00:00:01
Nou kontan akeyi w!00:00:02
00:00:02
Nou nan yon bèl epòk nan ane a!00:00:05
00:00:05
Epòk memoryal la rive,00:00:07
00:00:07
e nou deja kòmanse
kanpay envitasyon an.00:00:10
00:00:10
E kounye a,00:00:12
00:00:12
anpil nan nou kapab pyonye
grasa ajisteman ki te fèt00:00:15
00:00:15
nan lè pyonye yo
gen pou bay yo.00:00:17
00:00:17
Se pa de lèt ak kat nou pa
resevwa nan men frè ak sè yo00:00:22
00:00:22
ki kontan poutèt ajisteman
ki fèt nan lè pyonye yo.00:00:26
00:00:26
Men sa yon sè te ekri:00:00:28
00:00:28
“Mwen se yon manman,
yon madanm,00:00:31
00:00:31
m gen pou m pran swen kay la,
mwen travay amitan00:00:34
00:00:34
e m ap pran swen paran m ki aje.00:00:36
00:00:36
Donk dènye enfòmasyon jodi a
vrèman ankouraje m.00:00:40
00:00:40
Menm pandan m ap ekri nou an
m gen dlo nan je m.00:00:43
00:00:43
Anpil nan nou vrèman fatige
nan dènye jou sa yo,00:00:46
00:00:46
men nou tout sa nou vle
se kontinye sèvi Jewova fidèlman00:00:50
00:00:50
e nou vle rete chofe
nan travay predikasyon an.00:00:53
00:00:54
Se sa k fè, anons yo fè pou yo
retire nan lè pyonye yo00:00:58
00:00:58
se repons priyè nou.00:01:00
00:01:00
Sa te ranfòse lafwa nou, e sa
te fè nou wè yon lòt fwa ankò00:01:04
00:01:04
ki jan Jewova renmen nou.00:01:06
00:01:06
Mèsi anpil.00:01:08
00:01:09
Men sa yon lòt sè ekri:00:01:11
00:01:11
“Mwen jis vle pran yon minit pou m
di nou jan m kontan konsènan00:01:16
00:01:16
ajisteman ki genyen nan
lè pyonye oksilyè yo.00:01:19
00:01:19
Mwen te kriye.00:01:21
00:01:21
Mwen dwe al fè dyaliz
pou ren m twa fwa pa semèn.00:01:24
00:01:24
Sa fè m fatige anpil.00:01:27
00:01:27
Men, 15 èdtan!00:01:28
00:01:29
Mwen ka fè sa.00:01:30
00:01:30
Sa montre nou ankò
jan Bondye bon.00:01:33
00:01:35
Pa gen dout frè m ak sè m yo,00:01:37
00:01:37
anpil nan nou t ap di
menm pawòl ki nan mesaj sa yo.00:01:41
00:01:41
Èske sa pa ankourajan tou pou nou konnen depi 1ye janvye 2023,00:01:46
00:01:46
lekòl teyokratik yo
rekòmanse fèt an pèsòn?00:01:49
00:01:49
Ane sa a, toupatou sou tè a,00:01:52
00:01:52
yo apwouve plis pase 430 klas
Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan00:01:57
00:01:58
ak plis pase 170 klas Lekòl pou
siveyan sikonskripsyon yo ak madanm yo.00:02:03
00:02:03
Mete sou sa, ansyen yo
asiste klas yo fè an pèsòn 00:02:08
00:02:08
pou Lekòl pou ansyen yo
nan kongregasyon yo.00:02:11
00:02:11
N ap priye pou Jewova
kontinye beni lekòl sa yo.00:02:15
00:02:17
Nou gen yon lòt bèl anons pou nou.00:02:19
00:02:20
Nou kontan fè nou tout konnen
apati 1ye jen 2023,00:02:24
00:02:24
anpil filyal toupatou sou tè a
pral rekòmanse ak vizit gide00:02:29
00:02:29
selon dispozisyon ki genyen
pou zòn nan.00:02:31
00:02:32
Pou kòmanse, pou kesyon
sante ak sekirite,00:02:35
00:02:35
kantite moun k ap ka vizite
Betèl la ap redui anpil.00:02:40
00:02:41
Si pa gen gwo pwoblèm alavni,
kantite moun k ap ka vizite Betèl yo00:02:46
00:02:46
ap ogmante tikras pa trikras.00:02:49
00:02:49
Filyal ki nan zòn ou an
ap bay plis detay sou sijè sa a00:02:53
00:02:53
pi devan nan mwa sa a.00:02:55
00:02:56
Natirèlman, nou kontinye priye e
panse ak frè ak sè nou yo nan peyi Tiki.00:03:03
00:03:03
Tranblemanntè mayitid 7.8
ki te fèt 6 fevriye a00:03:08
00:03:08
te lakòz plizyè milye moun mouri.00:03:11
00:03:12
Siman w ap mande
kòman frè ak sè nou yo ye.00:03:15
00:03:15
Frè Ercüment Kadim ansanm avèk nou00:03:18
00:03:18
e li pral ban nou
dènye enfòmasyon yo.00:03:20
00:03:21
Mèsi paske w avèk nou frè Kadim.00:03:24
00:03:25
Èske w ka di nou kòman sa ye kounye a?00:03:28
00:03:28
Mèsi frè Cook.00:03:29
00:03:30
Gen plis pase 500 frè ak sè
k ap viv nan zòn katastwòf la.00:03:34
00:03:34
Malerezman, gen yon sè aje ki mouri.00:03:37
00:03:37
E gen yon frè ak madanm li
ak de tipitit yo ki mouri tou.00:03:42
00:03:42
Apre sa, pa gen okenn lòt frè
ak sè ki mouri oswa ki blese.00:03:46
00:03:46
Piske gen 120 frè ak sè
ki deplase kite kay yo,00:03:51
00:03:51
kèk nan nou ka ap mande
ki jan yo ye e ki jan00:03:54
00:03:54
