JW subtitle extractor

Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 2 (2026)

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou kontan nou ansanm frè ak
sè nou yo.
Nou pral pale sou plizyè pwen
enteresan nan videyo sa a.
Nan moman nou ye la nan ane a, n ap
panse ak Memoryal lanmò Kris.
Memoryal la ap fè nan dat k ap
jedi 2 avril la.
Y ap bay diskou espesyal la
nan semèn 23 mas la,
e tèm diskou a se:
“Kiyès ki pral repare tè a?”
Nan semèn ki pral vini la yo, nou gen
posiblite pou nou envite mezi moun posib
pou vin asiste diskou espesyal la
ak Memoryal la.
Petèt sitiyasyon w ka pèmèt ou
pran sèvis pyonye oksilyè.
Pandan mwa mas la ak mwa avril la,
ou ka pran sèvis pyonye oksilyè
swa pou 15 è swa pou 30 è.
Nou ka prepare kè nou pou
Memoryal la lè nou li e nou medite
sou evènman ki gen rapò ak lanmò
Jezi ak rezirèksyon l.
Sa ann amoni ak prensip nou jwenn
nan Ebre 12:3 ki di:
“Reflechi seryezman sou moun
sa a ki te andire [...]
pou nou pa fatige e pou nou
pa abandone.”
Tank nou pran san nou pou nou
medite sou egzanp Jezi,
n ap vin gen plis rekonesan pou Jezi
e pou Jewova e n ap vin plis renmen yo.
Epitou egzanp Jezi ap ankouraje nou
rete fidèl ak Jewova nan moman difisil yo.
Toudènyeman, pwogram lekti Labib
pou Memoryal la
te vin disponib kòm yon piblikasyon
nan JW Library.
Pwogram sa a pèmèt nou li evènman ki te pase anvan lanmò Jezi e apre lanmò Jezi
e li tou gen lyen pou li vèsè yo.
Pou nou ka jwenn pwogram sa a,
nou ka ale anba seksyon bwochi a.
Petèt ou ka twouve l itil pou
ajoute l nan favori.
Yon lòt bagay n ap genyen se
Adorasyon nan maten pou memoryal la.
L ap disponib sou jw.org apati 26 mas.
Sa pral bèl pou pèp Jewova toupatou sou tè a gade pwogram sa a nan dat k ap jedi 2 avril la.
Apre Memoryal la, nou pral gen posiblite
pou nou vizite moun ki enterese yo
e moun ki te asiste Memoryal la.
Objektif nou se kòmanse etid labib
ak mezi moun posib.
Epitou, nou ka kontinye itilize peryodik
nou yo lè n ap preche.
Pandan mwa mas ak mwa avril la, nou
ka itilize Reveye n! ki gen tit
Fason w ka jwenn soulajman anba strès”.
Moun yo vrèman bezwen mesaj
ankouraje sa jodi a.
Jan yo te di sa anvan sa, y ap deplase
filyal Itali a soti nan vil Wòm
pou al nan yon nouvo lokal nan vil
Bolòy.
Ann gade ki jan pwojè a ap vanse.
An 2019, gen yon atik jw.org
ki te fè konnen yo
t ap retire filyal Itali a Wòm yo t apral mete l Bolòy.
Nan fen atik la li di: N ap priye pou
Jewova kontinye beni pwojè sa a,
e pou nouvo lokal sa yo soutni travay
predikasyon k ap fèt ann Itali a,
yon tèritwa ki pare pou rekòt.
Nou wè jan Jewova te reponn priyè sa yo
malgre nou te jwenn anpil difikilte.
Nou kontan pataje kèk enfòmasyon
avè nou sou pwojè sa a.
An Septanm 2020, malgre pandemi
COVID-19 la,
yo te fini ak rezidans kote moun
t apral rete yo rele Viya Fwòyd.
Bilding sa gen 41 apatman, e se ladan l
moun depatman konstriksyon yo te rete.
Epi, an janvye 2022, nou te siyen
kontra pou bilding nou te achte an 2018 la
kote nou pral fè biwo yo,
e nou te jwenn otorizasyon pou nou konstwi
3 lòt bilding pou betelit yo rete.
