou nou00:04:27
00:04:27
ba li gwo onè ak respè.00:04:29
00:04:30
Ajisteman sa yo pa vle di
kounye a nou gen mwens respè00:04:33
00:04:33
pou sèvis n ap bay Jewova a. 00:04:35
00:04:36
Okontrè, sa montre n
rekonèt fason moun00:04:39
00:04:39
abiye chanje avèk letan.00:04:41
00:04:41
Sa yo te konsidere ki
akseptab, ki montre respè00:04:44
00:04:44
pou kèk okazyon vin
chanje tou tank tan ap pase. 00:04:47
00:04:48
Pa egzanp, èske w sonje
imaj sa yo ki te parèt00:04:51
00:04:51
nan Dènye enfòmasyon
Kolèj santral la bay00:04:53
00:04:53
2023 # 8?00:04:54
00:04:55
Nou pa t ap atann pou nou
abiye menm jan ak moun00:04:58
00:04:58
ki te nan epòk biblik yo.00:04:59
00:04:59
Nitou, nou pa t ap atann
pou nou abiye menm jan00:05:02
00:05:02
moun te konn abiye
sa gen 100 an.00:05:04
00:05:05
Tan an chanje.00:05:06
00:05:07
Abiman ak aparans moun te
konsidere ki demontre respè00:05:10
00:05:10
chanje tank tan ap pase.00:05:12
00:05:13
Se poutèt sa, nan
Dènye enfòmsayon yo00:05:15
00:05:15
yo te fè kèk ajisteman.00:05:17
00:05:19
Yon lòt kesyon nouvo
dirèksyon n jwenn nan00:05:21
00:05:21
fè n poze se ki jan
nou ka asire nou00:05:24
00:05:24
nou toujou montre respè
pou Jewova 00:05:26
00:05:26
ak adorasyon l lan nan
sa ki gen rapò ak 00:05:29
00:05:29
bab, pantalon ak
pa mete kravat?00:05:32
00:05:33
Kòm nou konnen, gen
diferan stil abiman.00:05:36
00:05:36
E se menm bagay la tou
pou kesyon aparans lan.00:05:38
00:05:38
Annou egzamine twa prensip
nou jwenn nan Pawòl Bondye a.00:05:42
00:05:42
Ou konnen prensip sa yo
e ou renmen Jewova.00:05:46
00:05:46
Nou konnen yo
enpòtan pou ou.00:05:49
00:05:49
Donk, annou gade
fason vèsè sa yo00:05:52
00:05:52
ka ede nou lè n ap
pran desizyon 00:05:54
00:05:54
anrapò ak abiman
ak aparans.00:05:57
00:05:57
Pou kòmanse, annou
gade 1 Timote 2:9, 10.00:06:01
00:06:02
Li di:00:06:02
00:06:02
“Menm jan an tou, medam yo
dwe fè bèbèl ak tèt yo00:06:05
00:06:05
ak abiman ki kòrèk.00:06:07
00:06:07
Yo dwe fè sa yon fason ki montre
respè e avèk bonsans.00:06:11
00:06:11
Yo pa dwe fè sa ak yon seri
stil cheve trese,00:06:13
00:06:13
oswa ak lò, oubyen ak pèl,00:06:15
00:06:15
oswa ak rad ki koute chè anpil,00:06:17
00:06:17
men, y ap fè sa jan
medam ki di00:06:19
00:06:19
yo gen atachman pou
Bondye yo dwe fè sa.00:06:21
00:06:21
Yo dwe fè bon aksyon.”00:06:23
00:06:23
Selon sa nou li nan
vèsè sa yo,00:06:25
00:06:25
ki kalite aparans ak abiman
nou dwe chwazi?00:06:28
00:06:29
Chwa moun nan monn nan
fè anrapò ak abiman00:06:31
00:06:31
jis baze sou sa yo santi
yo pi alèz la.00:06:33
00:06:33
Men, antanke kretyen gen
lòt bagay nou bezwen gade.00:06:37
00:06:37
Nou di nou “gen atachman
pou Bondye”!00:06:40
00:06:40
Antanke kretyen,
kit nou se fi00:06:42
00:06:42
kit nou se gason, 00:06:43
