JW subtitle extractor

Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #4 (2023)

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou kontan avèk nou,
frè ak sè nou yo!
Nou pral pale sou gwo
kè kontan nou genyen
lè nou asiste kongrè yo an pèsòn.
Men, anvan sa,
ann bay kèk enfòmasyon.
Nan dat 26 avril 2023 a,
apre prèske 20 an,
gouvènman Espay lan
te apwouve yon lwa
sou egzanpsyon taks,
sa vle di kiyès ki pa
oblije peye taks.
Desizyon sa a vle di aklè
Temwen Jewova yo se
yon relijyon moun konnen
e moun respekte ann Espay.
Mete sou sa, frè yo pap oblije
peye taks pou lokal yo sèvi
pou aktivite teyokratik yo ankò.
Epitou, moun k ap viv ann Espay
ki fè ofrann pap gen pou yo
peye taks sou ofrann
yo fè yo ankò.
Nou vrèman kontan
bèl ajisteman sa a.
Jan sa te parèt sou jw.org,
nou vrèman kontan nan dat
16 me 2023 a, yo te lage frè
Shamil Khakimov ki te nan
prizon nan peyi Tajikistan
depi plizyè ane.
Petèt n ap sonje, lè yo te arete l
la se te an fevriye 2019.
Li fè plis pase 4 an
nan prizon akoz lafwa l.
Li pral eseye pran bonjan repo
e gen frè k ap ede l jwenn
swen medikal li bezwen.
Nou vrèman kontan pou ou
frè Khakimov!
Fidelite w ak andirans ou
ankouraje nou tout.
E natirèlman, n ap toujou panse
ak plis pase 180 frè ak sè
ki toujou nan prizon
akoz lafwa yo.
Men sa apot Pòl te ekri
nan Filipyen 1:14:
“Kounye a, pifò nan frè yo,
ki nan sèvis Seyè a,
montre yo gen plis kouraj toujou
pou yo pale pawòl Bondye a
san yo pa pè, piske chenn ki
mare m yo fè yo vin gen asirans.”
Menm jan kretyen yo nan
premye syèk la te jwenn
ankourajman grasa bèl egzanp
Pòl, lafwa kretyen ki nan prizon
nan epòk nou an ankouraje nou
pou nou chofe nan
travay predikasyon an.
Men, èske Jewova ede
e li pwoteje
frè ak sè fidèl sa yo
ki nan prizon?
Pwofesi Ezayi a pale sou
pwomès Jewova te fè
pèp li a lè yo te
rekòmanse adore l.
Annou li Ezayi 4:5, 6.
Li di: “Jewova ap fè yon nyaj
ak yon lafimen parèt lajounen
e l ap fè yon gwo dife parèt aswè
tout kote nan Mòn Siyon
e tout kote yo konn fè
gwo rasanbleman yo,
paske ap gen yon tant ki kouvri
tout peyi a, yon peyi ki bèl.
Pral gen yon tonèl pou bay
lonbray lè gen chalè lajounen
e pou moun jwenn
refij ak pwoteksyon
lè gen gwo van ak lapli.”
Vèsè sa a ap pale sou
pwoteksyon espirityèl
Jewova te bay sèvitè l yo
nan tan lontan
men, pou nou menm tou
k ap sèvi l jodi a.
Nan ki sans?
Vèsè 5 lan di Jewova ap fè
yon nyaj lafimen ak yon gwo dife
patèt pou sèvitè l yo.
Sa fè nou panse ak fason
Jewova te pran swen Izrayelit yo
apre yo te kite peyi Ejip.
Li te sèvi ak dife ak nyaj
ki te gen fòm poto
pou l pwoteje yo e pou l dirije yo.
Non, Jewova pa t pwomèt l ap
fè mirak pou l pwoteje nou
nan domèn fizik, nitou li pa
anpeche dife pèsekisyon
oswa van opozisyon frape nou.
Men, vèsè 6 la fè n konprann
li pwoteje nou
nan domèn espirityèl.
Kòmsi li ban nou yon tonèl
pou lonbray e pou pwoteksyon
lè gen tanpèt.
Ki sa nou vle di?
