00:00:02
Bonjou frè ak sè m yo. 00:00:04
00:00:04
Nou kontan la avèk nou!00:00:05
00:00:06
Jodi a, nou pral pale sou
fòmasyon apre lekòl.00:00:10
00:00:11
Sa enterese w? 00:00:12
00:00:12
Trè byen.00:00:13
00:00:14
Men anvan sa, n ap ban n
kèk enfòmasyon.00:00:17
00:00:17
Depi dènye enfòmasyon an,00:00:19
00:00:19
gen uit kongrè espesyal
ki te fèt nan zòn sa yo:00:00:23
00:00:23
Gent, Bèljik, 00:00:25
00:00:26
Glasgow, Ekòs, 00:00:29
00:00:29
Zagrèb, Kwowasi, 00:00:32
00:00:32
Sakramento, Etazini,00:00:35
00:00:35
yon lòt nan Gent, 00:00:37
00:00:38
apre sa Kigali, Wannda, 00:00:41
00:00:41
Yokohama, Japon, 00:00:44
00:00:44
e finalman,
Fòtlodèdel, Etazini.00:00:48
00:00:48
Sa vrèman bèl pou nou wè
jan tout moun ap souri00:00:52
00:00:52
e pou n wè bèl inite pami frè
ak sè n yo toupatou sou tè a!00:00:56
00:00:56
Men, pandan n ap panse ak bèl
moman sa yo, nou ka ap mande:00:01:00
00:01:01
‘Ki sa nou ka atann pou
pwochen kongrè a?’00:01:03
00:01:04
Ou ta renmen konn tèm pou pwochen
kongrè k ap fèt pou ane 2026 yo?00:01:08
00:01:08
Se yon bèl tèm,
tèm nan se:00:01:11
00:01:11
“Kè kontan pou toutan.” 00:01:13
00:01:13
Èske l pa bèl vre?00:01:15
00:01:15
Epitou, nou kontan fè
nou konnen lòt ane00:01:19
00:01:19
ap gen 19 kongrè entènasyonal
k ap fèt nan 17 peyi. 00:01:24
00:01:24
Nan kòmansman mwa
septanm nan n ap fè00:01:26
00:01:26
kongregasyon yo jwenn
plis detay sou sa.00:01:29
00:01:30
Jan yo te di sa, sa pa gen lontan
nan yon reyinyon lasemèn,00:01:34
00:01:34
nan mwa septanm nan,
nou pral patisipe nan00:01:37
00:01:37
yon kanpay espesyal sou tout tè a
pou n prezante Toudegad ki gen tit: 00:01:41
00:01:41
“Pap gen lagè ankò
— Ki jan?00:01:43
00:01:43
Nou pa twouve tit sa a byen
tonbe pou epòk nou an? 00:01:46
00:01:46
Pandan mwa septanm nan,00:01:48
00:01:48
paj akèy jw.org la pral mete
aksan sou kanpay sa a.00:01:52
00:01:52
Donk, nou ka byen sèvi
avè l lè n ap preche.00:01:55
00:01:56
Èske w panse pran
sèvis pyonye pou mwa a? 00:01:59
00:01:59
Si w pran l, ou gen posiblite
bay 15 èdtan oswa 30 èdtan. 00:02:04
00:02:05
Men yon kesyon:00:02:06
00:02:06
Èske w ta ka pran sèvis
pyonye pèmanan00:02:08
00:02:08
nan kòmansman ane sèvis la?00:02:10
00:02:10
Epitou, n ap gen yon diskou espesyal
ki gen menm tèm ak Toudegad la: 00:02:16
00:02:17
“Pap gen lagè ankò — Ki jan?” 00:02:19
00:02:20
Nan pifò kongregasyon,00:02:22
00:02:22
y ap gen diskou espesyal sa a nan
semèn 22 septanm 2025 lan.00:02:26
00:02:28
Bon, pandan rès videyo a
nou pral pale sou00:02:31
00:02:31
fòmasyon moun pran
lè yo fini lekòl. 00:02:33
00:02:34
Nou pral pale sitou
ak jèn yo ak paran yo,00:02:37
00:02:37
men enfòmasyon sa a
ka itil nou tout.00:02:41
00:02:42
Souvan yo mande jèn yo: 00:02:44
00:02:44
“Ki sa w vle aprann
lè w fini lekòl?” 00:02:47
00:02:47
Natirèlman, pi bèl karyè a
se nan sèvis aplentan. 00:02:51
00:02:51
Menm lè sa, moun ki nan
sèvis la dwe kapab00:02:54
00:02:54
pran swen tèt yo nan
domèn materyèl.00:02:57
00:02:57
Gen kèk peyi, yon moun ka
jwenn yon bon travay00:03:00
00:03:00
menm lè l pa pran lòt
fòmasyon lè l fini lekòl. 00:03:03
00:03:03
Gen lòt peyi pou yon moun
rive jwenn yon bon travay00:03:07
00:03:07
ki peye l byen, li oblije pran yon lòt
fòmasyon apre l fini lekòl.00:03:12
00:03:12
Nan ka sa a, yon kretyen
ka mande tèt li:00:03:16
00:03:16
“Èske m ta dwe pran lòt
fòmasyon lè m fini lekòl? 00:03:19
00:03:19
Si se wi, ki fòmasyon?” 00:03:22
00:03:23
Bon, ki sa nou vle di
lè nou di, “lòt fòmasyon”? 00:03:27
00:03:27
Lè nou di lòt fòmasyon,00:03:29
00:03:29
nou vle pale de kèlkeswa fòmasyon
yon moun pran apre l fini lekòl. 00:03:33
00:03:34
Sa gen ladan l, kou moun
pran nan inivèsite,00:03:37
00:03:37
kou entansif, fòmasyon pwofesyonèl,
lekòl teknik, aprann metye,00:03:44
00:03:44
kou moun pran
nan yon tikras tan,00:03:47
00:03:47
e n kapab di tou fòmasyon
moun pran pou yo rete ajou.00:03:50
00:03:51