Nou kontan tou dèske nouvo sant pou
vizitè yo nan filyal Bolòy la ouvè kounye a.
Lè moun vin vizite sant sa a, yo ka aprann
plis sou travay yo ka fè nan sèvis Jewova a.
Nan sèlman 15 mwa, sant pou vizitè yo
te resevwa plis pase 50 000 moun,
e yo te fè vizit yo nan 15 lang diferan.
Anpil moun fè konnen vizit la te fè
yo vin gen plis kè kontan
e l te fè yo vin gen plis rekonesans
pou fanmi frè ak sè nou fòme a.
Nou te travay ak frè nan syèj mondyal la
e gen frè nan Kolèj santral la ak
lòt frè ki te vizite nou,
sa te fè nou santi Jewova te
soutni pwojè a.
Yo te ede nou gen pasyans
e pou n rete kalm.
Yo te ankouraje pou nou gen konfyans
Jewova ap ede n nan bon moman
e yo fè sonje tou jan li enpòtan
pou n demontre apresyasyon
pou tout moun ki te travay nan pwojè a.
Anpil frè ak sè te pase anpil tan
e yo te bay fòs yo pou ede nan pwojè a
e yo te ede lòt fason tou.
Anpil frè ak sè te priye pou yo
wè ki lòt fason yo ka ede.
Genyen ki te redui nan lè yo travay.
E gen lòt ki te menm ki te travay yo
pou yo ede nan pwojè a.
E natirèlman, ann Itali, fason frè ak sè yo
montre yo donan
se lè yo fè bon manje pou nou.
Men, se pa Temwen Jewova sèlman
pwojè sa pral itil, l ap itil kominote a tou.
Anpil moun enpresyone pou yo wè jan nou te chanje
yon bilding ki te abandone nou fè l tounen yon bèl kote
e nou te menm fè yon jaden tout moun ka pwofite.
Nou ka ap mande nan ki pwen pwojè a
kounye a.
Nou kontan fè nou konnen nan 1ye mas
2025 lan,
Sal Wayòm ki fè pati nouvo filyal la te
fin konstwi,
e kounye a gen kat kongregasyon k ap
sèvi avè l.
Nan dat 30 janvye 2026 la, konpayi
konstriksyon an te fin bati bilding pou biwo a,
e kounye a komite pou konstriksyon
pwojè a ap fin fè finisyon yo.
Objektif nou se pou rive jen 2026,
depatman yo nan betèl la ka kòmanse travay nan nouvo biwo.
Apresa, n ap tann pou nou fini twa
bilding kote betelit yo pral rete yo.
Nou kontan pou nouvo bilding sa yo nou
genyen an
paske y ap pèmèt òganizasyon an fè
anpil ekonomi
e frè ak sè yo ap jwenn yon bèl kote pou
yo travay e pou yo viv.
Grasa nouvo apatman sa yo, pifò betelit
ap kapab viv nan menm lokal la.
Sa k ap fè l pi fasil pou nou ba yo sa yo
bezwen pou yo viv e pou yo travay.
Sòm 127:1 di:
“Si se pa Jewova ki bati kay la, se pou
granmesi travayè yo travay di pou yo fè kay la.”
Se ak tout kè nou n ap priye pou
Jewova kontinye bati kay sa
e pou nouvo lokal sa a fè non L jwenn glwa.
Nou di Jewova mèsi pou tout sa li
kontinye ban nou,
e nou di nou menm, frè ak sè nou yo,
mèsi tou pou èd nou.
N ap priye Jewova pou l kontinye vide
benediksyon l sou pwojè konstriksyon n ap fè sou tout tè a.
Toupatou sou tè a, frè ak sè nou yo kontinye
ap fè fas ak difikilte yo jwenn akoz katastwòf.
Nan peyi Malawi, sechrès ak inondasyon
lakòz rekòt yo pèdi
sa ki vin fè gen gwo rate manje.
Yo te nome 2 komite sekou.
Jiska prezan, gen prèske 4 000
frè ak sè nou yo
ki resevwa manje ak lòt bagay yo bezwen.
Nan kòmansman mwa fevriye a,
Siklòn Gezani te frape Madagaska.
Erezman, pa gen youn nan frè ak sè
nou yo ki te blese grav oswa ki mouri.
