JW subtitle extractor

Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 6 (2023)

Video Other languages Share text Share link Show times

Bonjou frè m ak sè m yo!
M kontan ansanm avèk nou
jodi a nan pwogram sa a.
Nou gen kèk dènye enfòmasyon
pou nou epi n ap gade
yon entèvyou ki ankourajan.
Nou kontan dèske pa gen lontan
yo lage de nan frè nou yo
ki te nan prizon nan peyi Larisi,
apre yo te fin fè
tan yo nan prizon.
Nan dat 29 jiyè 2023,
yo te lage frè Yuriy Savelyev
ki gen 69 an.
Li te fè plis pase
4 an edmi nan prizon.
Te gen plizyè dizèn frè ak sè ki
t ap tann li deyò prizon an.
Nou kontan anpil ni pou li,
ni pou moun pa l yo.
Yo te lage frè Sergey Klimov
nan dat 26 jiyè 2023,
apre anviwon 5 an prizon.
Fanmi l ak zanmi l te la
pou akeyi l.
Nou kontan pou nou tout.
Nan Revelasyon 2:10, Jezi te di:
“Dyab la pral kontinye lage
kèk nan nou nan prizon.”
Men, Jezi te di tou:
“Nou pa bezwen pè.”
Men sa Toudegad jiyè 2019 la
te di:
“Lè ènmi nou yo entèdi
aktivite nou, yo espere
sa ap fè nou pè e n ap sispann
sèvi Jewova.
Anplis entèdiksyon yo mete yo,
yo ka ap gaye
yon seri manti sou nou, yo ka
voye moun al fouye kay nou,
mennen nou nan tribinal oswa
menm mete kèk nan nou
nan prizon.
Yo espere n ap pè paske yo rive
mete kèk nan nou nan prizon.
Ki sa nou aprann nan eksperyans
de frè sa yo nan peyi Larisi?
Yo te andire e yo te rete
fidèl ak Jewova
malgre yo te sibi pèsekisyon.
Vrèmanvre, Jezi te gen rezon
pou l di nou pa bezwen pè.
Toupatou sou tè a,
frè ak sè nou yo kontan
asiste kongrè ki gen tèm:
“Montre nou gen pasyans”! lan.
Pou anpil timoun, petèt se
premye fwa depi
yo gen konsesans, y ap asiste
yon kongrè an pèsòn.
Ann koute kèk timoun.
Jodi a, m kontan
paske m nan kongrè
e m ka rewè tout moun ankò.
M kontan vin nan kongrè a,
paske m ka rankontre
frè ak sè ki la yo.
M renmen fè foto
ak nouvo zanmi m yo.
Mwen kontan nan kongrè a
jodi a, pou m ka bay
frè ak sè yo akolad.
Mwen renmen chante yo,
yo fè m santi m kalm.
Mwen te patisipe nan
netwayaj ak frè ak sè yo
nan kongregasyon an.
Mwen te renmen sa.
Mwen gen fanmi ak zanmi ki la a
ansanm avè m,
e yo montre yo renmen
Jewova menm jan avè m.
Mwen pi renmen la an pèsòn,
paske m ka wè videyo yo
e m ka wè tout frè yo.
Pou mwen menm, pran kongrè a
an pèsòn pi bon lontan,
paske mwen aprann plis bagay
pase lè m pran l lakay.
M pi renmen vin nan kongrè
an pèsòn pase m
gade l nan televizyon.
Ala bèl pawòl nou sot tande!
Nou vrèman fyè de nou,
nou menm paran.
Efò nou fè pou nou
mennen pitit nou nan kongrè
fè nou sonje sa Jozèf
ak Mari te konn fè.
Chak ane, yo te konn mennen
Jezi ak lòt pitit yo
nan fèt la nan Jerizalèm.
E efò yo pa t pou granmesi.
Menm jan an tou, nou menm
paran se yon bèl kado
nou bay pitit nou lè
nou mennen yo nan kongrè.
