JW subtitle extractor

Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 3 (2025)

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou kontan n ansanm!
Nan videyo sa a, nou pral
pale sou kèk bagay
nou ka planifye fè
nan sèvis Jewova a
nan mwa k ap vini yo.
Men, anvan, n ap ban
nou kèk enfòmasyon.
Nan dat 28 mas 2025 lan,
gen yon tranblemanntè 7.7
ki te frape Myanma ak Taylann.
Se Myanma, nan vil Mandalay,
tranblemanntè a te deklannche.
Gen anpil frè ak sè ki te kouri
vin nan Mandalay akoz lagè
ki gen nan plizyè lòt
zòn nan peyi a.
Malerezman, gen yon koup
ki t ap sèvi nan Mandalay
kòm misyonè ki mouri akoz bilding
kote yo te rete a tonbe sou yo.
Nou ka sèlman imajine gwo lapenn
ak tristès fanmi yo genyen,
san wete frè ak sè
ki te renmen yo.
Nou kontinye priye pou Jewova
bay tout moun sa yo fòs
ak konsolasyon yo bezwen
nan moman sa.
Gen yon lòt koup misyonè ki
t ap viv nan menm bilding sa a
ki rive chape men,
yo te blese tre grav.
Yo te mennen yo lopital kote yo
jwenn bonjan swen yo bezwen
e sanble y ap ka reprann yo nèt.
Gen sèt lòt Temwen Jewova
ki pa t blese twò grav.
Gen sis kay frè ak sè ki detwi,
e gen 77 lòt ki sibi domaj.
Gen sis Sal Wayòm ki
te sibi domaj tou.
Komite filyal la ap ede frè ak
sè yo jwenn sa yo bezwen
e l ap travay pou repare oswa
konstwi kay ak Sal Wayòm yo.
Ann Amerik disid,
nan pati sid ak lès Afrik,
gen kèk nan frè ak sè yo
k ap fè fas ak grangou.
Pou ede yo, òganizasyon an
voye manje
pou plis pase 8 mil frè
ak sè nan sis peyi.
Nou remèsye nou sensèman pou
ofrann nou fè ak tout kè nou
ki pèmèt travay
pote sekou a posib.
Byenke gen anpil
frè ak sè k ap soufri
e n ap travay pou n ede yo,
nou gen bon nouvèl tou
konsènan frè ak sè
lòt kote sou tè a.
Nou kontan fè nou konnen,
nan dat 12 fevriye 2025 lan,
peyi Eritre lage
sè Alganesh Tekle ki gen 72 an.
E nan dat 12 mas 2025 lan,
yo lage sè Berekti Gebretatyos
ki gen 80 an.
Toude sè sa yo
ansanm ak fanmi yo
e y ap resevwa swen
medikal yo bezwen.
Sè sa yo te pami 23 frè
ak sè nou te fè nou konnen
yo te arete nan mwa
septanm 2024 yo.
Nou kontan fè nou konnen tou,
pa gen lontan,
Larisi lage sis frè apre yo te fin
pase kantite tan yo te ba yo
pou yo pase nan prizon.
Pami yo gen frè Dmitriy Golik, ki te
pase anviwon katran nan prizon.
Lè frè Dmitriy sot nan prizon an,
madanm li ak gwoup fanmi
ak zanmi te vin rankontre l.
Epitou, pa gen lontan
yo lage frè Inver Siyukhov.
Sè l ak bòfrè l te kontan
akeyi l ak kè kontan.
Frè Inver te pase katran
nan prizon ap tann jijman.
Se premye fwa, yon frè pase tout
tan sa a nan prizon anvan yo jije l
e kondisyon nan prizon sa yo konn pi
mal pase prizon kote kriminèl yo ye.
Malgre move kondisyon sa yo,
frè Inver te bay yon bèl temwayaj
grasa bon konduit li.
Pa egzanp, gen youn nan prizonye yo
ki te ekri l yon lèt pou di l mèsi.
Men sa l di nan lèt la:
“Mèsi pou moun ou ye a!
Grasa konduit ou, ou fè lòt moun
kontan e ou montre li posib
pou nou bon moun
e ki jan nou ka fè sa.
Nou te ka wè w gen
kè kontan e ou te kalm.
Menm isit la, ou ede nou gen kè
kontan menm pou yon ti moman.
Grasa egzanp ou, m gen
konviksyon gen bon moun toujou.
Monn nan bezwen moun tankou w,
nou bezwen moun tankou w!”
Frè ak sè nou yo ki nan
prizon pou lafwa yo
fè nou vrèman fyè de yo!
Byenke yo nan sitiyasyon
ki vrèman difisil,
yo kontinye bay Jewova
glwa grasa bèl konduit yo.
Jan Matye 5:16 di sa:
“Se pou limyè nou briye devan lèzòm,
konsa y ap ka wè bèl aksyon nou yo
e y ap ka bay Papa nou
ki nan syèl la glwa.”
