00:00:01
Nou kontan akeyi nou! 00:00:04
00:00:04
Nan videyo sa a, nou pral
pale sou fason seri00:00:08
00:00:08
Lavi Jezi ak travay predikasyon lsou tè a 00:00:12
00:00:12
gen bon efè sou moun yo.00:00:14
00:00:14
Men anvan sa, n ap ban
nou kèk enfòmasyon.00:00:17
00:00:18
Jan nou te di sa nan
dènye enfòmasyon an,00:00:21
00:00:21
nan mwa oktòb 2025 lan, 00:00:23
00:00:23
siklòn Melissa te frape
plizyè peyi nan Karayib la. 00:00:27
00:00:28
Li kraze prèske 70 kay frè ak sè nan
Kiba san konte plis 600 kay li andomaje.00:00:37
00:00:37
Mete sou sa, gen plizyè epidemi
ki gaye depi apre siklòn nan 00:00:41
00:00:41
tankou deng, chikoungounya
ak lòt ankò.00:00:45
00:00:46
Malerezman, rive nan
kòmansman mwa desanm nan, 00:00:50
00:00:51
gen plizyè nan frè ak sè nou yo
ki mouri akoz maladi sa yo, 00:00:56
00:00:56
e gen anpil lòt ki enfekte. 00:00:58
00:00:59
Komite sekou a bay frè ak sè
nan zòn ki afekte yo moustikè,00:01:05
00:01:05
bagay pou pase sou kò yo ak
konsèy pou evite maladi sa yo.00:01:11
00:01:12
Nou vrèman apresye efò tout
moun ap fè pou pote sekou yo. 00:01:17
00:01:17
N ap priye pou frè ak
sè nou yo nan Kiba00:01:20
00:01:20
e pou frè ak sè k ap ede yo
nan moman difisil sa a. 00:01:25
00:01:25
Nou konnen Jewova, “Bondye
tout konsolasyon an”, ap00:01:29
00:01:29
avèk moun ki nan lapenn
akoz moun pa yo ki mouri.00:01:33
00:01:35
Sa pa gen lontan, Kolèj santral la te
deside apati 1ye janvye 2026,00:01:41
00:01:42
frè ki gen 80 an oswa plis pap
sèvi kòm manm Komite filyal ankò. 00:01:48
00:01:48
Men, frè sa yo nou renmen anpil
ap kontinye la pou bay konsèy.00:01:54
00:01:54
Konsa, frè yo nan Komite filyal la
ak manm fanmi Betèl la ap00:01:59
00:01:59
kontinye aprann nan
men frè sa yo. 00:02:01
00:02:02
Nou vrèman apresye bèl travay
frè fidèl sa yo ak madam yo fè.00:02:09
00:02:10
Ane sa a, te gen de kongrè espesyal
nan Jakata, peyi Endonezi.00:02:16
00:02:16
Premye a te fèt nan dat
12 rive 14 desanm 2025 lan.00:02:20
00:02:21
Te gen plis pase 3 300 delege
ki te soti nan nèf peyi. 00:02:25
00:02:26
Te gen plis pase 13 600 moun
ki te asiste kongrè a.00:02:30
00:02:31
E nou kontan pou n wè
136 moun ki te batize.00:02:35
00:02:37
E nan semèn k ap vini yo00:02:39
00:02:39
pral gen twa lòt kongrè
espesyal ankò ki pral fèt. 00:02:42
00:02:42
Nan kongrè nou yo nou kontan
aprann verite ki nan Bib la00:02:47
00:02:47
e nou kontan pase tan
ak frè ak sè nou yo. 00:02:50
00:02:50
Epitou, nou te kontan anpil
pou nou gade twa epizòd00:02:54
00:02:55
Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a.00:02:59
00:03:00
Lè yo te fèk anonse l nan
reyinyon ànyèl 2020 an,00:03:05
00:03:05
se pa ti kontan anpil
moun te kontan.00:03:07
00:03:08
Men, gen kèk moun
ki te k ap mande:00:03:11
00:03:11
‛Èske l ap disponib yon jou
nan lang mwen an?’00:03:13
