JW subtitle extractor

Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 8 (2024)

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou kontan akeyi nou!
Pou n kòmanse, n ap ban nou
kèk enfòmasyon
sou sitiyasyon frè ak sè n yo
nan Eritre.
Nou sonje, an septanm 2024 la,
lapolis te arete 23 frè ak sè
ki te reyini byen pezib
Ebyen, nou kontan
fè nou konnen
nan dat 7 desanm 2024 la,
yo lage sè Saron Ghebru
e l te sou uityèm mwa
gwosès li, lè yo lage l la.
Nou vrèman kontan aprann
bon nouvèl sa a.
Men, mari l, frè Fitsum Goitom,
toujou nan prizon pou lafwa l.
Malerezman, otorite yo
nan peyi Eritre arete
senk lòt frè ak sè
nou yo ankò.
Nan dat 1ye novanm 2024 la,
ofisye sekirite nasyonal la
arete kat Temwen
ki gen ant 16 ak 18 an:
Se frè Zesani Biniam,
frè Ebenezer Yonas,
sè Sidon Tekeste
ak sè Horeb Tekeste.
Apre yo te fin poze jèn sa yo
yon pakèt kesyon,
yo te mennen yo nan
prizon Mai Serwa a.
Jou ki te 22 novanm 2024 la,
sè Almaz Gebrehiwot
te resevwa yon apèl ki fè l
konnen yo arete pitit fi l,
e yo mennen l nan
pòs polis la.
Lè sè Almaz rive nan
pòs polis la,
yo arete sè Almaz,
epi yo lage pitit fi a.
Rive 23 desanm 2024,
gen 68 frè ak sè ki nan
prizon nan peyi Eritre
paske y ap sèvi Jewova.
Tanpri, kontinye priye pou
frè ak sè sa yo
e pou tout lòt frè ak sè
ki nan prizon pou lafwa yo.
Jan sa te parèt nan jw.org
nan dat 6 novanm 2024 la,
Otorite k ap jere vil Ramapo a
te apwouve plan pou
chantye Ramapo a.
Sa vle di, nou kapab
kòmanse ak gwo travay
konstriksyon sou chantye a.
Nou di otorite yo mèsi pou
pèmisyon sa a yo bay la.
Men se sitou, Jewova
pou n di mèsi.
Ki travay yo deja fè
sou pwojè Ramapo a?
E ki sa yo pral fè?
Nou sèten w ap renmen
videyo annapre a.
Se pa ti kontan nou kontan
paske otorite yo nan vil la
bay apwobasyon yo
pou pwojè Ramapo a.
Men ki jan chantye a ye
kounye a.
Gen anpil travay ki gentan
fèt pou prepare teren an,
ansanm ak plan konstriksyon an.
Yo gentan retire anpil pyebwa,
e gen konstriksyon yo mete
sou chantye a k ap itil
pou pwojè Ramapo a.
Kòm kounye a nou
gen apwobasyon,
nou ka kòmanse travay sou
konstriksyon Betèl Ramapo a.
Pandan pwochen mwa
k ap vini yo,
gen konpayi k ap kòmanse
kase wòch ak douk
pou n ka konstwi
sou yon teren ki plat.
Kòm gen anpil teren
pou yo travay sou yo,
travay sa a ka pran anviwon
ennan edmi pou l fini.
Pa egzanp, lè yo t ap
fè pwojè Wòwik la,
sa te pran mwens pase
sis mwa
pou yo rive retire wòch yo.
Pou pwojè sa a, y ap
kraze wòch yo
epi sèvi avèk yo pou
fè yon seri lòt zòn
sou chantye a vin plat
oswa pou konstwi mi
k ap kenbe sòl la.
Sa k ap fè yo fè ekonomi.
Pandan pwochen ennan
edmi k ap vini la a,
volontè yo pral kòmanse pase
tiyo anba tè pou dlo ak kouran.
Epi y ap fin fè de antre
pou lokal la,
e y ap fin poze premye
fondasyon pou konstriksyon an.
Sa k ap fè yo pap pran tan pou
yo kòmanse ak konstriksyon an.
Y ap fè pakin nan
ak kote moun pral rete yo.
Se pa ti kontan nou
kontan paske n konnen
Jewova ap beni travay k ap fèt
nan Syèj mondyal la!
N ap priye pou Jewova kontinye
dirije epi beni pwojè Ramapo a.
