00:00:01
Nou kontan n ansanm!00:00:03
00:00:04
Nan videyo sa a n ap
ban nou kèk pwen enteresan00:00:07
00:00:07
nan rapò pou
ane sèvis 2025 lan.00:00:09
00:00:10
N ap rakonte nou tou kèk
eksperyans frè ak sè yo00:00:12
00:00:12
te fè pandan kanpay
mwa septanm nan. 00:00:15
00:00:16
Men anvan sa, n ap ban nou
kèk dènye nouvèl.00:00:19
00:00:19
Nan dat 24 rive 26 oktòb 2025 lan,
gen yon kongrè espesyal00:00:24
00:00:24
ki te fèt Kobe nan peyi Japon. 00:00:26
00:00:27
Te gen plis pase 3 000 delege
ki soti nan 35 peyi ki te asiste. 00:00:31
00:00:31
Pi gwo asistans lan
se te 22 591 moun. 00:00:36
00:00:36
E te gen 93 moun ki te batize,
sa ki te vrèman estrawòdinè.00:00:41
00:00:42
Kongrè yo ranfòse
lafwa frè ak sè yo.00:00:46
00:00:46
E yo bay yon gwo temwayaj tou.00:00:49
00:00:49
Men eksperyans yon
delege ki soti il Moris te fè: 00:00:53
00:00:53
“Chèf kuizinè nan
yon otèl ki mande,00:00:56
00:00:56
‘Pou ki okazyon nou
tout nou vini la a?’ 00:00:58
00:00:59
Mwen te di l nou se Temwen Jewova
k ap asiste yon evènman espesyal.00:01:02
00:01:03
Li di:00:01:04
00:01:04
‘Tout moun mwen wè
ki gen ensiy sa a ankourajan,00:01:07
00:01:07
yo janti e yo toujou ap souri.’ 00:01:10
00:01:11
“Apre sa li mennen
yon kòlèg li, li di:00:01:13
00:01:13
‘Se de gwoup moun sa yo
m t ap pale la a,00:01:16
00:01:16
yo byen abiye e yo vrèman janti.’00:01:19
00:01:20
Li te menm di nan jou lib li,
li ka asiste youn nan jou kongrè yo.00:01:24
00:01:25
Nan fen konvèsasyon an li di: 00:01:27
00:01:27
‘Mwen konn rankontre
moun ki soti nan lòt relijyon,00:01:30
00:01:30
men nou menm,
nou vrèman diferan.00:01:32
00:01:33
Nou vrèman ankourajan, anfèt
chak jou mwen pa ka tann00:01:37
00:01:37
pou m vin travay pou m wè nou.’” 00:01:40
00:01:41
Bon konduit nou
fè Jewova jwenn glwa. 00:01:44
00:01:46
Se vre, kongrè yo
bay kè kontan,00:01:48
00:01:48
men gen kèk frè ak sè ki fè fas ak sitiyasyon
ki vrèman difisil sedènyetan 00:01:53
00:01:53
akoz katastwòf natirèl.00:01:55
00:01:56
Peyi Filipin fè fas ak plizyè katastwòf
natirèl nan espas sèt semèn.00:02:01
00:02:01
Yo te gen senk gwo siklòn
ak de gwo tranblemanntè. 00:02:05
00:02:05
Sa ki te fè gen anviwon 2 000
pwoklamatè ki te kite kay yo00:02:09
00:02:10
ak 99 kay ki kraze.00:02:12
00:02:12
E te gen 548 kay ak
36 Sal Wayòm ki te andomaje.00:02:17
00:02:18
Gen dis nan frè n
ak sè nou yo ki te blese,00:02:21
00:02:21
men, erezman pa gen youn
nan frè n ak sè nou yo ki mouri. 00:02:24
00:02:25
Yo mete douz komite sekou sou
piye pou ede ak travay pote sekou a. 00:02:30
00:02:30
Nan dat 28 oktòb 2025 lan,
siklòn Melisa, yon siklòn kategori 500:02:36
00:02:36
te frape Jamayik, li te gen van ki
t ap soufle a prèske 300 kilomèt alè. 00:02:42
00:02:43
Se youn nan pi gwo siklòn yo rapòte
ki pase nan oseyan Atlantik la. 00:02:48
00:02:48
Te gen inondasyon ak glisman teren
ki lakòz moun mouri nan kot sid Jamayik. 00:02:53
00:02:53
Siklòn Melisa te frape tou kèk kote Ayiti,
