JW subtitle extractor

Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 5 (2024)

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou kontan avèk nou!
Depi dènye enfòmasyon an
nou gentan gen senk lòt
kongrè espesyal,
yo te fèt ann Ewòp.
Youn nan Prag nan
Repiblik Tchèk,
Èlsenki nan Fenlann,
Boudapès nan Ongri,
Reykjavik nan Islann,
ak Zirik nan Lasuis.
Te gen delege ki soti
nan plis pase 30 peyi.
Nou kontan wè lanmou
ak inite ki genyen
nan mitan pèp Jewova a.
Antou, te gen 578 moun ki
te batize nan kongrè sa yo.
Yon moman enpòtan nan
kongrè ki te fèt nan Islann nan
se Labib Tradiksyon monn nouvo a
ki te parèt nan lang islandè.
Bonjan manje espirityèl nou
jwenn nan kongrè ane sa a
ankouraje nou e yo ban
nou fòs pou nou
kontinye anonse bon
nouvèl la.
Pandan n ap pale de
travay predikasyon an,
n ap panse ak ane sèvis la
k ap rive sou nou talè konsa.
Petèt w ap sonje, apati
premye septanm
n ap gen yon kanpay
k ap fèt sou tout tè a
pou nou ofri moun yo
yon etid biblik.
Li t ap bon pou w kòmanse
prepare depi kounye a.
Pandan kanpay sa a,
n ap ofri mezi moun nou
kapab yon etid Labib
nan bwochi Viv ak
kè kontan pou toutan.
Nan mwa septanm nan,
pyonye oksilyè yo ap ka
chwazi bay 15 èdtan
oswa 30 èdtan nan
travay predikasyon an.
Pandan semèn nan,
petèt ou ka pran yon
ti tan pou gade
pwogram ou pou
mwa septanm nan.
Priye sou sa, epi gade
pou w wè
si w ka preche plis
pandan mwa sa a.
Gen yon bagay
vrèman ankourajan
nou vle pataje avèk nou.
Dimanch 28 jiyè ki
sot pase a,
se te yon jou espesyal
anrapò ak tradiksyon Labib.
Kounye a, Tradiksyon
monn nouvo a
disponib, an pati oswa
ann antye, nan 300 lang.
Se bèl bagay!
Nou kontan pou kongrè yo
k ap kontinye
ak kanpay la nou
pral genyen an.
Kounye a, pandan rès
pwogram nan
m ta renmen pale
avèk nou sou
yon sijè ki vrèman enpòtan.
Se nesesite pou n ret konsantre
sou Wayòm Bondye a
kòm sèl solisyon pou tout
pwoblèm lèzòm.
Verite enpòtan sa a ede n
kenbe netralite nou
anrapò ak kesyon
politik monn nan.
Kongrè rejyonal ane sa a
ede n kenbe pwen sa a
nan lespri nou.
Nan kongrè a, yo pase
premye epizòd
Lavi Jezi ak travay
predikasyon l sou tè a.
Sa fè nou sonje
Mesi a ki parèt la
se yon bon nouvèl.
Lè Jezi te vin sou tè a,
tout pwomès Bondye yo te
vin kapab reyalize grasa li.
E youn nan pwomès sa yo,
se Wayòm Bondye a
Jezi Kris ap dirije
k ap pote solisyon pou
tout pwoblèm lèzòm.
Antanke Wa, ki kalite
Jezi demontre li genyen?
Ezayi 9:6, 7 bay yon
pwofesi sou Jezi.
Men sa l di:
“Paske, gen yon timoun
ki vin fèt pou nou.
Yo ban nou yon pitit gason.
E pouvwa a ap sou zepòl li.
Y ap rele l gran Konseye,
Dye pisan,
Papa ki la pou toutan,
Prens lapè.
Gouvènman l lan ap kontinye
gen plis pouvwa
E lapè ap kontinye blayi nètale
sou twòn David la
e sou wayòm li an, pou wayòm
nan ka byen tabli
e pou l ret djanm grasa
sa ki jis ak sa ki dwat,
depi kounye a e pou toutan.
Jewova, Chèf lame yo,
byen deside fè sa.”
