JW subtitle extractor

Ki kote fèt Nwèl soti?

Video Other languages Share text Share link Show times

Pou anpil moun, sezon Nwèl
se yon epòk spesyal nan ane a
kote yo menm ak fanmi yo
pase tan ansanm e yo fete.
Men, menmsi anpil moun konsidere
fèt Nwèl kòm fèt nesans Jezi Kris,
èske w te konnen premye disip Jezi yo
pa t konn selebre anivèsè nesans li?
Èske w te konnen tou, mo
“Nwèl” la oswa menm ide
fete nesans Kris pa ekri
okenn kote nan Bib la?
Nan ka sa a,
ki kote fèt Nwèl la soti?
Ann egzamine kèk verite.
Li klè, fèt sa a yo fete divès
fason selon zòn sou tè a
se yon melanj koutim
payen ak sipèstisyon.
Ann Ewòp, moun nan lontan yo
tankou Sèlt yo,
te kwè se paske solèy la te sispann
bouje ki fè nuit yo te vin pi long.
Se sa k fè, yo te konn limen gwo moso
bwa pou fòse solèy la rekòmanse bouje.
Yo te konn dekore kay yo tou
ak plant ki te toujou gen fèy
nan sezon ivè a paske yo te kwè
sa t ap pwoteje fanmi yo
pou bagay mal pa rive yo.
Pratik payen sa yo te kòmanse plizyè
syèk anvan Kris te vin sou tè a,
e nou wè yo jis jounen jodi a lè moun yo
sèvi ak abdenwèl ak lòt dekorasyon.
Labib pa bay dat Jezi fèt.
Men, li fè konnen, nan nuit Jezi
te fèt la te gen bèje
ki te pase nuit yo deyò
ap veye mouton,
yon bagay yo pa t konn
fè nan sezon ivè.
Donk, sa k fè moun yo fete
nesans Jezi nan mwa desanm?
Nan tan lontan, Women yo te konn fè
yon fèt pou Satin, dye jaden yo.
Fèt la te dire yon semèn kote
youn te konn bay lòt kado,
yo te konn bwè jis yo sou,
e l te fini nan dat 25 desanm, dat
anivèsè nesans Mitra, dye solèy yo a.
Anviwon 300 an apre lanmò Jezi,
chèf legliz yo te pran dat fèt sa a
kòm dat nesans Jezi,
konsa, yo melanje adorasyon fo dye
ak adorasyon kretyen yo t ap bay.
Kiyès ki papa Nwèl
oswa tonton Nwèl la?
Se yon pèsonaj moun
imajine apati plizyè lòt pèsonaj.
Yo konn di, l ap vole nan syèl la,
l ap bay bon timoun yo kado ak sirèt
e l ap pini timoun ki pa aji byen yo.
Nan kòmansman ane 1900 yo,
moun k ap fè reklam yo te kòmanse
sèvi ak pèsonaj tonton Nwèl la
pou ankouraje moun yo
achte nan sezon fèt la.
Depi lè a, epòk Nwèl se youn nan
epòk nan ane a kote biznis yo fè plis kòb.
Natirèlman, gen anpil moun
ki fete Nwèl senpleman
pou yo ka pase tan
ak moun yo renmen,
pou yo manje bon manje
e pou yo fè echanj kado.
Sa ka sanble pa gen
anyen mal ladan.
Men, jan nou sot wè a,
koutim fèt Nwèl yo soti
nan adorasyon fo dye.
Èske kote fèt la soti a enpòtan vre?
Ki jan Bondye ak Jezi wè sa?
Se Jezi menm ki te di, Bondye vle nou
‘adore Papa a ak laverite’.
Fè yon ti reflechi:
Èske l posib pou yon fèt
ki soti nan relijyon fo dye
ale nan menm sans
ak vrè adorasyon an?
Gen plizyè milyon moun ki te kwè
fèt Nwèl la pa t gen anyen mal,
men lè yo vin aprann laverite sou
fèt la, yo deside yo pap fete l ankò.
Pandan tout ane a,
yo pase tan ak fanmi yo,
yo manje bon manje
e yo bay youn lòt kado,
san yo pa patisipe nan yon
fèt k ap ofanse Bondye.
Pou w aprann plis sou sa Bib la di
sou sijè sa a ak lòt ankò, ale sou jw.org.