00:00:00
M kontan akeyi nou! 00:00:02
00:00:02
Nou gen kèk bèl nouvèl pou nou
nan dènye enfòmasyon sa a. 00:00:06
00:00:06
M sèten n ap renmen
pwogram nan. 00:00:09
00:00:09
Mwa sa a, sa fè 10 an
depi vèsyon revize00:00:12
00:00:12
Tradiksyon monn nouvo a
te parèt ann anglè00:00:16
00:00:16
nan reyinyon ànyèl 2013 la. 00:00:19
00:00:19
Te gen 31 peyi ki te gen posiblite
gade pwogram espesyal sa a 00:00:23
00:00:23
e te gen plis pase
1,4 milyon moun 00:00:27
00:00:27
ki te asiste an pèsòn oswa
pa mwayen Entènèt. 00:00:30
00:00:31
Kounye a, Tradiksyon monn nouvo a disponib ann antye00:00:34
00:00:34
nan 158 lang. 00:00:36
00:00:37
Men, si nou ta ajoute
lang ki deja tradui 00:00:40
00:00:40
tout tèks ki te ekri an grèk yo 00:00:43
00:00:43
oswa yon pati ki te
ekri an grèk yo, 00:00:45
00:00:45
sa fè nou vin gen yon
total 279 lang. 00:00:51
00:00:52
Tradiksyon sa a vrèman itil nou
nan travay predikasyon an, pa vre? 00:00:58
00:00:58
Ebyen, Kolèj santral la
bay pèmisyon pou nou00:01:01
00:01:01
gen yon nouvo zouti 00:01:03
00:01:03
k ap ede nou jwenn vèsè nou
bezwen nan Bib la byen fasil. 00:01:07
00:01:08
Nou tout gen konviksyon
Pawòl Bondye a kapab00:01:11
00:01:11
ban nou konsolasyon
e l ka gide nou. 00:01:13
00:01:13
Se sa k fè, nou tout nou gen
vèsè nou renmen00:01:17
00:01:17
e nou site yo pi souvan. 00:01:19
00:01:20
Men, siman sa rive w deja
ou sonje yon pati nan yon vèsè 00:01:25
00:01:25
men w pa ka sonje ki vèsè l ye. 00:01:27
00:01:28
Bon, sa rive m deja. 00:01:30
00:01:30
Oswa, gen yon vèsè moun
pa itilize souvan 00:01:33
00:01:34
e w ta renmen itilize l
pou w konsole moun? 00:01:36
00:01:37
Si sa konn rive w,
w ap kontan aprann 00:01:40
00:01:40
gen yon nouvo piblikasyon
ki parèt. 00:01:43
00:01:43
Tit li se:00:01:44
00:01:44
Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen. 00:01:48
00:01:49
Liv sa a sanble anpil ak yon lòt liv
ki te parèt ann anglè an 1965. 00:01:57
00:01:57
An fransè, tit li se: 00:01:59
00:01:59
“Assurez-vous de toutes choses; 00:02:00
00:02:00
restez attachés à ce qui est excellent.” 00:02:03
00:02:03
Nan paj editè a, yo te fè nou konnen00:02:06
00:02:06
liv la se yon konpilasyon vèsè
yo klase selon sijè00:02:09
00:02:09
e l gen 123 sijè ladan l. 00:02:13
00:02:13
Ki objektif li? 00:02:15
00:02:15
Nan paj editè a,00:02:17
00:02:17
yo te fè konnen “nonsèlman
liv la t ap ede nou 00:02:20
00:02:20
pi byen konprann ansèyman
Bib la bay sou sijè yo, 00:02:23
00:02:23
men tou li te ka ede n reponn
kesyon sou lafwa nou”. 00:02:26
00:02:27
Frè ak sè yo te renmen
liv Assurez-vous a. 00:02:31
00:02:31
Ann wè sa 2 pwoklamatè te
renmen nan liv sa a. 00:02:35
00:02:35
Mwen renmen liv sa a. 00:02:37
00:02:38
Li genyen plizyè sijè00:02:40
00:02:40
e chak sijè gen yon
lis vèsè ladan l, 00:02:44
00:02:44
sa ki ede m konnen
prensip biblik ki aplikab00:02:48
00:02:48
pou diferan sitiyasyon. 00:02:49
00:02:50
Lè liv Assurez-vous a te soti, 00:02:52
00:02:52
