00:00:01
Nou kontan pou nou
akeyi nou ankò!00:00:04
00:00:04
Nan anpil kote sou tè a,
kongrè yo deja kòmanse.00:00:08
00:00:09
Anfèt rive mwa jiyè a,00:00:11
00:00:11
gen plis pase 2,3 milyon moun00:00:13
00:00:13
ki deja asiste kongrè a
an pèsòn, kongrè ki gen tit:00:00:17
00:00:17
“Montre nou gen pasyans”!00:00:19
00:00:20
Lè n al nan kongrè epi nou wè
zanmi nou te genyen,00:00:23
00:00:23
oswa nouvo zanmi,00:00:25
00:00:25
se pa ti kontan sa
fè nou kontan!00:00:27
00:00:27
Epitou,00:00:28
00:00:29
pwogram nan se
vrèman manje espirityèl00:00:32
00:00:32
ki vini nan bon moman.00:00:33
00:00:34
Moun ki deja asiste kongrè
rejyonal la, te jwenn anpil byenfè.00:00:39
00:00:39
E nou menm ki gen
pou n asiste kongrè a,00:00:42
00:00:42
n ap ban nou garanti,00:00:43
00:00:43
wi, n ap renmen l!00:00:45
00:00:46
Nan dat ki te premye jen an,00:00:48
00:00:48
te kòmanse gen vizit Betèl
toupatou sou tè a.00:00:52
00:00:53
Sa te enteresan e ankourajan,00:00:55
00:00:55
pou wè premye moun
k ap vin vizite yo.00:00:57
00:01:01
Lè n te wè premye
vizitè yo k ap rive,00:01:03
00:01:04
sa te enteresan e
sa te ankourajan 00:01:06
00:01:06
lè n konnen tout efò
yo fè pou yo vini.00:01:08
00:01:10
Franchman, m pa konnen
kiyès ki te pi kontan00:01:12
00:01:12
si se fanmi Betèl la
oswa vizitè yo.00:01:14
00:01:14
Men, nou vrèman
kontan yo la.00:01:16
00:01:18
Sa m te pi renmen,00:01:20
00:01:20
se sipriz nou te jwenn
lè nou t ap rantre a.00:01:22
00:01:22
Tout moun te la,00:01:23
00:01:23
yo t ap akeyi nou,00:01:24
00:01:24
youn t ap salye lòt,00:01:25
00:01:25
yo t ap bay bèl akolad.00:01:27
00:01:27
Se te yon gwo sipriz!00:01:28
00:01:32
Akèy yo te ban nou an
te estrawòdinè!00:01:35
00:01:35
Yo te kontinye ap vin
kote nou00:01:36
00:01:36
epi pale avèk nou.00:01:38
00:01:39
Lè m ap reflechi ak sa,00:01:41
00:01:41
yo te gade anpil
dènye nouvèl00:01:43
00:01:43
sou Chelmsford
sou jw.org.00:01:45
00:01:45
Bon, finalman nou la a.00:01:47
00:01:47
Mwen pa t panse yon bagay
konsa t ap janm posib!00:01:50
00:01:57
Kounye a, sa fè plis pase yon
mwa depi vizit Betèl rekòmanse.00:02:00
00:02:01
E sa enteresan!00:02:02
00:02:05
Nou se moun peyi Filipin.00:02:07
00:02:07
Men kounye a, nou
nan peyi Kanada.00:02:09
00:02:09
Nou te fè anviwon
uit èdtan ap vwayaje00:02:11
00:02:11
pou n rive nan
Betèl Wòwik.00:02:13
00:02:15
Nou te planifye pou n vizite
Wòwik nan mwa mas 2020.00:02:19
00:02:19
Twazan annapre men nou la a.00:02:20
00:02:20
Nou te di, gen
yon vwayaj00:02:22
00:02:22
nou bezwen planifye
pou ane sa a.00:02:23
00:02:23
Se vizite Betèl.00:02:24
00:02:26
Definitivman, m t ap ankouraje
fanmi yo al vizite Betèl,00:02:30
00:02:30
paske sa ap fòtifye lafwa yo00:02:32
00:02:32
e se yon bagay pitit nou
pap janm bliye.00:02:34
00:02:37
Tèlman gen anpil bagay
nan mize a!00:02:39
00:02:40
Nou vrèman pa kapab pwofite
tout nan yon sèl vizit.00:02:43
00:02:43
Donk, m swete n ap
tounen vizite ankò.00:02:46
00:02:49
Frè ak sè sa yo santi yo
menm jan ak David00:02:53
00:02:54
ki te di nan yon pawòl
nou jwenn00:02:56
00:02:56
nan Bib la nan Sòm 122:1: 00:02:58
