JW subtitle extractor

Pa kite fimen fini avè w

Video Other languages Share text Share link Show times

Èske w fimen?
Èske w anvi fè sa?
Petèt, paske w wè
tout moun ap fè l?
Pou w jere strès ou?
Oubyen...
Pou w wè kòman sa ye?
Kèlkeswa rezon an,
ou dwe konnen
sa k ka rive w si w fimen.
Nan Women 12:1
Bib la di pou nou sèvi ak
kapasite nou genyen
pou nou rezone
Donk,
olye w annik fè
sa lòt moun ap fè,
aprann reflechi pou tèt ou.
Konpayi tabak yo depanse
plizyè milyon dola
pou yo eseye konvenk moun yo
pou yo fimen.
E anpil moun
lage kò yo nan fimen
san yo pa menm reflechi
ak konsekans yo.
Pa egzanp,
fimen ka fini ak sante w.
E l ka menm chanje
aparans ou.
Bib la di pou nou
pirifye tèt nou
anba tout sa ki ka sal
kò a ak lespri a.
Men,
fimen pa ede w fè sa.
Moun ki fimen yo
gen plis chans
pou yo mouri ak kansè,
kriz kadyak,
ak lòt maladi.
E w konnen,
se pa ou sèl
ki peye konsekans yo.
Moun ki bò kote w
k ap respire
lafimen ki soti
nan sigarèt yo
viktim tou.
Men, e sigarèt elektwonik
ak chicha?
Èske yo pi bon
pou sante w?
Jamè!
Menm lè yo te fè konprann
bagay sa yo gen mwens efè
sou sante moun pase fimen,
gen plizyè douzèn moun
ki te mouri
e gen plizyè milye moun
ki te vin malad anpil akoz yo.
E w ka vin esklav li
menm jan ak fimen sigarèt.
Dapre ou menm,
nan avantaj kiyès sa ye?
Donk, ki sa pou w fè
si yon moun envite w fimen?
Petèt ou ka annik di:
“Non mèsi, m pa fimen.”
Si sa pa mache,
eseye di:
“M wè gen twòp danje
nan bagay sa a. M pa ladan l.”
Men, e si w deja
abitye fimen?
Ou ka santi w esklav li.
Men,
ou kapab kite fimen.
Toudabò, si w fimen,
mande èd.
Si sa posib, mande yon moun
ki deja reyisi kite fimen.
Dezyèmman,
evite moun ak kote
ki ka fè w anvi fimen.
Epi,
yon lòt bagay.
Priye!
Si w priye Bondye ak tout kè w
lè w jwenn tantasyon,
l ap ede w kite fimen.
Nan Sòm 18:29
youn nan moun ki te patisipe
nan ekri Bib la te di:
“Grasa pisans Bondye,
mwen ka grenpe yon miray.”
Wi! Menmsi sa pa fasil,
ou kapab genyen
batay la.
Pa tonbe nan pyèj pou w sèvi
ak tabak sou kèlkeswa fòm nan.
W ap pi an sante.
W ap pi kontan.
W ap respire pi byen.
Paske w konnen,
ou pa kite fimen
fini avè w.