JW subtitle extractor

Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 1 (2023)

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou kontan ansanm
frè ak sè nou yo!
Nan pwogram sa a,
nou gen yon bèl nouvèl
konsènan pwojè Ramapo a.
e n ap ban nou nouvèl frè ak sè
nou yo nan Nòvèj, Larisi ak Ikrèn.
E nou pral tande tou
gwo akwasman
ki genyen nan kantite
etib biblik yo sou tout tè a.
E pou fini, nou gen yon gwo
nouvèl pou n anonse nou.
Ret branche.
Apati mwa sa a,
mwa janvye 2023 a,
n ap rekòmanse fè
asanble sikonskripsyon yo
ak Lekòl teyokratik yo an pèsonn.
Se pa ti tann n ap tann
okazyon sa yo
kote nou pral
reyini ansanm ankò.
E nap tann tou, kongrè
nou pral genyen an pèsonn yo
pi devan nan ane.
M sèten, menm jan avè m,
nou pa ka tann pou nou chante
premye kantik nan kongrè a
ansanm ak plizyè milye
frè ak sè nou yo.
Ki jan pwojè nou genyen nan
Ramapo, Nouyòk la, ap avanse?
Nou kontan fè nou konnen,
nan dat 28 desanm 2022 a,
gwoup ki responsab
konstriksyon nan Ramapo a
te bay pèmisyon pou
nou kòmanse konstwi,
e l te bay pèmisyon
pou n retire pyebwa.
Pèmisyon sa a
te vrèman enpòtan pou n kapab
avanse ansanm avèk pwojè a.
Nou espere n ap kapab
kòmanse retire pyebwa yo
depi nan mwa janvye 2023 a,
sa vle di mwa sa a.
Pandan pwojè
Ramapo a ap avanse,
nou sonje jan nou te santi nou
nan pwojè Wòwik la
ak santiman nou te genyen pou
plizyè milye volontè ki te ede nou.
Tousuit nou te fin kite Bwouklin,
frè Lett te li yon lèt Kolèj santral la
nan yon adorasyon nan maten.
Avèk pwojè Ramapo a
k ap avanse kounye a,
ann retande bèl lèt sa a
ankò ki te ekri an 2016.
Lè n ap panse a premye
adorasyon nan maten
nan bèl Syèj mondyal tounèf la,
Kolèj santral la
te panse li t ap
enpòtan pou yo prezante
yon lèt piblik
pou remèsye tout moun
ki te travay di nan pwojè sa a.
Nou tèlman apresye sa!
Men pèmèt mwen, silvouplè,
pou m li lèt piblik sa,
Kolèj santral la voye a.
“Frè nou yo:
Nan non fanmi
Betèl Wòwik la,
Kolèj santal la vle
eksprime gwo apresyasyon yo
pou bèl nouvo abitasyon yo
nan Betèl Wòwik la.
Nou tèlman renmen nouvo
chanm nou yo ak biwo nou yo!
Lè a ki fre,
anviwònman an ki pezib,
ak bèl reprezantasyon yo
deja gen yon efè benefik
sou jan n santi n.
Nou gen konfyans kounye a
avèk èd e benediksyon Jewova
nou pral ka travay pi di toujou
e menm fè pi gwo reyalizasyon
toujou nan enterè Wayòm nan.
Menmsi nou pa merite pou n viv
e pou n travay
yon bèl kote konsa,
nou vrèman apresye
ekspresyon jenewozite
ak jantiyès sa a moun pa merite
ki soti nan Jewova.
1 Pyè 4:10.
Nou vrèman rekonesan
anvè Jewova
pou 27 000 frè ak sè diferan
ki te ofri tèt yo kòm volontè
pou yo travay nan
pwojè konstriksyon sa a.
Anpil nan nou, bon zanmi nou yo,
te pran vakans nou,
nou te peye pwòp frè tranpò nou,
nou te viv nan ti chanm,
e nou te leve bonè
nan maten pou n pran bis
oubyen vwayaje an gwoup
pou n te ka rive
nan espas travay la.
E la a, nou te travay
san pran souf,
nan nenpòt tanperati,
pandan n mete tout kè nou nan
sipòte pwojè bilding teyokratik sa.
Anpil nan nou te aksepte plizyè
envitasyon pou n travay la.
