JW subtitle extractor

Pwoteje tèt ou kont move enfòmasyon

Video Other languages Share text Share link Show times

Nan monn nan jodi a, gen
yon pakèt enfòmasyon
k ap vide sou nou
e k ap soti tout kote.
Li bon pou n konn sa k ap pase.
Pwoblèm nan sèke se pa
tout sa nou tande
oswa nou wè ki se laverite.
Gen kèk ladan yo
se fo enfòmasyon,
jis opinyon yon moun,
mwatye verite, teyori konplo
oswa menm manti kri
yo fè kwè ki laverite.
Fo enfòmasyon se pa jis
yon bagay ki pa vrè, men tou,
li kapab danjere, li ka fè moun
pran move desizyon
oswa menm pa pran yon seri
avètisman enpòtan an konsiderasyon.
Donk, ki jan ou menm, ou ka
pwoteje tèt ou kont fo enfòmasyon?
Nan Jòb 12:11, Bib la fè konnen
nou dwe “egzamine pawòl
menm jan lang [nan]
pran gou manje”.
Lè nou goute yon bagay pou premye fwa,
si l pa bon, nou ka jete l olye nou vale l.
Menm jan an tou, olye nou kwè
yon enfòmasyon oswa
repete l bay lòt moun,
nou ta dwe egzamine l.
Men de fason nou kapab fè sa:
Premye tès la: Verifye
sous enfòmasyon an.
Èske w konn ki kote
enfòmasyon sa a soti toutbonvre?
Pa kite aparans twonpe w.
Yon moun ka bay yon enfòmasyon
epi l fè kwè s’on bon enfòmasyon.
Men, li gendwa anfèt se repete
l ap repete rimè oswa
l ap fè pase pwòp opinyon pa l.
E kounye a, avèk teknoloji,
yo ka pran foto yon moun
oswa vwa yon moun yo chanje l
ak foto oswa vwa yon lòt moun
nan yon videyo epi yo ba w
yon enfòmasyon ki pa vrè ditou.
Donk, menmsi gen yon
enfòmasyon ki gaye tout kote,
suiv konsèy Bib la bay nan
1 Tesalonisyen 5:21 an ki di:
“Verifye tout bagay.”
Chèche yon lòt sous ki bay
menm enfòmasyon an epi
verifye enfòmasyon w tande a.
Dezyèm tès: Chèche wè nan
ki objektif yo bay enfòmasyon an.
Èske y ap prezante sa k te pase
toutbon oswa èske se yon pati
nan istwa a y ap ban nou?
Gen kèk moun ki tòde nouvèl yo,
yo mete aksan sou yon seri detay
pandan yo pase sou yon seri lòt detay
pou yo ka fè nou wè bagay yo fason pa yo.
E gen kèk nouvèl, se kapab menm
teyori konplo yo ye.
Yo vle fè kwè gen yon gwoup moun
ki mete ansanm pou yo fè yon
seri bagay trajik rive.
Yo fè sa nan objektif pou yo
fè moun yo gen prejije
e pou yo rayi lòt moun.
E byen souvan, teyori sa yo
gaye tankou dife ki pran nan bwa.
Men, se sa yo ye, se teyori!
E pafwa yo baze sou manti kri.
Donk, pa kite yo twonpe n!
Men, olye w ret ap pase tan
pou w ap verifye
tout enfòmasyon w tande,
gen yon kesyon enpòtan
pou w poze tèt ou:
‘Èske istwa sa a vrèman
enpòtan pou mwen?’
Fason yo prezante yon nouvèl
ka fè menm yon bagay ki pa gen enpòtans
parèt yon gwo bagay.
Men, si w ap suiv chak grenn
enfòmasyon ki parèt,
ou ka vin nwaye anba enfòmasyon.
E w ka vin ap strese pou yon seri bagay
ou tande ki pa menm laverite.
Si w santi w ap resevwa twòp enfòmasyon,
li ka itil pou w fèmen kèk notifikasyon
epi chèche enfòmasyon ou bezwen yo
nan moman ou bezwen yo.
Men, menmsi w pa konekte,
moun ka toujou gaye
fo enfòmasyon nan pawòl yo.
Menm zanmi ki gen bon entansyon
kapab annik repete sa yo tande.
Donk, kit se li w li yon bagay,
kit se yon lòt moun ki di w li,
oswa yon zanmi w ki voye l pou ou,
sonje pawòl nou jwenn nan
Pwovèb 14:15 lan: “Moun ki pa
konprann anyen an kwè tout sa moun di,
men, moun ki gen lespri a
veye chak pa l fè.”
Donk, anfèt, pa annik kwè
tout sa w tande san w pa
byen egzamine l.
Men, sa pa vle di ou pa ka fè
okenn anyen oswa pèsòn konfyans.
Si w tande yon bagay ki fè w
yon ti jan sispèk,
mande yon moun ou fè konfyans.
Yon moun ki gen plis eksperyans
ki kapab ede w pou w wè si se laverite.
Lè w pran tan pou w gade nan ki
sous enfòmasyon yo soti,
pou w egzamine objektif yo genyen,
e lè w pa kite enfòmasyon
ou pa vrèman bezwen anvayi w,
w ap jwenn bonjan enfòmasyon
olye w jwenn fo enfòmasyon.
Sa ap ede w pran bon desizyon
e pou w rete an sekirite.