00:03:00
“Mwen te kontan lè yo te di m:00:03:02
00:03:02
‘Ann al lakay Jewova.’”00:03:04
00:03:06
N ap ankouraje nou
ak tout kè nou00:03:08
00:03:08
pou n jwenn jwa sa genyen
nan vizite Betèl.00:03:11
00:03:12
Tanpri, al sou sit jw.org la,00:03:14
00:03:14
pou w fè yon rezèvasyon
pou w vizite Betèl.00:03:16
00:03:17
Ou ka jwenn plis enfòmasyon
nan paj Vizite biwo nou yo,00:03:21
00:03:21
oswa ou ka kontakte
Betèl peyi w la.00:03:24
00:03:26
Jan yo te fè konn sa
sou sit jw.org00:03:28
00:03:28
nan jou mèkredi swa ki te
28 jen 2023 a,00:03:33
00:03:34
nou te jwenn apwobasyon00:03:36
00:03:36
pou yon gwo pati pou
pwojè Ramapo a.00:03:39
00:03:40
Tout moun ki nan
komite vil Ramapo a,00:03:42
00:03:42
te dakò pou bay apwobasyon yo
pou plan pwojè Ramapo a.00:03:47
00:03:47
Byenke, gen anpil lòt pèmi00:03:49
00:03:49
ak lòt detay ki rete pou finalize,00:03:52
00:03:52
otorizasyon sa a yo ban nou an
pèmèt nou avanse ak pwojè a.00:03:56
00:03:57
Nou gen rekonesans pou travay
di komite k ap jere vil la00:04:01
00:04:01
e pou travay di tout frè ak sè
ki nan pwojè sa a. 00:04:05
00:04:06
E nou di Jewova mèsi paske
li kontinye beni pwojè sa a.00:04:11
00:04:13
Nan mwa me 2022,
yo te lage 00:04:16
00:04:16
frè Dennis Christensen
ki te nan prizon.00:04:19
00:04:20
Yon ti tan apre, nou
te entèvyouwe00:04:22
00:04:22
ni li menm ni madanm li, Irina.00:04:24
00:04:25
Pandan w ap gade videyo
ki vin annapre a,00:04:27
00:04:27
gade ki sa ki te ede l
andire epi rete fidèl.00:04:32
00:04:35
Nou te nan reyinyon nan
kongregasyon nou nan vil Oryòl.00:04:38
00:04:42
Epi, youn nan sèvitè ministeryèl
yo kouri vin kote m li di:00:04:46
00:04:46
“Dennis, soti nan koulwa a
kounye a!”00:04:48
00:04:48
M di l, oke m ap vini.00:04:49
00:04:50
Epi lè m rive nan koulwa a, m wè
moun ak mas ki kanpe.00:04:53
00:04:54
Yon pakèt polisye ak
manm sèvis federal la.00:04:57
00:05:00
Yo te montre m papye
idantite yo,00:05:02
00:05:03
epi yo di yo pral fouye
Sal Wayòm nan.00:05:05
00:05:09
Apre sa, yo te montre m yon papye
otorite yo te bay ki fè konnen,00:05:15
00:05:16
mwen se sèl moun
yo akize pou yon krim,00:05:19
00:05:19
e yo t ap mete m nan
prizon pou 2 jou.00:05:22
00:05:22
M te di tèt mwen:00:05:23
00:05:23
Bon, se pa grav.00:05:24
00:05:24
Pwoblèm sa a ap rezoud talè.00:05:25
00:05:25
M ka sipòte 2 jou prizon.00:05:27
00:05:27
Gen lòt frè ak sè ki te
pran prizon deja.00:05:30
00:05:30
M ka sipòte sa.00:05:31
00:05:31
Epi m te sèten Jewova
t ap pwoteje m.00:05:34
00:05:44
Sa k te pi difisil pou mwen00:05:46
00:05:46
se paske mwen te separe ak
madanm mwen, Irina.00:05:48
00:05:48
Bon, nou konnen an jeneral
yo fè prizon yo yon fason00:05:52
00:05:52
pou moun pa ka wè
prizonye yo,00:05:54
00:05:54
pa vre?00:05:54
00:05:55
Mwen te eseye jwenn
yon kote lè m kanpe00:05:58
00:05:58
m te ka wè fenèt selil li a.00:06:00
00:06:00
Konsa, lè l gade nan
fenèt la li te ka wè m byen.00:06:03
00:06:03
Nou te deside ki jou m ap
vini pou m kanpe la00:06:06
00:06:06
e Dennis te di m a ki lè
pou m vini.00:06:08
00:06:10
Se te moman nan jounen an
