00:00:09
Twa jou anvan yo te
touye Jezi,00:00:12
00:00:13
disip li yo te poze l
yon kesyon00:00:15
00:00:15
ki gen anpil enpòtans
pou nou tout jodi a.00:00:18
00:00:19
Yo mande Jezi:00:00:21
00:00:21
“Ki siy k ap siy prezans ou
e k ap siy fen sistèm nan?”00:00:27
00:00:28
Kòm repons, Jezi te ba yo
yon pwofesi00:00:31
00:00:31
ki montre sa k pral pase
anvan monn nouvo a rive.00:00:35
00:00:35
T ap gen lagè, tranblemanntè,
rate manje, ak epidemi.00:00:41
00:00:42
Epi, Jezi di:00:00:44
00:00:45
“Paske, menm jan nan epòk
anvan delij la,00:00:48
00:00:48
moun yo t ap manje,
yo t ap bwè,00:00:50
00:00:50
mesye yo t ap marye e moun
t ap marye pitit fi yo,00:00:52
00:00:52
jiskaske jou pou Noye antre
nan lach la rive,00:00:56
00:00:56
yo pa t remake anyen
jiskaske delij la vini00:01:00
00:01:00
e li pote yo tout ale,00:01:02
00:01:02
se konsa prezans Pitit
lòm nan ap ye.”00:01:06
00:01:08
Pawòl Jezi yo montre00:01:09
00:01:10
Noye se yon moun ki te
egziste toutbonvre00:01:13
00:01:13
e delij la se yon bagay ki
te rive toutbonvre.00:01:17
00:01:18
E se yon avètisman ki montre
epòk anvan delij la00:01:23
00:01:23
t ap sanble tèt koupe ak
epòk n ap viv la. 00:01:26
00:01:27
Donk, li enpòtan pou n byen
egzamine sa k te rive00:01:30
00:01:31
nan epòk Noye a pou n wè ki
leson nou ka aprann nan sa.00:01:35
00:01:36
Nan kòmansman liv Jenèz la,00:01:38
00:01:39
n ap wè ki jan lavi a te ye
kèk syèk anvan epòk Noye a,00:01:45
00:01:45
apre Bondye te fin mete Adan e
Èv deyò nan jaden Edenn nan.00:01:49
00:01:50
Tout moun te pale menm lang,
e petèt, yo te deja aprann ekri.00:01:56
00:01:57
Yo te bati yon vil, petèt,
plizyè vil.00:02:00
00:02:01
Yo te gentan konn travay metal
tankou kuiv avèk fè.00:02:04
00:02:04
Yo te gentan fè enstriman mizik
tankou hap avèk flit.00:02:08
00:02:09
E piske yo pa t fèt twò lontan
apre Adan e Èv ki te pafè,00:02:13
00:02:13
yo te viv anpil anpil ane,
menm plizyè santèn ane.00:02:19
00:02:20
Men, bagay yo pa t anfòm.00:02:23
00:02:24
Moun yo te vire do bay Jewova.00:02:26
00:02:26
Kòm rezilta, yo te renmen
vyolans ak imoralite.00:02:31
00:02:32
Sa te tèlman grav, Jewova te fè
yon moun ki jis ki rele Enòk,00:02:37
00:02:37
ki te fèt 600 an apre Adan,00:02:41
00:02:41
anonse Jewova pap tolere
pou toutan00:02:44
00:02:44
yon monn ki mechan e ki rebèl.00:02:47
00:02:47
Bondye pral detwi moun ki
pa gen respè pou li yo.00:02:51
00:02:52
Sa klè, mechan nan epòk Enòk yo,
yo pa t renmen mesaj li a.00:02:57
00:02:57
Yo te rayi Enòk.00:02:58
00:02:59
Petèt, yo te eseye touye l.00:03:01
00:03:02
Enòk te gentan mouri lè
pwofesi sa a te reyalize.00:03:06
00:03:07
Sisanzan te gentan pase.00:03:09
00:03:09
Rive lè sa a, bagay yo te vin
pi mal toujou sou tè a.00:03:13
00:03:15
M envite nou li Jenèz 6:1-7:00:03:21
00:03:25
“Twouve, lè lèzòm te kòmanse00:03:27
00:03:27
vin anpil sou tè a e yo te
gen pitit fi,00:03:30
00:03:30
gen yon seri pitit vrè Dye a00:03:32
00:03:32
ki te kòmanse wè pitit fi
lèzòm yo bèl.00:03:35
00:03:35
Konsa, yo te kòmanse00:03:37
00:03:37
chwazi tout fi yo te vle
pou vin madanm yo.00:03:39
00:03:40
Epi, Jewova di:00:03:42
00:03:42
“Mwen pap sipòte lòm nètale,
paske se chè li ye.00:03:47
00:03:48
Se sa k fè kantite jou l yo
ap rive 120 an.”00:03:53
00:03:53
“Te gen Nefilim sou tè a
nan epòk sa a,00:03:55
00:03:55
e yo te la pandan yon tan.00:03:57
00:03:58
Nan epòk sa a, pitit vrè Dye a
te genyen yo te kontinye00:04:02
00:04:02
antre nan relasyon ak pitit fi
lèzòm yo e yo te fè pitit ak yo.00:04:06
00:04:07
Pitit sa yo ki t ap viv
nan tan lontan00:04:09
00:04:09
se te yon seri jeyan e tout
moun te konnen yo.”00:04:12
00:04:13
“Konsa, Jewova te wè lèzòm t ap fè
anpil mechanste sou tè a,00:04:17
00:04:17
e tout tandans ki te nan kè yo
se fè sa ki mal toutan.00:04:21
00:04:22
Jewova te regrèt li te fè lèzòm
met sou tè a, e li te tris.00:04:27
00:04:27
Se poutèt sa Jewova te di:00:04:29
00:04:30
“M ap detwi moun mwen te
kreye sou tè a.00:04:33
00:04:33
M ap detwi ni moun, ni bèt
ki viv bò kote moun,00:04:38
00:04:38
ni bèt k ap rale sou vant,
ni bèt k ap vole nan syèl la,00:04:42
00:04:42
paske mwen regrèt
mwen te fè yo.”00:04:44
00:04:47
Nan epòk sa a, gen zanj nan
syèl la ki te wè00:04:52
00:04:52
bèl medam ki te gen sou tè a.00:04:54
00:04:54
Yo te vin vrèman anvi gen
relasyon seksyèl avèk yo.00:04:58
00:04:59
Zanj sa yo te vire do bay Bondye,
lè yo te vin sou tè a,00:05:03
00:05:03
yo pran yon kò moun pou ye te ka
gen relasyon seksyèl ak medam yo.00:05:08
00:05:08
Yo te vin tounen demon
ki egoyis e ki mechan.00:05:12
00:05:13
Petèt, yo te atiran, yo te
entèlijan, yo te bèl,00:05:18
00:05:18
yo te gen pouvwa moun
pa t genyen.00:05:20
00:05:20
Siman, medam yo te
damou zanj sa yo.00:05:24
00:05:24
Sitou medam ki pa t gen okenn
lanmou pou Bondye.00:05:27
00:05:28
Petèt, gen medam se vyole
zanj yo te vyole yo.00:05:31
00:05:32
Antouka, zanj yo te pran tout fi
yo te vle pou madanm yo.00:05:36
00:05:38
Pa t gen pèsonn nan epòk sa a
ki te ka anpeche demon yo aji.00:05:43
00:05:44
Zanj mechan sa yo te lakòz
moun yo pèdi pitit fi yo,00:05:48
00:05:48
sè yo, e menm madanm yo.00:05:53
00:05:55
Medam yo te vin ansent, e yo te
fè yon seri pitit gason.00:06:00
00:06:00
Men, pitit yo te fè yo pa t
tankou tout timoun.00:06:02
00:06:03
Yo te gen plis fòs, yo te
sovaj, yo te agresif, 00:06:07
00:06:07
yo te mechan, yo te
vrèman vyolan!00:06:10
00:06:11
Yo te grandi ak menm defo sa yo.00:06:14
00:06:15
Yo te vin gran gason e pa t gen
pèsonn ki te mechan tankou yo.00:06:19
00:06:20
Yo te rele yo Nefilim.00:06:22
00:06:22
Petèt, sa vle di:00:06:24
00:06:24
“Moun k ap lage moun atè.”00:06:26
00:06:27
E moun te pè yo!00:06:29
00:06:30
Menm jan ak papa yo,00:06:31
00:06:31
Nefilim yo pa t gen okenn
lanmou pou Bondye.00:06:34
00:06:35
Yo te vle moun konnen yo00:06:36
00:06:36
kòm moun ki gen anpil fòs
e ki mechan.00:06:39
00:06:42