00:06:43
nou vle pou aparans nou
ak abiman nou00:06:45
00:06:45
bay Jewova glwa.00:06:46
00:06:46
Se sa k fè nou chwazi
stil ki kòrèk,00:06:49
00:06:49
ki montre respè e ki
montre bonsans.00:06:52
00:06:53
Sitou lè nou pral nan
Sal Wayòm00:06:55
00:06:55
oswa n pral preche.00:06:56
00:06:57
Ki sa ekspresyon sa yo
vle di?00:06:59
00:07:00
Annou gade kèk nòt etid
yo bay sou vèsè sa yo.00:07:03
00:07:04
Pou ekspresyon “ki kòrèk la”, 00:07:06
00:07:06
men ki esplikasyon
nòt etid la bay:00:07:08
00:07:09
“Oswa apwopriye.00:07:11
00:07:11
Nan kontèks sa a,
mo grèk la bay ide00:07:15
00:07:15
yon rad moun konsidere
ki kòrèk ki demontre respè.00:07:19
00:07:19
e kalite rad konsa ki
bon pou moun ki di00:07:22
00:07:22
yo se sèvitè Bondye mete.”00:07:24
00:07:24
Si rad nou dekòlte oswa yo sere,00:07:27
00:07:28
èske w t ap di li bon,00:07:30
00:07:30
li kòrèk e li demontre respè?00:07:32
00:07:33
Èske l t ap apwopriye pou w
mete lè w pral adore Jewova?00:07:36
00:07:36
Mwen sèten ou t ap dakò,
li pa apwopriye.00:07:39
00:07:40
Sa vle di, nou bezwen
byen egzamine00:07:43
00:07:43
sa n ap met sou nou sitou,
lè n ap adore Jewova.00:07:47
00:07:48
Si rad nou yo rilaks,00:07:50
00:07:50
èske l t ap apwopriye pou n
mete sou nou00:07:52
00:07:52
lè n pral adore Jewova
nan reyinyon nou yo00:07:54
00:07:54
oswa lè n pral preche?00:07:56
00:07:56
Non!00:07:57
00:07:57
Yo pa t ap apwopriye.00:07:58
00:07:59
Natirèlman, m sèten
n ap dakò00:08:02
00:08:02
sa ki apwopriye pou
yon okazyon00:08:03
00:08:03
gendwa pa apwopriye
pou yon lòt okazyon.00:08:05
00:08:06
Pa egzanp, gen rad ki
apwopriye pou nou mete00:08:08
00:08:08
lè nou pral nan plaj oswa
n pral fè pwomenad.00:08:11
00:08:11
E gen rad ki apwopriye
lè n pral asiste yon maryaj.00:08:15
00:08:15
Konsa tou, gen rad
ki apwopriye00:08:18
00:08:18
lè n pral adore Jewova
nan reyinyon yo00:08:20
00:08:20
oswa lè n pral preche.00:08:22
00:08:23
Sa pou n konprann?00:08:24
00:08:25
Se vre, stil yo ap
chanje avèk letan,00:08:28
00:08:28
men, li bon pou nou rekonèt
gen diferan kategori rad,00:08:32
00:08:32
e nou dwe chwazi sa ki
kòrèk selon okazyon an.00:08:36
00:08:36
Sa se yon bagay nou
tout bezwen sonje.00:08:39
00:08:40
Annou gade dezyèm
nòt etid la.00:08:42
00:08:42
Sa sa vle di pou nou
abiye ak modesti?00:08:46
00:08:46
Nòt etid la di:00:08:48
00:08:49
“Nan kontèks sa a, modesti
gen ladan l00:08:52
00:08:52
pou n montre nou gen konsiderasyon pou konsyans,00:08:54
00:08:54
santiman oswa
opinyon lòt moun.00:08:57
00:08:57
Yon kretyen ki gen modesti
ap evite mete rad ki endesan,00:09:02
00:09:02
ki atire atansyon sou li
yon fason ki egzajere00:09:05
00:09:05
oswa ki ka fè lòt moun bite.”00:09:08
00:09:08
Donk, lè n ap pran desizyon00:09:10
00:09:10
nou gade ki efè sa kapab
