00:00:02
Frè ak sè nou yo, nou kontan
avèk nou yon lòt fwa ankò. 00:00:08
00:00:08
Jodi a, nou pral wè ki jan
nou ka sèvi ak prensip biblik00:00:13
00:00:13
pou nou pran bon desizyon.00:00:15
00:00:16
Men anvan, n ap ban nou kèk
enfòmasyon ki ankourajan. 00:00:20
00:00:20
N ap ban nou enfòmasyon00:00:22
00:00:22
anrapò ak de kongrè
espesyal ki sot fèt.00:00:25
00:00:26
Nan wikenn 23 pou rive
25 me 2025 lan,00:00:30
00:00:30
gen yon kongrè espesyal ki te fèt
nan Santakwous, nan peyi Bolivi.00:00:36
00:00:36
Se premye fwa Bolivi te gen yon
gwo evènman teyokratik konsa. 00:00:41
00:00:41
Te gen plis pase 1 900 delege
ki te soti nan anviwon 10 peyi. 00:00:45
00:00:46
Pi gwo asistans lan se te
19 233 moun,00:00:51
00:00:51
e te gen 277 moun ki te batize.00:00:56
00:00:56
Epi, nan dat 13 pou rive 15 jen,
te gen yon kongrè espesyal00:01:01
00:01:01
ki te fèt nan Tirane,
nan peyi Albani. 00:01:04
00:01:04
Pi gwo asistans lan te
8 987 moun, e pami yo00:01:09
00:01:10
te gen prèske 2 000 delege
ki soti nan 17 peyi.00:01:14
00:01:14
Se premye fwa Temwen Jewova yo
te fè yon gwo kongrè konsa00:01:18
00:01:18
nan peyi Albani, e gen
83 moun ki te batize.00:01:24
00:01:25
Sa vrèman ankourajan pou
nou wè tout frè ak sè sa yo00:01:30
00:01:30
k ap adore Jewova ansanm.00:01:32
00:01:33
Evènman sa yo fè nou sonje
sa ki di nan Sòm 133:1 an:00:01:38
00:01:39
“Ala bon sa bon e ala
sa bay kè kontan,00:01:43
00:01:43
lè frè abite ansanm
e yo gen tèt ansanm!”00:01:48
00:01:49
Bon kounye a, nou pral wè
ki jan, antanke kretyen,00:01:53
00:01:54
nou kapab sèvi ak prensip biblik
pou nou pran bon desizyon,00:01:59
00:01:59
olye nou sèvi ak yon pakèt règ.00:02:03
00:02:03
Annou pran yon
egzanp byen senp.00:02:06
00:02:06
Lè n te timoun, paran nou te konn
ban nou règ pou pwoteje nou.00:02:11
00:02:11
Siman yo te konn di nou00:02:13
00:02:13
pou nou toujou kenbe
men yo lè n ap travèse lari.00:02:18
00:02:18
Paran nou te ban nou règ sa a pou
pwoteje nou pou malè pa rive nou.00:02:24
00:02:24
Men lè nou vin pi gran,00:02:26
00:02:26
nou vin pa bezwen kenbe men
manman nou oswa men papa nou. 00:02:30
00:02:30
Èske se paske
pa gen danje ankò?00:02:33
00:02:33
Non. 00:02:34
00:02:34
Men pito, nou te aprann
pou n gad anwo00:02:37
00:02:37
gade anba anvan
nou travèse lari.00:02:41
00:02:42
Dayè, sa t ap vrèman dwòl
pou yon jèn gason trantan00:02:47
00:02:47
byen pòtan ta oblije kenbe men
manman l pou l travèse lari.00:02:53
00:02:54
Menm jan an tou, kretyen ki gen
matirite pa bezwen yon règ00:02:58
00:02:58
pou chak sitiyasyon nan lavi a. 00:03:00
00:03:01
Men pito, nou egzamine
chak sitiyasyon00:03:04
00:03:04
e n gade ki prensip biblik
nou ka aplike.00:03:07
00:03:07
Si pa gen okenn lwa klè nan
Bib la ki di n sa pou n fè, 00:03:11
00:03:12
n ap sèvi ak konsèy nou jwenn nan
Bib la pou nou pran bon desizyon. 00:03:16
00:03:17
Pa egzanp, annou pale de senbòl,
koutim oswa tradisyon00:03:22
00:03:22
ki kapab soti nan fo relijyon. 00:03:26
00:03:27
Nou gen frè ak sè
nan 240 peyi sou tè a. 00:03:32
00:03:32
Èske nou ka imajine ki kantite
senbòl, pratik, tradisyon00:03:37
00:03:37
ak koutim ki genyen? 00:03:39
00:03:39
Ki jan nou ka pran bon desizyon
anrapò ak suiv yon tradisyon00:03:44
00:03:44
oswa sèvi ak yon senbòl?00:03:47
00:03:47
