JW subtitle extractor

Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 1 (2026)

Video Other languages Share text Share link Show times

Frè ak sè nou yo,
nou kontan la avèk nou.
Nan videyo sa a nou pral pale
sou fason n fè etid nan liv
Ou kapab viv ak kè
kontan pou toutan! an.
Men, anvan sa a,
n ap ban n kèk enfòmasyon.
Depi apre dènye enfòmasyon an,
gen twa lòt kongrè espesyal ki fèt.
Soti 26 desanm 2025,
pou rive 28 desanm 2025,
gen yon dezyèm kongrè espesyal
ki te fèt nan Jakata nan peyi Endonezi.
Nan menm wikenn sa a,
gen yon kongrè espesyal ki te fèt
tou nan vil Lome nan peyi Togo.
Epi, soti 9 rive 11 janvye 2026,
gen yon kongrè espesyal
ki te fèt nan Oklan,
nan Nouvèl Zelann.
Se premye fwa gen yon gwo kongrè
konsa ki fèt nan Nouvèl Zelann.
Se premye fwa nan prèske 50 an
tout pwoklamatè nan Nouvèl Zelann yo
te reyini menm kote pou
yo asiste yon kongrè.
Moun k ap travay nan lokal kote
kongrè a te fèt la te felisite
plizyè milye volontè yo pou jantiyès yo,
e pou fason yo te dispoze travay.
Moun k ap travay yo di, yo potko janm
wè yon bagay konsa anvan sa.
Chak fwa yo t ap pase, tout moun te
kontan salye yo, sa te fè yo sezi.
Yo vrèman pa t
atann yo ak tout sa.
Yo te menm di, si yo te kapab,
yo t ap sere tout jantiyès sa yo
pou lòt evènman k ap
gen nan lokal la.
Nan peyi Endonezi, gen youn
nan otorite yo ki di:
“Temwen Jewova yo byen òganize.
Se yon òganizasyon ki gen divès
kalite moun ladan l, e moun yo janti.
Yo toujou ap souri, e ou ka
wè yo pa sou blòf.”
Direktè stad nan Togo a te tèlman
sezi nan fason nou te byen òganize
ak fason tout bagay te
fèt annòd, li te di:
“Mwen te santi m te prèske anvi fè yo
batize m kòm Temwen Jewova.”
Pi gwo asistans nou te genyen pou
tout kongrè sa yo se te 68 178 moun.
E pami moun sa yo te gen plis
pase 8 000 delege ki soti nan 32 peyi.
E nou kontan aprann
gen 703 moun ki te batize.
Sa yo se te dènye kongrè
espesyal ki fèt.
Sa k fè sa?
Jan nou te deja fè konn sa,
apati ane 2026 la,
nou pap di kongrè espesyal ankò,
n ap di “kongrè entènasyonal”.
Yo planifye pou fè twa premye
kongrè yo nan mwa jen 2026 la.
Premye janvye 2026 la fè 50 an
depi Kolèj santral la te fè
yon gwo chanjman
nan fason l òganize.
Liv Prédicateurs a te fè konnen:
“Se youn nan pi gwo chanjman
Temwen Jewova yo fè
nan kesyon òganizasyon
pou epòk nou an.”
Ki chanjman l te ye?
Yo te vin mete sis komite sou pye ki
gen manm Kolèj santral la la ladan yo.
Se Komite pou Pèsonèl, Edisyon,
Sèvis, Ansèyman, Redaksyon,
ak sa nou konnen jodi a
kòm Komite Kowòdonatè yo.
Tout aktivite òganizasyon an ak
kongregasyon yo toupatou sou tè a
vin anba sipèvizyon komite sa yo.
E nan dat 1ye fevriye 1976,
Kolèj santral la te vin ak
yon lòt chanjman ki gen rapò
ak fason biwo filyal yo òganize.
Nan plas yon sèvitè filyal k ap òganize
travay la nan tèritwa filyal kote li ye a,
Kolèj santral la te vin mete Komite
filyal sou pye ki gen pou pi piti,
twa ansyen ki gen eksperyans.
Li klè, Jewova beni chanjman sa a.