mwen te pi renmen.00:06:14
00:06:14
Mwen te toujou ap veye
inè nan aprèmidi, 00:06:17
00:06:17
paske lè sa a m te gen
okazyon wè Irina.00:06:20
00:06:20
M te sèlman ka wè l
pou 5 oswa 10 minit.00:06:23
00:06:24
Nou te kenbe
abitid sa a pandan 2 an.00:06:27
00:06:27
Irina te vin chak jou.00:06:30
00:06:31
Lanèj, lapli, gwo solèy!00:06:35
00:06:35
Anyen pa t fè l pè.00:06:37
00:06:37
Kèlkeswa tan an, li te toujou la.00:06:40
00:06:41
Se te ti sekrè pa nou.00:06:43
00:06:43
Jodi a, se premye
fwa nou di sa.00:06:45
00:06:45
E nou pa t di okenn moun sa
pandan tout 2 ane sa yo.00:06:50
00:06:52
Mwen te vrèman fè tout
posib mwen00:06:53
00:06:53
pou m te yon bon mari.00:06:55
00:06:55
Pandan m te nan prizon an, 00:06:57
00:06:58
mwen te eseye rele l
2 fwa chak mwa.00:07:01
00:07:01
E m te eseye ekri l lèt
5 fwa pa semèn.00:07:04
00:07:07
Mwen gen zanmi ki te
vrèman soutni m.00:07:09
00:07:09
Yo te vin vizite m,00:07:11
00:07:11
yo te voye anpil
lèt pou mwen,00:07:13
00:07:13
e yo te voye lèt
pou Dennis tou.00:07:14
00:07:15
Gen kèk moun ki te di m:00:07:16
00:07:16
“Si w santi w tris,00:07:17
00:07:17
ou ka annik rele m oswa
tèks mwen epi m ap vini.”00:07:20
00:07:20
Yo te ede m diferan fason.00:07:22
00:07:22
E m vrèman gen
rekonesans pou sa.00:07:24
00:07:29
Sa m plis sonje
lè m te nan tribinal la,00:07:32
00:07:32
se fason tout frè ak sè yo
te soutni m.00:07:35
00:07:35
Yo te vrèman estrawòdinè!00:07:37
00:07:39
Mèsi tout moun paske
nou vin la a!00:07:41
00:07:41
M vrèman kontan wè nou!00:07:42
00:07:42
Mèsi!00:07:43
00:07:44
Lè yo te ban m santans final
mwen, sizan prizon, 00:07:47
00:07:47
te gen anpil moun nan tribinal la.00:07:49
00:07:54
Ki sa ki te ede m andire?00:07:56
00:07:57
Mwen te detèmine pou m
kenbe yon bon pwennvi.00:08:00
00:08:00
Paske mwen konnen,
jan liv Pwovèb la di sa,00:08:04
00:08:05
lè yon moun tris, li pap
rete okenn fòs ankò.00:08:09
00:08:10
M te konnen bagay yo t ap vin
vrèman difisil pou mwen.00:08:13
00:08:14
E m te vle andire.00:08:15
00:08:17
M te fè efò pou m li Bib la
chak jou, jan m dwe fè sa.00:08:21
00:08:22
E pou m medite.00:08:23
00:08:23
M te gen yon ti kanè
kote m te konn 00:08:26
00:08:27
ekri kèk vèsè nan
Bib la pou ban m...00:08:30
00:08:30
pou ban m fòs.00:08:31
00:08:31
Pa egzanp, gen yon vèsè
mwen toujou sonje,00:08:34
00:08:34
se Ezayi 30:15. 00:08:37
00:08:37
Li di:00:08:38
00:08:38
"Si nou ret dousman e nou
montre nou gen konfyans,00:08:43
00:08:43
se sa k ap fòs nou."00:08:46
00:08:49
E souvan mwen te konn priye.00:08:51
00:08:51
Mwen te mande Jewova
pou l ban m lapè,00:08:54
00:08:54
pou l fè m kenbe jwa m,
pou m gen kè kontan.00:08:57
00:08:57
Mwen te vle gen kè kontan.00:08:59
00:08:59
Souvan, mwen te konn panse tou,00:09:01
00:09:02
se vre, nou pran libète m,00:09:05
00:09:05
nou anpeche m wè fanmi m,00:09:07
00:09:08
mwen pa ka sere yo
nan bra m jan m ta vle,00:09:11
00:09:11
lè m ta vle sa.00:09:12
00:09:13
Men lapè m genyen an,
nou pa ka pran l.00:09:16
00:09:16
Lajwa mwen gen anndan m nan,00:09:18
00:09:18
mwen pap kite nou pran l!00:09:20
00:09:20