Nou menm frè ak sè k ap
soutni travay Wayòm nan
toupatou sou tè a,
n ap di nou yon gwo mèsi.
Nou montre nou gen etadespri
nou jwenn nan Sòm 110:3 a:
“Moun ki nan pèp ou a ap
ofri tèt yo san fòse
nan jou w ap mennen lame w
la nan batay la.
Gwoup jèn gason w yo tankou
gout lawouze ki tonbe douvanjou.
Yo sen e yo bèl anpil.”
Gen kèk asiyasyon ou pa
wè moun ki fè yo a,
men gen kèk lòt asiyasyon ou
konnen kiyès ki fè l.
Pa egzanp,
gen anpil frè ak sè
ki parèt nan foto nan
piblikasyon n genyen
oswa ki parèt nan
videyo nou yo.
Nan dènye ane sa yo,
òganizasyon an pwodui
plizyè santèn videyo,
e pami yo gen dram ak fim yo.
Nan kongrè nou yo ane sa a,
nou sèten nou te kontan gade
premye epizòd Lavi Jezi ak
travay predikasyon l sou tè a.
Nou swaf pou nou wè
tout 18 epizòd yo.
Nou vrèman apresye tan diferan
frè ak sè sa yo bay
ak travay di yo fè
pou pèmèt nou rive
reyalize videyo sa yo.
Anpil frè ak sè toupatou
sou tè a parèt nan videyo yo.
Gende fwa, se entèvyou
yo fè avèk yon frè oswa yon sè,
oswa yo rakonte eksperyans
yo fè nan lavi yo.
Gen lòt ka kote yo jwe wòl yon
moun yo pale de li nan Bib la
oswa wòl yon moun
nan epòk nou an.
Petèt menm gen yon
frè oswa yon sè
nan zòn ou an ou konnen
ki te gen privilèj sa a.
Men, sa soulve yon
kesyon enpòtan:
Ki jan nou dwe konsidere frè ak
sè ki parèt nan videyo nou yo?
Frè ak sè ki parèt nan
videyo nou yo,
se sèvitè Jewova ki
vwe lavi yo ba li
e ki gen imilite.
Se pa moun k ap
chèche vin popilè,
oswa ki vle pou moun
ba yo glwa.
Men okontrè, yo vle se Jewova
ki jwenn tout glwa a!
E erèzman, pifo nan frè ak
sè nou yo
gen menm pwennvi
sa a tou.
Sepandan, nou dwe
fè atansyon
lè n ap gade videyo yo.
Nou dwe fè atansyon
pou nou pa pran
frè ak sè sa yo ki jwe wòl
pèsonaj biblik yo
pou moun yo te jwe
wòl yo nan videyo yo.
Men pito, se lafwa
gason ak fi fidèl
ki nan Pawòl Bondye a
yo vle imite.
Ki efè sa ta gen sou frè
ak sè sa yo
si nou ta kòmanse aji avèk yo
kòmsi se atis yo ye?
Yo ka santi yo jennen
oswa malalèz.
Sa ta ka rive si nou ta
mande moun sa yo
pou nou fè foto avèk yo.
E sa t ap pi mal toujou si n ta
poste foto yo sou rezo sosyal,
kote moun te ka menm
fè kòmantè.
Nan Jid vèsè 16, Bib la kondane
moun ki t ap admire
e ki t ap “flate moun pou
pwòp avantaj yo”.
Nòt nan Bib anglè a
pale de moun sa yo
kòm moun k ap
“admire lòt moun”.
Gen kèk nan frè ak sè
ki parèt nan videyo yo
ki santi yo strese paske lòt
moun atire twòp atansyon sou yo.
Gen kèk ladan yo ki santi
yo pa alèz ankò
pou ale nan gwo
rasanbleman nou fè yo.
Li enpòtan pou nou gen
bon pwennvi
sou frè ak sè ki parèt nan
videyo nou yo.
Èske w ka panse ak kèk moun
nan Bib la yo te bay glwa ki pa
pou yo pandan yo t ap fè
asiyasyon yo te ba yo fè?
Petèt w ap panse
ak Pòl ak Banabas.
Travay chapit 14 fè konnen
moun te kòmanse fè lwanj
pou mesye yo apre Pòl te
fin geri yon mesye
ki te bwete nan pye
depi l fèt.
Yo te fè mirak sa a pou ede
moun yo gen lafwa
e pou ankouraje yo bay Jewova
ak Pitit gason l lan glwa.
Men, ki sa k te pase?