Repiblik dominikèn, Kiba, Bahamas,00:03:00
00:03:00
zil Tik ak Kayikòs ak Bèmid. 00:03:02
00:03:03
Ki jan sa ye pou frè nou yo? 00:03:05
00:03:06
Erezman, pa gen youn nan
frè n ak sè nou yo ki mouri,00:03:09
00:03:10
men, gen 14 ladan yo ki blese. 00:03:12
00:03:13
Antou gen 679 moun
ki oblije deplase,00:03:16
00:03:16
79 kay ki kraze ak
1 165 lòt kay ki sibi domaj.00:03:23
00:03:24
Gen 4 Sal Wayòm ki kraze,00:03:26
00:03:26
40 Sal Wayòm ak 5 Sal asanble
ki sibi domaj. 00:03:30
00:03:31
Yo mete kat komite sekou
sou piye pou bay èd. 00:03:33
00:03:34
Lè katastwòf konsa pase,00:03:37
00:03:37
nou vrèman enterese konnen
ki jan frè n ak sè nou yo ye.00:03:40
00:03:40
Se egzakteman sa apot Pòl te
di nan 1 Korentyen 12:25, 26:00:03:46
00:03:46
“[…] dekwa pou pa gen
divizyon nan kò a,00:03:49
00:03:49
men pou manm li yo gen
sousi youn pou lòt.00:03:53
00:03:53
Si yon manm ap soufri,
tout lòt yo ap soufri avè l.”00:03:57
00:03:57
Ann anglè, selon nòt etid
pou vèsè 25 lan,00:04:01
00:04:01
fraz ki di, “pou manm li yo gen sousi
youn pou lòt” la vle di literalman: 00:04:05
00:04:06
“Manm li yo dwe
enkyete youn pou lòt.” 00:04:08
00:04:09
Nòt la di ankò:00:04:10
00:04:10
“Vèb yo itilize la a montre manm
nan kongregasyon kretyen an 00:04:14
00:04:14
ta dwe gen gwo sousi youn pou lòt.00:04:16
00:04:16
Yo ta dwe vle pou frè ak sè yo
rete pwòch ak Jewova,00:04:19
00:04:19
pou yo an sante, an sekirite e pou yo
gen sa yo bezwen pou yo viv chak jou.”00:04:23
00:04:23
Tanpri, kontinye priye pou tout
frè ak sè nou yo toupatou sou tè a00:04:26
00:04:26
ki viktim anba katastwòf. 00:04:28
00:04:29
E nou vrèman rekonesan pou tout
volontè nou genyen k ap pote èd yo00:04:32
00:04:32
nan domèn espirityèl, fizik ak
materyèl, e ou ladan l tou.00:04:39
00:04:39
Mèsi pou priye nou ak ofrann nou
ki pèmèt travay sekou sa a posib.00:04:45
00:04:45
Frè ak sè nou yo, sa ankouraje n
anpil lè n wè jan nou toujou chofe00:04:50
00:04:50
pou travay predikasyon an
malgre eprèv nou rankontre. 00:04:53
00:04:53
E sa parèt klè nan dènye kanpay
mondyal nou te genyen an.00:04:57
00:04:58
Nan mwa septanm 2025 lan,
nou te vrèman kontan ofri 00:05:01
00:05:01
sou tout tè a Toudegad ki gen tit: 00:05:04
00:05:04
“Pap gen lagè ankò — Ki jan?” 00:05:06
00:05:07
Nou te envite moun ki enterese yo
asiste diskou espesyal la tou.00:05:10
00:05:10
Men kèk eksperyans ankourajan
frè ak sè yo te fè pandan kanpay la. 00:05:14
00:05:15
Gen yon sè nan peyi Ajantin ki te
fè yon efò espesyal pou l preche00:05:18
00:05:18
pandan lè poz nan travay li.00:05:20
00:05:20
Li te konnen dam ki patwon l lan
se yon ansyen etidyan Labib.00:05:23
00:05:24
Donk, li te pale de
kanpay espesyal la,00:05:26
00:05:26
e li te pwofite ankouraje l tou
pou l repran etid la.00:05:30
00:05:31
Annapre, sè a te vin aprann te
gen de nan kòlèg travay li yo00:05:34
00:05:34
ki te tande konvèsasyon an
e ki te gen anpil kesyon. 00:05:37
00:05:37
Apre konvèsasyon an, toulede