travay komite sekou a ap avanse.00:03:57
00:03:57
Erezman, yo tout jwenn
yon kote pou yo rete:00:04:01
00:04:01
kay fanmi ou kay zanmi
oswa yo deplase al yon lòt kote.00:04:05
00:04:05
Frè yo ki nan komite sekou yo
ak ansyen nan kongregasyon yo00:04:10
00:04:10
ap ede yo jwenn sa yo bezwen
nan domèn fizik, emosyonèl00:04:14
00:04:14
e sa ki pi enpòtan,
nan domèn espirityèl.00:04:17
00:04:17
L ap pran yon ti tan
anvan nou konnen00:04:20
00:04:20
sa chak fanmi bezwen
e ki sa k ap posib pou yo jwenn.00:04:23
00:04:24
Anpil nan nou mande ki sa
nou ka fè pou nou ede yo.00:04:29
00:04:29
Tanpri, kontinye priye pou nou.00:04:33
00:04:33
E nou vrèman apresye ofrann
frè ak sè yo fè toupatou sou tè a.00:04:38
00:04:38
Ofrann nou yo yo pèmèt
òganizasyon an ede00:04:42
00:04:42
frè ak sè ki nan bezwen yo.00:04:44
00:04:44
Mèsi frè Kadim pou travay di
ou fè nan komite sekou a.00:04:49
00:04:49
N ap kontinye priye
pou tout frè ak sè yo.00:04:52
00:04:52
Mèsi frè Cook.00:04:54
00:04:54
Nou vrèman apresye èd
frè ak sè toupatou sou tè a.00:04:58
00:04:59
Nan dènye enfòmasyon an,00:05:01
00:05:01
nou te resevwa yon bèl anons
ki te fè n kontan.00:05:05
00:05:06
Nan dat 18 janvye 2023,00:05:09
00:05:09
yo te anonse frè Gage Fleegle
ak Jeffrey Winder pral sèvi00:05:13
00:05:13
kòm manm Kolèj santral la.00:05:15
00:05:16
Nou kontan genyen yo
avèk nou nan stidyo a jodi a .00:05:19
00:05:19
Nou pral pase kèk minit
ansanm avèk yo00:05:22
00:05:22
pou n ka konnen yo
yon tikras pi byen.00:05:24
00:05:27
Frè m yo, nou konnen
nou toule de a00:05:31
00:05:31
grandi nan yon fanmi
Temwen Jewova.00:05:33
00:05:34
Ki sa k te fè nou renmen Jewova00:05:36
00:05:36
e ki sa k te fè nou vin sèvi l?00:05:38
00:05:38
Jeff, n ap kòmanse avè w.00:05:40
00:05:41
Lefètke paran nou yo
te renmen Jewova anpil,00:05:44
00:05:44
sa te ede nou menm timoun yo
aprann Jewova epi chwazi sèvi l tou.00:05:48
00:05:49
M te toujou konnen
sa m ap aprann yo se laverite. 00:05:52
00:05:52
Men, tank mwen t ap vin pi gran,
sitou nan adolesans mwen,00:05:55
00:05:56
laverite te kòmanse fè plis sans
pou mwen e m te vin pi renmen l.00:06:01
00:06:03
Se tankou laverite te vin
yon bèl tablo ki gen00:06:05
00:06:05
anpil bèl koulè olye l
te jis nwa e blan. 00:06:07
00:06:07
Kongrè distri an 1985 lan,
jan yo te rele l lè sa a,00:06:10
00:06:11
te vrèman fè yon gwo efè
sou mwen, sitou diskou batèm nan.00:06:15
00:06:15
E dènye diksou nan kongrè sa a
tou te gen yon bon efè sou mwen.00:06:19
00:06:19
E se apati lè sa a
mwen te kòmanse gen00:06:21
00:06:21
yon relasyon pèsonèl ak Jewova.00:06:23
00:06:23
Se sa k fè, nan ane apre a, donk
an 1986, mwen te vwe lavi m00:06:27
00:06:27
bay Jewova e mwen te batize.00:06:29
00:06:29
Mèsi anpil frè Winder
paske w pataje sa avèk nou.00:06:33
00:06:33
Gage, m ta renmen konn repons
pa w pou menm kesyon an.00:06:36
00:06:37
Bon, menm jan ak Jeff,00:06:39
00:06:39
li te fasil pou mwen menm,00:06:41
00:06:41
frè m yo ak sè m nan
pou nou aprann konn Jewova00:06:44
00:06:45
e pou nou renmen l.00:06:46
00:06:47
Ni manman m ni papa m
te gen yon lafwa ki solid.00:06:51
00:06:51
Papa m te konn pwofite okazyon
pou l anseye nou sou00:06:55
00:06:55
kreyasyon an, sa l aprann nou
sou kalite Jewova yo.00:06:58
00:06:59
Pa egzanp,00:07:00
00:07:00
mwen menm avè l te konn leve
bonè pou n al gade solèy la k ap leve.00:07:04
00:07:05
Manman m li menm te kòmanse
sèvis pyonye lè m te gen 11 an00:07:09
00:07:09
e li toujou pyonye jounen jodi a.00:07:11
00:07:12
Li toujou mete Jewova
nan premye plas nan lavi l00:07:15
00:07:15
e sa te vrèman yon bèl
egzanp pou mwen.00:07:19
00:07:19
Mwen te pyonye tou
nan dènye ane klas segondè m00:07:23
00:07:23
pou jis mwen te vin antre nan Betèl.00:07:26
00:07:26
Se vrèman bèl pwen frè m yo,
e nou vle konn plis.00:07:29
00:07:29
Men yon lòt kesyon ankò.00:07:31
00:07:31
Poukisa w te deside vin pyonye
e w te deside antre nan Betèl?00:07:35
00:07:35
Jeff ou mèt ale.00:07:36
00:07:37
Pou mwen, m ka di bon
