JW subtitle extractor

Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #3 (2023)

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou kontan akeyi nou ankò!
Nan dat 4 avril 2023 a,
pèp Bondye a toupatou sou tè a
selebre Memoryal la, evènman
ki pi enpòtan nan ane a.
Kèk semèn anvan Memoryal la,
Temwen Jewova yo te fè
yon gwo kanpay envitasyon pou
evènman sa a toupatou sou tè a.
Se premye fwa depi pandemi an
te kòmanse nou te gen posiblite
pou n envite moun yo an pèsòn
lè n al preche kay an kay
ak nan temwayaj an piblik.
Se sèten, anpil moun te gen posiblite
fè plis nan travay predikasyon an
pandan peryòd sa a, e pami yo
gen moun ki te pyonye oksilyè
pou 15 èdtan grasa dènye
ajisteman ki te fèt la.
Nou vrèman kontan lè nou
reflechi ak plizyè milyon frè ak sè
ansanm ak moun ki enterese
ki te reyini pou yo montre
rekonesans yo pou sakrifis ranson an.
Lè n ap fè fas ak sitiyasyon
nou pa t atann
oswa nou gen moun ki mouri,
sa fè nou plis rann nou kont
jis nan ki pwen ranson an enpòtan.
Nou tout te sezi anpil
lè nou te aprann tire
ki te fèt nan Sal Wayòm
nan vil Anbou, nan peyi Almay,
nan mwa mas 2023 a.
Tanpri, gade videyo sa a pou n
jwenn dènye enfòmasyon yo.
Jou ki madi 9 mas 2023 a
nan aswè, gen trajedi ki te pase
nan vil Anbou, nan peyi Almay,
apre reyinyon lasemèn nan te fini.
Malerezman gen 4 frè ak de sè
ki mouri e gen yon sè ki te ansent
ki blese e tibebe ki te
nan vant li a mouri tou.
Mete sou sa, gen 2 frè ak 7 sè
ki te blese grav.
Men, nou kontan fè nou konnen
lavi yo pa an danje.
Apre evènman sa a te fin pase,
frè yo te jwenn enstriksyon
pou tout reyinyon nan vil Anbou
fèt pa mwayen videyo sèlman.
Frè ak sè yo nan kongregasyon
Anbou-Wintèhèd la te swaf
pou yo reyinyi ankò
an pèsòn kou sa te posib.
Yon tikras tan apre sa,
yo te jwenn pèmisyon
pou tout reyinyon yo
rekòmanse fèt an pèsòn.
Konsa, pwochen reyinyon
lasemèn nan te fèt an pèsòn.
E kèk nan frè ak sè ki te blese yo
te menm gen posiblite suiv
reyinyon an pa mwayen
zoom pandan yo lopital la.
Komite filyal Ewòp santral la
te fè aranjman tousuit
pou frè ak sè yo jwenn
èd ak konsolasyon.
Pou ankouraje komite sekou
yo te mete sou pye a,
kèk manm komite filyal la
ansanm ak madanm yo
t al Anbou e yo te akonpaye
siveyan sikonskripsyon an.
Ansyen yo te fè aranjman
pou kèk frè ak sè vizite
moun trajedi sa a te frape yo
e sa te vle di pafwa pou yo
rete avèk yo lajounen kou lannuit.
Chak jou, yo livre yon gwo kantite
lèt ak kat ki soti toupatou
nan monn nan Sal Wayòm nan.
Frè ak sè yo nan Anbou twouve
sa vrèman estrawòdinè
e sa vrèman ankouraje yo
lè yo wè lanmou
kretyen parèy yo demontre pou yo.
Yo te envite tout kongregasyon
nan Eta Anbou pou yo asiste
yon diskou antèman ki te fèt
samdi 25 mas 2023.
Gen plis pase 3 mil frè ak sè
ki te asiste an pèsòn
e gen plis pase 90 mil koneksyon
ki te fèt pou yo te suiv pwogram nan
pa mwayen Entènèt.
E anpil nan moun sa yo te asiste
pwogram avèk zanmi yo ak fanmi yo.