Pa gen dout nan sa,
Jewova renmen nou anpil
pou sa n te fè a.
Nou mèt sèten, Kolèj santral la
renmen nou anpil tou!
Pou n prete pawòl sa yo
Pòl te di kretyen Tesalonik yo,
‘nou te vin tèlman renmen nou’.
1 Tesalonisyen 2:8.
Anplis de sila yo ki te patisipe
nan travay konstriksyon an,
anpil lòt frè ak sè nou
pa ka konte te patisipe de lwen.
Anpil madanm te fè sakrifis pou
yo sipòte mari yo k ap patisipe,
gen lòt travayè a distans
ki te bay kout men,
pwoklamatè ki donan yo
te bay kòb yo,
e kèk lòt moun ki fidèl te bay
ankourajman ak èd pratik
a sila yo ki te kapab
travay sou sit la.
Lè n ap panse a sila yo
ki t ap ede pandan yo trè lwen,
sa fè n sonje 1 Samyèl 30: 24.
Pawòl Bondye a di nou sila yo
ki te rete ap veye bagaj yo
te resevwa menm rekonpans
ak sila yo ki te al nan batay la.
Menmsi nou pa
konnen pèsonèlman
pifò nan nou frè n ak sè n yo,
ki te apiye pwojè sa a,
sa ki sèten,
Jewova konnen
nou chak e nou tout.
Tankou Ebre 6:10
ban nou asirans sa:
‘Bondye pa enjis
pou l ta bliye travay nou fè
ak lanmou nou demontre pou
non l lè nou ede moun ki sen yo.’
Jewova atann pou n
ba li sa n genyen ki pi bon an.
Se sa k fè sakrifis
Kayen an pa t fè l plezi.
Li te konnen
Kayen te ka fè sa pi byen.
Jenèz 4:5.
Men tankou Abèl,
nou menm bon zanmi nou yo,
te bay Jewova
sa n genyen ki pi bon an.
Nou sèten nou
pral kontinye montre lanmou
pwofon nou genyen pou
Jewova a selon sitiyasyon nou.
Jenèz 4:4; Matye 22:37.
Anplis de sa,
Kolèj santral la
vle remèsye ak tout kè l
5 frè yo ki te sèvi nan Komite
pwojè konstriksyon Wòwik la
pou gwo travay yo te fè ak lanmou.
Nou vle voye
yon chay remèsiman tou
pou tout Betelit yo
ki te travay ‘men nan men’
pou reyalizasyon gwo pwojè teyokatrik sa a.
Sofoni 3:9.
Ladan yo genyen frè yo
ki nan Komite filyal Etazini an
ak tout lòt frè
ak sè k ap travay di
nan Depatman
transpò akseswa yo,
Depatman mentnans,
Depatman enfòmatik,
Depatman odyo videyo,
Depatman transpò,
e Biwo Betèl la ki kontinye ap
mennen travay tèt chaje sa a
ki se demenaje fanmi Betèl la
soti Bwouklin pou ale Wòwik.
Nou t ap manke konsiderasyon
si nou pa ta remèsye
plizyè milye frè ak sè devwe
ki te travay nan pwojè Wòlkil la.
Sa a tou se yon gwo reyalizasyon!
Se pou Jewova beni
espri volontè nou te demontre a.
Nan Bib la, pafwa
yo repete yon panse twa fwa
pou mete aksan sou li.
Menm jan an, nou di, ‘Mèsi,
mèsi, mèsi’ a tout moun
ki te ede n
e ki kontinye ap ede n fè kokennchenn
pwojè teyokratik sa a reyalize!
Jan Rit 2:12 di sa:
“Se pou Jewova beni w
pou sa w fè a
e se pou Jewova Bondye Izrayèl
la ba w yon gwo rekonpans
piske w vin chèche
pwoteksyon anba zèl li.”
Nou salye nou tout, e nou vle di
nou nou renmen nou anpil anpil.
Frè nou yo, Kolèj santral
Temwen Jewova yo.”
Menm jan sa te ye
pou pwojè Wòwik la,
n ap bezwen plizyè
milye volontè nan tout Etazini
pou pwojè Ramapo a.
Mèsi frè ak sè nou yo
paske nou ofri tèt nou san fòse,
mèsi pou priyè nou fè
ak tout kè nou yo,
e mèsi pou ofrann nou yo
nou fè pou pwojè Ramapo a.