Zanj ki te pran kò moun yo ak
pitit mechan yo vin genyen yo00:06:46
00:06:46
te domine monn nan
nan epòk la.00:06:48
00:06:49
E moun te konn imite yo.00:06:51
00:06:53
Jewova te wè lèzòm t ap fè
anpil mechanste.00:06:56
00:06:57
E Jewova te wè:00:06:58
00:06:58
“Tout tandans ki te nan kè yo
se fè sa ki mal toutan.”00:07:03
00:07:05
Siman, Satan te kontan wè jan
pifò moun te vire do bay Jewova.00:07:10
00:07:11
Yo te vin pi mal chak jou.00:07:14
00:07:15
Men, pami moun deprave sa yo,00:07:20
00:07:20
te gen yon moun ki te fidèl
ak Jewova.00:07:23
00:07:24
Ann wè sa Bib la di de Noye
nan Jenèz 6, apati vèsè 8.00:07:30
00:07:32
“Men, Noye te gen favè Jewova.00:07:36
00:07:36
Men kèk bagay ki te pase
nan lavi Noye.00:07:39
00:07:39
Noye se te yon moun ki jis.00:07:41
00:07:42
Li te yon moun ki te
san repwòch00:07:44
00:07:44
pami moun ki tap viv
nan epòk li a.00:07:46
00:07:46
Noye t ap mache avèk
vrè Dye a.00:07:49
00:07:49
Rive yon lè, Noye te vin gen
twa pitit gason:00:07:52
00:07:52
Sèm, Kam ak Jafèt.00:07:54
00:07:55
Vrè Dye a te wè moun sou tè a
te fin kòwonpi00:07:58
00:07:59
e tè a te chaje ak vyolans.00:08:01
00:08:02
Lè Bondye te gade tè a, li te wè
moun yo fin kòwonpi.00:08:06
00:08:06
Tout moun sou tè a t ap aji
yon fason ki pa bon menm.”00:08:10
00:08:12
Gen moun sou tè a ki di00:08:14
00:08:14
Noye pa t yon moun ki te
egziste vre.00:08:17
00:08:17
E istwa lach la, delij la,
se lejann, se blag yo ye!00:08:23
00:08:24
Ekriven biblik la te konnen00:08:25
00:08:25
Noye te yon moun reyèl e
delij la te rive toutbon.00:08:31
00:08:31
Pwofèt Ezayi ak pwofèt Ezekyèl
te pale de Noye.00:08:36
00:08:36
Esdras te ekri 1 Kwonik, e Lik
te ekri youn nan levanjil yo.00:08:40
00:08:40
Toulede te site Noye nan liy
fanmi yo te konpile yo.00:08:45
00:08:45
Apot Pyè ak apot Pòl te konfime00:08:48
00:08:48
delij la se yon evènman
ki te rive vre.00:08:51
00:08:53
Jan n te di sa deja,00:08:54
00:08:54
Pitit Bondye a menm te konfime
Noye te yon moun reyèl,00:09:00
00:09:01
e delij la te rive toutbon.00:09:04
00:09:06
Noye te gen yon lafwa
estrawòdinè.00:09:08
00:09:08
Li t ap viv nan yon monn mechan,00:09:10
00:09:11
yon monn ki chaje ak zanj
ki te pran kò moun,00:09:15
00:09:15
ak pitit yo ki te mechan,00:09:17
00:09:17
ak yon pakèt moun ki pa gen
respè pou Bondye.00:09:20
00:09:21
Noye pa t gen tout sa n
gen jodi a00:09:23
00:09:24
ki ede n gen yon lafwa solid.00:09:26
00:09:26
Li pa t gen yon Bib ki t ap
ede l renmen Jewova,00:09:30
00:09:30
epi konprann prensip li yo.00:09:32
00:09:32
Li pa t gen egzanp gason ak fi
ki te fidèl ki te egziste apre yo.00:09:37
00:09:38
E Noye pa t nan yon
kongregasyon ki chaje00:09:41
00:09:41
frè ak sè pou ankouraje l
e pou fòtifye lafwa l.00:09:45
00:09:46
Men, sa l te konnen yo te sifi.00:09:49
00:09:50
Li te konn sa k te rive nan
jaden Edenn nan,00:09:53
00:09:53
li te wè move konsekans
sa te bay.00:09:56
00:09:56
Li te wè moun yo grandi,
epi yo mouri.00:09:59
00:10:00
Li te konnen Bondye
te bare wout00:10:03
00:10:03
ki mennen nan jaden an,00:10:04
00:10:04
e pa deyò jaden an te modi.00:10:07
00:10:07
Li te konprann pwofesi aryè
granpè l, Enòk, te bay la.00:10:12
00:10:13
Noye te konnen non papa l,
Lamèk, te ba li a te ka vle di:00:10:18
00:10:18
“Repo oubyen konsolasyon.”00:10:20
00:10:20
Paske jan papa l te anonse sa,00:10:23
00:10:23
li t ap “pote konsolasyon pou nou00:10:26
00:10:26
nan travay di n ap fè ak
nan mizè n ap pase00:10:29
00:10:29
akoz Jewova te lage
malediksyon sou tè a”.00:10:33
00:10:34
Siman, Noye te poze tèt li anpil
kesyon sou pwofesi sa yo.00:10:39
00:10:39
Ki jan l t apral pote konsolasyon?00:10:41
00:10:42
Ki jan e ki lè Bondye t apral pini
mechan ki te toutotou l yo?00:10:47
00:10:48
Noye te fè plizyè santèn ane
ap priye epi reflechi.00:10:53
00:10:54
Distans pou Noye te vin gen
plis pase 500 an,00:10:57
00:10:57
li te marye, li te gen yon fanmi,
ak twa pitit gason.00:11:01
00:11:03
Malgre li t ap viv nan yon
monn ki mechan,00:11:05
00:11:05
Noye te fidèl ak Bondye.00:11:08
00:11:09
E li te ede fanmi l fè
menm bagay la.00:11:11
00:11:12
E Jewova te bay yon mesaj
ki te fè Noye sezi anpil.00:11:18
00:11:18
Annou kontinye lekti nou an
nan Jenèz 6:13:00:11:24
00:11:28
“Apre sa, Bondye di Noye:00:11:30
00:11:32
“Mwen deside detwi tout moun,
paske yo fè tè a chaje ak vyolans.00:11:39
00:11:40
Se poutèt sa m ap detwi yo
e m ap ravaje tè a.00:11:44
00:11:46
Fè yon lach ak bwa gra.00:11:48
00:11:48
W ap fè plizyè chanm
nan lach la00:11:50
00:11:50
epi w ap kouvri l ak goudwon
anndan kou deyò.00:11:55
00:11:56
Men ki jan w dwe fè lach la.00:11:58
00:11:59
Li dwe gen 300 koude longè,
50 koude lajè ak 30 koude wotè.00:12:05
00:12:06
W ap fè yon fenèt pou limyè
antre nan lach la,00:12:09
00:12:09
l ap mezire yon koude soti
nan tèt lach la.00:12:12
00:12:13
Ou dwe fè yon pòt
arebò lach la.00:12:16
00:12:16
Lach la dwe gen yon
premye etaj,00:12:19
00:12:19
yon dezyèm etaj ak yon
twazyèm etaj.00:12:22
00:12:23
Mwen menm, m ap detwi tout
sa ki gen souf lavi a nan yo00:12:27
00:12:27
anba syèl la nan yon delij
m ap fè sou tè a.00:12:31
00:12:32
Tout sa k sou tè a ap peri.00:12:35
00:12:35
M ap fè yon alyans avè w.00:12:37
00:12:37
Ou dwe antre nan lach la
ansanm ak pitit gason w yo,00:12:41
00:12:41
madanm ou ak madanm
pitit gason w yo.00:12:45
00:12:45
Ou dwe fè de nan tout kalite
bèt antre nan lach la,00:12:49
00:12:49
yon mal ak yon femèl,00:12:51
00:12:51
yon fason pou yo ka rete
vivan ansanm avè w,00:12:54
00:12:54
ni bèt ki ka vole, selon
gwoup yo ye a,00:12:58
00:12:58
ni bèt ki viv bò kot moun,
selon gwoup yo ye a,00:13:02
00:13:02
ak tout kalite bèt ki rale sou
vant, selon gwoup yo ye a.00:13:06
00:13:07
De nan chak bèt sa yo ap
antre nan lach la00:13:11
00:13:11
pou yo ka rete vivan.00:13:13
00:13:14
Ou dwe ranmase tout
kalite manje,00:13:17
00:13:18
ni pou ou ni pou bèt yo.”00:13:21