Èske yon kretyen gen dwa al pran
lòt fòmasyon apre l fini lekòl?00:03:57
00:03:59
Nan videyo sa a nou ta renmen
pi byen esplike pwen sa a.00:04:03
00:04:04
Byenke gen kèk fòmasyon
ki ka gen efè sou relasyon00:04:07
00:04:07
yon moun genyen ak Jewova,00:04:08
00:04:08
anfèt se chak kretyen ki dwe deside
si y ap pran lòt fòmasyon lè yo fini lekòl.00:04:15
00:04:16
Nan Galat 6:5, Bib la di: 00:04:19
00:04:20
“Paske, chak moun ap pote
pwòp responsablite pa l.” 00:04:24
00:04:24
Donk, chak moun ap pran pwòp
desizyon pa l pou konnen00:04:30
00:04:30
si wi ou non l ap pran lòt
fòmasyon lè l fini lekòl.00:04:34
00:04:34
Paran yo tou gen responsablite
pa yo tou nan desizyon00:04:37
00:04:37
k ap pran anrapò ak
fòmasyon pitit yo. 00:04:39
00:04:40
E konsèy yo bay ka ede
pitit yo pran bon desizyon00:04:43
00:04:43
anrapò ak fòmasyon
lè yo vin gran. 00:04:46
00:04:48
Ki jan n ka pran bon desizyon00:04:50
00:04:50
anrapò ak fòmasyon
n ap pran lè n fini lekòl?00:04:53
00:04:53
Chak kretyen ki majè,
e nan ka yon timoun ki minè,00:04:58
00:04:58
chak chèf fanmi, dwe priye,
epi egzamine prensip ki nan Bib la,00:05:02
00:05:02
e pou yo wè tout detay ki gen rapò
ak fòmasyon sa yo vle pran an00:05:06
00:05:06
anvan yo pran yon desizyon. 00:05:08
00:05:09
E byenke yon ansyen oswa
yon zanmi ki gen matirite00:05:14
00:05:14
kapab pale avèk nou sou
avantaj ak enkonvenyan00:05:16
00:05:16
ki genyen nan pran plis fòmasyon,
okenn kretyen, san wete ansyen yo,00:05:21
00:05:21
pa dwe jije desizyon pèsonèl
lòt kretyen pran nan kesyon sa a.00:05:26
00:05:27
Pran lòt fòmasyon apre lekòl gen
avantaj e l gen dezavantaj.00:05:33
00:05:34
Ki sa k ede w
pran bon desizyon? 00:05:36
00:05:37
Nou jwenn yon bon prensip
nan Pwovèb 14:15 lan.00:05:40
00:05:40
Men sa yon lòt pati ladan l di:00:05:42
00:05:42
“Moun ki gen lespri a
veye chak pa l fè.”00:05:45
00:05:46
Priye sou sa.00:05:47
00:05:48
N ap repete l ankò,
priye sou sa. 00:05:52
00:05:52
Si w se yon jèn, pale
sou sa ak paran ou,00:05:56
00:05:56
epi suiv etap nou
pral di la yo.00:05:59
00:05:59
Premyèman, reflechi
sou entansyon ou. 00:06:03
00:06:03
Dezèyman, reflechi sou tout
sa fòmasyon sa a enplike.00:06:08
00:06:09
Ann pale sou de pwen
sa yo youn apre lòt.00:06:12
00:06:12
Premyèman, reflechi
sou entansyon ou.00:06:16
00:06:16
Mande tèt ou: 00:06:17
00:06:17
‘Poukisa m vle pran
fòmasyon sa a?’ 00:06:20
00:06:20
Anpil moun pran lòt fòmasyon pou
yo ka jwenn yon travay yo renmen00:06:25
00:06:25
k ap peye yo pi byen
oswa ki gen yon pi bon orè.00:06:28
00:06:28
Èske rezon sa yo pa bon?00:06:31
00:06:31
Pa fòseman. 00:06:33
00:06:33
Pou yon kretyen, sa ka
pèmèt li vin pyonye00:06:36
00:06:36
oswa patisipe nan lòt
fòm sèvis aplentan.00:06:39
00:06:40
Men, Bib la avèti nou pou n
pa bay lajan twòp enpòtans00:06:45
00:06:45
oswa pou n pa panse se sèl
li menm ki ka pwoteje nou. 00:06:48
00:06:48
Si rezon an se pou ou ka
vin rich oswa gen gwo renome,00:06:52
00:06:52
nonsèlman sa ka fè w
pèdi kè kontan ou00:06:55
00:06:55
men tou sa ka kraze
relasyon ou ak Jewova. 00:06:58
00:06:59
Pa gen anyen,
m ap di sa ankò,00:07:02
00:07:02
pa gen anyen ki ta dwe pi enpòtan
pou nou pase sèvi Jewova. 00:07:07
00:07:08
Kèlkeswa fòmasyon nou
ta chwazi pran se ta dwe00:07:11
00:07:11
pou n pran swen tèt nou pandan
n ap konsantre lavi nou00:07:14
00:07:14
sou sèvi Jewova ak tout kè n. 00:07:17
00:07:17
Sonje pawòl Jezi te di nou
jwenn nan Matye 6:33 yo: 00:07:22
00:07:22
“Kidonk, kontinye chèche
[wè sa k vin apre]00:07:26
00:07:26
Wayòm nan an premye [an premye]
e kontinye chèche fè sa ki jis00:07:31
00:07:31
nan je Bondye an premye,00:07:33
00:07:33
e l ap ajoute tout lòt bagay
sa yo pou nou.” 00:07:35
00:07:36
Gen yon sè nou
ki rele Josefina 00:07:40
00:07:40
ki te pran yon kou pou l vin estetisyèn
e men sa l te fin rann li kont: 00:07:45
00:07:45
“Mwen te pran fòmasyon sa a
pou m ka jwenn yon travay00:07:48
00:07:48
