JW subtitle extractor

Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 8 (2023)

Video Other languages Share text Share link Show times

Frè ak sè nou yo,
nou kontan akeyi nou
pou dènye
enfòmasyon sa a!
Nou ta renmen kòmanse
ak yon rapò tou kout
sou kèk nan katastwòf
ki te frape frè ak sè nou yo
nan dènye mwa ki pase yo.
Nan mwa septanm,
frè ak sè yo nan peyi Lagrès
te fè fas ak anpil lapli
e ak gwo inondasyon.
Ann oktòb, gen yon siklòn kategori 5
ki te frape peyi Meksik e ki te lakòz
anpil domaj plizyè kote.
Nan mwa novanm, nan peyi Filipin,
frè ak sè nou yo te viktim
yon tranblemanntè mayitid 6.7.
Malerezman, gen yon sè nou
ki mouri nan gwo katastwòf sa a
e gen 10 frè ak sè ki blese.
N ap kontinye priye
pou frè ak sè nou yo,
ki kontinye viktim anba divès
katastwòf toupatou sou tè a.
Men, n ap remèsye nou tout
pou èd nou ak priyè nou.
Gen kèk nan nou k ap travay di
nan pote sekou.
Gen anpil pami nou ki fè gwo ofrann,
sa ki pèmèt nou bay frè ak sè
ki viktim yo sa yo bezwen
e pou n rebati kay yo
ak Sal Wayòm yo.
Nou vrèman rekonesan pou èd nou!
Kolèj santral la di nou tout mèsi!
Men, pandan rès pwogram nou an,
nou pral fè yon ti pale sou tèm:
“Nou rekòmande tèt nou
kòm sèvitè Bondye.”
Li baze sou 2 Korentyen 6:4,
kote apot Pòl di:
Nan tout domèn,
nou rekòmande tèt nou
kòm sèvitè Bondye.”
Men, ki sa sa vle di?
Nòt etid pou vèsè sa a di:
“Mo grèk yo mete ‘nou rekòmande
tèt nou’ pou li a
bay ide ‘nou pwouve’
oswa ‘nou montre nou se’.
Men, ki jan nou montre
nou se sèvitè vrè Dye a?
Yon fason prensipal nou fè sa,
se grasa aparans nou.
Nou tout vle byen reprezante
Bondye nou renmen an,
Bondye n ap adore a.
Ki jan nou ka fè sa?
Lè nou suiv prensip ki nan Bib la.
Pa egzanp, annou pran prensip
ki nan 1 Timote 2: 9, 10 la:
“Menm jan an tou, medam yo dwe
fè bèbèl ak tèt yo ak abiman ki kòrèk.
Yo dwe fè sa yon fason ki montre
respè e avèk bonsans.
Yo pa dwe fè sa ak yon seri stil cheve trese,
oswa ak lò, oubyen ak pèl,
oswa ak rad ki koute chè anpil,
men, y ap fè sa jan medam
ki di yo gen atachman
pou Bondye yo dwe fè sa.
Yo dwe fè bon aksyon,
e se sa k ap fè yo bèl.”
Menmsi se fi ki kretyen yo
yo te bay konsèy sa a,
prensip ki ladan l lan valab
ni pou gason ni pou fi.
Donk, youn nan fason nou tout
“rekòmande tèt nou
kòm sèvitè Bondye”,
se lè nou asire nou
aparans nou kòrèk e l modès,
sa vle di li montre nou gen bonsans.
Men, èske sa vle di tout Temwen Jewova
ap chwazi abiye menm jan?
Èske nou ta dwe gen yon inifòm
oswa pou nou tout ta gen
menm stil rad
oswa menm fason nou fè cheve nou?
Non, se pa sa.
Gen plis pase 8 milyon
Temwen Jewova sou tout tè a
e nou tout pa t leve menm jan,
nou pa gen menm kilti.
Kòm se Jewova ki atire
tout moun sa yo,
sa montre li renmen diferans.
Men, kounye a,
annou pale sou kesyon bab la.
Èske l kòrèk pou yon frè gen bab?