genyen sou lòt moun00:09:13
00:09:13
tankou frè ak sè nou yo
ak kominote a.00:09:16
00:09:16
Nòmalman, nou pa montre
nou gen modesti00:09:19
00:09:19
si stil rad nou oswa
aparans nou 00:09:22
00:09:22
parèt dwòl oswa egzajere.00:09:24
00:09:24
Nou pa vle atire atansyon
twòp sou nou00:09:27
00:09:27
oswa distrè lòt moun akoz
fason nou abiye 00:09:30
00:09:30
oswa aparans nou.00:09:31
00:09:32
Nou vle pou tout atansyon an
se sou Jewova00:09:35
00:09:35
ansanm ak mesaj Wayòm
n ap preche a.00:09:38
00:09:39
Annou gade lòt
nòt etid la.00:09:41
00:09:41
Ki sa ekspresyon “avèk
bonsans” lan vle di?00:09:44
00:09:45
Nòt etid la fè konnen
li fè referans ak00:09:48
00:09:48
“bon jijman, pran desizyon
ak sajès, montre nou rezonab.”00:09:51
00:09:52
Kalite sa a ap ede n
evite parèt00:09:54
00:09:54
kòm yon moun ki neglije
kò nou, ki pa gen lòd.00:09:56
00:09:57
Ban m ban nou
yon egzanp.00:09:58
00:09:58
Imajine yo envite w nan
yon resepsyon 00:10:01
00:10:01
kote ap gen ofisyèl
gouvènman an.00:10:02
00:10:02
Ki jan w t ap abiye?00:10:04
00:10:04
Èske w t ap mete
pijama sou ou00:10:06
00:10:06
oswa lòt rad ou konn
mete lè w pral nan plaj?00:10:08
00:10:08
Ou pa t ap janm fè sa!00:10:10
00:10:10
Nou t ap vle abiye
yon fason ki montre00:10:11
00:10:11
nou gen respè pou okazyon an
ak pou moun k ap la yo.00:10:15
00:10:16
Alewè pou lè n pral
adore Jewova00:10:18
00:10:18
nan reyinyon yo
oswa nou pral preche.00:10:20
00:10:21
Sa pi enpòtan toujou!00:10:23
00:10:24
Annou gade yon dezyèm
prensip nan Bib la.00:10:27
00:10:27
Nou jwenn li nan
2 Korentyen 6:3, 4:00:10:31
00:10:31
“Nan okenn fason, nou pap
bay okenn okazyon00:10:36
00:10:36
pou moun bite, pou yo pa
kritike sèvis nou an.00:10:39
00:10:39
Men nan tout domèn,
nou rekòmande tèt nou00:10:42
00:10:42
kòm sèvitè Bondye.”00:10:44
00:10:44
Li bon pou nou gade jan
aparans nou ak abiman nou00:10:48
00:10:48
gen efè sou fason lòt moun
wè travay predikasyon an00:10:50
00:10:50
ak Bondye n ap adore a.00:10:52
00:10:53
Anfèt, moun yo ka deside
si y ap koute nou00:10:56
00:10:56
oswa si yo pap koute nou
sou baz aparans nou genyen.00:11:00
00:11:00
Nou ka mande tèt nou,00:11:02
00:11:02
nan tèritwa sa a, èske
moun yo ap wè m00:11:05
00:11:05
kòm yon sèvitè Bondye
si m gen abiman sa a00:11:09
00:11:09
oswa aparans sa a?00:11:10
00:11:11
Èske y ap wè diferans
ki genyen ant 00:11:13
00:11:13
pèp Jewova a ak moun
ki pap sèvi Bondye?00:11:16
00:11:18
Ki twazyèm prensip nou
pral pale sou li?00:11:21
00:11:21
Se 1 Jan 2:15-17.00:11:25
00:11:26
“Pa renmen monn nan,
ni bagay ki nan monn nan.00:11:29
00:11:30
Si yon moun renmen
monn nan,00:11:31
00:11:31
lanmou pou Papa a
pa nan li.00:11:33
00:11:34
Paske tout sa ki nan
monn nan,00:11:36
00:11:36
tankou dezi lachè, dezi je
