JW subtitle extractor

Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 4 (2024)

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou kontan nou la a.
Nan videyo sa a,
nou pral pale w
sou sitiyasyon
frè ak sè nou yo,
ki toupatou sou tè a,
yo mete nan prizon,
pou lafwa yo.
Men anvan sa, men
kèk enfòmasyon
sou kongrè k ap fèt
ane sa a.
Nan kèk pati sou tè a,
kongrè rejyonal 
“Anonse bon nouvèl la!”,
deja kòmanse.
Se yon bèl pwogram!
Ann tande sa kèk moun ki
deja asiste kongrè a di:
Anpil frè ak sè,
te fè anpil sakrifis
pou yo ka
asiste kongrè a.
Bon, m te gen pou m mande
patwon m jou yo
pou m pa travay.
Nou te gen pou n
mande pèmisyon tou
pou l absan lekòl la.
Nou leve bonè anpil.
Nou te kontan paske n te
fè efò pou n vini.
Sa estrawòdinè pou n te ka
vin nan kongrè sa a.
Nou te ka wè frè ak sè
nou pa wè souvan.
Epitou, lè w la, youn
ap bay lòt akolad,
e m renmen bay akolad.
M ka bay frè
ak sè yo akolad,
sa k pa posib
lè se an liy.
Gen yon gwo diferans
lè w suiv li an pèsòn
ak lè w ap suiv li sou entènèt.
Li pi enteresan,
lè w suiv li an pèsòn.
M renmen lè y ap chante.
Lè n ap chante ansanm,
nou pi chofe e nou pi kontan.
Sa vrèman ankouraje nou,
sa ban nou fòs.
Sa te enteresan tou pou n
te ka wè premye epizòd
“Lavi Jezi ak travay
predikasyon l sou tè a”.
Pwochen fwa m ap li Bib la,
m ap sonje bèl sèn
ki nan fim nan.
Yo ede m pi byen
konprann istwa a.
Sa k enpresyone m, sèke,
m te li tout vèsè yo
t ap pale de yo a,
e sa pa t janm, sa pa t
janm fè m kriye.
Men fim nan jodi a
tèlman reyèl,
li tèlman bèl, sa fè m kriye.
Ou santi w ap viv istwa a.
Pakèt manje espirityèl
ki genyen yo,
fòtifye lafwa nou,
yo fè nou vin pi
pwòch Jewova.
M panse, fò m ta vin
nan kongrè sa a,
twa oswa kat fwa.
Pou mwen,
pa gen pi bon kote
pou yon moun ye,
pase pami pèp Jewova a.
Se tout tan m ap reflechi
jan nou fè pati
yon bèl fanmi espirityèl.
Nou tèlman kontan lè n ak
frè ak sè n yo,
Nou jis pa vle rate sa.
N ap ankouraje nou tout
pou nou fè efò
pou nou asiste
kongrè a an pèsòn.
Lè nou fè sa, nou pap sèlman
pwofite pwogram nan,
men tou, n ap jwenn
plis ankourajman
lefètke nou ansanm ak
frè ak sè nou renmen yo.
Petèt gendwa, gen ladan yo,
nou gen lontan nou pa t wè yo.
Se vre, nou konprann
gen moun akoz yo aje
oswa ki malad anpil,
ki ka oblije asiste kongrè
ki tou anrejistre a.
Ane sa a vrèman enteresan,
paske ap gen 15 kongrè espesyal
k ap fèt toupatou sou tè a.
Premye a te fèt nan Gwadloup,
nan wikenn 7 pou rive 9 jen.
Frè Jeff Winder ak Clive Martin,
te gen privilèj pou ankouraje
frè ak sè yo nan kongrè a.
Te gen delege ki soti
nan 11 peyi.
E pi gwo asistans lan,
se te 8 602 moun.
Nan samdi, te gen
74 moun ki batize.
Nou kontan pou nou wè
lanmou ak inite ki gen
pami frè ak sè nou yo
toupatou sou tè a.
Bon, pou rès pwogram sa a,
nou vle ban n enfòmasyon
sou sitiyasyon
frè ak sè nou yo,
yo mete nan prizon
pou lafwa yo.
Sa ap ede nou tout pou nou
suiv konsèy ki gen sajès,
nou jwenn nan
Ebre 13:3 ki di: 
“Sonje moun ki nan prizon yo,
tankou nou te nan prizon
ansanm avèk yo, e sonje
moun y ap maltrete yo,
etandone nou menm tou
nou nan kò lachè a.”