k ap pèmèt mwen fè plis
nan sèvis Jewova. 00:07:50
00:07:50
Fòmasyon m aprann dwe soutni
sèvis m ap bay Jewova a,00:07:54
00:07:54
li pa dwe anpeche m fè sa.”00:07:56
00:07:57
Gen yon lòt sè ki rele Iris,
ki te pran yon fòmasyon00:08:00
00:08:00
pi lwen nan kesyon
dantè ki di: 00:08:02
00:08:03
“Gen kèk avantaj lè yon moun
pran fòmasyon apre l fin etid li,00:08:06
00:08:06
men se pa sa ki fè moun nan reyisi
vre ki ka ba w vre kè kontan.” 00:08:10
00:08:10
Li di: 00:08:11
00:08:11
“Men sekrè a se, 00:08:13
00:08:14
si se Jewova ki gen plis
enpòtans nan lavi w,00:08:17
00:08:17
w ap reyisi e w ap gen
kè kontan san mank.” 00:08:21
00:08:21
Wi, lè relasyon nou ak Jewova
se sa ki gen plis enpòtans00:08:25
00:08:25
nan lavi nou, n ap pran bon
desizyon k ap pèmèt nou00:08:28
00:08:28
gen kè kontan toutbon. 00:08:31
00:08:32
Yon dezyèm etap k ap
pèmèt nou pran bon desizyon00:08:35
00:08:35
se lè nou reflechi sou tout sa
fòmasyon sa a enplike.00:08:38
00:08:39
Èske w pap ka pran swen tèt ou
si w pa pran lòt fòmasyon?00:08:43
00:08:43
Gen anpil pyonye ki rive fè sa
lè yo chèche travay amitan.00:08:47
00:08:48
Pa egzanp, gen yon sè ki rele
Johanna nan peyi Fenlann,00:08:52
00:08:52
li pa t pran okenn fòmasyon
apre l fini lekòl.00:08:54
00:08:55
Li di:00:08:55
00:08:55
“Lè m te fini lekòl mwen te travay
amitan e m te pran sèvis pyonye. 00:09:00
00:09:00
Mwen te fè divès kalite travay
e m te wè ki jan Jewova toujou00:09:04
00:09:04
kenbe pwomès li pou l fè nou
jwenn sa nou bezwen.”00:09:07
00:09:08
Pandan ou lekòl toujou,00:09:10
00:09:10
ou menm ak paran w ka fè rechèch
sou kalite travay ki enterese w.00:09:14
00:09:15
Konsa, ou ka chwazi ki matyè
w ap konsantre sou li lekòl la,00:09:18
00:09:18
sa k ap prepare w pou travay
oswa fòmasyon w ap pran. 00:09:22
00:09:23
Si w panse pran lòt fòmasyon
apre w fini lekòl,00:09:26
00:09:27
reflechi sou kantite tan
sa ap mande.00:09:29
00:09:30
Èske w ap toujou gen tan
pou aktivite espirityèl yo00:09:32
00:09:32
ak aktivite nan fanmi w?00:09:34
00:09:34
Èske sa w ap aprann nan
fè w tèlman fatige, sa fè w00:09:39
00:09:39
pa gen enèji pou w prepare
reyinyon oswa fè etid pèsonèl?00:09:43
00:09:44
Konbyen tan l dire? 00:09:45
00:09:45
Konbyen mwa, konbyen ane
sa ap pran pou w fini avè l? 00:09:49
00:09:51
Men sa Eklezyas 12:1
di jèn yo: 00:09:54
00:09:54
“Se poutèt sa, sonje Gran
Kreyatè w la, pandan w jèn nan,00:09:58
00:09:58
anvan jou malè yo rive e anvan
ane yo rive kote w pral di: 00:10:03
00:10:04
‘Mwen pa jwenn okenn
plezi nan lavi a.’”00:10:07
00:10:07
Si w jèn, èske fòmasyon sa a
ap pèmèt ou bay Jewova00:10:11
00:10:11
sa w genyen an ki pi bon an,00:10:12
00:10:12
petèt antre nan sèvis aplentan,
pandan ou jèn toujou a? 00:10:16
00:10:16
Èske l posib pou w pran fòmasyon
nan menm domèn nan nan mwens tan?00:10:20
00:10:20
Ou ka poze tèt ou yon seri
kesyon pratik tankou:00:10:23
00:10:23
Kote l ap fèt?00:10:24
00:10:24
Konbyen sa ap koute? 00:10:26
00:10:26
Petèt ou ka jwenn yon pwogram
fòmasyon pi pre lakay ou.00:10:30
00:10:30
Men, e si se nan yon lòt vil
pou ou al pran fòmasyon an? 00:10:34
00:10:34
E si sa oblije w rete avèk lòt elèv
pandan w ap pran fòmasyon an?00:10:37
00:10:38
Sonje sa, al viv lwen paran ou
kapab reprezante yon gwo danje00:10:43
00:10:43
pou relasyon ou ak Jewova, sitou
si w ap gen pou w al viv ak fanmi 00:10:49
00:10:49
oswa lòt moun ki pa gen
menm kwayans avè w. 00:10:51
00:10:52
Si w chwazi pran lòt fòmasyon,00:10:54
00:10:55
èske w ka pran yon kou ki pèmèt
ou rete lakay ou ak paran ou00:10:58
00:10:58
oswa menm yon kou
ki fèt sou Entèntet?00:11:01
00:11:02
Sonje prensip Jezi te bay la,
nou jwenn nan Lik 14:28 la. 00:11:07
00:11:07
Li te ankouraje nou pou n
byen planifye lè l te di: 00:11:10
00:11:11
“Kiyès nan nou la a ki vle bati
yon fò ki pap chita anvan pou l00:11:13
00:11:14
kalkile konbyen sa ap koute l,00:11:15
00:11:15
dekwa pou l ka wè si l gen