nou te pyonye nan yon tèritwa00:02:54
00:02:54
kote moun yo konn fè
diskisyon sou Bib la. 00:02:56
00:02:56
Mwen sonje yon lè m t ap
pale ak yon dam 00:02:59
00:02:59
e li te vin ak sijè mesye
ki rich la ak Laza. 00:03:02
00:03:02
Donk, nou t ale nan seksyon lanfè
ki nan liv Assurez-vous a, 00:03:06
00:03:06
e nou te ka rezone avèk li
sou sijè a. 00:03:10
00:03:10
Mwen te nan lame lè m
te aprann laverite. 00:03:13
00:03:13
Liv sa a te ede m
pi byen konprann 00:03:16
00:03:16
sijè ki gen rapò ak lagè, netralite
ak fè zanmi ak monn nan.00:03:21
00:03:21
Jis kounye a, m konn
fè rechèch ladan l.00:03:24
00:03:24
Nou ka di liv sa a te
ede n anseye moun yo.00:03:27
00:03:27
E antanke pyonye, nou pa t
janm al preche san li.00:03:31
00:03:32
Menm jan ak liv Assurez-vous a,
yon liv nou pa enprime ankò,00:03:36
00:03:36
nouvo liv la,Vèsè pou ede nou vivantanke kretyen00:03:40
00:03:40
se yon konpilasyon
yo klase selon sijè00:03:43
00:03:43
ki gen plis pase 100 sijè ladan l.00:03:45
00:03:46
Poukisa nou fè liv sa a?00:03:48
00:03:48
Yo fè l pou ede nou “manyen
pawòl verite a kòrèkteman”,00:03:52
00:03:53
jan nou jwenn sa nan
2 Timote 2:15.00:03:57
00:03:57
Ann fè yon ti pale sou
kèk fason nou ka sèvi00:04:01
00:04:01
ak liv sa a lè nou sou JW Library. 00:04:04
00:04:05
Liv Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen an,00:04:08
00:04:08
n ap rele l liv scl la, ap fè l fasil
pou n jwenn vèsè nou bezwen yo00:04:13
00:04:13
ak istwa k ap ede nou fè fas
ak difikilte nou rankontre00:04:16
00:04:16
e pou n ankouraje lòt moun.00:04:18
00:04:18
Li gen diferan kategori.00:04:20
00:04:20
Nan chak kategori gen plizyè sijè.00:04:23
00:04:23
Men, liv la pa gen tout vèsè
ki gen rapò ak yon sijè. 00:04:28
00:04:28
Pou w jwenn yon sijè,00:04:29
00:04:29
ale nan pati “Chèche”
nan JW Library 00:04:33
00:04:33
oubyen navige nan kategori yo00:04:35
00:04:35
Liv scl la divize an 7 kategori:00:04:38
00:04:38
Pwoblèm,00:04:39
00:04:39
Konduit,00:04:40
00:04:40
Kongregasyon,00:04:41
00:04:42
Lavi chak jou,00:04:43
00:04:43
Fanmi,00:04:44
00:04:44
Relasyon nou ak Jewova00:04:46
00:04:46
ak Kalite.00:04:48
00:04:48
Chwazi yon kategori, epi
desann lis sijè a.00:04:53
00:04:53
Si w pa konn nan ki kategori
sijè w ap chèche a ka ye00:04:57
00:04:57
chwazi “Tout”.00:05:00
00:05:00
An jeneral, anba yon sijè
w ap wè deklarasyon00:05:06
00:05:06
oswa kesyon ki an gra.00:05:08
00:05:09
Vèsè yo site yo soutni
deklarasyon an00:05:13
00:05:13
oswa reponn kesyon an.00:05:15
00:05:15
Nan kèk ka w ap jwenn lòt
vèsè nan pati “Gade tou” a oswa00:05:20
00:05:20
yon lis ki gen istwa nan Bib la
ki kapab ede w.00:05:22
00:05:22
Ki jan nou ka sèvi
ak liv scl la?00:05:26
00:05:26
Kontrèman ak liv Assurez-vous a00:05:28
00:05:28
yo te fè sitou pou nan itilize
nan travay predikasyon an,00:05:32
00:05:32
yo fè nouvo liv sa a pou
ede nou fè fas ak difikilte00:05:36
00:05:36
n ap rankontre nan lavi nou
antanke kretyen.00:05:39
00:05:40
Nou menm ansyen, liv sa a ap
