JW subtitle extractor

Dànyèl: Li te demontre lafwa pandan tout vi l — Premye pati

Video Other languages Share text Share link Show times

Monwa!
Jeneral!
Rezèv manje moun yo fini.
Men, Jewoyakin toujou
pa vle negosye.
Bagay konsa pa
enterese m jeneral!
Kot sa w pa ka fè la a!
Fin fè travay la!
Si se pa sa, m ap
fè touye w!
Wi monwa!
Kòm nou pa obeyi
sa m di nou,
tout peyi sa a ap tounen
yon pil mazi.
E peyi sa a ansanm ak
moun ki abite ladan l yo
ap gen pou yo sèvi
wa Babilòn nan
pandan 70 an!
Dànyèl!
Kote w te ye?
Solèy prèske kouche!
Eskize m.
M te f’on pase nan tanp lan.
Jeremi t ap pale jodi a.
Manje a prèske pare.
Ou te nan tanp lan
ankò jodi a?
Wi, papa.
“Pou m kontanple tout
bon bagay
Jewova gen lakay li...”
“E pou m ka admire
tanp li an.”
M gen yon kado pou ou.
Konsa, Pawòl Jewova a
ap toujou avè w.
Mèsi papa.
Sa k pase?
Ki sa k pral rive nou?
Sa k toujou rive sèvitè
fidèl Jewova yo.
Ou pa bezwen pè,
Jewova se Refij nou.
Manje a pare.
Non. M pa wè l ditou jodi a.
Sa te dwòl!
Lòt jou m te wè vwazen Eli.
Eli toujou ap met tèt li
nan pwoblèm.
Ann chante!
Gason m, chwazi yon sòm.
Jewova se limyè m,
li se sovè m.
Ou toujou chwazi
menm chante a.
Pouchim.
Jewova se limyè m,
e li se sovè m.
Kiyès pou m pè?
Dànyèl!
Ou ka jwe avè m?
E... M ap soti ak papa.
N ap fè jwèt lach Noye a
lè w tounen?
Wi, ki bèt w ap ye?
Mwen menm, m ap yon lyon.
Mwen menm, m ap yon elefan.
Jewoyakin rann tèt li!
Jewoyakin rann tèt li!
Moun lakay Ebè yo,
tribi Jida a!
Soti kounye a!
Tout moun!
Soti kounye a!
Sa fèt! Yo la.
Fò n ale! Pran afè n!
Ale!
Ki kote?
Nou pral viv yon lòt
kote kounye a.
Pouchim, pran valiz yo.
M rayi vye kote sa a!
Ann antre.
Ouvè pòt la!
Tout moun deyò!
Al gad dèyè a!
Wa a bay lòd pou w
vin avè nou!
Se Dànyèl, moun tribi Jida a?
Ou pral pran fòmasyon lakay
gran wa a, wa Nebikadneza.
Men, mwen lakay mwen.
Plas prens yo ak moun
ki nan gwo pozisyon yo
se nan palè a.
Men, li pa yon prens.
Se yon timoun li ye!
Dànyèl!
Pran m pito!
Si nou bezwen yon
moun pou sèvi nou.
Non!
Se tigason an m ap pran!
— Dànyèl!
F’on ti tann!
Kite nou di l orevwa!
Fè sa vit!
Met kouraj sou ou gason m.
Jewova avè w!
Dànyèl!
Michayèl!
Ou wè lòt moun ankò?
Ou te panse nou t ap kite w
vin la a poukò w!
Azarya!
Anànya!
Men Chisnò ak Ayitoub.
M kontan konnen nou.
Avanse! Avanse!
Bon, kote nou pral la a?
M panse... nan palè a!
Menm jan ak Jozèf nan
kay Farawon an?
Now! Tankou Jozèf
nan prizon an.
Sa pa parèt pi mal pase sa!
Ey! Gade.
A! Si w pa di anyen,
se mwen k pral pale wi!
Bonswa!
— Bonswa!
Avanse!
N ap tann nou ankò!
Men ti mesye Juif Achpenaz
t al chèche yo.
Yo te chwazi nou paske
nou gen sajès.
