JW subtitle extractor

Dànyèl: Li te demontre lafwa pandan tout vi l — Dezyèm pati

Video Other languages Share text Share link Show times

Vin la a!
Glwa pou Nebo ak Ichta!
Glwa pou pi gwo dye
ki genyen an: Magou!
Rele mesye saj yo.
Rele mesye saj yo!
M pa konn sa sa ye!
Sa pa sanble yon siy.
Liv yo pa di anyen sou sa.
Se tout mesye saj yo sa?
Se yo ki pi fò nan tout
wayòm nan!
Tanpri, m bezwen
pale ak wa a.
Monwa, manman w
vle pale avè w.
O monwa, se pou w
viv pou toutan!
Gen yon mesye nan
wayòm ou an
ki gen lespri dye yo sou li.
Li ka ba w esplikasyon an.
Kiyès mesye sa a ye?
Dànyèl.
Dànyèl?
Kiyès li ye?
Se ou k Dànyèl la?
Se mwen menm, mèt mwen.
Mwen aprann ou...
kapab esplike yon bagay.
Kounye a, si w kapab
li sa ki ekri a
e w kapab esplike m
sa l vle di,
m ap fè yo abiye w
ak rad vyolèt,
m ap fè yo met yon chèn lò
nan kou w,
e se ou k ap
twazyèm moun k ap dirije
nan wayòm nan.
Ou mèt kenbe kado w yo.
Ou mèt bay lòt moun yo.
Men, m ap li sa k ekri a
pou ou, monwa.
Sila a ki nan pi gwo
pozisyon an
te bay Nebikadneza
wayòm nan.
E l te ba l glwa, onè,
ak pouvwa.
Men...
lè l te vin gen ògèy
nan kè l,
yo te retire l sou twòn nan
nan wayòm nan,
e yo te retire glwa
li te genyen an.
Men ou menm,
Bèlchaza, ou pa t rabese w,
byenke w te konn tout sa.
Okontrè, ou te fè rebèl
ak Seyè k ap dirije
nan syèl la,
e w te fè yo pote veso
ki te nan kay li a ba ou.
Epi ou,
gwo potanta w yo,
madanm sou kote yo,
ak lòt madanm ou te
genyen yo,
te bwè diven ladan yo.
E ou te fè lwanj pou dye
ki fèt ak ajan ak lò,
yon seri dye ki pa
ka wè anyen,
ki pa ka tande anyen,
e ki pa konn anyen.
Men, ou pa t bay Bondye glwa,
li menm ki gen pouvwa
sou lavi w,
e sou tout sa w ap fè.
Se sa k fè,
li te voye men an.
Men sa pawòl sa yo vle di:
MENE:
Bondye konte jou
wayòm ou an,
e li met yon fen ladan l.
TEKÈL:
Ou te pase nan balans,
e w pa peze ase.
PERÈS:
Yo separe wayòm ou an,
e yo bay moun peyi Medi
ak peyi Pès yo li.
Wa Dariyis, men Dànyèl.
Yon Juif babilónyen yo te
pran mennen isit la.
Se ou k te esplike sa
dye yo te ekri a?
E, non.
Se pa mwen, monwa.
Se Bondye m nan.
Bondye Izrayèl la.
Nou te ka sèvi ak
yon satrap
ki pale lang prizonye yo.
Se vre, pozisyon satrap la
se pa yon gwo pozisyon
menm jan ak sa Bèlchaza
te ba ou a.
Mèt mwen, Dànyèl
te refize
tout kado ak onè
Bèlchaza a te ofri l.
Yon moun yo pa ka achte!
Mwen pa bezwen w
kòm yon satrap.
Mwen bezwen w
sou tèt yo.
Tora, fè konnen
pozisyon Dànyèl
nan tout wayòm nan.
Mwen vle pou moun k ap
vòlè yo konnen
kounye a, y ap pini yo.
Dànyèl, ou pral fè
yon bon travay.
Se sèlman grasa èd Jewova.