ede nou anpil nan00:05:43
00:05:43
aktivite vizit pastoral00:05:45
00:05:45
e l ap ede nou
lè n ap prepare diskou. 00:05:49
00:05:49
Nou menm mari ak paran,00:05:51
00:05:52
n ap kapab sèvi ak liv sa a
lè n ap fè adorasyon an fanmi.00:05:56
00:05:56
E nou menm pwoklamatè,00:05:59
00:05:59
n ap ka sèvi ak liv sa a
nonsèlman pou etid pèsonèl nou00:06:03
00:06:03
men tou, pou n ede etidyan
Labib nou yo aprann00:06:07
00:06:07
epi aplike prensip yo jwenn
nan Bib la lè y ap pran desizyon. 00:06:13
00:06:13
Kolèj santral la bay pèmisyon
pou yo tradui liv sa a00:06:17
00:06:17
nan plis pase 300 lang.00:06:19
00:06:20
Ki jan w ap fè jwenn liv sa a?00:06:22
00:06:22
E pi gwo kesyon an se
ki lè w ap jwenn li?00:06:25
00:06:26
Nou kontan fè nou konnen
liv scl la00:06:29
00:06:29
disponib ann anglè kounye a
sou JW Library00:06:33
00:06:33
e l ap disponib sou fòma
enprime pi devan.00:06:36
00:06:36
Pandan yon tan, liv scl la ap
disponib nan seksyon00:06:41
00:06:41
“Fèk ajoute” a.00:06:42
00:06:42
W ap ka jwenn li tou lè w al nan
library oswa bibliotèque00:06:46
00:06:46
ki anba ekran an epi w
chwazi Liv.00:06:50
00:06:52
Liv la ap disponib nan kèk lang
anmenmtan ak anglè a,00:06:56
00:06:56
e l ap disponib nan
lòt lang pi devan. 00:06:59
00:07:00
Kolèj santral la swete liv00:07:02
00:07:02
Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen an00:07:05
00:07:05
ap ede nou tout fè sa nou
jwenn nan 2 Timote 3:17 la,00:07:09
00:07:09
sa vle di pou nou00:07:11
00:07:11
“vin kalifye nèt, pou n vin gen00:07:13
00:07:13
tout sa n bezwen pou n fè
tout bon travay”. 00:07:17
00:07:18
Sa vin pi enpòtan toujou
kounye a paske00:07:22
00:07:22
n ap antre pi fon nan dènye jou
sistèm sa a.00:07:25
00:07:26
Èske pandan dènye ane ki
sot pase yo sa te rive w ou pè?00:07:30
00:07:31
Èske w te pè pou w pa malad?00:07:33
00:07:33
Èske w te pè pou w pa
pèdi travay ou?00:07:36
00:07:36
Èske w te pè pou w pa ka
pran swen fanmi w?00:07:39
00:07:40
Petèt ou te viktim
katastwòf natirèl,00:07:43
00:07:43
oswa lagè oswa pèsekisyon.00:07:46
00:07:46
Petèt ou gentan gen anpil ane
depi w ap viv ak laperèz.00:07:51
00:07:51
Si se konsa, ki sa sa vle di?00:07:55
00:07:56
Èske paske w pè sa vle di
ou manke lafwa? 00:08:00
00:08:00
Non jamè!00:08:02
00:08:02
Gen moun ki te fidèl
nan tan lontan00:08:05
00:08:05
ki te pè tou pafwa.00:08:06
00:08:07
Ann pran David pa egzanp.00:08:08
00:08:09
Wa Sayil te bay lòd pou
yo touye David. 00:08:12
00:08:12
Sa te lakòz, David pa t an sekirite
okenn kote ann Izrayèl.00:08:16
00:08:16
Se sa k fè li te deside
kite peyi a.00:08:19
00:08:19
Ki kote l t ale?00:08:22
00:08:22
Li t al Gat, nan vil kote
Golyat te moun nan.00:08:26
00:08:26
Jan w ka imajine sa, moun nan
vil sa a pa t renmen David.00:08:31
00:08:31
Nou konprann sa k fè
Bib la di:00:08:35
00:08:35
“David [...] te vin pè Akich,
wa Gat la, anpil.”00:08:40
00:08:41
Se pandan peryòd sa a
kote David te an danje,00:08:44
00:08:44
li te ekri Sòm 56 la.00:08:47
