JW subtitle extractor

Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #2 (2025)

Video Other languages Share text Share link Show times

Frè ak sè nou yo,
nou kontan akeyi nou.
Pou kòmanse,
nou vle ban nou yon bon
nouvèl anrapò ak Eritre.
Nou ka sonje ann avril 2014,
otorite nan peyi Eritre
te arete 31 frè ak sè pandan
yo te reyini byen trankil.
Pami moun yo te arete yo, te gen
sè Mikal Taddesse ak twa sè l.
Annapre, yo te lage
sè l yo. Men,
yo te kenbe sè Mikal nan
prizon pou lafwa l.
Nou kontan fè nou konnen
nan dat 25 fevriye 2025 lan,
apre prèske 11 an nan prizon,
yo te lage sè Mikal e kounye a
li ansanm ak fanmi l.
Li gen yon bon etadespri e l ap
resevwa swen medikal li bezwen.
N ap priye pou 251 frè ak sè
nou yo toupatou sou tè a
ki nan prizon poutèt lafwa yo,
e 65 ladan yo nan peyi Eritre.
Nan dènye videyo nou an, nou
te pale sou diferan katastwòf
ki te frape frè ak sè nou yo
toupatou sou tè a.
Nan sis premye mwa
ane sèvis 2025 lan sèlman,
gentan gen plis pase 100
katastwòf ki frape frè ak sè nou yo.
Men, grasa ofrann nou fè pou
travay mondyal la
ki demontre lanmou nou genyen,
depi ane sèvis la kòmanse
nou te kapab depanse plis pase
sis milyon dola pou travay pote sekou a.
Nou di nou tout mèsi anpil
pou èd nou.
Natirèlman, se pa sèlman
nan domèn materyèl
nou ede frè nou yo lè yo
fè fas ak katastwòf.
Nou ba yo ankourajman ki soti
nan Bib la e nou konsole yo tou.
Nou pral wè sa nan videyo
ki vin annapre a
nan travay pote sekou nou te fè
nan eta Kalifòni, Ozetazini.
N ap sonje ane sa a,
an janvye, gen gwo dife
ki te fè anpil dega nan zòn sa a.
Lè w viv yon bagay konsa,
li jis, li…
m pa konn ki jan pou m di
jan m santi m.
Li gen efè sou ou.
Woy, mezanmi!
Lè yon moun pèdi tout bagay,
sitiyasyon an sanble
twòp pou yo.
Yo pa konn ki jan pou yo rejwenn
yo e yo pa konn ki sa pou yo fè.
Donk, lè yo fè efò pou yo
pote yon chay
yo panse yo te kapab pote
e chay la vin tounen yon fado,
se nan moman sa a frè yo vini
pou vin ede yo pote fado a.
Ezayi 41:10 fè nou konnen Jewova
di, ‘m ap kenbe nou byen di ’.
E sa vèsè a di a
nou wè l devan je nou.
Mwen se yon manman ki selibatè.
Lè m te wè ekip sekou a
k ap vini,
mwen te wè men
Jewova e se kòmsi li t ap di nou:
“Pep mwen an,
mwen pap lage nou.”
Frè ak sè n yo pèdi anpil bagay,
san wete kay yo.
Epoutan, frè k ap pote sekou yo
ba yo sa yo bezwen
tankou, rad ak manje e menm
kay pou yo rete,
men sa yo plis bezwen se ankourajman
ki soti nan Pawòl Bondye a.
Jewova pwoteje nou se sa ki
pi enpòtan paske,
nou toujou gen yon lafwa solid
e n toujou gen yon relasyon
sere sere ak Bondye.
Se fason sa a Jewova
montre w aklè li renmen w.
Nou te voye mesaj pou
frè ak sè n yo, nou te di yo:
“Nou bezwen lèn, zòrye,
ak lòt bagay ankò.”
E apre inèdtan, yo te
pote sa n te mande.
Mwen apresye frè ak sè yo
ki ban nou kote pou nou rete
ak bagay nou te bezwen.
Yo montre yo renmen nou
e sa ankouraje nou anpil.
Sa touche kè nou.
Ou pa konnen ki jan
tout bagay ap fini,
ki jan w pral jwenn tout
sa w bezwen.
Men, nou gen konviksyon
Jewova ap pran swen nou.
Nou vin wè se Jewova
k ap gide nou.