Nou swete pou Jewova kontinye
bay tout frè ak sè ki nan prizon
pou lafwa yo fòs
ak sipò yo bezwen.
Nou ta renmen pale
sou yon lòt pwen.
Nan mwa mas 2025 lan,
Kolèj santral la
te ankouraje manm Komite filyal
ki gen 80 an oswa plis,
pou egzamine sitiyasyon yo,
kòm rezilta,
gen kèk frè nan frè sa yo
ki te pran desizyon pèsonèl
pou yo pa sèvi kòm manm
Komite filyal ankò.
Ann tande kèk ladan yo.
Laj antre sou nou sanzatann
e pafwa nou pa reyalize
tout limit li ban nou.
Aranjman sa a se yon fason
Kolèj santral la ede nou
pou nou aksepte reyalite a
ak tout sa ki mache avè l.
Pandan prèske 77 an mwen fè
nan sèvis aplentan,
mwen te toujou wè direksyon
Jewova bay pa mwayen
esklav fidèl la bay kè kontan
ak satisfaksyon.
Mwen kwè toutbon
aranjman sa a
se yon fason Jewova montre
li renmen nou anpil.
Menmsi asiyasyon ou ta
chanje pi devan
e kèlkeswa sa l ta ye,
aranjman sa a ap ban nou
posiblite pou n kontinye sèvi
Jewova ak kè kontan
toutpandan n ap kontinye
fè efò pou nou fè l plezi.
Aranjman sa a se
repons yon priyè.
Nou pa kapab kenbe konpa a.
Se pou n kite moun ki
pi jèn e ki gen plis fòs yo
fè travay la
e se sa y ap fè.
Sa fè m vrèman kontan
lè m wè gen jèn frè
nan Komite filyal nou an
e y ap fè yon bèl travay.
Mwen konnen lè nou kite
jèn frè yo fè travay la
sa ap vrèman
ede òganizasyon an.
Sa ede m satisfè ak
sa m ka fè
e pou m fè l,
se pa sa m pa ka fè.
Suiv direksyon Jewova
e n ap toujou gen kè kontan.
Kolèj santral la renmen frè sa yo
anpil e l gen anpil respè pou yo.
Si sitiyasyon yo pèmèt sa,
y ap kapab kontinye gen asiyasyon
pou anseye tankou, nan adorasyon
nan maten, kòm reprezantan filyal
nan asanble sikonskripsyon, oswa
bay diskou nan kongrè rejyonal yo.
Konsa, frè ak sè yo ap kapab
kontinye pwofite bèl eksperyans
frè fidèl sa yo te fè
pandan anpil ane.
Nou tout ap tann kongrè
“Vrè adorasyon an”
pou ane 2025 lan.
Kongrè yo te kòmanse wikenn
9 pou rive 11 me 2025 lan
e y ap kontinye pou
jis kòmansman 2026.
Sa gen ladan yo 19 kongrè
espesyal k ap fèt nan 13 peyi.
Premye kongrè espesyal la te fèt
nan wikenn 9 pou rive 11 me a,
nan Santakwouz, nan Bolivi.
Pi gwo asistans lan te 12 380 moun
e gen 177 moun ki te batize.
M sèten nou tout swaf
pou n asiste kongrè nou.
Kòm rapèl, pou tout moun ka byen
pwofite pwogram kongrè a,
Kolèj santral la mande pou tout
moun chita nan plas yo
lè y ap pase mizik nan
kòmansman chak sesyon.
Sa ap ede nou pou nou
prepare lespri nou
ak kè nou pou nou
suiv pwogram nan.
Anpalan de kongrè,
men yon lòt enfòmasyon.
Pa gen lontan, gen frè nan syèj
mondyal la ki te egzamine,
yo wè y ap bezwen ekipman
videyo pou kongrè rejyonal
nan 20 filyal ann Afrik.
Yon bagay enteresan sèke,
pou 20 filyal sa yo
te gen prèske 2 fwa edmi kantite
pwoklamatè yo ki te asiste kongrè.
Sa reprezante prèske
5 milyon moun!
Men, se pa tout espas
kote yo fè kongrè yo
ki gen kantite ekipman odyo videyo
pou pèmèt tout moun pwofite
pwogram nan jan frè ak sè
nan lòt peyi jwenn sa.
Nou kontan fè nou konnen,
Kolèj santral la bay pèmisyon
pou depanse 21.1 milyon dola
sou yon peryòd 3 an,
pou achte lòt ekipman odyo
videyo pou kongrè yo ann Afrik.
Tikras pa tikras, n ap achte
ekipman pou kongrè
n ap itilize nan Sal asanble,
nan lokal nou lwe,
nan Sal Wayòm e menm
nan espas deyò.
Pou ane 2026 la, n ap plis
mete aksan sou bay ekipman
odyo videyo ak dèlko
pou kongrè yo.