ase lajan pou l fini l?”00:11:18
00:11:18
Gen kèk peyi li pa koute chè
pou moun pran lòt fòmasyon,00:11:21
00:11:22
e pafwa menm leta
konn peye pou sa a. 00:11:24
00:11:25
Men, gen kèk peyi menm
fòmasyon sa a ka tèlman chè,00:11:29
00:11:29
li koute plizyè ane travay.00:11:31
00:11:31
E pi bon moman pou nou fè
analiz sa yo se anvan00:11:34
00:11:34
nou pran fòmasyon an
men, se pa apre. 00:11:38
00:11:40
Gen yon lòt bagay enpòtan,
nou bezwen reflechi sou li.00:11:44
00:11:44
Èske fòmasyon ou pran an ap
pèmèt ou jwenn travay vre?00:11:48
00:11:49
Sa k pi enpòtan an,00:11:50
00:11:50
èske l ap ede w mete entere
Wayòm nan an premye? 00:11:54
00:11:54
Ann di w priye Jewova
e ou reflechi sou rezon00:11:57
00:11:57
ki fè w vle pran fòmasyon an
ak efè l ap gen sou lavi ou. 00:12:01
00:12:01
Si w se yon jèn,00:12:02
00:12:02
ou te pale avèk paran w sou
fòmasyon ki disponib yo.00:12:05
00:12:05
Nou wè risk ki genyen yo
e nou byen planifye.00:12:09
00:12:10
E kounye a, ou deside
w ap pran lòt fòmasyon? 00:12:14
00:12:15
Ki jan ou ka rete pwòch ak Jewova
pandan w ap pran fòmasyon an?00:12:19
00:12:20
W ap bezwen suiv konsèy Bondye
bay nan Filipyen 3:16 la, li di: 00:12:26
00:12:26
“Kèlkeswa degre nou rive
nan pwogrè nou,00:12:29
00:12:29
annou kontinye mache annòd
nan menm direksyon an.”00:12:33
00:12:34
Vèb grèk yo mete ‘kontinye mache
nan menm direksyon an’ pou li a, 00:12:38
00:12:38
se yon vèb yo sèvi lè
y ap pale de lame. 00:12:41
00:12:41
Mo a fè n panse ak sòlda
k ap mache ansanm00:12:44
00:12:44
nan menm direksyon. 00:12:45
00:12:46
Si w deside pran lòt fòmasyon,00:12:48
00:12:48
w ap bezwen kontinye avanse
nan sèvis w ap bay Jewova a,00:12:52
00:12:52
ou pa ka ret anplas
ni fè bak. 00:12:55
00:12:55
Ki sa k ka ede w
kontinye vanse?00:12:57
00:12:57
Yon sekrè se lè w kenbe yon
bon pwogram espirityèl.00:13:02
00:13:02
Pran lòt fòmasyon
ka ap fè w vin okipe anpil. 00:13:06
00:13:06
Si nou pa fè atansyon,00:13:08
00:13:08
nou ka kòmanse minimize
sèvis n ap bay Jewova a. 00:13:12
00:13:12
Nou ka menm kòmanse
neglije aktivite espirityèl yo.00:13:16
00:13:16
Nou vle obeyi pawòl nou jwenn
nan 1 Korentyen 15:58 yo: 00:13:21
00:13:21
“Se pou nou toujou
[n ap di l ankò, toujou]00:13:25
00:13:25
gen anpil bagay pou nou
fè nan travay Seyè a,00:13:27
00:13:27
paske, [...] nou konnen nou
pap travay pou granmesi.”00:13:30
00:13:30
Mande tèt ou:00:13:32
00:13:32
‘Ki pwogram mwen genyen
k ap pèmèt mwen toujou00:13:34
00:13:34
asiste reyinyon yo, al preche,
fè etid pèsonèl mwen?’ 00:13:38
00:13:38
Se pou ou sonje sa k pi
enpòtan se sèvi Jewova,00:13:42
00:13:42
se pa fòmasyon w ap pran an.00:13:44
00:13:45
Gen yon sè ki rele
Samantha ki te di: 00:13:48
00:13:48
“M te di tèt mwen, depi fòmasyon
m ap pran an ap gen move efè00:13:52
00:13:52
sou sèvis m ap bay Jewova a,
m ap kite l.”00:13:55
00:13:57
Yon lòt bagay ki enpòtan
se veye pou fòmasyon an00:14:01
00:14:01
pa gen efè sou
fason n panse. 00:14:03
00:14:03
Gen kou ki ka mete n an kontak
ak ‘filozofi, twonpri ki san valè’,00:14:07
00:14:07
pami yo panse ate ak evolisyon. 00:14:10
00:14:10
Epitou, yo ka fè n vin gen
twòp konfyans nan tèt nou.00:14:13
00:14:14
Nan Pwovèb 5:1, 2,
Bib la di: 00:14:17
00:14:17
“Toujou aprann reflechi.” 00:14:19
00:14:19
Sa vle di, anvan n al pran
fòmasyon, nou dwe asire nou00:14:23
00:14:23
sa Bib la di yo se laverite e n
pare pou n defann kwayans nou.00:14:28
00:14:28
Poze tèt nou kesyon tankou: 00:14:31
00:14:31
‘Poukisa m kwè nan Bondye? 00:14:33
00:14:34
Sa k ban m konviksyon se prensip
moral nan Bib la ki pi bon?’ 00:14:38
00:14:38
Si w deside pran lòt fòmasyon,00:14:41
00:14:41
se pou w kontinye gen
yon bon pwogram etid Labib.00:14:45
00:14:45
Yon lòt bagay ki enpòtan anpil
lè n ap pran lòt fòmasyon00:14:49
00:14:49
se byen jere tan nou.00:14:51
00:14:51
Pran lòt fòmasyon kapab
pran anpil nan tan nou. 00:14:54
00:14:55
Si w pa byen jere tan ou,