kòlèg yo te aksepte yon etid Labib.00:05:41
00:05:41
Nan demen, patwon an te aksepte
pou l rekòmanse etid Labib la.00:05:46
00:05:46
Kounye a, toule twa ap etidye e de
ladan yo te asiste diskou espesyal la. 00:05:50
00:05:50
Nan peyi Beljik, gen yon dam ki te byen
akeyi de sè ki te vin frape nan pòt li. 00:05:55
00:05:55
Lè sè yo te montre l Toudegad yo
t ap prezante a, li te aksepte l tousuit. 00:05:59
00:06:00
Lè sè n yo te retounen, dam nan te di
yo li t ale sou sit Entènèt nou an tou. 00:06:06
00:06:06
Li te gade videyo Poukisa Bondye pèmèt soufrans? lan. 00:06:09
00:06:09
Li fè konnen videyo a te reponn kesyon l yo
yon fason ki klè e ki te konsole l. 00:06:14
00:06:15
Sè yo te ofri l yon etid Labib
e li te aksepte.00:06:19
00:06:19
Dam nan te asiste diskou espesyal la
e li te suiv avèk atansyon.00:06:23
00:06:23
Apre reyinyon an, dam nan te di li
vrèman kontan pou l avèk moun00:06:27
00:06:27
k ap sèvi Bondye toutbon.00:06:29
00:06:29
Li kontinye ap etidye Bib la
ak kè kontan.00:06:32
00:06:33
Eksperyans sa yo se
yon ti apèsi toupiti00:06:35
00:06:35
sou sa k te pase pandan
kanpay espesyal la. 00:06:38
00:06:39
Kounye a, ann fè yon gade
rapò sou travay predikasyon an00:06:42
00:06:42
pou ane sèvis 2025 lan.00:06:45
00:06:46
Tèks pou ane 2025 lan
ankouraje nou pou n00:06:49
00:06:49
“onore Jewova pou
glwa non l merite”. 00:06:51
00:06:52
E se sa Temwen Jewova
toupatou sou tè a te fè. 00:06:56
00:06:56
Nou kontan pou n wè kounye a nou
anviwon 9 047 083 pwoklamatè.00:07:03
00:07:03
Sa reprezante 2.5 pousan akwasman. 00:07:06
00:07:07
Mete sou sa, pami 241 peyi kote
nou preche bon nouvèl la,00:07:12
00:07:12
gen 96 ladan yo ki fè konnen se premye
fwa yo vin gen tout kantite pwoklamatè sa yo.00:07:17
00:07:17
Apre kanpay nou te ofri etid Labib00:07:19
00:07:19
toupatou sou tè a
an septanm 2024 la, 00:07:22
00:07:22
gen plizyè filyal ki te òganize
kanpay predikasyon nan tèritwa yo00:07:25
00:07:25
pandan ane sèvis sa a.00:07:27
00:07:27
Li klè, Jewova te beni travay frè
ak sè yo te fè pou yo00:07:30
00:07:30
kòmanse konvèsasyon
e pou yo ofri etid Labib. 00:07:34
00:07:34
Pa egzanp,
soti jen rive out 2025,00:07:37
00:07:37
frè ak sè nan Pewou te patisipe
nan kanpay predikasyon. 00:07:40
00:07:41
Poukisa yo te fè sa? 00:07:43
00:07:43
Pou yo rive preche moun ki nan
senk zòn diferan nan peyi a. 00:07:48
00:07:48
Pami zòn sa yo genyen ki te
toupre rivyè Amazòn nan00:07:50
00:07:51
pou rive byen wo
nan mòn Lèzann yo. 00:07:53
00:07:53
Ki jan moun yo te reyaji? 00:07:55
00:07:55
Pandan kanpay la,00:07:57
00:07:58
te gen prèske 10 000 moun
ki te montre yo enterese 00:08:00
00:08:00
nan etid Labib nou fè a,
e ki te vle konnen plis. 00:08:04
00:08:05
Konsa tou, pou mwa jiyè
ak mwa out 2025 lan,00:08:09
00:08:09
gen plizyè milye frè ak sè ki te patisipe
nan premye kanpay predikasyon00:08:12
00:08:13
ki te fèt nan pwovens
ki nan lwès peyi Zanbi yo. 00:08:16
00:08:16
Yo panse gen 1.3 milyon moun k ap viv