Rive 17 jen, gen plis pase
199 frè ak sè yo mete
nan prizon pou lafwa yo.
Ki kote yo ye?
Gen 9 ki nan prizon nan Krime,
39 nan Eritre, 8 nan Sengapou
e gen plis pase 17
ki nan lòt peyi.
Peyi ki gen plis
frè ak sè yo mete
nan prizon pou
lafwa yo se Risi,
kote ki gen 126 frè ak sè
ki nan prizon.
E Kore disid menm?
Se vre, frè yo lòtbò a yo pa
pran abitid ankò
pou yo mete yo nan prizon
pou netralite yo,
men lòt sèvis yo mande yo fè
nan plas lame a
vrèman difisil pou yo.
Yo mande pou yo sèvi
pandan 3 an, e pou yo rete
e pou yo travay sèlman
nan prizon an.
Tou dènyèman,
frè Mark Sanderson
te vizite 2 gwoup frè
ki nan prizon
kote y ap fè lòt sèvis
nan plas lame.
Nou swete sitiyasyon sa a
ap amelyore alavni.
E n ap kontinye priye pou
frè fidèl sa yo ak fanmi yo.
Pafwa, nou ta ka panse se
sèlman frè
yo mete nan prizon
toupatou sou tè a.
Men kounye a, nou gen
12 sè nan Eritre,
ki nan prizon pou lafwa yo.
E gen 8 sè nan peyi Risi ki
nan prizon akoz lafwa yo.
Sè sa yo, nou renmen anpil,
bezwen nou kontinye
priye pou yo.
Epitou, gen anpil
frè ak sè yo kondane
pou pase yon pil tan
nan prizon,
e pafwa, yo konn menm
maltrete yo fizikman.
Tou dènyèman, sa te rive frè
Rina Kiramov nan peyi Risi.
Ann avril 2024,
gen plizyè prizonye
ki te mande frè nou an
pou l bay non lòt
Temwen Jewova yo.
Men avèk kouraj, li te refize.
Se sa k fè prizonye yo te bat li,
yo te tòtire l pandan 4 jou.
E yo te menm ba l kouran
pou yo te ka metrize l.
Nou kontinye ap priye
pou frè Kiramov
e pou tout 199 frè ak sè
ki nan prizon pou lafwa yo.
E nou pap bliye priye
pou fanmi yo tou.
Lafwa ak fidelite frè ak sè
nou yo yo mete nan prizon,
fè nou sonje pawòl nou jwenn
nan Women 12:21 an: 
“Pa kite sa ki mal pot
laviktwa sou ou,
men kontinye pot laviktwa
sou sa ki mal lè w fè sa ki byen.”
Wi, yo andire opozisyon
e lafwa yo pase anba gwo eprèv,
men yo pa kite bagay sa yo
pot laviktwa sou yo.
Okontrè, yo kontinye
pot laviktwa
sou sa ki mal,
lè yo fè sa ki byen.
Nou vrèman renmen e
respekte frè ak sè sa yo.
Yon bagay ki enteresan,
sèke, pandan frè ak sè nou yo
ap andire difikilte sa yo,
souvan yo jwenn
okazyon espesyal
pou yo pataje bon nouvèl la.
Se sa k te rive plizyè
douzèn Temwen
nan vil Biwobidjan nan Risi.
Nan ane 2018, ajan yo te
antre ak fòs nan 22 kay.
Tout sa te rive nan
menm jou a.
Pandan n ap gad videyo
ki vin apre a,
gade fason frè ak sè
nou yo te bay
yon bon temwayaj epi
kenbe jwa yo.
Ki jan yo te rive kontinye
“pot laviktwa
sou sa ki mal lè yo
fè sa ki byen”?
Nan dat 17 me 2018
byen bonè nan maten,
nou te reveye paske nou
te tande gwo frape nan pòt la.
San m pa ouvè mwen mande:
“Kiyès sa a?”
Yo di: “Se lapolis.”
Jan w ka konprann sa,
nou te vrèman strese.
Menm kote a m te kòmanse
priye Jewova nan kè m.
Nou te vin aprann yo te rele
operasyon sa a jou jijman an.
Te gen anviwon 150 polisye
ki te patisipe ladan l.