E se yon gwo privilej pou nou
pou n kriye avèk zanmi nou yo,
ba yo akolad, ba yo asirans
lè Jewova di yo
‘lage chay yo sou mwen’,
se sa l vle yo fè toutbon.
Nou fè Jewova konfyans men,
lè yon bagay mal rive
epi w wè fason Jewova pran
swen w, ou vin pi pwòch avè l.
Pa gen youn nan nou ki vle yon
katastwòf natirèl frape nou.
Men, sa enteresan pou n wè fason
Jewova pran swen nou chak
pèsonèlman, ni moun k ap pote
sekou, ni moun ki viktim,
sa ede yo tout vin pi
pwòch ak Jewova.
Nou vrèman apresye
travay di ak sakrifis
diferan frè ak sè nan filyal yo,
siveyan sikonskripsyon yo,
frè nan Komite sekou yo
ak anpil lòt volontè toupatou
sou tè a te fè.
E n ap di tout moun ki te
fè ofrann yo mèsi tou.
Paske se yon fason enpòtan
pou nou ede nan travay sa a.
Dayè, nou tout ka fè sa nou
jwenn nan 2 Korentyen 8:4 la
ki se “patisipe nan èd”
n ap bay frè yo.
Lè nou patisipe nan
fòm sèvis sa a,
nou vin “konpayon travay”
Bondye tou.
Nan Sòm 94:17-19, nou ka wè
ki sa Jewova ap fè
pou ede frè ak sè nou yo
nan moman malè.
Li di:
“Si se pa t Jewova
ki t ap ede m,
mwen pa t ap pran anpil
tan pou m peri.
Lè m te di:
‘Pye m ap glise’ a, lanmou
fidèl ou genyen an
te kontinye soutni m, o Jewova.
Lè enkyetid te anvayi m, ou te
konsole m, ou te soulaje m.’”
Yon lòt fason Jewova sèvi ak
òganizasyon l lan pou pote èd,
se lè nou ede frè ak sè
nou yo konn li ak ekri.
Pandan plizyè dizen ane, nou te
òganize lekòl alfabetizasyon.
Epitou, nou te prepare
piblikasyon tankou bwochi
Fè jefò pou w konn li ak ekri a.
Bwochi sa a disponib kounye a
nan 136 lang,
e yo deja pwodui plis pase
10 milyon ladan l.
Sa gen kèk ane, nan yon Dènye
enfòmasyon Kolèj santral la bay,
nou te pale sou enpòtans pou moun
byen konn li e byen konn ekri.
Depi lè videyo a te soti a,
yo te mete bwochi
Fè jefò pou w konn li ak ekri a
disponib sou jw.org,
yon fason pou pi plis moun
ka gen akse avè l.
Men, sa pa gen lontan,
yo t ap travay sou yon nouvo
vèsyon bwochi sa a.
Li pi senp e li pi klè, konsa
yo ka tradui l nan pi plis lang.
Men tit bwochi a:
Aprann li ak ekri.
Pou kounye a, yo chwazi
kèk filyal
pou teste nouvo bwochi sa a
nan twa lang.
Epitou, filyal sa yo òganize
lekòl alfabetizasyon
pou plis moun ka aprann li
ak ekri grasa bwochi sa a.
Men, poukisa sa enpòtan konsa?
Annou tande de frè ki se manm
komite filyal peyi Mozanbik.
Gen bèl akwasman nan
tèritwa filyal nou an.
Pa egzanp, se anviwon 2 etid
biblik pou chak pwoklamatè.
Nou wè aklè gen posibilite
pou gen plis akwasman.
Lè n ap reflechi sou sa
frè ak sè nou yo
nan tèritwa fillyal nou an bezwen,
nou rann nou kont
anpil nan pwoklamatè yo pa konn
li byen e yo pa konn ekri byen.
An reyalite, sa ka anpeche yo pou patisipe
nan travay predikasyon an,
sitou kondui etid biblik.
Donk, pou rezoud pwoblèm sa a,
nou ankouraje pwoklamatè yo
pou yo vini nan
lekòl alfabetizasyon an.
E se pa ti bon rezilta sa te bay.
Pa egzanp, Maliko ak Jilda, yon
koup k ap viv nan peyi Mozanbik,
pa t janm gen posiblite al lekòl
paske pa t gen lekòl
nan zòn kote yo te rete a
e yo te travay anpil.