Men, gen bagay nou
manke toujou!
Yo pral aprann nou...
pale lang babilónyen yo,
e y ap aprann nou ekri l.
Y ap ban nou lòt non.
E nan twazan,
n ap gen pou n sèvi
gran wa a: Nebikadneza.
Jodi a,
nou se etranje.
Demen, si dye yo vle,
n ap Babilónyen.
Mechak, ou byen sanble
ak non an wi!
Non yo ban nou yo sanble
ak non dye yo.
Nouvo non, nouvo lang...
Yo sanlè mande n
adore dye pa yo.
Kalme w monchè!
Papa m te gen zidòl!
Sa pa t anpeche l
adore Jewova!
Vil sa a estrawòdinè.
Se kapital monn nan!
N ap manje ak wa a chak jou.
Sa Babilónyen yo manje?
Se pi bon bagay yo li bay
moun k ap sèvi l.
Nou pa ka manje manje sa yo.
Poukisa w ap bay tèt ou
pwoblèm la a?
Paske l pa pwòp!
Ki pwoblèm nou?
E... Bondye nou an...
pa... pa vle nou manje
manje sa a.
Ou gen lakrentif pou
Bondye w la? Hmm?
Wi.
Ebyen, ou wè mwen menm?
Mwen pè wa a!
E se li menm ki di ki manje
ak ki bwason pou yo ban nou.
Li bay lòd
pou n manje manje sa yo
pou n ka gen fòs e pou n
ka an sante.
Bon, e si l ta wè nou
parèt pi mal
pase lòt ti mesye yo?
Nou t ap fè wa a lage
chay la sou mwen!
Mwen dwe obeyi wa a.
Ou menm tou.
Nou tout!
Lè yo sèvi manje a,
se pou nou tout manje!
Se pa ou k pou deside
pou nou!
Se vre.
Nou ka fè chwa pa nou.
Nou pa kapab!
Ou pa tande sa l te di?
Nou nan yon lòt peyi
e n gen nouvo lwa.
Sa sa fè si yo pa
senyen bèt yo?
Se pou n ret grangou?
Jewova di pou nou
pa manje san.
Se ou k wè l konsa!
Nou pa dwe manje
okenn san!
Se yon lòd ki klè!
Sa n panse si n ta pran
yon ti tan pou n priye?
Priye?
La a wi!
Ki sa sa ap itil?
Jewova ann Izrayèl.
Nou menm nou Babilòn
kounye a!
Donk, ou pa kwè Jewova
la a avèk nou?
Jewova fè konnen
nou se Temwen l.
Sa moun yo t ap
panse de Jewova,
si nou ta pè epi nou
dezobeyi l?
Manje a pare.
Nou pa tande m!
Mèsi.
Men, si n manje
manje sa yo,
n ap dezobeyi
Bondye nou an.
N ap ret mouri grangou?
Nou pa vle sa.
Li pa vle nou manje san,
ni okenn bagay ki pa
pwòp pou li.
Tanpri, fè yon tès sou
nou menm, sèvitè w yo,
pandan 10 jou.
Fè yo ban nou legim
pou nou manje
ak dlo pou nou bwè.
Legim?
Tanpri, ban nou dis jou.
Epi, w a aji ak sèvitè w yo
selon sa w wè.
Dis jou.
Yo ban nou l vre.
Mèsi Jewova.
Fò n goute vyann sa a.
Li gou anpil!
Nou te konn wè bagay sa yo
anvan sa?
O, se vre?
Wi.
O waw!
Wè!
Achpenaz voye rele nou.
Mèt mwen!
Men ti mesye w te...
— M konn kiyès yo ye!
Nou t ap suiv nou.
Nou tout nèt!
Nou pa bese devan
zidòl nou yo.
Se sèl Bondye nou an
nou priye.
E nou pa manje manje
nou ban nou.
Yo te fè konnen
Bondye yo a pa dakò...
M pa konn ki jan nou fè!
Men, nou parèt pi an sante
pase lòt yo.
Kontinye ba yo manje
yo te mande a.
E... Bèltechaza!