ak egzibisyon00:11:39
00:11:39
yon moun ap fè ak mwayen l
genyen pou l viv,00:11:41
00:11:41
pa soti nan Papa a, men yo
soti nan monn nan.00:11:44
00:11:45
Anplis de sa, se pase
monn nan ap pase,00:11:48
00:11:48
e dezi li genyen ap
pase tou,00:11:51
00:11:51
men moun ki fè volonte
Bondye ap rete pou toutan.”00:11:55
00:11:55
Vèsè sa yo raple nou
abiman nou ak aparans nou00:11:59
00:11:59
pa dwe montre nou
renmen monn nan.00:12:01
00:12:02
Stil yo chanje tank ane
ap pase 00:12:05
00:12:05
e gen yon pakèt stil
ki pa choke pifò moun.00:12:08
00:12:09
Byen souvan,
piblikasyon nou yo di,00:12:11
00:12:11
‘nou pa dwe premye moun
ki adopte yon nouvo stil,00:12:14
00:12:14
ni nou pa dwe dènye moun
ki abandone yon ansyen stil’.00:12:17
00:12:18
Men, nou tout konnen
gen anpil stil00:12:20
00:12:20
nou pa t ap janm adopte.00:12:22
00:12:22
Sitou stil ki leve dezi
seksyèl lakay moun00:12:25
00:12:25
ki pa modès, ki derespektan
oswa ki neglije.00:12:29
00:12:30
E pou nou onèt, nou pa
dwe sèlman gade 00:12:33
00:12:33
stil rad la men, nou dwe
gade tou00:12:36
00:12:36
si rad sa a ap byen
chita sou nou.00:12:38
00:12:38
Nou pa vle janm montre
nou pa gen respè00:12:41
00:12:41
pou Jewova oswa pou
prensip li yo.00:12:44
00:12:46
Nou te egzamine twa prensip
nan Bib la ki kapab ede nou00:12:49
00:12:49
pran bon desizyon
anrapò ak abiman.00:12:52
00:12:52
Natirèlman, prensip sa yo
aplike sou jan nou fè cheve nou,00:12:56
00:12:56
bab nou ak tout aspè ki gen rapò
ak abiman ak aparans nou.00:13:00
00:13:00
Yo ede nou wè ki longè
ak ki stil n ap fè cheve nou.00:13:03
00:13:04
Frè yo sèvi ak prensip
sa yo pou yo detèmine00:13:06
00:13:06
fason bab yo ap ye,00:13:07
00:13:07
yon fason pou l ka parèt bèl
e yo byen pran swen l.00:13:10
00:13:11
Èske nou pa rekonesan
paske Jewova00:13:14
00:13:14
ban nou prensip sa yo
nan Pawòl li a?00:13:16
00:13:17
Li bon pou nou regade yo
anrapò ak dènye ajisteman yo.00:13:21
00:13:22
Ki lòt bagay nou bezwen
fè ak rapèl sa yo?00:13:25
00:13:26
Priye Jewova. 00:13:27
00:13:28
Mande l pou l ede w wè si gen
kèlkeswa chanjman w bezwen fè.00:13:31
00:13:32
Mande yon zanmi w ki gen matirite pou l di w franchman00:13:34
00:13:34
jan l wè aparans ou ak abiman w.00:13:36
00:13:36
E ou menm chèf fanmi,
montre lanmou00:13:39
00:13:39
pou madanm ou ak pitit ou 00:13:41
00:13:41
lè w ede yo aplike
prensip biblik sa yo.00:13:44
00:13:45
Frè ak sè nou yo
nou renmen nou00:13:48
00:13:48
e nou respekte nou anpil.00:13:50
00:13:50
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo,00:13:53
00:13:53
se te Tele JW. 00:13:56
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 3 (2024)
-
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 3 (2024)
Nou kontan w ap gade
dènye enfòmasyon sa a.