Men twa prensip nan Bib la
ki ka ede nou fè sa a. 00:03:51
00:03:52
Premye prensip la: 00:03:54
00:03:54
Èske l ka fè Jewova fache? 00:03:57
00:03:58
Nan 2 Korentyen 6:17,
Jewova ban nou yon lòd ki klè:00:04:03
00:04:04
“‘Se poutèt sa, soti nan
mitan yo, mete nou apa,’00:04:09
00:04:09
se sa Jewova di, ‘e sispann
manyen bagay ki pa pwòp la’”,00:04:14
00:04:14
“‘epi m ap akeyi nou.’” 00:04:16
00:04:17
Vèsè sa a montre aklè kretyen yo
pa dwe gen okenn rapò ak senbòl,00:04:23
00:04:23
tradisyon oswa koutim ki gen rapò
ak fo relijyon oswa espiritis. 00:04:29
00:04:29
Dezyèm prensip:00:04:31
00:04:31
Ki efè sa ka genyen sou
frè ak sè nan kongregasyon an?00:04:36
00:04:36
Men sa Women 14:19, 21
fè nou sonje:00:04:40
00:04:41
“Kidonk, annou kontinye chèche
bagay k ap fè nou viv anpè00:04:46
00:04:46
ak bagay k ap fòtifye youn lòt.00:04:48
00:04:49
“Li pi bon pou w pa manje vyann
oswa pou w pa bwè diven00:04:53
00:04:53
oubyen pou w pa fè anyen
ki kapab fè frè w bite.”00:04:56
00:04:57
Menmsi yon senbòl oswa yon
koutim pa gen anyen mal ladan l,00:05:01
00:05:01
li bon pou nou reflechi
sou fason frè ak sè yo00:05:05
00:05:05
nan kongregasyon an konsidere l. 00:05:08
00:05:08
Nou pa t ap janm renmen
fè yon bagay00:05:10
00:05:10
nou konnen k ap deranje
frè ak sè nou yo.00:05:14
00:05:15
Yon lòt bò tou, antanke
kretyen ki gen matirite00:05:18
00:05:18
nou respekte dwa lòt moun genyen
pou yo pran pwòp desizyon yo00:05:23
00:05:23
selon konsyans yo ki fòme
grasa prensip ki nan Bib la. 00:05:27
00:05:28
Twazyèm prensip: 00:05:30
00:05:30
Ki jan moun ki gen menm kilti
avè m oswa nan zòn mwen00:05:33
00:05:33
konsidere senbòl sa a
oswa tradisyon sa a?00:05:37
00:05:37
Prensip biblik nou jwenn nan
1 Korentyen 9:20, 21, 23 a di: 00:05:45
00:05:45
“Pou Juif, mwen vin
tankou yon Juif,00:05:48
00:05:48
pou m ka mennen Juif yo
vin jwenn Kris,00:05:50
00:05:50
pou moun ki anba Lalwa, mwen vin
tankou yon moun ki anba Lalwa,00:05:54
00:05:54
kwak mwen menm mwen pa anba
Lalwa, pou m ka mennen moun00:05:58
00:05:58
ki anba Lalwa yo vin jwenn Kris,
pou moun ki san lwa,00:06:02
00:06:02
mwen vin tankou yon moun
ki san lwa,00:06:04
00:06:04
pou m ka mennen moun
ki san lwa yo vin jwenn Kris,00:06:07
00:06:07
byenke mwen pa san
lwa parapò ak Bondye,00:06:10
00:06:10
men mwen anba lalwa
parapò ak Kris.00:06:13
00:06:14
Mwen fè tout bagay pou
bon nouvèl la,00:06:16
00:06:17
pou m ka pataje l ak lòt moun.”00:06:19
00:06:20
Prensip biblik sa a ede nou
pran panse ak santiman00:06:25
00:06:25
lòt moun an konsiderasyon. 00:06:28
00:06:29
Li vrèman enpòtan pou n konnen
ki jan moun nan peyi nou00:06:32
00:06:32
oswa nan zòn nou konsidere yon
senbòl oswa yon tradisyon. 00:06:37
00:06:37
Yon bagay ka choke moun nan
yon peyi oswa nan yon kilti,00:06:42
00:06:42
alòske nan yon lòt peyi oswa
yon lòt kilti sa pa anyen.00:06:49
00:06:49
Nan ane 1976, gen
yon atik nan yon Reveye n!00:06:55
00:06:55
ki te poze kesyon enpòtan sa a: 00:06:57
00:06:58
“Ki jan yon kretyen ta dwe
konsidere desen ki te gen rapò00:07:02
00:07:02
ak fo relijyon nan yon epòk00:07:05
00:07:05
oswa ki gen rapò ak fo relijyon
nan yon lòt peyi? 00:07:09
00:07:09
Ou ka bezwen repons kesyon sa a
lè w ap chwazi dekorasyon00:07:12
00:07:12
pou kay ou, parapò ak
yon desen nan yon rad00:07:14