Ou gen yon bèl avni!
Pa gaspiye l!
Fè lòt gwoup la antre!
Kantite total la ta dwe
15 kouwou,
2 panou ak 5 soutou.
Egzak.
Ki kantite enterè
yon komèsan ka mande
sou lajan?
Se ta dwe 40 pousan
mèt mwen.
40 pousan?
Se yon vòlè w ye ou menm!
Se sa yo te aprann ou
pandan twazan an?
E ou menm Mechak?
Li ta dwe 20 pousan.
Trè byen!
Nan gwoup zetwal Igila a,
kiyès nan zetwal yo
ki pi klere?
Ou konnen?
Se zetwal Lougal la.
Ekselan!
Gen yon fòtrès ki wo anpil,
men, li pa gen lonbray.
Ou konn sa l ye?
Zigourat ou a!
Elas!
Ou ka reponn mwen?
Limyè solèy la monwa.
Egzak.
Mesye saj mwen yo
fè konnen
se dye yo ki lakòz
tout bagay.
Ebyen alò,
poukisa bon moun soufri?
E moun mechan viv byen?
Pa gen moun ki ka reponn.
Jan w di a monwa,
se pa moun ki gen sajès yo,
ni moun ki entèlijan yo
ki toujou gen richès.
Ni moun ki gen
konesans yo
ki toujou reyisi.
Paske move moman
ak malè
rive sou yo tout
sanzatann.
Ki moun ki di pawòl sa a?
Salomon.
Li te vrèman saj.
Men, sous pawòl sa a
se Bondye l la.
Bondye nou an, Jewova.
Al avè yo!
Ki lè pou n tounen ankò?
Tounen?
Al jwenn fanmi nou tande!
Bann pa itil!
Bèltechaza!
Nou toule kat!
Nou gen pou n pale toujou.
Mwen pa konn Bondye nou an.
Men m wè nou dis fwa pi fò
pase tout prèt ansanm
ak divinò yo.
Achpenaz ap fè aranjman
pou nou travay ak mesye
saj mwen yo nan palè a.
Petèt, yo pa t konn valè nou
nan Jerizalèm.
Men, isit la, n ap
sèvi avèk nou.
Nou fin detwi Jerizalèm nèt.
Lame nou an ap prepare
pou l ansèkle vil Ti.
Se pou yo sonje sa k
rive Sedesyas la.
Dye yo avèk nou.
Jera!
Sa k genyen?
Se konsènan Jerizalèm.
Kote w prale?
M pral wè fanmi m.
Ane sa a, nou te oblije
degaje nou ak sa n genyen.
Dànyèl!
Vini, vin manje.
Sa w genyen?
Jerizalèm!
Yo kraze miray yo.
Yo boule fò l yo.
Anpil moun mouri!
E yo boule kay Jewova a.
Poukisa pèp la pa t koute?
Èske yo te panse Jewova
pa wè sa yo t ap fè?
Toutotan tanp lan te la,
pèp la te gen espwa.
Toutotan Jewova egziste,
nou gen espwa.
Men, li rejte n, li abandone n!
Paske nou pa sispann mal aji!
An reyalite, se pa tout moun.
Jewova di Ezekyèl:
Nan je l,
ou menm, ou se
yon moun ki jis
menm jan ak Noye
ak Jòb.
Li di sa?
Li di sa.
Si Jewova renmen nou konsa,
Enben, sa k fè nou
ann egzil?
Sa k fè nou pa ka ansanm?
Sa k fè nou pa ka tounen
lakay nou?
Nou deja lakay nou gason m.
Mwen pa gen tout repons yo.
Rete pwòch ak Jewova.
W ap jwenn benediksyon.
Rele mesye saj yo!
Mwen fè yon rèv.
Rèv la boulvèse m!
Fò m konn rèv mwen fè a!
O monwa!
Viv pou toutan!
Rakonte sèvitè w yo rèv la.
N a esplike w sa l vle di.
Non!
Si nou pa di m rèv
mwen fè a,
ansanm ak sa l vle di,
M ap fè yo rache nou!
E m ap fè kay nou
tounen latrin piblik!
