JW subtitle extractor

David te ret tann Jewova

Video Other languages Share text Share link Show times

Èske y ap pase w nan rizib,
yo opoze avè w
oswa yo pèsekite w?
Èske w twouve w
nan yon sitiyasyon ki difisil anpil,
kote ta sanble pa gen gwo bagay
ou ka fè pou chanje sitiyasyon an?
Si se konsa, konnen w pa poukò w.
Bib la di nou David te viv
sitiyasyon sa yo
e David li menm,
di nou ki jan l te andire yo.
Men sa l di nan Sòm 62:5:
“Mwen ret ap tann Bondye an silans.”
Gen kèk biblis ki kwè
David te gen 15 an
lè yo te chwazi l pou l vin wa.
Si se sa, li te dwe ret tann 22 an
anvan l te vin wa sou tout Izrayèl.
Pandan anpil nan ane sa yo,
wa Sayil t ap kouri dèyè David,
li t ap chèche touye l.
Kòm rezilta,
David te dwe viv nan mawon,
pafwa, li te viv nan gwòt nan dezè
e nan lòt moman
li te viv nan peyi etranje
pami ènmi Izrayèl yo.
David te aprann pasyans,
li te bezwen ret tann Jewova.
Ann egzamine twa sitiyasyon
ki te rive nan lavi l
pandan peryòd sa a.
Premye sitiyasyon an te rive
nan dezè Enngedi,
yon zòn ki chaje ak mòn
e ki gen anpil gwo gwòt.
Wa Sayil ki te anvye David
e ki te rayi l anpil,
t ap kouri dèyè l
nan objektif pou l touye l.
David ak mesye l yo
t al kache nan yon gwo gwòt
pou Sayil pa t jwenn yo.
Sa k sèten, yo pa t ap ka alèz.
Yo pa t ap viv nan liks;
yo te dwe rasanble manje,
bwa pou fè dife, dlo
e yo t ap kache pou moun
ki t ap chèche touye yo.
Epi, gen yon sitiyasyon
yo pa t atann ki vin rive.
Annou li resi a.
Tanpri, ouvri Bib ou
nan 1 Samyèl chapit 24.
N ap kòmanse nan vèsè 2 a.
M ap ban nou yon ti tan
pou nou jwenn li.
1 Samyèl chapit 24,
n ap kòmanse li nan vèsè 2 a.
Konsa, Sayil chwazi 3 000 gason
pami tout pèp Izrayèl la,
epi l al chèche David
ak mesye David yo
nan zòn ki chaje ak wòch
nan mòn ki gen kabrit yo.
Sayil rive kot patiraj mouton
ki bare ak wòch ki te bò wout la,
yon kote ki gen yon gwòt,
e li antre nan gwòt la
pou l al fè yon bezwen
pandan David ak mesye l yo
te chita jis nan fon gwòt la.
Mesye David yo di l:
“Jodi a, se jou kote Jewova di w:
‘Gade! Mwen lage
ènmi w lan nan men w,
ou ka fè l sa w vle.’”
Yo te chwazi 3000 sòlda
ki byen antrene
pou al chèche David.
Imajine jan David
ak mesye l yo te sezi,
lè yo te wè Sayil poukont li
e san pwoteksyon,
k ap mache tou dousman
k ap antre nan gwòt
kote yo te kache a
Je Sayil te abitye ak limyè solèy la,
donk li te difisil
pou l wè anndan gwòt la
kote mesye yo te kache a.
Sepandan, mesye yo ki te gentan abitye
ak fènwa ki gen anndan gwòt la
te ka wè Sayil k ap antre
anndan gwòt la
pandan limyè deyò a ap klere.
Kounye a, Sayil san defans,
David te ka fè l sa l vle.
Èske David te dwe touye l?
Se sa menm mesye l yo
t ap di l pou l fè.
Se sèten se Jewova
ki lage Sayil nan men l.
Dayè, se te volonte Bondye
pou David vin wa nan plas Sayil.
Epi, èske David pa t gen
bon rezon pou touye l?
Sayil te san kontwòl,
li te touye prèt yo nan vil Nòb,
e l te ravaje vil la,
gason, fi, timoun, bèt,
li te touye yo tout
jis paske gran prèt Ayimelèk
te bay David pen
pou mesye l yo te manje.
