JW subtitle extractor

Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #6 (2025)

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou kontan avèk nou,
nou kontan pataje kèk enfòmasyon
ankourajan avèk nou.
Depi dènye enfòmasyon an,
gen de kongrè espesyal ki te fèt,
youn Arare, Zimbabwe e lòt la
te fèt nan Kolombo, Srilanka.
Antou pi gwo asistans pou
toulede te plis pase 64 600 moun
e te gen 1 330 moun ki te batize.
Te gen plis pase 7 000 delege
ki te soti nan plis pase 20 peyi.
Apati kongrè k ap fèt
nan ane 2026 la,
nou pap itilize ekspresyon kongrè
espesyal ankò men, kounye a
n ap di, kongrè entènasyonal.
Kounye a, n ap gen kongrè
entènasyonal chak ane.
Jan nou te di sa nan denyè
enfòmasyon an, pou ane 2026 la
n ap fè 19 kongrè entènasyonal
toupatou sou tè a.
Delege yo ap gen pou yo patisipe
nan travay predikasyon an.
Y ap kapab pase tan ansanm
ak frè ak sè lokal yo
e y ap kapab patisipe
nan lòt aktivite tou.
Nan mwa out 2025 lan,
yo te ouvri yon nouvo espas
pou vizitè nan biwo filyal Ewòp santral la
ki twouve l nan Sèltès, ann Almay.
Annou gade!
Youn nan pati ki enteresan nan mize
sa a, se ekspozisyon sou Bib la.
Tèm ekspozisyon an se:
“Limyè a parèt istwa Bib la
nan lang Alman.”
Mize espesyal sa a sou Bib la
pale sou bèl istwa Bib la ann alman
ak jan travay tradiktè yo te fè
te ede anpil lòt tradiktè.
Vizitè yo ka wè yon seri ansyen
tradiksyon Labib
depi lè yo te fèk kòmanse
enprime Bib.
Sa vrèman bèl!
Vizitè yo ap wè jan yo te enprime
Bib la okòmansman an laten
e pi devan yo te
enprime l ann alman.
Nan mize a, yo montre tou
lefètke yo te enprime Bib la
ann alman epi distribye l, sa te
pouse lòt tradiktè ann Ewòp yo
pou yo pwodwi Bib la
e enprime l nan lang pa yo.
Medya lokal yo te pale de
mize a ki ouvri,
epi esplike jan l ka ede moun yo
jwenn enfòmasyon sou Bib la ann alman.
N ap envite w vin vizite nouvo mize sa a
ki nan biwo filyal Ewòp santral la.
Ou ka al sou jw.org pou fè
rezèvasyon pou vin vizite l.
Antanke pèp Jewova, pou nou Bib la
pa sèlman yon liv istwa ki enpòtan,
li plis pase jis yon bon liv.
Nou bezwen direksyon Jewova
bay menm jan nou bezwen
manje, rad ak kote pou n rete.
Se konsa Jewova te kreye nou.
Jezi te bay verite sa a
yon fason ki senp,
lè l te di pawòl nou jwenn
nan Matye 5:3 yo:
“Byennere moun ki pran
konsyans yo bezwen Bondye,
piske Wayòm syèl la se pou yo.”
Pou nou gen bonjan kè kontan an,
nou dwe pran konsyans
nou bezwen Bondye epi fè yon seri
bagay pou n ka satisfè bezwen sa a.
Men, ki sa sa vle di pou n “pran
konsyans nou bezwen Bondye”?
Ekspresyon grèk orijinal la
bay ide yon mandyan,
yon moun k ap mande
pou l jwenn lespri sen.
Imajine yon moun ki gen
ranyon sou li,
ki akoupi nan kwen yon lari,
li tèlman grangou,
li fèb, lapli ak solèy bat li,
l ap sipliye pou yo ede l,
pou l gen yon lavi miyò.
Ki sa nou vle di?
Yon moun ki pran konsyans li
bezwen Bondye
konnen li bezwen Jewova ede l
e li fè efò pou l jwenn èd sa a.
Ki kalite nou bezwen genyen
yon fason pou n ka pran
konsyans nou bezwen Bondye?
Ann wè sa n ka aprann nan
istwa dam moun Fenisi a.
Nou jwenn istwa sa a
nan Matye 15:22-28.
Gade ki jan li te pwoche kot Jezi
e li te pale avè l, n ap li:
“Epi, gen yon dam ki moun
zòn nan, yon moun peyi Fenisi,
ki vin parèt, e l ap di byen fò:
‘Gen pitye pou mwen,
Seyè, Pitit David!
Pitit fi m nan gen yon demon
sou li k ap malmennen l.’