00:08:49
Ann gade kèk vèsè.00:08:50
00:08:50
N ap kòmanse nan vèsè 1 an. 00:08:53
00:08:54
“Fè m favè, o Bondye, paske
gen moun k ap atake m.”00:09:00
00:09:01
Li bon pou n sonje sa:00:09:04
00:09:04
Kèlkeswa pouvwa yon dirijan
ka genyen,00:09:08
00:09:08
li toujou rete yon senp moun.00:09:12
00:09:12
Li bezwen dlo ak manje pou l viv.00:09:15
00:09:15
Kite Jewova ta annik pa bay
bagay sa yo ankò,00:09:19
00:09:20
moun sa a t ap mouri! 00:09:23
00:09:24
Ann gade vèsè 8 la.00:09:27
00:09:27
David di:00:09:29
00:09:29
“Ou te avè m nan tout
deplasman m yo.”00:09:33
00:09:33
Kèlkeswa kote David te ale,
Jewova te toujou gen je sou li.00:09:39
00:09:39
David di ankò:00:09:41
00:09:41
“Se pou w mete tout dlo ki sot nan
je m yo nan bidon an po w la?00:09:46
00:09:46
Èske w pa ekri tout move bagay
ki rive m yo nan liv ou a?”00:09:50
00:09:50
Menm David, yon sòlda
ki te brav,00:09:53
00:09:53
pa t wont pou l di li te konn
kriye pafwa00:09:56
00:09:56
e l te konn pè pafwa. 00:09:59
00:10:00
Menm lè sa, David pa t kite
dekourajman pote l ale.00:10:05
00:10:05
David te gen konfyans nonsèlman
Jewova te wè dlo nan je l00:10:10
00:10:10
men tou Jewova te konprann
rezon ki fè l te kriye.00:10:13
00:10:14
Se kòmsi Jewova te ekri sa k te
rive l yo nan yon liv.00:10:18
00:10:18
David te gen konviksyon yon jou
Jewova t ap ouvè liv la00:10:22
00:10:22
e l t ap fè moun ki te fè
David kriye yo peye sa.00:10:27
00:10:28
Èske sa pa ankouraje nou
lè n konnen00:10:30
00:10:30
Jewova wè dlo nan je nou
epi l wè santiman nou? 00:10:33
00:10:35
Lè w nan yon sitiyasyon difisil,00:10:37
00:10:37
priye.00:10:40
00:10:40
Si gen bagay ou ka fè
nan sitiyasyon an,00:10:43
00:10:43
priye pou w jwenn sajès.00:10:45
00:10:45
Si pa gen anyen w ka fè,
priye pou lespri w anpè.00:10:51
00:10:51
Lè nou nan yon sitiyasyon
ki fè nou pè,00:10:55
00:10:55
sonje nou gen yon zam.00:10:58
00:10:58
Yon zam ki pisan, lapriyè.00:11:02
00:11:03
Lè nou vide kè nou bay Jewova,
l ap koute nou e l ap ede nou. 00:11:10
00:11:11
Kounye a, ann tounen
nan vèsè 3 a.00:11:14
00:11:15
Se yon fraz tou senp,
men ki gen anpil sans.00:11:19
00:11:20
“Lè laperèz anvayi m, se nan ou
mwen met konfyans mwen.”00:11:26
00:11:26
Se yon panse ki reyalis.00:11:29
00:11:29
Pawòl sa yo fè nou sonje
nou konn pè pafwa,00:11:32
00:11:32
men l fè nou sonje tou sa pou n
fè se fè Jewova konfyans.00:11:38
00:11:38
Ane k ap vini an, n ap gen
anpil posiblite pou n reflechi00:11:43
00:11:43
sou fraz sa a, paske se li menm00:11:45
00:11:45
Kolèj santral la chwazi kòm
tèks pou ane 2024 la! 00:11:51
00:11:51
Ban m di l ankò: 00:11:52
00:11:52
Sòm 56:3:00:11:55
00:11:55
“Lè laperèz anvayi m, se nan ou
mwen met konfyans mwen.”00:12:00
00:12:01
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo00:12:04
00:12:04
se te Tele JW.00:12:07
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 7 (2023)
-
Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 7 (2023)
M kontan akeyi nou!