Si David te touye Sayil,
ki rezilta sa t ap bay?
Delivrans?
Li t ap sispann viv nan mawon?
Li t ap sispann kache nan gwòt,
li t ap wa tousuit?
Se sèten, tout sa
te pase nan lespri David.
Ki sa l te fè?
Ki sa ou t ap fè?
Ann kontinye li resi a
nan 1 Samyèl 24:4.
Se konsa, David leve tou dousman,
li koupe ke manto san manch
ki te sou Sayil la.
Men apre sa, konsyans David
te vin ap kale l
paske l te koupe
ke manto san manch Sayil la.
Li di mesye l yo:
“Piske m gen respè pou Jewova,
mwen pa t ap janm panse
fè mèt mwen an,
moun Jewova chwazi a,
yon bagay konsa.
Mwen pa t ap janm leve
men m pou m frape l,
paske li se moun Jewova chwazi a.”
Pawòl David te di yo
te fè mesye l yo fè bak.
Li pa t kite yo atake Sayil.
Epi, Sayil te leve sot nan gwòt la,
l al fè wout li
David pa t koute mesye l yo.
Olye de sa, li te pwofite sitiyasyon an
pou l montre li pa yon rebèl
ni l pap chèche tire revanj
pou fason Sayil trete l
ki enjis e ki kriyèl.
Sa te mande pou l kontwole tèt li.
Epitou, sa te mande lafwa
pou l kwè Jewova
ap korije bagay yo nan moman
pa l e nan fason pa l.
Fason l te panse a parèt klè
nonsèlman nan sa Sayil te di yo,
men tou, nan pawòl
li te ekri nan Sòm 57 la.
Men sa vèsè 3 Sòm sa a di:
“Detan l nan syèl la,
l ap voye èd ban mwen,
l ap sove m,
L ap fè moun
k ap atake m nan dekouraje.”
Pafwa, nou ka twouve l difisil
pou n demontre pasyans,
sitou lè n ap soufri
yon fason ki enjis.
Souvan, nou ka fè yon ti bagay
toupiti pou chanje sa.
Men, e si nou vin jwenn
yon solisyon fasil?
Nou dwe fè menm jan ak David,
ki te egzamine
pwennvi Jewova anvan.
Pafwa, nou dwe aji,
men, pafwa li pi bon pou n
ret tann Jewova korije bagay yo
nan moman li chwazi a.
Annou li sa k te rive a
apre Sayil te kite gwòt la.
N ap kòmanse nan
1 Samyèl 24:8.
Vèsè 8.
Apre sa, David leve,
li soti nan gwòt la, li rele Sayil:
“Monwa, mèt mwen!”
David!
Lè Sayil vire gad dèyè,
David met ajenou e li bese fas atè.
David di Sayil:
“Poukisa w ap koute pawòl
yon seri moun k ap di w:
‘Men David ap chèche fè w mal?’
Jodi a menm, ou wè ak je w
ki jan Jewova te lage w
nan men m nan gwòt la.
Men, lè yon moun te di
pou m touye w,
mwen te gen pitye pou ou,
mwen te di l:
‘Mwen pap leve men m
pou m frape mèt mwen an,
paske li se moun Jewova chwazi a.’
Ebyen, papa mwen, men ke manto
san manch ou a nan men m.
Lè m t ap koupe ke
manto san manch ou a,
mwen te kapab tou touye w,
men mwen pa t fè sa.
Kounye a, ou wè mwen pa gen
nan lespri m pou m fè w mal
oswa pou m fè rebèl avè w
e mwen pa fè okenn peche kont ou,
alòske ou menm,
w ap kouri dèyè m
pou w detwi lavi m.
Se pou Jewova jije
mwen menm avè w
e se pou Jewova
tire revanj pou mwen!
Men, mwen pap leve men m
pou m frape w.
Gen yon pwovèb nan tan lontan ki di:
‘Se mechan ki fè mechanste.’
Mwen menm, mwen pap leve men m
pou m fè w mal.
Dèyè kiyès wa peyi Izrayèl la
ap mache konsa a?
Dèyè kiyès w ap kouri la a?
Dèyè yon chen mouri?
Dèyè yon grenn pis?