00:07:15
oswa nan yon kravat oswa bijou
tankou, braslè, goumèt oswa chèn. 00:07:21
00:07:21
Gen lanp, oswa asyèt
ki ka gen desen sa yo.00:07:26
00:07:26
Ou ka ap mande tèt ou: 00:07:28
00:07:28
‘Èske desen sa a pa gen
rapò ak fo adorasyon?’”00:07:31
00:07:34
Men sa Reveye n nan
te di ankò: 00:07:36
00:07:37
“Byen souvan, yon desen konn
pa vin gen menm sans00:07:40
00:07:40
selon epòk la oswa zòn nan.00:07:43
00:07:44
Petèt nan yon epòk oswa
nan yon peyi,00:07:46
00:07:46
yon desen oswa fòm yon bagay
ka te gen yon sans pou moun00:07:51
00:07:51
epi lòt moun nan yon lòt epòk
oswa nan lòt peyi pa wè l konsa.00:07:55
00:07:55
Donk, ki sa ki dwe pi
enpòtan pou yon kretyen? 00:07:59
00:07:59
Se pa chèche konnen
ki sans yon senbòl00:08:02
00:08:02
oswa yon desen te genyen
sa gen plizyè milye ane,00:08:05
00:08:05
oswa ki jan moun nan
lòt peyi konsidere l. 00:08:08
00:08:08
Li dwe chèche konnen ki jan
pifò moun nan zòn00:08:11
00:08:11
kote l ye a konsidere l.”00:08:13
00:08:14
Atik la te bay yon seri
desen ki se senbòl00:08:18
00:08:18
ki te gen rapò ak fo relijyon
nan yon epòk 00:08:21
00:08:21
men, ki pa gen sans sa a
ankò jodi a. 00:08:25
00:08:26
Pami bagay sa yo, li te pale de
kè, flè yo rele lis la ak grenad.00:08:34
00:08:34
Men ki konsèy pratik nou
jwenn nan fen atik la?00:08:37
00:08:38
“Tèlman gen yon pakèt desen yo
te sèvi nan fo relijyon,00:08:42
00:08:42
si yon moun ta kòmanse chèche
li t ap wè prèske tout desen00:08:47
00:08:47
oswa fòm ki gen jodi a
gen rapò ak fo relijyon. 00:08:51
00:08:52
Men li pa t ap saj
pou l fè sa.00:08:54
00:08:55
Paske, sa t ap lakòz yon
pakèt strès pou granmesi00:08:59
00:08:59
e moun sa a pa t ap byen
sèvi ak tan l. 00:09:01
00:09:02
Si moun nan zòn kote w ap
viv la konsidere yon desen00:09:05
00:09:05
oswa fòm yon bagay kòm
yon senbòl relijye,00:09:08
00:09:08
se yon bon rezon pou w pa
itilize desen oswa fòm sa a. 00:09:12
00:09:12
Oswa, si anpil moun nan
zòn nan choke lè yo wè desen00:09:15
00:09:15
oswa dekorasyon sa a,00:09:17
00:09:17
yon kretyen ki gen matirite
ap fè efò pou l pa sèvi ak anyen 00:09:20
00:09:20
ki gen desen oswa
dekorasyon sa a. 00:09:23
00:09:23
Konsa, l ap evite choke
oswa febli lafwa lòt moun.” 00:09:26
00:09:27
Se yon seri prensip
ki itil, pa vre?00:09:30
00:09:30
Se menm bagay la
pou koutim. 00:09:33
00:09:33
Fason moun konsidere yo
ka chanje selon epòk la. 00:09:37
00:09:38
Nan Reveye n! 8 janvye 2000 la,
gen yon atik ki gen tit: 00:09:44
00:09:44
“Un point de vue équilibré
sur les coutumes.” 00:09:49
00:09:50
Men sa atik la di: 00:09:51
00:09:52
“Relijyon gen gwo
enfliyans sou tradisyon. 00:09:55
00:09:55
Anpil nan tradisyon yo soti
nan sipèstisyon ki te la lontan,00:09:59
00:09:59
oswa nan kwayans relijye
ki pa ann amoni ak Bib la.”00:10:03
00:10:04
Atik la te bay plizyè egzanp. 00:10:07
00:10:07
Kèk nan tradisyon oswa koutim yo
kapab soti nan fo relijyon. 00:10:12
00:10:12
Poutan, men sa atik la di: 00:10:14
00:10:14
“Men tank ane yo ap pase,
moun te kòmanse pa konsidere00:10:18
00:10:19
koutim oswa tradisyon sa yo kòm
bagay ki gen rapò ak relijyon,00:10:23
00:10:23
e jounen jodi a, yo pa
gen okenn sans relijye.”00:10:26
00:10:27
Men sa atik la di ankò: 00:10:28
00:10:29
“Donk, ki sa ki dwe pi
enpòtan pou yon kretyen? 00:10:32