Nou gen kèk bèl nouvèl pou nou
nan dènye enfòmasyon sa a.
M sèten n ap renmen
pwogram nan.
Mwa sa a, sa fè 10 an
depi vèsyon revize
<i>Tradiksyon monn nouvo a</i>
te parèt ann anglè
nan reyinyon ànyèl 2013 la.
Te gen 31 peyi ki te gen posiblite
gade pwogram espesyal sa a
e te gen plis pase
1,4 milyon moun
ki te asiste an pèsòn oswa
pa mwayen Entènèt.
Kounye a, <i>Tradiksyon monn</i>
<i>nouvo a </i>disponib ann antye
nan 158 lang.
Men, si nou ta ajoute
lang ki deja tradui
tout tèks ki te ekri an grèk yo
oswa yon pati ki te
ekri an grèk yo,
sa fè nou vin gen yon
total 279 lang.
Tradiksyon sa a vrèman itil nou
nan travay predikasyon an, pa vre?
Ebyen, Kolèj santral la
bay pèmisyon pou nou
gen yon nouvo zouti
k ap ede nou jwenn vèsè nou
bezwen nan Bib la byen fasil.
Nou tout gen konviksyon
Pawòl Bondye a kapab
ban nou konsolasyon
e l ka gide nou.
Se sa k fè, nou tout nou gen
vèsè nou renmen
e nou site yo pi souvan.
Men, siman sa rive w deja
ou sonje yon pati nan yon vèsè
men w pa ka sonje ki vèsè l ye.
Bon, sa rive m deja.
Oswa, gen yon vèsè moun
pa itilize souvan
e w ta renmen itilize l
pou w konsole moun?
Si sa konn rive w,
w ap kontan aprann
gen yon nouvo piblikasyon
ki parèt.
Tit li se:
<i>Vèsè pou ede nou viv</i>
<i>antanke kretyen.</i>
Liv sa a sanble anpil ak yon lòt liv
ki te parèt ann anglè an 1965.
An fransè, tit li se:
<i>“Assurez-vous de toutes chose</i><i>s</i><i>;</i>
<i>restez attachés à ce qui est excellent.”</i>
Nan paj editè a, yo te fè nou konnen
liv la se yon konpilasyon vèsè
yo klase selon sijè
e l gen 123 sijè ladan l.
Ki objektif li?
Nan paj editè a,
yo te fè konnen “nonsèlman
liv la t ap ede nou
pi byen konprann ansèyman
Bib la bay sou sijè yo,
men tou li te ka ede n reponn
kesyon sou lafwa nou”.
Frè ak sè yo te renmen
liv <i>Assurez-vous</i> a.
Ann wè sa 2 pwoklamatè te
renmen nan liv sa a.
Mwen renmen liv sa a.
Li genyen plizyè sijè
e chak sijè gen yon
lis vèsè ladan l,
sa ki ede m konnen
prensip biblik ki aplikab
pou diferan sitiyasyon.
Lè liv <i>Assurez-vous</i> a te soti,
nou te pyonye nan yon tèritwa
kote moun yo konn fè
diskisyon sou Bib la.
Mwen sonje yon lè m t ap
pale ak yon dam
e li te vin ak sijè mesye
ki rich la ak Laza.
Donk, nou t ale nan seksyon lanfè
ki nan liv <i>Assurez-vous</i> a,
e nou te ka rezone avèk li
sou sijè a.
Mwen te nan lame lè m
te aprann laverite.
Liv sa a te ede m
pi byen konprann
sijè ki gen rapò ak lagè, netralite
ak fè zanmi ak monn nan.