Vèsè sa yo montre
lè Jezi pral dirije,
l ap fè sa yon fason
ki jis e ki dwat
e ap gen lapè.
E gouvènman l lan
ap la pou toutan.
Se vrèman yon bon nouvèl!
Nou kontan konnen Wayòm
Bondye a deja tabli nan syèl la.
E se li menm sèl ki gen
bonjan solisyon
pou tout pwoblèm
lèzòm genyen.
Nou bezwen toujou kenbe
verite sa a klè nan lespri nou.
Poukisa?
Ebyen, paske epòk
n ap viv la
ka fè l vrèman difisil
pou n kwè
se Wayòm Bondye a ki sèl
solisyon pou pwoblèm nou yo.
Gen anpil bagay ki divize
monn nan jodi a.
Gen anpil gè ak zak
vyolans k ap fèt.
Moun yo santi yo oblije
pran pozisyon
anrapò ak kèk kesyon politik
oswa pou politisyen yo.
Anfèt, selon yon estimasyon,
gen plizyè milya moun
anviwon mwatye popilasyon
mondyal la k ap viv nan peyi
kote swa te gen eleksyon
swa ap gen eleksyon ane sa a.
Epitou kounye a,
nou wè gen plis seremoni
nasyonalis toupatou,
menm nan lekòl yo.
Menm nan kesyon spò,
kesyon nasyonalis la
konn divize moun.
Nou wè tout bagay sa yo
nan nouvèl chak jou.
Pwoblèm yo nan monn nan
ap vin pi mal chak jou.
E moun yo gen anpil ide
sou fason pou yo rezoud
pwoblèm sa yo.
Men, antanke Temwen Jewova,
ki jan n ta dwe wè kesyon
sa yo ki lakòz divizyon?
Natirèlman, nou pa mele
nan zafè politik.
Nou sonje pawòl Jezi te di
nou jwenn nan Jan 18:36 yo:
“Wayòm mwen an pa
fè pati monn sa a.”
Se sa k fè, tout fidelite nou
se pou Wayòm Bondye a.
Nou pa mele nan zafè politik
ki gen nan monn sa a.
Se vre, Women 13:1, 2 fè
konnen otorite ki egziste yo
“se Bondye ki etabli yo
nan pozisyon yo ye a
youn parapò ak lòt”.
Se sa k fè, nou gen
rekonesans pou travay
gouvènman yo ap fè
e nou respekte otorite yo.
E sa ann amoni ak pawòl
Jezi nou jwenn nan
Matye 22:21 yo,
kote li di:
“Ebyen, bay Seza sa k
pou Seza,
men bay Bondye sa k
pou Bondye.”
Donk, byenke nou demontre
respè pou moun
ki gen otorite nan
gouvènman yo,
nou pa patisipe nan kesyon
politik ni nan deba
kèlkeswa kòz y ap defann nan,
menmsi l sanble yon bon bagay.
‘Nou kontinye chèche
Wayòm nan
e nou kontinye chèche fè sa ki jis
an premye.’
Nou konnen se sa ki
vrè solisyon an.
Donk, nou pa pran pozisyon
nan zafè monn nan
menm nan lespri nou.
Nou pa pito yon kandida oswa
yon pati politik pase yon lòt.
Kit pwomès yo fè yo
nan enterè nou,
kit yo pa nan enterè nou.
Nou kite je nou fikse
sou vrè solisyon an,
ki se Wayòm Bondye a
Jezi Kris ap dirije.
Ki sa k ka ede nou
kenbe netralite nou?
Nou pral fè yon ti pale
sou de bagay.
Premyèman, nou ka pase
plis tan ap reflechi
sou solisyon an tan n
reflechi sou pwoblèm nan.
E dezyèmman, nou ka
pase plis tan ap pale
de solisyon an tan n pale
de pwoblèm nan.
Ann pale de premye
fason an.
Ki sa k ka ede nou pase
plis tan ap reflechi
sou solisyon an tan n
reflechi sou pwoblèm nan?
Lekti Labib chak jou
ak meditasyon.
Sa a ap ede nou kenbe
ekipman sòlda nou an djanm.