Piske yo pa t ka li, yo pa t
ka menm kondui etid biblik.
An 2022, lè siveyan sikonskripsyon an
te vizite kongregasyon an,
li te ankouraje tout moun pou yo
asiste lekòl alfabetizasyon an.
Maliko ak Jilda te asiste lekòl
alfabetizasyon an e yo te aprann li.
Kounye a, Maliko ap kondui kat
etid biblik e Jilda ap kondui twa
e tout etidyan yo asiste
reyinyon yo regilyèman.
Maliko se yon pyonye pèmanan.
Men yon lòt egzanp,
gen yon sè ki rele Ana.
Li pa t al lekòl paske li te
grandi nan yon zon ki an deyò.
Lè l te gen prèske 50 an,
li te toujou poko konn li
e li te difisil pou li
kondui etid biblik.
Li te eseye kondui etid Labib ak
moun yo lè l montre yo foto
ki nan piblikasyon nou
fè etid ak moun yo, men
akoz limit sa yo l genyen, etid
sa yo pa t pran tan pou yo kanpe.
Nan ane 2024, li t al nan
lekòl alfabetizasyon an
e jodi a, li li byen.
L ap kondui twa etid Labib
k ap pwogrese
e etidyan Labib li yo asiste
reyinyon regilyèman.
E Ana di li kontan
e li rekonesan anvè Jewova
ak òganizasyon l lan
paske yo ede l aprann li.
Nou kontan anpil paske
nouvo bwochi sa a,
Aprann li ak ekri,
te ede anpil moun.
E n ap priye pou l ede
pi plis frè ak sè toujou
konn li ak ekri byen,
sa k ap fè yo ka pi byen etidye
Bib la, e anseye lòt moun,
tout sa pou glwa Jewova.
Nòmalman, nan moman
nou ye la nan ane a
lespri nou ak kè nou konsantre sou
Memoryal lanmò Jezi k ap vini an.
Memoryal pou ane sa a
ap fèt samdi 12 avril la.
E diskou espesyal la ki gen tit,
“Èske w ka jwenn laverite?”,
y ap bay li nan pifò kongregasyon
nan semèn 31 mas la.
Jan nou fè sa chak ane,
nou ta renmen envite
mezi moun posib vin asiste diskou
espesyal la ak Memoryal la.
Sa gen ladan l manm fanmi nou,
etidyan Labib yo,
moun nou tounen vizite,
ak kèlkeswa moun nou konnen.
E pandan n ap envite yo, annou
byen sèvi ak paj akèy jw.org la,
ki gen ladan l sijè ki gen rapò
ak de evènman sa yo.
Epitou, èske w panse pran
sèvis pyonye oksilyè?
Sonje, ou ka pran sèvis pyonye
oksilyè pou sèlman 15 èdtan
pandan mwa mas
ak mwa avril la.
Èske w ta ka priye sou sa?
Nou rekonesan anpil pou
sakrifis Jezi a paske,
grasa li nou gen bon
relasyon ak Jewova,
nou gen espwa e sa fè n
santi n kalm.
M sèten n ap dakò avè m,
nou bezwen èd Jewova
pou n santi n kalm jodi a
plis pase anvan.
Paske, nou wè monn nan
se pi mal l ap vin pi mal.
Donk, nou bezwen fè anpil efò
pou nou ret fidèl ak Jewova
lè nou jwenn difikilte
nan lavi a.
Malgre sitiyasyon difisil sa yo,
antanke pèp Jewova,
nou gen vre lapè a.
Men, kòman sa fè posib?
Se paske Jezi te pwomèt
disip li yo yon kado espesyal.
Ki kado sa a?
Annou li pawòl ankourajan li
te di nou jwenn nan Jan 14:27.
Se pawòl li te di nuit
anvan l mouri a.
Jezi te di yo:
“Mwen kite lapè pou nou, mwen
ban nou lapè mwen genyen an.
Mwen pa ban nou l jan
monn nan bay li a.
Pa kite anyen boulvèse kè nou,
e pa kite laperèz anvayi kè nou.”
Vrèmanvre, Jezi te bay
disip li yo yon bèl kado.
Ki kado sa a?
“Lapè.”
E lapè sa a pa t vle di yo
pa t ap jwenn okenn pwoblèm.
Jezi te di:
“Mwen ban nou lapè mwen
genyen an.”