00:13:24
“Noye te fè tout sa Bondye
te ba l lòd fè.00:13:28
00:13:28
Se egzakteman sa l te fè.”00:13:31
00:13:33
Noye te fè anpil tan
ap mande tèt li:00:13:35
00:13:35
Ki jan Bondye t apral fè detwi
moun mechan sa yo?00:13:38
00:13:39
Kounye a, li konnen.00:13:40
00:13:41
Gen yon gwo delij ki pral
frape tè a.00:13:44
00:13:45
Epitou, Noye te konnen ki sa
li menm ak fanmi l te dwe fè.00:13:49
00:13:50
Lavi sou tè a te depann
de Noye.00:13:53
00:13:54
Siman, li te santi sa
twòp pou li!00:13:57
00:13:58
Lach la t ap gwo anpil.00:14:00
00:14:03
Kounye a, Noye te dwe ap
poze tèt li lòt kesyon.00:14:06
00:14:07
Pyebwa?00:14:08
00:14:08
Yo te dwe koupe yon
pakèt pyebwa.00:14:11
00:14:11
Epi, prepare yo pou yo
fè lach la.00:14:14
00:14:14
Ki jan l t ap fè fè sa?00:14:16
00:14:17
Ki jan l t ap fè rasanble
tout kalite bèt sa yo?00:14:20
00:14:21
Ki jan l t ap fè rasanble manje
ni pou bèt yo, ni pou fanmi l?00:14:25
00:14:26
Bon, e vwazen l yo, ki pa t gen
okenn respè pou Bondye,00:14:30
00:14:30
Ki sa yo t ap panse?00:14:32
00:14:33
Noye te konnen sa k te
rive moun ki jis00:14:36
00:14:36
ki te egziste anvan l yo.00:14:38
00:14:38
Kayen te touye frè l la, Abèl.00:14:41
00:14:43
E sanble lavi Enòk te
tèlman an danje00:14:46
00:14:46
akoz mechan ki te dèyè touye l,00:14:49
00:14:49
Bondye te oblije rakousi lavi Enòk,
pou mechan yo pa t touye l.00:14:54
00:14:54
Moun yo te wè sa Noye t ap fè00:14:56
00:14:57
e yo te vin konn rezon
ki fè l t ap fè sa.00:15:00
00:15:01
Moun sa yo ki te san respè
pou Bondye00:15:03
00:15:03
te ka fè vyolans sou li
tankou Nefilim yo.00:15:06
00:15:07
Aktout sa, Noye te fè
Jewova konfyans,00:15:10
00:15:10
yo te kòmanse travay.00:15:12
00:15:12
Li te fè tout sa Bondye
te ba l lòd fè.00:15:16
00:15:16
Sa te pran anpil tan pou Noye
konstwi lach la ak fanmi l,00:15:21
00:15:21
petèt, 40 oswa 50 an.00:15:24
00:15:24
Siman, yo te jwenn pwoblèm.00:15:26
00:15:26
Men, Bib la pa di Noye
te plenyen.00:15:28
00:15:30
Pèsonn pa t ede fanmi Noye.00:15:32
00:15:33
Sonje Jezi Kris ki te di:00:15:35
00:15:35
“Moun yo pa t remake anyen00:15:37
00:15:37
jiskaske delij la vini e li
pote yo tout ale”.00:15:40
00:15:41
Nòmalman, moun yo te wè
Noye t ap bati yon lach.00:15:45
00:15:46
Siman, vwazen yo te mande l:00:15:48
00:15:48
“Men poukisa w ap fè yon
gwo konstriksyon konsa?”00:15:52
00:15:52
E Noye te esplike yo pou ki sa
l ap konstwi lach la.00:15:56
00:15:56
Men, moun nan epòk Noye yo00:15:58
00:15:58
pa t remake Jewova
te beni Noye00:16:01
00:16:02
ak konstriksyon l t ap fè a.00:16:04
00:16:04
Yo pa t konprann lavi yo te
depann de konstriksyon sa a.00:16:09
00:16:09
Men, moun yo te plis okipe00:16:11
00:16:11
nan aktivite yo t ap mennen
chak jou yo.00:16:13
00:16:14
Yo t ap manje, yo t ap bwè,
yo t ap marye,00:16:16
00:16:16
se bagay sa ki te plis
enterese yo.00:16:19
00:16:19
Pou moun sa yo ki te san
respè pou Bondye,00:16:23
00:16:23
Noye ak fanmi l te tankou
moun fou, moun sòt.00:16:26
00:16:26
Tout moun te konn
pase yo nan rizib. 00:16:28
00:16:28
E petèt, yo te konn menase yo.00:16:30
00:16:32
Anfen, lach la te fini.00:16:35
00:16:36
Nou ka imajine Noye
ak fanmi l00:16:38
00:16:38
ki santi yo fyè lè y ap
gade lach la.00:16:40
00:16:41
Yo sonje jan Bondye te ede yo.00:16:44
00:16:44
Jewova toujou bay pèp li
direksyon nan bon moman.00:16:48
00:16:49
Kounye a, Jewova pale
ankò ak Noye.00:16:52
00:16:53
Ann li Jenèz 7.00:16:55
00:16:55
N ap kòmanse ak vèsè 1 an:00:16:58
00:16:59
“Apre sa, Jewova di Noye:00:17:02
00:17:02
“Antre nan lach la, ou menm
ak tout moun lakay ou,00:17:05
00:17:06
paske se ou mwen wè ki jis nan
mitan jenerasyon sa a.00:17:10
00:17:11
Ou dwe pran sèt nan tout kalite
bèt ki pwòp yo,00:17:14
00:17:15
yon mal ak yon femèl,00:17:17
00:17:17
e nan tout kalite bèt ki
pa pwòp yo,00:17:19
00:17:19
ou dwe pran sèlman de nan
chak, yon mal ak yon femèl,00:17:24
00:17:24
epi, ou dwe pran tou sèt nan
bèt k ap vole nan syèl la,00:17:28
00:17:28
mal ak femèl, pou yo ka
kontinye viv00:17:31
00:17:31
e pou pitit yo ka fè pitit
sou tout tè a. 00:17:34
00:17:34
Paske nan sèt jou ankò,
m ap fè lapli tonbe sou tè a00:17:38
00:17:38
pandan 40 jou ak 40 nuit.00:17:41
00:17:41
M ap detwi tout sa mwen te fè
k ap viv sou tè a.”00:17:44
00:17:46
“E Noye te fè tout sa Jewova
te ba l lòd fè.”00:17:50
00:17:52
Pa t gen okenn tan pou pèdi.00:17:54
00:17:55
Te gen travay ijan pou yo fè.00:17:57
00:17:58
Te manke 7 jou pou
lapli a tonbe.00:18:00
00:18:00
Noye te dwe mete bèt yo,
anpil bèt, anndan lach la.00:18:04
00:18:05
Li te dwe pwoteje
pwovizyon yo.00:18:07
00:18:07
Noye te koute e li te obeyi.00:18:10
00:18:11
Sa fè dezyèm fwa nan
istwa sa a,00:18:14
00:18:14
Bib la di Noye te fè tout sa
Jewova te ba l lòd fè.00:18:18
00:18:19
Tanpri, annou li Jenèz 7:6.00:18:25
00:18:26
“Noye te gen 600 an lè
delij la te fèt sou tè a.00:18:30
00:18:30
Noye ansanm ak pitit
gason l yo,00:18:33
00:18:33
madanm li ak madanm
pitit gason l yo00:18:36
00:18:36
te antre nan lach la anvan
delij la te kòmanse.00:18:40
00:18:40
Tout kalite bèt ki pwòp,
tout kalite bèt ki pa pwòp,00:18:44
00:18:44
tout kalite bèt ki konn vole00:18:46
00:18:46
ak tout kalite bèt k ap
deplase sou tè a,00:18:49
00:18:49
yo tout te antre nan lach la
al jwenn Noye de pa de,00:18:54
00:18:54
mal ak femèl, jan Bondye
te bay Noye lòd fè sa.00:18:59
00:19:00
Sèt jou apre, delij la te
fèt sou tè a. 00:19:04
00:19:06
Nan ane ki te fè Noye 600 an,
nan dezyèm mwa a,00:19:10
00:19:10
17yèm jou nan mwa a,
nan jou sa a,00:19:14
00:19:14
tout sous dlo nan syèl la te pete
e tout vàn dlo nan syèl la te ouvri.00:19:21
00:19:22
Lapli te vide sou tè a pandan
40 jou ak 40 nuit.00:19:28
00:19:28
Se jou sa a menm Noye
te antre nan lach la00:19:31
00:19:31
ansanm ak pitit gason l yo,
Sèm, Kam ak Jafèt,00:19:35
00:19:35
madanm Noye ansanm ak
madanm twa pitit gason l yo.00:19:39
00:19:39
