JW subtitle extractor

Èske se Bondye ki lakòz katastwòf natirèl yo

Video Other languages Share text Share link Show times

Katastwòf natirèl ka
boulvèse nou anpil.
Yo ka detwi tout sa n genyen.
E yo ka menm detwi
lavi moun nou renmen yo.
Lè n fè fas ak katastwòf sa yo
gen anpil moun ki konn panse
se Bondye ki lakòz yo.
Yo konn menm panse
se pini l ap pini yo.
Gen moun ki panse
piske se Bondye
ki kreye linivè a,
li gen pouvwa pou l
kontwole fòs lanati yo.
Donk, lè gen katastwòf natirèl
se li menm ki responsab.
Nou te nan katriyèm etaj
bilding nou an
Lè tranblemanntè a te frape.
Tout bagay te
kòmanse souke.
E nan kèk segonn sèlman
bilding nou an te tonbe.
Siklòn nan
te kraze tout bagay.
M te pè anpil.
Lè m te ouvri je m,
m te wè m anba dekonm.
M pa t ka bouje.
M te kouche la
pandan de jou
jiskaske yo jwenn mwen
Lè m te rive lopital la,
blese m yo te tèlman grav
doktè te oblije koupe
youn nan janm mwen yo.
M t ap plede di tèt mwen
‘Nou se bon moun.
‘Poukisa Bondye kite yon
move bagay konsa rive m?’
E m te di tèt mwen
‘Ki sa m dwe te fè
‘pou Bondye fache avè m konsa?’
Èske se Bondye ki lakòz
katastwòf natirèl yo toutbonvre?
Ki sa Bib la di?
Nan 1 Jan 4:8
Bib la fè konnen
pi gwo kalite
Bondye gen lakay li
se lanmou.
Anfèt li di: “Bondye se lanmou”.
Li vle n gen kè kontan.
Li vle n pran plezi
nan bèl bagay li kreye yo.
E Li vle
fòs lanati yo itil nou.
Pa gen anyen
nan Bib la ki montre
Bondye ap sèvi ak
fòs lanati yo jodi a
pou l pini okenn moun,
Pa menm moun ki mechan yo
Malgre sa, toujou gen
katastwòf natirèl.
E yo lakòz anpil moun soufri.
Genyen ki menm mouri
san wete moun ki bon moun.
Si se pa Bondye ki lakòz
katastwòf natirèl yo,
e li gen sousi pou nou
poukisa gen katastwòf natirèl?
Mwen vin aprann
se pa Bondye
ki fè moun ap soufri.
Men, “move moman
ak malè
“rive nou tout sanzatann.”
Men, se pa paske
Bondye fache avè n
ki fè bagay sa yo rive.
Yon jou, yon zanmi
m ki te pèdi janm li
nan tranblemanntè a tou
te di m Temwen Jewova yo
te montre l nan Bib la
tè a gen pou l vin yon paradi.
Lè sa a, n ap gen
janm nou yo ankò.
E n ap ka mache,
n ap ka kouri.
N ap ka danse.
Sa te fè m gen asirans
Bondye renmen nou anpil.
E Li pral fè tout bagay bèl.
Lè m te li Ezayi 35:6
kote Jewova pwomèt:
“Moun ki enfim nan pye yo
ap vòltije tankou jenn ti kabrit.”
M te rive konprann
yon Bondye ki ka fè
yon pwomès konsa
pa t ap janm fè bon moun soufri.
Yo te ban m manti sou Bondye.
Kounye a m aprann
sa Jewova pwomèt
yo ap rive toutbon.
Bib la fè konnen aklè se pa Bondye
ki lakòz katastwòf natirèl yo.
Anfèt, li pwomèt pou l elimine
tout sa k ap fè moun soufri.
“Gade! Tant Bondye a
avèk lèzòm.
“Bondye pral abite avèk yo,
“e yo pral vin pèp li.
“E Bondye li menm ap avèk yo
“L ap siye tout dlo nan je yo,
“pap gen lanmò ankò,
“e moun pap nan lapenn ankò
“akoz moun pa yo ki mouri.
“Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.
Ansyen bagay yo disparèt.”
Ansyen bagay yo
sa gen ladan l
katastwòf natirèl yo
pral disparèt.
Men, si Bondye se lanmou
poukisa l pemèt gen soufrans?
Ki jan l santi l lè li wè
ou menm w ap soufri?
Pandan konbyen tan ankò
lèzòm ap kontinye soufri?
Pou w ka aprann plis
sou sa Bib la di sou sijè sa a
ak plizyè lòt ankò
ale sou jw.org.