Se Jewova ki pou jij nou,
e l ap jije mwen menm avè w!
Se li k ap jije ka a,
l ap defann kòz mwen.
L ap jije m e l ap sove m
anba men w.”
Lefètke David te metrize l,
se te yon repons li te bay
moun ki te di Sayil
l ap chèche fè l mal yo.
Li pa t leve men l kont Sayil.
An de fwa, li te di Sayil
se Jewova ki t apral jije yo.
Malgre Sayil
t ap pousuiv David san rezon,
David pa t pale rèd avèk Sayil.
Li te respekte l
e avèk imilite li te di Sayil
li t ap tann pou se Jewova
ki ranje bagay yo.
Ala yon mesaj pisan sa te ye
pou moun ki t apral
aprann sa annapre!
Sayil te sezi aprann
David te epaye lavi l,
e men sa l te di David:
“Jewova ap rekonpanse w
pou sa w fè pou mwen jodi a.
Mwen konnen wè pa wè
se ou k ap vin dirije antanke wa
e wayòm Izrayèl la
ap toujou pou ou.”
Petèt apot Pòl
t ap panse ak istwa sa a
lè l te konseye kretyen
ki t ap viv nan vil Wòm yo
plizyè santèn ane annapre:
“Pa vanje tèt nou [...]
kontinye pot laviktwa sou sa ki mal
lè w fè sa ki byen.”
Pafwa, bon aksyon nou yo
ak pawòl nou yo
ka gen yon efè pozitif
sou opozan nou yo.
Pitye David te demontre anvè Sayil la
te vrèman touche l,
men, èske l t ap sispann
chèche touye David?
N ap wè sa pi devan.
Sepandan, akoz enpèfeksyon nou,
pafwa, nou konn manke pasyans.
E sa te rive David tou.
Te gen yon bagay
ki te tèlman fè l fache,
li te prèske aji yon fason
ki t ap gen konsekans grav.
Annou li istwa sa a
nan 1 Samyèl 25.
Se chapit 25 fwa sa a e vèsè 1,
1 Samyèl 25
n ap kòmanse nan vèsè 1.
Rive yon lè, Samyèl mouri.
Epi, pèp Izrayèl la te reyini ansanm
pou yo kriye pou li
e yo te antere l
bò lakay li nan Rama.
Apre sa, David leve,
li desann nan Dezè Paran.
Twouve, gen yon mesye
ki te rete Mawon
ki te gen bèt nan vil Kamèl.
Misye te rich anpil.
Li te gen 3 000 mouton
ak 1 000 kabrit.
Se te moman kote li t ap tonn
mouton l yo nan Kamèl.
Mesye a te rele Nabal
e madanm li te rele Abigayil.
Madanm li te gen bonsans
e li te yon bèl fi.
Men, mari a,
ki te yon desandan Kalèb,
se yon moun ki te di
e ki te konn aji mal.
Pandan David nan dezè a,
li te aprann Nabal
ap tonn mouton l yo.
Se sa k fè, David te voye
dis jèn gason kote l, e David di yo:
“Monte Kamèl,
lè nou rive kot Nabal,
di l mwen voye mande l ki jan l ye.
Apre sa, di l:
‘Se pou w viv lontan
e se pou w byen!
Se pou fanmi w byen
e se pou tout sa w genyen
mache byen!
Kounye a, mwen aprann
w ap tonn mouton w yo.
Lè nou te ansanm ak gadò
mouton w yo nan Kamèl,
nou pa t fè yo anyen ki mal,
e pandan tout tan yo te la a,
yo pa t pèdi anyen.
Mande jèn mesye w yo y a di w.
Mwen swete pou w byen resevwa
jèn mesye m yo,
paske nou vin kote w yon bon jou.
Tanpri, bay sèvitè w yo
ak pitit gason w, David,
nenpòt sa w kapab.’”
Se konsa, jèn mesye David yo
t al di Nabal tout sa David te di yo.
Lè yo fin pale, Nabal reponn yo:
“Kiyès ki David la,
kiyès ki pitit gason Jese a?
Alèkile, gen yon pakèt esklav
ki sove kite kay mèt yo.