Talè konsa, n ap jwenn yon
videyo espesyal sou jw.org,
konsènan pèmisyon nou
te jwenn pou pwojè Ramapo a.
Siman nou sonje nan
dènye enfòmasyon nou an
nou te fè nou konnen
sa k ap pase nan Nòvèj.
Nou te sezi lè n
te resevwa yon lèt
otorite gouvènman Oslo yo
nan peyi Nòvèj kote
yo menase n pou retire n pami
relijyon ki anrejistre legalman yo.
Nou kontan ban nou
dènye nouvèl sou ka sa a.
Nan dat 22 desanm 2022 a,
otorite yo nan Nòvèj te fè konnen
yo deside pou yo pa rekonèt
Temwen Jewova yo ankò
kòm yon relijyon ofisyèl.
Epi nan dat 28 desanm,
nou te ranpli yon aplikasyon
voye bay tribinal distri Oslo a
nou te mande yo
pou yo kanpe sou desizyon sa a
jiskaske nou mennen
ka a nan tribinal.
Nan dat 30 desanm, tribinal la
te mande gouvènman an
fon ti kanpe sou desizyon an.
Nou vrèman rekonesan
dèske tribinal distri Oslo a
te pran desizyon sa a.
Tanpri, kontinye priye pou
nou kapab genyen ka sa a.
Sa pa gen lontan,
nou te gen kèk nouvèl enteresan
konsènan Larisi.
Nan dat 9 desanm 2022 a,
Konsèy ewopeyen an te “[...]
mande Larisi” yon fason ki fèm
“pou l retire entèdiksyon
li mete sou aktivite
tout Temwen Jewova yo [...]
e pou l sispann tout
ankèt kriminèl k ap fèt kont yo.”
N ap tann pou n wè
ki sa Larisi pral fè.
Tanpri, kontinye priye pou tout frè
ak sè nou yo ki nan prizon.
Nou gen yon konfyans total
nan pawòl nou jwenn
salmis lan te ekri
nan Sòm 9:9, 10:
“Jewova ap vin yon refij pou moun y ap maltrete yo,
l ap yon refij pou yo
nan moman difisil yo.
Moun ki konn non w ap mete
konfyans yo nan ou
ou pap janm abandone moun
k ap chèche w yo, o Jewova.”
Nou kontan paske yo te lage kèk
frè ak sè nan mwa ki sot pase yo.
Pa egzanp, nan dat
30 novanm 2022,
yo te lage frè Sergey Polyakov
apre l te fin pase
twazan nan prizon.
Men, tanpri toujou kontinye priye
pou plis pase 175 frè ak sè
toupatou sou tè a ki toujou
nan prizon akoz lafwa yo.
Sa gen ladan l
frè Andrey Vlasov,
yo te kondane pou setan
nan yon prizon peyi Larisi.
Videyo ki vin annapre a ban nou
dènye enfòmasyon sou ka l la.
Andrey Vlasov malad anpil
e li andikape,
li se moun Siberi
e yon tribinal nan Larisi
te kondane l pou l
pase 7 an nan prizon.
Yo te kondane frè sa a
ki se yon moun pezib
paske li kwè nan Bondye
e l t ap li Labib.
Avoka yo pa t bay okenn prèv
ki montre mari m te koupab.
Pa egzanp, yo di li t ap travay
kont gouvènman an,
men yo pa di ki jan l te fè sa.
Yo pa bay okenn prèv pou montre
bagay mal mari m te fè.
Yo fè kwè li kraze fanmi,
ki fanmi li kraze?
Ki jan yo rele,
ki kote yo rete?
Yo pa janm bay okenn prèv.
Nan lis bagay yo akize l yo,
se sèlman atik 282 a
yo te mansyone ki
pale de ekstremis.
Lè Andrey te fin di
dènye pawòl li t ap di
devan tribinal la nan
dat 23 me 2022 a,
tribinal te sèlman
pran 5 minit poz
apre sa jij la vini li bay
desizyon an:
7 an prizon. Lè nou t ap kite
kay la, mari m te mande m
pou m pa kriye
kèlkeswa sa k pase.
M te eseye fè
sa l te mande m nan.
Mwen te sezi, se te menm bagay
la pou tout moun ki te la yo,
zanmi l, fanmi l,
tout moun te sezi.