Poukisa taks yo wo konsa?
Yon lòt rebelyon!
Sa a pi mal pase sa!
Mwen fèk sot ranmase taks
nan men yon administratè.
Èske l peye?
Wi, men li refize ban nou
sa nou mande a.
M te gen menm pwoblèm nan.
Yo di depi se pa taks se
kòb n ap fè sou yo.
Sa k fè yo chanje?
Dànyèl!
Nou pa t ofri l anyen
pou n fè l pi rezonab?
Li pap pran menm yon
chekèl ann ajan!
Dànyèl fè konnen sa yo
ba li a twòp pou li menm.
Monchè, pinga w nayif!
Se devan wa a li pran
pòz bon moun li.
Sa pap dire!
Talè konsa, Dariyis
pral bouke avè l.
Gen kèk pwoblèm nan
taks ki pou trezò a,
mèt mwen.
Ou brav wi pou w
vin di sa la a!
Se vre, se pa bon nouvèl.
Nou pral verifye sa ankò.
Dànyèl, tan w pase la a
fè w gen anpil sajès!
Depi konbyen tan w la a?
O, plis pase 70 an.
F’on ti pale avè m non.
Rakonte m rèv Nebikadneza
te fè ou te esplike l la.
Se Bondye m nan, Jewova,
ki konn esplike rèv.
Se li ki te fè m konn rèv yo.
M pa ka kwè sa deja fè m
plis pase swasanndizan
depi m Babilòn.
Pwofesi Jeremi an...
Men, kou 70 an rive
nan bout li,
m ap fè wa Babilòn nan
ak nasyon l lan
peye pou peche yo fè a.
Bèlchaza mouri.
Pwofesi a reyalize.
Ki sa sa vle di pou
pèp Bondye a?
Kou swasanndizan n ap pase
Babilòn nan rive nan bout li,
m ap voye je sou nou,
e m ap reyalize pwomès
mwen te fè a,
lè mwen mennen nou
tounen nan peyi n.
Jida!
Mwen dwe priye Jewova
pou m konfese peche
pèp mwen an.
O Jewova!
Tande nou non!
Padone nou! O Jewova!
Pran tan pou w
koute nou, epi aji.
Pa pran anpil tan
akoz non w!
O Bondye m nan.
O Dànyèl!
Kounye a, mwen vin ba w
entèlijans ak bon konprann.
Lè w te kòmanse priye a,
mwen te resevwa
yon mesaj,
e mwen vin ba ou l.
Gen 70 semèn yo chwazi
pou pèp ou a ak
vil ki sakre a,
pou efase sa ki mal,
pou fini nèt ak peche.
Dànyèl!
Azarèl ak Ana vin wè w.
Bonjou Dànyèl!
O, m tèlman kontan
wè nou!
Efè, vin chita bò
kote m non.
M gen bon nouvèl!
Ki bon nouvèl?
Jewova, depi byen lontan,
te gentan di n ap tounen Jida.
M te f’on regade nan
pwofesi Jeremi an.
Kou swasanndizan
n ap pase Babilòn nan
rive nan bout li,
m ap reyalize pwomès
mwen te fè a
lè m mennen nou tounen
nan peyi n.
70 an!
Pèp Bondye a pral tounen
nan peyi l talè konsa!
Kòman w fè sèten?
Jewova te fè yon zanj
vin di m sa.
Zanj wi?
Li di m:
Y ap rebati vil la ak
tanp li an,
e apre sa, Mesi a ap vini.
E ou, w ap ka wè tanp lan
lè l fin konstwi.
Men, sa pap gen twòp danje?
Jewova pa ka tann non
pou l bay pèp li a
sa yo bezwen.
Li te di Ezayi:
Nou pap fè pitit ki pral
tonbe nan malè.
Paske yo menm ak
desandan yo
se pitit Jewova beni.
E si Jewova di l...
sa ap fèt kanmenm.
Men, peyi a fin dezole!