Èske m dwe pran manje
ak dlo lakay mwen
ansanm ak vyann mwen prepare
pou mesye k ap tonn mouton m yo
pou m bay yon seri moun
pèsonn pa konn kote yo soti?”
Epòk yo t ap tonn mouton
se te yon epòk fèt ki bay kè kontan
e Nabal te gen rezon
pou l gen kè kontan.
Li te gen anpil mouton,
e David ak mesye l yo te pwoteje yo
kont bann vòlè ki te nan zòn nan.
Selon koutim nan,
yo t ap atann Nabal t ap montre
apresyasyon ak jenewozite.
Men, lè mesye David yo te vin mande
Nabal manje avèk jantiyès,
nonsèlman li te refize,
men li te joure yo
e li te rele sou yo
Ann gade ki jan David te reyaji
lè n kontinye li
1 Samyèl chapit 25 lan
apati vèsè 12 la.
Menm kote a, jèn mesye David yo
retounen al di David
tout sa Nabal te di yo.
Lapoula, David di mesye l yo:
“Nou tout, met epe nou nan ren nou!”
Se konsa, yo tout
met epe yo nan ren yo
e David te met epe pa l la
nan ren l tou.
Te gen anviwon 400 gason
ki t ale ak David,
e 200 lòt mesye yo
te ret ak bagay yo te genyen yo.
Pandan tan sa a,
gen youn nan sèvitè Nabal yo
k al di Abigayil, madanm Nabal:
“Gade! David te voye
kèk nan jèn mesye l yo ki nan dezè a
vin swete mèt nou an
pou tout bagay mache byen pou li,
O non!
men mèt nou an rele sou mesye yo
e li manke yo dega.
Mesye yo te byen boule
anpil avèk nou.
Yo pa t janm fè nou mal.
Nou pa t pèdi menm yon bèt
pandan tout tan nou te ansanm avèk yo
nan savann nan.
Yo te tankou yon miray
ki pwoteje nou lajounen kou lannuit
pandan tout tan nou te pase
ap pran swen mouton yo bò kote yo.
Kounye a, deside sa w ap fè,
paske gen yon malè k ap vin frape
mèt nou an ak tout moun lakay li.
Misye tèlman di, pa gen yon moun
ki ka pale avè l.”
Konsa, Abigayil kouri al pran 200 pen,
de gwo bidon plen diven,
senk mouton byen prepare,
senk seya grenn griye,
100 gato rezen ak 200 gato
ki fèt ak fig frans yo byen peze ansanm...
Men non.
...e li mete tout sou bourik yo.
Pran sa!
Apre sa, li di sèvitè l yo:
“Pran devan, mwen dèyè.”
Men, li pa t di Nabal, mari l, anyen.
Pandan l te sou bourik li,
li t ap desann mòn nan,
mòn nan te bare l,
e David ak mesye l yo ki t ap desann
vin kontre avè l pa t wè l.
Konsa, li te rankontre ak yo.
Men, David t ap di:
“Poukisa m te bezwen pwoteje
tout sa nonm sa a te genyen nan dezè a?
Li pa t pèdi anyen nan sa l genyen,
epi se mal li fè m
pou byen m fè pou li yo.
Se pou Bondye tire revanj
sou ènmi David yo
e se pou l pini yo plis toujou,
si mwen ta kite yon gason ret vivan
lakay Nabal rive demen maten!”
Lè David te aprann sa Nabal
te di yo, li te fache anpil.
Menm kote a, san l pa chèche
konnen sa Jewova panse,
li te di mesye l yo pou yo
mete epe yo nan ren yo.
Epi yo te fè plan pou yo touye
tout gason ki lakay Nabal.
Sa te mal.
Nabal te yon move moun,
men, byenke David te merite
resevwa yon rekonpans
pou pwoteksyon l te bay Nabal,
li pa t gen dwa legal
sou sa Nabal te posede.
Epi, pa gen okenn rezon valab
pou l ta touye yon Izrayelit parèy li
ak tout moun lakay li.
Pandan tan sa a, youn nan sèvitè Nabal yo
wè gwo malè ki pandye sou yo
li te met kouraj sou li pou l di Abigayil,
madanm Nabal, sa k te pase a.
Li pa t avèti Nabal, ki pa t ap koute l,
men li t al kot Abigayil,
yon moun ki konn tande,
yon dam ki gen bonsans
e ki te renmen Jewova.