nan bèl zòn sa a ki gen anpil espas. 00:08:22
00:08:23
Pou anpil nan moun k ap viv nan
zòn ki lwen nan pwovens sa a,00:08:26
00:08:26
se te premye fwa yo te
tande mesaj nan Bib la. 00:08:29
00:08:29
Ki jan yo te reyaji? 00:08:31
00:08:32
Pandan kanpay la, gen plis pase
24 500 moun ki te mande yon etid Labib.00:08:39
00:08:39
Se bèl bagay! 00:08:41
00:08:41
Wi, jaden yo
pare pou rekòt la. 00:08:44
00:08:44
Anfèt, sou tout tè a, gen yon
akwasman 1.6 pousan00:08:47
00:08:48
nan kantite etid biblik ki te fèt
pou ane sèvis ki sot pase a. 00:08:51
00:08:51
E sa ankourajan lè n konnen00:08:54
00:08:54
gen 304 643 moun ki te
batize pandan ane sèvis sa a. 00:08:59
00:08:59
Sa reprezante yon akwasman 2.8
pousan parapò ak ane anvan an.00:09:04
00:09:04
Ki kantite moun
ki te asiste Memoryal?00:09:06
00:09:06
Nou kontan konnen gen yon total
20 635 015 moun ki te asiste Memoryal.00:09:13
00:09:13
E gen 15 peyi ki fè konnen
se premye fwa yo te gen00:09:15
00:09:15
kantite moun yo te genyen an!00:09:17
00:09:18
Ann tande kèk lòt chif enteresan
nan rapò pou ane sèvis 2025 lan. 00:09:22
00:09:22
Nan Filipin, nou te gen
yon nouvo maksimòm00:09:24
00:09:24
anviwon 268 200 pwoklamatè. 00:09:27
00:09:27
E sa pa gen lontan, chak mwa pandan
37 mwa nou gen yon nouvo maksimòm00:09:32
00:09:32
nan kantite pyonye pèmanan, ki rive
kounye a plis pase 79 000.00:09:36
00:09:36
Sa fè anviwon 531 nouvo
pyonye pèmanan chak mwa. 00:09:40
00:09:40
Nan peyi Meksik, nou te gen yon nouvo
maksimòm 879 024 pwoklamatè.00:09:46
00:09:47
E nou te gen
yon nouvo maksimòm00:09:48
00:09:48
nan pyonye pèmanan, kounye a
yo plis pase 173 000. 00:09:52
00:09:52
Nan Endonezi nou te gen
yon maksimòm nan00:09:54
00:09:55
kantite pwoklamatè yo,
kounye a nou 32 371.00:09:59
00:09:59
Sa reprezante yon akwasman
3 pousan parapò ak ane anvan an.00:10:04
00:10:04
Mete sou sa, nou vin gen yon nouvo
maksimòm nan kantite pyonye pèmanan,00:10:09
00:10:09
kounye a yo plis pase 7 100. 00:10:13
00:10:13
Nan peyi Angola nou te gen 6 pousan
akwasman sou kantite pwoklamatè yo.00:10:17
00:10:17
Sa ki te fè nou plis pase 184 000,
sa ki te yon nouvo maksimòm. 00:10:23
00:10:23
Men apre sa,
nan mwa septanm nan,00:10:25
00:10:25
nou te anrejistre yon nouvo maksimòm
nan kantite pwoklamatè yo,00:10:28
00:10:28
kounye a nou se
190 939 pwoklamatè.00:10:31
00:10:31
Nan peyi Zimbabwe
nou kontan gen00:10:33
00:10:33
yon nouvo maksimòm nan
pwoklamatè yo: plis pase 53 700. 00:10:38
00:10:38
Se yon akwasman 7 pousan.00:10:41
00:10:42
Mete sou sa, nou te gen yon nouvo
maksimòm pyonye pèmanan,00:10:45
00:10:46
plis pase 10 600
pyonye pèmanan.00:10:50
00:10:50
Nan Kongo (Kinchasa),
nou te gen 11 pousan akwasman00:10:55
00:10:55
nan kantite pwoklamatè yo,
sa fè nou vin plis pase 297 000. 00:11:02
00:11:02
Te gen nouvo maksimòm tou
nan kantite etid Labib nou kondui 00:11:07
00:11:07
ak kantite moun
ki asiste Memoryal la.00:11:09
00:11:10