Se sa k fè, n ap bezwen
moun ki fò wi
pou fè travay konstriksyon an.
Èske sa vle di w ap
tounen Jida?
M ta renmen sa.
Mete yon gwoup travayè
pou ranje wout yo.
Si se pa sa, sitiyasyon an
ap vin pi mal
pandan sezon lapli a.
Tora, asire w sa fèt!
Kòman w fè konn tout
bagay sa yo?
M pa fè anyen espesyal,
mèt mwen.
M jis...
Nou gen anpil moun konpetan
ki bay enfòmasyon
nou bezwen, monwa.
Dànyèl!
E satrap nan vil Souz la,
èske n dwe ranplase l?
Mesye m yo te fè
bonjan ankèt.
E se vre, satrap sa a ap
vòlè lajan wayòm nan.
Se.. se pa posib, monwa.
Èske se pa neve w, Otanès?
Se neve m.
E m ka ba w garanti se
yon moun ki onèt.
Dwe gen yon erè.
Dànyèl pa konn misye
menm jan mwen menm
mwen konnen l.
M pral pale avè l pou n
rezoud pwoblèm nan.
Nou menm, moun Medi
ak moun Pès,
nou pa strik menm jan
ak Juif sa yo.
M sèten nou ka rezoud
pwoblèm sa a.
Trè byen.
Rezoud li vit.
Nou ka ale.
Mèt mwen, eskize m wi.
Gen moun ki vin kote w.
Nou menm Juif, sèl sa n
konn fè se priye.
Ki jan m t ap fè rive
fè travay wa a jan
m ap fè l la
si Bondye pa ede m?
Travay wa a!
Bon, w ap fè satrap yo pè!
Se jis travay mwen m fè!
Se pa yon etranje ki pou
vin di nou sa pou nou fè!
Se nan enterè wa a m ye!
Nou tande ki jan w te nan
enterè wa Nebikadneza.
Ou te fè l vin fou!
Se te yon mesaj Jewova.
Rele l jan w vle.
Men, pa antre nan afè n!
Si l fasil pou n retire
yon satrap,
l ap pi fasil toujou
pou n elimine yon vye
granmou Juif tankou w.
Se yon onè pou nou
pou nou la a.
Nou konn pou ki sa
m fè rele nou?
Non mèt mwen.
E, konsènan satrap
Dànyèl te mande pou
nou retire a,
sa k pase menm?
Wi. Nou...
nou te mennen bonjan
ankèt sou sa.
Èske l te fè neglijans?
Non.
Se pa yon bagay li pa t fè?
Non, ditou.
Donk, tout taks ki
pou trezò a
te vin nan trezò a?
Chak chekèl lò ak chak
lit byè kontwole.
Dànyèl, li menm, pa wè
bagay yo menm jan an.
Ah! Dànyèl.
Li te travay pou wa
babilónyen yo byen,
men...
Li twò granmoun.
Sa Otanès vle di sèke
nan laj Dànyèl,
èske n ka fè sa l di
konfyans vre?
Ide l yo pase mòd!
Anplis de sa, se yon Juif.
Katou, nou aksepte
moun tout pèp!
Wi, se sa m t ap di w, monwa.
Dànyèl, nou te fèk
ap pale de ou.
Ou te gen rezon.
Te gen yon rebelyon
nan vil Souz la.
Yo mande yon nouvo satrap,
yon moun ki pap vòlè yo menm.
Mèt mwen, ou konnen...
Ase!
M te voye pwòp enspektè pa m!
E m fè yo konfyans!
Dànyèl, ou pi fò pase
tout mesye sa yo.
Imajine tout sa m t ap fè,
si se ou k te premye minis.
Petèt, nou te ka al
pale ak wa a.
Sa pap itit anyen,
paske Dànyèl ap jwe
nan tèt li.
Fò n lage yon akizasyon
sou do Dànyèl,
yon bagay wa Dariyis
pap ka pase sou li.
Pèsonn pa t janm lage
akizasyon sou li.