Nou pa konnen anpil bagay
konsènan Abigayil,
men viv avèk Nabal dwe te difisil.
Nabal te di, li te engra e l te awogan.
Petèt, Abigayil te twouve l
nan yon maryaj ki aranje
e l pa t ka fè anyen pou sa.
Annapre, Abigayil te di David
Nabal “pa gen bonsans lakay li”.
Petèt, dam espirityèl sa a
pa t ap pale de mari l konsa
amwenske mari a ta lakòz
dam sa a pèdi tout lanmou
ak respè l te gen pou li.
Abigayil te koute sèvitè a
e l te rann li kont li dwe aji tousuit.
Men, ki jan?
Èske l ta dwe pale ak Nabal?
Non.
Li pa t ka rezone avèk li.
Èske l ta dwe leve kouri?
Si pa aza David te menm jan ak Nabal,
se pi bon bagay pou Abigayil ta fè.
Men Abagayil te konnen David
se te yon moun ki rezonab
e ki renmen Jewova.
Byen vit, li rasanble manje
e l pran dispozisyon
pou l al rankontre David.
Ann li resi a
nan 1 Samyèl 25 epi vèsè 23 a.
Lè Abigayil wè David,
li kouri desann bourik la,
li lage kò l fas atè devan David.
Epi, li lage kò l nan pye David, li di l:
“Mèt mwen, se mwen ki pou peye
pou sa k rive a.
Pèmèt sèvant ou an pale avè w
e koute sa sèvant ou an ap di w.
Tanpri, mèt mwen, pinga w okipe
nonm sòt yo rele Nabal la,
paske non l ale avè l.
Se Nabal li rele
e li pa gen bonsans lakay li.
Men, mèt mwen,
mwen menm, sèvant ou an,
mwen pa t wè mesye w te voye yo.
Kounye a, mèt mwen,
menm jan li klè Jewova vivan,
mwen fè sèman
ni devan Bondye ni devan w,
se Jewova ki anpeche w fè san koule
pou w pa vin koupab e ki anpeche w
tire revanj ak pwòp men w.
Mèt mwen, se pou ènmi w yo
ak moun k ap chèche fè w mal yo
vin menm jan ak Nabal.
Kounye a, mèt mwen,
kite jèn mesye ki ansanm avè w yo
resevwa kado sa a
sèvant ou an pote pou ou.
Tanpri, mèt mwen,
padone fot sèvant ou an,
paske Jewova pap manke
pa fè desandan w yo
vin wa pandan yon pakèt tan,
piske ou menm mèt mwen,
se pou Jewova w ap fè lagè,
e pandan tout lavi w,
ou pa fè okenn mechanste.
Lè gen moun k ap kouri dèyè w
pou touye w,
lavi w ap byen vlope
anndan sak lavi
ki nan men Jewova, Bondye w la,
men l ap voye lavi ènmi w yo
jete byen lwen
tankou yon wòch yo tire ak yon flonn.
Epi, lè Jewova fè tout bon bagay
li te pwomèt yo pou mèt mwen an
e li mete w chèf pèp Izrayèl la,
mèt mwen,
ou pap gen pou w gen remò,
ni ou pap gen pou w regrèt
poutèt ou te fè san koule san rezon
e ou te tire revanj avèk men w.
Lè Jewova beni w,
mèt mwen, pa bliye sèvant ou an.”
Pawòl Abigayil te di David yo
se te pawòl yon dam ki saj
e ki espirityèl.
Li te pale avèk imilite epi gwo respè,
men mesaj li a te klè.
Li te di David se Jewova ki voye l
pou anpeche l vin koupab,
pou anpeche l fè san koule san rezon,
pou anpeche l tire revanj,
e pou anpeche David fè yon bagay
ki ta ka lakòz li vin gen remò
oswa l regrèt,
sa ki t ap fè l santi l mal
pandan tout rès vi l.
Abigayil te raple David
verite enpòtan sa yo.
Jewova t apral korije bagay yo
e David pa t dwe vanje tèt li.
Mesaj li a te raple David rezon ki fè
li pa t aji kont Sayil nan Enngedi.
Petèt li te aprann fason David
te epaye lavi Sayil nan gwòt la.