Pou ede nou reponn kesyon sa a,
annou gade videyo
ki vin annapre a,
ki pral fè yon ti pale
sou kesyon bab la
pami pèp Jewova a
depi lè pèp sa a egziste.
Nan tan lontan, an jeneral,
mesye yo te konn gen bab.
Mesye Izrayelit yo
te konn gen bab tou.
Yon Izrayelit t ap raze bab li sèlman
lè yo imilye l oswa li nan lapenn.
Pa egzanp, lè wa desandan Amon an
te imilye sèvitè David yo
e li te fè yo koupe bab yo,
David te pwoteje diyite yo
lè l te di yo:
“Rete Jeriko jiskaske
bab nou pouse ankò,
apre sa n a retounen.”
Plizyè syèk apre sa,
pwofèt Ezekyèl te koupe bab li
ak cheve l
kòm senbòl
gwo detrès ak lapenn
ki t apral frape Jerizalèm nan pa twò lontan.
E Jezi menm?
Èske li menm tou,
antanke Izrayelit, li te gen bab?
Pandan kèk ane, sou baz sa
kèk akeyològ te fè konnen,
byen souvan, piblikasyon nou yo
te montre foto Jezi ki pa gen bab.
Men, an 1968, Toudegad te egzamine
plis prèv nou ka fè konfyans,
kit se prèv istorik kit se prèv biblik.
Pa gen okenn kote nan kat Evanjil yo
ki montre aparans Jezi te diferan
parapò ak mesye ki te toutotou l yo.
Li te fè sa ki te koutim nan
pou mesye Juif yo nan epòk sa a.
Li te kite bab li pouse.
Depi lè sa a, videyo nou yo
ak piblikasyon nou yo montre
Jezi ki gen yon bab ki byen fèt.
Nan epòk kongregasyon
kretyen an te tabli,
Women yo te gen abitid koupe bab yo.
Èske yo te atann pou
kretyen ki Juif yo fè bab yo
oubyen èske yo te atann
pou kretyen ki nan lòt nasyon yo
kite bab yo pouse
pou yo ka sanble ak kretyen ki Juif yo?
Non! Piske Ekriti yo
pa bay vrè adoratè yo
ni lòd pou yo kite bab yo pouse
nitou pou yo fè bab yo,
se te yon desizyon pèsonèl.
Nan fen 19yèm syèk la
ak kòmansman 20yèm syèk la,
Etidyan Labib yo te gen abitid
pou yo kite bab yo pouse,
jan nou ka wè foto frè sa yo
ki t ap vwayaje pou òganizasyon an.
Frè Russell te kite bab li pouse tou.
Gen yon editè nan yon jounal ki te rele l
“yon minis kretyen ki gen bon aparans”.
Li te di:
“Mwen pa t panse li te diferan parapò
ak plizyè milye lòt predikatè. […]
Bab li ki te swa, ki te blan e ki te bèl
te fè l sanble ak yon papa.
Sa te fè w gen konfyans nan li.”
Yon ti tan apre Premye Gè mondyal la,
koupe bab te vin alamòd ankò.
An 1919, lè yo te pran foto frè
ki t ap vwayaje yo pifò pa t gen bab.
Kidonk, byenke piblikasyon nou yo pa t di
twòp bagay sou sijè sa a nan epòk sa a,
pa t vrèman gen twòp frè
ki te kite bab yo pouse.
Apati ane 1960 yo, nan anpil peyi,
yo te asosye bab ak yon moun
ki rebele kont otorite.
Kote sa te konsa, pifò mesye,
kit yo Temwen, kit yo pa Temwen,
te chwazi koupe bab yo.
Kòm yo te asosye
kite bab pouse ak rebelyon,
pifò frè kit e kite bab yo pouse
pa t sèvi kòm sèvitè ministeryèl, ansyen
oswa nome pou lòt responsablite.
Tank tan t ap pase, nan kèk peyi,
moun te vin pran abitid kite bab yo pouse,
men yo pa t asosye sa ak rebelyon.
Nan kote sa yo,
gen kèk frè ki gen bab
ki nome sèvitè ministeryèl
ak ansyen.
Tou dènyèman, vin gen
plis peyi toujou
kote moun yo gen abitid kite bab yo pouse.
