JW subtitle extractor

Èske m ta dwe kite lekòl?

Video Other languages Share text Share link Show times

Lekòl kapab stresan,
kit ou ale nan lekòl,
kit ou suiv kou lakay ou.
Menm pi bon elèv la gen jou
li pa ta renmen al lekòl.
E menm lè w la nan kou yo,
sa pa vle di lespri w la.
Pa egzanp, èske w ap fè fas
ak gwo strès oswa depresyon?
Èske w menm jan
ak anpil lòt elèv
ki santi yo annuiye lè yo lekòl?
Oswa ou twouve l difisil
pou w konsantre?
Èske w oblije travay
pou w ede fanmi w?
Èske w ap enkyete
pou kesyon brimad
oswa vyolans ki gen nan lekòl?
Pwoblèm sa yo ka dekouraje w.
Ou ka kòmanse rate kou
e ou ka kòmanse pa gen bon nòt.
E plis ou gen move nòt,
li vin pi fasil pou w
panse li t ap pi bon
pou w kite lekòl.
Men, f’on ti tann!
Bib la di:
“Moun ki gen lespri a
veye chak pa l fè.”
Anvan w deside kite lekòl,
reflechi sou fason
lekòl kapab ede w.
Lekòl pa sèlman ede w
vin gen konesans.
Lè w ap aprann, sa fè
sèvo a travay pi byen.
Lefètke w etidye plizyè
sijè nan lekòl,
sa ede w konn ki jan pou w
aprann nouvo bagay.
E w aprann fè yon seri bagay,
tankou li ak ekri,
k ap itil ou pi devan.
Bib la ankouraje nou pou n
travay pou n ‘gen sajès
e pou nou aprann reflechi’.
E lekòl se yon bon kote
pou w aprann konnen
ki jan pou w rezoud pwoblèm
e l ede w aprann konn tèt ou
ak moun ki bò kote w.
Natirèlman, pwoblèm ou
rankontre yo pap annik disparèt.
Men lè w rete lekòl,
ou vin aprann konn
ki jan pou w jere yo.
Ou vin aprann kontwole tèt ou
ak fason pou w bay sa k
gen plis enpòtans priyorite.
Ou ka aprann yon metye,
sa k ap pèmèt ou jwenn
travay lè w fini lekòl.
Si w kite lekòl,
li ka pi difisil pou w
jwenn travay pi devan.
Yon bon fòmasyon
ap pwoteje w tou.
Lè w byen enfòme,
li pi difisil pou moun twonpe w.
Si w jwenn difikilte lekòl,
pa bay vag!
Chèche èd yon moun:
se kapab paran w,
yon moun ki gen
plis eksperyans pase w
oswa yon pwofesè.
Nan peyi kote lalwa pèmèt sa,
gen paran ki chwazi pou pitit yo
ret suiv kou yo lakay yo.
Kèlkeswa kote w pran kou a,
konsantre sou li e
pran detèminasyon
pou w pa bay vag.
Manje manje ki bon pou ou,
fè egzèsis epi dòmi ase.
Lè w an sante, sèvo w
fonksyone pi byen.
Bib la di: “Travay di [...]
gen avantaj.”
W ap pi kontan si w
fè efò pou w fini lekòl.
Lekòl ka ede w dekouvri
epi travay yon seri kapasite
ou pa t janm
konnen w te genyen.
Li aprann ou reflechi
epi rezoud pwoblèm
e li prepare w pou responsablite
ou ka vin genyen
pi devan nan lavi a.