00:10:32
Se vre, ka gen rezon pou yon
kretyen chèche konnen kote00:10:35
00:10:35
yon koutim oswa
yon tradisyon soti,00:10:38
00:10:38
men pifò fwa, li pi enpòtan
pou l egzamine ki jan00:10:42
00:10:42
moun nan epòk li a ak kote l ap
viv la konsidere koutim nan. 00:10:47
00:10:47
Si moun asosye yon koutim
ak relijyon pandan yon epòk00:10:50
00:10:50
nan ane a oswa nan
kèk sitiyasyon,00:10:54
00:10:54
l ap bon pou yon kretyen
evite koutim sa a00:10:57
00:10:57
nan moman sa a oswa
nan sitiyasyon sa a.”00:11:00
00:11:02
Men kèk egzanp
pou epòk nou an.00:11:04
00:11:05
Nou met men nou devan
bouch nou lè n ap baye. 00:11:09
00:11:10
Nan tan lontan, kèk moun te
konn fè sa paske yo te panse00:11:16
00:11:16
sa t ap anpeche
nanm yo kite kò yo. 00:11:19
00:11:20
Ki jan sa ye jodi a? 00:11:22
00:11:23
Jounen jodi a, lè yon moun fè sa,
sa montre li byennelve. 00:11:27
00:11:28
Sa pa fè yo panse ak
okenn bagay espiritis. 00:11:31
00:11:32
Gen bag maryaj. 00:11:34
00:11:35
Gen kèk istoryen ki fè konnen
bag maryaj soti nan fo relijyon. 00:11:40
00:11:40
Men, jounen jodi a,
pifò moun wè bag maryaj00:11:43
00:11:43
kòm yon siy ki montre moun ki
genyen l lan se yon moun ki marye. 00:11:49
00:11:49
Li enpòtan tou pou nou pran moman
nan ane a an konsiderasyon.00:11:56
00:11:56
Isit la nan Wòwik, gen anpil Betelit
ki sèvi ak ti anpoul dekorasyon. 00:12:01
00:12:01
Yo mete yo sou ti balkon yo
pou yo dekore l,00:12:04
00:12:04
eksepte nan mwa novanm
ak mwa desanm.00:12:10
00:12:10
Poukisa yo fè sa? 00:12:11
00:12:12
Paske nan zòn kote yo ye a,
moun itilize ti anpoul sa yo00:12:16
00:12:16
nan dekorasyon pou fèt nwèl,
yon fèt yo fete nan fo relijyon. 00:12:22
00:12:22
Donk, fanmi Betèl la evite bay
menm enpresyon nou patisipe00:12:26
00:12:26
nan yon fèt ki gen rapò
ak fo relijyon. 00:12:31
00:12:31
Yon lòt egzanp, se koutim
moun yo genyen00:12:35
00:12:35
pou yo toke vè anvan yo bwè.00:12:38
00:12:38
Pandan anpil ane,00:12:39
00:12:39
Temwen Jewova yo pa t konn
suiv koutim sa a.00:12:42
00:12:43
Paske sanble li
soti nan fo relijyon.00:12:47
00:12:47
Men, jounen jodi a,
pifò kote koutim sa a,00:12:52
00:12:52
yo konn rele toke vè, pa gen
rapò ak kesyon relijyon ankò.00:12:57
00:12:58
Moun jis konsidere l kòm
yon jès amitye.00:13:02
00:13:03
Se sa k fè, apre Kolèj santral la
fin egzamine kesyon an00:13:07
00:13:07
e yo priye sou li, yo deside
pa gen okenn rezon00:13:11
00:13:11
pou yo fè yon règ anrapò
ak kesyon toke vè a.00:13:17
00:13:17
Se chak kretyen ki dwe sèvi
ak prensip nou te pale00:13:21
00:13:21
nan videyo sa a, e selon
konsyans yo ki fòme00:13:25
00:13:25
grasa Bib la ki dwe
pran yon desizyon. 00:13:29
00:13:29
Ki sa sa vle di?00:13:31
00:13:32
Èske se di nou di kounye a,00:13:34
00:13:34
moun ka toke vè nenpòt
ki lè, nan nenpòt sitiyasyon?00:13:39
00:13:39
Non, se pa sa n vle di.00:13:41
00:13:42
Nou sèlman di pa gen
rezon pou n fè règ sou sa.00:13:47
00:13:47
Chak kretyen ap bezwen sèvi
ak prensip nan Bib la00:13:52
00:13:52
pou pran bon desizyon
nan chak sitiyasyon.00:13:56
00:13:57
Etandone kapab gen tèlman
sitiyasyon ki prezante00:14:01
00:14:01
nan 240 peyi kote
Temwen Jewova yo ye,00:14:06
00:14:06
nou vrèman kontan dèske Jewova
ban nou prensip biblik00:14:13
00:14:13