Ni komisè gouvènman a ni jij la
pa t pran sante
Andrey an konsiderasyon.
Yo te pran l depi
nan tribinal la mennen l
nan prizon nan
vil Novokuznetsk.
Lè l te fèk rive nan prizon an,
li te nan yon selil poukont li.
Te gen gwo ravèt ak fil arenyen
tout kote, selil la te sal,
li te fè sa l kapab pou l netwaye l
yon fason pou l te ka ret ladan l.
Andrey gen atwoz, e fòm
maladi li genyen an grav,
sa ki lakòz toule de
ranch li yo rèd.
Sa ki vin fè li pa ka bouje yo,
Kòm rezilta, li vin pa ka
deplase alèz,
li pa ka pran swen tèt poukont li
e li pa ka plede soti.
Menm pou l met pantalon sou li,
yon bagay ki byen senp,
li oblije kouche atè a epi
goumen pou l foure l sou li.
Gouvènman Larisi a
gen yon lis maladi grav
li rekonèt ki kapab fè yo
pa mete yon moun nan prizon.
E maladi Andrey a ladan l.
Doktè Andrey a te konfime sa
e m te remèt jij la rapò a.
Maladi sa a kapab vin pi grav
e malerezman nan ka Andrey
li deja kòmanse vin pi grav.
Malgre Andrey se
yon moun andikape
e li toujou bezwen èd
nan domèn medikal,
yo te mete l nan yon selil
pou yon ti tan tousuit apre
otorite yo te fin fouye
kay li an 2020.
Apre sa, yo te mete l
nan prizon lakay li.
Restriksyon yo te ba li anvan yo
jije l yo te dire ennen 10 mwa.
Lè yo te entèdi mari m
pou l kite kay la
sa te vrèman difisil pou li
pou l pa kite kay la,
yo te ba l pèmisyon
pou l te mache
toutotou kay la
pou sèlman 2 èdtan,
Li pa t gendwa sèvi
ak telefòn, Entènet
oswa pou l pale ak kèlkeswa lòt
moun nan sof mwen menm,
paske mwen menm mwen
t ap viv nan menm kay la.
Menm pou l ap vizite
doktè oswa dantis
nou te oblije mande
yon pèmisyon espesyal
nan men moun ki
t ap mennen ankèt sou ka l la.
Selon sa Natalia di,
Andrey pa sispann
gen yon pwennvi pozitif.
Li fè efò pou l kontinye
ekri zanmi l yo ak Natalia.
Tout moun espere
Lakou kasasyon an
ap pran desizyon
lage Andrey.
Lè m ap reflechi
ak tout sa nou te pase
pandan 2 dènye ane sa yo,
m rann mwen kont,
se lè m ret ap reflechi
sou sa k ka rive,
mwen vrèman pè.
E lè bagay yo te rive vre,
m te santi
Jewova toupre m,
l ap ede m,
li tankou yon miray
k ap pwoteje m.
E kounye a mwen wè
mwen pa gen
okenn rezon pou m pè
okenn van pèsekisyon
oswa okenn eprèv.
Jewova kontinye byen pran swen
frè Vlasov, jan nou pral tande sa
nan eksperyans li te fè
nan mwa oktòb la:
Gen yon lòt frè,
Aleksandr Putintsev
ki te nan yon tren
pou prizonye
ki t ap deplase sot
nan yon prizon al nan yon lòt.
Frè Aleksandr te deja
nan tren an depi dis jou
lè tren an te kanpe
nan rejyon Kemorovo
pou yo pran lòt prizonye.
Yo te fè frè Andrey Vlasov
monte nan tren sa a
e yo te mete l nan menm selil
avèk lòt prizonye.
Lòt prizonye yo te kòmanse
ap mande l kiyès li ye,
poukisa l nan prizon.
Li reponn:
“Mwen rele Andrey Vlasov,
e mwen nan prizon
poutèt lafwa m nan Bondye.”
Lè sa a, gen yon mesye
ki vole sot sou ban an
epi li di:
“Ebyen, sanble ou menm
avè m nou se frè.”
Èske nou ka imajine sa?
Byenke yo pa t nan menm rejyon,
e yo pa t nan menm prizon,
yo te mete yo
nan menm tren an,
e yo te menm mete yo
nan menm selil nan tren an!
