JW subtitle extractor

Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 6 (2024)

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou kontan nou la
frè ak sè nou yo!
Depi dènye enfòmasyon
nou te bay la
gen 7 lòt kongrè espesyal ki fèt.
Te gen youn nan Filadèlfi, Etazini
Sofya, Bilgari,
Souva, Fidji,
Lyon, Frans,
Asansyon, Paragwe,
Tanmpa, Etazini
ak Sendomeng, Repiblik Dominikèn.
Te gen plis pase 16 000 delege
ki soti nan 101 peyi ki te
asiste kongrè sa yo.
Antou, te gen plis pase
98 000 moun
ki asiste kongrè sa yo
e te gen 859 moun ki baptize.
Pou kounye a, nan Paragwe, gen
anviwon 11 500 pwoklamatè.
Yo te envite prèske 2 000 delege
pou kongrè espesyal la.
Men yon jou, yo te anrejistre
yon total 28 617 moun
nan asistans lan!
Li klè, gen anpil posiblite
pou akwasman.
Anfèt, nan kongrè sa sèlman
te gen 293 moun ki batize!
Se premye fwa nan Paragwe
gen tout moun sa yo
ki batize nan menm lokal la.
Vrèmanvre, Jewova te beni
kongrè espesyal sa yo.
Gen 2 lòt ankò ki rete
pou ane sa a,
e n ap ret tann 19 kongrè
espesyal pou ane 2025 lan.
Men yon ti mizajou nan
domèn legal.
Nan dat 17 septanm 2024 la,
17 jij nan gran chanm Tribinal
ewopeyen dwa moun nan
te fè konnen doktè yo nan
peyi Espay pa t gen dwa
bay sè Pindo Mulla san
alòske li pa vle.
Sè nou an te fè konnen byen klè
ni aloral ni alekri li pa t ap pran san.
Men yon jij nan peyi Espay te bay
doktè yo otorizasyon pou fè sa.
Gran chanm nan fè konnen
desizyon sa a vyole dwa sè a genyen.
E li konfime pasyan yo
gen dwa fondamantal
pou yo chwazi tretman
medikal yo vle suiv.
Sa k fè desizyon sa a
enpòtan anpil
se paske se gran chanm Tribinal
ewopeyen dwa moun nan ki bay li.
Gran chanm nan pran desizyon
sèlman anrapò avèk
ka ki kapab gen efè
sou anpil lòt peyi.
Donk, grasa desizyon sa a,
gen 46 peyi ann Ewòp ki
oblije respekte
chwa pasyan yo nan
domèn medikal.
Nou remèsye Gran chanm nan
pou desizyon sa a.
Men sitou, nou di Jewova mèsi
pou bèl viktwa sa a,
sa ki pral ede tout frè
ak sè nou yo
ann Ewòp lè y ap pran desizyon
nan domèn medikal.
Gwo desizyon sa a fè nou
sonje jan l enpòtan
pou nou pale ak doktè nou
sou chwa nou fè
nan domèn medikal
e pou nou ekri sa nou vle yo,
menm jan sè nou an te fè sa.
Pandan tout mwa
septanm 2024 la,
nou tout sou tè a ap patisipe
nan yon kanpay ak bwochi
Viv ak kè kontan pou toutan! an
pou nou ofri moun yo etid Labib.
Nou kontan dèske n ap patisipe
ak tout frè ak sè nou yo
nan kanpay sa a!
N ap ban nou kèk eksperyans.
Hannelore se yon sè pyonye nan
peyi Otrich ki gen 84 an.
Akoz sante l, li pa ka preche
kay an kay pandan anpil tan.
Donk, li te di tèt li, li t ap ofri
tout moun ki te aksepte l
vizite yo anvan sa
yon etid biblik.
Li te jwenn sis non
e li te vizite yo.
Li te byen kontan montre
toule sis moun yo
kòman yo fè yon etid biblik.
Ki sa k te pase?
Toule sis moun yo te aksepte
pou yo kontinye etid la.
Nan Filipin, pandan
predikasyon kay an kay,
gen de pwoklamatè ki
te rankontre yon dam
ki rele Josie ki t ap fè lesiv
devan kay li.
Etandone Josie te okipe,
li te mande yo pou yo pale
ak pitit gason l ak neve l
ki te anndan kay la.
Pwoklamatè yo te sèvi ak
metòd dirèk la
pou yo kòmanse yon
etid biblik
menm kote a ni ak pitit
gason an ni ak neve a.
Pandan etid la ap dewoule,
gen yon nyès Josie ki vin antre
nan konvèsasyon an tou.
Frè yo te ofri l yon etid Labib
e l te byen kontan aksepte.