frekantasyon te ede m anpil.00:07:41
00:07:42
Sa k enteresan, te gen plizyè
lòt jèn frè nan kongregasyon00:07:45
00:07:45
mwen te ye a ki te batize
nan menm jou avè m,00:07:48
00:07:48
nan menm asanble a.00:07:50
00:07:50
E nan fen asanble a,
nou te vin rann nou kont00:07:53
00:07:53
nou ka pyonye oksilyè kounye a.00:07:55
00:07:55
Donk, nou te deside
nan mwa apre a n ap kòmanse.00:07:58
00:07:58
E nou te tèlman renmen sa,
nou te pran sèvis pyonye a00:08:00
00:08:00
pou mwa apre a tou
e pandan tout ete a.00:08:03
00:08:03
Konsa, nou pa t vle kanpe,
nou te renmen sa. 00:08:06
00:08:06
E twa nan nou te tou vin
pyonye pèmanan depi lè sa a.00:08:09
00:08:10
Pou sèvis Betèl la, mwen te
deja gen 2 pi gran frè m yo00:08:13
00:08:13
ki t ap sèvi Wòlkil pandan m
te nan adolesans mwen.00:08:16
00:08:16
Nou te gen posiblite al vizite yo
pandan yo te la e lè m te wè00:08:20
00:08:20
kòman Betèl la ye, tout travay
ki t ap fèt la, sa te vin fè m anvi00:08:25
00:08:25
al sèvi Betèl tou
lè m t ap vin gen laj pou sa.00:08:28
00:08:28
Trè byen.00:08:29
00:08:29
E ou Gage, ki sa k te motive w?00:08:31
00:08:31
Pou mwen li te nòmal pou m
antre nan sèvis aplentan.00:08:35
00:08:35
Paske mwen panse vwe
lavi w bay Jewova00:08:39
00:08:39
epi ba l tout sa w genyen
ki pi bon mache ansanm.00:08:43
00:08:43
Donk se objektif sa a paran m
te toujou mete devan nou.00:08:47
00:08:47
Yo te toujou resevwa moun ki
nan sèvis aplentan espesyal,00:08:51
00:08:51
tankou siveyan sikonskripsyon,
frè ak sè ki nan Betèl.00:08:54
00:08:54
Mwen te konn pase tan avèk yo
e mwen te wè jan yo kontan,00:08:57
00:08:57
sa te fè m anvi menm jan avèk yo.00:08:59
00:08:59
Lè m te gen 12 an, mwen te
asiste reyinyon ki te konn fèt00:09:03
00:09:03
nan kongrè regyonal pou
moun ki vle al sèvi nan Betèl,00:09:06
00:09:06
e depi lè sa a, mwen te vle
al sèvi nan Betèl.00:09:09
00:09:09
Sa vrèman enteresan pou n wè
se depi lè w te jèn00:09:13
00:09:13
ou te anvi al sèvi nan Betèl.00:09:15
00:09:16
Men twazyèm kesyon an: 00:09:17
00:09:18
Ki kèk asiyasyon ou
te genyen nan Betèl00:09:21
00:09:21
e ki benediksyon w
te jwenn ladan yo?00:09:24
00:09:24
Jeff?00:09:25
00:09:25
Mwen te kòmanse travay nan Wòlkil.00:09:27
00:09:27
Premye asiyasyon m
se te nan Depatman netwayaj.00:09:30
00:09:30
Pou mwen, kòmanse sèvis Betèl mwen
nan Depatman netwayaj00:09:34
00:09:34
se te pi bon fason pou m kòmanse.00:09:35
00:09:36
Paske travay nan Betèl
ka aprann ou yon pakèt bèl kalite00:09:40
00:09:40
tankou obeyisans, pasyans ak imilite.00:09:43
00:09:43
E lefètke m te kòmanse
nan Depatman sa a,00:09:46
00:09:46
ki se yon depatman ki
vrèman ap ede lòt moun,00:09:48
00:09:48
sa te ede m kòmanse
aprann kalite sa yo00:09:50
00:09:50
ki t ap ede m pandan tout rès vi m.00:09:52
00:09:53
Apre sa, mwen t al travay
nan Depatman ki responsab00:09:56
00:09:56
pwodui manje, tankou fwi
ak legim, toujou nan Wòlkil.00:10:00
00:10:01
Mwen te vrèman renmen
asiyasyon sa a tou00:10:03
00:10:03
paske byenke travay la te di,
men nou te travay avèk00:10:07
00:10:07
frè ak sè ki te renmen Jewova.00:10:09
00:10:09
M te fè anviwon 3 an
ap travay nan depatman sa a.00:10:11
00:10:13
Apre sa, yo te transfere m.00:10:14
00:10:14
Mwen t al travay nan biwo.00:10:15
00:10:16
Mwen te fè anviwon 22 an
ap travay kòm sekretè.00:10:18
00:10:19
Mwen te fè travay sa a
pou diferan depatman00:10:22
00:10:22
e pou plizyè frè,
toujou nan Wòlkil.00:10:25
00:10:25
Pandan tout tan sa a,
mwen te aprann anpil00:10:28
00:10:28
nan eksperyans frè ki gen sajès
k ap travay pou Jewova00:10:31
00:10:31
depi plizyè ane e ki te byen
konnen fason pou yo òganize00:10:35
00:10:35
tout travay la nan Betèl la.00:10:37
00:10:37
E se sa k te ede m,
se sa k te aprann mwen00:10:40
00:10:40
fason pou m fè lòt asiyasyon
mwen t apral genyen pi devan yo.00:10:43
00:10:44
Menm asiyasyon mwen genyen kounye a.00:10:45
00:10:46
E m sonje, mwen te gen privilèj
travay avèk ou00:10:49
00:10:49
nan Biwo Betèl pandan anviwon 10 an.00:10:51
00:10:52