Sa poko fèt!
Sanble yon ekip ki pou
verifye lwa n yo.
Siman l te vyole youn
ladan yo kanmenm!
Ou menm, pale ak
komèsan yo,
enspektè yo, moun nan
gouvènman yo,
nenpòt moun ki vle akize l.
Bay moun nan garanti
l ap jwenn yon gwo rekonpans.
Nou gen rejis babilónyen yo.
Chèche pou w wè si misye
pa t enplike nan anyen.
Pa gen anyen non,
nan rejis yo.
Sa w jwenn?
Pa menm gen yon
chekèl ajan ki manke!
Anfèt, lè Dànyèl sou
yon dosye,
toujou gen mwens koripsyon.
Kontinye chèche!
Pa gen moun k ap lage
akizasyon sou do l.
Tout moun renmen l.
E wa a fè l konfyans.
An jeneral, pèsonn
pa di anyen
lè yo vòlè komèsan
etranje yo.
Men, Dànyèl li menm,
li kanpe avèk yo,
e li fè ankèt.
Li asire l vòlè yo remèt
sa yo te pran yo.
Menm zanmi l yo gen
bon repitasyon.
Te gen yon lè Nebikadneza
te entèdi pou moun pale
Bondye yo a mal.
Ta sanble Jewova sa a
te delivre yo anba yon
founèz dife,
lè yo te refize adore
yon dye babilónyen.
Juif yo pa adore lòt dye.
Se sa yo di m.
Ou jwenn solisyon
pwoblèm nan.
Katou! Otanès!
Ki sa nou bezwen?
O wa Dariyis!
Se pou w viv pou toutan!
Se vre, Babilòn pisan,
men l gen anpil kalite
moun ladan l!
Gen Babilónyen, Ejipsyen,
Grèk, ak lòt ankò.
Wi Otanès, m konn sa deja.
Se vre, se ou ki wa.
Men, ou se yon etranje
e w fèk vini tou.
Tout pèp la dwe suiv
menm lwa,
si se pa sa, wayòm nan
ap vin frajil.
Sa pou m ta fè?
Tout moun ki nan gwo
pozisyon yo, delege,
satrap, konseye wa a
genyen yo ak gouvènè yo,
te met tèt yo ansanm pou
yo fè yon dekrè
e pou yo bay yon entèdiksyon.
Yon dekrè ki fè konnen...
Nenpòt moun ki priye yon dye
oswa yon lòt moun,
apa ou menm, pandan 30 jou,
o monwa!
Yo dwe lage l nan
twou lyon an.
Fò n fè yon fason
pou moun yo
pa fè rebelyon ankò!
Gad sa k te rive nan
vil Souz la!
Kounye a, monwa,
Se pou w bay dekrè a
e se pou w siyen l,
pou yo pa ka chanje l.
Paske pa gen moun
ki ka anile
lwa peyi Medi ak
peyi Pès yo.
Pou kounye a, gen lapè ak
pwosperite nan Anpi nou an,
jan sa potko janm fèt anvan sa.
Nan vil Souz ak lòt kote,
gen gwoup rebèl ki te eseye
chanje fason n ap viv la.
Men, nou pap janm chanje
fason n ap viv la.
Pou pwoteje libète nou
genyen nan Anpi a,
e pou pwoteje pouvwa nou an,
Mwen menm, Dariyis,
moun peyi Medi,
men dekrè mwen bay:
Nenpòt moun ki priye yon dye,
oswa yon lòt moun,
apa wa a, pandan 30 jou,
Yo dwe lage l nan
twou lyon an.
Ou pa pral priye
kounye a non, pa vre?
Azarèl!
Ou konnen m byen.
E ènmi m yo konnen m tou.
Mwen priye nan fenèt mwen
twa fwa pa jou.
E mwen fè sa chak jou.
Si m ta menm bay enpresyon
m obeyi sa yo di a,
ki sa yo t ap panse?
Yo t ap panse ou sispann priye!