Yo te antre ansanm ak
tout kalite bèt nan bwa,00:19:42
00:19:42
selon gwoup yo ye a,00:19:44
00:19:44
tout kalite bèt ki viv bò kot moun,
selon gwoup yo ye a,00:19:47
00:19:48
tout kalite bèt k ap rale sou
vant ki sou tè a,00:19:50
00:19:50
selon gwoup yo ye a,00:19:52
00:19:52
tout kalite bèt k ap vole,
selon gwoup yo ye a,00:19:55
00:19:55
tout kalite zwazo ak tout
kalite bèt ki gen zèl.00:19:59
00:19:59
Tout bèt sa yo ki gen
souf lavi a nan yo00:20:02
00:20:02
te kontinye antre al jwenn Noye
anndan lach la de pa de.00:20:08
00:20:08
Se konsa yo te antre nan lach la,
ni mal ni femèl nan tout kalite bèt,00:20:14
00:20:14
jan Bondye te bay Noye lòd fè sa.00:20:17
00:20:17
Apre sa, Jewova te fèmen pòt la.00:20:20
00:20:20
Dlo te kontinye tonbe pandan
40 jou sou tè a.00:20:24
00:20:25
Dlo a te kontinye monte, li te
kòmanse ale ak lach la,00:20:29
00:20:29
e lach la t ap flote byen wo
sou dlo ki te sou tè a.00:20:33
00:20:34
Dlo a te vin anpil e li te kontinye
ap monte pi plis toujou sou tè a,00:20:39
00:20:39
men lach la t ap flote sou dlo a.00:20:42
00:20:43
Tè a te tèlman kouvri ak dlo,00:20:46
00:20:46
tout gwo tèt mòn sou tout tè a
te kouvri ak dlo.00:20:51
00:20:51
Dlo te monte rive prèske
15 koude anlè tèt mòn yo.00:20:56
00:20:57
“Konsa, tout sa ki t ap viv ki t ap
fè mouvman sou tè a te peri:00:21:01
00:21:01
bèt ki konn vole, bèt ki
viv bò kot moun,00:21:05
00:21:05
bèt nan bwa, tout ti bèt ki viv
an gwoup yo ak tout moun yo.00:21:10
00:21:10
Tout sa ki te sou tè sèk e ki te
gen souf lavi a nan yo te mouri.00:21:16
00:21:17
Konsa, Bondye te detwi tout sa
ki t ap viv sou tè a,00:21:21
00:21:21
sa vle di moun, zannimo,
bèt ki rale sou vant00:21:26
00:21:26
ak bèt k ap vole nan syèl la.00:21:28
00:21:28
Yo tout te peri sou tè a.00:21:31
00:21:31
Se sèl Noye ak sila yo
ki te ansanm avè l00:21:35
00:21:35
anndan lach la ki te chape.00:21:37
00:21:37
Dlo te kontinye kouvri tè a
pandan 150 jou.”00:21:43
00:21:44
Si Noye t ap mande tèt li:00:21:47
00:21:47
Ki jan l pral fè rasanble
tout bèt sa yo?00:21:49
00:21:49
Kounye a li konnen.00:21:51
00:21:51
Bèt yo t ap vin jwenn li.00:21:53
00:21:53
Jewova t ap mennen yo ba li.00:21:55
00:21:56
Noye pa t gen pou l al chèche
bèt yo, yo t al jwenn li.00:22:00
00:22:01
Tout kalite bèt, genyen ki te
vini pa 7, genyen se 2 pa 2.00:22:07
00:22:08
Imajine sa!00:22:09
00:22:10
Plizyè santèn bèt!00:22:12
00:22:12
Genyen k ap mache,
genyen k ap ranpe,00:22:15
00:22:15
tout ap antre nan lach la!00:22:17
00:22:17
Nou ka imajine fanmi Noye
k ap ranje kote00:22:20
00:22:20
pou yo mete tout bèt sa yo.00:22:22
00:22:22
Y ap pase men sou kèk nan bèt ki
gen plim yo pandan y ap pase,00:22:26
00:22:26
toutpandan y ap evite bèt
ki gen plim rèd yo00:22:29
00:22:29
ak sa ki gen pikan sou yo.00:22:30
00:22:30
E yo te asire yo yo retire kò yo
sou wout gwo bèt yo lè y ap pase.00:22:36
00:22:36
Zwazo yo te antre tou.00:22:37
00:22:37
Yo t ap vole tou ba
pou yo antre.00:22:40
00:22:40
Nou ka imajine koulè bèt yo,
sant yo, bri yo t ap fè!00:22:45
00:22:45
Siman, Noye ak fanmi l
te oblije pale fò00:22:47
00:22:47
pou vwa yo kouvri bri
tout bèt sa yo.00:22:50
00:22:52
Lè yo tout te fin antre
nan lach la,00:22:54
00:22:54
Jewova te fèmen pòt la.00:22:56
00:22:57
Èske w ka imajine fanmi Noye
ki reyini ansanm anndan lach la,00:23:01
00:23:01
y ap koute, y ap fè efò
pou yo byen tande?00:23:05
00:23:06
Epi, yo vin gen lapli!00:23:09
00:23:10
Petèt, lapli a te kòmanse
farinen toupiti.00:23:13
00:23:13
Apre sa, li te fè yon gwo lapli.00:23:16
00:23:16
Lapli a te fò anpil.00:23:18
00:23:18
Sa yo t ap tann depi byen
lontan an resi rive!00:23:22
00:23:23
Yo te fatige, yo te faya.00:23:26
00:23:27
Men, sanble pèsonn pa t dòmi
jou swa sa a.00:23:31
00:23:32
Yo te dwe gade ki jan bèt yo ye.00:23:34
00:23:34
Lapli a t ap fè anpil bri, e se pa
ti priye yo te priye!00:23:39
00:23:41
Èske yo t ap panse ak moun
ki te deyò lach yo?00:23:44
00:23:44
Sandout!00:23:45
00:23:46
Yo te konnen gen moun deyò a.00:23:48
00:23:48
Yo te konn preche yo.00:23:49
00:23:49
Anpil ladan yo se te fanmi yo.00:23:52
00:23:52
Ala sa te tris pou yo!00:23:54
00:23:55
Menm jan ak Jewova,00:23:57
00:23:57
Noye pa pran plezi nan
lanmò mechan yo.00:24:01
00:24:02
Li te tris lè l te wè tout moun
ki pèdi lavi yo.00:24:06
00:24:06
Men, gen yon bagay
Noye te konnen.00:24:08
00:24:08
Li te bay moun ki mouri yo
bonjan avètisman.00:24:11
00:24:12
Menmsi yo pa t wè lach la
ak de je yo,00:24:16
00:24:16
yo te tande pale de li.00:24:18
00:24:19
Yo te konn pou ki sa Noye
te fè lach la.00:24:21
00:24:22
Men, kounye a li te
twò ta pou yo.00:24:24
00:24:24
Jewova te fèmen pòt la.00:24:28
00:24:30
Noye ak fanmi l t ap tande00:24:32
00:24:32
jan lapli t ap tonbe san rete
sou lach la.00:24:35
00:24:37
Gen yon bagay ki te pase,
yo pa t ap janm bliye l.00:24:40
00:24:40
Lach la te bouje!00:24:42
00:24:42
Yo te santi gwo mas bwa sa a
ap kite tè a.00:24:47
00:24:47
Li t ap flote!00:24:48
00:24:50
Kè yo t ap bat fò, li t ap bat vit!00:24:52
00:24:53
Èske lach la t ap ka kenbe?00:24:56
00:24:57
Ann kontinye li nan Jenèz 8:1,
pou n wè sa k te rive annapre.00:25:05
00:25:06
“Men, Bondye vin sonje Noye
ak tout bèt nan bwa00:25:10
00:25:10
ak tout bèt ki viv bò kote moun
ki te ansanm ak Noye nan lach la,00:25:14
00:25:15
e Bondye te fè yon van
soufle sou tè a,00:25:17
00:25:18
epi dlo yo te kòmanse bese.00:25:20
00:25:21
Sous dlo yo nan syèl la
ak vàn yo nan syèl la00:25:25
00:25:25
te sispann bay dlo,00:25:26
00:25:26
konsa lapli te sispann tonbe.00:25:30
00:25:30
Lè sa a, dlo yo te kòmanse diminye,
tikras pa tikras, sou tè a.00:25:36
00:25:36
Apre 150 jou, dlo yo te bese.00:25:40
00:25:40
Nan setyèm mwa a,
17yèm jou nan mwa a,00:25:44
00:25:44
lach la t al poze sou
Mòn Arara.00:25:47
00:25:49
Dlo yo t ap bese san rete
jis nan dizyèm mwa a.00:25:53
00:25:53
Nan dizyèm mwa a, premye
