00:00:09
Nou renmen wè bèl bagay!00:00:11
00:00:14
Kit se yon bagay ki estrawòdinè,00:00:17
00:00:17
kit se yon bagay ki
pa twò estrawòdinè,00:00:20
00:00:20
bèl bagay atire atansyon nou.00:00:24
00:00:24
E pafwa, nou jwenn bèl
bagay kote nou pa t ap atann.00:00:28
00:00:29
Pa egzanp, limas nan lanmè yo
gen yon seri koulè vif 00:00:34
00:00:34
pou pwoteje yo kont
bèt ki ka manje yo.00:00:37
00:00:37
Men nou menm, lè nou wè bèl
koulè sa yo, 00:00:40
00:00:40
yo sanble travay yon atis.00:00:42
00:00:48
Moun konnen kameleyon yo00:00:50
00:00:50
pou kapasite yo genyen
pou yo chanje koulè.00:00:53
00:00:53
Yo konn fè sa pou kamoufle,00:00:55
00:00:55
pou anpeche lòt bèt vin sou yo,00:00:58
00:00:58
e pafwa, pou yo atire lòt
kameleyon pou yo ka kwaze.00:01:01
00:01:07
Gen kèk bèt, byenke yo pa
nan menm fanmi,00:01:10
00:01:10
ki fè menm bèl bagay yo.00:01:12
00:01:12
Tankou arenyen ki rele
arenyen pan an ak pan.00:01:16
00:01:25
Kontrèman ak yon
tablo ki pa bouje,00:01:28
00:01:28
anpil bèt sèvi ak mouvman 00:01:29
00:01:29
pou yo fè bèl koulè yo,
aparans yo ak fòm yo parèt.00:01:34
00:01:34
Pa gen anpil zwazo
ki gen koulè vif 00:01:37
00:01:37
tankou mal zwazo
yo rele zwazo paradi a.00:01:41
00:01:42
Mal ak femèl zwazo yo rele
grèb elegan an k ap kwaze00:01:47
00:01:48
fè pi bèl bagay toujou.00:01:50
00:01:50
Yo fè yon koregrafi kote
yo fè mouvman yo ansanm.00:01:54
00:01:55
Ou pa ta di se balè
y ap danse sou dlo a.00:01:59
00:02:06
Lè mal zwazo yo rele
zwazo jadinye a ap ranje nich yo 00:02:12
00:02:12
yo demontre talan yo yon fason
ki fè nou rete bouch ouvè.00:02:16
00:02:33
Gen yon lòt bèt ki demontre
talan l yon fason ki estrawòdinè,00:02:39
00:02:39
paske bèl bagay li rive
fè a pi gwo lontan pase l.00:02:44
00:02:46
Pwason yo rele
pwason glòb ak pwen blan an00:02:50
00:02:50
fè yon seri chema nan sab
anba lanmè a ki vrèman bèl.00:02:55
00:03:04
Mal la travay di pou l fè bèl 00:03:07
00:03:07
chema sa a, yon fason
pou l atire yon femèl.00:03:11
00:03:14
Ki sa nou panse?00:03:16
00:03:16
Èske bote bèt yo ak
bèl bagay yo fè yo00:03:19
00:03:19
se evolye yo evolye 00:03:22
00:03:22
oswa èske se kreye
yo te kreye yo?00:03:24
Ki kote mèvèy sa a soti? Bote bèt yo ak bèl bagay yo fè
-
Ki kote mèvèy sa a soti? Bote bèt yo ak bèl bagay yo fè
Nou renmen wè bèl bagay!
Kit se yon bagay ki estrawòdinè,
kit se yon bagay ki
pa twò estrawòdinè,
bèl bagay atire atansyon nou.
E pafwa, nou jwenn bèl
bagay kote nou pa t ap atann.
Pa egzanp, limas nan lanmè yo
gen yon seri koulè vif
pou pwoteje yo kont
bèt ki ka manje yo.
Men nou menm, lè nou wè bèl
koulè sa yo,
yo sanble travay yon atis.
Moun konnen kameleyon yo
pou kapasite yo genyen
pou yo chanje koulè.
Yo konn fè sa pou kamoufle,
pou anpeche lòt bèt vin sou yo,
e pafwa, pou yo atire lòt
kameleyon pou yo ka kwaze.
Gen kèk bèt, byenke yo pa
nan menm fanmi,
ki fè menm bèl bagay yo.
Tankou arenyen ki rele
arenyen pan an ak pan.
Kontrèman ak yon
tablo ki pa bouje,
anpil bèt sèvi ak mouvman
pou yo fè bèl koulè yo,
aparans yo ak fòm yo parèt.
Pa gen anpil zwazo
ki gen koulè vif
tankou mal zwazo
yo rele zwazo paradi a.
Mal ak femèl zwazo yo rele
grèb elegan an k ap kwaze
fè pi bèl bagay toujou.
Yo fè yon koregrafi kote
yo fè mouvman yo ansanm.
Ou pa ta di se balè
y ap danse sou dlo a.
Lè mal zwazo yo rele
zwazo jadinye a ap ranje nich yo
yo demontre talan yo yon fason
ki fè nou rete bouch ouvè.
Gen yon lòt bèt ki demontre
talan l yon fason ki estrawòdinè,
paske bèl bagay li rive
fè a pi gwo lontan pase l.
Pwason yo rele
pwason glòb ak pwen blan an
fè yon seri chema nan sab
anba lanmè a ki vrèman bèl.
Mal la travay di pou l fè bèl
chema sa a, yon fason
pou l atire yon femèl.
Ki sa nou panse?
Èske bote bèt yo ak
bèl bagay yo fè yo
se evolye yo evolye
oswa èske se kreye
yo te kreye yo?
-