E n ap pwoteje kè nou
lè n pa plede pase
yon bann tan ap fè nouvèl,
sou kèlkeswa fòm nan,
menm sou rezo sosyal yo.
Paske sa ka fè nou enkyè
oswa deprime
oswa yo ka fè n faya.
Yon dezyèm fason nou
ka kenbe netralite nou
se lè nou pase plis tan
ap pale sou solisyon an
tan n pale sou pwoblèm nan.
Èske se pa vrè,
pawòl ki sot nan bouch nou
montre sa ki nan kè nou?
Ki sa k t ap pase si nou
ta fè konnen
ki sa n panse sou eleksyon,
gè yo oswa lòt kesyon politik?
Èske sa pa t ap montre
nou pa kenbe netralite nou
menm jan ak anvan?
Lè nou pran tan pou nou
analize pawòl
k ap sot nan bouch nou,
lè nou egzamine pawòl nou,
sa ka ede n konprann
si n bezwen travay sou
netralite nou.
Pi bon fason pou n pale
sou solisyon an
se lè n preche bon nouvèl
Wayòm Bondye a.
Sa a ap ede n kenbe l
nan lespri nou.
Nou gen konviksyon Jewova
pral repare kèlkeswa
enjistis nou sibi
nan sistèm sa a.
Predikasyon ede n kenbe
esperans nou an vivan.
Esperans lan se yon lank
batiman ki ede n pa brannen
lè n ap pase move moman.
Li ede nou pou n pa
devye ale lwen Jewova
ni òganizasyon l lan.
Si nou kontinye fè tout
bagay sa yo,
n ap kenbe netralite nou anrapò
ak bagay politik nan monn nan
e n ap rete konsantre sou
vrè solisyon pwoblèm yo:
Wayòm Bondye a.
Kolèj santral la pataje rapèl
enpòtan sa yo avèk nou
paske Satan, “chèf monn” sa a
ap fè plis presyon
sou pèp Jewova a pase anvan.
Dyab la vle nou pran
pozisyon nan kesyon sa yo.
Si n fè sa, nou pa kenbe
netralite nou ankò.
Nou te ka menm sezi wè
nou vin pran pozisyon kont
Jewova e kont Wayòm li an.
Anfèt, nou te ka aji
yon fason ki montre
nou panse se Dyab la
k ap rezoud pwoblèm yo,
e se yon bagay nou
pa vle janm rive!
Kidonk, frè ak sè nou yo,
se yon kesyon ki mande pou n
priye Jewova
pou l ede nou wè si n
bezwen fè chanjman.
Pou ede nou kenbe Wayòm
Bondye a kòm sèl solisyon
nan lespri nou, li enpòtan
pou n etidye
kesyon netralite a swa nan
etid pèsonèl nou,
swa nan adorasyon an fanmi.
Men kèk ide:
Nan liv Vèsè pou ede nou
viv antanke kretyen an,
nou ka revize enfòmasyon
sou “Gouvènman” yo.
Pou n jwenn piblikasyon sa a
nan JW Library,
ale nan Bibliyotèk, apre sa
Piblikasyon, epi Liv.
Yon lòt bagay nou ka fè
se lè n regade atik
nan Toudegad etid
oktòb 2023 ki gen tit:
“Èske w ‘dispoze obeyi’?” a.
Tele JW mas 2019 la gen yon
bèl diskou sou netralite.
Pou w jwenn diskou sa a
nan JW Library
ale nan Bibliyotèk,
apre sa nan Videyo, Tele JW
epi gade nan emisyon
ki parèt chak mwa.
Oswa, ale sou jw.org, tape
“Tele JW mas 2019”.
Natirèlman, nan jw.org,
si w chèche netralite
w ap jwenn anpil lòt
videyo ak atik ki kapab ede w.
Nou kapab gen asirans
kè Jewova kontan
lè l wè plizyè milyon moun,
ki soti nan tout nasyon
sou tè a, ki ini, k ap adore l
e ki kenbe netralite yo
e k ap anonse bon nouvèl
konsènan Wayòm Bondye a:
solisyon pou tout
pwoblèm lèzòm yo.
Frè n ak sè nou yo, sonje nou
renmen nou tout anpil.
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo
se te Tele JW.