Nan ane 2016, mwen te vrèman
sezi lè yo te transfere nou00:10:55
00:10:55
nan Patèsonn, kote yo
te mande m pou m travay00:10:57
00:10:57
ak Depatman odyo videyo.00:10:59
00:10:59
E mwen pa t gen eksperyans,
mwen pa t konn anyen nan odyo ak videyo.00:11:04
00:11:04
Men, frè ak sè nan Depatman sa a
te gen anpil pasyans avè m,00:11:07
00:11:07
e yo te reponn tout kesyon m yo.00:11:09
00:11:09
Avèk letan, mwen te kòmanse
aprann travay la00:11:12
00:11:12
e mwen te vin
vrèman renmen fè l.00:11:14
00:11:15
Se yon travay ki vrèman
enteresan e se yon gwo privilèj00:11:18
00:11:18
pou m ka patisipe nan
pwodui manje espirityèl yo.00:11:21
00:11:21
Mwen te vin bon zanmi frè
ak sè nan Depatman sa a.00:11:24
00:11:25
Epi nan ane 2020, mwen te
vin vrèman sezi ankò00:11:28
00:11:28
lè yo te transfere nou nan Wòwik.00:11:30
00:11:31
E la a, yo te mande m pou m
travay nan biwo pou pèsonèl00:11:35
00:11:35
e la ankò, mwen te kontan
travay avèk yon seri frè00:11:38
00:11:38
ki gen eksperyans, ki kalifye
e m te ka konte sou yo.00:11:42
00:11:42
Mèsi Jeff paske w pataje
eksperyans ou avèk nou.00:11:46
00:11:46
Nou te vrèman kontan tande sa.00:11:47
00:11:47
E ou Gage, ki asiyasyon w te
genyen e ki benediksyon w te jwenn?00:11:51
00:11:51
Premye travay mwen se te
kote yo konn relye liv la,00:11:54
00:11:54
e m te travay la pandan 8 an.00:11:56
00:11:56
Nan travay sa a, mwen te aprann
pou m yon moun ki toujou alè,00:11:59
00:11:59
pou m travay di e pou m
fin fè travay mwen00:12:02
00:12:02
menmsi sa difisil paske pafwa,
li te konn fè cho anpil. 00:12:05
00:12:05
E mwen te aprann travay tou
ak moun ki soti tout kote,00:12:09
00:12:09
ki gen diferan kilti, ki vrèman
diferan parapò ak sa m te konnen,00:12:15
00:12:15
e m te aprann travay nan inite ak lapè.00:12:18
00:12:18
Apre sa, yo te voye m
travay nan Depatman sèvis.00:12:21
00:12:21
Sa te vrèman diferan parapò ak
travay nan enprimri an.00:12:24
00:12:24
Nan travay sa a, mwen te aprann
enpòtans pou m chèche jwenn00:12:28
00:12:28
tout enfòmasyon anvan m
pale sou yon bagay.00:12:30
00:12:31
Enpòtans pou gen anpil moun
k ap bay konsèy, chèche konn sa00:12:35
00:12:35
diferan frè panse
anvan w bay direksyon.00:12:38
00:12:38
E m te aprann valè pratik
Pawòl Jewova a genyen,00:12:41
00:12:42
se ka yon pwoblèm pèsonèl,
pwoblèm nan fanmi,00:12:45
00:12:45
pwoblèm nan kongregasyon an.00:12:46
00:12:46
Pawòl Jewova a ka ede m
nan tout sitiyasyon sa yo.00:12:50
00:12:50
Epi, nan ane 2015,
yo te mande m00:12:54
00:12:54
pou m travay nan Biwo ansèyman.00:12:56
00:12:56
E la, m te aprann se pa t sèlman
prepare bèl pawòl pou frè yo00:13:02
00:13:02
toupatou sou tè a,
men l te enpòtan tou00:13:05
00:13:05
pou n prepare pawòl ki egzak.00:13:08
00:13:08
Prepare tout sa pou frè ak sè yo
e wè jan lespri sen Jewova00:13:13
00:13:13
pèmèt tout pwojè a rive reyalize atan.00:13:18
00:13:18
Mèsi anpil Gage.00:13:20
00:13:20
Nou te vrèman kontan tande
eksperyans nou toule de a00:13:23
00:13:23
ak benediksyon
nou te jwenn ladan yo.00:13:25
00:13:25
Kounye a, men dènye kesyon
nou gen pou nou toule de a.00:13:28
00:13:28
Èske gen yon vèsè nan Bib la
ki te ban nou fòs pandan00:13:32
00:13:32
nou pral kòmanse
nouvo asiyasyon nou?00:13:34
00:13:34
Jeff n ap kòmanse avè w ankò.00:13:36
00:13:36
Wi, genyen.00:13:38
00:13:38
Mwen menm ak madanm mwen
nou gen kèk vèsè00:13:40
00:13:40
nou te li anpil nan Ezayi 26.00:13:43
00:13:44
E sitou nan asiyasyon sa a.00:13:46
00:13:47
Mwen konnen mwen pap ka fè
asisyasyon sa a poukont mwen00:13:50
00:13:50
e pafwa, gen moman kote m00:13:53
00:13:53
santi mwen pè men, nan Ezayi 26,
Jewova vrèman rekonfòte m.00:13:58
00:13:58
Vèsè 12 la di: “O Jewova, w ap fè
nou jwenn lapè, paske se ou00:14:04
00:14:04
ki ban nou fòs pou nou
fè tout sa n ap fè.”00:14:07
00:14:08
Mwen santi se Jewova
k ap ankouraje m.00:14:10
00:14:10
Li fè m konnen
mwen pa poukont mwen,00:14:12
00:14:12
l ap kontinye ede m.00:14:15
00:14:15
E nan vèsè a, lè l di,00:14:17
00:14:17
ou ban nou fòs pou nou fè