Anfèt sa k te pase,
madanm toule de frè
sa yo te priye
pou mesye yo rankontre.
E sa te parèt enposib!
Men, Jewova te fè sa rive.
Frè yo te pase plis pase
12 èdtan ansanm.
E yo te jwenn ankourajman youn
nan men lòt, e yo te bezwen sa.
Vrèmanvre, Sila a ki
koute lapriyè a
konnen ki jan pou l
pran swen frè nou yo.
E nou pap bliye
3 sè nou yo nan peyi Larisi
ki nan prizon pou lafwa yo:
sè Olga Ivanova,
sè Lyudmila Shchekoldina,
ak sè Anna Safronova.
Yo kondane
sè Safronova pou sizan
nan yon prizon pou kriminèl.
Se premye fwa depi 2017
lè yo entèdi travay nou an,
yo bay yon sè yon santans
ki di e ki long konsa.
N ap kontinye priye tou
pou frè Shamil Khakimov
ki gen 71, ki nan prizon
nan Tajikistan depi
fevriye 2019.
Anrapò ak frè Khakimov,
men sa Nury Turkel
yon manm Komisyon ameriken
sou libète relijyon entènasyonal
fè konnen:
“Depi ane 2019,
yo kondane mesye sa a
ki aje e ki malad
pou l pase setan edmi
nan yon vye prizon ki chaje moun.
Santans sa a yo ba li a pa nòmal,
e sa ka lakòz
li mouri nan prizon.
Yo pa gen rezon
mete l nan prizon
poutèt l ap pratike lafwa l
yon fason ki pezib
antanke Temwen Jewova.
Byenke an 2020 an
yo te retire nan santans lan,
frè Khakimov poko
ap jwenn libète l.
L ap rete nan prizon
pou jis me 2023.
Tanpri, kontinye priye
pou frè Khakimov.
Toupatou sou tè a,
frè ak sè nou yo okipe anpil
nan travay pote sekou a.
Pa egzanp, sa gen kèk mwa
nou te deja konprann
anpil frè ak sè
nan peyi Ikrèn
t ap gen bezwen rad
pou sezon fredi a.
Donk, yo te envite plis pase
200 kongregasyon ann Almay
pou yo bay rad
ak lòt bagay ki nesesè.
Ki rezilta sa te bay?
Nou te resevwa anviwon
36 mil rad ak 6 500 pè soulye
frè ak sè yo te bay.
Grasa èd nou te jwenn
nan men filyal peyi Polòy
nou te voye 105 palèt rad
ki peze 26.1 tòn
bay Ikrèn nan kamyon.
Men sa yon frè di:
“Èd nou te resevwa
nan men nou an
te ede nou sipòte
sezon fredi a ak lapli.
Lè m te oblije kouri
kite lakay mwen, li pa t fè frèt.
Donk, mwen pa t oblije
pran okenn rad pou fredi.
Mwen di nou mèsi ak tout kè m
pou sousi nou demontre pou nou.
Se yon prèv klè ki montre jan
Jewova, Papa nou, renmen nou.”
Gen yon sè ki di:
“Jenewozite nou ak bonte nou
te touche nou anpil.
Èd sa a fè nou pa enkyete nou
depase limit.
Pa mwayen nou,
Jewova fè nou sonje
li pap janm kite nou
ni l pap janm abandone nou.
Pa gen okenn rezon pou nou pè
oswa pou n enkyete nou.
Panse sa yo vrèman bèl,
pa vre?
Apre dènye katastwòf
natirèl ki te pase yo,
travay rekonstriksyon
ak renovasyon an
ap byen pwogrese nan Kiba,
Nijerya,
Filipin,
Pòtoriko,
Etazini
ak lòt kote ankò.
Nou kontinye priye
pou tout moun ki te viktim
nan katastwòf sa yo
ak tout moun k ap pote èd yo.
E nou remèsye nou tout pou
ofrann nou fè ak tout kè nou,
sa ki pèmèt nou pran swen
frè ak sè nou yo ki viktim
katastwòf sa yo.
Mèsi.
Depi mwa jen 2022,
lè n te rekòmanse
kèk fòm predikasyon an pèsòn
nou te tande bèl rapò
ki soti nan tèritwa yo.
Gen vrèman yon gwo akwasman
nan katite etid biblik yo.