Nan videyo sa a, nou
pral egzamine
prensip nan Bib la
ki kapab ede nou
lè n ap pran desizyon anrapò
ak abiman ak aparans.
Men toudabò, men kèk
enfòmasyon anrapò ak
travay sekou nou fè apre
dènye katastwòf yo.
Nan sidès Afrik, gen
anpil peyi,
sa gen ladan l Malawi,
Mozanbik ak Zimbabwe,
kote te gen gwo sechrès.
Filyal Zimbabwe a
fè konnen gen
anviwon 13 500
pwoklamatè nan peyi a
ki bezwen bagay de baz
pou yo ka viv.
Mete sou sa, inondasyon
ki te genyen nan peyi Malawi
fè dega nan kay
kèk frè ak sè
e yo detwi manje yo
te genyen yo.
Nan fen mwa avril la,
frè Gage Fleegle
te vizite peyi Malawi
ak Zimbabwe
pou ankouraje frè ak sè yo.
Pou ka pote sekou akoz
dènye katastwòf yo,
Kolèj santral la te voye
kòb yon fason
pou frè ak sè yo te ka
jwenn manje
ki enpòtan yo tankou mayi,
pwa,
pwason seche ak luil
pou fè manje.
Nan peyi Japon, n ap sonje
te gen yon tranblemanntè
mayitid 7.6 nan
mwa janvye a.
Te gen plis pase 600 kay
frè ak sè ki te sibi domaj
e gen 8 kay ki te kraze.
Te gen 13 Sal Wayòm
ki te sibi domaj.
Depi lè a, gouvènman
ap travay pou repare
sa ki kraze nan
kominote a.
Biwo filyal la travay di
pou ede frè yo
repare epi rebati kay yo.
Nan dat 3 avril la,
peyi Taywann
te viv pi gwo tranblemanntè l
depi plis pase 25 an.
Sa ki lakòz gouvèman peyi
Japon ak Filipin
te bay alèt sounami.
Nou kontan pa gen okenn
frè ak sè nou yo ki mouri
oswa ki blese grav.
E pa gen okenn nan kay yo
ki te sibi gwo domaj.
Men, gen 20 Sal Wayòm
ak biwo tradiksyon a distans
pou lang amis la
ki te sibi ti domaj.
Kounye a, y ap repare yo.
Malgre difikilte katastwòf
sa yo te lakòz,
frè ak sè nou yo, san
pèdi tan, te pote yo
volontè pou ede nan
travay sekou a.
E n ap di nou tout mèsi
pou priyè nou
ansanm ak ofrann nou
te fè ak tout kè nou
ki te pèmèt travay sekou a.
Talè konsa, gen yon
videyo enteresan
ki pral parèt sou
JW Library.
Se yon videyo sou
yon maniskri nan Bib la
moun panse ki te detwi.
Maniskri a se yon tradiksyon
liv ki te ekri an grèk yo
nan lang anglè, kote
non Jewova parèt
plis pase 200 fwa.
Ann gad yon apèsi
sou videyo a ki gen tit:
<i>Yo jwenn yon tradiksyon</i>
<i>Labib ki te pèdi.</i>
Nan ane 1700 yo, kesyon
tradiksyon te fè anpil deba
ant politisyen yo ak
chèf relijye yo.
Se te yon epòk kote moun
pa t ka di sa yo panse aklè.
Otorite yo pa t kontan ditou
paske l t ap chèche konn laverite.