Donk, Jodi a, ki jan pou nou wè
yon frè ki chwazi kite bab li pouse?
Videyo a fini ak yon kesyon
ki enteresan:
Ki jan nou ta dwe wè yon frè,
nan epòk nou an,
ki chwazi kite bab li pouse?
Kolèj santral la te mande m li
anons ki annapre a pou nou:
“Gen plizyè biwo filyal toupatou sou tè a
ki ekri nou pou fè nou konnen
anpil moun toujou ap mande yo
si se yon bagay ki kòrèk
pou yon sèvitè ministeryèl
oswa yon ansyen gen bab?
Apre anpil lapriyè,
Kolèj santral la te deside
yo dwe pote limyè sou kesyon sa a.
Kolèj santral la pa gen okenn pwoblèm
si yon frè deside gen bab.
Sa k fè sa?
Paske Bib la pa di se yon bagay
ki mal pou moun gen bab.
Mete sou sa, tank tan ap pase,
nou vin wè nan anpil peyi,
moun pa gen pwoblèm
pou gason moun respekte
oswa ki nan gwo pozisyon,
kit se nan biznis
kit se nan gouvènman, gen bab.
Se sa k fè, kesyon pou yon frè
gen bab ou non,
se yon kesyon desizyon pèsonèl.
Lè y ap egzamine pou konnen
si yon moun kapab sèvi
kòm sèvitè ministeryèl
oswa kòm ansyen,
desizyon sa a baze sou sa Bib la di,
se pa yon kesyon si moun nan
gen bab oswa si l pa gen bab.
Enstriksyon sa a aplike tou pou moun
ki nan sèvis aplentan espesyal yo
tankou nan Betèl oswa nan tèritwa a,
sa gen ladan l
pyonye espesyal yo, misyonè yo
ak siveyan sikonskripsyon yo.
Ann amoni ak Women 14:4,
ni ansyen yo ni okenn lòt kretyen
pa dwe panse li gen dwa jije
yon frè ki chwazi kite bab li pouse.
Nou gen konfyans pawòl sa yo
ap ede nou rete veyatif
pou n pa kite anyen lakòz gen divizyon
nan mitan pèp Jewova a.”
Se la anons Kolèj santral la fini.
Men, direksyon sa a ka fè moun
poze kèk kesyon.
Pa egzanp yo ka mande:
Poukisa Kolèj santral la bay yon
direksyon konsa nan moman sa a?
Jan sa parèt nan 1 Korentyen 7:31 an,
Bondye te enspire
apot Pòl pou l ekri:
“Monn sa a se chanje l ap chanje
tankou sèn nan pyès teyat.”
Nòt etid pou vèsè sa a montre
petèt Pòl t ap fè referans
ak fason sèn yo chanje byen vit
nan yon pyès teyat, kote aktè yo monte
sèn nan oswa desann li byen vit.
Ann amoni ak prensip sa a
Bondye te fè Pòl pou l ekri a,
se toutan moun ap chanje
fason yo fè cheve yo ak bab yo.
Pa egzanp, chak jou pi plis,
gen anpil gason moun nan sosyete a
gen respè pou yo, e ki
gen yon bèl aparans, ki gen bab.
Men yon lòt kesyon:
Ki jan nou ta dwe wè yon frè
ki chwazi kite bab li pouse?
Ebyen, nou ta dwe suiv
konsèy Jezi te bay
nou jwenn nan Jan 7:24 la:
“Sispann jije sou aparans.”
Jan nou te wè sa nan videyo a,
moun toujou ap chanje fason yo fè
cheve yo ak fason yo fè bab yo.
E se pa tout chanjman sa yo
ki pa bon.
Pa egzanp,
pa gen youn nan nou ki t ap renmen
abiye oswa fè cheve nou
menm jan ak moun nan tan biblik yo
oswa menm ak fason moun yo tekonn
abiye oswa fè cheve yo sa gen santan.
Dayè, pifò moun chwazi abiye
fason moun abiye jodi a,
men pa fason yo te konn abiye
nan tan lontan.
Yon fason jeneral,
se pa yon mal pou n abiye
oswa fè cheve nou ak bab nou
fason pifò moun nan zòn
kote nou ye a fè sa,
depi se pa yon stil ki depaman
ak okenn prensip nan Bib la.