Mwen vle gen kè kontan.00:09:22
00:09:22
M vle sèvi Jewova
pou m fè sa li vle00:09:25
00:09:25
paske li se Bondye
ki gen kè kontan an.00:09:28
00:09:30
Yon lè, Dennis te ekri yon fraz ki
vrèman enteresan pou mwen.00:09:34
00:09:34
Si w vle kontan,
fè lòt moun kontan.00:09:38
00:09:38
E panse sa a te ede m anpil.00:09:40
00:09:40
E m te toujou okipe.00:09:41
00:09:41
Mwen te toujou ap chèche yon
mwayen pou m ede lòt moun,00:09:44
00:09:44
pou m al wè yo,00:09:45
00:09:46
pou m pot pwovizyon pou yo,00:09:47
00:09:47
oswa vizite moun ki malad.00:09:49
00:09:56
Yon jou youn nan moun ki t ap
travay nan prizon an te di m:00:09:59
00:09:59
"Dennis, m wè, ou vrèman
gen kè kontan."00:10:04
00:10:04
Mwen di l:00:10:05
00:10:05
"Wi, paske talè m ap lib.00:10:08
00:10:08
Se ak sa sèlman m ap panse.00:10:10
00:10:10
Mwen pa la a.00:10:11
00:10:11
Mwen deja deyò,
mwen deja lage."00:10:13
00:10:13
Apre sa li di m:00:10:15
00:10:15
"Ou menm Christensen,
ou pa t janm la a.00:10:18
00:10:19
Ou te toujou deyò.00:10:20
00:10:21
Ou te toujou lib.00:10:22
00:10:22
Ou te toujou gen kè kontan."00:10:24
00:10:25
Anpil fwa tou mwen
te konn imajine 00:10:28
00:10:28
jou m ap soti nan prizon an,00:10:30
00:10:30
lè m ap wè frè ak sè m yo ankò,00:10:32
00:10:32
lè m ap wè fanmi m,00:10:34
00:10:34
lè m ap sere yo nan bra m.00:10:35
00:10:50
Mwen te sezi, lè m te wè
tout frè ak sè ki te deja la,00:10:54
00:10:54
yo te rive byen bonè.00:10:56
00:10:56
E yo te soti nan diferan vil.00:10:58
00:11:26
M te gentan konnen gen kèk
moun ki t ap vin rankontre nou 00:11:29
00:11:30
nan ayewopò Kopennhag la.00:11:32
00:11:32
Sa te gen yon gwo
efè sou mwen.00:11:35
00:11:35
Nou te vrèman kontan00:11:37
00:11:38
pou n te wè kantite
frè ak sè ki te la,00:11:43
00:11:43
e ki t ap rele ak kè kontan.00:11:45
00:11:45
M te bay tout moun akolad.00:11:47
00:11:48
Sa fè lontan m t ap tann sa.00:11:50
00:11:51
Te gen anpil emosyon jou sa a.00:11:54
00:12:01
Kounye a, nou retounen Dànmak.00:12:03
00:12:04
Nou rekòmanse
lavi nou a zewo.00:12:07
00:12:14
Nou te fè yon eksperyans ki gen
anpil valè e ki spesyal,00:12:18
00:12:18
e nou vle sèvi avè l
pou ede lòt moun.00:12:21
00:12:24
Nan yon sans, m ka di,
prizon an poli nou,00:12:27
00:12:27
li fè nou vin gen pi bèl kalite
antanke kretyen.00:12:30
00:12:32
Kounye a, mwen lib e mwen
vrèman kontan pou sa.00:12:34
00:12:35
Men, mwen pa janm sispann
priye pou frè ak sè00:12:37
00:12:37
ki toujou nan prizon yo.00:12:39
00:12:41
Okontrè, mwen priye plis
pou yo kounye a, 00:12:45
00:12:45
paske m konnen
ki sa y ap andire.00:12:48
00:12:51
Sa pa toujou fasil.00:12:53
00:12:53
Men m sèten, Jewova ap ede yo
menm jan li te ede m nan.00:12:58
00:13:09
Frè ak sè Christensen, mèsi00:13:12
00:13:12
paske nou pataje eksperyans
nou avèk nou.00:13:14
00:13:15
Sa ankouraje nou paske w te
andire avèk pasyans.00:13:18
00:13:20
Mwen sonje,
sa gen plizyè ane,00:13:22
00:13:22
lè m t ap travay ak frè
nan peyi kominis yo00:13:24
00:13:24
ann Ewòp Delès,00:13:26
00:13:26
nou te wè lafwa yo
ak entegrite yo.00:13:28
00:13:29
Sa te ankouraje m anpil.00:13:31