Tout moun te jwenn konsolasyon
nan pawòl manm Komite filyal yo,
manm Kolèj santral la ak frè k ap
ede nan komite Kolèj santral la.
Evènman sa a montre aklè,
pèp Jewova se vrè kretyen
ki gen lanmou youn pou lòt
e ki toujou la pou ede youn lòt
nan moman difisil yo.
Frè ak sè yo nan Anbou te wè jan
Jewova gen lanmou fidèl pou yo
pandan yo t ap viv
sitiyasyon difisil sa a.
Men sa yo sè te ekri apre l
te fin asiste diskou antèman an:
“Diskou antèman ki te fèt pou
moun ki mouri nan atak sa a
te vrèman touchan e l te fèt
avèk anpil respè.
Frè yo te pale avèk jantiyès e
yo te mete yo nan plas moun yo.
E yo te konsole nou
ak panse ki soti nan Bib la
ki fè nou konnen Jewova renmen nou
e ki fè esperans nou vin pi fèm.
Tout moun ki te tande diskou sa a
te jwenn yon gwo temwayaj
sou Bondye estrawòdinè
n ap sèvi a, Jewova.
Epitou, nou te resevwa pawòl
senpati nan men ofisyèl,
òganizasyon, ak moun
an patikilye toupatou sou tè a.
Pa egzanp, men sa prezidan
Almay federal la di:
“Pou nou tout ki gen
moun pa nou ki mouri,
ki gen zanmi nou
oswa konpayon nou ki viktim,
ak tout kè m m ap
prezante nou senpati m.
E pèp alman an avèk nou tou.
Sa fè yo mal anpil pou yo wè
lapenn nou ak soufrans nou.
Nou sèten, nou tout kontinye priye
pou frè n ak sè n yo k ap viv nan vil Anbou.
Yon lòt evènman ki te gen yon
gwo efè sou frè n ak sè nou yo
se siklòn Freddy ki te frape Afrik delès.
Nan mwa fevriye
ak mwa mas 2023 a,
siklòn Freddy te frape plizyè kote
li te vini ak gwo van, anpil lapli
e li te lakòz inondasyon.
Malerezman, nan Malawi,
gen 8 pwoklamatè ki mouri
e gen 3 yo poko jwenn.
E nan Mozanbik, gen
yon pwoklamatè ki mouri
e gen youn yo poko jwenn.
Gen gwo dega ki fèt
nan Madagaska,
Malawi ak Mozanbik.
Antou, gen plis pase 7 mil
pwoklamatè ak moun lakay yo
ki oblije deplase.
Gen plis pase 1400 kay frè ak sè
ki andomaje oswa ki detwi
e gen 24 Sal Wayòm ki
andomaje oswa ki detwi.
Komite filyal yo,
siveyan sikonskripsyon yo
ak ansyen yo nan zòn nan
te reyaji byen vit pou yo fè yo
jwenn konsolasyon ak lòt bagay
yo te bezwen nan moman an.
Komite sekou yo deja ap travay
pou fè yo jwenn sa yo bezwen
nan domèn materyèl
e pou repare oswa rebati
Sal Wayòm yo ak ak kay yo.
Sanble jiska prezan,
se premye fwa
yon gwo travay sekou konsa
nesesè nan peyi Malawi.
Tanpri, kontinye priye pou frè
ak sè sa yo e pou frè ak sè
k ap travay di pou pote yo sekou.
Lè n ap fè fas ak gwo eprèv
oswa ak trajedi,
se pa nou menm sèlman ki soufri.
Men sa Ezayi 63:9 di anpalan de Jewova:
“Pandan tout tan yo t ap soufri a,
sa te fè l soufri.”
Vèsè sa a fè nou konnen
soufrans nou gen efè
sou Jewova tou.
Sa pouse l pou l ede
sèvitè fidèl li yo.
E sitou lè nou nan moman malè,
li ka vin yon refij pou nou.
Li toujou pare pou l ede nou.
Men, ki sa n ka fè pou nou
jwenn èd li ak pwoteksyon l?
Bon, nou ka jwenn repons lan
nan pawòl nou li nan Sòm 91:9.