Sa pa ti kontan Jewova dwe
kontan pou l wè nou la an pèsòn.
Premye septanm, gen yon nouvo
ane sèvis k ap kòmanse.
E nan menm dat sa a,
toupatou sou tè a,
kanpay la ap kòmanse,
n ap ofri Toudegad no 2 2020 an
ki gen tit: “Ki sa Wayòm
Bondye a ye?”
Pwoklamatè k ap pran sèvis
pyonye oksilye pou mwa septann nan
ka chwazi pran 15 èdtan
oswa 30 èdtan.
Nou plis bezwen Wayòm nan
kounye la a pase nenpòt lòt lè.
E nou vrèman kontan kapab
pataje mesaj enpòtan sa a
ak vwazen nou yo.
Talè konsa, kongregasyon yo
ap jwenn dat y ap gen kongrè
pou ane 2024 la.
Nou kontan fè nou konnen tèm
yo chwazi pou pwogram
kongrè 2024 la se:
“Anonse bon nouvèl la!”
Li soti nan 1 Korentyen 9:16 ki di:
“Se sa k fè, si m ap
anonse bon nouvèl la,
se pa yon rezon pou m fè
lwanj pou tèt mwen,
paske se yon obligasyon yo fè m.
Wi, malè pou mwen si m pa t
anonse bon nouvèl la!”
Nou tande anpil move nouvèl
nan jou sa yo,
se sa k fè, nou konnen
n ap kontan asiste 3 jou kongrè
enteresan sa a e n ap la depi nan
premye pawòl nan vandredi yo.
Anpalan de nouvèl, nou te
kontan lè n te aprann
yo te lage 28 nan frè ak sè nou
yo nan dat 4 desanm 2020 an.
Yo te nan prizon nan peyi Eritre.
Yo te pase ant 5 an ak
26 an nan prizon.
Poukisa yo te mete
yo nan prizon?
Paske yo te kenbe netralite yo.
Frè Negede Teklemariam te
pami moun yo te pèsekite
paske l pa t vle antre nan lame.
An 1994, gen sòlda ki te antre
lakay li pou yo vin pran l.
E lè sa a, li te gen sèlman 21 an.
Li te fè 26 an nan prizon
e li te pase nan 2 prizon diferan
ansanm ak frè Paulos Eyasu
ak Isaac Mogos.
Apre yo te fin lage yo sot
nan prizon an 2020,
Isaac te batize e
toule 3 frè sa yo
kontinye ap sèvi
Jewova fidèlman.
Pandan n ap gade entèvyou sa a
ki vrèman touchan,
gade ki sa k te ede Negede
pou l rete fidèl.
Disèt septanm 1994,
ozanviwon 1è dimaten,
gen 3 sòlda ki te vin frape
nan baryè nou.
Yo pa t kite m pale ni yo pa t
kite m chanje rad sou mwen.
Manman m te di m: “Pran kouraj!
Jewova avèk ou.
Toutotan w fidèl ak Jewova,
l ap pwoteje w.”
Li te repete pawòl sa yo
toutpandan yo pral avèk mwen.
Sawa se kan kote militè antrene.
Se yon gwo kan e anndan l
gen yon ti prizon.
Se paske pa gen lòt mo
ki fè m di prizon.
Paske, pa gen mo pou
esplike sa l ye.
Paske, fason yo trete w se pa
fason moun ta dwe trete lòt moun.
Chanm prizon an te fèt ak fèy tòl,
e lajounen li te fè cho anpil.
Pa t gen ni fenèt ni kabann,
nou te konn dòmi atè.
Manje yo te bay nan prizon an
te piti: pen, pwa sèch,
pafwa yon ti soup.
Yo te mare nou ak kòd e gadyen yo te konn maltrete nou anpil,
yo te konn bat nou e
yo te fè nou fè travo fòse.
