00:00:05
Tout moun renmen genyen.00:00:07
00:00:08
Men, èske yon moun
ka genyen si l toujou onèt?00:00:12
00:00:12
Pèsonn pa renmen
moun k ap fè koken.00:00:15
00:00:15
Men, pafwa, sanble
lè yon moun pa onèt,00:00:18
00:00:18
sa bay bon rezilta.00:00:20
00:00:20
Nan ka sa a, poukisa
ou menm ou dwe onèt00:00:24
00:00:24
alòske tout lòt moun yo pa onèt,00:00:26
00:00:26
sitou si sa pa deranje pèsonn?00:00:29
00:00:29
Pwoblèm nan sèke, lè w pa onèt,00:00:32
00:00:32
ti avantaj ou jwenn nan00:00:33
00:00:33
pa anyen devan
tout konsekans ki genyen.00:00:36
00:00:37
E depi w kòmanse
pran wout pa onèt la,00:00:40
00:00:44
li vrèman difisil pou w kanpe.00:00:47
00:00:50
Si premye manti a mache,00:00:52
00:00:52
anvan lontan, w ap bay yon lòt.00:00:56
00:01:01
Ou ka panse sa pa twò grav
si w pa di tout laverite.00:01:05
00:01:09
Men, si sa w di a fè moun
ki dwe konn tout verite a00:01:12
00:01:12
kwè yon lòt bagay,
ebyen se yon manti w bay.00:01:15
00:01:16
Èske se yon bagay mal
si w fè bagay yo parèt00:01:20
00:01:20
yon ti jan pi bèl00:01:21
00:01:23
pou moun ka renmen w?00:01:25
00:01:30
Lè w fè tèt ou
ou sa w pa ye,00:01:33
00:01:33
se yon lòt kalite manti.00:01:35
00:01:35
Pandan yon tan, tout bagay
ka sanble byen mache,00:01:39
00:01:39
Men, tikras pa tikras00:01:40
00:01:41
w ap vin yon lòt moun nèt.00:01:43
00:01:43
Lè w kòmanse bay manti,
ou pap janm trankil.00:01:47
00:01:47
Li pi difisil pou w sonje
tout manti w bay yo00:01:50
00:01:50
pase pou w sonje laverite.00:01:52
00:01:52
Kit se kounye a, kit se pi devan,00:01:54
00:01:54
w ap peye konsekans
manti w bay yo.00:01:57
00:01:58
Nan Pwovèb 21:6,
Labib fè konnen00:02:01
00:02:01
kelkeswa avantaj
yon moun ta jwenn00:02:03
00:02:03
nan bay manti, se tankou
“yon bwouya k ap disparèt”.00:02:06
00:02:06
Fanmi w ka vin
pa fè w konfyans ankò,00:02:09
00:02:09
e yo ka pa gen respè
pou ou ankò.00:02:11
00:02:11
Ou ka pèdi zanmi w yo.00:02:13
00:02:15
E konsekans yo ka menm pi grav00:02:18
00:02:18
si w pase vi w ap bay manti.00:02:20
00:02:20
Gen yon lòt bagay ankò
ki ka rive w lè w pa onèt.00:02:24
00:02:25
Sa ka fè w pèdi respè tèt ou.00:02:28
00:02:28
Men, ou ka chwazi onèt
epi gade pou w wè00:02:32
00:02:32
ki avantaj sa ap pote pou ou.00:02:34
00:02:35
Lè w nan sitiyasyon kote w
anvi aji yon fason ki pa onèt,00:02:39
00:02:39
di non.00:02:40
00:02:41
Konsa, w ap konnen
rezilta w jwenn yo,00:02:43
00:02:44
se rezilta travay di
ou menm ou fè.00:02:46
00:02:47
Chèche gen konfyans
ak respè fanmi w00:02:50
00:02:50
lè w di tout laverite.00:02:52
00:02:52
Sa ka gen konsekans,00:02:54
00:02:54
men w ka aprann nan erè w fè.00:02:57
00:02:57
Epi, fè zanmi ak moun ki
renmen w00:02:59
00:02:59
pou moun ou ye toutbon an.00:03:01
00:03:01
Lè w onèt, l ap fè w
gen bon relasyon00:03:04
00:03:04
ak fanmi w, ak zanmi w
e ak tèt ou,00:03:08
00:03:08
yon seri avantaj okenn
aksyon malonèt00:03:11
00:03:11
pap pèmèt ou jwenn.00:03:13
Poukisa w dwe onèt?
-
Poukisa w dwe onèt?
Tout moun renmen genyen.
Men, èske yon moun
ka genyen si l toujou onèt?
Pèsonn pa renmen
moun k ap fè koken.
Men, pafwa, sanble
lè yon moun pa onèt,
sa bay bon rezilta.
Nan ka sa a, poukisa
ou menm ou dwe onèt
alòske tout lòt moun yo pa onèt,
sitou si sa pa deranje pèsonn?
Pwoblèm nan sèke, lè w pa onèt,
ti avantaj ou jwenn nan
pa anyen devan
tout konsekans ki genyen.
E depi w kòmanse
pran wout pa onèt la,
li vrèman difisil pou w kanpe.
Si premye manti a mache,
anvan lontan, w ap bay yon lòt.
Ou ka panse sa pa twò grav
si w pa di tout laverite.
Men, si sa w di a fè moun
ki dwe konn tout verite a
kwè yon lòt bagay,
ebyen se yon manti w bay.
Èske se yon bagay mal
si w fè bagay yo parèt
yon ti jan pi bèl
pou moun ka renmen w?
Lè w fè tèt ou
ou sa w pa ye,
se yon lòt kalite manti.
Pandan yon tan, tout bagay
ka sanble byen mache,
Men, tikras pa tikras
w ap vin yon lòt moun nèt.
Lè w kòmanse bay manti,
ou pap janm trankil.
Li pi difisil pou w sonje
tout manti w bay yo
pase pou w sonje laverite.
Kit se kounye a, kit se pi devan,
w ap peye konsekans
manti w bay yo.
Nan Pwovèb 21:6,
Labib fè konnen
kelkeswa avantaj
yon moun ta jwenn
nan bay manti, se tankou
“yon bwouya k ap disparèt”.
Fanmi w ka vin
pa fè w konfyans ankò,
e yo ka pa gen respè
pou ou ankò.
Ou ka pèdi zanmi w yo.
E konsekans yo ka menm pi grav
si w pase vi w ap bay manti.
Gen yon lòt bagay ankò
ki ka rive w lè w pa onèt.
Sa ka fè w pèdi respè tèt ou.
Men, ou ka chwazi onèt
epi gade pou w wè
ki avantaj sa ap pote pou ou.
Lè w nan sitiyasyon kote w
anvi aji yon fason ki pa onèt,
di non.
Konsa, w ap konnen
rezilta w jwenn yo,
se rezilta travay di
ou menm ou fè.
Chèche gen konfyans
ak respè fanmi w
lè w di tout laverite.
Sa ka gen konsekans,
men w ka aprann nan erè w fè.
Epi, fè zanmi ak moun ki
renmen w
pou moun ou ye toutbon an.
Lè w onèt, l ap fè w
gen bon relasyon
ak fanmi w, ak zanmi w
e ak tèt ou,
yon seri avantaj okenn
aksyon malonèt
pap pèmèt ou jwenn.
-