An 1976, te gen
2.1 milyon pwoklamatè.
Men jodi a, 50 an annapre, nou
plis pase 9 milyon pwoklamatè!
Nou vrèman kontan pou direksyon Jezi,
“chèf kongregasyon an”, ban nou.
L ap sipèvize travay predikasyon an,
e li beni efò nou fè pou nou
adapte metòd nou yo yon fason pou n
rive touche plis moun posib.
Nou tout te kontan patisipe nan kanpay
kote nou t ap prezante Toudegad:
“Pap gen lagè ankò — Ki jan?”
Nou jwenn rapò ki soti toupatou sou tè a,
ki fè konnen bèl eksperyans
frè ak sè yo te fè nan
prezante Toudegad sa a.
Toudegad la te touche moun yo akoz
tout dega k ap fèt jounen jodi a.
Sa fè nou wè peryodik nou yo toujou
yon bon zouti pou n sèvi
nan travay predikasyon an.
Jan nou konn sa, chak ane
nou gen twa Toudegad piblik,
ak twa Reveye n! nou ka itilize
nan travay predikasyon an.
Se yon lòt zouti k ap ede nou
kòmanse konvèsasyon ak moun yo
nan predikasyon e k ap ede nou
kòmanse etidye Labib avèk yo.
Pou mwa janvye a ak mwa fevriye a,
nou gen posiblite ofri
Toudegad piblik ki gen tit:
“Èske Bondye enterese nan ou?”
Lè n wè tout sa k ap pase nan monn nan,
vrèmanvre sijè sa a byen tonbe!
Se sèten, nou tout chofe pou n sèvi
ak Toudegad sa a nan predikasyon.
Asire w ou pran kèk nan
Toudegad sa a nan Sal Wayòm ou an.
An 2021, nou te gen yon nouvo zouti
pou nou etidye Labib ak moun yo
ki gen tit: Ou kapab viv ak
kè kontan pou toutan!
Depi lè sa a, gen plis pase
yon milyon moun ki batize!
Jan Jezi te di sa, anpil moun byen
reyaji devan verite ki nan Bib la.
Pa gen dout nan sa, nou tout
nou renmen etidye Labib ak moun
ki vrèman enterese konn laverite.
Ki enstriksyon nou genyen sou fason
pou n kapab byen kondui yon etid Labib
nan liv Ou kapab viv ak kè
kontan pou toutan! an?
An 2021, dokiman ki rele,
Fason pou n sèvi ak liv
Ou kapab viv ak kè kontan pou
toutan!” an nan travay predikasyon an,
yo rele tou S-196, te vin disponib
nan kongregasyon yo.
Epitou, bwochi Renmen moun epi
fè disip la, bay bonjan enstriksyon.
Pa egzanp, apendis C a gen tit:
Fason pou ou sèvi ak, “Ou kapab
viv ak kè kontan pou toutan!” an
pou kondui etid Labib.
Epitou, gen plizyè patisipasyon
nan reyinyon semèn nan,
e gen plizyè atik Toudegad ki ede nou
byen konnen fason pou n sèvi ak liv la.
Men, apre nou fin fè plizyè ane
ap sèvi ak liv sa a,
nou vin wè gen bagay
nou ta kapab fè pi byen.
Se sa k fè, nou kontan fè nou
konnen kèk nouvo enstriksyon
sou fason pou n sèvi ak liv la.
Ann pale sou kat bagay.
Premyèman: Ki kantite nan leson yo
nou dwe fè chak semèn?
Dezyèmman: Èske nou dwe
pase tout videyo yo?
Twazyèmman: Ki jan pou nou sèvi
ak seksyon “Aprann plis” la?
E katriyèmman: Ki sa n ka fè pou n
adapte etid la ak bezwen etidyan an?
Premyèman: Ki kantite nan leson
nou dwe fè chak semèn?
Fikse objektif pou ou fè yon leson
chak semèn, depi sa posib.
Se vre, pafwa etidyan nou an pa ka
fè tout yon leson nan yon semèn.
Yon bagay ki ka ede nou
fè yon leson chak semèn,
se evite pase yon pakèt tan ap pale sou
paragraf entwodiksyon nan leson yo.