Nou tout ta renmen pou aparans nou
montre nou se moun ki pwòp,
ki modès
e nou se moun ki gen bonsans.
Men yon lòt kesyon:
Ki sa nou ka fè pou nou rete ini
apre n fin resevwa enstriksyon sa a?
Gen kèk moun, apre yo fin
gade videyo sa a
ki ka toujou wè kesyon an
yon fason ki strik.
Pa egzanp, gen kèk moun
ki ka di tèt yo:
‘Mwen resi jwenn jistis!
Se konsa menm m te toujou wè
bagay yo depi byen lontan!
Sa montre se mwen k te gen rezon
depi tout tan sa a !’
Gen kèk lòt moun ki
ka santi yo desi, yo ka di:
‘Mwen te toujou suiv direksyon
yo te bay sou kesyon bab la,
pandan tout ane sa yo.
Kounye a, m santi m desi.’
Èske gen youn nan
reyaksyon sa yo ki pi bon?
Pa vrèman.
Gade sa Bondye te enspire Pòl
pou l ekri nan 1 Korentyen 1:10 la:
“Kounye a, m ap ankouraje nou,
frè m yo,
nan non Jezi Kris, Seyè nou an,
pou nou tout gen menm pawòl,
pou pa gen divizyon nan mitan nou,
men pou nou byen ini nan menm panse
ak nan menm opinyon.”
Ki jan nou ka aplike
prensip sa a la a?
Bon, si n te konn fè pwomosyon
pou pwòp ide pa nou sou sijè sa a
olye n te ankouraje moun suiv
direksyon òganizasyon an bay,
èske n te ankouraje gen inite?
Èske nou te ede frè yo
pou yo “byen ini […]
nan menm opinyon”?
Nou ka di non.
Kèlkeswa moun ki te fè sa
dwe fè chanjman nan fason l
panse ak fason l aji.
Yon lòt bò,
si nou te soutni direksyon
òganizasyon an bay nan domèn nan
pandan ane ki sot pase yo,
èske nou gen rezon pou nou regrèt
fason nou te aji a dapre vèsè a?
Non!
Jewova bay fidelite nou
anpil valè.
Epitou, li apresye lefètke
nou dispoze obeyi
e soumèt nou devan
direksyon nou jwenn
nan men òganizasyon l lan.
Nan premye syèk epòk nou an,
gen kèk kretyen ki te kite
kesyon sikonsizyon an
lakòz divizyon nan mitan yo.
Men, lespri sen te ede
Kolèj santral la nan epòk la
rezoud pwoblèm nan
e ankouraje frè yo
gen tèt ansanm.
Menm jan an tou,
Kolèj santral la jodi a
ap fè gwo efò pou l
ede nou rete ini.
Nou pa ta janm renmen
pou yon kesyon bab
lakòz divizyon nan mitan nou.
Nou tout dwe sonje pati
òganizasyon Jewova a sou tè a
toujou ap fè efò pou yo rete ini
ak pati ki nan syèl la,
pou l eseye ale nan menm vitès avè l.
Èske n sonje jan cha Ezekyèl
te wè nan vizyon an te ale vit?
Li te deplase tankou “kout zèklè”.
Kèlkeswa moun k ap eseye
pran devan cha sa a,
k ap fòse yon chanjman
fèt anvan lè l,
oswa ki ret dèyè,
ki pran tan pou l suiv direksyon
esklav fidèl la bay,
moun sa a pa ini
ak òganizasyon Jewova a.
Pou n fini, èske n pa gen
rekonesans
pou direksyon rezonab sa a
sou kesyon bab la?
Jewova onore nou.
Li kite chak frè ak libète pou l
deside si wi ou non
l ap kite bab li pouse.
Nou gen konfyans nou tout
nou gen detèminasyon
pou n rete ajou, pou n fè
chanjman, si sa nesesè,
e pou n kontinye sèvi
Jewova fidèlman,
lè n travay pou gen
lanmou ak inite
nan mitan tout frè ak sè nou yo.
Depi syèj mondyal Temwen
Jewova yo se te Tele JW.