00:00:09
Tout moun ka santi yo tris tanzantan.00:00:12
00:00:14
E ou menm? 00:00:16
00:00:17
Pafwa,
ou konn rezon ki fè w santi w tris la, 00:00:21
00:00:25
men gen moman
ou pa konn poukisa. 00:00:28
00:00:30
Menm lè w pa fin wè
rezon ki fè w tris la,00:00:33
00:00:33
ki sa w ka fè
lè w santi tristès ap anvayi w?00:00:38
00:00:39
Premyèman, 00:00:40
00:00:40
chèche yon moun
pou w fè konnen sa w santi 00:00:43
00:00:43
tankou yon paran
oubyen yon bon zanmi. 00:00:46
00:00:46
Jòb,
yon sèvitè Bondye nan tan lontan 00:00:48
00:00:48
t ap soufri anpil
e nan moman sa a li te di: 00:00:52
00:00:52
“Mwen pral pale
paske m nan gwo soufrans!” 00:00:55
00:00:55
Lè gen yon moun
ki konnen jan w santi w, 00:00:58
00:00:58
li ka pote w sekou
pou l ede w soti nan tristès ou ye a. 00:01:02
00:01:03
Men yon lòt ide: 00:01:04
00:01:04
Sa w panse
si w ta ekri sa w santi yo? 00:01:08
00:01:10
Nan Pwovèb 3:21, Bib la di: 00:01:14
00:01:14
“Toujou bat pou w gen sajès
e pou w aprann reflechi.” 00:01:18
00:01:21
Paske lè w ekri sa w santi yo 00:01:24
00:01:24
sa ka ede w pi byen konprann
poukisa w santi w konsa. 00:01:28
00:01:30
Lè sa a,
santiman tristès ou genyen an 00:01:33
00:01:33
ka vin gen mwens efè sou ou. 00:01:36
00:01:36
Men yon twazyèm konsèy: 00:01:38
00:01:38
Bib la fè konnen
si w priye sou sa w santi yo,00:01:42
00:01:42
“lapè Bondye,
ki depase tout sa moun ka konprann, 00:01:45
00:01:45
ap pwoteje kè [w]
ak lespri [w]”. 00:01:48
00:01:48
Donk,
pa bliye priye.00:01:51
00:01:52
Yon lòt bagay ki ka ede w anpil
se lè w li Bib la, 00:01:55
00:01:55
sitou liv Sòm nan. 00:01:57
00:01:59
Lè w bat pou w toujou reflechi
sou panse pozitif ki nan Bib la, 00:02:03
00:02:03
sa ka ede w santi w pi byen.00:02:06
00:02:06
Men,
e si tristès la pa vle ale?00:02:09
00:02:10
E si w pèdi gou pou tout bagay
ou te renmen fè anvan yo? 00:02:14
00:02:15
E si w pèdi apeti, 00:02:17
00:02:19
ou gen pwoblèm pou w dòmi 00:02:21
00:02:22
e w toujou santi w
pa vo anyen?00:02:25
00:02:27
E si bagay sa yo
ap pèsiste? 00:02:29
00:02:30
Sa w panse si w ta pale
ak paran w sou sa 00:02:32
00:02:32
pou yo ta mennen w kay doktè? 00:02:34
00:02:34
Yon doktè w ka egzamine w
pou l wè si se yon pwoblèm sante, 00:02:38
00:02:38
tankou depresyon,
ki lakòz ou tris konsa. 00:02:41
00:02:41
Si se depresyon w fè,
ou pa bezwen santi w wont pou sa. 00:02:45
00:02:45
Grasa tretman medikal yo,
anpil moun vin santi yo pi byen, 00:02:50
00:02:50
e pafwa sa fè lontan
depi yo pa t santi yo byen konsa. 00:02:54
00:02:54
Donk, kit se depresyon
ki lakòz ou santi w tris konsa 00:02:58
00:02:58
kit se yon lòt bagay, 00:02:59
00:02:59
grasa èd lòt moun
e grasa efò w fè, 00:03:02
00:03:02
ou ka soti
nan twou nwa sa a. 00:03:05
00:03:08
Pa bliye,
santiman w genyen yo00:03:11
00:03:11
pa la pou toutan,
y ap pase. 00:03:13
00:03:14
E si w aprann jere yo
depi kounye a, 00:03:16
00:03:16
w ap pi byen kapab jere yo
lè w vin gran.00:03:19
00:03:20
Lè w pran pwoblèm yo
yon jou alafwa 00:03:22
00:03:23
e lè w konte sou èd paran w yo
ak bon zanmi, 00:03:27
00:03:28
ou ka vin gen kè kontan ankò.00:03:31
Sa w ka fè si w santi w tris
-
Sa w ka fè si w santi w tris
Tout moun ka santi yo tris tanzantan.