00:03:14
Grasa èd Jewova, premye epizòd la,
yo te tradui l nan plis pase 450 lang.00:03:23
00:03:24
Pou kounye a, Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a00:03:28
00:03:28
disiponib pou plis moun. 00:03:30
00:03:30
Jiska prezan yo tradui l
nan omwen 514 lang!00:03:36
00:03:37
Te gen plis pase 80 nan lang
sa yo anvan sa ki potko tradui00:03:42
00:03:42
liv Matye, Mak, Lik ak Jan an! 00:03:44
00:03:45
E gen plis pase 40 nan
lang sa yo se te lang siy. 00:03:49
00:03:50
Kounye a, pifò moun kapab gade00:03:52
00:03:52
Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a nan yon lang yo ka konprann.00:03:57
00:03:59
Ki sa yo di apre
yo fin gade l? 00:04:01
00:04:01
Ann tande kèk nan yo.00:04:03
00:04:04
Nan kongrè a, gen yon bagay
ki te vrèman touchan,00:04:08
00:04:08
se ... se premye fwa nou te gen posiblite
gade yon dram nan lang gwennlandè.00:04:16
00:04:16
Tout moun nan asistans lan te vrèman
konsantre e pa t gen yon ti bri. 00:04:21
00:04:21
Fim nan te tèlman bon,
tèlman enteresan.00:04:25
00:04:25
Mwen te konsantre nèt.00:04:27
00:04:27
Je m pa t sot sou ekran an.00:04:29
00:04:29
Nou te envite yon mesye
ki soud vin asiste kongrè a.00:04:33
00:04:33
Li te vini nan samdi. 00:04:34
00:04:34
Men, lè l te wè se te yon bagay
ki te gen rapò ak relijyon,00:04:37
00:04:37
li pa t kontan.00:04:39
00:04:39
Men, nou te di l, pral gen
yon fim nan lang siy00:04:42
00:04:42
e l te ka jis gade l,
epi apre sa li ale.00:04:45
00:04:45
Li te dakò, e apre l fin gade
fim nan li te tèlman enterese00:04:50
00:04:50
li te rete pou rès kongrè a. 00:04:51
00:04:52
Lè m te wè Zakari ak zanj lan
k ap pale lang mwen...00:04:56
00:05:03
... sa te fè m vrèman kontan
e sa te ankouraje m.00:05:06
00:05:06
Mwen te wè Jewova gen
sousi pou mwen toutbon.00:05:09
00:05:09
Mwen te di nan kè m, se pou
mwen vre yo te fè videyo sa a.00:05:15
00:05:16
Mwen panse, se pi gwo kado Jewova
ban mwen depi lè m kòmanse sèvi l. 00:05:22
00:05:23
Nou kontan anpil nan yo te
ka gade l nan lang yo!00:05:26
00:05:27
Ki jan videyo sa a te
ede frè ak sè nou yo?00:05:31
00:05:32
Men sa yon fanmi te ekri:00:05:34
00:05:34
“Grasa Tradiksyon Monn Nouvo a
nou ka li istwa lavi Jezi.00:05:39
00:05:39
Grasa anrejistreman odyo yo
nou ka tande istwa sa yo.00:05:44
00:05:44
Men kounye a, grasa Lavi Jezi a travay predikasyon l sou tè a,00:05:48
00:05:48
nou ka wè, tande e pi byen
konprann ki kalite moun Jezi te ye!”00:05:54
00:05:54
Men sa yon sè te ekri:00:05:57
00:05:57
“Mwen te toujou panse li difisil
pou lòt moun renmen m.00:06:00
00:06:01
Jezi, yon moun pafè, te vini sou
tè a kòm reprezantan Papa l.00:06:06
00:06:06
Men, lè m t ap li istwa sou
lavi l, m te toujou imajine l00:06:11
00:06:11
kòm yon moun ki serye anpil. 00:06:13
00:06:13
E gen kèk istwa m te
menm imajine li strik.00:06:17
00:06:17