00:13:31
E jis kounye a, egzanp yo
ankouraje m.00:13:33
00:13:34
Lè nou wè egzanp konsa,00:13:36
00:13:36
e nou tande rapò sou lafwa ak
detèminasyon frè ak sè nou yo00:13:41
00:13:41
ki nan peyi ki anba entèdiksyon,00:13:43
00:13:43
èske sa pa fòtifye lafwa nou00:13:45
00:13:45
e ban nou fòs pou n
kontinye andire?00:13:47
00:13:48
Nou kontinye ap priye pou
plis pase 180 frè ak sè,00:13:54
00:13:54
toupatou sou tè a, kounye a,
ki nan prizon pou lafwa yo.00:13:58
00:14:00
Pandan w t ap tande entèvyou a,00:14:02
00:14:02
èske w te remake ki sa k te ede
fanmi Christensen andire?00:14:06
00:14:07
Frè Christensen te di:00:14:08
00:14:09
"Lekti Labib chak jou ak
meditasyon te ede l."00:14:13
00:14:14
Li te ekri panse ki soti nan
Bib la ki bay fòs nan yon kanè.00:14:18
00:14:19
Frè ak sè Christensen
te ankouraje youn lòt00:14:22
00:14:22
pa mwayen lèt yo te
voye regilyèman, 00:14:24
00:14:24
e yo te pale nan telefòn.00:14:26
00:14:26
Èske sa pa t touchan
pou w tande00:14:29
00:14:29
jis wè youn lòt a distans00:14:31
00:14:31
pandan yon ti tan te ba yo fòs?00:14:33
00:14:34
Epitou, yo te jwenn ankourajman
ak fòs nan men frè ak sè yo.00:14:40
00:14:40
E yo pa jis ap resevwa èd
ak ankourajman, 00:14:44
00:14:44
men, yo t ap chèche okazyon00:14:47
00:14:47
pou yo ede epi ankouraje
lòt moun.00:14:49
00:14:50
Èske w sonje ki sa
Dennis te ekri Irina?00:14:53
00:14:54
“Si w vle gen kè kontan,
fè lòt moun gen kè kontan.”00:14:57
00:14:58
Sa fè m sonje pawòl Jezi nou
jwenn nan Travay 20:35:00:15:04
00:15:05
"Yon moun pi kontan lè l bay
pase lè l resevwa."00:15:09
00:15:10
Youn nan vèsè Dennis di00:15:13
00:15:13
ki te ede l rive fè fas
ak eprèv sa a00:15:16
00:15:16
se Ezayi 30:15.00:15:18
00:15:19
Vèsè a di :00:15:20
00:15:21
"Si nou ret dousman00:15:23
00:15:23
e nou montre nou gen konfyans,00:15:25
00:15:25
se sa k ap fòs nou."00:15:26
00:15:28
Nou kontan fè nou konnen,
entèvyou konplè nou te fè00:15:32
00:15:32
ak frè ak sè Christensen nan ap
disponib sou sit jw.org pi devan.00:15:38
00:15:39
Wi, menm jan Jewova te bay
fanmi Christensen fòs00:15:42
00:15:42
pou yo andire eprèv sa a,00:15:44
00:15:44
l ap ede nou tout pou nou
andire fidèlman00:15:48
00:15:48
toutpandan nou kontinye
fè li konfyans.00:15:51
00:15:52
Frè ak sè nou yo,00:15:54
00:15:54
nou konnen w ap andire
plizyè eprèv avèk pasyans.00:15:58
00:15:58
Tanpri, sonje, nou renmen nou
tout anpil anpil.00:16:03
00:16:03
Depi Syèj mondyal
Temwen Jewova yo,00:16:06
00:16:06
se te Tele JW.00:16:09
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #5 (2023)
-
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #5 (2023)
Nou kontan pou nou
akeyi nou ankò!
Nan anpil kote sou tè a,
kongrè yo deja kòmanse.
Anfèt rive mwa jiyè a,
gen plis pase 2,3 milyon moun
ki deja asiste kongrè a
an pèsòn, kongrè ki gen tit:
“Montre nou gen pasyans”!
Lè n al nan kongrè epi nou wè
zanmi nou te genyen,
oswa nouvo zanmi,
se pa ti kontan sa
fè nou kontan!
Epitou,
pwogram nan se
vrèman manje espirityèl
ki vini nan bon moman.
Moun ki deja asiste kongrè
rejyonal la, te jwenn anpil byenfè.