tout sa n ap fè,00:14:19
00:14:19
se pa bagay nou fè
kounye a sèlman00:14:22
00:14:22
men li gen ladan l
sa nou te fè anvan sa00:14:25
00:14:25
e mwen te wè sa nan asiyasyon
m te gen anvan yo.00:14:27
00:14:27
Jewova te ede m, li te montre m
kòman pou m fè yo.00:14:30
00:14:31
E sa vrèman soulaje m.00:14:32
00:14:32
Jan vèsè a di a, sa fè m jwenn lapè.00:14:35
00:14:36
Nan vèsè 3 a, li bay
plis esplikasyon toujou.00:14:38
00:14:38
Li di:00:14:38
00:14:39
“W ap pwoteje moun
ki konte sou ou nèt yo.00:14:42
00:14:42
W ap ba yo lapè nètale, paske,
se nan ou yo met konfyans yo.”00:14:48
00:14:48
Donk, gen yon rapò ant
mete konfyans nou nan Jewova,00:14:51
00:14:51
konte sou li nèt
ak gen lapè nètale.00:14:55
00:14:55
Donk, si gen moman kote
mwen santi sa twòp pou mwen00:14:58
00:14:58
oswa mwen pè, vèsè sa a
vin nan lespri m.00:15:01
00:15:01
Mwen di tèt mwen: ‘Pa bliye:00:15:03
00:15:03
konte nèt sou Jewova,
se li k ap ede w.’00:15:05
00:15:06
E lè konsa, mwen santi m
anpè ankò.00:15:09
00:15:09
Se 2 bèl vèsè ou pataje
avèk nou, nou apresye sa.00:15:12
00:15:13
Frè Fleegle, menm kesyon an pou ou.00:15:15
00:15:15
Mwen menm tou mwen gen 2 vèsè.00:15:17
00:15:17
Premye a se Mak 14:36.00:15:20
00:15:20
Se pawòl Jezi te di anvan l te mouri.00:15:23
00:15:23
Li te di Papa l nan priyè a: “Se pa
jan mwen vle, men se jan ou vle.”00:15:28
00:15:29
Kòm madanm mwen avè m
yon ti jan timid, sa vin fè00:15:33
00:15:33
se pa yon asiyasyon
nou t ap prefere nou menm.00:15:37
00:15:38
Men, men se pa lavi pa nou
e se Jewova k ap gide nou00:15:42
00:15:42
selon volonte l.00:15:44
00:15:44
E nou jwenn lòt vèsè a
nan Ezayi 41:10.00:15:50
00:15:51
Se pawòl rekonfò Jewova: 00:15:53
00:15:53
“Ou pa bezwen pè,
paske mwen avè w.00:15:56
00:15:56
Pa bay tèt ou pwoblèm,
paske mwen se Bondye w.00:15:59
00:15:59
M ap ba w fòs, wi, m ap ede w.”00:16:03
00:16:03
Donk, sa ankourajan lè n konnen
Jewova pa atann pou n fè plis00:16:08
00:16:08
pase sa n ka fè
e l ap ede nou.00:16:10
00:16:10
Donk, se sa ki vrèman ede nou
kontinye nan asiyasyon sa a.00:16:14
00:16:14
Se 2 bèl vèsè tou Gage.00:16:16
00:16:16
Mèsi anpil frè m yo
dèske nou te pataje00:16:19
00:16:19
bèl eksperyans nou yo avèk nou.00:16:22
00:16:22
Nou kontan nou ansanm avèk nou
nan Kolèj santral la00:16:25
00:16:25
e nou swete Jewova ap beni nou
nan nouvo asiyasyon nou.00:16:29
00:16:31
Sa bèl pou n wè jan pèp Jewova a
ret okipe nan sèvis li.00:16:37
00:16:37
Nou konnen pandan
epòk Memoryal sa a00:16:39
00:16:39
nou pral chaje ak aktivite.00:16:40
00:16:40
Nou pral kontan chèche moun
ki vle aprann konn Bondye.00:16:44
00:16:44
Se pou Jewova vide benediksyon
sou nou chak frè m ak sè m yo.00:16:48
00:16:49
Depi Syèj mondyal
Temwen Jewova yo00:16:53
00:16:53
se te tele jw.00:16:56
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #2 (2023)
-
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #2 (2023)
Nou kontan akeyi w!
Nou nan yon bèl epòk nan ane a!
Epòk memoryal la rive,
e nou deja kòmanse
kanpay envitasyon an.
E kounye a,
anpil nan nou kapab pyonye
grasa ajisteman ki te fèt
nan lè pyonye yo
gen pou bay yo.
Se pa de lèt ak kat nou pa
resevwa nan men frè ak sè yo
ki kontan poutèt ajisteman
ki fèt nan lè pyonye yo.
Men sa yon sè te ekri:
“Mwen se yon manman,
yon madanm,
m gen pou m pran swen kay la,
mwen travay amitan
e m ap pran swen paran m ki aje.
Donk dènye enfòmasyon jodi a
vrèman ankouraje m.
Menm pandan m ap ekri nou an
m gen dlo nan je m.
Anpil nan nou vrèman fatige
nan dènye jou sa yo,
men nou tout sa nou vle
se kontinye sèvi Jewova fidèlman
e nou vle rete chofe
nan travay predikasyon an.
Se sa k fè, anons yo fè pou yo
retire nan lè pyonye yo
se repons priyè nou.
Sa te ranfòse lafwa nou, e sa
te fè nou wè yon lòt fwa ankò
ki jan Jewova renmen nou.
Mèsi anpil.
Men sa yon lòt sè ekri:
“Mwen jis vle pran yon minit pou m
di nou jan m kontan konsènan
ajisteman ki genyen nan
lè pyonye oksilyè yo.
Mwen te kriye.
Mwen dwe al fè dyaliz
pou ren m twa fwa pa semèn.