Anfèt, te gen plis pase 1.4 milyon
moun ki te asiste Memoryal la.00:11:16
00:11:16
Sa se plis pase kat fwa kantite
pwoklamatè nou genyen.00:11:20
00:11:20
Nan peyi Lafrans
nou kontan fè konnen00:11:25
00:11:25
nou te gen yon nouvo
maksimòm pwoklamatè00:11:28
00:11:28
kounye a nou 139 548.00:11:33
00:11:33
Nan Madagaska, te gen 7 pousan
akwasman nan kantite pwoklamatè yo. 00:11:38
00:11:38
Sa fè nou gen yon maksimòm
plis pase 44 500 pwoklamatè.00:11:43
00:11:43
Te gen prèske kat fwa kantite moun
sa a ki te asiste Memoryal la.00:11:47
00:11:47
Sa ki reprezante yon nouvo
maksimòm 176 453 moun.00:11:52
00:11:53
Nan Brezil nou te gen yon
nouvo maksimòm,00:11:56
00:11:56
plis pase 930 000 pwoklamatè.00:11:59
00:11:59
Men apre sa,
an septanm nou vin gen00:12:02
00:12:02
yon lòt nouvo maksimòm,
plis pase 940 000 pwoklamatè. 00:12:10
00:12:10
Sa yo se sèlman kèk chif enteresan
nan rapò sèvis pou ane 2025 lan.00:12:16
00:12:16
Sa montre Jewova
te beni travay la.00:12:19
00:12:19
E sa montre jan nou chofe
nan travay predikasyon an.00:12:23
00:12:23
E n ap pwofite felisite nou00:12:26
00:12:26
paske nou patisipe nan “onore
Jewova pou glwa non l merite”. 00:12:30
00:12:31
Jan nou sot wè nan videyo sa a,00:12:35
00:12:35
frè ak sè nou yo pa epaye anba gwo
pwoblèm tankou katastwòf natirèl. 00:12:39
00:12:40
Men sa pa fè yo
“sispann fè sa ki byen”. 00:12:43
00:12:43
Jewova kontinye bay moun
fidèl sa yo fòs e li beni yo.00:12:47
00:12:47
E li beni nou chak
pou nou kontinye bay00:12:50
00:12:50
tout nou menm nan
travay predikasyon an.00:12:52
00:12:52
E nou swete pou nou kontinye bay
Jewova sa nou genyen ki pi bon an. 00:12:57
00:12:57
Frè ak sè nou yo tanpri,00:13:00
00:13:00
sonje nou renmen nou anpil
e nou kontinye priye pou nou. 00:13:04
00:13:05
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo00:13:07
00:13:07
se te Tele JW.00:13:10
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 7 (2025)
-
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 7 (2025)
Nou kontan n ansanm!
Nan videyo sa a n ap
ban nou kèk pwen enteresan
nan rapò pou
ane sèvis 2025 lan.
N ap rakonte nou tou kèk
eksperyans frè ak sè yo
te fè pandan kanpay
mwa septanm nan.
Men anvan sa, n ap ban nou
kèk dènye nouvèl.
Nan dat 24 rive 26 oktòb 2025 lan,
gen yon kongrè espesyal
ki te fèt Kobe nan peyi Japon.
Te gen plis pase 3 000 delege
ki soti nan 35 peyi ki te asiste.
Pi gwo asistans lan
se te 22 591 moun.
E te gen 93 moun ki te batize,
sa ki te vrèman estrawòdinè.
Kongrè yo ranfòse
lafwa frè ak sè yo.
E yo bay yon gwo temwayaj tou.
Men eksperyans yon
delege ki soti il Moris te fè:
“Chèf kuizinè nan
yon otèl ki mande,
‘Pou ki okazyon nou
tout nou vini la a?’
Mwen te di l nou se Temwen Jewova
k ap asiste yon evènman espesyal.
Li di:
‘Tout moun mwen wè
ki gen ensiy sa a ankourajan,
yo janti e yo toujou ap souri.’
“Apre sa li mennen
yon kòlèg li, li di:
‘Se de gwoup moun sa yo
m t ap pale la a,
yo byen abiye e yo vrèman janti.’