Premye paragraf nan leson yo
sèlman la pou bay yon ide
sou sa yo pral pale
nan rès etid la.
Donk, pa pase yon pakèt tan
ap pale sou paragraf sa yo.
Ki jan nou ka fè sa?
Nou ka ankouraje etidyan nou yo
pou yo li entwodiksyon
chak leson lè y ap prepare etid la.
Si yo fè sa, nou pa bezwen
reli yo ankò pandan n ap fè etid la.
Nou ka annik reponn kesyon
ki ekri an lèt fonse yo,
epi li vèsè yo make “li” pou yo yo.
Sa ap ban nou plis tan pou nou
fè pati ki rele “Fouye plis” la.
Nan kèk lang, seksyon
“Fouye plis” la gen videyo ladan l.
Sa mennen nou nan
dezyèm kesyon an:
Èske n oblije jwe tout
videyo yo pandan etid la?
Okòmansman an, se sa nou
te mande pou nou fè.
Men, kounye a nou ta renmen
pote yon ti ajisteman.
Nou pa oblije pase
tout videyo yo.
Si gen yon videyo nou santi
ki pa aplike pou etidyan nou an,
nou pa oblije pase l.
N ap reyalis.
Si nou vle fè yon leson nan
chak etid ak etidyan an,
li ka pa posib pou nou
pase tout videyo yo.
Objektif la se pou
konvèsasyon an rete vivan,
pou etidyan an ka santi li enplike.
Se sa k fè, kou n fin priye
pou n prepare etid la,
n ap egzamine pou n wè kiyès
nan videyo yo n ap pase,
e ki videyo nou pap pase, sou
baz sa nou konnen sou etidyan an.
Gen kèk pwoklamatè ki ka pa
ka pase videyo yo
akoz pwoblèm Entènèt ki
gen nan zòn kote yo ye a.
Si se nan sitiyasyon sa w ye,
ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm
paske ou pa ka pase videyo yo.
Annik egzamine sa ki ekri nan liv, Ou
kapab viv ak kè kontan pou toutan! an.
Sonje sa a, se Bib la ki
prensipal liv n ap egzamine.
Lè nou pale sou vèsè yo,
ak sa ki ekri nan liv, Ou kapab viv
ak kè kontan pou toutan! an,
ou ka ede etidyan an aprann konnen
Jewova menmsi ou pa pase videyo.
Twazyèm kesyon an se:
Ki jan nou kapab sèvi
ak seksyon “Aprann plis” la?
Pandan etid la, li pa nesesè pou n egzamine
sa k nan seksyon “Aprann plis” la.
Yo fè seksyon sa a pou ede etidyan an
jwenn repons pou kèk kesyon
li ka genyen, oswa pou jwenn
enfòmasyon ki ka ede l.
Selon bezwen etidyan an,
nou ka annik ankouraje etidyan an
pou l egzamine poukont li,
kèk bagay nan seksyon sa a
nou panse ki kapab ede l.
Katriyèm kesyon an:
Ki jan n ka adapte etid la
ak bezwen etidyan an?
Yo fè liv la yon fason pou
chak leson ede etidyan an
aprann konnen laverite
yon fason ki lojik.
Donk, an jeneral, li pi bon pou
nou fè leson yo nan lòd yo ye a.
Men, nou kapab fleksib.
Selon bezwen etidyan an, nou ka
oblije sote youn oswa plizyè leson
pou n egzamine yon leson k ap itil li,
oswa n ka tounen dèyè pou n
fè yon leson nou te fè deja.
Pa egzanp, imajine etidyan an
fèk gen yon moun pa l ki mouri.
Si sa nesesè, ou ka chwazi
fè leson 29 la avè l:
“Ki sa k rive yon moun
lè l fin mouri?”
Apre sa, nou ka retounen
nan leson kote nou te ye a.
Nan kèk ka, nou ka estime gen yon
leson ki pa apwopriye pou etidyan an.
Sa ka rive, selon zòn
kote n ap viv la,
oswa selon koutim etidyan an,
gen yon leson ki pa aplikab.
Ki sa nou ta dwe fè?