Jewova pwomèt l ap toujou ansanm ak sèvitè fidèl li yo
nenpòt kote yo ye.
Menmsi yo byen fèmen
anndan yon prizon,
Jewova se Sila a
k ap pwoteje nou.
Lespri sen l ban nou
lajwa ak lapè.
Pa gen pèsonn ki kapab kraze
tonèl sa a Jewova mete pou nou an.
Toutotan nou rete fidèl ak
Jewova, avni nou asire.
Èske w te remake yon lòt kote
nyaj Jewova bay kòm
pwoteksyon an ye?
Vèsè 5 lan di li tout kote
sèvitè l yo fè gwo ransanbleman yo.
Se pa ti kontan nou kontan
peryòd kongrè a rive
e n ap asiste an pèsòn!
Nou chofe pou n patisipite
nan kanpay envitasyon an
e pou n reyini ankò ak frè
ak sè nou yo pou kongrè a
pou premye fwa depi 2019.
Semèn pase a, mwen menm ak
madanm mwen te resevwa yon lèt.
Se yon sè ki pral gen kongrè e
ki pral asiste Lekòl pyonye.
Men sa li di:
“An jeneral, m ekri nou apre m fin
asiste yon evènman teyokratik.
Men, ane sa a m te vle fè sa
anvan pou m di nou jan m kontan
jan m chofe pou
tout benediksyon
m konnen pral jwenn ni nan
kongrè a ni nan lekòl la.
Ki jan m fè konnen tout bagay
ap anfòm e m ap jwenn
egzakteman sa m bezwen?
Paske se konsa sa toujou ye.
Jewova donan anpil!
Pa gen yon fwa nou te desi oswa
nou te di n te swete jwenn
yon lòt bagay!
Mèsi!”
Pawòl sa yo se pawòl ki
demontre lafwa.
Se sèten, sa fè Jewova,
Papa nou ki nan syèl la
ak Jezi, Chèf
kongregasyon an, plezi.
Tank ane yo ap pase, aranjman
yo fè pou kongrè yo vin pi senp
yon fason pou n kapab
konsantre plis sou pwogram nan.
Pa egzanp, èske w sonje epòk yo
te konn bay manje nan kongrè yo?
Aranjman yo diferan selon zòn yo.
Men, nou sèten w ap kontan
wè rapò sa a ki pral montre
jan sa te konn fèt Ozetazini.
Ozetazini, aranjman pou bay
moun ki vin asiste kongrè yo
manje te kòmanse nan ane 1890 yo.
Men, travay sa a te vin pi difisil
toujou ozanviwon ane 1940 yo
lè te gen plis moun ki te vin
asiste kongrè yo.
Yo te bay kongresis yo
3 plat manje cho chak jou.
Donk, yo te bezwen anpil moun
pou achte manje yo,
resevwa yo, prepare yo
epi sèvi yo.
Yon egzanp nou ka bay se
kongrè uit jou ki te gen tit
Sosyete monn nouvo a ki te fèt
nan Yankee Stadium an 1953.
Te gen anviwon 130 mil moun
ki te asiste chak jou.
Te 4 500 volontè ki t ap travay
nan kafeterya a e yo te rive
prepare 30 mil repa
chak inèdtan.
Byenke moun ki te travay nan
sèvis sa a te kontan fè travay yo
byen souvan, yo te oblije travay
anpil èdtan e yo te prèske pa t
tande anyen nan pwogram nan.
Byen souvan, yo te oblije asiste
yon lòt kongrè.
Se sa k fè an 1978, yo te fè
bagay yo pi senp anpil kote.
Yo te bay manje ki pi senp, sa ki
te fè l pi fasil pou yo prepare yo.
E kòm li te pi fasil tou pou
moun yo pran manje yo,
pifò moun ki te travay nan sèvis
sa a te kapab suiv kongrè a.
Bagay yo te vin pi senp toujou
apati 1987
lè yo pa t sèvi manje cho ankò.
Konsa, yo pa t bezwen gaz,
yo pa t bezwen fou ak
lòt bagay menm jan an.
