JW subtitle extractor

Ki kote mèvèy sa a soti? Kapasite bèt yo genyen pou yo byen itilize enèji

Video Other languages Share text Share link Show times

Tout kreyati ki sou tè a
bezwen enèji
pou yo kontinye viv.
Nonsèlman yo
bezwen jwenn enèji a,
men yo bezwen
byen sèvi avè l.
Sa pèmèt yo viv
nan yon seri kote ki fè frèt
oswa ki fè cho anpil,
pou yo avanse byen rapid
oswa pou yo vwayaje
al kote ki lwen anpil.
Gen yon kalite albatwòs
ki konn fè plizyè milye kilomèt
ap vole pou chèche manje.
Men, li ka rete ap vole
pandan plizyè jou san l pa poze,
san l pa bezwen
bat zèl li anpil.
Ki jan sa ka fèt?
Li monte sou van an
pou l fè laviwonn.
Li plonje nan direksyon dlo a,
li vire, li monte san rete.
Li byen sèvi ak
enèji ki nan van an
lè l ap vole pou l
monte e pou l desann.
Pami tout zwazo yo
se albatwòs ki gen zèl ki pi long.
Zèl li yo, soti nan
yon pwent al nan yon lòt,
mezire twa mèt senkant
Li gen yon tandon espesyal
nan chak zepòl li
ki pèmèt zèl li yo
rete san yo pa bat
menm jan ak avyon yo.
Lefètke l ka fè sa,
li pa janm bouke lè l
kite zèl li ouvri konsa
e li ka rete ap plane konsa
pou kantite tan l vle.
Gen lòt zwazo
ki konn konsève enèji a
pou yo kenbe kò yo cho
menm lè l fè frèt bò kote yo.
Yo ka rete kanpe sou glas
oswa mache sou glas
pandan yon pakèt tan
san yo menm
yo pa tounen glas
Ki jan yo fè sa?
Pandan san yo ap sikile
gen yon posesis espesyal
ki pèmèt gen
yon echanj enèji ki fèt.
Si yon likid ki cho
ap koule nan menm direksyon
ak yon likid ki frèt,
pou pi plis se
mwatye nan chalè a
k ap pase
nan likid ki frèt la.
Men, si y ap koule
nan direksyon ki opoze
prèske tout chalè a ap
travèse nan likid ki frèt la.
Se konsa venn ki nan pye
mwèt, zwa, ak pengwen yo
fonksyone
Pwosesis sa a ki efikas anpil
pèmèt kò zwazo sa yo rete cho
toutpandan yo kite
ase chalè nan pye yo
pou yo pa tounen glas.
Men, ki jan sa ye pou bèt
ki nan zòn ki cho anpil yo
ki pa bezwen konsève enèji
ki bezwen depanse enèji?
Foumi koulè ajan
ki nan dezè Sahara a
ap viv nan youn nan kote
ki pi cho ki egziste sou tè a
Yo chèche manje
nan moman kote
tanperati ki nan dezè a
konn rive jiska
70 degre sèlsiyis
oswa 158 degre farennnay.
Pou yo siviv,
lè chalè a frape kò yo
yo voye l tounen.
Sa k fè sa posib la,
se plim ki sou kò yo
Byenke gen yon seri bèt
ki bezwen plim
pou yo ka cho
Yo menm yo sèvi ak plim
ki sou kò yo pou yo rete frèt.
Ki jan?
Plim ki sou kò ti foumi sa a
se yo seri ti tiyo ki gen fòm
triyang lè yo koupe yo.
E grasa fòm triyang
yo genyen an
yo reflechi reyon
solèy ki frape yo
e yo gaye chalè a.
Moun k ap fè rechèch yo panse
yo tolere chalè pi byen
pase kèlkeswa bèt ki sou tè a.
Nan lanati, bèt yo jwenn enèji,
yo konsève l
e yo byen sèvi avè l.
Yo fè sa yo fason ki estrawòdinè.
Ki sa w panse,
èske kapasite bèt yo genyen
pou yo byen itilize enèji a te evolye,
oswa èske se fè yo te fè l?