JW subtitle extractor

Ki kote mèvèy sa a soti? Limyè ki soti nan kèk kreyati vivan

Video Other languages Share text Share link Show times

Anpil bèt sou tè a
gen yon kapasite estrawòdinè.
Se yon bagay ki bèl
e ki fè moun ret bouch ouvè.
Se kapasite pou
yo fè kò yo limen.
Yon fenomèn yo rele byoliminesans.
Men, sak fè kèk kreyati vivan
ka limen konsa?
Kèk bèt fè kò yo limen
pou lòt bèt parèy yo ka wè yo.
Gen yon seri eleman chimik
ki melanje anndan
kò koukouy yo
pou yo fè limyè,
yon fason pou yo atire
yon mal oswa yon femèl
Chak varyete koukouy
gen fason pa yo
pou yo fè limyè yo klere.
Gen nan yo ki menm fè l
yon fason ki senkwonize.
Koukouy yo fè limyè yo klere
pou yo ka wè yo.
Men gen lòt bèt
ki fe limyè yo klere
pou yo pa wè yo.
Gen yon varyete kalma
ki mezire twa santimèt sèlman
e li fò nan kache kò l.
Men lè l oblije soti
nan kachèt li
lèswa pou l al chèche manje,
li pa an sekirite ditou.
Lè lalin nan ak zetwal yo
klere sou yo
Li ka fasil pou
bèt ki ka manje yo
k ap naje pa anba yo wè yo.
Donk, yo fè
anba vant yo klere
yon fason ki sanble
avèk limyè ki anlè tèt yo a,
e konsa yo disparèt.
Ti kalma sa a
pa kapab pwodui limyè poukont li.
Donk, ki jan l rive klere konsa?
Lè yon ti kalma konsa fèk kale,
gen yon bakteri ki antre
nan ògàn nan kò l
ki fè limyè a.
e sa pèmèt ògàn nan fin devlope.
Bakteri sa a kontinye viv
anndan ògàn nan
e se sa ki fè kalma limen.
Ògàn ki fè limyè
nan kò kalma a
pa ka devlope si l pa
jwenn ak bakteri sa a.
E se sèl bakteri sa a
ki ka ret viv anndan
ògàn sa a.
Kapasite sa a kèk
kreyati vivan genyen
pou yo fè limyè a
pa annik bèl sèlman.
Paske,
Pa gen okenn
nan bagay lèzòm fè
pou bay limyè yo
ki efikas nan nivo ti bèt yo
nan kesyon konsève enèji.
Men, yon kapasite ki bèl
e ki efikas konsa,
pa senp
tankou annik pase yon alimèt.
Ni koukouy yo ni kalma a
gen yon ògàn
pou bay limyè ki konplike,
ki gen yon reflektè,
yon lantiy ak yon filtè.
Menm jan ak limyè lèzòm yo.
Toupatou sou tè a
gen yon pakèt kreyati vivan
ki bay limyè
tankou yon seri djondjon,
ti bèt piti,
lagratèl,
kalma ak pwason.
E chak espès
sèvi ak yon melanj
eleman chimik ki diferan
pou l bay limyè.
Ki sa w panse,
èske kapasite kèk kreyati vivan
genyen pou yo bay limyè a
egziste grasa evolisyon
oswa èske se fè yo te fè yo avè l?