Li te menm di nan jou lib li,
li ka asiste youn nan jou kongrè yo.
Nan fen konvèsasyon an li di:
‘Mwen konn rankontre
moun ki soti nan lòt relijyon,
men nou menm,
nou vrèman diferan.
Nou vrèman ankourajan, anfèt
chak jou mwen pa ka tann
pou m vin travay pou m wè nou.’”
Bon konduit nou
fè Jewova jwenn glwa.
Se vre, kongrè yo
bay kè kontan,
men gen kèk frè ak sè ki fè fas ak sitiyasyon
ki vrèman difisil sedènyetan
akoz katastwòf natirèl.
Peyi Filipin fè fas ak plizyè katastwòf
natirèl nan espas sèt semèn.
Yo te gen senk gwo siklòn
ak de gwo tranblemanntè.
Sa ki te fè gen anviwon 2 000
pwoklamatè ki te kite kay yo
ak 99 kay ki kraze.
E te gen 548 kay ak
36 Sal Wayòm ki te andomaje.
Gen dis nan frè n
ak sè nou yo ki te blese,
men, erezman pa gen youn
nan frè n ak sè nou yo ki mouri.
Yo mete douz komite sekou sou
piye pou ede ak travay pote sekou a.
Nan dat 28 oktòb 2025 lan,
siklòn Melisa, yon siklòn kategori 5
te frape Jamayik, li te gen van ki
t ap soufle a prèske 300 kilomèt alè.
Se youn nan pi gwo siklòn yo rapòte
ki pase nan oseyan Atlantik la.
Te gen inondasyon ak glisman teren
ki lakòz moun mouri nan kot sid Jamayik.
Siklòn Melisa te frape tou kèk kote Ayiti,
Repiblik dominikèn, Kiba, Bahamas,
zil Tik ak Kayikòs ak Bèmid.
Ki jan sa ye pou frè nou yo?
Erezman, pa gen youn nan
frè n ak sè nou yo ki mouri,
men, gen 14 ladan yo ki blese.
Antou gen 679 moun
ki oblije deplase,
79 kay ki kraze ak
1 165 lòt kay ki sibi domaj.
Gen 4 Sal Wayòm ki kraze,
40 Sal Wayòm ak 5 Sal asanble
ki sibi domaj.
Yo mete kat komite sekou
sou piye pou bay èd.
Lè katastwòf konsa pase,
nou vrèman enterese konnen
ki jan frè n ak sè nou yo ye.
Se egzakteman sa apot Pòl te
di nan 1 Korentyen 12:25, 26:
“[…] dekwa pou pa gen
divizyon nan kò a,
men pou manm li yo gen
sousi youn pou lòt.
Si yon manm ap soufri,
tout lòt yo ap soufri avè l.”
Ann anglè, selon nòt etid
pou vèsè 25 lan,
fraz ki di, “pou manm li yo gen sousi
youn pou lòt” la vle di literalman:
“Manm li yo dwe
enkyete youn pou lòt.”
Nòt la di ankò:
“Vèb yo itilize la a montre manm
nan kongregasyon kretyen an
ta dwe gen gwo sousi youn pou lòt.
Yo ta dwe vle pou frè ak sè yo
rete pwòch ak Jewova,
pou yo an sante, an sekirite e pou yo
gen sa yo bezwen pou yo viv chak jou.”
Tanpri, kontinye priye pou tout
frè ak sè nou yo toupatou sou tè a
ki viktim anba katastwòf.
E nou vrèman rekonesan pou tout
volontè nou genyen k ap pote èd yo
nan domèn espirityèl, fizik ak
materyèl, e ou ladan l tou.
Mèsi pou priye nou ak ofrann nou
ki pèmèt travay sekou sa a posib.
Frè ak sè nou yo, sa ankouraje n
anpil lè n wè jan nou toujou chofe
pou travay predikasyon an
malgre eprèv nou rankontre.
E sa parèt klè nan dènye kanpay
mondyal nou te genyen an.
Nan mwa septanm 2025 lan,
nou te vrèman kontan ofri
sou tout tè a <i>Toudegad</i> ki gen tit:
“Pap gen lagè ankò — Ki jan?”
Nou te envite moun ki enterese yo
asiste diskou espesyal la tou.
Men kèk eksperyans ankourajan
frè ak sè yo te fè pandan kanpay la.