ou ka vin strese,00:14:59
00:14:59
e ou ka menm krake.00:15:01
00:15:01
Ki sa w ka fè
pou sa pa rive ou?00:15:03
00:15:04
Efezyen 5:15, 16 di: 00:15:07
00:15:07
“Byen veye sou fason
n ap mache a, […]. 00:15:09
00:15:09
Se pou nou byen
sèvi ak tan nou.” 00:15:12
00:15:12
Toutpandan w ap pran lòt
fòmasyon an, mande tèt ou souvan:00:15:16
00:15:16
“Èske pwogram mwen ede m
rete ekilibre fizikman,00:15:20
00:15:21
espirityèlman, jere kou yo,00:15:23
00:15:24
oswa èske se bon moman
pou m fè yon chanjman?’00:15:27
00:15:27
Yon dènye bagay k ap ede w
rete djanm nan domèn espirityèl,00:15:30
00:15:30
se lè w ap byen chwazi moun
w ap pase tan avèk yo. 00:15:33
00:15:33
Si w chwazi pran lòt fòmasyon,00:15:36
00:15:36
lòt elèv yo ka vle envite w
nan aktivite y ap fè. 00:15:39
00:15:40
Men, ou dwe fè atansyon. 00:15:43
00:15:43
Menm lè w ap pran menm
kou avèk yo,00:15:46
00:15:46
ou pa gen menm
prensip avèk yo. 00:15:48
00:15:49
E plis ou pase tan avèk yo,00:15:51
00:15:51
se plis fason yo panse
ka gen efè sou ou. 00:15:54
00:15:55
Bib la avèti nou kont danje
ki genyen nan fè move zanmi. 00:15:59
00:16:00
Pwovèb 13:20 di: 00:16:02
00:16:02
“Moun ki mache ak moun ki gen
sajès ap vin gen sajès, men, 00:16:06
00:16:06
moun ki annafè ak moun
ki sòt, sa ap mal pou li.”00:16:09
00:16:09
Petèt chak mwa
mande tèt ou: 00:16:12
00:16:12
‘Èske m toujou konsantre
sou bagay espirityèl?00:16:15
00:16:16
Èske pwogram mwen ekilibre?00:16:18
00:16:18
Èske kwayans mwen
nan Bib la toujou solid?00:16:21
00:16:22
Veye tout ti siy,
epi aji tousuit.00:16:26
00:16:26
Pa kite fòmasyon w ap pran an00:16:28
00:16:28
anpeche w bay sèvis w ap bay
Jewova a premye plas nan lavi w. 00:16:32
00:16:33
Donk, ki sa n te wè? 00:16:36
00:16:36
Se chak moun ki gen dwa deside
si wi ou non y ap pran lòt fòmasyon. 00:16:41
00:16:42
Men sonje, pran lòt fòmasyon
ka gen efè sou espirityalite nou. 00:16:47
00:16:48
Ki jan nou ka pran
bon desizyon?00:16:50
00:16:50
Suiv prensip nou jwenn
nan Bib la.00:16:53
00:16:53
Priye, m ap di l ankò,
priye epi reflechi00:16:57
00:16:57
sou entansyon ou ak kalite
fòmasyon ou vle pran an.00:17:00
00:17:01
Si w se yon jèn,00:17:02
00:17:02
pale sou fòmasyon ki
disponib yo ak paran ou.00:17:06
00:17:06
Si w deside pran lòt fòmasyon,00:17:09
00:17:10
ki sa k ap ede w rete djanm
nan domèn espirityèl?00:17:13
00:17:13
Kenbe bon abitid nan
domèn espirityèl,00:17:16
00:17:16
pwoteje panse w,
byen jere tan w,00:17:20
00:17:20
epi byen chwazi moun
w ap pase tan avèk yo. 00:17:24
00:17:25
Toujou sonje objektif ou.00:17:27
00:17:27
Ki sa l ye?00:17:28
00:17:29
Se pa pou w reyisi
nan monn nan,00:17:31
00:17:31
men se pou w fè Jewova
jwenn glwa.00:17:35
00:17:35
Frè ak sè nou yo,
sonje nou renmen nou anpil!00:17:41
00:17:41
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo00:17:44
00:17:45
se te Tele JW!00:17:48
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #5 (2025)
-
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #5 (2025)
Bonjou frè ak sè m yo.
Nou kontan la avèk nou!
Jodi a, nou pral pale sou
fòmasyon apre lekòl.
Sa enterese w?
Trè byen.
Men anvan sa, n ap ban n
kèk enfòmasyon.
Depi dènye enfòmasyon an,
gen uit kongrè espesyal
ki te fèt nan zòn sa yo:
Gent, Bèljik,
Glasgow, Ekòs,
Zagrèb, Kwowasi,
Sakramento, Etazini,
yon lòt nan Gent,
apre sa Kigali, Wannda,
Yokohama, Japon,
e finalman,
Fòtlodèdel, Etazini.
Sa vrèman bèl pou nou wè
jan tout moun ap souri
e pou n wè bèl inite pami frè
ak sè n yo toupatou sou tè a!
Men, pandan n ap panse ak bèl
moman sa yo, nou ka ap mande:
‘Ki sa nou ka atann pou
pwochen kongrè a?’
Ou ta renmen konn tèm pou pwochen
kongrè k ap fèt pou ane 2026 yo?
Se yon bèl tèm,
tèm nan se:
“Kè kontan pou toutan.”
Èske l pa bèl vre?
Epitou, nou kontan fè
nou konnen lòt ane
ap gen 19 kongrè entènasyonal
k ap fèt nan 17 peyi.
Nan kòmansman mwa
septanm nan n ap fè
kongregasyon yo jwenn
plis detay sou sa.