Men, gen 199 kay frè ak sè nou yo ki kraze
e gen 237 lòt ki sibi domaj.
Gen yon sal asanble ak twa Sal Wayòm
ki te sibi domaj tou.
Gen 2 komite sekou ki sou pye kounye a
k ap ede frè ak sè yo repare kay yo.
Tousuit apre siklòn nan te fin pase,
komite filyal la te jwenn otorizasyon
pou òganize yon reyinyon espesyal
pou moun ki te nan zòn ki te pi afekte yo.
Moun ki te asiste reyinyon sa a te
jwenn anpil fòs.
Jan nou te di sa nan kèk nan dènye
enfòmasyon Kolèj santral la bay,
Siklòn Melissa te kraze plizyè zile
nan Karayib la nan fen ane pase a.
Sa pa gen lontan, frè Jacob Rumph,
yon manm Kolèj santral la, te vizite frè ak sè yo nan Jamayik.
Yo te òganize yon reyinyon espesyal
ak kongregasyon ki te afekte yo
pou ba yo ankourajman ki baze
sou Bib la.
Nan fen ane ki sot pase a, moun peyi Filipin
te fè fas ak plizyè katastwòf nan sèlman sèt semèn.
Sa pa gen anpil tan, frè Paul Gillies,
yon frè k ap nan Komite kowòdonatè yo,
te vizite zòn nan.
Li te reyini ak frè ak sè nan zòn ki te
sibi plis dega yo
N ap kontinye priye pou tout frè ak tout sè
k ap fè fas ak katastwòf yo.
Sòm 145:18 ban nou asirans
“Jewova toupre tout moun ki rele l”
E nou di tout moun mèsi pou ofrann
nou fè ak tou kè nou
ki pèmèt nou ede frè ak sè k ap fè fas
ak gwo katastwòf sa yo.
Nou swete pou Jewova beni nou
paske nou donan e nou gen bonte.
Nan peyi Larisi, frè ak sè nou yo kontinye
ap fè fas ak pèsekisyon.
Anpil nan frè ak sè nou yo ki nan prizon malad
e yo bezwen wè doktè regilyèman.
Se sa k te rive frè Rustam Diarov.
Nan dat 17 fevriye 2026 la, yo te lage l
pou l ka jwenn swen medikal, paske li malad grav.
Li te nan prizon depi ane 2021.
Yo te ba l yon santans uitan prizon.
Apre yo fin lage l, yo te depòte l tousuit
nan peyi Ouzbekistan.
Kounye a, frè Diarov kapab suiv tretman
pou kansè la.
Frè ak sè yo nan Ouzbekistan te kontan
akeyi li menm ak Yelena, madanm li.
Pou rive 16 mas, gen 280 frè ak sè ki
nan prizon toupatou sou tè a poutèt lafwa yo.
E 181 ladan yo ki nan peyi Larisi.
Gen omwen 35 ladan yo ki gen yon
andikap oswa ki gen gwo pwoblèm sante.
N ap kontinye priye pou tout sèvitè fidèl Jewova
sa yo, pou fanmi yo ak kongregasyon yo.
Jewova se li menm ki sous lavi a, e li vle
nou respekte lavi a ki se yon kado.
Youn nan fason nou montre respekte lavi se
lè nou obeyi kòmandman li bay anrapò ak san.
Jewova te bay Noye ak tout moun ki vin
apre l yo kòmandman sa yo ki pa janm chanje.
“Sèlman nou pa dwe manje bèt ki ak
tout san nan li, paske san se lavi”.
Li te bay kretyen lòd tou pou yo evite
bèt ki mouri toufe e pou yo evite san.
Jounen jodi a, nou menm Temwen Jewova,
nou fè tout efò nou obeyi kòmandman sa a.
Sa gen efè tou sou desizyon n ap pran
konsènan tretman medikal ki gen rapò ak san.
Pandan ane ki sot pase yo, lè n ap
pran desizyon ki gen rapò ak san,
nou te konn suiv yon pawòl nan lwa Moyiz
la nou jwenn nan Levitik 17:13.
“Si yon Izrayelit oubyen yon etranje k ap
viv nan mitan nou al lachas
e li kenbe yon bèt nan bwa oswa yon zwazo
nou gen dwa manje, li dwe vide san bèt la
atè e li dwe kouvri san an ak tè.”