Se konsa m te wè Jewova tou.00:06:20
00:06:20
Mwen te eseye imajine ki jan
sa t ap ye nan istwa sa yo00:06:24
00:06:25
si se mwen ki ta an prezans Jezi. 00:06:29
00:06:29
Kounye a, m konnen ki
moun Jezi te ye.00:06:32
00:06:32
Lè m ap li istwa sou
lavi l nan Bib la,00:06:35
00:06:35
mwen konnen li se yon moun
ki toujou renmen moun,00:06:38
00:06:38
ki janti e mwen menm
imajine l k ap souri.00:06:42
00:06:42
Mwen vle di nou mèsi
paske nou montre m00:06:46
00:06:46
ki moun Jezi ak
Jewova ye toutbonvre.”00:06:51
00:06:52
Mwen sèten anpil nan nou santi
nou menm jan ak frè ak sè sa yo. 00:06:57
00:06:57
Yon lòt bagay Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a pèmèt00:07:01
00:07:01
anpil pwoklamatè fè,
se rive bay temwayaj.00:07:04
00:07:04
Mwen konnen n ap renmen
eksperyans ki vin apre yo. 00:07:07
00:07:08
Mwen te konn gen bèl konvèsasyon
ak yon kolèg travay mwen00:07:11
00:07:11
ki vrèman renmen Bib la.00:07:14
00:07:14
Mwen te envite l nan kongrè
men, malerezman, li pa t ka asiste. 00:07:18
00:07:18
Donk, mwen te voye lyen pou
toule twa epizòd Lavi Jezi a pou li. 00:07:22
00:07:22
Li te renmen yo.00:07:23
00:07:23
Li te tèlman renmen yo,
li te pran plizyè semèn00:07:26
00:07:26
anvan l gade twazyèm epizòd la
paske l pa t vle l fini. 00:07:29
00:07:29
Sa l te pi renmen se paske li kapab
annik ouvè Bib la epi suiv istwa ladan l.00:07:34
00:07:34
Mwen panse videyo yo te
tèlman gen efè sou li,00:07:37
00:07:37
sa te fè l aksepte etidye Labib. 00:07:39
00:07:39
Nou gentan fè sis
premye leson nan liv, 00:07:41
00:07:41
Ou kapab viv akkè kontan pou toutan an.00:07:43
00:07:43
Li renmen etid la e l te asiste
de reyinyon, li te renmen yo tou.00:07:47
00:07:47
Sa fè m kontan anpil
lè m wè tout apresyasyon l00:07:49
00:07:49
genyen pou gwo kado sa a
Jewova ban nou. 00:07:53
00:07:53
Ala yon bèl eksperyans! 00:07:55
00:07:55
Fè yon ti reflechi,00:07:57
00:07:57
kounye a lè nou rankontre
yon moun ki di nou:00:08:00
00:08:00
“Temwen Jewova yo
pa kwè nan Jezi.”00:08:02
00:08:02
Mmm, mmm, nou gen yon bèl
repons nou ka ba yo,00:08:05
00:08:05
montre yo videyo Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a.00:08:09
00:08:10
Anvan sa, nou te pale de
efò nou te fè pou nou tradui 00:08:14
00:08:14
Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a nan anpil lang.00:08:17
00:08:18
Men, nou fè yon efò espesyal
tou pou nou fè kongrè a00:08:22
00:08:22
disponib nan pi plis lang posib. 00:08:26
00:08:26
Pa egzanp, gen kèk frè ak sè
ki pa gen kongrè a00:08:29
00:08:29
pandan toule twa
jou yo nan lang yo.00:08:31
00:08:32
Byen souvan, se akoz pa gen
ase oratè kalifye nan lang yo a. 00:08:38
00:08:38
Se sa k fè, gen kèk lang yo fè
kongrè a sèlman yon jou oswa de jou.00:08:45
00:08:46
Pou ka ede yo gen kongrè a
nan toule twa jou nan lang yo,00:08:50
