JW subtitle extractor

Ki kote w ka jwenn repons pou kesyon enpòtan ou konn poze sou lavi a?

Video Other languages Share text Share link Show times

Èske w konn mande tèt ou:
‘Poukisa nou egziste?
Èske l posib pou nou
gen bonjan kè kontan?
Ki sa k rive yon moun
apre l fin mouri?
Si Bondye renmen nou,
poukisa l kite nou soufri konsa?
Ki espwa ki genyen pou demen?
Èske tè a ap toujou egziste?’
Depi lèzòm egziste, yo toujou
ap chèche repons kesyon sa yo.
Anpil moun chèche
repons yo nan filozofi,
gen lòt ki panse relijyon
oswa lasyans ap ba yo repons yo
e gen anpil lòt menm ki jis chwazi
pa panse ak kesyon sa yo.
Men,
nou kapab jwenn bonjan repons
nan Labib, Pawòl Bondye a.
Konesans ak sajès ki gen
nan Bib la soti nan yon Sous
ki pi siperyè lontan pase
konesans ak sajès lèzòm.
Sous sa a se Sila a
ki kreye linivè a.
Pa egzanp, Bib la pale de fason
ki fè toujou gen dlo sou tè a,
nesesite pou mete moun ki
gen kèk maladi an karantèn
e li menm te gentan di ki fòm
tè a genyen byen lontan
anvan syantifik yo te
konprann bagay sa yo.
Epitou, Bib la bay konsèy
ki toujou itil jodi a,
tankou fason pou n
gen bonjan kè kontan,
fason pou n fè fas ak enkyetid,
fason pou n jwenn satisfaksyon
nan travay nou ak nan lavi a,
kèlkeswa moun nou ye
e kèlkeswa kote n ap viv.
Men sa Bondye fè nou
konnen nan Pawòl li a, Labib:
“Mwen menm, Jewova,
mwen se Bondye w,
Sila a k ap anseye w
pou byen w lan,
Sila a k ap mennen w
nan wout ou dwe mache a.”
Gen plizyè milyon moun
ki jwenn bonjan repons
nan Bib la ki ba yo satisfaksyon.
E ou menm?
Pou w li Bib la gratis
e pou w jwenn atik, videyo
ak lòt zouti k ap ede w jwenn
repons kesyon w ap chèche yo,
ale sou jw.org.