Sa fè m fatige anpil.
Men, 15 èdtan!
Mwen ka fè sa.
Sa montre nou ankò
jan Bondye bon.
Pa gen dout frè m ak sè m yo,
anpil nan nou t ap di
menm pawòl ki nan mesaj sa yo.
Èske sa pa ankourajan tou pou nou konnen depi 1ye janvye 2023,
lekòl teyokratik yo
rekòmanse fèt an pèsòn?
Ane sa a, toupatou sou tè a,
yo apwouve plis pase 430 klas
Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan
ak plis pase 170 klas Lekòl pou
siveyan sikonskripsyon yo ak madanm yo.
Mete sou sa, ansyen yo
asiste klas yo fè an pèsòn
pou Lekòl pou ansyen yo
nan kongregasyon yo.
N ap priye pou Jewova
kontinye beni lekòl sa yo.
Nou gen yon lòt bèl anons pou nou.
Nou kontan fè nou tout konnen
apati 1ye jen 2023,
anpil filyal toupatou sou tè a
pral rekòmanse ak vizit gide
selon dispozisyon ki genyen
pou zòn nan.
Pou kòmanse, pou kesyon
sante ak sekirite,
kantite moun k ap ka vizite
Betèl la ap redui anpil.
Si pa gen gwo pwoblèm alavni,
kantite moun k ap ka vizite Betèl yo
ap ogmante tikras pa trikras.
Filyal ki nan zòn ou an
ap bay plis detay sou sijè sa a
pi devan nan mwa sa a.
Natirèlman, nou kontinye priye e
panse ak frè ak sè nou yo nan peyi Tiki.
Tranblemanntè mayitid 7.8
ki te fèt 6 fevriye a
te lakòz plizyè milye moun mouri.
Siman w ap mande
kòman frè ak sè nou yo ye.
Frè Ercüment Kadim ansanm avèk nou
e li pral ban nou
dènye enfòmasyon yo.
Mèsi paske w avèk nou frè Kadim.
Èske w ka di nou kòman sa ye kounye a?
Mèsi frè Cook.
Gen plis pase 500 frè ak sè
k ap viv nan zòn katastwòf la.
Malerezman, gen yon sè aje ki mouri.
E gen yon frè ak madanm li
ak de tipitit yo ki mouri tou.
Apre sa, pa gen okenn lòt frè
ak sè ki mouri oswa ki blese.
Piske gen 120 frè ak sè
ki deplase kite kay yo,
kèk nan nou ka ap mande
ki jan yo ye e ki jan
travay komite sekou a ap avanse.
Erezman, yo tout jwenn
yon kote pou yo rete:
kay fanmi ou kay zanmi
oswa yo deplase al yon lòt kote.
Frè yo ki nan komite sekou yo
ak ansyen nan kongregasyon yo
ap ede yo jwenn sa yo bezwen
nan domèn fizik, emosyonèl
e sa ki pi enpòtan,
nan domèn espirityèl.
L ap pran yon ti tan
anvan nou konnen
sa chak fanmi bezwen
e ki sa k ap posib pou yo jwenn.
Anpil nan nou mande ki sa
nou ka fè pou nou ede yo.
Tanpri, kontinye priye pou nou.
E nou vrèman apresye ofrann
frè ak sè yo fè toupatou sou tè a.
Ofrann nou yo yo pèmèt
òganizasyon an ede
frè ak sè ki nan bezwen yo.
Mèsi frè Kadim pou travay di
ou fè nan komite sekou a.
N ap kontinye priye
pou tout frè ak sè yo.
Mèsi frè Cook.
Nou vrèman apresye èd
frè ak sè toupatou sou tè a.
Nan dènye enfòmasyon an,
nou te resevwa yon bèl anons
ki te fè n kontan.
Nan dat 18 janvye 2023,
yo te anonse frè Gage Fleegle
ak Jeffrey Winder pral sèvi
kòm manm Kolèj santral la.
Nou kontan genyen yo
avèk nou nan stidyo a jodi a .
Nou pral pase kèk minit
ansanm avèk yo
pou n ka konnen yo
yon tikras pi byen.
Frè m yo, nou konnen
nou toule de a
grandi nan yon fanmi
Temwen Jewova.
Ki sa k te fè nou renmen Jewova
e ki sa k te fè nou vin sèvi l?
Jeff, n ap kòmanse avè w.
Lefètke paran nou yo
te renmen Jewova anpil,
sa te ede nou menm timoun yo
aprann Jewova epi chwazi sèvi l tou.
M te toujou konnen
sa m ap aprann yo se laverite.
Men, tank mwen t ap vin pi gran,
sitou nan adolesans mwen,
laverite te kòmanse fè plis sans
pou mwen e m te vin pi renmen l.
Se tankou laverite te vin
yon bèl tablo ki gen
anpil bèl koulè olye l
te jis nwa e blan.
Kongrè distri an 1985 lan,
jan yo te rele l lè sa a,
te vrèman fè yon gwo efè
sou mwen, sitou diskou batèm nan.
E dènye diksou nan kongrè sa a
tou te gen yon bon efè sou mwen.
E se apati lè sa a
mwen te kòmanse gen
yon relasyon pèsonèl ak Jewova.
Se sa k fè, nan ane apre a, donk
an 1986, mwen te vwe lavi m
bay Jewova e mwen te batize.
Mèsi anpil frè Winder
paske w pataje sa avèk nou.
Gage, m ta renmen konn repons
pa w pou menm kesyon an.
Bon, menm jan ak Jeff,
li te fasil pou mwen menm,
frè m yo ak sè m nan
pou nou aprann konn Jewova
e pou nou renmen l.
Ni manman m ni papa m
te gen yon lafwa ki solid.
Papa m te konn pwofite okazyon
pou l anseye nou sou
kreyasyon an, sa l aprann nou
sou kalite Jewova yo.