Nan kèk lokal yo fè kongrè
y ap prepare pou resevwa
nouvo sistèm videyo yo oswa
y ap amelyore sistèm ki deja la.
Nou di nou tout mèsi pou
ofrann nou yo,
sa ki fè l posib pou n achte
ekipman sa yo, sa k ap vrèman
ede frè ak sè yo ansanm
ak tout moun ki enterese yo.
Kounye a, ann pale sou
planifye aktivite espirityèl.
Nan pati nò sou tè a,
pandan ete a ap pwoche,
anpil nan nou pral gen kongrè
nan semèn k ap vini yo.
Menm nan pati sid sou tè a,
anpil kongrè pral fèt
nan mwa k ap vini yo.
Nou ka ap planifye kèk lòt
aktivite espirityèl
oswa menm yon ti vakans tou.
Ki prensip k ap ede nou pandan
n ap fè planifikasyon yo?
Sa k ap fè nou gen plis jwa
ak plis satisfaksyon
se lè nou bay Jewova,
Bondye nou an.
Jan Pwovèb 3:9, 10 di sa:
“Onore Jewova ak sa w genyen
ki gen valè yo,
avèk premye bagay nan
tout sa w vin genyen.
Lè sa a, depo w yo ap plen nèt
e barik ou yo ap plen diven
ki fèk fèt k ap koule
sot ladan yo.”
Donk, pandan n ap planifye
aktivite pou mwa k ap vini yo,
ann wè kèk fason nou
ta kapab fè plis
nan sèvis n ap bay Jewova a.
Ou menm jèn, si w pral gen
vakans nan mwa k ap vini yo,
èske w te ka pase
plis tan ap preche?
Plizyè semèn anvan
chak kongrè,
nou envite moun yo nan tèritwa
vin asiste kongrè a avèk nou.
Se yon bon moman
pou ou pase plis tan
nan travay predikasyon an.
Ou ka pyonye oksilyè.
Anpil nan nou gen bèl souvni
lè n te pyonye oksilyè
lè n te an vakans lekòl.
Natirèlman, se pa jèn yo
sèlman ki ka fè sa.
Nou tout bezwen egzamine
pou n wè si n ka pran
sèvis pyonye oksilyè.
Petèt tout moun nan
fanmi an ka pyonye.
Petèt nou ka preche tèritwa
ki pa pou okenn kongregasyon
oswa tèritwa yo pa
preche souvan.
Nou sèten, aktivite sa yo
ap ban nou
anpil kè kontan
ak satisfaksyon.
Pou kèk pami jèn nou yo,
ane sa a se dènye
ane lekòl yo.
Ou ka priye pou w wè
si w pa ta ka kòmanse
sèvi kòm pyonye pèmanan.
Gen yon nouvo ane sèvis ki pral
kòmanse nan kèk mwa ankò.
Petèt ou te ka tou ranpli fòmilè
pou pyonye pèmanan.
Gen posiblite tou pou w sèvi
kòm volontè nan mentnans
ak konstriksyon Sal Wayòm.
Èske w ka aplike
pou fòm sèvis sa a?
Epi sonje, kounye a,
frè ak sè ki batize
e ki gen 18 an oswa plis,
ka aplike pou Betèl.
Se yon lòt bèl fason
pou w sèvi Jewova.
Se yon bon lè tou pou w panse ak
Lekòl evanjelizatè Wayòm nan.
Pa gen lontan, Kolèj santral la
te ankouraje jèn yo
pou yo panse ak objektif
pou yo vin misyonè.
Lekòl evanjelizatè Wayòm se pòt
ki mennen nan sèvis misyonè.
Èske w ranpli fòmilè
pou Lekòl sa a?
Sonje, kounye a, frè ak sè ki
batize e ki gen pou pi piti 21 an
e k ap sèvi kòm pyonye pèmanan
depi omwen dezan
ka aplike pou asiste Lekòl la.
Gen anpil bèl
posiblite devan nou!
Tanpri, priye epi reflechi
pou w wè ki jan w ka
fè plis nan sèvis ou.
Natirèlman, n ap planifye pou
nou asiste kongrè nou
an pèsòn depi sa posib.
Menmsi nou gen limit
akoz sante nou,
èske l posib pou n ta
asiste an pèsòn
omwen yon jou oswa menm
yon demi jounen?
Konsa, n ap gen kè kontan ki
genyen lè nou priye ansanm,
chante ansanm, epi pase tan
ak frè ak sè nou yo an pèsòn.
Nan videyo sa a,
nou te egzamine diferan fason nou
ka rete okipe nan aktivite espirityèl.
Grasa bonjan planifikasyon,
nou ka fè anpil bagay!
Sa nou swete pou nou tout,
se sa nou jwenn nan Sòm 20:4 la.
Li di:
“Se pou l ba w tout sa w swete
nan kè w e se pou l pèmèt
tout sa w planifye reyisi.”
Frè ak sè nou yo,
nou renmen nou tout anpil!
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo
se te Tele JW.