Li di: “Piske w te di Jewova
se refij ou, ou fè Sila a
ki nan pi gwo pozisyon an
tounen kay kote w abite.”
Li pa sèlman di Jewova
se refij nou, men li di
nou fè Jewova tounen refij nou.
Nou ka fè Jewova tounen refij nou
lè nou pwoche kote l lè nou gen pwoblèm.
Ki jan n ka fè sa?
Lè nou vide kè n ba li nan lapriyè,
lè n kenbe bon abitid nou
nan domèn espirityèl,
lè n rete okipe
nan travay predikasyon an
e lè nou chèche fason
pou nou ankouraje lòt moun.
Lè nou fè sa pèsonèlman,
nou fè Jewova tounen refij nou.
Konsa, kèlkeswa gwo malè
ki ta frape yon fason
oswa yon lòt, lafwa nou ak
relasyon nou ak Jewova ap rete djanm.
E lè nou tout antanke gwoup,
nou tout frè ak sè yo,
nou konte sou Jewova
nan moman difisil yo,
sa fè nou ini plis toujou.
E sa bay yon kokennchenn temwayaj.
Youn nan egzanp nou ka bay
se sa k te rive frè ak sè yo
nan Abako, nan peyi Bahamas.
An 2019, gen yon ouragan
kategori 5 ki te frape yo.
Ouragan Dorian te detwi sèl
Sal Wayòm ki genyen sou zile a
e l te andomaje epi
detwi 16 kay frè ak sè.
Ki sa frè nou yo te fè?
Yo te fè Jewova tounen refij yo.
Yo te priye l ak tout kè yo,
yo te soutni youn lòt nan eprèv sa a
e kou sa te vin posib, yo te
kòmanse rekonstwi Sal Wayòm nan.
Sa pa gen lontan, yo te fin
konstwi Sal Wayòm nan
e yo te inogire l
an janvye 2023 a.
Annou suiv videyo ki vin apre a.
Gen yon bèl solèy k ap klere,
e pa gen yon nyaj nan syèl la!
Nou sou zile Abako,
pou nou inogire
bèl Sal Wayòm n ap gade la a.
M pa ka tann pou inogirasyon an
rive pou m kapab chante
ak kongregasyon Abako a
ansanm ak kongregasyon
kreyòl ayisyen an
pou m tande tout vwa nou
ansanm k ap chante!
Se vrèman yon bèl benediksyon
Jewova ban nou ki fè nou kapab
la jodi a pou bèl pwogram sa a.
Twazan apre, men inogirasyon!
Nou pa t panse sa t ap fèt yon jou.
Pandan m te lakay mwen,
m te resevwa yon mesaj ki di:
“Priye pou Abako.”
Ouragan an te tèlman kraze Sal Wayòm nan!
M pa panse m ap janm bliye imaj sa yo.
Ou te ka wè chèz yo
nan Sal Wayòm nan
ak piblikasyon ki te gaye toupatou.
Sa te fann kè nou pou n te wè
Sal Wayòm nan nan eta sa a.
Nou te rive nan èpòt la
e sitiyasyon an te parèt sanzespwa!
Pa t gen okenn mwayen.
Donk, frè a te priye
e lè l fin priye, ou pa ta di se
yon fenèt ki ouvè pou n te ka ale.
Lè n te rive Naso,
te gen manje,
te gen rad pou nou.
Ou ta di se nan yon kongrè nou te vini!
Te gen anpil frè ak sè ki te la
avèk pankat ki t ap chante byen fò.
Se pa ni de ni twa moun ki te vin ede!
Te gen anviwon 70
oswa 80 moun ki t ap travay la.
Nan kèk semèn sèlman,
nou te prèske fin
rekonstwi kay yo
ak Sal Wayòm nan.
Nou te travay vit.
Se premye fwa m te travay
nan yon pwojè ki ale vit konsa!
Sal la te prèske pare pou Memoryal la.
Nou te gentan prèske fini
ak pwojè a epi yo rele nou,
yo fè nou konnen akoz COVID la,
nou oblije kanpe pwojè a.