Jan yo te di sa, sa pa gen lontan
nan yon reyinyon lasemèn,
nan mwa septanm nan,
nou pral patisipe nan
yon kanpay espesyal sou tout tè a
pou n prezante <i>Toudegad</i> ki gen tit:
“Pap gen lagè ankò
— Ki jan?
Nou pa twouve tit sa a byen
tonbe pou epòk nou an?
Pandan mwa septanm nan,
paj akèy jw.org la pral mete
aksan sou kanpay sa a.
Donk, nou ka byen sèvi
avè l lè n ap preche.
Èske w panse pran
sèvis pyonye pou mwa a?
Si w pran l, ou gen posiblite
bay 15 èdtan oswa 30 èdtan.
Men yon kesyon:
Èske w ta ka pran sèvis
pyonye pèmanan
nan kòmansman ane sèvis la?
Epitou, n ap gen yon diskou espesyal
ki gen menm tèm ak <i>Toudegad</i> la<i>:</i>
“Pap gen lagè ankò — Ki jan?”
Nan pifò kongregasyon,
y ap gen diskou espesyal sa a nan
semèn 22 septanm 2025 lan.
Bon, pandan rès videyo a
nou pral pale sou
fòmasyon moun pran
lè yo fini lekòl.
Nou pral pale sitou
ak jèn yo ak paran yo,
men enfòmasyon sa a
ka itil nou tout.
Souvan yo mande jèn yo:
“Ki sa w vle aprann
lè w fini lekòl?”
Natirèlman, pi bèl karyè a
se nan sèvis aplentan.
Menm lè sa, moun ki nan
sèvis la dwe kapab
pran swen tèt yo nan
domèn materyèl.
Gen kèk peyi, yon moun ka
jwenn yon bon travay
menm lè l pa pran lòt
fòmasyon lè l fini lekòl.
Gen lòt peyi pou yon moun
rive jwenn yon bon travay
ki peye l byen, li oblije pran yon lòt
fòmasyon apre l fini lekòl.
Nan ka sa a, yon kretyen
ka mande tèt li:
“Èske m ta dwe pran lòt
fòmasyon lè m fini lekòl?
Si se wi, ki fòmasyon?”
Bon, ki sa nou vle di
lè nou di, “lòt fòmasyon”?
Lè nou di lòt fòmasyon,
nou vle pale de kèlkeswa fòmasyon
yon moun pran apre l fini lekòl.
Sa gen ladan l, kou moun
pran nan inivèsite,
kou entansif, fòmasyon pwofesyonèl,
lekòl teknik, aprann metye,
kou moun pran
nan yon tikras tan,
e n kapab di tou fòmasyon
moun pran pou yo rete ajou.
Èske yon kretyen gen dwa al pran
lòt fòmasyon apre l fini lekòl?
Nan videyo sa a nou ta renmen
pi byen esplike pwen sa a.
Byenke gen kèk fòmasyon
ki ka gen efè sou relasyon
yon moun genyen ak Jewova,
anfèt se chak kretyen ki dwe deside
si y ap pran lòt fòmasyon lè yo fini lekòl.
Nan Galat 6:5, Bib la di:
“Paske, chak moun ap pote
pwòp responsablite pa l.”
Donk, chak moun ap pran pwòp
desizyon pa l pou konnen
si wi ou non l ap pran lòt
fòmasyon lè l fini lekòl.
Paran yo tou gen responsablite
pa yo tou nan desizyon
k ap pran anrapò ak
fòmasyon pitit yo.
E konsèy yo bay ka ede
pitit yo pran bon desizyon
anrapò ak fòmasyon
lè yo vin gran.
Ki jan n ka pran bon desizyon
anrapò ak fòmasyon
n ap pran lè n fini lekòl?
Chak kretyen ki majè,
e nan ka yon timoun ki minè,
chak chèf fanmi, dwe priye,
epi egzamine prensip ki nan Bib la,
e pou yo wè tout detay ki gen rapò
ak fòmasyon sa yo vle pran an
anvan yo pran yon desizyon.
E byenke yon ansyen oswa
yon zanmi ki gen matirite
kapab pale avèk nou sou
avantaj ak enkonvenyan
ki genyen nan pran plis fòmasyon,
okenn kretyen, san wete ansyen yo,
pa dwe jije desizyon pèsonèl
lòt kretyen pran nan kesyon sa a.
Pran lòt fòmasyon apre lekòl gen
avantaj e l gen dezavantaj.
Ki sa k ede w
pran bon desizyon?
Nou jwenn yon bon prensip
nan Pwovèb 14:15 lan.
Men sa yon lòt pati ladan l di:
“Moun ki gen lespri a
veye chak pa l fè.”
Priye sou sa.
N ap repete l ankò,
priye sou sa.
Si w se yon jèn, pale
sou sa ak paran ou,
epi suiv etap nou
pral di la yo.
Premyèman, reflechi
sou entansyon ou.
Dezèyman, reflechi sou tout
sa fòmasyon sa a enplike.
Ann pale sou de pwen
sa yo youn apre lòt.
Premyèman, reflechi
sou entansyon ou.
Mande tèt ou:
‘Poukisa m vle pran
fòmasyon sa a?’
Anpil moun pran lòt fòmasyon pou
yo ka jwenn yon travay yo renmen
k ap peye yo pi byen
oswa ki gen yon pi bon orè.
Èske rezon sa yo pa bon?
Pa fòseman.
Pou yon kretyen, sa ka
pèmèt li vin pyonye
oswa patisipe nan lòt
fòm sèvis aplentan.
Men, Bib la avèti nou pou n
pa bay lajan twòp enpòtans
oswa pou n pa panse se sèl
li menm ki ka pwoteje nou.
Si rezon an se pou ou ka
vin rich oswa gen gwo renome,
nonsèlman sa ka fè w
pèdi kè kontan ou
men tou sa ka kraze
relasyon ou ak Jewova.
Pa gen anyen,
m ap di sa ankò,
pa gen anyen ki ta dwe pi enpòtan
pou nou pase sèvi Jewova.