Oswa pi mal!
Yo te ka panse m sispann
adore Bondye m nan
pou m sove lavi m.
Mwen konnen Jewova.
E si m fè l konfyans,
l ap rekonpanse m.
Mwen pa konn ki jan non!
Men, l ap fè l.
Priye pou lafwa m ret djanm,
pou lafwa nou tout
rete djanm,
kèlkeswa fason sa fini.
M gen yon kado pou ou!
Manje a pare!
Jewova se limyè m
e li se sovè m.
Kiyès pou m pè?
Koute m, o Jewova,
lè m ap rele nan pye w.
Fè m favè!
Reponn mwen.
O Jewova, se ou m ap chèche.
Se ou menm mwen
genyen pou ede m.
O Bondye delivrans mwen an!
Pa vire do ban mwen!
Pa kite m!
Monwa, se pou w viv
pou toutan!
Èske w pa t siyen yon
entèdiksyon ki fè konnen
nenpòt moun ki
priye yon dye
oswa yon lòt moun
pandan 30 jou...
Apa ou menm monwa,
Yo dwe lage l nan
twou lyon an?
Wi, se yon lòd klè yo bay
dapre lwa peyi Medi
ak peyi Pès,
e pèsonn pa ka chanje l!
Sa nou genyen?
Dànyèl!
Youn nan egzile ki
soti Jida yo
pa gen okenn respè
pou ou monwa,
e li pa respekte entèdiksyon
ou te siyen an.
Twa fwa pa jou, li priye
Bondye l la.
Dànyèl?
Se pa posib!
Nou kwè sa?
Li pa menm eseye kache sa.
Gen moun ki te wè l?
Nou toule senk, mèt mwen.
Nou ka sèmante!
Men, li granmoun!
Èske l konnen sa l ap fè?
Antanke moun ki nan
gwo pozisyon,
se sèten, li konprann
sa sa vle di
pou moun obeyi wa a.
Nou mèt ale!
Nou...
nou ka al arete Dànyèl?
M ap regle sa!
Wi, nou ta dwe trase yon
egzanp sou Dànyèl.
M ap retire l nan
pozisyon l ye a,
e m ap fè l kite vil la
demen maten.
Mèt mwen!
E tout moun ap konnen
yo dwe obeyi lwa nou yo.
Men, lalwa di
yo dwe jete moun
yo akize a
nan twou lyon an,
mèt mwen.
M konprann jwèt nou an wi.
Nou pa wont!
Dapre lwa peyi Medi
ak peyi Pès yo,
pèsonn pa ka chanje
dekrè oswa entèdiksyon
wa a bay.
Nou sèlman ta renmen
wa a jwenn onè li merite a.
Al lage l nan twou a.
Bondye w la, w ap sèvi
san rete a, ap delivre w!
Retire wòch la!
Dànyèl!
Dànyèl!
O monwa, se pou w
viv pou toutan!
Li vivan!
Rale l monte!
Bondye m nan te voye
yon zanj li
vin fèmen bouch lyon yo.
Lyon yo pa t fè m anyen,
mèt mwen.
Paske li wè m inosan
devan l.
Epi, mwen pa t fè w anyen
ki mal, mèt mwen.
Ameni pou mwen.
Dànyèl pa t byen pwofite yo!
Nou bezwen bèl cheval
yo genyen yo pou lame a!
E m ap pran kèk pou mwen.
Dakò, ou mèt pran Ameni.
Mwen menm se Batri m vle,
ak pyè presye l yo.
Apa n gentan ap fè separasyon
wayòm Dànyèl la!
Gade nan chanm
pa dèyè a!
Sa k pase?
Sa k genyen?
Nou vin arete nou pou krim
nou fè kont wa Dariyis la!
Wa a mande pou yo
arete Dànyèl,
se pa nou menm!
Yo te arete Dànyèl!
Yo retire l nan twou a
maten an.
Li pa gen anyen.
Se pa posib!