Pandan plizyè dizèn ane,
moun yo te konn achte tikè
e se lè yo te remèt tikè sa yo
yo te konn jwenn manje.
Grasa tikè sa yo, yo pa t oblije
nan remèt monnen,
konsa yo pa t pèdi twòp tan
pou yo jwenn manje.
Men yon egzanp meni.
Nan meni an li montre ki kantite
tikè yon moun te bezwen
pou l achte yon manje.
E finalman, an 1995, yo te
sispann aranjman pou
bay manje nan kongrè yo.
Yo te ankouraje kongresis yo
vin ak pwòp manje yo
e pou yo pwofite konpayi
youn lòt pandan poz midi a.
Kòm rezilta, nou pa oblije fè
yon pakèt tan nan liy ankò.
Nou pase plis tan
ak zanmi nou yo nan lokal la.
Sa fè l pi fasil pou frè ak sè ki aje
oswa ki gen andikap yo.
E se konsa sa ye
pou jis jounen jodi a.
Pou nou kapab pase tan
ak frè ak sè nou yo
nan poz midi a,
nou ankouraje nou
pote yon bagay tou senp
pou nou manje.
E sa ap ede nou tou pou nou pa
dòmi pandan sesyon aprèmidi a.
Pandan n ap rekòmanse asiste
kongrè yo an pèsòn, siman
nou santi nou menm jan ak
frè yo nan Ewòp delès
lè yo t apral asiste kongrè
nan Polòy an 1989.
Se premye fwa pifò nan yo
t apral asiste yon kongrè
alòske anpil ladan yo te nan laverite
depi 30 an oswa menm plis.
Men sa yon kongresis nan
ansyen Inyon sovyetik la te di:
“Sa fè plizyè ane depi
n ap tann jou sa a!
Epi, jou a rive!
Men n ap asiste kongrè
entènasyonal sa a!
Sa twò bèl!
Li difisil pou nou kwè sa,
pou nou kwè sa rive vre!
Se tankou yon rèv pou nou.
Li enposib pou nou jwenn mo
pou n esplike sa nou te wè
ak sa nou te tande.
Lè nou te wè gwo tonton
stad sa a ki chaje ak moun
e n te tande mizik la, sa te fè n
gen dlo nan je n.
E pandan priyè a, lè tout moun
te rete an silans ap koute,
se te yon moman espesyal,
sa te ban nou frison.
Nou te santi nou vrèman ini.
Kongrè sa a nan Vasovi
tèlman estrawòdinè
se sèl nan monn nouvo a n ap jwenn youn ki pi estrawòdinè.
Bèl moman sa yo ap toujou
rete nan lespri nou.
Se yon seri moman
nou pa ka bliye.
N ap di Jewova, Kreyatè nou an,
yon gwo mèsi e n ap ba li
tout glwa pou sa!”
Men sa Reveye n!
22 desanm 1989 fè konnen:
“Lè n t ap chante nan kongrè a,
sa te bèl anpil pou n wè
plizyè dizèn milye moun
ap chante nan 20 lang diferan.
Yo tout ap eksprime menm
panse yo e gen inite
ak lanmou nan mitan yo.”
Jan nou te di sa nan
Tele JW mwa me a,
nou ankouraje nou aprann
nouvo chante kongrè a:
“Li pap anreta!”
Pandan pandemi an, nou te
sonje moman kote nou te
chante ansanm nan kongrè yo.
Men, ane sa a, jan Sòm 7:17 di sa,
“n ap chante louwanj
pou nou non Jewova, Sila a
ki nan pi gwo pozisyon an”
nan kongrè yo.
Mwen sonje lè m te konn asiste
kongrè nan Pitsbèg,
Pennsilavani, lè m te piti.
Se te vrèman estrawòdinè pou
nou tande melodi Wayòm yo
k ap pase nan stad la
kote nou te reyini pou n adore a.
Anpil nan nou ap sonje bèl kantik
sa a yo te pase an 1981 an.
Èske w gen bèl souvni konsa?
Si se pandan pandemi an
ou te batize, siman kongrè sa a
se pral premye kongrè
w ap asiste an pèsòn.
W ap vin gen yon pakèt souvni
tou k ap dire tout lavi w.