00:08:50
Kolèj santral la vin ak yon
nouvo dispozisyon.00:08:53
00:08:53
Nan mwa me 2025, yo te
anrejistre yon kongrè ann anglè. 00:08:59
00:08:59
Yo te voye diskou yo bay filyal yo
pou yo ka tradui yo00:09:04
00:09:04
epi anrejistre yo pou lang
sa yo ka itilize yo. 00:09:09
00:09:10
Kolèj santral la ankouraje
filyal yo pou se oratè lokal yo00:09:13
00:09:13
ki prezante diskou yo
otank posib.00:09:15
00:09:15
Men, si pa gen yon
oratè ki disponib,00:09:17
00:09:17
yo ka sèvi ak diskou ki
anrejistre yo nan pwogram nan.00:09:21
00:09:22
Nòmalman, nou ankouraje
frè ak sè yo pou yo kontinye00:09:26
00:09:26
reyini an pèsòn e pou yo tande
diskou yo andirèk otank posib. 00:09:31
00:09:31
Men, nou rekonesan anvè Jewova
paske li ede nou yon fason00:09:36
00:09:37
pou pi plis frè ak sè ka tande toule twa
jou kongrè yo nan pwòp lang pa yo. 00:09:43
00:09:44
Nou vrèman rekonesan anvè
frè ak sè yo ki travay di00:09:49
00:09:50
pou ka gen kongrè yo
toupatou sou tè a.00:09:52
00:09:54
Men, anvan nou fini, nou kontan
fè nou konnen gen yon00:09:57
00:09:57
nouvo videyo ki parèt, se entèvyou
avèk frè Negede Teklemariam. 00:10:03
00:10:03
Okòmansman, l ap soti ann anglè. 00:10:06
00:10:06
Men, pi devan l ap vin
disponib nan lòt lang yo.00:10:09
00:10:10
Nou ankouraje w gad videyo sa a
pou w wè sa k te fè frè nou an andire.00:10:14
00:10:14
Lafwa w ap fòtifye tank w ap wè
jan Jewova te ede frè nou yo00:10:19
00:10:19
andire fidèlman pandan plis pase 26 an
nan kondisyon ki difisil nan prizon yo. 00:10:26
00:10:26
Apre w fin gade videyo sa a,00:10:28
00:10:28
san dout w ap anvi fè
sa ki nan Ebre13:3 ki di:00:10:32
00:10:32
“Sonje moun ki nan prizon yo, tankou
nou te nan prizon ansanm avèk yo, 00:10:38
00:10:38
e sonje moun y ap maltrete yo,
kòmsi nou t ap soufri avèk yo.”00:10:43
00:10:44
Rive 12 desanm 2025,
gen 270 frè ak sè00:10:51
00:10:51
toupatou sou tè a ki nan
prizon pou lafwa yo.00:10:55
00:10:55
Tanpri, kontinye priye pou
adoratè fidèl Jewova sa yo. 00:11:01
00:11:02
Nan videyo sa a, èske sa pa t
bèl pou nou wè jan Jewova00:11:06
00:11:06
pran swen pèp li a nan domèn
espirityèl toupatou sou tè a?00:11:11
00:11:11
Sa ann amoni ak bèl pawòl
Sòm 145:16 di konsènan Jewova: 00:11:16
00:11:16
“Ou ouvri men w e w bay tout
sa k vivan sa yo ta renmen.”00:11:21
00:11:22
E n ap priye pou Jewova kontinye
beni frè ak sè nou yo k ap travay di 00:11:27
00:11:27
pou rès epizòd Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a.00:11:31
00:11:32
Frè ak sè nou yo tanpri, sonje sa,
nou renmen nou anpil anpil!00:11:37
00:11:38
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo00:11:40
00:11:41
se te Tele JW!00:11:44
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #8 (2025)
-
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #8 (2025)
Nou kontan akeyi nou!