Men, si nou rakonte m
rèv la e nou esplike m li,
m ap ban nou anpil kado,
m ap rekonpanse nou
e m ap onore nou.
Se pou n eseye
fè tan pase
pou n ka gen tan pou n
pale ak espri yo.
Nou bezwen yon plan.
Woulo yo ap di nou
ki sa l vle di.
Li vle nou di l ki sa rèv la ye.
Wi! Men, pèsonn pa t
janm mande n...
Èske n ka fè sa?
Ki sa pou n fè?
Si n eseye fè tan pase...
— Sa n di a se sa!
Nou met tèt nou ansanm
pou nou ban m manti,
pou n twonpe m?
E nou espere m ap
chanje lide?
Twonpe w!
Wi! Twonpe m.
Pa gen yon moun sou tè a
ki ka fè sa wa a mande a.
Sa wa a mande a difisil!
E... e pa gen pèsonn
ki ka rakonte wa a yon
bagay konsa, eksepte...
eksepte dye yo!
Aryòk!
Pran yo!
Kouche atè! Kouche atè!
Touye yo!
Rele tout mesye saj yo!
Fè vit!
Ann ale!
Wa a bay lòd pou nou
rasanble yo.
Jera!
Lavi w an danje!
Pou ki sa?
Sa k genyen?
Mwen pa t tande tout bagay.
Mesye ki saj yo fè wa a fache.
L ap fè touye tout anvan l jou.
Al chèche Anànya,
Michayèl ak Azarya.
M pral chèche konn
sa k genyen.
Wi, moun Kalde, Ejipsyen,
Juif, tout moun saj yo!
Aryòk!
Bèltechaza!
Ou pa ta dwe la a non!
Sa k fè wa a bay
kalite lòd sa a?
Li fè yon rèv.
E pa gen pèsonn ki
ka di l ki rèv li fè.
Retire kò w nan zòn nan!
Si w ale anvan l jou,
petèt ou ka sove.
Di m pou ki sa
mwen di nou vin avèk yo,
nou pa vin avèk yo.
Poukisa k fè dye yo pa
pale avèk yo?
Mennen yo isit la
ansanm ak tout fanmi yo.
Mwen vle gade yo nan je,
epi, pou m mande yo
pou ki sa!
Kòche yo!
Epi, pann yo!
Se pou dye yo wè
kadav yo!
Epi, lage kadav yo nan
rivyè Efrat la.
Achpenaz.
Ak ki sa yon moun saj itil
si l pa gen sajès?
Sa... sa w vin fè la a?
Mwen bezwen pale ak wa a.
Ou pa ta dwe la a non!
Tanpri, kite m al pale avè l!
Monwa, Bèltechaza vle
pale avè w.
Monwa, moun ki kapab
esplike w rèv la se Jewova.
Li konnen ki rèv ou te fè
e l konn sa l vle di.
Kote Bondye w la?
Kote l?
Mwen panse li...
M konnen l ap di m
rèv ou fè a.
Tanpri, jis ban m yon ti tan.
Nou gen jiska demen maten.
Pou n fè ki sa?
Pou n di wa a ki rèv li te fè.
Èske Jewova gentan ba w
yon pati nan rèv la?
Non, li poko ban m anyen.
Men, Jewova pwomèt ou
l ap fè w konnen l,
pa vre?
Pa vrèman.
Dànyèl, sa k di w Jewova
ap di w yon bagay?
Bon, m pa konnen non.
Ou oblije konnen!
L oblije poutèt non l.
Si l fè nou konn rèv la,
sa ap montre li se
vrè Dye a!
Si?
Sa n ka fè pou ou?
Priye.
Priye pou Jewova fè
nou mizèrikòd.
O Jewova,
se sèten w pa t fè nou
vin la a pou nou mouri.
Ki sa moun yo ap di?
Nou fè yo konnen ou se
Bondye nan syèl la,
sèl Bondye ki ka fè
konnen sekrè.
Tanpri, fè konnen
kiyès ou ye.
Jera!
Mwen jwenn yon moun
pami moun ki ann egzil yo
ki ka esplike wa a
sa rèv la vle di.
