JW subtitle extractor

Èske Bib la ka ede w vre?

Video Other languages Share text Share link Show times

Ki kote w ka jwenn èd pou w
fè fas ak presyon ak strès
w ap jwenn pandan w ap grandi?
Gen plizyè milyon moun k ap bay
konsèy sou prèske tout sijè.
Nan ka sa a, ki kote w ka jwenn
bon konsèy k ap mache pou ou
e kòman w ka fè konnen moun
ki ba w konsèy la,
se pa avantaj pa l
l ap defann?
W ap jwenn yo nan Bib la!
Men, fè yon ti tann!
Èske Bib la se pa yon liv ki gen
plizyè milye ane depi l egziste?
Wi, men se panse
Kreyatè nou an ki ladan l,
panse ki saj e ki pa
janm pase mòd.
Bib la gen prensip,
sa vle di yon seri verite de baz,
k ap ede w pran bon desizyon
epi fè fas ak pwoblèm
ou rankontre.
Epi grasa Bib la, w ap vin
konn yon seri de moun
ki te fè fas ak menm
pwoblèm avè w.
Èske l difisil pou w fè zanmi?
W ap vin konn istwa Rit,
yon fi Bib la pale de li
kòm yon zanmi ki pa egoyis
e ki gen kè sansib.
Byenke Rit ak zanmi l lan,
Nawomi pa t gen menm laj
e yo pat soti menm kote,
Rit te rete avèk Nawomi pandan
moman difisil li t ap rankontre.
Li te veye sou li
e li te pran santiman l
an konsiderasyon.
Rit se youn pami anpil
lòt moun ki te egziste toutbon
Bib la pale de yo,
e ki te fè fas ak
pwoblèm ki reyèl.
Èske l difisil pou w
antann ou ak fanmi w?
Li istwa Jakòb la pou w wè
ki jan pou w jere mezantant
ak fason pou w fè lapè.
Èske w jwenn presyon
pou w fè sèks?
Li istwa Jozèf la e gade
poukisa li te refize
gen relasyon imoral
e ki sa ki te ede l.
Ezayi 48:17 di:
“Mwen menm Jewova,
mwen se Bondye w,
Sila a k ap anseye w
pou byen w lan.”
Bondye mete yon pakèt bon
konsèy nan Bib la
pou ede nou nan monn sa a
ki chaje ak pwoblèm,
ak tantasyon.
Petèt ou te ka li kèk pati
ladan l pou w wè.
Li Bib la sou jw.org
oswa sou papye
epi gade ki jan l ka ede w
gen pi bon lavi ki posib la.