Anpil nan frè ak sè nou yo
santi yo konsa tou apre
yo fin asiste kongrè:
“Montre nou gen pasyans”! lan.
Nou nan Noubèg, Nouyòk,
e n ap asiste kongrè:
“Montre nou gen pasyans”!
Se premye fwa m ap asiste
kongrè an pèsòn depi m batize.
Nou kontan la ak fanmi nou
jodi a pou nou jwenn
manje espirityèl nou bezwen.
Li klè, pèp Jewova a pa bliye
ki jan pou yo ri,
pou yo bay akolad e
pou yo demontre lanmou.
Lè n reyini an pèsòn, ou tande
moun yo k ap chante,
k ap pale youn ak lòt.
Pa gen anyen’k ka ranplase sa.
Sa bèl pou n tande moun yo
k ap chante.
Lè n te sou zoom, nou pa t ka
tande vwa moun yo.
Men, kounye a w ka tande tout
vwa yo k ap chante ansanm.
Sa vrèman pi bèl!
Tèm kongrè a: “Montre nou gen
pasyans”! lan vrèman byen tonbe
paske nou tout bezwen pasyans
nan epòk nou an.
Sa yo montre yo, se egzakteman
sa k ap pase nan lavi nou jodi a,
e sa nou wè k ap pase
nan monn nan.
Li te fasil pou n te suiv tout
diskou yo e yo oratè yo te fè l
pi fasil pou n konprann Bib la.
M te renmen videyo yo,
m te kontan fè nouvo zanmi.
E m te kontan wè
ansyen zanmi m yo.
Sa m renmen sèke nou ka chita
pou n manje ak yon moun
nou rankontre pou premye fwa,
nou gen anpil bagay nou kapab
pale sou yo epi nan fen
konvèsasyon an nou vin bon zanmi.
Fè preparasyon pou tout moun
kapab asiste kongrè a
se anpil travay pou yon manman,
men kongrè yo fè nou vin
pi pwòch youn ak lòt paske nou
ansanm pou nou adore Jewova.
Si yon moun potko janm asiste
kongrè an pèsòn anvan sa,
m ap di yo: “Eksperyans sa a ap
chanje lavi w.
Ou pral wè yon lòt kalite lanmou,
yon fason w potko janm wè l
anvan sa.”
Lefètke nou kapab la ansanm, an
pèsòn, se pa menm bagay ditou.
Sa vrèman bèl!
Nou nan mitan yon pakèt moun
ki gen lanmou.
Se kòmsi w te deja nan paradi a.
N ap renmen pwogram
kongrè ane sa a.
Èske gen nan foto nou sot
montre la yo ki fè w panse ak
kongrè espesyal?
Ki lè pwochen kongrè
espesyal la ap fèt?
Nou kontan fè nou konnen y ap
planifye 15 kongrè espesyal
plizyè kote sou tè a
pou ane 2024 la.
Nan mwa k ap vini yo,
n ap fè nou konnen
ki kote e ki lè y ap fèt.
Sou ki sa nou te pale nan
dènye enfòmasyon sa a?
Nou te jwenn rapèl Jewova
se Sila a ki pwoteje nou.
Men sa pa vle di nou pap jwenn
pwoblèm ditou nan lavi nou
nan sistèm sa a.
Men, lè n ap fè fas ak eprèv yo,
nou gen garanti Jewova avèk nou.
Li pwoteje nou nan domèn
espirityèl e li ban nou pisans
ki depase pisans nòmal la
yon fason pou n kapab
andire avèk fidelite.
E nou chofe pou nou asiste kongrè
“Montre nou gen pasyans”! lan.
Nou swete pou Jewova beni
kanpay envitasyon an
ak efò w ap fè pou w asiste
toule twa jou yo an pèsòn!
E jan Pòl te di Timote, nan
1 Timote 1:2 a:
“Mwen swete pou n gen favè
san parèy, mizèrikòd ak lapè
ki soti nan Bondye, Papa a,
ak nan Kris Jezi, Seyè nou an.”
Nou renmen nou tout anpil!
Depi syèj mondyal Temwen
Jewova yo, se te Tele JW.