Jis kounye a, m konn
fè rechèch ladan l.
Nou ka di liv sa a te
ede n anseye moun yo.
E antanke pyonye, nou pa t
janm al preche san li.
Menm jan ak liv <i>Assurez-vous </i>a,
yon liv nou pa enprime ankò,
nouvo liv la,<i>Vèsè pou ede nou</i>
<i>viv</i><i> </i><i>antanke kretyen</i>
se yon konpilasyon
yo klase selon sijè
ki gen plis pase 100 sijè ladan l.
Poukisa nou fè liv sa a?
Yo fè l pou ede nou “manyen
pawòl verite a kòrèkteman”,
jan nou jwenn sa nan
2 Timote 2:15.
Ann fè yon ti pale sou
kèk fason nou ka sèvi
ak liv sa a lè nou sou <i>JW Library</i>.
Liv <i>Vèsè pou ede nou viv</i>
<i>antanke kretyen</i><i> an</i><i>,</i>
n ap rele l liv <i>scl </i>la, ap fè l fasil
pou n jwenn vèsè nou bezwen yo
ak istwa k ap ede nou fè fas
ak difikilte nou rankontre
e pou n ankouraje lòt moun.
Li gen diferan kategori.
Nan chak kategori gen plizyè sijè.
Men, liv la pa gen tout vèsè
ki gen rapò ak yon sijè.
Pou w jwenn yon sijè,
ale nan pati “Chèche”
nan <i>JW Library</i>
oubyen navige nan kategori yo
Liv <i>scl </i>la divize an 7 kategori:
Pwoblèm,
Konduit,
Kongregasyon,
Lavi chak jou,
Fanmi,
Relasyon nou ak Jewova
ak Kalite.
Chwazi yon kategori, epi
desann lis sijè a.
Si w pa konn nan ki kategori
sijè w ap chèche a ka ye
chwazi “Tout”.
An jeneral, anba yon sijè
w ap wè deklarasyon
oswa kesyon ki an gra.
Vèsè yo site yo soutni
deklarasyon an
oswa reponn kesyon an.
Nan kèk ka w ap jwenn lòt
vèsè nan pati “Gade tou” a oswa
yon lis ki gen istwa nan Bib la
ki kapab ede w.
Ki jan nou ka sèvi
ak liv <i>scl</i> la?
Kontrèman ak liv <i>Assurez</i><i>-</i><i>vous</i> a
yo te fè sitou pou nan itilize
nan travay predikasyon an,
yo fè nouvo liv sa a pou
ede nou fè fas ak difikilte
n ap rankontre nan lavi nou
antanke kretyen.
Nou menm ansyen, liv sa a ap
ede nou anpil nan
aktivite vizit pastoral
e l ap ede nou
lè n ap prepare diskou.
Nou menm mari ak paran,
n ap kapab sèvi ak liv sa a
lè n ap fè adorasyon an fanmi.
E nou menm pwoklamatè,
n ap ka sèvi ak liv sa a
nonsèlman pou etid pèsonèl nou
men tou, pou n ede etidyan
Labib nou yo aprann
epi aplike prensip yo jwenn
nan Bib la lè y ap pran desizyon.
Kolèj santral la bay pèmisyon
pou yo tradui liv sa a
nan plis pase 300 lang.
Ki jan w ap fè jwenn liv sa a?
E pi gwo kesyon an se
ki lè w ap jwenn li?
Nou kontan fè nou konnen
liv <i>scl</i> la
disponib ann anglè kounye a
sou <i>JW Library</i>
e l ap disponib sou fòma
enprime pi devan.
Pandan yon tan, liv <i>scl</i> la ap
disponib nan seksyon
“Fèk ajoute” a.
W ap ka jwenn li tou lè w al nan
library oswa bibliotèque
ki anba ekran an epi w
chwazi Liv.
Liv la ap disponib nan kèk lang
anmenmtan ak anglè a,
e l ap disponib nan
lòt lang pi devan.
Kolèj santral la swete liv
<i>Vèsè pou ede nou viv</i>
<i>antanke kretyen</i> an
ap ede nou tout fè sa nou
jwenn nan 2 Timote 3:17 la,
sa vle di pou nou
“vin kalifye nèt, pou n vin gen
tout sa n bezwen pou n fè
tout bon travay”.