jou nan mwa a00:25:57
00:25:57
tèt mòn yo te parèt.00:25:59
00:26:00
Apre 40 jou, Noye ouvè fenèt
li te fè nan lach la.00:26:04
00:26:05
Epi, li voye yon kaw deyò.00:26:07
00:26:07
Kaw la te kontinye vole deyò a00:26:10
00:26:10
e li te kontinye fè ale vini
nan lach la00:26:12
00:26:12
jiskaske dlo yo te fin
seche sou tè a.00:26:16
00:26:16
Annapre, li voye yon
pijon deyò a00:26:19
00:26:19
pou l wè si dlo yo bese
sou tè a.00:26:21
00:26:22
Pijon an pa t jwenn okenn
kote pou l poze,00:26:25
00:26:25
li te retounen vin jwenn Noye
nan lach la00:26:27
00:26:28
paske dlo te toujou kouvri
tout tè a. 00:26:30
00:26:31
Noye lonje men l, li pran l
met anndan lach la.00:26:36
00:26:37
Li tann sèt jou pase ankò,00:26:39
00:26:39
apre sa li voye pijon an
deyò lach la ankò.00:26:42
00:26:43
Lè pijon an retounen vin
jwenn li nan aswè,00:26:46
00:26:46
li wè pijon an gen yon
fèy oliv fre nan bèk li.00:26:49
00:26:50
Se sa k fè Noye te konnen
dlo yo te bese sou tè a.00:26:54
00:26:56
Li tann sèt lòt jou ankò, apre sa,
li voye pijon an deyò,00:27:01
00:27:02
men pijon an pa t retounen
vin jwenn li fwa sa a.”00:27:05
00:27:06
Pandan 40 jou ak 40 nuit,00:27:09
00:27:09
gwo lapli sa a t ap
frape lach la.00:27:11
00:27:11
Epi apre sa, lapli a
vin kanpe.00:27:14
00:27:14
Imajine Noye ak fanmi l k ap
gade pa deyò lach la,00:27:18
00:27:18
yo te wè dlo tout kote,
yo pa t wè tè a ditou.00:27:22
00:27:22
Jewova te voye yon gwo van
e dlo a te kòmanse desann.00:27:26
00:27:27
Finalman, 150 jou apre
delij la te kòmanse,00:27:32
00:27:32
lach la te poze sou tè a.00:27:34
00:27:35
Jou sa a te bay anpil kè kontan.00:27:37
00:27:39
Èske yo te ka soti nan lach la?00:27:41
00:27:41
Non.00:27:42
00:27:44
Dlo a te dwe bese pi plis toujou.00:27:46
00:27:48
Fanmi Noye te gen anpil travay
pou yo te fè nan lach la.00:27:51
00:27:52
Yo te dwe pran swen bèt yo,
ba yo manje.00:27:54
00:27:55
Aktout sa, Noye ak fanmi l
te anvi wè ki jan deyò a ye,00:27:58
00:27:59
pou yo te ka soti nan konfinman,00:28:01
00:28:01
pou yo te ka met pla
pye yo sou tè a.00:28:04
00:28:04
Yo te bezwen gen pasyans.00:28:06
00:28:06
Imajine fanmi Noye k ap
pase tan ansanm00:28:10
00:28:10
e y ap pale sou ki sa yo pral fè
lè yo soti nan lach la. 00:28:13
00:28:14
Yo te tann 73 jou ankò,00:28:17
00:28:18
anvan yo te wè tèt mòn yo.00:28:21
00:28:22
Èske yo te ka soti nan
lach la kounye a?00:28:25
00:28:26
Noye te gade nan fenèt la00:28:28
00:28:28
e li te pran yon kaw pami
zwazo yo, li voye l deyò,00:28:32
00:28:33
e kaw la te retounen.00:28:34
00:28:35
Noye te mete kaw la
nan plas li.00:28:37
00:28:37
Epi l chwazi yon pijon.00:28:39
00:28:39
Pijon an ale, epi l retounen.00:28:41
00:28:41
Paske l pa jwenn yon
branch bwa pou l poze.00:28:44
00:28:44
Yon semèn apre, Noye te
voye yon pijon ankò.00:28:48
00:28:48
E li te retounen ak yon
fèy oliv nan bèk li.00:28:50
00:28:52
Sèt jou annapre, Noye
te voye pijon an ankò.00:28:55
00:28:56
Men fwa sa a, li pa t retounen.00:28:59
00:28:59
Sa k te pase annapre? 00:29:01
00:29:02
Ann kontinye li istwa a
nan Jenèz 8:13:00:29:08
00:29:09
“Lè ki te fè Noye 601 an,
nan premye mwa a,00:29:13
00:29:13
premye jou nan mwa a,
dlo yo te soti sou tè a.00:29:17
00:29:18
Noye te dekouvri yon pati
nan tèt lach la,00:29:21
00:29:21
epi li gade, li wè tè a sèch.00:29:24
00:29:25
Nan dezyèm mwa a, 27yèm jou
nan mwa a, tè a te vin sèch nèt.00:29:31
00:29:31
Lè sa a, Bondye di Noye:00:29:33
00:29:34
‘Ou mèt soti nan lach la
ansanm ak madanm ou,00:29:37
00:29:37
pitit gason w yo ak madanm
pitit gason w yo.00:29:41
00:29:41
Soti ansanm ak tout bèt yo:00:29:43
00:29:43
bèt ki konn vole yo,00:29:45
00:29:45
lòt kalite bèt yo ak bèt ki rale
sou vant sou tè a,00:29:49
00:29:49
pou yo ka peple tè a,00:29:51
00:29:51
pou yo ka fè pitit e pou yo ka
vin anpil sou tè a.’00:29:55
00:29:55
Lè sa a, Noye soti, ansanm ak
pitit gason l yo,00:29:59
00:29:59
madanm li ak madanm
pitit gason l yo.00:30:03
00:30:03
Tout bèt ki vivan, tout bèt ki
rale sou vant,00:30:06
00:30:06
tout bèt ki konn vole, tout bèt
k ap fè mouvman sou tè a00:30:09
00:30:09
te soti nan lach la, selon
kalite bèt yo ye.00:30:13
00:30:13
Apre sa, Noye fè yon lotèl
pou Jewova,00:30:16
00:30:17
li pran kèk nan tout bèt
ki pwòp yo00:30:18
00:30:19
ak kèk nan tout bèt ki konn
vole ki pwòp yo00:30:22
00:30:22
e li boule yo nèt kòm sakrifis
sou lotèl la.00:30:25
00:30:25
Lè sa a, Jewova te kòmanse pran
yon bon sant ki te fè l plezi.00:30:29
00:30:29
Se sa k fè Jewova te di nan kè l:00:30:31
00:30:33
‘Mwen pap janm lage malediksyon
sou tè a ankò akoz sa lòm fè,00:30:37
00:30:37
paske tandans lòm gen nan kè l
se fè sa k mal depi l toupiti.00:30:42
00:30:42
E mwen pap janm detwi tout sa ki
vivan ankò jan m sot fè a.00:30:47
00:30:47
Apati kounye a, tè a pap janm
sispann gen semans ak rekòt,00:30:53
00:30:53
fredi ak chalè, lete ak livè,
lajounen ak lannuit.’00:30:58
00:31:02
Piske pijon an pa t retounen,00:31:04
00:31:05
Noye te dekouvri yon pati
nan lach la.00:31:08
00:31:09
Kounye a, Noye wè pifò tè a
te vin sèch.00:31:12
00:31:13
Petèt, li te wè gen ti plant ki
kòmanse pouse k ap bay flè,00:31:17
00:31:17
yon fason sa pa t janm fèt anvan
delij la lè tè a te modi.00:31:22
00:31:23
Noye te kontinye tann pou
Jewova di l sa pou l fè.00:31:27
00:31:29
Lè lè a te rive, Jewova
te ba l lòd:00:31:32
00:31:33
“Soti nan lach la.”00:31:34
00:31:35
Anfen!00:31:36
00:31:38
Ala kontan yo te kontan
jou sa a!00:31:41
00:31:42
Yo te gentan fe 370 jou
nan lach la.00:31:45
00:31:46
Imajine fanmi Noye k ap
soti nan lach la,00:31:49
00:31:49
tout moun ap ri, y ap
respire yon lòt lè,00:31:52
00:31:53
yo pa ka tann pou yo
rekòmanse lavi yo.00:31:55
00:31:56
Bèt yo te soti tou,00:31:58
00:31:59
e tout fanmi Noye t ap
gade ki jan00:32:00
00:32:00
chak bèt t ap pran wout pa l.00:32:02
00:32:04
Gen bèt ki te pwòch yo,00:32:05
00:32:05