pou ede n pran bon desizyon!00:14:15
00:14:16
Ann fè yon ti revizyon
sou prensip sa yo.00:14:18
00:14:19
Premyèman, e sa k pi enpòtan an,
nou renmen Jewova00:14:24
00:14:25
e nou vle toujou fè l plezi.00:14:27
00:14:28
Donk, nou ka mande tèt nou:00:14:30
00:14:30
‘Si m toke vè a, èske sa
ap fè Jewova fache?’00:14:34
00:14:34
Pa egzanp, nan moman an
èske l gen rapò ak yon fèt relijye00:14:39
00:14:39
oswa yon bagay nasyonalis?00:14:41
00:14:41
Oswa èske se sèlman yon jès,00:14:44
00:14:44
oswa yon fason pou yo montre
yo byen youn ak lòt?00:14:49
00:14:50
Dezyèmman, nou renmen
frè ak sè nou yo00:14:55
00:14:55
e nou pa ta renmen fè anyen
nou konnen ki ka choke yo,00:14:59
00:14:59
paske nou respekte santiman yo
ak konsyans yo.00:15:04
00:15:05
E twazyèmman, kòm nou renmen
Jewova e nou renmen lòt moun,00:15:09
00:15:10
nou fè atansyon ak fason
moun nan kilti nou00:15:15
00:15:15
oswa nan zòn nou rete
konsidere yon koutim. 00:15:19
00:15:20
Ki sa nou te aprann? 00:15:22
00:15:22
Jewova pa fè lavi nou difisil tèlman
li ban n yon pakèt règ.00:15:27
00:15:27
Men pito, li ban nou bonjan
prensip nan Pawòl li a. 00:15:33
00:15:33
E bonjan prensip sa yo ede nou
pran bonjan desizyon00:15:39
00:15:40
anrapò ak senbòl
e ak koutim.00:15:43
00:15:43
Nou te jwenn rapèl tou pou n
respekte konsyans lòt moun00:15:47
00:15:48
e pou n pa enpoze pwennvi
pa nou sou lòt moun.00:15:52
00:15:53
Jewova ban n dwa pou n deside,00:15:55
00:15:55
e nou respekte dwa lòt moun genyen
pou yo menm tou yo deside.00:15:59
00:16:00
Lè nou suiv prensip biblik yo00:16:02
00:16:02
e nou fè sa avèk lanmou
e avèk bon jijman,00:16:05
00:16:05
sa ede nou rete ini
e nou pa fè lòt moun bite.00:16:11
00:16:11
Ki sa nou ta renmen?00:16:14
00:16:14
Menm jan apot Pòl te di sa
nan Efezyen 4:13 la, nou swete00:16:20
00:16:21
“nou tout nou rive fè yon sèl nan
lafwa ak nan konesans egzak00:16:28
00:16:28
sou Pitit Bondye a,
pou nou fin grandi nèt,00:16:32
00:16:33
jis nou rive nan nivo Kris ye a, pou
nou vin konplè, menm jan avè l”. 00:16:40
00:16:40
Frè ak sè nou yo, sonje sa,
nou renmen nou tout anpil anpil.00:16:48
00:16:49
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo,00:16:54
00:16:55
se te Tele JW.00:16:59
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #4 (2025)
-
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #4 (2025)
Frè ak sè nou yo, nou kontan
avèk nou yon lòt fwa ankò.
Jodi a, nou pral wè ki jan
nou ka sèvi ak prensip biblik
pou nou pran bon desizyon.
Men anvan, n ap ban nou kèk
enfòmasyon ki ankourajan.
N ap ban nou enfòmasyon
anrapò ak de kongrè
espesyal ki sot fèt.
Nan wikenn 23 pou rive
25 me 2025 lan,
gen yon kongrè espesyal ki te fèt
nan Santakwous, nan peyi Bolivi.
Se premye fwa Bolivi te gen yon
gwo evènman teyokratik konsa.
Te gen plis pase 1 900 delege
ki te soti nan anviwon 10 peyi.
Pi gwo asistans lan se te
19 233 moun,
e te gen 277 moun ki te batize.
Epi, nan dat 13 pou rive 15 jen,
te gen yon kongrè espesyal
ki te fèt nan Tirane,
nan peyi Albani.
Pi gwo asistans lan te
8 987 moun, e pami yo
te gen prèske 2 000 delege
ki soti nan 17 peyi.
Se premye fwa Temwen Jewova yo
te fè yon gwo kongrè konsa
nan peyi Albani, e gen
83 moun ki te batize.
Sa vrèman ankourajan pou
nou wè tout frè ak sè sa yo
k ap adore Jewova ansanm.