Yo te fè nou travay di anpil
yon fason pou n dekouraje
epi fè sa yo vle.
Sa m te twouve ki pi difisil
pandan 23 an m te fè Sawa yo
se paske menm pou soulaje w
pou bezwen natirèl ou,
ou pa t ka ale lè w te bezwen.
Yo te dwe ba w pèmisyon pou w
al fè bezwen w e te toujou
gen yon gadyen k ap veye nou.
Se pi move fason pou
yon moun viv.
Nou pa t janm gen yon twalèt.
Nou pa t janm gen espwa
y ap jije nou yon jou,
alewè pou yo ta lage nou.
Yo te jis ap ret tann
nou pèdi tèt nou
oswa pou n mouri akoz
nou pa t jwenn swen.
Yon bagay ki te ede m andire
se vèsè ki te nan tèks
pou jounen jou yo te arete m nan.
Vèsè a se te Jan 16:33.
Yon pati vèsè a di:
“N ap gen tribilasyon nan
monn nan, men pran kouraj!”
Vèsè sa a se te yon gwo sous
ankourajman ak konsolasyon
ni pou nou menm ki te nan
prizon an, ni pou lòt frè ak sè yo.
Sòlda yo te mennen m
nan dèzè a e yo te di m
pou m fouye yon twou.
Yo te ban m de chwa, yo te di:
“Kòm tout sa nou fè w
pou w chanje, ou pa vle,
gouvènman deside touye w.
Se pou w mete inifòm lame a
pou w vin sòlda menm jan
ak lòt moun yo, oswa si w
kontinye ap di
se pou Wayòm syèl la m ye
oswa Wayòm Bondye a,
n ap mete w nan twou sa a.
Yo te mete m nan twou a.
Twou a te fon, se sèl...
se sèl tèt mwen ki te ret deyò.
Pandan jounen an, nonsèlman
solèy la te cho sou tèt mwen,
men tou, sab mwen ladan lan
t ap boule m.
Mwen te swe e m te santi m
prèske pèdi konesans.
Te gen yon machin ki te gen
ofisyèl nan lame a
ki t ap pase yon ti jan lwen.
Yo te ka wè gen yon moun
ki antere e ki gen tèt li pa deyò.
Sòlda ki te nan machin nan
pa t yon sòlda nan kann an,
se pase l t ap pase.
Se te yon wo grade nan lame a.
Mwen pa t konnen l,
li pa t konnen m.
Li mande mesye yo:
“Poukisa n ap fè sa a?
Sa n ap fè a se yon bagay
ki kriyèl anpil.
Ki moun ki ban nou lòd
antere l tou vivan?”
Yon bagay mwen menm ak lòt
moun ki te avèk mwen yo
aprann nan eksperyans sa a
sèke lè yon moun nan prizon,
li ka santi l poukont li, men,
depi l ret fidèl ak Jewova,
li ka gen konfyans Jewova
ap fè yon bagay pou li.
Mwen te wè jan Women 8:35 lan
te reyalize nan ka pa nou.
Jewova te ede nou.
Vrèmanvre, pa gen anyen ki ka
separe nou ak lanmou Jewova.
Te gen yon dam ak yon mesye ki
t ap travay nan prizon an.
Mesye a se te yon gadyen
e dam nan se te yon sekretè.
Yo t ap pale antre yo, yo di:
“Sanble gouvènman an
pral touye yo.
Ann fè foto sa nou wè a
e ann fè lòt moun konnen
sa k rive yo.
Omwen, n ap ka di fanmi yo
yo te la a e men foto yo.”
Se sa k fè, yo te fè foto nou
e konsa ni fanmi nou
ni moun toupatou sou tè a
te wè nou.
Nan foto a, nou ka wè
men Paulos sal ak tè.
Nan moman an, nou t ap
travay deyò,
nou t ap deplase
wòch ak lòt bagay.
Nou pa t vle pou fanmi nou
oswa paran nou yo
wè nou tris oswa dekouraje.