Nou ka tou senpleman
pa fè leson sa a.
Pwen an?
Se pou nou fleksib, epi adapte
nou ak bezwen etidyan an.
Apot Pòl te yon moun ki fleksib.
Èske ou sonje sa li di nou jwenn
nan 1 Korentyen 9:20-22 a?
“Pou Juif, mwen vin tankou yon Juif,
pou m ka mennen Juif yo vin jwenn Kris.
Pou moun ki anba Lalwa, mwen vin
tankou yon moun ki anba Lalwa,
kwak mwen menm mwen
pa anba Lalwa,
pou m ka mennen moun
ki anba Lalwa yo vin jwenn Kris.
Pou moun ki san lwa, mwen
vin tankou yon moun ki san lwa,
pou m ka mennen moun
ki san lwa yo vin jwenn Kris,
byenke mwen pa san
lwa parapò ak Bondye,
men mwen anba lalwa
parapò ak Kris.
Pou moun ki fèb, mwen vin fèb,
pou m ka mennen moun
ki fèb yo vin jwenn Kris.
Mwen vin tout bagay
pou tout kalite moun,
pou m ka fè tout sa k posib
pou m sove kèk nan yo.”
Bon, gen kèk moun ki ka ap
poze tèt yo yon lòt kesyon:
E si etidyan an batize
anvan l fini liv la?
Ki sa pou nou fè?
Nou jwenn repons lan
nan Kolosyen 2:6, 7.
Nan vèsè sa yo, apot Pòl pale sou
objektif tout kretyen ki batize genyen.
Vèsè a di:
“Piske nou te aksepte Kris Jezi, Seyè a,
se pou nou kontinye mache ann inyon avèk li,
pou nou anrasinen nan li,
pou nou bati nan li,
pou nou vin fèm nan lafwa,
jan yo te anseye nou an,
e se pou nou pa
sispann di Bondye mèsi.”
Nou ta renmen pou etidyan n yo
“vin fèm nan lafwa”.
Nan ka sa a, ki sa pou n fè
si etidyan an gentan batize
anvan l fini liv la?
Nou dwe kontinye etidye avè l
jiskaske l fin fè tout liv la.
Sa ap ede l vin fèm nan lafwa.
Men, yon denye rapèl.
Se vre, pwoklamatè yo pa remèt
yon rapò sou kantite lè yo fè
nan travay predikasyon an ankò.
Men, pa bliye si w ap
kondui etid biblik,
ou dwe mete kantite etid biblik ou
kondui pandan mwa a nan rapò a.
Grasa enstriksyon nou bay
nan videyo sa a, l ap pi fasil
pou nou ede etidyan n yo
pwogrese pi vit,
e pou yo pi byen pwofite
etid Labib y ap fè a.
Nan videyo sa a, nou te wè
jan pèp Jewova a ini
nan vrè adorasyon an, lè yo nan kongrè,
nan chanjman yo fè nan fason yo òganize,
ak nan travay predikasyon an.
Nou te wè tou, fason pou n
pi byen fè etid biblik nan liv,
Ou kapab viv ak kè
kontan pou toutan! an.
Nou te wè, nou dwe adapte etid la
ak bezwen etidyan an
e n fè efò pou n fè
yon leson chak semèn.
Lè n suiv konsèy sa yo, n ap rive
ede moun yo vin disip Jezi.
Men, e si w santi w strese pou w
etidye Labib ak yon moun?
Sonje pawòl ankourajan nou
jwenn nan Filipyen 2:13 yo:
“Se Bondye ki fòtifye nou
ann amoni ak sa ki fè l plezi,
li ban nou volonte e li ban nou
fòs pou nou aji.”
Wi, mande Jewova pou l ba w
‘volonte e pou l ba w fòs’
pou w etidye Labib ak moun yo.
Kòm Jewova se Sila a ki bay
“tout bèl don ak tout kado pafè”,
ou ka sèten priyè w la
pap rete san repons.
Frè ak sè nou yo, nou renmen
nou anpil anpil e nou apresye
tout sa nou fè nan
travay predikasyon an.
Depi syèj mondyal Temwen
Jewova yo, se te Tele JW.