Ki sa Abigayil te vle di?
Demontre pasyans!
Kite Jewova ranje bagay yo
nan moman pa l e nan fason pa l.
Ki jan David te reponn li?
Istwa a kontinye apati 1 Samyèl 25:32.
Lè sa a, David di Abigayil:
“Glwa pou Jewova, Bondye Izrayèl la,
ki voye w vin rankontre m jodi a!
Mwen swete li beni w
poutèt ou gen bonsans!
Mwen swete pou Bondye beni w,
paske jodi a,
ou anpeche m fè san koule
pou m pa vin koupab
e w anpeche m
tire revanj pou tèt mwen.
Menm jan li klè Jewova,
Bondye Izrayèl la, vivan,
li menm ki anpeche m fè nou mal,
mwen fè sèman si w pa t fè sa
e si w pa t vin rankontre m byen vit,
rive demen maten,
pa t ap ret yon gason lakay Nabal.”
Se konsa, David te aksepte
sa l te pote pou li yo e li di l:
“Ou mèt monte al lakay ou anpè.
Bon! mwen koute sa w di a
e m ap fè sa w mande m nan.”
David te koute.
Nan yon sosyete kote yo pa t bay
konsèy fi enpòtans,
sa te vrèman enpresyonan!
David te koute, li te konprann,
li te dakò e l te kase tèt tounen.
Petèt mesye David yo
te pare pou yo batay, pou yo piye.
Men, David te anpeche yo fè sa.
Menm jan sa te rive David,
nou menm tou nou ka vle
pran yon direksyon ki pa saj.
Menm jan ak David, nou ta dwe
koute moun k ap eseye korije nou.
Anviwon dis jou apre,
Jewova frape Nabal epi Nabal mouri.
Annapre, Abigayil te vin madanm David.
E Sayil menm?
Byenke l te aji avèk imilite
parapò ak sa k te pase nan gwòt la,
poutan, li pa t sispann pousuiv David.
Fwa sa a, David ak mesye l yo
te nan dezè Zif la.
Yon dezyèm fwa,
mesye Zif yo te trayi David
alòske yo sot nan menm tribi avè l.
Annou li istwa a apati 1 Samyèl 26,
kòmanse nan vèsè 2 a.
Konsa, Sayil ale nan Dezè Zif la
ak 3 000 gason li te chwazi
pami pèp Izrayèl la
pou l al chèche David nan Dezè Zif la.
Sayil te monte kan l sou ti mòn Akila a,
ki anfas Jechimon, bò wout la.
Lè sa a, David t ap viv nan dezè a
e li te aprann Sayil vin dèyè l
nan dezè a.
Konsa, David te voye kèk espyon
al gade si Sayil vini vre.
Annapre, David t al kote Sayil
te monte kan l lan,
e David te wè kote Sayil ak Abnè,
pitit gason Nè a, chèf lame Sayil la,
te kouche ap dòmi an.
Sayil te kouche
e li t ap dòmi nan kan an,
e gwoup sòlda yo te toutotou l.
Epi, David di Ayimelèk,
yon desandan Èt,
ak Abichayi, pitit gason Sewouya,
frè Jowab:
“Kiyès k ap desann nan kan
kot Sayil ye a avè m?”
Abichayi reponn li:
“M ap desann avè w.”
Se konsa, David ak Abichayi
t al kote sòlda yo te ye a nan nuit lan,
epi yo te jwenn Sayil
ap dòmi nan kan an,
lans li te plante nan tè a toupre tèt li.
Abnè ak gwoup sòlda yo
te kouche ap dòmi toutotou l.
Lè sa a, Abichayi di David:
“Jodi a, Bondye lage ènmi w
lan nan men w.
Kounye a, tanpri, kite m kloure l atè a
ak yon sèl kout lans,
mwen pap bezwen ba l de.”
Nan gwòt la,
se Sayil ki t al kot David te ye a.
Men fwa sa a,
se David k al kot Sayil.
Li gen ansanm avè l, Abichayi,
neve l la, yon sòlda vanyan.
Y ap pase tou dousman
pandan lalin klè
nan mitan ranje mesye Sayil yo
k ap dòmi,
nan zòn kote Sayil t ap dòmi an.