Gen yon sè nan peyi Ajantin ki te
fè yon efò espesyal pou l preche
pandan lè poz nan travay li.
Li te konnen dam ki patwon l lan
se yon ansyen etidyan Labib.
Donk, li te pale de
kanpay espesyal la,
e li te pwofite ankouraje l tou
pou l repran etid la.
Annapre, sè a te vin aprann te
gen de nan kòlèg travay li yo
ki te tande konvèsasyon an
e ki te gen anpil kesyon.
Apre konvèsasyon an, toulede
kòlèg yo te aksepte yon etid Labib.
Nan demen, patwon an te aksepte
pou l rekòmanse etid Labib la.
Kounye a, toule twa ap etidye e de
ladan yo te asiste diskou espesyal la.
Nan peyi Beljik, gen yon dam ki te byen
akeyi de sè ki te vin frape nan pòt li.
Lè sè yo te montre l <i>Toudegad</i> yo
t ap prezante a, li te aksepte l tousuit.
Lè sè n yo te retounen, dam nan te di
yo li t ale sou sit Entènèt nou an tou.
Li te gade videyo <i>Poukisa</i>
<i>Bondye pèmèt soufrans</i>? lan.
Li fè konnen videyo a te reponn kesyon l yo
yon fason ki klè e ki te konsole l.
Sè yo te ofri l yon etid Labib
e li te aksepte.
Dam nan te asiste diskou espesyal la
e li te suiv avèk atansyon.
Apre reyinyon an, dam nan te di li
vrèman kontan pou l avèk moun
k ap sèvi Bondye toutbon.
Li kontinye ap etidye Bib la
ak kè kontan.
Eksperyans sa yo se
yon ti apèsi toupiti
sou sa k te pase pandan
kanpay espesyal la.
Kounye a, ann fè yon gade
rapò sou travay predikasyon an
pou ane sèvis 2025 lan.
Tèks pou ane 2025 lan
ankouraje nou pou n
“onore Jewova pou
glwa non l merite”.
E se sa Temwen Jewova
toupatou sou tè a te fè.
Nou kontan pou n wè kounye a nou
anviwon 9 047 083 pwoklamatè.
Sa reprezante 2.5 pousan akwasman.
Mete sou sa, pami 241 peyi kote
nou preche bon nouvèl la,
gen 96 ladan yo ki fè konnen se premye
fwa yo vin gen tout kantite pwoklamatè sa yo.
Apre kanpay nou te ofri etid Labib
toupatou sou tè a
an septanm 2024 la,
gen plizyè filyal ki te òganize
kanpay predikasyon nan tèritwa yo
pandan ane sèvis sa a.
Li klè, Jewova te beni travay frè
ak sè yo te fè pou yo
kòmanse konvèsasyon
e pou yo ofri etid Labib.
Pa egzanp,
soti jen rive out 2025,
frè ak sè nan Pewou te patisipe
nan kanpay predikasyon.
Poukisa yo te fè sa?
Pou yo rive preche moun ki nan
senk zòn diferan nan peyi a.
Pami zòn sa yo genyen ki te
toupre rivyè Amazòn nan
pou rive byen wo
nan mòn Lèzann yo.
Ki jan moun yo te reyaji?
Pandan kanpay la,
te gen prèske 10 000 moun
ki te montre yo enterese
nan etid Labib nou fè a,
e ki te vle konnen plis.
Konsa tou, pou mwa jiyè
ak mwa out 2025 lan,
gen plizyè milye frè ak sè ki te patisipe
nan premye kanpay predikasyon
ki te fèt nan pwovens
ki nan lwès peyi Zanbi yo.
Yo panse gen 1.3 milyon moun k ap viv
nan bèl zòn sa a ki gen anpil espas.
Pou anpil nan moun k ap viv nan
zòn ki lwen nan pwovens sa a,
se te premye fwa yo te
tande mesaj nan Bib la.
Ki jan yo te reyaji?
Pandan kanpay la, gen plis pase
24 500 moun ki te mande yon etid Labib.
Se bèl bagay!
Wi, jaden yo
pare pou rekòt la.
Anfèt, sou tout tè a, gen yon
akwasman 1.6 pousan
nan kantite etid biblik ki te fèt
pou ane sèvis ki sot pase a.
E sa ankourajan lè n konnen
gen 304 643 moun ki te
batize pandan ane sèvis sa a.