Moun yo te mal konprann
sa k pase a.
Se Pòl ak Banabas yo
te vin ap bay glwa.
Travay 14:11, 12 di:
“Lè foul moun yo wè sa
Pòl fè a, yo leve vwa yo,
yo di nan lang likawonyen:
‘Dye yo pran fòm moun, yo
desann vin jwenn nou!’
Yo te kòmanse rele
Banabas Zes,
men yo te rele Pòl Èmès,
etandone se li menm ki t ap pale.”
Kòt pwoblèm nan te ye?
Ebyen yo pa t wè se Jewova
ki te fè mirak la,
kòm se Pòl ak Banabas yo te wè,
se yo menm yo te bay glwa.
Èske Pòl ak Banabas
te renmen sa?
Annou li vèsè 14 ak vèsè 15:
“Sepandan, lè apot yo tande sa,
anpalan de Banabas ak Pòl,
yo chire rad sou yo,
yo vòltije antre nan foul la,
e yo rele byen fò, yo di:
‘Sa n ap fè konsa a, mesye?
Nou menm tou, nou se moun
ki gen menm feblès ak nou,
e nou vin anonse nou
bon nouvèl la,
pou nou ka vire do bay bagay
sa yo ki pa vo anyen,
pou nou vin jwenn Bondye
vivan an,
li menm ki fè syèl la, tè a,
lanmè a ak tout sa ki ladan yo.’”
Byen vit, Pòl ak Banabas
te kanpe yo.
Yo te fè yo konnen se moun
menm jan avèk yo yo te ye.
Yo te di yo objektif yo se
anonse bon nouvèl
konsènan Bondye vivan an.
E se sa Jezi te fè tou.
Li te vle se Bondye pou
moun bay glwa.
Men, gen yon lè, foul moun yo
te tèlman enpresyone
lè yo te wè sa Jezi te fè,
yo pa t rive konprann
sa l t ap anseye yo
sou Jewova a.
Jan 6:14, 15 fe konnen:
“Lè moun yo wè mirak
li fè a, yo di:
‘Se sèten, se li menm ki Pwofèt
ki te gen pou vini nan monn nan.’
Kòm Jezi te konnen yo t apral
vin met men sou li pou yo fè l wa,
li wete kò l, l al sou mòn nan
ankò poukont li.”
Jezi pa t ap chèche vin popilè.
Li annik mache,
li wete kò l bò kote yo
e l al sou mon nan poukont li.
Ki jan egzanp biblik sa yo
ede nou konnen ki jan
pou n trete moun ki parèt
nan videyo nou yo?
Frè ak sè sa yo ki parèt nan
videyo nou yo,
jis ap fè sa òganizasyon an
mande yo fè avèk imilite.
Menm jan ak Pòl, Banabas
ak Jezi, yo vle pou tout glwa a
se Jewova ki jwenn li.
Se vre, gen kèk frè ak sè
yo bay jwe wòl
moun fidèl k ap sèvi Jewova,
men, gen lòt yo bay jwè wòl
moun ki ènmi Jewova.
Jis imajine jan sa difisil pou
frè ak sè sa yo jwe wòl
kote yo se ènmi Jewova.
Kounye a, si nou kòmanse
aji mal avèk yo
poutèt wòl sa a yo te jwe,
n ap fè travay la pi
difisil pou yo.
Li klè, nou bezwen gen
ekilib nan fason
nou trete frè ak sè ki jwe
nan videyo nou yo.
Nou swete pou n kontinye
kenbe lapè ak inite
nan fanmi frè ak sè nou fòme a
lè se Jewova nou bay glwa
men, se pa frè ak sè ki parèt
nan videyo nou yo.
Ki sa nou te wè nan
dènyè enfòmasyon sa a?
Nou kontan dèske yo lage
sè Saron Ghebru
ki te nan prizon nan Eritre.
Men, nou kontinye priye pou
plis pase 235 frè ak sè
toupatou sou tè a ki toujou
nan prizon poutèt lafwa yo.
Nou kontan tou dèske
nou jwenn pèmisyon
nan men otorite vil Ramapo yo
pou nou kòmanse ak gwo
pwojè konstriksyon
sou chantye Ramapo a.
Nou te wè tou jan li
enpòtan pou n gen ekilib
nan fason nou wè frè ak sè ki
parèt nan videyo nou yo.
Tanpri, sonje nou
renmen nou tout anpil.
Depi Syej mondyal
Temwen Jewova yo,
se te Tele JW.