Pa egzanp,
mwen menm avè l te konn leve
bonè pou n al gade solèy la k ap leve.
Manman m li menm te kòmanse
sèvis pyonye lè m te gen 11 an
e li toujou pyonye jounen jodi a.
Li toujou mete Jewova
nan premye plas nan lavi l
e sa te vrèman yon bèl
egzanp pou mwen.
Mwen te pyonye tou
nan dènye ane klas segondè m
pou jis mwen te vin antre nan Betèl.
Se vrèman bèl pwen frè m yo,
e nou vle konn plis.
Men yon lòt kesyon ankò.
Poukisa w te deside vin pyonye
e w te deside antre nan Betèl?
Jeff ou mèt ale.
Pou mwen, m ka di bon
frekantasyon te ede m anpil.
Sa k enteresan, te gen plizyè
lòt jèn frè nan kongregasyon
mwen te ye a ki te batize
nan menm jou avè m,
nan menm asanble a.
E nan fen asanble a,
nou te vin rann nou kont
nou ka pyonye oksilyè kounye a.
Donk, nou te deside
nan mwa apre a n ap kòmanse.
E nou te tèlman renmen sa,
nou te pran sèvis pyonye a
pou mwa apre a tou
e pandan tout ete a.
Konsa, nou pa t vle kanpe,
nou te renmen sa.
E twa nan nou te tou vin
pyonye pèmanan depi lè sa a.
Pou sèvis Betèl la, mwen te
deja gen 2 pi gran frè m yo
ki t ap sèvi Wòlkil pandan m
te nan adolesans mwen.
Nou te gen posiblite al vizite yo
pandan yo te la e lè m te wè
kòman Betèl la ye, tout travay
ki t ap fèt la, sa te vin fè m anvi
al sèvi Betèl tou
lè m t ap vin gen laj pou sa.
Trè byen.
E ou Gage, ki sa k te motive w?
Pou mwen li te nòmal pou m
antre nan sèvis aplentan.
Paske mwen panse vwe
lavi w bay Jewova
epi ba l tout sa w genyen
ki pi bon mache ansanm.
Donk se objektif sa a paran m
te toujou mete devan nou.
Yo te toujou resevwa moun ki
nan sèvis aplentan espesyal,
tankou siveyan sikonskripsyon,
frè ak sè ki nan Betèl.
Mwen te konn pase tan avèk yo
e mwen te wè jan yo kontan,
sa te fè m anvi menm jan avèk yo.
Lè m te gen 12 an, mwen te
asiste reyinyon ki te konn fèt
nan kongrè regyonal pou
moun ki vle al sèvi nan Betèl,
e depi lè sa a, mwen te vle
al sèvi nan Betèl.
Sa vrèman enteresan pou n wè
se depi lè w te jèn
ou te anvi al sèvi nan Betèl.
Men twazyèm kesyon an:
Ki kèk asiyasyon ou
te genyen nan Betèl
e ki benediksyon w
te jwenn ladan yo?
Jeff?
Mwen te kòmanse travay nan Wòlkil.
Premye asiyasyon m
se te nan Depatman netwayaj.
Pou mwen, kòmanse sèvis Betèl mwen
nan Depatman netwayaj
se te pi bon fason pou m kòmanse.
Paske travay nan Betèl
ka aprann ou yon pakèt bèl kalite
tankou obeyisans, pasyans ak imilite.
E lefètke m te kòmanse
nan Depatman sa a,
ki se yon depatman ki
vrèman ap ede lòt moun,
sa te ede m kòmanse
aprann kalite sa yo
ki t ap ede m pandan tout rès vi m.
Apre sa, mwen t al travay
nan Depatman ki responsab
pwodui manje, tankou fwi
ak legim, toujou nan Wòlkil.
Mwen te vrèman renmen
asiyasyon sa a tou
paske byenke travay la te di,
men nou te travay avèk
frè ak sè ki te renmen Jewova.
M te fè anviwon 3 an
ap travay nan depatman sa a.
Apre sa, yo te transfere m.
Mwen t al travay nan biwo.
Mwen te fè anviwon 22 an
ap travay kòm sekretè.
Mwen te fè travay sa a
pou diferan depatman
e pou plizyè frè,
toujou nan Wòlkil.
Pandan tout tan sa a,
mwen te aprann anpil
nan eksperyans frè ki gen sajès
k ap travay pou Jewova
depi plizyè ane e ki te byen
konnen fason pou yo òganize
tout travay la nan Betèl la.
E se sa k te ede m,
se sa k te aprann mwen
fason pou m fè lòt asiyasyon
mwen t apral genyen pi devan yo.
Menm asiyasyon mwen genyen kounye a.
E m sonje, mwen te gen privilèj
travay avèk ou
nan Biwo Betèl pandan anviwon 10 an.
Nan ane 2016, mwen te vrèman
sezi lè yo te transfere nou
nan Patèsonn, kote yo
te mande m pou m travay
ak Depatman odyo videyo.
E mwen pa t gen eksperyans,
mwen pa t konn anyen nan odyo ak videyo.
Men, frè ak sè nan Depatman sa a
te gen anpil pasyans avè m,
e yo te reponn tout kesyon m yo.
Avèk letan, mwen te kòmanse
aprann travay la
e mwen te vin
vrèman renmen fè l.
Se yon travay ki vrèman
enteresan e se yon gwo privilèj
pou m ka patisipe nan
pwodui manje espirityèl yo.
Mwen te vin bon zanmi frè
ak sè nan Depatman sa a.
Epi nan ane 2020, mwen te
vin vrèman sezi ankò
lè yo te transfere nou nan Wòwik.
E la a, yo te mande m pou m
travay nan biwo pou pèsonèl
e la ankò, mwen te kontan
travay avèk yon seri frè
ki gen eksperyans, ki kalifye
e m te ka konte sou yo.
Mèsi Jeff paske w pataje
eksperyans ou avèk nou.