Kèlkeswa fòmasyon nou
ta chwazi pran se ta dwe
pou n pran swen tèt nou pandan
n ap konsantre lavi nou
sou sèvi Jewova ak tout kè n.
Sonje pawòl Jezi te di nou
jwenn nan Matye 6:33 yo:
“Kidonk, kontinye chèche
[wè sa k vin apre]
Wayòm nan an premye [an premye]
e kontinye chèche fè sa ki jis
nan je Bondye an premye,
e l ap ajoute tout lòt bagay
sa yo pou nou.”
Gen yon sè nou
ki rele Josefina
ki te pran yon kou pou l vin estetisyèn
e men sa l te fin rann li kont:
“Mwen te pran fòmasyon sa a
pou m ka jwenn yon travay
k ap pèmèt mwen fè plis
nan sèvis Jewova.
Fòmasyon m aprann dwe soutni
sèvis m ap bay Jewova a,
li pa dwe anpeche m fè sa.”
Gen yon lòt sè ki rele Iris,
ki te pran yon fòmasyon
pi lwen nan kesyon
dantè ki di:
“Gen kèk avantaj lè yon moun
pran fòmasyon apre l fin etid li,
men se pa sa ki fè moun nan reyisi
vre ki ka ba w vre kè kontan.”
Li di:
“Men sekrè a se,
si se Jewova ki gen plis
enpòtans nan lavi w,
w ap reyisi e w ap gen
kè kontan san mank.”
Wi, lè relasyon nou ak Jewova
se sa ki gen plis enpòtans
nan lavi nou, n ap pran bon
desizyon k ap pèmèt nou
gen kè kontan toutbon.
Yon dezyèm etap k ap
pèmèt nou pran bon desizyon
se lè nou reflechi sou tout sa
fòmasyon sa a enplike.
Èske w pap ka pran swen tèt ou
si w pa pran lòt fòmasyon?
Gen anpil pyonye ki rive fè sa
lè yo chèche travay amitan.
Pa egzanp, gen yon sè ki rele
Johanna nan peyi Fenlann,
li pa t pran okenn fòmasyon
apre l fini lekòl.
Li di:
“Lè m te fini lekòl mwen te travay
amitan e m te pran sèvis pyonye.
Mwen te fè divès kalite travay
e m te wè ki jan Jewova toujou
kenbe pwomès li pou l fè nou
jwenn sa nou bezwen.”
Pandan ou lekòl toujou,
ou menm ak paran w ka fè rechèch
sou kalite travay ki enterese w.
Konsa, ou ka chwazi ki matyè
w ap konsantre sou li lekòl la,
sa k ap prepare w pou travay
oswa fòmasyon w ap pran.
Si w panse pran lòt fòmasyon
apre w fini lekòl,
reflechi sou kantite tan
sa ap mande.
Èske w ap toujou gen tan
pou aktivite espirityèl yo
ak aktivite nan fanmi w?
Èske sa w ap aprann nan
fè w tèlman fatige, sa fè w
pa gen enèji pou w prepare
reyinyon oswa fè etid pèsonèl?
Konbyen tan l dire?
Konbyen mwa, konbyen ane
sa ap pran pou w fini avè l?
Men sa Eklezyas 12:1
di jèn yo:
“Se poutèt sa, sonje Gran
Kreyatè w la, pandan w jèn nan,
anvan jou malè yo rive e anvan
ane yo rive kote w pral di:
‘Mwen pa jwenn okenn
plezi nan lavi a.’”
Si w jèn, èske fòmasyon sa a
ap pèmèt ou bay Jewova
sa w genyen an ki pi bon an,
petèt antre nan sèvis aplentan,
pandan ou jèn toujou a?
Èske l posib pou w pran fòmasyon
nan menm domèn nan nan mwens tan?
Ou ka poze tèt ou yon seri
kesyon pratik tankou:
Kote l ap fèt?
Konbyen sa ap koute?
Petèt ou ka jwenn yon pwogram
fòmasyon pi pre lakay ou.
Men, e si se nan yon lòt vil
pou ou al pran fòmasyon an?
E si sa oblije w rete avèk lòt elèv
pandan w ap pran fòmasyon an?
Sonje sa, al viv lwen paran ou
kapab reprezante yon gwo danje
pou relasyon ou ak Jewova, sitou
si w ap gen pou w al viv ak fanmi
oswa lòt moun ki pa gen
menm kwayans avè w.
Si w chwazi pran lòt fòmasyon,
èske w ka pran yon kou ki pèmèt
ou rete lakay ou ak paran ou
oswa menm yon kou
ki fèt sou Entèntet?
Sonje prensip Jezi te bay la,
nou jwenn nan Lik 14:28 la.
Li te ankouraje nou pou n
byen planifye lè l te di:
“Kiyès nan nou la a ki vle bati
yon fò ki pap chita anvan pou l
kalkile konbyen sa ap koute l,
dekwa pou l ka wè si l gen
ase lajan pou l fini l?”
Gen kèk peyi li pa koute chè
pou moun pran lòt fòmasyon,
e pafwa menm leta
konn peye pou sa a.
Men, gen kèk peyi menm
fòmasyon sa a ka tèlman chè,
li koute plizyè ane travay.
E pi bon moman pou nou fè
analiz sa yo se anvan
nou pran fòmasyon an
men, se pa apre.
Gen yon lòt bagay enpòtan,
nou bezwen reflechi sou li.
Èske fòmasyon ou pran an ap
pèmèt ou jwenn travay vre?
Sa k pi enpòtan an,
èske l ap ede w mete entere
Wayòm nan an premye?
Ann di w priye Jewova
e ou reflechi sou rezon
ki fè w vle pran fòmasyon an
ak efè l ap gen sou lavi ou.
Si w se yon jèn,
ou te pale avèk paran w sou
fòmasyon ki disponib yo.
Nou wè risk ki genyen yo
e nou byen planifye.