Men, èske kretyen yo gen pou yo
obeyi lwa sa a?
Repons lan klè e li senp: Non!
Premyèman, kretyen jodi a pa anba
lwa Moyiz la.
Jan apot Pòl di sa a, selon sa nou
jwenn nan Kolosyen 2:13, 14:
“Bondye [...] efase dokiman ki ekri
alamen an, dokiman se dekrè ki te ladan l e ki te opoze ak nou an,
e Li retire l lè Li kloure l sou poto soufrans lan.”
Se pou rezon sa a, kretyen yo pa
gen pou yo obeyi kòmandman ki di:
“Pou yo vide san an atè e pou yo kouvri l ak tè a.”
Mete sou sa, Bib la pa di anyen sou
fason yon moun dwe itilize pwòp san pa l
ni pou tretman medikal ni pou operasyon.
Anrapò ak fason yon moun ka sèvi
avèk pwòp san pa l,
nou te fè konnen byen klè pozisyon
nou nan Toudegad 15 oktòb 2000 la, ki di:
“Se chak kretyen ki dwe deside ki jan
l ap aksepte yo sèvi ak san l
pandan yon operasyon, yon tès
oswa yon tretman.”
Se sa k fè, anpil kretyen aksepte pou
yo sèvi ak san yo fason ki senp
tankou, fè tès san ak kèk fason ki pi konplike
kote yo sèvi ak pwòp san yo, tankou
lè yo itilize aparèy yo rele kè poumon an,
aparèy ki rekipere san k ap koule,
ak tretman dyaliz pou ren.
Men, kontinye vin gen plis tretman
ki disponib jodi a.
Se sa k fè, apre Kolèj santral la fin
priye e fin byen egzamine Bib la
li deside pote ajisteman sou fason
nou konprann
jan yon moun kapab sèvi ak pwòp san l
ni pou tretman medikal ni pou operasyon.
Men ajisteman li fè a:
Se chak kretyen ki pou deside ki jan
l ap aksepte yo sèvi ak pwòp san l
nan kèlkeswa tretman medikal la
oswa operasyon an.
Sa gen ladan l desizyon pou l aksepte
yo pran san l,
mete l yon kote epi rebali l ankò apre.
Sa sa vle di?
Gen kèk kretyen ki ka aksepte yo pran
san yo, yo mete l yon kote epi apre sa yo reba yo l ankò.
Men, gen lòt ki pap dakò.
Chak kretyen dwe pran desizyon pèsonèl
sou kèlkeswa fason li vle yo itilize
san l pou tretman medikal oswa pou yon operasyon.
An rezime, kretyen yo pa anba lwa Moyiz la.
Men nou obeyi kòmandman Bondye te bay
apot yo pou nou evite san.
E mete sou sa, Bib la pa di anyen sou fason
yon moun ka sèvi ak pwòp san li
pou tretman medikal oswa
yon operasyon.
Se sa k fè, menm jan ak tout lòt desizyon anrapò
ak kesyon sante,
chak kretyen dwe pran desizyon
pèsonèl li sou fason l ap sèvi ak pwòp san l
nan tout tretman medikal ak operasyon
Nan videyo sa a, nou te pale sou kèk enfòmasyon ankourajan
anrapò ak pwojè konstriksyon filyal Itali a
e anrapò ak frè ak sè nou yo
nan peyi Larisi.
Nou te wè tou ki jan Jewova ede pèp li a
lè gen katastwòf natirèl
e ajisteman ki fèt nan fason ka sèvi
ak pwòp san nou
pou tretman medikal e pou yon operasyon.
Tout bagay sa yo ban nou asirans
Jewova pran swen pèp li a,
li fè sa pa mwayen òganizasyon l
e li fè sa tou lè li ba yo fòs pou yo
andire sitiyasyon difisil.
Plis jou Memoryal la ap pwoche,
nou swete pou n kontinye vin pi pwòch Jewova
toutpandan nou gen konfyans li pa janm
bliye moun ki rete pwòch avè l yo.
Nou renmen nou tout anpil.
Depi syèj mondyal Temwen Jewova yo se te Tele JW.