Nou te vrèman kontan tande sa.
E ou Gage, ki asiyasyon w te
genyen e ki benediksyon w te jwenn?
Premye travay mwen se te
kote yo konn relye liv la,
e m te travay la pandan 8 an.
Nan travay sa a, mwen te aprann
pou m yon moun ki toujou alè,
pou m travay di e pou m
fin fè travay mwen
menmsi sa difisil paske pafwa,
li te konn fè cho anpil.
E mwen te aprann travay tou
ak moun ki soti tout kote,
ki gen diferan kilti, ki vrèman
diferan parapò ak sa m te konnen,
e m te aprann travay nan inite ak lapè.
Apre sa, yo te voye m
travay nan Depatman sèvis.
Sa te vrèman diferan parapò ak
travay nan enprimri an.
Nan travay sa a, mwen te aprann
enpòtans pou m chèche jwenn
tout enfòmasyon anvan m
pale sou yon bagay.
Enpòtans pou gen anpil moun
k ap bay konsèy, chèche konn sa
diferan frè panse
anvan w bay direksyon.
E m te aprann valè pratik
Pawòl Jewova a genyen,
se ka yon pwoblèm pèsonèl,
pwoblèm nan fanmi,
pwoblèm nan kongregasyon an.
Pawòl Jewova a ka ede m
nan tout sitiyasyon sa yo.
Epi, nan ane 2015,
yo te mande m
pou m travay nan Biwo ansèyman.
E la, m te aprann se pa t sèlman
prepare bèl pawòl pou frè yo
toupatou sou tè a,
men l te enpòtan tou
pou n prepare pawòl ki egzak.
Prepare tout sa pou frè ak sè yo
e wè jan lespri sen Jewova
pèmèt tout pwojè a rive reyalize atan.
Mèsi anpil Gage.
Nou te vrèman kontan tande
eksperyans nou toule de a
ak benediksyon
nou te jwenn ladan yo.
Kounye a, men dènye kesyon
nou gen pou nou toule de a.
Èske gen yon vèsè nan Bib la
ki te ban nou fòs pandan
nou pral kòmanse
nouvo asiyasyon nou?
Jeff n ap kòmanse avè w ankò.
Wi, genyen.
Mwen menm ak madanm mwen
nou gen kèk vèsè
nou te li anpil nan Ezayi 26.
E sitou nan asiyasyon sa a.
Mwen konnen mwen pap ka fè
asisyasyon sa a poukont mwen
e pafwa, gen moman kote m
santi mwen pè men, nan Ezayi 26,
Jewova vrèman rekonfòte m.
Vèsè 12 la di: “O Jewova, w ap fè
nou jwenn lapè, paske se ou
ki ban nou fòs pou nou
fè tout sa n ap fè.”
Mwen santi se Jewova
k ap ankouraje m.
Li fè m konnen
mwen pa poukont mwen,
l ap kontinye ede m.
E nan vèsè a, lè l di,
ou ban nou fòs pou nou fè
tout sa n ap fè,
se pa bagay nou fè
kounye a sèlman
men li gen ladan l
sa nou te fè anvan sa
e mwen te wè sa nan asiyasyon
m te gen anvan yo.
Jewova te ede m, li te montre m
kòman pou m fè yo.
E sa vrèman soulaje m.
Jan vèsè a di a, sa fè m jwenn lapè.
Nan vèsè 3 a, li bay
plis esplikasyon toujou.
Li di:
“W ap pwoteje moun
ki konte sou ou nèt yo.
W ap ba yo lapè nètale, paske,
se nan ou yo met konfyans yo.”
Donk, gen yon rapò ant
mete konfyans nou nan Jewova,
konte sou li nèt
ak gen lapè nètale.
Donk, si gen moman kote
mwen santi sa twòp pou mwen
oswa mwen pè, vèsè sa a
vin nan lespri m.
Mwen di tèt mwen: ‘Pa bliye:
konte nèt sou Jewova,
se li k ap ede w.’
E lè konsa, mwen santi m
anpè ankò.
Se 2 bèl vèsè ou pataje
avèk nou, nou apresye sa.
Frè Fleegle, menm kesyon an pou ou.
Mwen menm tou mwen gen 2 vèsè.
Premye a se Mak 14:36.
Se pawòl Jezi te di anvan l te mouri.
Li te di Papa l nan priyè a: “Se pa
jan mwen vle, men se jan ou vle.”
Kòm madanm mwen avè m
yon ti jan timid, sa vin fè
se pa yon asiyasyon
nou t ap prefere nou menm.
Men, men se pa lavi pa nou
e se Jewova k ap gide nou
selon volonte l.
E nou jwenn lòt vèsè a
nan Ezayi 41:10.
Se pawòl rekonfò Jewova:
“Ou pa bezwen pè,
paske mwen avè w.
Pa bay tèt ou pwoblèm,
paske mwen se Bondye w.
M ap ba w fòs, wi, m ap ede w.”
Donk, sa ankourajan lè n konnen
Jewova pa atann pou n fè plis
pase sa n ka fè
e l ap ede nou.
Donk, se sa ki vrèman ede nou
kontinye nan asiyasyon sa a.
Se 2 bèl vèsè tou Gage.
Mèsi anpil frè m yo
dèske nou te pataje
bèl eksperyans nou yo avèk nou.
Nou kontan nou ansanm avèk nou
nan Kolèj santral la
e nou swete Jewova ap beni nou
nan nouvo asiyasyon nou.
Sa bèl pou n wè jan pèp Jewova a
ret okipe nan sèvis li.
Nou konnen pandan
epòk Memoryal sa a
nou pral chaje ak aktivite.
Nou pral kontan chèche moun
ki vle aprann konn Bondye.
Se pou Jewova vide benediksyon
sou nou chak frè m ak sè m yo.
Depi Syèj mondyal
Temwen Jewova yo
se te tele jw.
-