Nan videyo sa a, nou pral
pale sou fason seri
<i>Lavi Jezi ak travay</i>
<i>predikasyon l</i><i> </i><i>sou tè a </i>
gen bon efè sou moun yo.
Men anvan sa, n ap ban
nou kèk enfòmasyon.
Jan nou te di sa nan
dènye enfòmasyon an,
nan mwa oktòb 2025 lan,
siklòn Melissa te frape
plizyè peyi nan Karayib la.
Li kraze prèske 70 kay frè ak sè nan
Kiba san konte plis 600 kay li andomaje.
Mete sou sa, gen plizyè epidemi
ki gaye depi apre siklòn nan
tankou deng, chikoungounya
ak lòt ankò.
Malerezman, rive nan
kòmansman mwa desanm nan,
gen plizyè nan frè ak sè nou yo
ki mouri akoz maladi sa yo,
e gen anpil lòt ki enfekte.
Komite sekou a bay frè ak sè
nan zòn ki afekte yo moustikè,
bagay pou pase sou kò yo ak
konsèy pou evite maladi sa yo.
Nou vrèman apresye efò tout
moun ap fè pou pote sekou yo.
N ap priye pou frè ak
sè nou yo nan Kiba
e pou frè ak sè k ap ede yo
nan moman difisil sa a.
Nou konnen Jewova, “Bondye
tout konsolasyon an”, ap
avèk moun ki nan lapenn
akoz moun pa yo ki mouri.
Sa pa gen lontan, Kolèj santral la te
deside apati 1ye janvye 2026,
frè ki gen 80 an oswa plis pap
sèvi kòm manm Komite filyal ankò.
Men, frè sa yo nou renmen anpil
ap kontinye la pou bay konsèy.
Konsa, frè yo nan Komite filyal la
ak manm fanmi Betèl la ap
kontinye aprann nan
men frè sa yo.
Nou vrèman apresye bèl travay
frè fidèl sa yo ak madam yo fè.
Ane sa a, te gen de kongrè espesyal
nan Jakata, peyi Endonezi.
Premye a te fèt nan dat
12 rive 14 desanm 2025 lan.
Te gen plis pase 3 300 delege
ki te soti nan nèf peyi.
Te gen plis pase 13 600 moun
ki te asiste kongrè a.
E nou kontan pou n wè
136 moun ki te batize.
E nan semèn k ap vini yo
pral gen twa lòt kongrè
espesyal ankò ki pral fèt.
Nan kongrè nou yo nou kontan
aprann verite ki nan Bib la
e nou kontan pase tan
ak frè ak sè nou yo.
Epitou, nou te kontan anpil
pou nou gade twa epizòd
<i>Lavi Jezi ak travay</i>
<i>predikasyon l sou tè a</i>.
Lè yo te fèk anonse l nan
reyinyon ànyèl 2020 an,
se pa ti kontan anpil
moun te kontan.
Men, gen kèk moun
ki te k ap mande:
‛Èske l ap disponib yon jou
nan lang mwen an?’
Grasa èd Jewova, premye epizòd la,
yo te tradui l nan plis pase 450 lang.
Pou kounye a<i>,</i><i> Lavi Jezi ak</i>
<i>travay predikasyon l sou tè a</i>
disiponib pou plis moun.
Jiska prezan yo tradui l
nan omwen 514 lang!
Te gen plis pase 80 nan lang
sa yo anvan sa ki potko tradui
liv Matye, Mak, Lik ak Jan an!
E gen plis pase 40 nan
lang sa yo se te lang siy.
Kounye a, pifò moun kapab gade
<i>Lavi Jezi ak travay predikasyon l</i>
<i>sou tè a </i>nan yon lang yo ka konprann.
Ki sa yo di apre
yo fin gade l?
Ann tande kèk nan yo.
Nan kongrè a, gen yon bagay
ki te vrèman touchan,
se ... se premye fwa nou te gen posiblite
gade yon dram nan lang gwennlandè.