Siman, yo te gentan
bay lyon yo manje!
Petèt, yo te malad.
Lyon yo te malad!
Yo pa t grangou!
Lage yo menm ak
fanmi yo nan twou a
pou n wè si sa yo
di yo se vre.
Non! Non!
Dariyis!
Non, Dariyis!
Pa fè sa!
Non! Non!
Tanpri! Non!
Dariyis!
Non, pa fè sa!
Non! Non!
Pa fè sa!
Mwen bay lòd
pou moun toupatou nan
wayòm mwen an
gen lakrentif pou
Bondye Dànyèl la!
Paske se li ki Bondye
vivan an
e li la pou toutan!
Yo pap janm detwi
wayòm li an.
Li delivre pèp li,
li sove l epi li fè mirak
ak mèvèy ni nan syèl la,
ni sou tè a,
paske li delivre Dànyèl
anba pat lyon yo.
Se Dariyis ki ekri sa?
Li voye l bay tout moun
nan wayòm nan.
Nou te vrèman enkyè!
Ou pa t pè?
M te pè anpil.
Men, ou konnen?
Jewova ede nou lè nou pè.
Paran m yo pè al Jerizalèm.
Efè!
N ap reflechi sou sa.
E ou menm?
W ap tounen?
Wa a di nou tout ka ale.
M t ap renmen ale ak nou.
Men...
m panse l twò ta pou mwen.
Ebyen, m pa vle ale.
O non, non! Pa kriye!
Si w ale,
w ap wè yon pi bèl vil
pase vil mwen te kite a.
W ap wè pwofesi ki reyalize,
w ap wè yon vil ki chaje ak
moun k ap adore Jewova,
ak yon nouvo tanp,
ki se pi bèl kay ki
gen sou tè a.
Èske w te wè vwazen an?
Non. M pa wè l ditou jodi a.
Lòt jou m te wè vwazen an.
Rete pwòch ak Jewova.
W ap jwenn benediksyon.
Gen yon bagay
mwen mande
Jewova.
E se sa m ap chèche,
pou m rete
nan kay Jewova a
pandan tout vi m,
pou m kontanple
tout bon bagay Jewova,
li gen lakay li.
E pou m admire
tanp li an.
Dànyèl, fò w pran
yon ti repo wi!
O Dànyèl!
Ou menm ki gen anpil valè!
Bondye voye m kote w.
Ou pa bezwen pè Dànyèl.
Bondye w ap sèvi a
tande pawòl ou yo,
depi premye jou ou t ap
chèche konprann bagay yo
e w t ap chèche
rabese w devan l.
Mwen vini pou m
fè w konprann
sa k pral rive pèp ou a
nan dènye jou yo.
Mwen pa gen fòs.
e souf mwen prèske koupe.
Ou pa bezwen pè,
ou menm ki gen anpil valè.
Lapè avè w!
Wi, met kran sou ou.
Ou mèt pale.
Ou ban m fòs mèt mwen.
M ap di w bagay ki ekri
nan liv verite a.
Gade! Gen twa lòt wa ki
pral parèt nan peyi Pès.
E gen yon katriyèm
ki pral ranmase
plis richès pase
tout lòt yo.
O mèt mwen, ki jan tout
bagay sa yo ap fini?
Byennere moun ki
kontinye ret tann.
Ret fèm jiska lafen!
Ou pral repoze.
Men, ou pral leve kanpe
pou w jwenn pòsyon
pa w la
nan fen jou yo.
Men, si n manje manje sa yo,
n ap dezobeyi Bondye nou an!
Ou gen lakrentif pou
Bondye w la?
Hmm!
Wi.
Moun ki kapab esplike w
rèv la se Jewova.
M konnen l ap di m
rèv ou fè a.
Jewova pa ka tann non
pou l bay pèp li a
sa yo bezwen.
Mwen konnen Jewova.
E si m fè l konfyans,
l ap rekonpanse m.
Mwen pa konn ki jan non!
Men, l ap fè l.