JW subtitle extractor

Ki jan Bondye konsidere pònografi?

Video Other languages Share text Share link Show times

Lontan se nan fim
pou granmoun,
nan kote yo vann liv
oswa kote
yo vann jounal
moun te konn
jwenn pònografi.
Men kounye a,
pònografi tout kote.
Yon moun sèlman
bezwen klike
pou l jwenn pònografi.
Se pa yon
bagay ki nouvo.
Depi lontan
sa te egziste
nan yon seri kilti.
E sa te menm fè pati adorasyon
kèk moun te konn bay.
Jodi a, menm moun
ki konn al legliz
konn panse,
pònografi se pa yon
bagay ki gen danje.
E konsa, yo panse
se yon bagay ki akseptab.
Men, gen moun
ki konn li Bib la
ki santi pònografi
ak liv ki gen
rapò ak sèks
se bagay ki pa kòrèk.
E yo menm panse
se yon peche kont Bondye
Ki jan Bondye
konsidere pònografi?
Mo pònografi a
pa parèt nan Bib la.
Men, Bib la bay
yon seri prensip byen klè
pou sa ki gen rapò ak sèks.
1 Korentyen 6:9, 10
montre fason Bondye
konsidere imoralite seksyèl
oswa relasyon
seksyèl ant
de moun ki
pa marye youn ak lòt.
“Moun k ap fè
imoralite seksyèl
pap benefisye
Wayòm Bondye a.”
Jezi te di
lè yon moun
kontinye ap reflechi
sou bagay ki imoral
se yon peche tou.
Li te di:
“Nenpòt moun ki
kontinye gade yon fi
“jiskaske li vin anvi l,
li deja fè adiltè
avè l nan kè l.”
Kolosyen 3:5 di nou
pou nou: “Fè manm
ki nan kò [nou] [...] mouri
“anrapò ak
imoralite seksyèl,
salte, dezi seksyèl
san kontwòl.”
Pònografi leve
dezi seksyèl
ki imoral yo,
kontrèman ak sa yo
mande nou pou nou fè.
Sètadi, pou nou
fè yo mouri,
oswa elimine yo.
Bib la montre nou
ki kote dezi
nou pa kontwole yo
ka mennen nou.
Jak 1:14, 15 di:
“Pwòp dezi nou mennen nou
e yo sedui nou.
“Epi dezi a, lè yo nouri l,
li bay peche,
e peche a li menm,
lè l fin fèt, li bay lanmò.”
Si Bondye pa dakò
ak moun k ap fè imoralite,
se sèten li pa t ap aksepte
pou moun ap gade
moun k ap fè bagay sa yo.
Bondye pa dakò
ak pònografi
sou kèlkeswa fòm nan.
Kit se gade
n ap gade l,
kit se li
n ap li l,
kit se koute
n ap koute l.
Bondye vle pou mari
ak madanm yo
gen lanmou ak
entimite nan maryaj yo.
Men, li rayi tout kalite
salte nan domèn seksyèl.
Sa gen ladan l pònografi.
Menm jan yon moun
ka kouri dèyè
kèlkeswa move abitid la,
yon moun ka sispann
gade pònografi.
E, gen anpil moun
ki rive fè sa
avèk èd Bondye.
Pou w ka rive aprann plis
sou sa Bib la di sou sijè sa a
ak anpil lòt ankò,
ale sou jw.org.