JW subtitle extractor

Ki sa prejije ye?

Video Other languages Share text Share link Show times

Èske w enfekte?
Non, nou pap pale de
yon viris toutbon.
Men, n ap pale de yon bagay
k ap enfekte lèzòm depi lontan.
Yon bagay tout moun
ka pran ladan l.
Se prejije!
Ou ka di: “O non, mwen menm,
mwen pa gen prejije.
Mwen renmen
tout kalite moun.”
Laverite sèke
nou tout kapab gen prejije
oswa menm nou deja genyen l.
Men li ka difisil pou nou menm
pou n wè si nou genyen l.
Nan ka sa a, ki sa prejije ye?
Pou nou sispann gen prejije fò
nou konnen ki sa prejije ye.
Souvan, lè yon moun gen prejije
li gen patipri, li renmen
yon kategori moun oswa
li pa renmen yo san l
pa menm konnen yo.
Prejije ka lakòz nou mal aji
ak yon moun akoz
laj li,
kote l soti,
aparans li,
kantite lajan li genyen
oswa kèlkeswa lòt bagay
ki fè l diferan parapò avèk nou.
Li pa jis e li pa rezonab
pou nou jije moun
sou aparans yo, sa yo posede
oswa lòt bagay ki pa enpòtan.
Se kòmsi nou pa renmen yon
manje alòske nou pa janm goute l.
Prejije ka fè nou byen trete
yon kategori moun
alòske nou pa okipe
yon lòt kategori.
Li ka fè nou panse
nou pi entelijan
oswa nou siperyè moun
ki pa menm jan avèk nou.
Men sa ka bay pwoblèm,
paske nan Pwovèb 16:18,
Bib la di:
“Ògèy lakòz moun tonbe,
e awogans lakòz moun bite.”
Si nou panse nou
siperyè lòt moun
sa ka fè nou pa gen bon zanmi
e sa ka fè nou pa gen kè kontan.
Ki sa w ka fè si w vin rann ou
kont ou gen prejije nan kè w?
Men kèk etap ou ka suiv:
Chèche pi byen konnen
moun ki bò kote w yo,
Ki eksperyans yo te fè nan lavi a,
ki talan yo genyen?
Lè w rive wè bon bagay
lakay lòt moun
sa ede w pou w pa gen prejije.
Apre sa, reflechi ak moun
ki zanmi w.
Èske yo sanble avè w,
yo panse menm jan avè w
oswa yo aji menm jan avè w?
Si se sa, suiv konsèy nou jwenn
nan 2 Korentyen 6:13 la:
“Ouvri kè w.”
Fè zanmi ak moun ki
pa menm jan avè w.
Bon, e si w vin wè gen kèk
ladan yo k ap fè move bagay?
Nan ka sa a, rete lwen yo.
Paske fason yo aji a
ka detenn sou ou.
Nan monn n ap viv la,
prejije gaye tout kote.
Men, nou pa oblije
kite l kontwole nou.
Nou ka retire prejije lakay nou,
si nou evite gen yon opinyon
sou yon moun anvan menm
nou konnen l.
Si nou fè efò pou nou aprann
konnen moun yo
epi fè efò pou nou byen ak
moun ki pa menm jan avèk nou.
Plis nou aprann konnen
moun ki bò kote nou,
se plis n ap renmen bagay ki
fè yo diferan parapò avèk nou.