Lè Josie wè gen twa moun nan
fanmi l ki kòmanse etid Labib la,
sa te fè l anvi konn plis bagay
e l te vin patisipe nan
konvèsasyon an tou.
Josie tou te aksepte
yon etid Labib.
Men, de pwoklamatè yo potko
menm fini ak premye etid sa a,
gen yon senkyèm moun
nan fanmi an,
pitit fi Josie, ki te vle konnen
sou ki sa yo t ap pale.
Pwoklamatè yo pwofite
sitiyasyon sa a
pou yo ofri li menm tou yon
etid Labib e li te aksepte
Antou, gen senk manm
fanmi nan yon menm kay
ki aksepte pou yo etidye Labib
grasa metòd dirèk la.
Li klè, Jewova beni efò
nou fè pou nou ofri
etid biblik pandan kanpay sa a.
Men, nou vle kontinye
konsantre sou ofri etid Labib.
Frè n ak sè nou yo, kontinye rete
chofe menm apre kanpay la!
Kontinye ale nan menm
direksyon an.
Kontinye ofri moun yo
etid biblik
chak fwa nou jwenn
okazyon pou sa.
Ki sa k ka ede nou fè sa?
Se vre, temwayaj piblik
se yon aspè enpòtan
nan travay predikasyon an
e sa konn ban n posiblite
jwenn etid,
nou ankouraje nou tout
pou nou patisipe regilyèman
nan predikasyon kay an kay la.
E sonje, n ap jwenn
pi bon rezilta
si nou ale nan lè moun yo
pi fasil lakay yo.
Sa ap ban nou plis posiblite
pou nou kòmanse konvèsasyon
ki ka mennen nan etid Labib.
Lè sa posib, nou ka eseye
metòd dirèk la.
Nan peyi Almay, yon jou swa,
pandan yon frè t ap preche
li te pale ak yon mesye
ki gen anviwon 35 an.
Frè a te mande l:
“Ki dènye fwa ou
te li Bib la?”
Mesye a reponn:
“Maten an.”
Yo te pale sou rezon ki
fè Bib la enpòtan,
e yo te li Miche 4:3, 4.
Apre sa, yo te pale sou
leson 1 nan bwochi
Viv ak kè kontan pou toutan! an.
De pitit mesye yo te la,
e yo te li vèsè yo awotvwa.
Mesye a te dakò pou l
kòmanse yon etid Labib.
Gen anpil moun tou,
pa mwayen temwayaj enfòmèl,
ki kòmanse etid Labib
ak fanmi yo,
vwazen yo, kòlèg travay yo
ak lòt moun ankò.
Gen yon sè ki rele Elizabeth
ki te kòmanse kat etid
nan kòmansman kanpay la,
nan peyi Tanzani.
Youn ladan yo se yon dam
ki gen yon ti restoran
anfas Sal la.
Byen souvan, Elizabeth konn ale
pou l achte te oswa lòt bagay.
E li te sèvi ak
metòd dirèk la
pou l ofri dam nan
yon etid Labib.
Yo te gade videyo
Fason w ka byen pwofite
etid Labib ou a,
e dam nan te kontan.
Li te di:
“Nou ta dwe kòmanse kounye a!”
Epi, li te envite
pitit fi l ak nyès li
vin gade ki jan yo
fè etid la.
Elizabeth te kontan tou
paske dam nan te
asiste yon reyinyon
nan kongregasyon an.
Lè yo mande dam nan sa l te
renmen nan reyinyon an, li di:
“Se sa m renmen ak
Temwen Jewova yo,
yo etidye Bib la.
Lè m al nan lòt legliz yo
yo chante, yo bay prèch
men, yo pa etidye Bib la.
Mwen vrèman renmen sa.
M ap eseye vini regilyèman.”
Nou kontan tande tout bèl
eksperyans sa yo.
Tan n ap pase nan travay
predikasyon an enpòtan
e nou vle byen sèvi avè l.
Jan 1 Korentyen 9:26 di:
“Kidonk, mwen pap kouri
san m pa konn kote m prale.
M ap tire kou m yo yon fason pou
se pa nan lib mwen tire yo.”
Nou kontan lè nou bay Jewova
sa n genyen ki pi bon an.
Anplis travay predikasyon kay
an kay regilyèman an,
ki lòt bagay ki ka ede nou?
Gen kèk kote gen pwoklamatè
ki gen anpil nouvèl vizit.
Men, petèt nou ta dwe priye
Jewova pou l ede nou wè
si nouvèl vizit sa yo
ap pwogrese.
Èske moun sa yo vin
pi renmen laverite?