Anfèt depi mwa me,
toupatou sou tè a
gen prèske 30 pousan akwasman
nan kantite etid biblik yo.
Sa vle di pou kounye a,
frè ak sè yo ap kondui plis pase
1 milyon edmi nouvo etid biblik.
Èske sa pa estrawòdinè?
Nou pral tande kèk
kòmantè ki soti
nan Biwo filyal
toupatou sou tè a
konsènan bèl akwasman
nou te jwenn depi me 2022.
Nan Angola, soti me 2022
rive oktòb 2022,
nou te vin gen plis pase
265 mil nouvo etid biblik.
Nan peyi ki sou kont
filyal Amerik santral la,
nou jwenn rapò ki fè konnen
gen plis pase 680 mil etid biblik.
Sa se 136 mil etid anplis
sa nou te genyen an me 2022.
Nan Papwazi Nouvèl Gine,
nou te gen yon akwasman
15 pousan nan etid biblik yo
depi lè nou te rekòmanse
preche an pèsònn.
Nan peyi ki sou kont
filyal Ewòp santral la,
nou kontan jwenn rapò ki montre
gen akwasman nan etid biblik yo.
Rapò sa yo fè konnen gen
plis pase 6 800 nouvo etid biblik
nan sèlman 3 premye
mwa nan ane sèvis 2023 a.
Nan Kongo Kinshasa
nou jwenn rapò ki fè konnen
gen plis pase 290 mil
nouvo etid biblik
depi lè nou rekòmanse
preche an piblik
e nou rekòmanse
peche kay an kay.
Nan peyi ki sou kont filyal
Etazini yo,
nou gen prèske 30 mil
nouvo etid biblik nan sèlman
2 premye mwa
ane sèvis 2023 a.
Ann Espay, soti me 2022
rive oktòb 2022,
nou te gen yon akwasman 4
pousan nan kantite etib biblik yo.
Nan Mozanbik, nou jwenn rapò ki
fè konnen gen plis pase
47 mil nouvo etid biblik
depi lè nou rekòmanse
preche an pèsònn.
Nan Venezyela, nan mwa me nou
te jwenn rapò ki te fè konnen
gen plis pase 67 mil etid biblik.
Men ann oktòb, te gen
prèske 105 mil etid biblik.
Nou vrèman kontan wè
jan Jewova beni travay la.
Nan Kore,
pandan 30 mwa ki sot pase yo,
kantite pwoklamatè yo
te ogmante chak mwa.
Kounye a, nou genyen
106 050 pwoklamatè.
E pandan 27 mwa
ki sot pase yo,
kantite pyonye pèmanan yo
te ogmante chak mwa.
Kounye a, nou gen 50 846 pyonye.
Sa vle di, prèske mwatye
kantite pwoklamatè nou yo
ap sèvi kòm pyonye pèmanan.
Isit la nan Malawi,
gen yon gwo akwasman
nan kantite etid biblik yo.
Nan mwa me, nou te gen
plis pase 87 mil etid biblik.
Men ann oktòb, nou te
gen plis pase 130 mil etid biblik.
Nan Filipin, depi mwa me,
nou jwenn rapò ki fè konnen
gen plis pase
60 mil nouvo etid biblik,
e an novanm pou premye fwa,
nou te rive 240 mil pwoklamatè.
Èske sa pa t ankourajan?
Bon, men yon dènye egzanp.
Nan yon peyi kote
yo entèdi aktivite nou yo,
te vin gen prèske 3 mil
nouvo etid biblik depi mwa me.
Sa enteresan paske malgre opozisyon
travay la kontinye avanse.
Kolèj santral la kontan
lè l tande rapò sa yo
konsènan sa k ap fèt
nan tèritwa yo,
vrèmanvre, Jewova ap
akselere travay la.
Sa pa gen lontan,
yo te fè yon anons
kote yo te fè pyonye
pèmanan yo konnen,
y ap rekòmanse gen
yon kantite lè pou yo bay
apati 1ye mas 2023.
Depi lè a, pyonye yo
ap chèche ranje pwogram yo
pou yo kapab rive fè
kantite lè yo mande a.
Men, Kolèj santral la konprann
sa k ap pase nan monn.
Gen anpil filyal ki fè konnen
se goumen pyonye yo
ap goumen pou yo rive fè lè yo.
akoz jan lavi a vin chè.