Tout moun nan asistans lan te vrèman
konsantre e pa t gen yon ti bri.
Fim nan te tèlman bon,
tèlman enteresan.
Mwen te konsantre nèt.
Je m pa t sot sou ekran an.
Nou te envite yon mesye
ki soud vin asiste kongrè a.
Li te vini nan samdi.
Men, lè l te wè se te yon bagay
ki te gen rapò ak relijyon,
li pa t kontan.
Men, nou te di l, pral gen
yon fim nan lang siy
e l te ka jis gade l,
epi apre sa li ale.
Li te dakò, e apre l fin gade
fim nan li te tèlman enterese
li te rete pou rès kongrè a.
Lè m te wè Zakari ak zanj lan
k ap pale lang mwen...
... sa te fè m vrèman kontan
e sa te ankouraje m.
Mwen te wè Jewova gen
sousi pou mwen toutbon.
Mwen te di nan kè m, se pou
mwen vre yo te fè videyo sa a.
Mwen panse, se pi gwo kado Jewova
ban mwen depi lè m kòmanse sèvi l.
Nou kontan anpil nan yo te
ka gade l nan lang yo!
Ki jan videyo sa a te
ede frè ak sè nou yo?
Men sa yon fanmi te ekri:
“Grasa <i>Tradiksyon Monn Nouvo </i>a
nou ka li istwa lavi Jezi.
Grasa anrejistreman odyo yo
nou ka tande istwa sa yo.
Men kounye a, grasa <i>Lavi Jezi a</i>
<i> travay predikasyon l sou tè a</i>,
nou ka wè, tande e pi byen
konprann ki kalite moun Jezi te ye!”
Men sa yon sè te ekri:
“Mwen te toujou panse li difisil
pou lòt moun renmen m.
Jezi, yon moun pafè, te vini sou
tè a kòm reprezantan Papa l.
Men, lè m t ap li istwa sou
lavi l, m te toujou imajine l
kòm yon moun ki serye anpil.
E gen kèk istwa m te
menm imajine li strik.
Se konsa m te wè Jewova tou.
Mwen te eseye imajine ki jan
sa t ap ye nan istwa sa yo
si se mwen ki ta an prezans Jezi.
Kounye a, m konnen ki
moun Jezi te ye.
Lè m ap li istwa sou
lavi l nan Bib la,
mwen konnen li se yon moun
ki toujou renmen moun,
ki janti e mwen menm
imajine l k ap souri.
Mwen vle di nou mèsi
paske nou montre m
ki moun Jezi ak
Jewova ye toutbonvre.”
Mwen sèten anpil nan nou santi
nou menm jan ak frè ak sè sa yo.
Yon lòt bagay <i>Lavi Jezi ak travay</i>
<i>predikasyon l sou tè a</i> pèmèt
anpil pwoklamatè fè,
se rive bay temwayaj.
Mwen konnen n ap renmen
eksperyans ki vin apre yo.
Mwen te konn gen bèl konvèsasyon
ak yon kolèg travay mwen
ki vrèman renmen Bib la.
Mwen te envite l nan kongrè
men, malerezman, li pa t ka asiste.
Donk, mwen te voye lyen pou
toule twa epizòd <i>Lavi Jezi </i>a pou li.
Li te renmen yo.
Li te tèlman renmen yo,
li te pran plizyè semèn
anvan l gade twazyèm epizòd la
paske l pa t vle l fini.
Sa l te pi renmen se paske li kapab
annik ouvè Bib la epi suiv istwa ladan l.
Mwen panse videyo yo te
tèlman gen efè sou li,
sa te fè l aksepte etidye Labib.
Nou gentan fè sis
premye leson nan liv,
<i>Ou kapab viv ak</i><i> </i><i>kè</i>
<i>kontan pou toutan</i><i> an</i>.
Li renmen etid la e l te asiste
de reyinyon, li te renmen yo tou.
Sa fè m kontan anpil
lè m wè tout apresyasyon l
genyen pou gwo kado sa a
Jewova ban nou.