M wè kiyès.
Èske se vre ou kapab di m
rèv mwen te fè a,
epi di m sa l vle di?
Gen yon Bondye nan syèl la,
Sila a ki konn devwale sekrè a,
se li ki fè wa Nebikadneza
konnen sa k pral rive
nan dènye jou yo.
Men rèv ou te fè a:
Ou te wè yon
kokennchenn estati.
Estati sa a te kanpe
devan w.
Se ou menm ki tèt annò a.
Men, apre w, pral gen yon
lòt wayòm k ap parèt,
l ap pi ba pase pa w la.
Ap gen yon twazyèm wayòm,
se li ki pati an kuiv la.
Li pral dirije tout tè a.
Kanta pou katriyèm
wayòm nan,
l ap di tankou fè.
Wayòm nan ap divize,
e menm jan zòtèy ki
nan pye l yo
gen pati an fè e gen
pati ann ajil,
se konsa tou, yon pati
nan wayòm nan ap djanm
e yon pati ap fèb.
Nan jou wa sa yo,
Bondye nan syèl la
pral tabli yon wayòm
ki pap janm kraze.
E wayòm sa a pap vin
anba men okenn lòt pèp.
L ap kraze tout
wayòm sa yo,
l ap elimine yo,
e se li menm sèl k ap
rete pou toutan.
Rèv la se laverite,
e w ka gen konfyans
nan esplikasyon an.
Fé vit!
Vin ak yon bèl rad
ak yon chèn annò,
epi boule lansan devan l.
Bondye w la anlè tout
lòt dye yo,
li se Seyè tout wa yo
e li konn devwale sekrè.
Se pou Bondye w la
jwenn onè pa mwayen
onè mwen ba ou a!
M ap mete w dirije
tout tèritwa Babilòn.
Monwa!
Sèvitè sa yo ap adore
Bondye nan syèl la tou.
Èske yo menm tou,
yo kapab sipèvize
travay nan tèritwa yo?
Ou ka fè aranjman pou sa.
Ou pwouve ou pi bon lontan
pase swadizan mesye
saj sa yo.
Kounye a, mwen mete w
chèf sou yo.
Ou te tande Nebikadneza?
Lè l te di:
“Bondye w la anlè
tout lòt dye yo
e li se Seyè tout wa yo.”
Jewova reponn priyè w.
Se priyè nou tout
Jewova reponn.
Bon, sa k pral rive
kounye a?
Èske n ap tounen Jerizalèm?
Mwen pa konn sa k pral rive.
Men toutotan nou rete
pwòch ak Jewova,
L ap toujou avè n,
toutotan nou gen
lafwa nan li.
Zetwal yo pa di gen
yon wayòm ki pral
kraze lòt wayòm.
Nou byen konnen
zetwal yo pa di sa.
S’on manti!
Men, ki jan l te fè
konn rèv la?
Amawoutou!
Amawoutou!
Èske dye yo ba w yon
mesaj pou mwen?
Mwen te gade nan fwa
yon mouton,
ou gen yon bèl avni
devan w.
Zetwal Chabatou yo,
jeyan an,
fè konnen jan w gran.
E se mwen ki tèt annò a.
Jewova te di sa.
Rèv ou a pale de
anpil bèl bagay.
Men, Bèltechaza sa a,
se yon Juif.
Se yon Juif ki entèlijan.
Men, li pa t konn
esplike rèv
anvan li te vini Babilòn.
Nou te oblije ba l
fòmasyon isit la.
E nou te ba l yon
non babilónyen.
Yon non ki onore Bèl,
gran dye nou an.
Bèl sèvi ak jèn esklav sa a
pou l fè w konnen gwo
bagay ki pral rive w.
Bèl!
Se pa Jewova,
dye w te venk nan
Jerizalèm nan.
Donk, pyebwa a se
ènmi m yo.
Men, kiyès li ye apre
sèt tan an fin pase?
Se...ou menm ankò,
o gran wa.
Bann moun sòt!
Anfen, men Bèltechaza,
chèf prèt ki majisyen yo.