Siveyan nou an te monte estrad la
e apre l te fin di kèk mo sèlman
li te kòmanse kriye.
M te vin rann mwen kont
nou t ap oblije ale.
Pandan m te chita
nan avyon an, m te kriye.
M t ap mande tèt mwen:
‘Se toutbon nou prale?’
Nou t ap mande tèt nou:
‘Ki lè n ap ka tounen?’
Siveyan m nan te rele m
e yo te vle nou tounen
Abako pou nou fini pwojè a.
Se pa ti kontan m te kontan!
Sa te fè 15 mwa depi m
t ap priye pou sa,
pou n te ka tounen
pou n fini pwojè a.
Lè ouragan sa a te pase,
se vre li te kraze anpil bagay.
Men, se sèten li pa t kraze
lafwa nou e se sèten tou
li pa t kraze relasyon nou
ak Bondye.
Lè nou te rive Naso,
frè yo te chante
chante “Lanmou fidèl” la pou nou.
E kounye a, yo rive,
nou chante l pou yo.
Nou te kontan anpil lè
nou te tande bèl vwa
frè ak sè nou yo k ap chante
sou lanmou nou genyen
nan mitan nou an.
Sa vrèman bèl pou n wè malgre
frè ak sè yo te pase anpil moman difisil,
yo jwenn konsolasyon
yo te bezwen an
e yo gen yon bèl kote
pou yo adore Jewova.
Se yon gwo jwa sa te ye
pou n reyini nan Sal la ankò
e m te santi se kòmsi
nou te pote yon lòt viktwa ankò
sou ouragan an.
Kit se 10 pwoklamatè
oswa 10 mil pwoklamatè
sa pa enpòtan paske
Jewova ap pran swen nou.
Nou tout te ansanm ankò!
Se kòmsi n te nan Paradi a!
Kèlkeswa sa k rive nou,
kit se katastwòf natirèl,
kit se pwoblèm politik,
kit se lagè, n ap toujou la
pou frè ak sè nou yo.
N ap toujou la pou n
soutni nou youn lòt.
E n ap anfòm, grasa èd Jewova.
Sa vrèman ankourajan
pou nou wè frè ak sè yo
ki tounen nan Sal Wayòm yo.
Lanmou yo ak rekonesans yo
pou Jewova ak òganizasyon l lan
parèt klè e yo byen sèvi
ak Sal Wayòm yo an.
Pou Memoryal la ane sa a,
pou 47 pwoklamatè
nan 2 kongregasyon yo te gen
yon asistans total 217 moun.
Anvan nou fini,
nou kontan fè nou konnen
gen yon nouvo ribrik
ki pral parèt sou JW Library.
Talè konsa, nan JW Library,
nan seksyon Etid pèsonèl la,
ap ka gen opsyon Lis fichye yo.
Konsa, n ap ka ajoute videyo,
dram odyo ak foto nan lis nou an
nan seksyon etid la.
Pa egzanp, nan lis nou fè a,
nou ka ajoute kantik
nou pi renmen yo
oswa videyo n ap itilize
nan travay predikasyon an.
Mete sou sa, nou ka fè yon lis
foto n ap itilize pou yon diskou,
e nou ka pataje lis la
ak frè ki nan odyo videyo yo.
Konsa, yo ka sèvi ak JW library
pou pase foto sa yo.
N ap jwenn yon mizajou pou
aplikasyon an nan semèn k ap vini yo.
Frè ak sè nou yo, ki sa nou te wè jodi a?
Kèlkeswa eprèv oswa difikilte
w ap fè fas pèsonèlman,
ou kapab gen asirans
Jewova wè sa
e li byen konprann
sitiyasyon w lan.
Sa gen efè sou li tou
e li dispoze ede w.
Donk, kontinye konte sou Jewova
pa mwayen lapriyè,
kenbe bon abitid espirityèl ou genyen,
rete aktif nan travay predikasyon an
epi chèche èd nan men lòt moun.
Wi, kontinye fè Jewova
tounen refij ou.
E tanpri, sonje nou renmen
nou tout anpil.
Depi Syèj mondyal
Temwen Jewova yo, se te Telejw.