E nou menm ki gen
pou n asiste kongrè a,
n ap ban nou garanti,
wi, n ap renmen l!
Nan dat ki te premye jen an,
te kòmanse gen vizit Betèl
toupatou sou tè a.
Sa te enteresan e ankourajan,
pou wè premye moun
k ap vin vizite yo.
Lè n te wè premye
vizitè yo k ap rive,
sa te enteresan e
sa te ankourajan
lè n konnen tout efò
yo fè pou yo vini.
Franchman, m pa konnen
kiyès ki te pi kontan
si se fanmi Betèl la
oswa vizitè yo.
Men, nou vrèman
kontan yo la.
Sa m te pi renmen,
se sipriz nou te jwenn
lè nou t ap rantre a.
Tout moun te la,
yo t ap akeyi nou,
youn t ap salye lòt,
yo t ap bay bèl akolad.
Se te yon gwo sipriz!
Akèy yo te ban nou an
te estrawòdinè!
Yo te kontinye ap vin
kote nou
epi pale avèk nou.
Lè m ap reflechi ak sa,
yo te gade anpil
dènye nouvèl
sou Chelmsford
sou jw.org.
Bon, finalman nou la a.
Mwen pa t panse yon bagay
konsa t ap janm posib!
Kounye a, sa fè plis pase yon
mwa depi vizit Betèl rekòmanse.
E sa enteresan!
Nou se moun peyi Filipin.
Men kounye a, nou
nan peyi Kanada.
Nou te fè anviwon
uit èdtan ap vwayaje
pou n rive nan
Betèl Wòwik.
Nou te planifye pou n vizite
Wòwik nan mwa mas 2020.
Twazan annapre men nou la a.
Nou te di, gen
yon vwayaj
nou bezwen planifye
pou ane sa a.
Se vizite Betèl.
Definitivman, m t ap ankouraje
fanmi yo al vizite Betèl,
paske sa ap fòtifye lafwa yo
e se yon bagay pitit nou
pap janm bliye.
Tèlman gen anpil bagay
nan mize a!
Nou vrèman pa kapab pwofite
tout nan yon sèl vizit.
Donk, m swete n ap
tounen vizite ankò.
Frè ak sè sa yo santi yo
menm jan ak David
ki te di nan yon pawòl
nou jwenn
nan Bib la nan Sòm 122:1:
“Mwen te kontan lè yo te di m:
‘Ann al lakay Jewova.’”
N ap ankouraje nou
ak tout kè nou
pou n jwenn jwa sa genyen
nan vizite Betèl.
Tanpri, al sou sit jw.org la,
pou w fè yon rezèvasyon
pou w vizite Betèl.
Ou ka jwenn plis enfòmasyon
nan paj Vizite biwo nou yo,
oswa ou ka kontakte
Betèl peyi w la.
Jan yo te fè konn sa
sou sit jw.org
nan jou mèkredi swa ki te
28 jen 2023 a,
nou te jwenn apwobasyon
pou yon gwo pati pou
pwojè Ramapo a.
Tout moun ki nan
komite vil Ramapo a,
te dakò pou bay apwobasyon yo
pou plan pwojè Ramapo a.
Byenke, gen anpil lòt pèmi
ak lòt detay ki rete pou finalize,
otorizasyon sa a yo ban nou an
pèmèt nou avanse ak pwojè a.
Nou gen rekonesans pou travay
di komite k ap jere vil la
e pou travay di tout frè ak sè
ki nan pwojè sa a.
E nou di Jewova mèsi paske
li kontinye beni pwojè sa a.
Nan mwa me 2022,
yo te lage
frè Dennis Christensen
ki te nan prizon.
Yon ti tan apre, nou
te entèvyouwe
ni li menm ni madanm li, Irina.
Pandan w ap gade videyo
ki vin annapre a,
gade ki sa ki te ede l
andire epi rete fidèl.
Nou te nan reyinyon nan
kongregasyon nou nan vil Oryòl.
Epi, youn nan sèvitè ministeryèl
yo kouri vin kote m li di:
“Dennis, soti nan koulwa a
kounye a!”
M di l, oke m ap vini.
Epi lè m rive nan koulwa a, m wè
moun ak mas ki kanpe.
Yon pakèt polisye ak
manm sèvis federal la.
Yo te montre m papye
idantite yo,
epi yo di yo pral fouye
Sal Wayòm nan.
Apre sa, yo te montre m yon papye
otorite yo te bay ki fè konnen,
mwen se sèl moun
yo akize pou yon krim,
e yo t ap mete m nan
prizon pou 2 jou.
M te di tèt mwen:
Bon, se pa grav.
