00:00:10
Jiraf se bèt ki pi wo
k ap viv sou tè a,00:00:13
00:00:13
se sa k fè l fasil pou l manje
sa ki nan tèt pyebwa yo.00:00:17
00:00:17
Epoutan, sa pa fasil
pou l bwè yon ti dlo.00:00:20
00:00:22
Men, sa k pi gwo pwoblèm
pou jiraf la se pezantè a,00:00:26
00:00:26
sa vle di fòs ki rale
bagay desann anba.00:00:29
00:00:29
Fòs sa a fè nenpòt bagay
likid desann anba byen fasil.00:00:33
00:00:33
Men, pou fè yon likid
sot anba monte anwo,00:00:36
00:00:36
sa mande pou gen
anpil fòs k ap pouse l.00:00:39
00:00:39
Plis yon likid ap monte wo,00:00:41
00:00:41
se plis bezwen gen plis
presyon pou fè l monte. 00:00:44
00:00:45
Nan ka yon jiraf ki fin grandi,00:00:47
00:00:47
san an bezwen monte de mèt
oswa plis pou l rive nan kè a.00:00:51
00:00:51
San an bezwen anpil presyon pou l
ka rive monte nan yon nivo konsa.00:00:56
00:00:56
San an bezwen plis presyon
pou l monte nan kè jiraf la 00:00:58
00:00:59
pase kèlkeswa lòt
bèt ki mamifè yo.00:01:01
00:01:01
E se anviwon de fwa plis presyon
pase san ki sikile nan kò moun. 00:01:06
00:01:06
Si san an ta sikile nan kò moun
oswa nan lòt bèt ki mamifè yo00:01:10
00:01:10
nan menm presyon li sikile
nan kò jiraf la,00:01:12
00:01:12
yo t ap gen gwo pwoblèm
tankou pye anfle,00:01:14
00:01:14
ren ak kè ki sispann mache byen
oswa menm fè stwok.00:01:17
00:01:17
Ki jan jiraf yo rive viv
ak yon san k ap sikile00:01:20
00:01:20
nan yon gwo presyon konsa
nan kò yo, san yo pa ni malad ni mouri?00:01:24
00:01:24
Menmsi nou pa fin konprann
tout detay, syantifik yo dekouvri00:01:27
00:01:27
kèk bagay ki enteresan sou
jiraf yo ki ka ede n konprann.00:01:31
00:01:31
Kè jiraf ki fin grandi yo
gen mis ki pwès anpil.00:01:35
00:01:35
Lè san ap sikile ak anpil
presyon nan kò moun,00:01:38
00:01:38
sa k fè tansyon an vin wo
e lakòz mis yo rèd anpil00:01:41
00:01:41
e vin rann kè a
pa ka travay byen.00:01:44
00:01:44
Men, kè jiraf la rete fleksib00:01:46
00:01:46
e li fonksyone san pwoblèm
malgre mis li yo pwès. 00:01:49
00:01:50
Bon, lè yon jiraf kanpe e
li bese tèt li pou l bwè,00:01:53
00:01:54
èske san an pa desann
ak twòp presyon nan tèt li? 00:01:57
00:01:57
Non, sa pa yon pwoblèm
pou jiraf la.00:02:00
00:02:00
Sa k fè sa?00:02:02
00:02:02
Gen plizyè rezon men,
n ap site youn nan yo.00:02:05
00:02:05
Jiraf yo konn byen ouvri pye yo
oswa pliye pye yo lè y ap bwè,00:02:10
00:02:10
sa ki redui distans
ant kè yo ak tèt yo.00:02:13
00:02:15
Menm lè li leve tèt
li rapidman,00:02:17
00:02:17
fason san an pase
nan kò a byen kontwole,00:02:20
00:02:20
sa ki anpeche jiraf la endispoze
akoz pa gen ase san ki pase nan sèvo l. 00:02:26
00:02:26
Gwo venn ki nan kou jiraf la
diferan ak gwo venn00:02:29
00:02:29
ki nan pye jiraf la,
ki pi pwès e ki pa twò laj.00:02:33
00:02:33
Mis ki gen fòm bag yo
vin pi piti pou redui00:02:36
00:02:36
kantite san k ap pase
anndan pye jiraf la00:02:39
00:02:39
oubyen yon ti jan vin
pi laj pou plis san ka pase. 00:02:42
00:02:42
Fason mis yo fonksyone a kontwole
nivo presyon san k ap sikile00:02:46
00:02:46
nan pye jiraf la epi anpeche
pye l vin anfle.00:02:49
00:02:49
Se tankou chosèt espesyal00:02:50
00:02:50
kèk moun konn mete nan pye yo
pou anpeche yo anfle.00:02:54
00:02:54
Si doktè yo vin pi byen konprann
fason kè jiraf la fonksyone00:02:58
00:02:58
petèt, yo kapab chèche nouvo
fason pou jere moun00:03:01
00:03:01
ki konn gen pwoblèm tansyon ki wo. 00:03:03
00:03:03
Bagay syantifik yo
aprann sou jiraf 00:03:06
00:03:06
ka ede yo fè pi bon rad
pou astwonòt yo.00:03:09
00:03:09
Nan lespas, prèske pa gen presyon,00:03:11
00:03:11
se sa k fè rad astwonòt yo
mete nan lespas 00:03:14
00:03:14
dwe gen ase presyon
sou kò yo pou san an00:03:17
00:03:17
ak lòt likid ki nan kò a ka
kontinye sikile pou yo rete vivan.00:03:21
00:03:21
Se vre nou pa konnen
tout bagay sou jiraf,00:03:24
00:03:24
men nou konnen yo
gen bon sante00:03:26
00:03:26
menmsi yo gen tansyon ki wo,
yon bagay ki t ap ban nou pwoblèm.00:03:30
00:03:30
Ki sa w panse? 00:03:32
00:03:32
Èske fason san an sikile nan kò jiraf la
ak anpil presyon se evolye l te evolye?00:03:37
00:03:37
Oswa se fè yo te fè l?00:03:39
Ki kote mèvèy sa a soti? Fason san sikile nan kò jiraf yo
-
Ki kote mèvèy sa a soti? Fason san sikile nan kò jiraf yo
Jiraf se bèt ki pi wo
k ap viv sou tè a,
se sa k fè l fasil pou l manje
sa ki nan tèt pyebwa yo.