Men, nou te vle yo wè
nou kontan paske
pèsekisyon nou t ap sibi yo
se poutèt non Kris.
Pandan tout tan nou te
fè nan prizon an,
lapriyè te vrèman ede nou,
sitou nan premye ane yo.
Nou pa t ka jwenn
manje espirityèl.
Nou pa t gen ni Bib,
ni okenn piblikasyon.
Sèl sa n te genyen se lapriyè.
Okòmansman,
m sonje yon bagay m te
konn mande Jewova
se te pou l fè nou soti
nan prizon an.
Men, tank ane yo t ap pase,
mwen menm pesonèlman
m te chanje priyè m.
M te konn di Jewova:
“Jewova ede m andire.
Ede m sipòte tout difikilte
m jwenn nan prizon an.”
Mwen pa t janm panse m t ap
libere ni jou sa a, ni ane sa a.
Sa te fè m wè Jewova
ka delivre pèp li a
nan sitiyasyon ki vrèman difisil.
Kèlkeswa lè l chwazi fè sa,
se bon moman an.
Mwen te aprann anpil leson
pandan 26 ane sa yo.
Mwen te aprann
Jewova koute priyè nou.
E lè yo pèsekite nou pou non l,
benediksyon nou jwenn yo
plis pase difikilte yo.
Nou pa konnen sa
demen ap pote
e ki chanjman ki pral genyen
donk, pa gen okenn rezon pou n
pè pèsekisyon oswa prizon.
Nou ka prepare nou pou n
fè fas ak pèsekisyon.
Jewova ap ede nou andire
kèlkeswa eprèv la.
Nou jis bezwen mande l ede nou.
Mwen te aprann kèlkeswa
sitiyasyon nou ta rankontre,
kit nou atann nou ak sa,
kit nou pa atann nou ak sa,
Jewova ap ede nou andire.
Pandan tout ane sa yo,
gen anpil moun tout kote
ki te konn voye lèt pou nou
ak lòt bagay pou soutni nou.
Lefètke frè ak sè yo toupatou
sou tè a, menm timoun
ki pa t menm ka di non nou,
te toujou ap priye pou nou,
sa te ankouraje nou.
Nou dwe kontinye priye
paske, gen anpil lòt frè ak sè
ki toujou nan prizon.
Mèsi Negede, paske w
te pataje sa avèk nou.
Sa vrèman ankouraje n lè n
tande fason Jewova te soutni w,
malgre move tretman ou te sibi.
Vrèmanvre, ou se yon moun
ki fidèl e nou vle di w
nou renmen w anpil.
Mwen konnen mwen menm
ansanm ak frè ak sè
toupatou sou tè a te fè anpil
siplikasyon nan pye Jewova
pou l ede ou menm ak lòt frè yo
pandan 26 ane sa yo
nou te pase nan prizon an.
E nou kontinye ap priye pou
32 frè ak sè nan peyi Eritre
ki toujou nan prizon
akoz lafwa yo.
Ki leson mwen menm
avèk ou nou ka aprann
nan entèvyou Negede a?
M ap ban nou twa:
1) Li tèks pou jounen an
chak jou,
2) priye pou montre nou
konte sou Jewova e
3) nou ka gen kè kontan
malgre pèsekisyon.
Nou kontan fè nou konnen,
pi devan, entèvyou konplè
nou te fè ak Negede a ap
disponib sou sit jw.org la.
Apre nou fin tande fason Negede
te andire, sa fè nou panse ak
tout frè ak sè k ap fè fas
ak pèsekisyon
oswa ki nan prizon akoz lafwa yo.
Nou menm frè ak sè k ap fè fas
ak pèsekisyon nan peyi Eritre,
Larisi ak lòt kote sou tè a,
n ap di nou n ap priye pou nou
e nou renmen nou anpil.
Depi syèj mondyal Temwen
Jewova yo, se te Tele JW.