men, kounye a, yo oblije separe,
yo te kontan yo lib.00:32:09
00:32:10
Pa t gen okenn zanj ki te
pran kò moun.00:32:13
00:32:13
Okenn Nefilim!00:32:15
00:32:15
Pa t gen okenn moun mechan.00:32:17
00:32:18
Siman, yo tout t ap di:
Mèsi Jewova!00:32:22
00:32:23
Noye pa t pèdi tan, li te
bati yon lotèl,00:32:27
00:32:27
li te fe sakrifis pou Jewova.00:32:29
00:32:29
E sa te fè Jewova plezi.00:32:32
00:32:33
Jewova te bay fanmi Noye
asirans li pap janm detwi00:32:38
00:32:38
tout sa ki vivan sou tè a ankò.00:32:40
00:32:41
Men l te fè plis pase sa.00:32:43
00:32:44
Li te fè yon alyans ak Noye
ansanm ak pitit li yo,00:32:48
00:32:48
li te menm ba yo yon siy e
nou ka wè siy sa tou.00:32:52
00:32:53
Annou li istwa sa a
nan Jenèz 9,00:32:56
00:32:57
n ap kòmanse ak vèsè 8:00:32:59
00:33:00
“Apre sa, Bondye di Noye
ak pitit gason l yo:00:33:04
00:33:04
‘Kounye a, m ap fè yon
alyans avèk nou00:33:07
00:33:08
ansanm ak desandan n ap
vin genyen yo,00:33:10
00:33:10
e avèk tout bèt vivan ki
ansanm avèk nou,00:33:13
00:33:13
zwazo yo, bèt ki viv
bò kote moun yo00:33:16
00:33:17
ak tout lòt bèt k ap viv sou
tè a ansanm avèk nou,00:33:19
00:33:19
ansanm ak tout bèt sa yo
ki soti nan lach la,00:33:22
00:33:22
sa vle di tout bèt ki
gen sou tè a.00:33:25
00:33:26
Men alyans mwen fè avèk nou:00:33:28
00:33:28
Mwen pap janm detwi tout bèt00:33:30
00:33:30
ansanm ak tout moun nan
yon delij ankò,00:33:33
00:33:33
e mwen pap janm fè yon delij
pou ravaje tè a ankò.’00:33:37
00:33:37
Ansuit, Bondye di:00:33:39
00:33:39
‘Men siy pou alyans mwen
fè ak nou an00:33:42
00:33:42
e avèk tout bèt vivan ki
ansanm avèk nou,00:33:45
00:33:45
yon alyans k ap rete nan tout
jenerasyon k ap vini yo:00:33:49
00:33:50
Mwen mete lakansyèl mwen
nan nyaj yo,00:33:52
00:33:53
e l ap sèvi kòm siy pou alyans
mwen fè ak tè a.00:33:57
00:33:57
Nenpòt lè mwen fè yon nyaj
parèt nan syèl la,00:34:01
00:34:01
lakansyèl la ap parèt
nan nyaj la.00:34:04
00:34:05
Epi, san mank, m ap sonje
alyans mwen fè ak nou an00:34:09
00:34:09
e avèk tout moun ak tout bèt.00:34:12
00:34:14
Pap janm gen yon delij dlo ankò
pou detwi tout moun ak tout bèt.00:34:19
00:34:20
Lè lakansyèl la parèt nan nyaj yo,00:34:22
00:34:23
m ap wè l san mank e m ap sonje
alyans ki la pou toutan an00:34:28
00:34:28
mwen fè ak tout moun ansanm
ak tout bèt sou tè a.’”00:34:32
00:34:34
Siy Jewova te bay la
te yon mèvèy!00:34:38
00:34:39
Chak lakansyèl t ap fè Bondye
ak lèzòm sonje alyans sa a.00:34:45
00:34:45
Siman, Noye ak fanmi l te
ret bouch ouvè00:34:49
00:34:49
lè yo wè tout bèl koulè
lakansyèl la:00:34:52
00:34:52
vyolèt, ble digo, ble syèl,
vèt, jón, oranj ak wouj!00:34:58
00:35:00
Pap janm gen yon delij pou
ravaje tè a ankò.00:35:05
00:35:06
Jewova pap janm tolere
mechanste pou toutan.00:35:10
00:35:12
Annou li pawòl apot Pyè te ekri.00:35:15
00:35:15
Tanpri, ouvri Bib nou nan
2 Pyè 2:5.00:35:20
00:35:21
“E li [Bondye] pa t ezite pini
yon monn nan tan lontan,00:35:26
00:35:26
men li te fè Noye, yon moun
ki t ap preche sa ki jis,00:35:30
00:35:30
rete an vi ansanm ak
sèt lòt moun00:35:33
00:35:33
lè l te fè yon delij vini
sou yon monn00:35:36
00:35:36
kote moun yo pa t gen
respè pou Bondye.”00:35:38
00:35:41
Epòk n ap viv jodi a sanble ak
epòk anvan delij la.00:35:46
00:35:46
Gen anpil vyolans e moun yo fè
tout kalite bagay Jewova rayi.00:35:52
00:35:54
Moun yo okipe nan aktivite
y ap mennen chak jou,00:35:57
00:35:57
e yo pa enterese nan mesaj n ap
preche ki ka sove lavi yo.00:36:03
00:36:05
Moun k ap pase sèvitè Bondye
nan betiz kontinye di:00:36:09
00:36:09
“Kote prezans li a li te
pwomèt la?00:36:12
00:36:12
Tout bagay rete egzakteman
jan yo te ye00:36:15
00:36:15
depi nan kòmansman
kreyasyon an.”00:36:17
00:36:19
Se pa vre!00:36:21
00:36:22
Jewova te detwi mechan yo
nan epòk Noye a,00:36:26
00:36:26
e l pral fè sa ankò.00:36:28
00:36:29
Menm jan ak Noye, moun ki
fidèl yo ap sove.00:36:33
00:36:34
Men asirans Pawòl
Bondye a ban nou:00:36:37
00:36:37
“Jewova konnen ki jan
pou l delivre moun00:36:40
00:36:40
ki gen atachman pou li yo
anba eprèv,00:36:43
00:36:43
men, li konnen ki jan pou l
rezève moun ki enjis yo00:36:46
00:36:46
pou jou jijman an pou l detwi yo.”00:36:49
00:36:51
Jewova ap fè tè a vin yon paradi
jan l te vle sa okòmansman.00:36:57
00:36:58
Se bon moun sèlman k ap
viv nan paradi a.00:37:01
00:37:01
Pap gen pèsonn moun k ap
opoze ak Jewova.00:37:05
00:37:05
E ki jan sa pral ye pou demon yo?00:37:08
00:37:09
Lè delij la te fèt sou tè a
nan epòk Noye a,00:37:13
00:37:13
zanj ki te rebèl yo te kite
kò moun yo te pran yo00:37:16
00:37:16
e yo te retounen nan syèl la.00:37:18
00:37:18
Yo te tou wont.00:37:19
00:37:21
Epoutan, demon sa yo kontinye
gen move enfliyans00:37:25
00:37:25
sou moun k ap viv sou tè a
menm nan epòk nou an.00:37:28
00:37:29
Men, lè Jewova pral aji ankò,00:37:31
00:37:31
demon yo ak chèf yo a, Satan,
ap pèdi pouvwa yo.00:37:37
00:37:40
Ebre 11:7 di:00:37:42
00:37:43
“Grasa lafwa Noye te genyen,00:37:45
00:37:45
apre Bondye te fin avèti l00:37:47
00:37:47
konsènan bagay moun
potko wè,00:37:49
00:37:49
li te demontre li gen krent
pou Bondye,00:37:51
00:37:51
e li te konstwi yon lach pou l
sove moun lakay li.”00:37:55
00:37:55
Lafwa te pouse Noye
obeyi Jewova.00:37:59
00:37:59
Se sa k fè, li menm ak fanmi l,
pa t mouri nan delij la.00:38:03
00:38:04
Lavi Noye te long anpil,
anviwon 950 an.00:38:09
00:38:10
Lè Bondye resisite gason
fidèl sa a,00:38:13
00:38:13
l ap gen posiblite pou l
viv pou toutan.00:38:17
00:38:19
Si nou gen lafwa menm jan ak
Noye e nou obeyi Jewova,00:38:22
00:38:22
nou menm tou,00:38:23
00:38:24
n ap ka mache ak Jewova
antanke zanmi nou,00:38:27
00:38:27
e n ap ret zanmi l pou
toutan gen tan!00:38:32
Noye — Lafwa te pouse l obeyi
-
Noye — Lafwa te pouse l obeyi
Twa jou anvan yo te
touye Jezi,
disip li yo te poze l
yon kesyon
ki gen anpil enpòtans
pou nou tout jodi a.