Evènman sa yo fè nou sonje
sa ki di nan Sòm 133:1 an:
“Ala bon sa bon e ala
sa bay kè kontan,
lè frè abite ansanm
e yo gen tèt ansanm!”
Bon kounye a, nou pral wè
ki jan, antanke kretyen,
nou kapab sèvi ak prensip biblik
pou nou pran bon desizyon,
olye nou sèvi ak yon pakèt règ.
Annou pran yon
egzanp byen senp.
Lè n te timoun, paran nou te konn
ban nou règ pou pwoteje nou.
Siman yo te konn di nou
pou nou toujou kenbe
men yo lè n ap travèse lari.
Paran nou te ban nou règ sa a pou
pwoteje nou pou malè pa rive nou.
Men lè nou vin pi gran,
nou vin pa bezwen kenbe men
manman nou oswa men papa nou.
Èske se paske
pa gen danje ankò?
Non.
Men pito, nou te aprann
pou n gad anwo
gade anba anvan
nou travèse lari.
Dayè, sa t ap vrèman dwòl
pou yon jèn gason trantan
byen pòtan ta oblije kenbe men
manman l pou l travèse lari.
Menm jan an tou, kretyen ki gen
matirite pa bezwen yon règ
pou chak sitiyasyon nan lavi a.
Men pito, nou egzamine
chak sitiyasyon
e n gade ki prensip biblik
nou ka aplike.
Si pa gen okenn lwa klè nan
Bib la ki di n sa pou n fè,
n ap sèvi ak konsèy nou jwenn nan
Bib la pou nou pran bon desizyon.
Pa egzanp, annou pale de senbòl,
koutim oswa tradisyon
ki kapab soti nan fo relijyon.
Nou gen frè ak sè
nan 240 peyi sou tè a.
Èske nou ka imajine ki kantite
senbòl, pratik, tradisyon
ak koutim ki genyen?
Ki jan nou ka pran bon desizyon
anrapò ak suiv yon tradisyon
oswa sèvi ak yon senbòl?
Men twa prensip nan Bib la
ki ka ede nou fè sa a.
Premye prensip la:
Èske l ka fè Jewova fache?
Nan 2 Korentyen 6:17,
Jewova ban nou yon lòd ki klè:
“‘Se poutèt sa, soti nan
mitan yo, mete nou apa,’
se sa Jewova di, ‘e sispann
manyen bagay ki pa pwòp la’”,
“‘epi m ap akeyi nou.’”
Vèsè sa a montre aklè kretyen yo
pa dwe gen okenn rapò ak senbòl,
tradisyon oswa koutim ki gen rapò
ak fo relijyon oswa espiritis.
Dezyèm prensip:
Ki efè sa ka genyen sou
frè ak sè nan kongregasyon an?
Men sa Women 14:19, 21
fè nou sonje:
“Kidonk, annou kontinye chèche
bagay k ap fè nou viv anpè
ak bagay k ap fòtifye youn lòt.
“Li pi bon pou w pa manje vyann
oswa pou w pa bwè diven
oubyen pou w pa fè anyen
ki kapab fè frè w bite.”
Menmsi yon senbòl oswa yon
koutim pa gen anyen mal ladan l,
li bon pou nou reflechi
sou fason frè ak sè yo
nan kongregasyon an konsidere l.
Nou pa t ap janm renmen
fè yon bagay
nou konnen k ap deranje
frè ak sè nou yo.
Yon lòt bò tou, antanke
kretyen ki gen matirite
nou respekte dwa lòt moun genyen
pou yo pran pwòp desizyon yo
selon konsyans yo ki fòme
grasa prensip ki nan Bib la.
Twazyèm prensip:
Ki jan moun ki gen menm kilti
avè m oswa nan zòn mwen
konsidere senbòl sa a
oswa tradisyon sa a?
Prensip biblik nou jwenn nan
1 Korentyen 9:20, 21, 23 a di:
“Pou Juif, mwen vin
tankou yon Juif,
pou m ka mennen Juif yo
vin jwenn Kris,
pou moun ki anba Lalwa, mwen vin
tankou yon moun ki anba Lalwa,
kwak mwen menm mwen pa anba
Lalwa, pou m ka mennen moun
ki anba Lalwa yo vin jwenn Kris,
pou moun ki san lwa,
mwen vin tankou yon moun
ki san lwa,
pou m ka mennen moun
ki san lwa yo vin jwenn Kris,
byenke mwen pa san
lwa parapò ak Bondye,
men mwen anba lalwa
parapò ak Kris.
Mwen fè tout bagay pou
bon nouvèl la,
pou m ka pataje l ak lòt moun.”
Prensip biblik sa a ede nou
pran panse ak santiman
lòt moun an konsiderasyon.
Li vrèman enpòtan pou n konnen
ki jan moun nan peyi nou
oswa nan zòn nou konsidere yon
senbòl oswa yon tradisyon.