Yon moun ki kwè Bib la
se ekriti ki sakre,
pap kontan si ta gen gwo
erè nan tradiksyon l ap li a.
Nou pa t la pou n te kwè tout
sa n te wè, tout sa n te tande.
Nou te la pou n poze kesyon.
Se te yon seri gwo biblis
ki te byen konn ebre ak grèk yo
ki te fè travay sa a.
Nou te toujou panse
tradiksyon sa a te pèdi.
Se vrèman yon bèl bagay,
e se yon bagay plis moun
toujou ta dwe konnen.
Nou sèten w ap kontan
gade tout videyo a
sou bèl dekouvèt sa a.
Tou dènyeman, nou te
jwenn mizajou
anrapò ak aparans
ak abiman.
Te gen mizajou sou kesyon bab, kravat, vès pou frè yo,
ak pantalon pou sè yo.
Nou rekonesan paske
Jewova kwè n ap pran
bon desizyon nan
domèn sa yo.
Men, sa fè nou poze
kèk kesyon.
Toudabò, èske ajisteman
anrapò ak abiman
ak aparans vle di nou
bese prensip nou yo?
Se pa sa menm!
Adorasyon n ap bay
Jewova merite pou nou
ba li gwo onè ak respè.
Ajisteman sa yo pa vle di
kounye a nou gen mwens respè
pou sèvis n ap bay Jewova a.
Okontrè, sa montre n
rekonèt fason moun
abiye chanje avèk letan.
Sa yo te konsidere ki
akseptab, ki montre respè
pou kèk okazyon vin
chanje tou tank tan ap pase.
Pa egzanp, èske w sonje
imaj sa yo ki te parèt
nan Dènye enfòmasyon
Kolèj santral la bay
2023 # 8?
Nou pa t ap atann pou nou
abiye menm jan ak moun
ki te nan epòk biblik yo.
Nitou, nou pa t ap atann
pou nou abiye menm jan
moun te konn abiye
sa gen 100 an.
Tan an chanje.
Abiman ak aparans moun te
konsidere ki demontre respè
chanje tank tan ap pase.
Se poutèt sa, nan
Dènye enfòmsayon yo
yo te fè kèk ajisteman.
Yon lòt kesyon nouvo
dirèksyon n jwenn nan
fè n poze se ki jan
nou ka asire nou
nou toujou montre respè
pou Jewova
ak adorasyon l lan nan
sa ki gen rapò ak
bab, pantalon ak
pa mete kravat?
Kòm nou konnen, gen
diferan stil abiman.
E se menm bagay la tou
pou kesyon aparans lan.
Annou egzamine twa prensip
nou jwenn nan Pawòl Bondye a.
Ou konnen prensip sa yo
e ou renmen Jewova.
Nou konnen yo
enpòtan pou ou.
Donk, annou gade
fason vèsè sa yo
ka ede nou lè n ap
pran desizyon
anrapò ak abiman
ak aparans.
Pou kòmanse, annou
gade 1 Timote 2:9, 10.
Li di:
“Menm jan an tou, medam yo
dwe fè bèbèl ak tèt yo
ak abiman ki kòrèk.
Yo dwe fè sa yon fason ki montre
respè e avèk bonsans.
Yo pa dwe fè sa ak yon seri
stil cheve trese,
oswa ak lò, oubyen ak pèl,
oswa ak rad ki koute chè anpil,
men, y ap fè sa jan
medam ki di
yo gen atachman pou
Bondye yo dwe fè sa.
Yo dwe fè bon aksyon.”
Selon sa nou li nan
vèsè sa yo,
ki kalite aparans ak abiman
nou dwe chwazi?
Chwa moun nan monn nan
fè anrapò ak abiman
jis baze sou sa yo santi
yo pi alèz la.
Men, antanke kretyen gen
lòt bagay nou bezwen gade.
Nou di nou “gen atachman
pou Bondye”!
Antanke kretyen,
kit nou se fi
kit nou se gason,
nou vle pou aparans nou
ak abiman nou
bay Jewova glwa.