Yo mande Jezi:
“Ki siy k ap siy prezans ou
e k ap siy fen sistèm nan?”
Kòm repons, Jezi te ba yo
yon pwofesi
ki montre sa k pral pase
anvan monn nouvo a rive.
T ap gen lagè, tranblemanntè,
rate manje, ak epidemi.
Epi, Jezi di:
“Paske, menm jan nan epòk
anvan delij la,
moun yo t ap manje,
yo t ap bwè,
mesye yo t ap marye e moun
t ap marye pitit fi yo,
jiskaske jou pou Noye antre
nan lach la rive,
yo pa t remake anyen
jiskaske delij la vini
e li pote yo tout ale,
se konsa prezans Pitit
lòm nan ap ye.”
Pawòl Jezi yo montre
Noye se yon moun ki te
egziste toutbonvre
e delij la se yon bagay ki
te rive toutbonvre.
E se yon avètisman ki montre
epòk anvan delij la
t ap sanble tèt koupe ak
epòk n ap viv la.
Donk, li enpòtan pou n byen
egzamine sa k te rive
nan epòk Noye a pou n wè ki
leson nou ka aprann nan sa.
Nan kòmansman liv Jenèz la,
n ap wè ki jan lavi a te ye
kèk syèk anvan epòk Noye a,
apre Bondye te fin mete Adan e
Èv deyò nan jaden Edenn nan.
Tout moun te pale menm lang,
e petèt, yo te deja aprann ekri.
Yo te bati yon vil, petèt,
plizyè vil.
Yo te gentan konn travay metal
tankou kuiv avèk fè.
Yo te gentan fè enstriman mizik
tankou hap avèk flit.
E piske yo pa t fèt twò lontan
apre Adan e Èv ki te pafè,
yo te viv anpil anpil ane,
menm plizyè santèn ane.
Men, bagay yo pa t anfòm.
Moun yo te vire do bay Jewova.
Kòm rezilta, yo te renmen
vyolans ak imoralite.
Sa te tèlman grav, Jewova te fè
yon moun ki jis ki rele Enòk,
ki te fèt 600 an apre Adan,
anonse Jewova pap tolere
pou toutan
yon monn ki mechan e ki rebèl.
Bondye pral detwi moun ki
pa gen respè pou li yo.
Sa klè, mechan nan epòk Enòk yo,
yo pa t renmen mesaj li a.
Yo te rayi Enòk.
Petèt, yo te eseye touye l.
Enòk te gentan mouri lè
pwofesi sa a te reyalize.
Sisanzan te gentan pase.
Rive lè sa a, bagay yo te vin
pi mal toujou sou tè a.
M envite nou li Jenèz 6:1-7:
“Twouve, lè lèzòm te kòmanse
vin anpil sou tè a e yo te
gen pitit fi,
gen yon seri pitit vrè Dye a
ki te kòmanse wè pitit fi
lèzòm yo bèl.
Konsa, yo te kòmanse
chwazi tout fi yo te vle
pou vin madanm yo.
Epi, Jewova di:
“Mwen pap sipòte lòm nètale,
paske se chè li ye.
Se sa k fè kantite jou l yo
ap rive 120 an.”
“Te gen Nefilim sou tè a
nan epòk sa a,
e yo te la pandan yon tan.
Nan epòk sa a, pitit vrè Dye a
te genyen yo te kontinye
antre nan relasyon ak pitit fi
lèzòm yo e yo te fè pitit ak yo.
Pitit sa yo ki t ap viv
nan tan lontan
se te yon seri jeyan e tout
moun te konnen yo.”
“Konsa, Jewova te wè lèzòm t ap fè
anpil mechanste sou tè a,
e tout tandans ki te nan kè yo
se fè sa ki mal toutan.
Jewova te regrèt li te fè lèzòm
met sou tè a, e li te tris.
Se poutèt sa Jewova te di:
“M ap detwi moun mwen te
kreye sou tè a.
M ap detwi ni moun, ni bèt
ki viv bò kote moun,
ni bèt k ap rale sou vant,
ni bèt k ap vole nan syèl la,
paske mwen regrèt
mwen te fè yo.”
Nan epòk sa a, gen zanj nan
syèl la ki te wè
bèl medam ki te gen sou tè a.
Yo te vin vrèman anvi gen
relasyon seksyèl avèk yo.
Zanj sa yo te vire do bay Bondye,
lè yo te vin sou tè a,
yo pran yon kò moun pou ye te ka
gen relasyon seksyèl ak medam yo.
Yo te vin tounen demon
ki egoyis e ki mechan.
Petèt, yo te atiran, yo te
entèlijan, yo te bèl,
yo te gen pouvwa moun
pa t genyen.
Siman, medam yo te
damou zanj sa yo.
Sitou medam ki pa t gen okenn
lanmou pou Bondye.
Petèt, gen medam se vyole
zanj yo te vyole yo.
Antouka, zanj yo te pran tout fi
yo te vle pou madanm yo.
Pa t gen pèsonn nan epòk sa a
ki te ka anpeche demon yo aji.
Zanj mechan sa yo te lakòz
moun yo pèdi pitit fi yo,
sè yo, e menm madanm yo.
Medam yo te vin ansent, e yo te
fè yon seri pitit gason.
Men, pitit yo te fè yo pa t
tankou tout timoun.
Yo te gen plis fòs, yo te
sovaj, yo te agresif,
yo te mechan, yo te
vrèman vyolan!
Yo te grandi ak menm defo sa yo.
Yo te vin gran gason e pa t gen
pèsonn ki te mechan tankou yo.
Yo te rele yo Nefilim.
Petèt, sa vle di:
“Moun k ap lage moun atè.”
E moun te pè yo!
Menm jan ak papa yo,
Nefilim yo pa t gen okenn
lanmou pou Bondye.
Yo te vle moun konnen yo
kòm moun ki gen anpil fòs
e ki mechan.
Zanj ki te pran kò moun yo ak
pitit mechan yo vin genyen yo
te domine monn nan
nan epòk la.
E moun te konn imite yo.
Jewova te wè lèzòm t ap fè
anpil mechanste.
E Jewova te wè:
“Tout tandans ki te nan kè yo
se fè sa ki mal toutan.”
Siman, Satan te kontan wè jan
pifò moun te vire do bay Jewova.
Yo te vin pi mal chak jou.
Men, pami moun deprave sa yo,
te gen yon moun ki te fidèl
ak Jewova.
Ann wè sa Bib la di de Noye
nan Jenèz 6, apati vèsè 8.
“Men, Noye te gen favè Jewova.
Men kèk bagay ki te pase
nan lavi Noye.
Noye se te yon moun ki jis.
Li te yon moun ki te
san repwòch
pami moun ki tap viv
nan epòk li a.
Noye t ap mache avèk
vrè Dye a.
Rive yon lè, Noye te vin gen
twa pitit gason:
Sèm, Kam ak Jafèt.
Vrè Dye a te wè moun sou tè a
te fin kòwonpi
e tè a te chaje ak vyolans.
Lè Bondye te gade tè a, li te wè
moun yo fin kòwonpi.
Tout moun sou tè a t ap aji
yon fason ki pa bon menm.”
Gen moun sou tè a ki di
Noye pa t yon moun ki te
egziste vre.
E istwa lach la, delij la,
se lejann, se blag yo ye!
Ekriven biblik la te konnen
Noye te yon moun reyèl e
delij la te rive toutbon.
Pwofèt Ezayi ak pwofèt Ezekyèl
te pale de Noye.
Esdras te ekri 1 Kwonik, e Lik
te ekri youn nan levanjil yo.
Toulede te site Noye nan liy
fanmi yo te konpile yo.
Apot Pyè ak apot Pòl te konfime
delij la se yon evènman
ki te rive vre.
Jan n te di sa deja,
Pitit Bondye a menm te konfime
Noye te yon moun reyèl,
e delij la te rive toutbon.
Noye te gen yon lafwa
estrawòdinè.
Li t ap viv nan yon monn mechan,
yon monn ki chaje ak zanj
ki te pran kò moun,
ak pitit yo ki te mechan,
ak yon pakèt moun ki pa gen
respè pou Bondye.
Noye pa t gen tout sa n
gen jodi a
ki ede n gen yon lafwa solid.
Li pa t gen yon Bib ki t ap
ede l renmen Jewova,
epi konprann prensip li yo.
Li pa t gen egzanp gason ak fi
ki te fidèl ki te egziste apre yo.
E Noye pa t nan yon
kongregasyon ki chaje
frè ak sè pou ankouraje l
e pou fòtifye lafwa l.