Kounye a, yon dezyèm fwa,
Sayil nan men David.
Abichayi ofri l pou l kloure Sayil atè a.
Pou Abichayi, li parèt lojik
pou yo touye moun sa a
k ap chèche touye yo san pran souf la.
David pa t ap gen anyen pou l fè.
Annapre, li te ka di se Abichayi
ki te touye Sayil.
Èske David t ap pwofite opòtinite sa a
pou l elimine ènmi l lan
yon fwa pou tout?
Pou n jwenn repons lan,
ann kontinye lekti a
nan 1 Samyèl 26:9.
Men, David di Abichayi:
“Pa fè l anyen ki mal,
paske ki moun ki ka leve men l
pou l frape moun Jewova chwazi a
epi pou l ret inosan?”
David di ankò:
“Menm jan li klè Jewova vivan,
mwen fè sèman se Jewova k ap touye l,
oswa jou l ap rive e l ap mouri,
oubyen li pral nan lagè
e l ap pèdi lavi l.
Piske mwen gen respè pou Jewova,
sa pa t ap janm vin nan lide m
pou m leve men m
pou m frape moun Jewova chwazi a!
Tanpri, kounye a,
ann pran lans ki toupre tèt li a
ak bidon dlo a epi ann al fè wout nou.”
Se konsa, David te pran lans lan
ak bidon dlo a toupre tèt Sayil, epi y ale.
Pa t gen pèsonn ki te ni wè yo
ni remake anyen,
e pèsonn pa t reveye,
piske yo tout t ap dòmi.
Se Jewova ki te fè
yon gwo dòmi pran yo.
David pa t twonpe tèt li pou l ta panse
se t ap yon bon bagay
pou Abichayi ta aji kont Sayil.
Li te rekonèt se Jewova
ki t apral jere Sayil.
Yon lòt fwa ankò, li te tann
Jewova korije sitiyasyon an.
David t ap panse ak fason
Jewova te ka aji an favè l alavni.
Li te di Abichayi tou ba
Sayil ta ka mouri nan batay,
anviwon yon ane annapre
se sa k te rive.
Lavi a te stresan pou David
pandan ane li t ap viv nan mawon yo.
Men, li pa t janm bouke tann Jewova
e li te fè sa l kapab
nan sikonstans sa yo.
Pa egzanp, lè l t ap viv
nan mitan Filisten yo,
David te pwofite opòtinite
pou l pwoteje pèp Izrayèl la
lè l te atake nasyon ènmi yo.
Lè n ap fè fas ak difikilte,
nou menm tou, nou ka
byen pwofite sitiyasyon nou an
lè n fè tout sa n kapab,
toutpandan n gen konfyans
Jewova ap ban n soulajman
nan pi bon moman an.
Finalman, David te vin wa
e l te dirije pandan 40 an.
Nan fen lavi l, li te ekri sòm 37 la.
Petèt, se ak twa evènman sa yo
nou sot pale la a,
David t ap panse
lè l te ekri sòm sa a.
Li te ekri konsènan pasyans,
nesesite pou n tann Jewova
ak asirans sèten nou genyen
pwomès Jewova yo ap reyalize.
Sòm sa a, li gen alafwa konsèy
ak ankourajman pou nou.
Pou fini, annou li pawòl sa yo
Bondye te enspire l.
Ann ale nan Sòm 37
vèsè 1 rive nan vèsè 7.
M ap ban nou yon ti tan pou n jwenn li.
Sòm 37 vèsè 1 rive nan vèsè 7.
Pinga w fache poutèt moun
k ap fè mechanste yo
ni pinga w rayi sò moun
k ap fè sa ki mal yo.
Y ap fennen byen vit tankou zèb,
y ap seche tankou zèb vèt.
Mete konfyans ou nan Jewova
epi fè sa ki bon.
Abite sou tè a, epi aji avèk fidelite.
Pran tout plezi w nan Jewova
e l ap ba ou
tout sa w swete nan kè w.
Kite Jewova dirije wout ou.
Met konfyans ou nan li
e li menm l ap ede w.
L ap fè jistis ou
parèt klè tankou limyè,
l ap fè jistis ou parèt klè
tankou solèy midi.
Ret an silans devan Jewova,
ret tann li ak espwa l ap ede w.