Men, li pa di dam
nan yon mo.
Epi, disip li yo vini,
yo sipliye l, yo di l:
‘Voye l ale non, paske l ap
plede fè bri dèyè nou an.’
Li reponn yo:
‘Bondye pa t voye m pou lòt moun,
li te voye m sèlman pou mouton
ki pèdi ki nan pèp Izrayèl la.’
Men, dam nan vini,
li pwostène devan l, li di l:
‘Seyè, ede m!’
Li reponn dam nan, li di l:
‘Li pa bon pou yo pran pen
timoun yo pou yo voye l bay ti chen.’
Dam nan di:
‘Wi, Seyè.
Men, ti chen yo konn manje kras
pen ki tonbe sot sou tab mèt yo.’
Lè sa a, Jezi reponn li:
‘Madanm, ou gen anpil lafwa.
Se pou sa rive pou ou
jan w swete l la.’
Epi menm lè a
pitit fi l la geri.’”
Fi a se te moun Fenisi,
yon moun lòt nasyon.
Malgre sa li te pwoche
kote Jezi, li te sipliye l, li di:
“Gen pitye pou mwen.”
Okòmansman, Jezi pa t
reponn men apre sa l di,
se pou mouton ki pèdi ann
Izrayèl yo sèlman yo te voye m.
Annapre ankò, Jezi te
menm pran yon egzanp
kote l te konpare dam nan
ak yon ti chen.
Ki jan ou menm
ou t ap reyaji?
Èske w t ap santi w vekse,
ou t ap bay vag?
Fi a a pa t fè sa a.
Li te demontre twa bèl
kalite ki kapab ede nou
pou n satisfè bezwen nou
genyen pou n konn Bondye.
Men kalite yo:
Imilite, pèseverans ak lafwa.
Kòm li te gen imilite, sa te
fè l pa fè diskisyon ni l pa t fache.
Li te kontinye sipliye Jezi
pou l fè l mizèrikòd.
Li te gen pèseverans.
Li te kontinye mande menm lè
disip li yo t ap di Jezi pou l voye l ale.
E li te gen yon gwo lafwa tou,
li te kwè Jezi te ka ede l,
menmsi l te konnen nan yon sans
se rès li t ap jwenn.
Lafwa l te tèlman touche Jezi sa
te fè Jezi fè yon bagay ekstrawòdinè.
Li te geri pitit fi l la, menm lè
pitit la pa t yon Izrayelit.
Istwa sa a aprann nou Jewova
ak Jezi swaf pou yo ede moun
ki pran konsyans toutbon
yo bezwen Bondye.
Menm jan ak dam sa a,
nou dwe travay
pou n gen imilite,
pèseverans ak lafwa.
Talè a, nou te konpare
bezwen pou n konnen Bondye a
ak bezwen fizik tankou
manje, rad ak kote pou n rete.
Men, nan domèn espirityèl,
ki jan nou ka gen manje,
rad ak kote pou n rete?
Annou gade ki jan
Jewova fè nou jwenn yo.
Premyèman, ann pale
de manje espirityèl la.
Anvan Jezi te monte nan syèl la,
li te di apot Pyè, bay
ti mouton m yo manje.
E Pyè te fè sa a.
Jewova te menm pouse l pou l
ekri de lèt ki vin fè pati Bib la.
Men, Pyè li menm tou te bezwen
nouri tèt li ak manje espirityèl.
Pa egzanp, li te etidye lèt Bondye
te inspire apot Pòl pou l ekri yo.
Pyè te rekonèt gen nan
bagay apot Pòl te ekri yo
ki difisil pou moun konprann.
Nou dakò avè l.
Men, Pyè pa t bay vag,
li te gen konfyans Bondye
t ap ede l konprann epi aplike bonjan
manje espirityèl li te jwenn nan lèt sa yo.
Menm jan ak Pyè, nou dwe
pran tan regilyèman
pou n nouri tèt nou ak verite
ki gen nan Pawòl Bondye a.
Nou dwe fè efò pou n vin gen
abitid manje manje espirityèl ki solid,
yon seri verite ki ka difisil pou
nou konprann okòmansman.
Natirèlman, sa ap pran tan e sa
mande efò men, nou pap bay vag.
Sa ap fè nou vin gen
plis lanmou pou Jewova
e sa ap ankouraje n pou n fè
lòt moun konnen l tou.
Ann pale sou abiman espirityèl la.
Men sa apot Pòl te ekri nan
Kolosyen 3:10:
“Retire ansyen pèsonalite a sou
nou ansanm ak abitid li yo,
e abiye nou ak nouvo pèsonalite a.”
Pòl te fè sa.
Anvan l te vin kretyen,
li te konn fache fasil.