Tout lòt mesye ki saj yo
pa rive esplike m
rèv mwen an.
Men, ou kapab fè sa.
Esplike m ki sa m te wè
nan rèv m te fè a.
Ou ka di m ki rèv?
M te wè yon pyebwa
nan mitan tè a.
Li te wo anpil.
Li te vin gwo e l te
vin djanm.
Epi, e l te tèlman wo,
tèt li te rive nan syèl la.
Li te vin gwo e l te
vin djanm.
Epi m wè yon moun ki
en koupe pyebwa a!
Gen yon mesaje...
koupe pyebwa a...
yon sèp ki fèt an fè
e an kuiv.
Donk, ki moun ki
pyebwa a?
O mèt mwen!
Se pou rèv sa a reyalize
sou moun ki rayi w yo,
e se pou sa l vle di a
rive ènmi w yo!
Pyebwa w te wè
ki te grandi anpil la,
ki te vin djanm nan,
tèt li te rive jis
nan syèl la
e moun te ka wè l nenpòt
kote yo ye sou tè a,
pyebwa ki te gen bèl fèy
ak anpil fwi,
ki te gen manje pou
tout moun
ak tout bèt manje,
bèt ki nan savann te
konn ret anba l,
e zwazo k ap vole
nan syèl la
te konn rete sou
branch li yo,
se ou menm, o monwa!
Epi, wa a te wè
yon mesaje,
yon moun ki sen,
ki desann sot nan
syèl la, ki t ap di:
“Koupe pyebwa a,
epi detwi l.
Men, kite chouk la ak
rasin li yo nan tè a,
met yon sèk ki fèt ak fè
ak kuiv toutotou l.
Se pou lawouze ki sot
nan syèl la mouye l
e se bò kot bèt ki nan
savann pou l rete
jiskaske sèt tan
pase sou li.
Monwa, se sa rèv la vle di.
Se yon dekrè
Sila a ki nan pi gwo
pozisyon an bay
pou ou.
Yo pral retire w nan
mitan moun.
Ou pral rete ansanm
ak bèt bwa yo
e y ap ba w zèb
pou w manje
tankou towo bèf.
Lawouze ki sot nan
syèl la ap mouye w,
sèt tan ap pase sou ou,
jiskaske w dakò
se Sila a ki nan pi gwo
pozisyon an ki Chèf
nan wayòm lèzòm
e se moun li chwazi a,
li deside bay li.
Men, piske yo te di
y ap kite chouk pyebwa a
ak rasin li yo,
w ap rejwenn wayòm ou an
lè w fin dakò se Bondye
nan syèl la k ap dirije.
Konvèti, sispann fè peche,
epi fè sa ki dwat.
Epi, demontre mizèrikòd
pou moun ki pòv yo.
E petèt, w ap ka
kontinye viv anpè.
Èske Bèltechaza konnen
ki lè sa ap fèt?
Non.
Men, anplis de sa,
mesye saj yo pa kwè
nan esplikasyon sa a.
Anfèt...
dye Ejip yo
te fè ejipsyen yo konnen
yo t ap detwi n!
Poutan, se ou ki detwi yo.
Bon, kounye a monwa,
poukisa pou nou ta
gen konfyans
nan dye Juif yo?
Gade tout sa w reyalize!
Dye yo avèk ou!
Ou fè Babilòn tounen
pi gwo wayòm ki
egziste sou tè a.
Bèltechaza vle pou
ou menm,
ou sipliye dye l la
tank’on esklav!
Ou!
Ou se yon wa ki pisan
e w g’on kokenn wayòm!
Ann kontinye pale sou
zetwal Ennlil yo.
Zetwal Lougal la se
li menm ki pi klere
nan gwoup zetwal
Ougoula a.
Zetwal yo, nou ka
fè yo konfyans.
Men, nou pa ka fè
dye nasyon nou te
kraze yo konfyans.
Tounen Jerizalèm non!
A! Ou ta tounen wi!
Si Jerizalèm te egziste toujou!
Èske Jewova poko di w
anyen ankò?
Sa gentan fè dis mwa
e nou poko wè wa a
pèdi tèt li.