Yon bagay ka choke moun nan
yon peyi oswa nan yon kilti,
alòske nan yon lòt peyi oswa
yon lòt kilti sa pa anyen.
Nan ane 1976, gen
yon atik nan yon <i>Reveye n!</i>
ki te poze kesyon enpòtan sa a:
“Ki jan yon kretyen ta dwe
konsidere desen ki te gen rapò
ak fo relijyon nan yon epòk
oswa ki gen rapò ak fo relijyon
nan yon lòt peyi?
Ou ka bezwen repons kesyon sa a
lè w ap chwazi dekorasyon
pou kay ou, parapò ak
yon desen nan yon rad
oswa nan yon kravat oswa bijou
tankou, braslè, goumèt oswa chèn.
Gen lanp, oswa asyèt
ki ka gen desen sa yo.
Ou ka ap mande tèt ou:
‘Èske desen sa a pa gen
rapò ak fo adorasyon?’”
Men sa <i>Reveye n</i> nan
te di ankò:
“Byen souvan, yon desen konn
pa vin gen menm sans
selon epòk la oswa zòn nan.
Petèt nan yon epòk oswa
nan yon peyi,
yon desen oswa fòm yon bagay
ka te gen yon sans pou moun
epi lòt moun nan yon lòt epòk
oswa nan lòt peyi pa wè l konsa.
Donk, ki sa ki dwe pi
enpòtan pou yon kretyen?
Se pa chèche konnen
ki sans yon senbòl
oswa yon desen te genyen
sa gen plizyè milye ane,
oswa ki jan moun nan
lòt peyi konsidere l.
Li dwe chèche konnen ki jan
pifò moun nan zòn
kote l ye a konsidere l.”
Atik la te bay yon seri
desen ki se senbòl
ki te gen rapò ak fo relijyon
nan yon epòk
men, ki pa gen sans sa a
ankò jodi a.
Pami bagay sa yo, li te pale de
kè, flè yo rele lis la ak grenad.
Men ki konsèy pratik nou
jwenn nan fen atik la?
“Tèlman gen yon pakèt desen yo
te sèvi nan fo relijyon,
si yon moun ta kòmanse chèche
li t ap wè prèske tout desen
oswa fòm ki gen jodi a
gen rapò ak fo relijyon.
Men li pa t ap saj
pou l fè sa.
Paske, sa t ap lakòz yon
pakèt strès pou granmesi
e moun sa a pa t ap byen
sèvi ak tan l.
Si moun nan zòn kote w ap
viv la konsidere yon desen
oswa fòm yon bagay kòm
yon senbòl relijye,
se yon bon rezon pou w pa
itilize desen oswa fòm sa a.
Oswa, si <i>anpil</i> moun nan
zòn nan choke lè yo wè desen
oswa dekorasyon sa a,
yon kretyen ki gen matirite
ap fè efò pou l pa sèvi ak anyen
ki gen desen oswa
dekorasyon sa a.
Konsa, l ap evite choke
oswa febli lafwa lòt moun.”
Se yon seri prensip
ki itil, pa vre?
Se menm bagay la
pou koutim.
Fason moun konsidere yo
ka chanje selon epòk la.
Nan <i>Reveye n</i><i>!</i> 8 janvye 2000 la,
gen yon atik ki gen tit:
“Un point de vue équilibré
sur les coutumes.”
Men sa atik la di:
“Relijyon gen gwo
enfliyans sou tradisyon.
Anpil nan tradisyon yo soti
nan sipèstisyon ki te la lontan,
oswa nan kwayans relijye
ki pa ann amoni ak Bib la.”
Atik la te bay plizyè egzanp.
Kèk nan tradisyon oswa koutim yo
kapab soti nan fo relijyon.
Poutan, men sa atik la di:
“Men tank ane yo ap pase,
moun te kòmanse pa konsidere
koutim oswa tradisyon sa yo kòm
bagay ki gen rapò ak relijyon,
e jounen jodi a, yo pa
gen okenn sans relijye.”
Men sa atik la di ankò:
“Donk, ki sa ki dwe pi
enpòtan pou yon kretyen?
Se vre, ka gen rezon pou yon
kretyen chèche konnen kote
yon koutim oswa
yon tradisyon soti,
men pifò fwa, li pi enpòtan
pou l egzamine ki jan
moun nan epòk li a ak kote l ap
viv la konsidere koutim nan.
Si moun asosye yon koutim
ak relijyon pandan yon epòk
nan ane a oswa nan
kèk sitiyasyon,
l ap bon pou yon kretyen
evite koutim sa a
nan moman sa a oswa
nan sitiyasyon sa a.”
Men kèk egzanp
pou epòk nou an.
Nou met men nou devan
bouch nou lè n ap baye.
Nan tan lontan, kèk moun te
konn fè sa paske yo te panse
sa t ap anpeche
nanm yo kite kò yo.