Nou sonje, menm lè Jezi
t ap soufri, li te gen lapè.
Rezon an se paske li te konnen
Jewova renmen l
e li pran plezi nan li.
Jezi te pwomèt disip li yo
yo menm tou,
yo t ap gen menm
kalite lapè sa a.
Nou imajine jis nan ki pwen
sa te rekonfòte yo!
E se menm bagay la pou nou
k ap fè fas ak dènye jou
ki pote tètchaje.
E se yon benediksyon sa ye pou
nou gen bon relasyon ak Jewova
sou baz lafwa nou
nan ranson an.
E sa ban nou espwa.
Sa pèmèt nou rete kalm malgre
tan difisil sa yo n ap viv la.
Sa fè nou pa panike.
Men sa nou li nou jwenn
nan Sòm 46:2.
Li di:
“Se sa k fè nou pap pè
menmsi tè a tranble,
menmsi mòn yo chavire
nan fon lanmè.”
Èske vèsè sa a pa fè nou sonje
fason monn n ap viv jodi a ye?
Nan dènye jou yo, nou ka wè
gouvènman yo ak òganizasyon yo
ki djanm tankou mòn vin fèb.
Se kòmsi yo chavire
nan fon lanmè.
Epoutan, ki jan n ap reyaji?
Ebyen, vèsè a di:
“Nou pap pè.”
Sa k fè sa?
Vèsè 5 rive nan vèsè 7 la
ban nou repons lan.
Li di:
“Bondye nan vil sa a e
pèsonn pa ka pran l.
Kou l jou, Bondye ap vin
pote vil sa a sekou.
Nasyon yo t ap fè bri,
wayòm yo te tonbe.
Bondye te leve vwa l
e tè a te tranble.
Jewova, Chèf lame yo,
avèk nou.
Bondye Jakòb la se refij
kote n ka jwenn sekirite.”
Byenke, ap kontinye gen
pwoblèm nan monn nan toujou,
nou pa bezwen pè,
Sonje, Bondye gen kontwòl
tout bagay.
“Jewova Chèf lame yo,
avèk nou”!
L ap vini ede pèp li a.
Li se “kote n ka jwenn sekirite”.
Men pafwa, nou ka toujou
santi nou panike
akoz bagay k ap pase
toutotou nou.
Ki sa Bib la ankouraje nou
pou nou fè?
Nan Filipyen 4:6, 7 Bib la
ankouraje nou pou nou
vide kè nou bay Jewova.
Lè nou fè sa,
ki sa k ap rive?
Selon vèsè 7 la, n ap santi yon
bagay moun pa ka konprann.
“Lapè Bondye.”
E lapè sa a ap ede nou
rete kalm
epi kontinye sèvi Jewova malgre
tout move bagay ki ta ka rive.
Bon, èske sa pa pouse nou
pou n montre rekonesans nou
pou sa Bondye ak Kris fè
pou nou grasa ranson an?
Youn nan fason nou ka montre
rekonesans nou se lè nou
preche bon nouvèl la.
Lè n ap preche, nou chèche
moun ki ‘zanmi lapè’.
Sa vle di, moun ki vle gen bon
relasyon ak Bondye tou.
Donk, pandan peryòd
Memoryal la,
annou envite mezi moun nou
kapab pou yo aprann konnen
sa Jewova ak Jezi fè pou yo
grasa ranson an,
epi montre rekonesans pou sa.
Anvan nou fini, nou kontan
fè nou konnen
chante pou kongrè rejyonal
2025 lan pare, li gen tit:
“Mwen pran plezi fè volonte w”!
Chante a ak pawòl yo kounye a
disponib pou telechaje sou
JW Library ak sou jw.org ann anglè.
Annapre, l ap disponib nan
tout lang k ap gen kongrè a.
Kolèj santral la ta renmen
nou chak aprann chante sa a
anvan kongrè a.
Konsa, nan kongrè a nou ka
met vwa nou ansanm
pou nou chante ak tout kè nou.
Epitou, si pawòl yo disponib
nan lang ou an,
w ap kapab chante chante sa a
nan reyinyon semèn nan
pandan semèn 7 avril
ak 28 avril 2025.
Frè ak sè nou yo, sonje nou
renmen nou tout anpil anpil!
E tanpri, byen pwofite rès
kanpay envitasyon an.
E nou swete nou yon
bon Memoryal
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo,
se te Tele JW.