Èske yo vrèman apresye
vizit nou yo?
Èske yo vle etidye Bib la?
Si se non, petèt se ‘nan lib
n ap tire kou nou yo’.
Li ka pi bon pou n chèche
lòt moun ki enterese.
Ansyen vizit sa yo ap gen
yon lòt posiblite
tande bon nouvèl la lè yo
preche tèritwa sa a ankò.
Natirèlman, nou bezwen
gen pasyans,
ekilib ak bon jijman
nan ka sa yo.
Men, nou dwe asire nou
nou byen sèvi ak tan nou.
Menm jan an tou, nou ka
mande tèt nou:
‘Èske etidyan m yo
ap fè pwogrè?’
Priye sou sa epi mande tèt ou:
‘Èske yo aksepte verite
ki nan Bib la?
Èske yo kòmanse aplike
sa yo aprann yo?
Èske yo fè chanjman lè
sa nesesè?
Èske yo kòmanse asiste reyinyon
nan kongregasyon an?
Èske yo pale ak lòt moun
sou sa yo aprann yo?’
Si yo pap fè pwogrè,
petèt li ka pi bon
pou nou konsantre nou
nan chèche moun
ki ”nan bon dispozisyon pou yo
resevwa lavi ki pap janm fini an”.
Donk, frè ak sè nou yo,
chak fwa nou jwenn posiblite a,
annou kontinye ofri etid Labib!
Plizyè kote sou tè a, nou wè
nou gen plis moun
k ap etidye Bib la e gen
anpil akwasman.
Pa egzanp, nan yon kongrè ki te
fèt Madagaska sa pa gen lontan,
gen plis pase 21 000
moun ki te la
e gen 419 moun ki te batize.
Peyi Filipin fè konnen
pandan ane sèvis 2024 la
yo te gen 5 pousan akwasman.
Ki rezilta sa te bay?
Se premye fwa yo gen plis
pase 260 000 pwoklamatè.
Kantite etid biblik yo genyen
yo plis pase 252 000
e gen 12 201 moun ki te batize
pandan ane sèvis la.
Gen 120 nouvo kongregasyon ak
15 nouvo sikonskripsyon.
Sa estrawòdinè!
Kèlkeswa kote n ap viv,
panse ak pawòl Jezi nou
jwenn nan Jan 4:35 lan:
“Leve je nou gade jaden yo,
yo pare pou rekòt la.”
Epitou, Jezi te di disip li yo
pawòl nou jwenn nan
Matye 9:37, 38 la:
“Wi, rekòt la anpil, men
pa gen anpil travayè.
Kidonk, priye Mèt rekòt la pou l
voye travayè nan rekòt li a.”
Vrèmanvre, jaden yo “pare pou
rekòt la” plizyè kote sou tè a.
Natirèlman, sa fè nou mande
ki jan nou chak
nou ka patisipe plis
nan travay predikasyon ak
travay fè disip la?
Natirèlman, nou tout pa nan
menm sitiyasyon.
Men, èske nou pa ka
chèche mwayen pou nou
ta sèvi kòm pyonye oksilyè?
Èske nou ka chèche vin
pyonye pèmanan?
Si w deja pyonye pèmanan,
èske w ka al sèvi kote ki gen
plis bezwen,
petèt menm nan yon lòt peyi?
Èske w konn panse aplike
pou w asiste
Lekòl evanjelizatè Wayòm nan?
Yo konn voye kèk nan
elèv nan lekòl sa a kòm
pyonye espesyal tanporè,
pyonye espesyal, siveyan
sikonskripsyon oswa misyonè.
Vrèmanvre, gen anpil posiblite
pou nou fè plis nan sèvis Jewova a
selon sitiyasyon nou chak
an patikilye.
Chapit 10 liv Òganize a bay
plizyè fason
nou ka fè plis nan travay
predikasyon an.
Si nou teste Jewova
nan sans sa a,
nou ka gen asirans
l ap beni nou.
Ki sa nou te wè?
Kontinye chofe nan
travay predikasyon
menm apre kanpay la.
Kontinye ofri etid Labib chak
fwa nou jwenn okazyon an.
Nou te pale tou sou gwo
akwasman ki genyen
nan plizyè peyi sou tè a.
Annou tout kontinye priye
‘Mèt rekòt la pou l voye plis
travayè nan rekòt li a’.
E annou tout kontinye fè
tout sa nou kapab pou n
preche epi anseye “bon
nouvèl Wayòm nan”.
Nou vle nou konnen,
nou gen anpil lanmou pou nou
chak grenn frè ak sè n yo.
Depi syèj mondyal Temwen
Jewova yo se te Tele JW.