JW subtitle extractor

Fason w ka li Bib la

Video Other languages Share text Share link Show times

Bib la se liv yo plis
distribye nan monn nan.
Men poutan, anpil moun
twouve l difisil pou yo li l,
oswa yo wè l twòp pou yo li.
Èske w konn santi w konsa?
Ebyen, se pa ou sèl.
Men kèk teknik k ap ede w
li Bib la e menm pran plezi ladan l.
Toudabò, chwazi yon tradiksyon
Labib moun itilize jodi a.
Yon tradiksyon moun fè konfyans
e ki fasil pou moun konprann.
Gen kèk tradiksyon Labib yo
tradui sa gen plizyè santèn ane,
e langaj yo itilize ladan yo gen dwa
difisil pou moun konprann jodi a.
Men, yon tradiksyon Labib nan epòk
nou an ki itilize langaj moun pale jodi a
ka fè l pi fasil pou moun
konprann sa ki nan Bib la.
Pa egzanp, Labib Tradiksyon
monn nouvo a,
se youn nan tradiksyon Labib moun plis
fè konfyans e ki fasil pou moun konprann.
Pwochen bagay ou ka fè, se chwazi
yon kote pou w kòmanse.
Petèt ou ka di: ‘Poukisa m pa jis
kòmanse nan kòmansman an?’
Ou ka fè sa.
Men, Bib la fòme ak 66 ti liv.
Gen kèk nan liv yo ki gen istwa,
gen lòt ki gen pwezi oswa vizyon,
e gen lòt ki gen pwofesi.
Olye w jis annik li Bib la depi
nan kòmansman rive nan fen,
kòmanse ak liv ou ka twouve
ki pi enteresan pou ou.
Pa egzanp, si w renmen pwezi,
ou ka kòmanse lekti Labib ou
nan liv Sòm ki chaje ak bèl
pwezi ak konsèy ki pratik.
Yon lòt liv ou ka kòmanse li
ladan l se liv Mak la,
yon liv ki kout e ki byen
rakonte istwa Jezi Kris.
Si w li liv Mak la pandan jis
kèk minit chak jou,
ou ka pran mwens pase 10 jou
pou fin li tout liv la nèt.
Koute lekti Labib sou fòma odyo.
Li ka fè istwa Labib yo vin vivan
epi fasil pou konprann!
“Epi, pandan l ap antre Jerizalèm,
tout vil la te chofe, yo t ap di:
‘Ki moun sa a?’
Foul moun yo t ap di:
‘Se Jezi, pwofèt ki te gen pou vini an,
moun Nazarèt ki nan Galile a!’”
Si gen yon vèsyon odyo lekti Labib
ki disponib nan lang ou an,
pwofite tande lekti Labib la
nenpòt lè w vle.
Pou jwenn repons pou yon seri kesyon
presi sou Bib la ou ka eseye sa a tou:
Sèvi ak Gid etid la.
Ou ka jwenn li sou jw.org.
Sa ap ede w jwenn vèsè ki gen
rapò ak yon sijè ki enpòtan pou ou.
Tankou: Ki sa w ka fè lè w anba strès?
Epitou, ou ka li oswa telechaje,
Labib Tradiksyon monn nouvo a
ki se yon tradiksyon ki fasil
pou moun konprann,
e ki gen bonjan zouti moun
ka itilize pou etidye Bib la.
Li disponib gratis nan
plizyè santèn lang.
Nenpòt lè w chwazi li Bib la,
ou pap regrèt paske w fè sa.
Paske w ap dekouvri anpil
bèl bagay.
Li gen konsèy pratik ki itil
nan kèlkeswa epòk la,
nan kèlkeswa kilti a,
e li reponn kèk nan gwo kesyon
moun genyen sou lavi a.
Plizyè milyon moun li Labib e yo
pa jis twouve sa enteresan,
men tou yo wè sa amelyore lavi yo.
Sa w panse si w ta eseye li Bib la?
Pou ou jwenn plis enfòmasyon
sou Bib la, ale sou jw.org.