Lè yo te ouvri dosye
kriminèl sou mwen
yo te bloke tout kont mwen.
Mwen te oblije ale
nan plizyè bank.
Lè moun nan bank lan
te wè m ap vini,
depi nan pòt la yo te konn
di yon fason janti:
“O men ti ekstremis nou an.”
Epi yo te konn
souri ban mwen.
Yon lè, pandan m t apral
nan Sèvis sekirite federal la
mwen te pran yon taksi,
chofè a mande m:
“Ki kote adrès sa a
ye menm?”
Mwen te di l:
“Se bilding Sèvis
sekirite federal la.”
Li mande m:
“Se travay ou pral travay?”
Mwen di:
“Non, se pa travay
m pral travay.
Mwen prale pou yo
entèwoje m.”
Li pa t ka kwè sa,
li te vrèman sezi.
Mwen te fè l konnen mwen
se Temwen Jewova
e yo te ouvè yon dosye
kriminèl sou mwen
paske mwen kwè nan Bondye.
Kèk jou apre, mwen t ap
tounen nan biwo sekirite a
e mwen te pran yon taksi,
mwen te sezi tonbe
sou menm chofè a.
E fwa sa a, mwen te gen
posiblite esplike l
sa k ap pase a, se pwofesi
k ap reyalize
e nou te gen yon
bèl konvèsasyon.
Lè nou te ale pou yo
entèwoje nou an,
nou te vle pou aksyon nou,
pawòl nou ak jantiyès nou
montre moun yo nou
pa ekstremis.
Temwen Jewova yo se moun
ki janti, ki gen konpasyon.
Nan fen ankèt la, nou te
deside fè kat pou yo.
Nou te eseye di chak
moun bèl ti pawòl.
Nou te pale de bèl kalite
ak bon bagay yo te fè.
Avoka a te di li enkyè anpil.
apre sa li di m:
“M wè nou se bon moun,
moun tankou nou
pa ta dwe nan prizon.
M sèten, Bondye nou an
ap ede nou.
Men Artur tanpri, pa renye
lafwa w, rete fèm jiska lafen.”
Lè jijman an te kòmanse,
nou toule kat sè yo
te parèt devan menm
jij la, se te yon fi.
E nou te ka wè li pa renmen
Temwen Jewova yo
Li pa t janti avèk nou.
Li te konn entèwonp nou.
Li te di n nou pa
fè gwo klas
e l te chèche tout mwayen
pou l imilye nou.
Rive yon lè,
nou te di tèt nou:
‘Jewova mennen nou la
pou n bay temwayaj
men, ki jan n ap fè bay temwayaj
si yo pa kite nou di yon mo?’
Nou te priye Jewova pou l
touche kè dam nan
pou n te ka
ba l yon temwayaj.
Mete sou sa, nou
te fè anpil efò
pou n demontre tak
e pou n janti avè l.
Nou te toujou salye l.
Mwen te pran detèminasyon
pou m demontre
jantiyès nan ton vwa m,
nan pawòl mwen
e pou sa te parèt
sou visaj mwen.
Epi toudenkou gen yon
bagay ki pase.
Bagay yo te kòmanse
chanje nèt.
Li te kòmanse koute nou
e l te konn salye nou.
Yon lè pandan yo t ap
pase anrejistreman
reyinyon nou yo,
li t ap pran nòt.
Epi li mande:
“Kote l jwenn sa l
sot di la a?”
M te tèlman pè m
pa t ka sonje pasaj la.
Apre sa m di:
“Nan Bib la.”
Li di m:
“Wi, se nan Bib la men,
ki kote nan Bib la?”
Mwen di l:
“Nan liv Jòb la.”
Li mande m ankò:
“Ki sa?”
Mwen di l: “Jòb.”
Apre sa li mande ankò:
“Ki sa?”
Lè sa a avoka m nan di:
“Jòb.”
Epi jij la di:
“O Jòb.”
Epi li ekri sa.
Epi m di:
“Chapit 42 vèsè 10.”
Lè jij la t ap li
desizyon final la,
plizyè fwa li te
menm mande m:
“Irina, èske m byen
pwononse non Bondye?”
Mwen te priye Jewova,
mwen te di:
“Jewova, jodi a jij la
ap bay desizyon an.
Mwen ta renmen pou
non w jwenn glwa jodi a.
Tanpri, Jewova fè jij la
di non w byen 10 fwa
e fè l mete aksan
bon kote a.”