Sa vin pi enpòtan toujou
kounye a paske
n ap antre pi fon nan dènye jou
sistèm sa a.
Èske pandan dènye ane ki
sot pase yo sa te rive w ou pè?
Èske w te pè pou w pa malad?
Èske w te pè pou w pa
pèdi travay ou?
Èske w te pè pou w pa ka
pran swen fanmi w?
Petèt ou te viktim
katastwòf natirèl,
oswa lagè oswa pèsekisyon.
Petèt ou gentan gen anpil ane
depi w ap viv ak laperèz.
Si se konsa, ki sa sa vle di?
Èske paske w pè sa vle di
ou manke lafwa?
Non jamè!
Gen moun ki te fidèl
nan tan lontan
ki te pè tou pafwa.
Ann pran David pa egzanp.
Wa Sayil te bay lòd pou
yo touye David.
Sa te lakòz, David pa t an sekirite
okenn kote ann Izrayèl.
Se sa k fè li te deside
kite peyi a.
Ki kote l t ale?
Li t al Gat, nan vil kote
Golyat te moun nan.
Jan w ka imajine sa, moun nan
vil sa a pa t renmen David.
Nou konprann sa k fè
Bib la di:
“David [...] te vin pè Akich,
wa Gat la, anpil.”
Se pandan peryòd sa a
kote David te an danje,
li te ekri Sòm 56 la.
Ann gade kèk vèsè.
N ap kòmanse nan vèsè 1 an.
“Fè m favè, o Bondye, paske
gen moun k ap atake m.”
Li bon pou n sonje sa:
Kèlkeswa pouvwa yon dirijan
ka genyen,
li toujou rete yon senp moun.
Li bezwen dlo ak manje pou l viv.
Kite Jewova ta annik pa bay
bagay sa yo ankò,
moun sa a t ap mouri!
Ann gade vèsè 8 la.
David di:
<i>“</i>Ou te avè m nan tout
deplasman m yo.”
Kèlkeswa kote David te ale,
Jewova te toujou gen je sou li.
David di ankò:
“Se pou w mete tout dlo ki sot nan
je m yo nan bidon an po w la?
Èske w pa ekri tout move bagay
ki rive m yo nan liv ou a?”
Menm David, yon sòlda
ki te brav,
pa t wont pou l di li te konn
kriye pafwa
e l te konn pè pafwa.
Menm lè sa, David pa t kite
dekourajman pote l ale.
David te gen konfyans nonsèlman
Jewova te wè dlo nan je l
men tou Jewova te konprann
rezon ki fè l te kriye.
Se kòmsi Jewova te ekri sa k te
rive l yo nan yon liv.
David te gen konviksyon yon jou
Jewova t ap ouvè liv la
e l t ap fè moun ki te fè
David kriye yo peye sa.
Èske sa pa ankouraje nou
lè n konnen
Jewova wè dlo nan je nou
epi l wè santiman nou?
Lè w nan yon sitiyasyon difisil,
priye.
Si gen bagay ou ka fè
nan sitiyasyon an,
priye pou w jwenn sajès.
Si pa gen anyen w ka fè,
priye pou lespri w anpè.
Lè nou nan yon sitiyasyon
ki fè nou pè,
sonje nou gen yon zam.
Yon zam ki pisan, lapriyè.
Lè nou vide kè nou bay Jewova,
l ap koute nou e l ap ede nou.
Kounye a, ann tounen
nan vèsè 3 a.
Se yon fraz tou senp,
men ki gen anpil sans.
“Lè laperèz anvayi m, se nan ou
mwen met konfyans mwen.”
Se yon panse ki reyalis.
Pawòl sa yo fè nou sonje
nou konn pè pafwa,
men l fè nou sonje tou sa pou n
fè se fè Jewova konfyans.
Ane k ap vini an, n ap gen
anpil posiblite pou n reflechi
sou fraz sa a, paske se li menm
Kolèj santral la chwazi kòm
tèks pou ane 2024 la!
Ban m di l ankò:
Sòm 56:3:
“Lè laperèz anvayi m, se nan ou
mwen met konfyans mwen.”
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo
se te Tele JW.
-