Sa reprezante yon akwasman 2.8
pousan parapò ak ane anvan an.
Ki kantite moun
ki te asiste Memoryal?
Nou kontan konnen gen yon total
20 635 015 moun ki te asiste Memoryal.
E gen 15 peyi ki fè konnen
se premye fwa yo te gen
kantite moun yo te genyen an!
Ann tande kèk lòt chif enteresan
nan rapò pou ane sèvis 2025 lan.
Nan Filipin, nou te gen
yon nouvo maksimòm
anviwon 268 200 pwoklamatè.
E sa pa gen lontan, chak mwa pandan
37 mwa nou gen yon nouvo maksimòm
nan kantite pyonye pèmanan, ki rive
kounye a plis pase 79 000.
Sa fè anviwon 531 nouvo
pyonye pèmanan chak mwa.
Nan peyi Meksik, nou te gen yon nouvo
maksimòm 879 024 pwoklamatè.
E nou te gen
yon nouvo maksimòm
nan pyonye pèmanan, kounye a
yo plis pase 173 000.
Nan Endonezi nou te gen
yon maksimòm nan
kantite pwoklamatè yo,
kounye a nou 32 371.
Sa reprezante yon akwasman
3 pousan parapò ak ane anvan an.
Mete sou sa, nou vin gen yon nouvo
maksimòm nan kantite pyonye pèmanan,
kounye a yo plis pase 7 100.
Nan peyi Angola nou te gen 6 pousan
akwasman sou kantite pwoklamatè yo.
Sa ki te fè nou plis pase 184 000,
sa ki te yon nouvo maksimòm.
Men apre sa,
nan mwa septanm nan,
nou te anrejistre yon nouvo maksimòm
nan kantite pwoklamatè yo,
kounye a nou se
190 939 pwoklamatè.
Nan peyi Zimbabwe
nou kontan gen
yon nouvo maksimòm nan
pwoklamatè yo: plis pase 53 700.
Se yon akwasman 7 pousan.
Mete sou sa, nou te gen yon nouvo
maksimòm pyonye pèmanan,
plis pase 10 600
pyonye pèmanan.
Nan Kongo (Kinchasa),
nou te gen 11 pousan akwasman
nan kantite pwoklamatè yo,
sa fè nou vin plis pase 297 000.
Te gen nouvo maksimòm tou
nan kantite etid Labib nou kondui
ak kantite moun
ki asiste Memoryal la.
Anfèt, te gen plis pase 1.4 milyon
moun ki te asiste Memoryal la.
Sa se plis pase kat fwa kantite
pwoklamatè nou genyen.
Nan peyi Lafrans
nou kontan fè konnen
nou te gen yon nouvo
maksimòm pwoklamatè
kounye a nou 139 548.
Nan Madagaska, te gen 7 pousan
akwasman nan kantite pwoklamatè yo.
Sa fè nou gen yon maksimòm
plis pase 44 500 pwoklamatè.
Te gen prèske kat fwa kantite moun
sa a ki te asiste Memoryal la.
Sa ki reprezante yon nouvo
maksimòm 176 453 moun.
Nan Brezil nou te gen yon
nouvo maksimòm,
plis pase 930 000 pwoklamatè.
Men apre sa,
an septanm nou vin gen
yon lòt nouvo maksimòm,
plis pase 940 000 pwoklamatè.
Sa yo se sèlman kèk chif enteresan
nan rapò sèvis pou ane 2025 lan.
Sa montre Jewova
te beni travay la.
E sa montre jan nou chofe
nan travay predikasyon an.
E n ap pwofite felisite nou
paske nou patisipe nan “onore
Jewova pou glwa non l merite”.
Jan nou sot wè nan videyo sa a,
frè ak sè nou yo pa epaye anba gwo
pwoblèm tankou katastwòf natirèl.
Men sa pa fè yo
“sispann fè sa ki byen”.
Jewova kontinye bay moun
fidèl sa yo fòs e li beni yo.
E li beni nou chak
pou nou kontinye bay
tout nou menm nan
travay predikasyon an.
E nou swete pou nou kontinye bay
Jewova sa nou genyen ki pi bon an.
Frè ak sè nou yo tanpri,
sonje nou renmen nou anpil
e nou kontinye priye pou nou.
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo
se te Tele JW.
-