Paske l pa t janm di l byen.
Sa w konnen?
Anvan jijman an fini,
dam nan te byen pwononse
non Bondye 10 fwa!
Lè yo te ban m santans mwen,
te gen anpil frè ak sè
ki te vin nan tribinal la.
Te gen anpil moun
e yo te ban m anpil flè.
Gen yon dam ki vin kote m
ak de zanmi l.
Li souri epi li di:
“Pou ki okazyon n ap fete?
Ou vrèman bèl!”
Mwen souri epi m di:
“Bon, m se Temwen Jewova
e yo fèk sot kondane m
pou mete m nan prizon
pou 2 an edmi
si yo arete m ankò
pou lafwa m.”
Li menm ak zanmi l yo
t ap souri,
lè m di sa, yo sezi.
Mwen travay lakay.
Donk lè kliyan yo vini
e yo wè tout flè sa yo
yo mande m:
“Kiyès ki voye yo pou ou?
Nan ki okazyon?”
Lè konsa, mwen pwofite,
mwen fè yo konnen
se frè ak sè ki renmen m anpil
ki voye yo pou mwen.
Nan 23 frè ak sè yo
te jije yo,
gen 4 pami yo ki nan prizon
pandan n ap pale la a.
Nou te vin aprann yo t ap
mennen mari nou nan prizon.
Donk, nou t al nan stasyon an
pou n salye yo lè yo prale.
Pandan frè yo nan tren an
yo te mande yo:
“Kiyès tout moun sa yo
ki te vin wè nou yo?”
Genyen ki t ap mande si se
yon gwoup moun ki t ap soutni yo
paske, yo t ap mennen
frè yo nan prizon,
men, gwoup moun yo t ap
chante e yo te gen kè kontan.
Sa pa t fasil men, m vrèman
gen Jewova rekonesans
paske lè m reflechi sou sa
li te vrèman ede nou
pandan tout peryòd
jijman an.
Men, te gen kèk moman
mwen te santi m
vrèman dekouraje.
Mwen te di Artur:
“Sa k fè m pa santi
Jewova ap ede m”?
Artur te ede m anpil,
li te di m:
“Lefètke w ap andire
se paske Jewova ede w.
Ou pa abandone l.
Ou pa sispann sèvi l.
Sa montre li avèk ou.”
Ti pawòl sa yo te ankouraje m
e sa te ede m konprann
se Satan k ap eseye dekouraje m
e m bezwen gen konfyans
nonsèlman Jewova renmen m
men tou, l ap ede m
nan moman difisil yo.
Satan vle fè n pèdi jwa nou.
Men, sa enposib paske
lajwa se pou Jewova li ye.
Ki sa Satan fè?
Li eseye fè nou pa wè
jan Jewova ban nou lajwa,
ban nou kè kontan,
li eseye kache sa a.
Men, Jewova kòm yon
bon zanmi,
toujou ede nou wè rezon nou
genyen pou n gen kè kontan.
Yo te vle fè nou fè silans
pou n te sispann pale
de Jewova.
Men, an reyalite,
sa yo te fè
se plis okazyon yo te ban nou
pou n pale de non Bondye.
Èske w pa renmen jan
yo zele e yo gen lajwa?
Yo detèmine pou yo kontinye
preche epi kenbe fidelite yo.
Yo te gen okazyon espesyal
pou yo bay temwayaj,
e yo te konte sou Jewova
pou yo rive fè sa.
Natirèlman, nou konnen
nou tout frè m ak sè m yo
ap fè fas ak difikilte,
wi tout kalite difikilte.
M sèten, lè nou koute
eksperyans sa yo,
sa ap ankouraje e sa ap
motive nou tout pou nou
kontinye konte sou Jewova
e pou nou kontinye preche
kèlkeswa difikilte n ap fè fas.
Wi, grasa èd Jewova,
nou kapab
pot laviktwa sou sa ki mal
lè nou fè sa ki byen.
Frè m ak sè m yo,
annou “sonje moun ki nan
prizon yo tankou se nou menm
ki te nan prizon ansanm
avèk yo”.
Se pa ti fyè nou fyè
pou nou tout,
pou andirans nou
ak zèl nou.
Nou renmen nou,
nou tout anpil anpil.
Depi Syèj mondyal
Temwen Jewova yo,
se te Tele JW.