E kounye a, ou deside
w ap pran lòt fòmasyon?
Ki jan ou ka rete pwòch ak Jewova
pandan w ap pran fòmasyon an?
W ap bezwen suiv konsèy Bondye
bay nan Filipyen 3:16 la, li di:
“Kèlkeswa degre nou rive
nan pwogrè nou,
annou kontinye mache annòd
nan menm direksyon an.”
Vèb grèk yo mete ‘kontinye mache
nan menm direksyon an’ pou li a,
se yon vèb yo sèvi lè
y ap pale de lame.
Mo a fè n panse ak sòlda
k ap mache ansanm
nan menm direksyon.
Si w deside pran lòt fòmasyon,
w ap bezwen kontinye avanse
nan sèvis w ap bay Jewova a,
ou pa ka ret anplas
ni fè bak.
Ki sa k ka ede w
kontinye vanse?
Yon sekrè se lè w kenbe yon
bon pwogram espirityèl.
Pran lòt fòmasyon
ka ap fè w vin okipe anpil.
Si nou pa fè atansyon,
nou ka kòmanse minimize
sèvis n ap bay Jewova a.
Nou ka menm kòmanse
neglije aktivite espirityèl yo.
Nou vle obeyi pawòl nou jwenn
nan 1 Korentyen 15:58 yo:
“Se pou nou toujou
[n ap di l ankò, toujou]
gen anpil bagay pou nou
fè nan travay Seyè a,
paske, [...] nou konnen nou
pap travay pou granmesi.”
Mande tèt ou:
‘Ki pwogram mwen genyen
k ap pèmèt mwen toujou
asiste reyinyon yo, al preche,
fè etid pèsonèl mwen?’
Se pou ou sonje sa k pi
enpòtan se sèvi Jewova,
se pa fòmasyon w ap pran an.
Gen yon sè ki rele
Samantha ki te di:
“M te di tèt mwen, depi fòmasyon
m ap pran an ap gen move efè
sou sèvis m ap bay Jewova a,
m ap kite l.”
Yon lòt bagay ki enpòtan
se veye pou fòmasyon an
pa gen efè sou
fason n panse.
Gen kou ki ka mete n an kontak
ak ‘filozofi, twonpri ki san valè’,
pami yo panse ate ak evolisyon.
Epitou, yo ka fè n vin gen
twòp konfyans nan tèt nou.
Nan Pwovèb 5:1, 2,
Bib la di:
“Toujou aprann reflechi.”
Sa vle di, anvan n al pran
fòmasyon, nou dwe asire nou
sa Bib la di yo se laverite e n
pare pou n defann kwayans nou.
Poze tèt nou kesyon tankou:
‘Poukisa m kwè nan Bondye?
Sa k ban m konviksyon se prensip
moral nan Bib la ki pi bon?’
Si w deside pran lòt fòmasyon,
se pou w kontinye gen
yon bon pwogram etid Labib.
Yon lòt bagay ki enpòtan anpil
lè n ap pran lòt fòmasyon
se byen jere tan nou.
Pran lòt fòmasyon kapab
pran anpil nan tan nou.
Si w pa byen jere tan ou,
ou ka vin strese,
e ou ka menm krake.
Ki sa w ka fè
pou sa pa rive ou?
Efezyen 5:15, 16 di:
“Byen veye sou fason
n ap mache a, […].
Se pou nou byen
sèvi ak tan nou.”
Toutpandan w ap pran lòt
fòmasyon an, mande tèt ou souvan:
“Èske pwogram mwen ede m
rete ekilibre fizikman,
espirityèlman, jere kou yo,
oswa èske se bon moman
pou m fè yon chanjman?’
Yon dènye bagay k ap ede w
rete djanm nan domèn espirityèl,
se lè w ap byen chwazi moun
w ap pase tan avèk yo.
Si w chwazi pran lòt fòmasyon,
lòt elèv yo ka vle envite w
nan aktivite y ap fè.
Men, ou dwe fè atansyon.
Menm lè w ap pran menm
kou avèk yo,
ou pa gen menm
prensip avèk yo.
E plis ou pase tan avèk yo,
se plis fason yo panse
ka gen efè sou ou.
Bib la avèti nou kont danje
ki genyen nan fè move zanmi.
Pwovèb 13:20 di:
“Moun ki mache ak moun ki gen
sajès ap vin gen sajès, men,
moun ki annafè ak moun
ki sòt, sa ap mal pou li.”
Petèt chak mwa
mande tèt ou:
‘Èske m toujou konsantre
sou bagay espirityèl?
Èske pwogram mwen ekilibre?
Èske kwayans mwen
nan Bib la toujou solid?
Veye tout ti siy,
epi aji tousuit.
Pa kite fòmasyon w ap pran an
anpeche w bay sèvis w ap bay
Jewova a premye plas nan lavi w.
Donk, ki sa n te wè?
Se chak moun ki gen dwa deside
si wi ou non y ap pran lòt fòmasyon.
Men sonje, pran lòt fòmasyon
ka gen efè sou espirityalite nou.
Ki jan nou ka pran
bon desizyon?
Suiv prensip nou jwenn
nan Bib la.
Priye, m ap di l ankò,
priye epi reflechi
sou entansyon ou ak kalite
fòmasyon ou vle pran an.
Si w se yon jèn,
pale sou fòmasyon ki
disponib yo ak paran ou.
Si w deside pran lòt fòmasyon,
ki sa k ap ede w rete djanm
nan domèn espirityèl?
Kenbe bon abitid nan
domèn espirityèl,
pwoteje panse w,
byen jere tan w,
epi byen chwazi moun
w ap pase tan avèk yo.
Toujou sonje objektif ou.
Ki sa l ye?
Se pa pou w reyisi
nan monn nan,
men se pou w fè Jewova
jwenn glwa.
Frè ak sè nou yo,
sonje nou renmen nou anpil!
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo
se te Tele JW!
-