JW subtitle extractor

Ki jan Bondye konsidere maryaj?

Video Other languages Share text Share link Show times

Èske maryaj fè
moun gen kè kontan
oswa èske l pote desepsyon?
Gen anpil moun ki pa gen
kè kontan nan maryaj yo,
yo jis reziyen yo.
Gen lòt ki separe
e gen yon pakèt lòt ki divòse.
Men, gen lòt moun ki jwenn
satisfaksyon ak bonjan kè kontan
nan maryaj yo.
Ki sa k fè sa?
Ki sa ki ede yo?
Yo li Bib la e yo vin wè
fason Bondye konsidere maryaj.
Paske, se Bondye ki vini ak maryaj
e li vle pou moun marye yo
gen kè kontan.
Donk, ki jan Bondye
konsidere maryaj?
Bib la fè konnen “Bondye te fè
ni gason ni fi [...].
Sa Bondye mete anba
menm jouk, pinga lòm separe l.”
Maryaj se yon angajman
ant yon gason ak yon fi
ki ta dwe dire tout vi yo.
Bondye vle pou moun
ki marye yo fidèl youn ak lòt.
Lè de moun suiv konsèy Bib la
bay pou yo marye selon lalwa
yo montre yo rekonèt enpòtans
maryaj e sa fè yo santi yo
an sekirite.
Lè yo konsidere maryaj la
kòm yon angajman ki dwe
dire tout lavi yo, li pi fasil
pou yo travay ansanm
pou yo fè l mache.
Se vre, nan Bib la,
Bondye fè konnen
moun marye yo ap jwenn pwoblèm,
men tou, li bay bonjan konsèy
ki ka ede yo rezoud pwoblèm sa yo.
Pa egzanp, Bib la di:
“Nou chak dwe renmen
madanm nou menm jan
nou renmen tèt nou.
Madanm nan, bò kote pa l, dwe
gen yon gwo respè pou mari l.
Pa mwayen Bib la,
Bondye anseye koup yo
fason pou yo demontre kalite
k ap ede yo gen kè kontan
nan maryaj yo, kalite tankou
bonte, pasyans, renmen padone.
Bib la montre enpòtans pou
nou se moun ki konn koute lòt moun.
Kèlkeswa kantite tan de moun
genyen depi yo marye,
yo kapab gen kè kontan
si yo konsidere maryaj
jan Bondye konsidere l la.
Èske w bezwen èd nan maryaj ou
anrapò ak kesyon kòb,
kesyon sante,
relasyon ak fanmi
oswa pou leve timoun?
Pou w jwenn plis enfòmasyon
sou sa Bib la di sou sijè sa yo
e sou lòt sijè ankò,
ale sou jw.org.