Ki jan sa ye jodi a?
Jounen jodi a, lè yon moun fè sa,
sa montre li byennelve.
Sa pa fè yo panse ak
okenn bagay espiritis.
Gen bag maryaj.
Gen kèk istoryen ki fè konnen
bag maryaj soti nan fo relijyon.
Men, jounen jodi a,
pifò moun wè bag maryaj
kòm yon siy ki montre moun ki
genyen l lan se yon moun ki marye.
Li enpòtan tou pou nou pran moman
nan ane a an konsiderasyon.
Isit la nan Wòwik, gen anpil Betelit
ki sèvi ak ti anpoul dekorasyon.
Yo mete yo sou ti balkon yo
pou yo dekore l,
eksepte nan mwa novanm
ak mwa desanm.
Poukisa yo fè sa?
Paske nan zòn kote yo ye a,
moun itilize ti anpoul sa yo
nan dekorasyon pou fèt nwèl,
yon fèt yo fete nan fo relijyon.
Donk, fanmi Betèl la evite bay
menm enpresyon nou patisipe
nan yon fèt ki gen rapò
ak fo relijyon.
Yon lòt egzanp, se koutim
moun yo genyen
pou yo toke vè anvan yo bwè.
Pandan anpil ane,
Temwen Jewova yo pa t konn
suiv koutim sa a.
Paske sanble li
soti nan fo relijyon.
Men, jounen jodi a,
pifò kote koutim sa a,
yo konn rele toke vè, pa gen
rapò ak kesyon relijyon ankò.
Moun jis konsidere l kòm
yon jès amitye.
Se sa k fè, apre Kolèj santral la
fin egzamine kesyon an
e yo priye sou li, yo deside
pa gen okenn rezon
pou yo fè yon règ anrapò
ak kesyon toke vè a.
Se chak kretyen ki dwe sèvi
ak prensip nou te pale
nan videyo sa a, e selon
konsyans yo ki fòme
grasa Bib la ki dwe
pran yon desizyon.
Ki sa sa vle di?
Èske se di nou di kounye a,
moun ka toke vè nenpòt
ki lè, nan nenpòt sitiyasyon?
Non, se pa sa n vle di.
Nou sèlman di pa gen
rezon pou n fè règ sou sa.
Chak kretyen ap bezwen sèvi
ak prensip nan Bib la
pou pran bon desizyon
nan chak sitiyasyon.
Etandone kapab gen tèlman
sitiyasyon ki prezante
nan 240 peyi kote
Temwen Jewova yo ye,
nou vrèman kontan dèske Jewova
ban nou prensip biblik
pou ede n pran bon desizyon!
Ann fè yon ti revizyon
sou prensip sa yo.
Premyèman, e sa k pi enpòtan an,
nou renmen Jewova
e nou vle toujou fè l plezi.
Donk, nou ka mande tèt nou:
‘Si m toke vè a, èske sa
ap fè Jewova fache?’
Pa egzanp, nan moman an
èske l gen rapò ak yon fèt relijye
oswa yon bagay nasyonalis?
Oswa èske se sèlman yon jès,
oswa yon fason pou yo montre
yo byen youn ak lòt?
Dezyèmman, nou renmen
frè ak sè nou yo
e nou pa ta renmen fè anyen
nou konnen ki ka choke yo,
paske nou respekte santiman yo
ak konsyans yo.
E twazyèmman, kòm nou renmen
Jewova e nou renmen lòt moun,
nou fè atansyon ak fason
moun nan kilti nou
oswa nan zòn nou rete
konsidere yon koutim.
Ki sa nou te aprann?
Jewova pa fè lavi nou difisil tèlman
li ban n yon pakèt règ.
Men pito, li ban nou bonjan
prensip nan Pawòl li a.
E bonjan prensip sa yo ede nou
pran bonjan desizyon
anrapò ak senbòl
e ak koutim.
Nou te jwenn rapèl tou pou n
respekte konsyans lòt moun
e pou n pa enpoze pwennvi
pa nou sou lòt moun.
Jewova ban n dwa pou n deside,
e nou respekte dwa lòt moun genyen
pou yo menm tou yo deside.
Lè nou suiv prensip biblik yo
e nou fè sa avèk lanmou
e avèk bon jijman,
sa ede nou rete ini
e nou pa fè lòt moun bite.
Ki sa nou ta renmen?
Menm jan apot Pòl te di sa
nan Efezyen 4:13 la, nou swete
“nou tout nou rive fè yon sèl nan
lafwa ak nan konesans egzak
sou Pitit Bondye a,
pou nou fin grandi nèt,
jis nou rive nan nivo Kris ye a, pou
nou vin konplè, menm jan avè l”.
Frè ak sè nou yo, sonje sa,
nou renmen nou tout anpil anpil.
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo,
se te Tele JW.
-