Se sa k fè nou chwazi
stil ki kòrèk,
ki montre respè e ki
montre bonsans.
Sitou lè nou pral nan
Sal Wayòm
oswa n pral preche.
Ki sa ekspresyon sa yo
vle di?
Annou gade kèk nòt etid
yo bay sou vèsè sa yo.
Pou ekspresyon “ki kòrèk la”,
men ki esplikasyon
nòt etid la bay:
“Oswa apwopriye.
Nan kontèks sa a,
mo grèk la bay ide
yon rad moun konsidere
ki kòrèk ki demontre respè.
e kalite rad konsa ki
bon pou moun ki di
yo se sèvitè Bondye mete.”
Si rad nou dekòlte oswa yo sere,
èske w t ap di li bon,
li kòrèk e li demontre respè?
Èske l t ap apwopriye pou w
mete lè w pral adore Jewova?
Mwen sèten ou t ap dakò,
li pa apwopriye.
Sa vle di, nou bezwen
byen egzamine
sa n ap met sou nou sitou,
lè n ap adore Jewova.
Si rad nou yo rilaks,
èske l t ap apwopriye pou n
mete sou nou
lè n pral adore Jewova
nan reyinyon nou yo
oswa lè n pral preche?
Non!
Yo pa t ap apwopriye.
Natirèlman, m sèten
n ap dakò
sa ki apwopriye pou
yon okazyon
gendwa pa apwopriye
pou yon lòt okazyon.
Pa egzanp, gen rad ki
apwopriye pou nou mete
lè nou pral nan plaj oswa
n pral fè pwomenad.
E gen rad ki apwopriye
lè n pral asiste yon maryaj.
Konsa tou, gen rad
ki apwopriye
lè n pral adore Jewova
nan reyinyon yo
oswa lè n pral preche.
Sa pou n konprann?
Se vre, stil yo ap
chanje avèk letan,
men, li bon pou nou rekonèt
gen diferan kategori rad,
e nou dwe chwazi sa ki
kòrèk selon okazyon an.
Sa se yon bagay nou
tout bezwen sonje.
Annou gade dezyèm
nòt etid la.
Sa sa vle di pou nou
abiye ak modesti?
Nòt etid la di:
“Nan kontèks sa a, modesti
gen ladan l
pou n montre nou gen konsiderasyon pou konsyans,
santiman oswa
opinyon lòt moun.
Yon kretyen ki gen modesti
ap evite mete rad ki endesan,
ki atire atansyon sou li
yon fason ki egzajere
oswa ki ka fè lòt moun bite.”
Donk, lè n ap pran desizyon
nou gade ki efè sa kapab
genyen sou lòt moun
tankou frè ak sè nou yo
ak kominote a.
Nòmalman, nou pa montre
nou gen modesti
si stil rad nou oswa
aparans nou
parèt dwòl oswa egzajere.
Nou pa vle atire atansyon
twòp sou nou
oswa distrè lòt moun akoz
fason nou abiye
oswa aparans nou.
Nou vle pou tout atansyon an
se sou Jewova
ansanm ak mesaj Wayòm
n ap preche a.
Annou gade lòt
nòt etid la.
Ki sa ekspresyon “avèk
bonsans” lan vle di?
Nòt etid la fè konnen
li fè referans ak
“bon jijman, pran desizyon
ak sajès, montre nou rezonab.”
Kalite sa a ap ede n
evite parèt
kòm yon moun ki neglije
kò nou, ki pa gen lòd.
Ban m ban nou
yon egzanp.
Imajine yo envite w nan
yon resepsyon
kote ap gen ofisyèl
gouvènman an.
Ki jan w t ap abiye?
Èske w t ap mete
pijama sou ou
oswa lòt rad ou konn
mete lè w pral nan plaj?
Ou pa t ap janm fè sa!
Nou t ap vle abiye
yon fason ki montre
nou gen respè pou okazyon an
ak pou moun k ap la yo.