M fè Bondye m nan konfyans.
Menm jan nou fè
zetwal yo konfyans.
Men, se nou menm
ki chwazi ki jan n ap
entèprete l.
Se ou menm k ap responsab
pawòl ou di yo.
Paske lè yon moun ki
saj bay manti, hmm...
Se sèlman sa Jewova
te fè m konnen m te di.
Èske ou bliye ki
sa k te rive
lè kèk moun pa t ka
esplike rèv wa a?
Wa a te di touye yo.
Lè sa a, sa w te di a te bon.
Se wa a ki te tèt annò a.
Men, fwa sa a menm,
ou di tèt li ap pati
e pa gen anyen ki rive.
Sa ap rive.
Hmm! Petèt.
Sa ka pa rive tou!
Men, sa w te di a pa
an favè wa a!
S’on trayizon sa ye!
Pèsonn pap ka pwoteje w.
Ou konn sa?
Dis mwa.
E pa gen anyen ki rive.
Men, sa w te di a pa
an favè wa a.
E nou poko wè wa a
pèdi tèt li.
S’on trayizon sa ye!
Pèsonn pap ka pwoteje w.
Ou konn sa?
Konsa, pawòl Jewova a
ap toujou avè w.
“Fè m konnen chemen w yo,
o Jewova.”
“Pa lage m nan men
advèsè m yo,
paske gen yon bann moun
k ap bay manti
ki leve kont mwen
e k ap menase m
avèk vyolans.
Ki kote m t ap ye,
si m pa t gen konfyans
m ap benefisye
bonte Jewova
toutotan m ap viv?”
Tanpri, fè yon tès
sou nou menm,
sèvitè w yo,
pandan dis jou.
M pa konn ki jan nou fè!
Men, nou parèt pi
an sante pase lòt yo!
Kontinye ba yo manje
yo te mande a.
Mwen pa konn Bondye nou an.
Men m wè nou dis fwa pi fò
pase tout prèt ansanm
ak divinò yo.
Li fè yon rèv,
e pa gen pèsonn ki ka
di l ki rèv li fè.
Jewova reponn priyè w.
“Met espwa nou
nan Jewova.
Mete kouraj sou nou e
mete kran sou nou.
Wi, met espwa nou
nan Jewova.”
Prepare yon sakrifis
pou n ofri Bèl.
Ann bwè nan
non dye yo!
Nan non dye yo!
Vil sa a, se pi gwo vil
nan monn nan!
Gade baryè Ichta a,
jaden yo!
Gade zigourat la!
Li rive kot dye yo
nan syèl.
Se vre, monwa.
Poutan, sa gen ennan,
youn nan sèvitè w yo
te oze di w ap vin fou.
Èske sa a se pa gran
Babilòn mwen fè a?
Yon kote pou wa rete?
Yon vil mwen bati
ak pouvwa m ak fòs mwen
pou m ka fè glwa mwen
genyen ak grandè m?
“Koute, o wa Nebikadneza:
‘Ou pa gen wayòm nan ankò
e yo retire w nan
mitan moun.
Se ak bèt ki nan savann
ou pral rete
e y ap ba w zèb
pou w manje
tankou towo bèf,
epi sèt tan ap pase
sou ou
jiskaske w rekonèt
se Sila a ki nan pi gwo
pozisyon an
ki Chèf nan wayòm
lèzòm nan
e li bay moun li vle l.”
Non!
Non!
Non!
— Papa!
Non!
Non!
Papa!
Kòman nou fè di
Dànyèl s’on blofè,
alòske nou pa t janm di
anyen ki fèt vre?
Se t’on plan.
Dànyèl t ap fè konplo
kont papa w.
Yon plan?
Epi, sa fèt vre?
Tout sa l di yo reyalize!
Alòske, pa gen anyen
nan sa nou di yo
ki reyalize!
Papa m te gen
konfyans nan nou,
e m te gen konfyans
nan nou.
Poutan, nou te nan manti.
Ni nou menm,
ni Madouk echwe!
Bon,
pale m de Bondye sa a
ki nan syèl la,
Jewova!