Pwoblèm sa a ap rezoud talè.
M ka sipòte 2 jou prizon.
Gen lòt frè ak sè ki te
pran prizon deja.
M ka sipòte sa.
Epi m te sèten Jewova
t ap pwoteje m.
Sa k te pi difisil pou mwen
se paske mwen te separe ak
madanm mwen, Irina.
Bon, nou konnen an jeneral
yo fè prizon yo yon fason
pou moun pa ka wè
prizonye yo,
pa vre?
Mwen te eseye jwenn
yon kote lè m kanpe
m te ka wè fenèt selil li a.
Konsa, lè l gade nan
fenèt la li te ka wè m byen.
Nou te deside ki jou m ap
vini pou m kanpe la
e Dennis te di m a ki lè
pou m vini.
Se te moman nan jounen an
mwen te pi renmen.
Mwen te toujou ap veye
inè nan aprèmidi,
paske lè sa a m te gen
okazyon wè Irina.
M te sèlman ka wè l
pou 5 oswa 10 minit.
Nou te kenbe
abitid sa a pandan 2 an.
Irina te vin chak jou.
Lanèj, lapli, gwo solèy!
Anyen pa t fè l pè.
Kèlkeswa tan an, li te toujou la.
Se te ti sekrè pa nou.
Jodi a, se premye
fwa nou di sa.
E nou pa t di okenn moun sa
pandan tout 2 ane sa yo.
Mwen te vrèman fè tout
posib mwen
pou m te yon bon mari.
Pandan m te nan prizon an,
mwen te eseye rele l
2 fwa chak mwa.
E m te eseye ekri l lèt
5 fwa pa semèn.
Mwen gen zanmi ki te
vrèman soutni m.
Yo te vin vizite m,
yo te voye anpil
lèt pou mwen,
e yo te voye lèt
pou Dennis tou.
Gen kèk moun ki te di m:
“Si w santi w tris,
ou ka annik rele m oswa
tèks mwen epi m ap vini.”
Yo te ede m diferan fason.
E m vrèman gen
rekonesans pou sa.
Sa m plis sonje
lè m te nan tribinal la,
se fason tout frè ak sè yo
te soutni m.
Yo te vrèman estrawòdinè!
Mèsi tout moun paske
nou vin la a!
M vrèman kontan wè nou!
Mèsi!
Lè yo te ban m santans final
mwen, sizan prizon,
te gen anpil moun nan tribinal la.
Ki sa ki te ede m andire?
Mwen te detèmine pou m
kenbe yon bon pwennvi.
Paske mwen konnen,
jan liv Pwovèb la di sa,
lè yon moun tris, li pap
rete okenn fòs ankò.
M te konnen bagay yo t ap vin
vrèman difisil pou mwen.
E m te vle andire.
M te fè efò pou m li Bib la
chak jou, jan m dwe fè sa.
E pou m medite.
M te gen yon ti kanè
kote m te konn
ekri kèk vèsè nan
Bib la pou ban m...
pou ban m fòs.
Pa egzanp, gen yon vèsè
mwen toujou sonje,
se Ezayi 30:15.
Li di:
"Si nou ret dousman e nou
montre nou gen konfyans,
se sa k ap fòs nou."
E souvan mwen te konn priye.
Mwen te mande Jewova
pou l ban m lapè,
pou l fè m kenbe jwa m,
pou m gen kè kontan.
Mwen te vle gen kè kontan.
Souvan, mwen te konn panse tou,
se vre, nou pran libète m,
nou anpeche m wè fanmi m,
mwen pa ka sere yo
nan bra m jan m ta vle,
lè m ta vle sa.
Men lapè m genyen an,
nou pa ka pran l.
Lajwa mwen gen anndan m nan,
mwen pap kite nou pran l!
Mwen vle gen kè kontan.
M vle sèvi Jewova
pou m fè sa li vle
paske li se Bondye
ki gen kè kontan an.
Yon lè, Dennis te ekri yon fraz ki
vrèman enteresan pou mwen.
Si w vle kontan,
fè lòt moun kontan.
E panse sa a te ede m anpil.
E m te toujou okipe.
Mwen te toujou ap chèche yon
mwayen pou m ede lòt moun,
pou m al wè yo,
pou m pot pwovizyon pou yo,
oswa vizite moun ki malad.
Yon jou youn nan moun ki t ap
travay nan prizon an te di m:
"Dennis, m wè, ou vrèman
gen kè kontan."
Mwen di l:
"Wi, paske talè m ap lib.
Se ak sa sèlman m ap panse.
Mwen pa la a.
Mwen deja deyò,
mwen deja lage."