Alewè pou lè n pral
adore Jewova
nan reyinyon yo
oswa nou pral preche.
Sa pi enpòtan toujou!
Annou gade yon dezyèm
prensip nan Bib la.
Nou jwenn li nan
2 Korentyen 6:3, 4:
“Nan okenn fason, nou pap
bay okenn okazyon
pou moun bite, pou yo pa
kritike sèvis nou an.<b> </b>
Men nan tout domèn,
nou rekòmande tèt nou
kòm sèvitè Bondye.”
Li bon pou nou gade jan
aparans nou ak abiman nou
gen efè sou fason lòt moun
wè travay predikasyon an
ak Bondye n ap adore a.
Anfèt, moun yo ka deside
si y ap koute nou
oswa si yo pap koute nou
sou baz aparans nou genyen.
Nou ka mande tèt nou,
nan tèritwa sa a, èske
moun yo ap wè m
kòm yon sèvitè Bondye
si m gen abiman sa a
oswa aparans sa a?
Èske y ap wè diferans
ki genyen ant
pèp Jewova a ak moun
ki pap sèvi Bondye?
Ki twazyèm prensip nou
pral pale sou li?
Se 1 Jan 2:15-17.
“Pa renmen monn nan,
ni bagay ki nan monn nan.
Si yon moun renmen
monn nan,
lanmou pou Papa a
pa nan li.<b> </b>
Paske tout sa ki nan
monn nan,
tankou dezi lachè, dezi je
ak egzibisyon
yon moun ap fè ak mwayen l
genyen pou l viv,
pa soti nan Papa a, men yo
soti nan monn nan.
Anplis de sa, se pase
monn nan ap pase,
e dezi li genyen ap
pase tou,
men moun ki fè volonte
Bondye ap rete pou toutan.”
Vèsè sa yo raple nou
abiman nou ak aparans nou
pa dwe montre nou
renmen monn nan.
Stil yo chanje tank ane
ap pase
e gen yon pakèt stil
ki pa choke pifò moun.
Byen souvan,
piblikasyon nou yo di,
‘nou pa dwe premye moun
ki adopte yon nouvo stil,
ni nou pa dwe dènye moun
ki abandone yon ansyen stil’.
Men, nou tout konnen
gen anpil stil
nou pa t ap janm adopte.
Sitou stil ki leve dezi
seksyèl lakay moun
ki pa modès, ki derespektan
oswa ki neglije.
E pou nou onèt, nou pa
dwe sèlman gade
stil rad la men, nou dwe
gade tou
si rad sa a ap byen
chita sou nou.
Nou pa vle janm montre
nou pa gen respè
pou Jewova oswa pou
prensip li yo.
Nou te egzamine twa prensip
nan Bib la ki kapab ede nou
pran bon desizyon
anrapò ak abiman.
Natirèlman, prensip sa yo
aplike sou jan nou fè cheve nou,
bab nou ak tout aspè ki gen rapò
ak abiman ak aparans nou.
Yo ede nou wè ki longè
ak ki stil n ap fè cheve nou.
Frè yo sèvi ak prensip
sa yo pou yo detèmine
fason bab yo ap ye,
yon fason pou l ka parèt bèl
e yo byen pran swen l.
Èske nou pa rekonesan
paske Jewova
ban nou prensip sa yo
nan Pawòl li a?
Li bon pou nou regade yo
anrapò ak dènye ajisteman yo.
Ki lòt bagay nou bezwen
fè ak rapèl sa yo?
Priye Jewova.
Mande l pou l ede w wè si gen
kèlkeswa chanjman w bezwen fè.
Mande yon zanmi w ki gen matirite pou l di w franchman
jan l wè aparans ou ak abiman w.
E ou menm chèf fanmi,
montre lanmou
pou madanm ou ak pitit ou
lè w ede yo aplike
prensip biblik sa yo.
Frè ak sè nou yo
nou renmen nou
e nou respekte nou anpil.
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo,
se te Tele JW.
-