E ou menm?
Pafwa,
ou konn rezon ki fè w santi w tris la,
men gen moman
ou pa konn poukisa.
Menm lè w pa fin wè
rezon ki fè w tris la,
ki sa w ka fè
lè w santi tristès ap anvayi w?
Premyèman,
chèche yon moun
pou w fè konnen sa w santi
tankou yon paran
oubyen yon bon zanmi.
Jòb,
yon sèvitè Bondye nan tan lontan
t ap soufri anpil
e nan moman sa a li te di:
“Mwen pral pale
paske m nan gwo soufrans!”
Lè gen yon moun
ki konnen jan w santi w,
li ka pote w sekou
pou l ede w soti nan tristès ou ye a.
Men yon lòt ide:
Sa w panse
si w ta ekri sa w santi yo?
Nan Pwovèb 3:21, Bib la di:
“Toujou bat pou w gen sajès
e pou w aprann reflechi.”
Paske lè w ekri sa w santi yo
sa ka ede w pi byen konprann
poukisa w santi w konsa.
Lè sa a,
santiman tristès ou genyen an
ka vin gen mwens efè sou ou.
Men yon twazyèm konsèy:
Bib la fè konnen
si w priye sou sa w santi yo,
“lapè Bondye,
ki depase tout sa moun ka konprann,
ap pwoteje kè [w]
ak lespri [w]”.
Donk,
pa bliye priye.
Yon lòt bagay ki ka ede w anpil
se lè w li Bib la,
sitou liv Sòm nan.
Lè w bat pou w toujou reflechi
sou panse pozitif ki nan Bib la,
sa ka ede w santi w pi byen.
Men,
e si tristès la pa vle ale?
E si w pèdi gou pou tout bagay
ou te renmen fè anvan yo?
E si w pèdi apeti,
ou gen pwoblèm pou w dòmi
e w toujou santi w
pa vo anyen?
E si bagay sa yo
ap pèsiste?
Sa w panse si w ta pale
ak paran w sou sa
pou yo ta mennen w kay doktè?
Yon doktè w ka egzamine w
pou l wè si se yon pwoblèm sante,
tankou depresyon,
ki lakòz ou tris konsa.
Si se depresyon w fè,
ou pa bezwen santi w wont pou sa.
Grasa tretman medikal yo,
anpil moun vin santi yo pi byen,
e pafwa sa fè lontan
depi yo pa t santi yo byen konsa.
Donk, kit se depresyon
ki lakòz ou santi w tris konsa
kit se yon lòt bagay,
grasa èd lòt moun
e grasa efò w fè,
ou ka soti
nan twou nwa sa a.
Pa bliye,
santiman w genyen yo
pa la pou toutan,
y ap pase.
E si w aprann jere yo
depi kounye a,
w ap pi byen kapab jere yo
lè w vin gran.
Lè w pran pwoblèm yo
yon jou alafwa
e lè w konte sou èd paran w yo
ak bon zanmi,
ou ka vin gen kè kontan ankò.
-