Apre sa li di m:
"Ou menm Christensen,
ou pa t janm la a.
Ou te toujou deyò.
Ou te toujou lib.
Ou te toujou gen kè kontan."
Anpil fwa tou mwen
te konn imajine
jou m ap soti nan prizon an,
lè m ap wè frè ak sè m yo ankò,
lè m ap wè fanmi m,
lè m ap sere yo nan bra m.
Mwen te sezi, lè m te wè
tout frè ak sè ki te deja la,
yo te rive byen bonè.
E yo te soti nan diferan vil.
M te gentan konnen gen kèk
moun ki t ap vin rankontre nou
nan ayewopò Kopennhag la.
Sa te gen yon gwo
efè sou mwen.
Nou te vrèman kontan
pou n te wè kantite
frè ak sè ki te la,
e ki t ap rele ak kè kontan.
M te bay tout moun akolad.
Sa fè lontan m t ap tann sa.
Te gen anpil emosyon jou sa a.
Kounye a, nou retounen Dànmak.
Nou rekòmanse
lavi nou a zewo.
Nou te fè yon eksperyans ki gen
anpil valè e ki spesyal,
e nou vle sèvi avè l
pou ede lòt moun.
Nan yon sans, m ka di,
prizon an poli nou,
li fè nou vin gen pi bèl kalite
antanke kretyen.
Kounye a, mwen lib e mwen
vrèman kontan pou sa.
Men, mwen pa janm sispann
priye pou frè ak sè
ki toujou nan prizon yo.
Okontrè, mwen priye plis
pou yo kounye a,
paske m konnen
ki sa y ap andire.
Sa pa toujou fasil.
Men m sèten, Jewova ap ede yo
menm jan li te ede m nan.
Frè ak sè Christensen, mèsi
paske nou pataje eksperyans
nou avèk nou.
Sa ankouraje nou paske w te
andire avèk pasyans.
Mwen sonje,
sa gen plizyè ane,
lè m t ap travay ak frè
nan peyi kominis yo
ann Ewòp Delès,
nou te wè lafwa yo
ak entegrite yo.
Sa te ankouraje m anpil.
E jis kounye a, egzanp yo
ankouraje m.
Lè nou wè egzanp konsa,
e nou tande rapò sou lafwa ak
detèminasyon frè ak sè nou yo
ki nan peyi ki anba entèdiksyon,
èske sa pa fòtifye lafwa nou
e ban nou fòs pou n
kontinye andire?
Nou kontinye ap priye pou
plis pase 180 frè ak sè,
toupatou sou tè a, kounye a,
ki nan prizon pou lafwa yo.
Pandan w t ap tande entèvyou a,
èske w te remake ki sa k te ede
fanmi Christensen andire?
Frè Christensen te di:
"Lekti Labib chak jou ak
meditasyon te ede l."
Li te ekri panse ki soti nan
Bib la ki bay fòs nan yon kanè.
Frè ak sè Christensen
te ankouraje youn lòt
pa mwayen lèt yo te
voye regilyèman,
e yo te pale nan telefòn.
Èske sa pa t touchan
pou w tande
jis wè youn lòt a distans
pandan yon ti tan te ba yo fòs?
Epitou, yo te jwenn ankourajman
ak fòs nan men frè ak sè yo.
E yo pa jis ap resevwa èd
ak ankourajman,
men, yo t ap chèche okazyon
pou yo ede epi ankouraje
lòt moun.
Èske w sonje ki sa
Dennis te ekri Irina?
“Si w vle gen kè kontan,
fè lòt moun gen kè kontan.”
Sa fè m sonje pawòl Jezi nou
jwenn nan Travay 20:35:
"Yon moun pi kontan lè l bay
pase lè l resevwa."
Youn nan vèsè Dennis di
ki te ede l rive fè fas
ak eprèv sa a
se Ezayi 30:15.
Vèsè a di :
"Si nou ret dousman
e nou montre nou gen konfyans,
se sa k ap fòs nou."
Nou kontan fè nou konnen,
entèvyou konplè nou te fè
ak frè ak sè Christensen nan ap
disponib sou sit jw.org pi devan.
Wi, menm jan Jewova te bay
fanmi Christensen fòs
pou yo andire eprèv sa a,
l ap ede nou tout pou nou
andire fidèlman
toutpandan nou kontinye
fè li konfyans.
Frè ak sè nou yo,
nou konnen w ap andire
plizyè eprèv avèk pasyans.
Tanpri, sonje, nou renmen nou
tout anpil anpil.
Depi Syèj mondyal
Temwen Jewova yo,
se te Tele JW.
-