Epoutan, sa pa fasil
pou l bwè yon ti dlo.
Men, sa k pi gwo pwoblèm
pou jiraf la se pezantè a,
sa vle di fòs ki rale
bagay desann anba.
Fòs sa a fè nenpòt bagay
likid desann anba byen fasil.
Men, pou fè yon likid
sot anba monte anwo,
sa mande pou gen
anpil fòs k ap pouse l.
Plis yon likid ap monte wo,
se plis bezwen gen plis
presyon pou fè l monte.
Nan ka yon jiraf ki fin grandi,
san an bezwen monte de mèt
oswa plis pou l rive nan kè a.
San an bezwen anpil presyon pou l
ka rive monte nan yon nivo konsa.
San an bezwen plis presyon
pou l monte nan kè jiraf la
pase kèlkeswa lòt
bèt ki mamifè yo.
E se anviwon de fwa plis presyon
pase san ki sikile nan kò moun.
Si san an ta sikile nan kò moun
oswa nan lòt bèt ki mamifè yo
nan menm presyon li sikile
nan kò jiraf la,
yo t ap gen gwo pwoblèm
tankou pye anfle,
ren ak kè ki sispann mache byen
oswa menm fè stwok.
Ki jan jiraf yo rive viv
ak yon san k ap sikile
nan yon gwo presyon konsa
nan kò yo, san yo pa ni malad ni mouri?
Menmsi nou pa fin konprann
tout detay, syantifik yo dekouvri
kèk bagay ki enteresan sou
jiraf yo ki ka ede n konprann.
Kè jiraf ki fin grandi yo
gen mis ki pwès anpil.
Lè san ap sikile ak anpil
presyon nan kò moun,
sa k fè tansyon an vin wo
e lakòz mis yo rèd anpil
e vin rann kè a
pa ka travay byen.
Men, kè jiraf la rete fleksib
e li fonksyone san pwoblèm
malgre mis li yo pwès.
Bon, lè yon jiraf kanpe e
li bese tèt li pou l bwè,
èske san an pa desann
ak twòp presyon nan tèt li?
Non, sa pa yon pwoblèm
pou jiraf la.
Sa k fè sa?
Gen plizyè rezon men,
n ap site youn nan yo.
Jiraf yo konn byen ouvri pye yo
oswa pliye pye yo lè y ap bwè,
sa ki redui distans
ant kè yo ak tèt yo.
Menm lè li leve tèt
li rapidman,
fason san an pase
nan kò a byen kontwole,
sa ki anpeche jiraf la endispoze
akoz pa gen ase san ki pase nan sèvo l.
Gwo venn ki nan kou jiraf la
diferan ak gwo venn
ki nan pye jiraf la,
ki pi pwès e ki pa twò laj.
Mis ki gen fòm bag yo
vin pi piti pou redui
kantite san k ap pase
anndan pye jiraf la
oubyen yon ti jan vin
pi laj pou plis san ka pase.
Fason mis yo fonksyone a kontwole
nivo presyon san k ap sikile
nan pye jiraf la epi anpeche
pye l vin anfle.
Se tankou chosèt espesyal
kèk moun konn mete nan pye yo
pou anpeche yo anfle.
Si doktè yo vin pi byen konprann
fason kè jiraf la fonksyone
petèt, yo kapab chèche nouvo
fason pou jere moun
ki konn gen pwoblèm tansyon ki wo.
Bagay syantifik yo
aprann sou jiraf
ka ede yo fè pi bon rad
pou astwonòt yo.
Nan lespas, prèske pa gen presyon,
se sa k fè rad astwonòt yo
mete nan lespas
dwe gen ase presyon
sou kò yo pou san an
ak lòt likid ki nan kò a ka
kontinye sikile pou yo rete vivan.
Se vre nou pa konnen
tout bagay sou jiraf,
men nou konnen yo
gen bon sante
menmsi yo gen tansyon ki wo,
yon bagay ki t ap ban nou pwoblèm.
Ki sa w panse?
Èske fason san an sikile nan kò jiraf la
ak anpil presyon se evolye l te evolye?
Oswa se fè yo te fè l?
-