Ala yon bèl eksperyans!
Fè yon ti reflechi,
kounye a lè nou rankontre
yon moun ki di nou:
“Temwen Jewova yo
pa kwè nan Jezi.”
Mmm, mmm, nou gen yon bèl
repons nou ka ba yo,
montre yo videyo <i>Lavi Jezi ak</i>
<i>travay predikasyon l sou tè a</i>.
Anvan sa, nou te pale de
efò nou te fè pou nou tradui
<i>Lavi Jezi ak travay predikasyon l</i>
<i>sou tè a </i>nan anpil lang.
Men, nou fè yon efò espesyal
tou pou nou fè kongrè a
disponib nan pi plis lang posib.
Pa egzanp, gen kèk frè ak sè
ki pa gen kongrè a
pandan toule twa
jou yo nan lang yo.
Byen souvan, se akoz pa gen
ase oratè kalifye nan lang yo a.
Se sa k fè, gen kèk lang yo fè
kongrè a sèlman yon jou oswa de jou.
Pou ka ede yo gen kongrè a
nan toule twa jou nan lang yo,
Kolèj santral la vin ak yon
nouvo dispozisyon.
Nan mwa me 2025, yo te
anrejistre yon kongrè ann anglè.
Yo te voye diskou yo bay filyal yo
pou yo ka tradui yo
epi anrejistre yo pou lang
sa yo ka itilize yo.
Kolèj santral la ankouraje
filyal yo pou se oratè lokal yo
ki prezante diskou yo
otank posib.
Men, si pa gen yon
oratè ki disponib,
yo ka sèvi ak diskou ki
anrejistre yo nan pwogram nan.
Nòmalman, nou ankouraje
frè ak sè yo pou yo kontinye
reyini an pèsòn e pou yo tande
diskou yo andirèk otank posib.
Men, nou rekonesan anvè Jewova
paske li ede nou yon fason
pou pi plis frè ak sè ka tande toule twa
jou kongrè yo nan pwòp lang pa yo.
Nou vrèman rekonesan anvè
frè ak sè yo ki travay di
pou ka gen kongrè yo
toupatou sou tè a.
Men, anvan nou fini, nou kontan
fè nou konnen gen yon
nouvo videyo ki parèt, se entèvyou
avèk frè Negede Teklemariam.
Okòmansman, l ap soti ann anglè.
Men, pi devan l ap vin
disponib nan lòt lang yo.
Nou ankouraje w gad videyo sa a
pou w wè sa k te fè frè nou an andire.
Lafwa w ap fòtifye tank w ap wè
jan Jewova te ede frè nou yo
andire fidèlman pandan plis pase 26 an
nan kondisyon ki difisil nan prizon yo.
Apre w fin gade videyo sa a,
san dout w ap anvi fè
sa ki nan Ebre13:3 ki di:
“Sonje moun ki nan prizon yo, tankou
nou te nan prizon ansanm avèk yo,
e sonje moun y ap maltrete yo,
kòmsi nou t ap soufri avèk yo.”
Rive 12 desanm 2025,
gen 270 frè ak sè
toupatou sou tè a ki nan
prizon pou lafwa yo.
Tanpri, kontinye priye pou
adoratè fidèl Jewova sa yo.
Nan videyo sa a, èske sa pa t
bèl pou nou wè jan Jewova
pran swen pèp li a nan domèn
espirityèl toupatou sou tè a?
Sa ann amoni ak bèl pawòl
Sòm 145:16 di konsènan Jewova:
“Ou ouvri men w e w bay tout
sa k vivan sa yo ta renmen.”
E n ap priye pou Jewova kontinye
beni frè ak sè nou yo k ap travay di
pou rès epizòd <i>Lavi Jezi ak</i>
<i>travay predikasyon l sou tè a</i>.
Frè ak sè nou yo tanpri, sonje sa,
nou renmen nou anpil anpil!
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo
se te Tele JW!
-