E anpil ladan yo ap fè fas
ak katastwòf natirèl,
dezòd nan peyi yo, ak lagè.
Ann 1999, Kolèj santral la te
egzamine sitiyasyon pyonye yo.
Men sa Ministè Wayòm janvye 1999 te di:
"Nou remake pwoblèm pyonye yo ap rankontre vin pi plis,
sitou nan kesyon jwenn yon travay ki pa a plen tan,
pou pèmèt yo satisfè
bezwen yo kòrèkteman,
pou yo rete nan
sèvis a plen tan an.
Mete sou sa, nan anpil peyi,
sitiyasyon ekonomik la fè
l vin pi difisil pou lòt moun
pran sèvis pyonye,
menm si yo anvi fè sa
ak tout kè yo.
Diran mwa ki sot pase yo,
[nou] te egzamine kesyon sa yo
ak lòt pwen ankò ak anpil atansyon.”
Akoz sitiyasyon sa yo, Kolèj
santral la te deside an 1999
pou l fè ajisteman nan
kantite lè pyonye yo te gen bay.
Kounye a, 24 an apre,
kòm sitiyasyon nan monn nan
kontinye ap vin pi mal,
Kolèj santral la rann li kont pyonye yo
ap fè fas ak menm sitiyasyon sa yo jodi a.
Se sa k fè, nou vrèman
kontan fè nou konnen
Kolèj santral la te deside
pou l fè ajisteman nan kantite
lè pyonye yo gen pou bay
apati 1ye mas 2023.
Petèt li t ap bon
pou note sa n pral di a.
Ou pare?
Men nouvo ajisteman yo:
Pou pyonye pèmanan yo,
kounye a, y ap gen pou yo bay
600 èdtan pou ane a,
sa vle di, yon mwayèn
50 èdtan pa mwa.
Pou pyonye oksilyè yo,
kantite lè y ap gen
pou yo bay la se 30 èdtan.
Men tande sa,
sa vrèman enteresan,
pandan mwa mas ak avril,
e nan mwa kote
ap gen vizit siveyan,
pwoklamatè yo ka chwazi
sèvi kòm pyonye oksilyè,
pandan mwa sa yo,
pou 15 èdtan.
Sa ta dwe fè l posib pou
plis pwoklamatè vin patisipe
nan sèvis pyonye oksilyè a,
pandan mwa spesyal sa yo.
Men, e pyonye spesyal yo
ak misyonè yo?
Kounye a, y ap gen pou yo bay
100 èdtan pa mwa,
sè yo, ki pyonye spesyal oswa misyonè
e ki gen 40 an oswa pi plis,
ap gen pou yo bay 90 èdtan kounye a.
Ki jan n ta dwe konsidere
ajisteman sa yo?
Ajisteman sa yo
se prèv klè ki montre
gwo lanmou ak gwo tandrès
Jewova genyen pou pèp li a.
Nou ta renmen pou pi plis moun
posib kontinye kenbe
bèl privilèj yo genyen
pou yo sèvi kòm pyonye.
E nou santi ajisteman sa yo
pral fè posib pou pi
plis moun toujou
pran desizyon pou vin
sèvi kòm pyonye.
Etandone kantite moun
k ap mande etidye Labib yo
ap vin pi plis
toutpatou sou tè a,
kounye a, se pi bon lè pou nou
ogmante patisipasyon nou
nan travay predikasyon an.
Si w deja ap sèvi kòm pyonye,
nou swete w ap ka kontinye.
Si w poko ap sèvi kòm
yon pyonye pèmanan,
èske l ap posib pou ou
pou w fè sa?
E avèk peryòd Memoryal la
k ap avanse a,
pa gen dout ansyen yo,
sèvitè ministeryèl yo
ak pwoklamatè yo
pral priye pou yo wè si
yo ka sèvi kòm pyonye oksilyè.
Èske w ka fè sa?
Nou pa ka tann pou Jewova
beni tout aranjman sa yo,
k ap fèt pou
ba l glwa ak louwanj.
Wi, nou swete pou nou tout
kontinye fè tout sa nou kapab
pou n jwenn moun ki
nan bon dispozisyon
pou resevwa lavi
ki pap janm fini an.
Nou renmen nou tout anpil,
depi Syèj mondyal Temwen Jewova,
se te Tele JW.