Travay 9:1 di, li te tèlman fache
kont moun ki te disip Jezi yo,
li t ap menase yo e l te
vle touye yo ak tout fòs!
Apre Sòl te fin wè
Jezi nan yon vizyon,
li te repanti men, li te
dwe kontinye fè efò.
Pòl te oblije benyen kò l
ak kou sa vle di,
pou l te lite kont move
tandans li te genyen yo.
Grasa ak èd Jewova, li te retire
vye tandans sa yo lakay li.
Li te abiye tèt li ak
nouvo pèsonalite a.
Nou dwe fè menm jan an.
Kèlkeswa kantite tan nou gen
depi n ap sèvi Jewova,
nou dwe toujou kontinye travay
sou pèsonalite nou.
Pafwa nou ka santi nou
dekouraje paske nou te panse
nou te gentan retire vye
pèsonalite sa a sou nou,
epi nou remake gen yon ti pati
nan ansyen pèsonalite sa a
ki parèt tèt li ankò.
Ki sa pou n fè?
Se pou n kontinye voye l jete
e se pou n kontinye mete
nouvo pèsonalite a,
e Jewova ap ban nou
sa nou bezwen
pou nou abiye ak pèsonalite sa a.
Pou nou gen kè kontan toutbon,
nou bezwen plis pase manje
espirityèl ak abiman espirityèl.
Sa n bezwen ankò?
Nou bezwen tou yon
kote espirityèl pou n rete.
Wa David te pale de sa a
nan Sòm 27:5.
Men sa David te ekri,
anpalan de Jewova:
“Paske, l ap kache m
nan abri l la nan jou malè a
l ap kache m nan tant li an,
nan kachèt li a
l ap mete m byen wo
sou tèt yon mas wòch.”
Lè David te obeyi Jewova,
li te jwenn pwoteksyon
kont malè ki rive moun ki
chwazi fè peche.
Men, lè David pa t suiv
prensip Jewova yo,
Jewova pa t anpeche l pou l
peye konsekans peche l yo.
Nou kapab imite David lè nou
chèche direksyon Jewova
lè n ap pran desizyon.
Pafwa nou ka rankontre
difikilte se pa paske
Jewova pa pwoteje nou men, se
paske nou te pran move desizyon.
E gen lòt lè, nou ka rankontre difikilte
menm lè nou pa t fè anyen.
Ki sa pou n fè lè sa a?
Lè sa a nou priye Jewova,
nou di l tout sa k nan kè nou.
E ki sa Jewova ap fè?
L ap konsole nou e l ap
ede nou pran bon desizyon.
L ap pwoteje nou, pou anyen,
ni pèsonn pa detwi lafwa nou.
Nou kontan paske
nan domèn espirityèl,
Jewova ban nou manje,
rad ak pwoteksyon.
Grasa Jewova nou gen tout bagay
nou bezwen pou n viv
e pou n gen bonjan kè kontan!
Nou sonje pawòl Jezi
te di nan Matye 5:3 a:
“Byennere moun ki pran
konsyans yo bezwen Bondye.”
Pou ede nou sonje sa ki fè
nou gen kè kontan toutbon an,
Kolèj Santral la te chwazi
Matye 5:3 kòm tèks pou ane 2026 la.
Nou pa vle janm bliye pawòl
sa yo ki vrèman enpòtan:
Byennere moun ki pran
konsyans yo bezwen Bondye.”
Nou kontan tou pou
nou fè nou konnen
gen yon nouvo chante
ki baze sou Matye 5:3.
Tit li se:
“Mwen bezwen Bondye.”
Chante sa a eksprime
jan nou chofe pou nou
kontinye fè lafwa nou vin solid,
pou n kontinye mache ak Jewova.
Nou pa ka tann pou nou chante
nouvo chante sa a ansanm
nan pwochen reyinyon
ànyèl nou pral genyen la.
Li pral vin kantik nimewo 162
nan liv kantik nou an.
Li disponib pou telechaje kounye a
ann anglè e nan plizyè lòt lang.
Y ap mete l nan lòt lang,
ofiramezi l ap disponib
Frè n ak sè n yo, nou dwe sonje,
pou n pran konsyans nou bezwen
Bondye nou dwe toujou gen imilite,
nou dwe pèsevere
e nou dwe gen yon lafwa solid
nan Jewova, Bondye nou an.
Grasa bèl kalite sa yo,
n ap kapab jwenn
sa nou bezwen chak jou pou n
gen pi bon relasyon ak Bondye.
E sa ki pi enpòtan an,
n ap gen kè kontan toutbon.
Frè ak sè nou yo,
nou renmen nou tout anpil.
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo,
se te Tele JW.