Men, sa l te konnen yo te sifi.
Li te konn sa k te rive nan
jaden Edenn nan,
li te wè move konsekans
sa te bay.
Li te wè moun yo grandi,
epi yo mouri.
Li te konnen Bondye
te bare wout
ki mennen nan jaden an,
e pa deyò jaden an te modi.
Li te konprann pwofesi aryè
granpè l, Enòk, te bay la.
Noye te konnen non papa l,
Lamèk, te ba li a te ka vle di:
“Repo oubyen konsolasyon.”
Paske jan papa l te anonse sa,
li t ap “pote konsolasyon pou nou
nan travay di n ap fè ak
nan mizè n ap pase
akoz Jewova te lage
malediksyon sou tè a”.
Siman, Noye te poze tèt li anpil
kesyon sou pwofesi sa yo.
Ki jan l t apral pote konsolasyon?
Ki jan e ki lè Bondye t apral pini
mechan ki te toutotou l yo?
Noye te fè plizyè santèn ane
ap priye epi reflechi.
Distans pou Noye te vin gen
plis pase 500 an,
li te marye, li te gen yon fanmi,
ak twa pitit gason.
Malgre li t ap viv nan yon
monn ki mechan,
Noye te fidèl ak Bondye.
E li te ede fanmi l fè
menm bagay la.
E Jewova te bay yon mesaj
ki te fè Noye sezi anpil.
Annou kontinye lekti nou an
nan Jenèz 6:13:
“Apre sa, Bondye di Noye:
“Mwen deside detwi tout moun,
paske yo fè tè a chaje ak vyolans.
Se poutèt sa m ap detwi yo
e m ap ravaje tè a.
Fè yon lach ak bwa gra.
W ap fè plizyè chanm
nan lach la
epi w ap kouvri l ak goudwon
anndan kou deyò.
Men ki jan w dwe fè lach la.
Li dwe gen 300 koude longè,
50 koude lajè ak 30 koude wotè.
W ap fè yon fenèt pou limyè
antre nan lach la,
l ap mezire yon koude soti
nan tèt lach la.
Ou dwe fè yon pòt
arebò lach la.
Lach la dwe gen yon
premye etaj,
yon dezyèm etaj ak yon
twazyèm etaj.
Mwen menm, m ap detwi tout
sa ki gen souf lavi a nan yo
anba syèl la nan yon delij
m ap fè sou tè a.
Tout sa k sou tè a ap peri.
M ap fè yon alyans avè w.
Ou dwe antre nan lach la
ansanm ak pitit gason w yo,
madanm ou ak madanm
pitit gason w yo.
Ou dwe fè de nan tout kalite
bèt antre nan lach la,
yon mal ak yon femèl,
yon fason pou yo ka rete
vivan ansanm avè w,
ni bèt ki ka vole, selon
gwoup yo ye a,
ni bèt ki viv bò kot moun,
selon gwoup yo ye a,
ak tout kalite bèt ki rale sou
vant, selon gwoup yo ye a.
De nan chak bèt sa yo ap
antre nan lach la
pou yo ka rete vivan.
Ou dwe ranmase tout
kalite manje,
ni pou ou ni pou bèt yo.”
“Noye te fè tout sa Bondye
te ba l lòd fè.
Se egzakteman sa l te fè.”
Noye te fè anpil tan
ap mande tèt li:
Ki jan Bondye t apral fè detwi
moun mechan sa yo?
Kounye a, li konnen.
Gen yon gwo delij ki pral
frape tè a.
Epitou, Noye te konnen ki sa
li menm ak fanmi l te dwe fè.
Lavi sou tè a te depann
de Noye.
Siman, li te santi sa
twòp pou li!
Lach la t ap gwo anpil.
Kounye a, Noye te dwe ap
poze tèt li lòt kesyon.
Pyebwa?
Yo te dwe koupe yon
pakèt pyebwa.
Epi, prepare yo pou yo
fè lach la.
Ki jan l t ap fè fè sa?
Ki jan l t ap fè rasanble
tout kalite bèt sa yo?
Ki jan l t ap fè rasanble manje
ni pou bèt yo, ni pou fanmi l?
Bon, e vwazen l yo, ki pa t gen
okenn respè pou Bondye,
Ki sa yo t ap panse?
Noye te konnen sa k te
rive moun ki jis
ki te egziste anvan l yo.
Kayen te touye frè l la, Abèl.
E sanble lavi Enòk te
tèlman an danje
akoz mechan ki te dèyè touye l,
Bondye te oblije rakousi lavi Enòk,
pou mechan yo pa t touye l.
Moun yo te wè sa Noye t ap fè
e yo te vin konn rezon
ki fè l t ap fè sa.
Moun sa yo ki te san respè
pou Bondye
te ka fè vyolans sou li
tankou Nefilim yo.
Aktout sa, Noye te fè
Jewova konfyans,
yo te kòmanse travay.
Li te fè tout sa Bondye
te ba l lòd fè.
Sa te pran anpil tan pou Noye
konstwi lach la ak fanmi l,
petèt, 40 oswa 50 an.
Siman, yo te jwenn pwoblèm.
Men, Bib la pa di Noye
te plenyen.
Pèsonn pa t ede fanmi Noye.
Sonje Jezi Kris ki te di:
“Moun yo pa t remake anyen
jiskaske delij la vini e li
pote yo tout ale”.
Nòmalman, moun yo te wè
Noye t ap bati yon lach.
Siman, vwazen yo te mande l:
“Men poukisa w ap fè yon
gwo konstriksyon konsa?”
E Noye te esplike yo pou ki sa
l ap konstwi lach la.
Men, moun nan epòk Noye yo
pa t remake Jewova
te beni Noye
ak konstriksyon l t ap fè a.
Yo pa t konprann lavi yo te
depann de konstriksyon sa a.
Men, moun yo te plis okipe
nan aktivite yo t ap mennen
chak jou yo.
Yo t ap manje, yo t ap bwè,
yo t ap marye,
se bagay sa ki te plis
enterese yo.
Pou moun sa yo ki te san
respè pou Bondye,
Noye ak fanmi l te tankou
moun fou, moun sòt.
Tout moun te konn
pase yo nan rizib.
E petèt, yo te konn menase yo.
Anfen, lach la te fini.
Nou ka imajine Noye
ak fanmi l
ki santi yo fyè lè y ap
gade lach la.
Yo sonje jan Bondye te ede yo.
Jewova toujou bay pèp li
direksyon nan bon moman.
Kounye a, Jewova pale
ankò ak Noye.
Ann li Jenèz 7.
N ap kòmanse ak vèsè 1 an:
“Apre sa, Jewova di Noye:
“Antre nan lach la, ou menm
ak tout moun lakay ou,
paske se ou mwen wè ki jis nan
mitan jenerasyon sa a.
Ou dwe pran sèt nan tout kalite
bèt ki pwòp yo,
yon mal ak yon femèl,
e nan tout kalite bèt ki
pa pwòp yo,
ou dwe pran sèlman de nan
chak, yon mal ak yon femèl,
epi, ou dwe pran tou sèt nan
bèt k ap vole nan syèl la,
mal ak femèl, pou yo ka
kontinye viv
e pou pitit yo ka fè pitit
sou tout tè a.
Paske nan sèt jou ankò,
m ap fè lapli tonbe sou tè a
pandan 40 jou ak 40 nuit.
M ap detwi tout sa mwen te fè
k ap viv sou tè a.”
“E Noye te fè tout sa Jewova
te ba l lòd fè.”
Pa t gen okenn tan pou pèdi.
Te gen travay ijan pou yo fè.
Te manke 7 jou pou
lapli a tonbe.
Noye te dwe mete bèt yo,
anpil bèt, anndan lach la.
Li te dwe pwoteje
pwovizyon yo.
Noye te koute e li te obeyi.
Sa fè dezyèm fwa nan
istwa sa a,
Bib la di Noye te fè tout sa
Jewova te ba l lòd fè.
Tanpri, annou li Jenèz 7:6.
“Noye te gen 600 an lè
delij la te fèt sou tè a.
Noye ansanm ak pitit
gason l yo,
madanm li ak madanm
pitit gason l yo
te antre nan lach la anvan
delij la te kòmanse.
Tout kalite bèt ki pwòp,
tout kalite bèt ki pa pwòp,
tout kalite bèt ki konn vole
ak tout kalite bèt k ap
deplase sou tè a,
yo tout te antre nan lach la
al jwenn Noye de pa de,
mal ak femèl, jan Bondye
te bay Noye lòd fè sa.
Sèt jou apre, delij la te
fèt sou tè a.
Nan ane ki te fè Noye 600 an,
nan dezyèm mwa a,
17yèm jou nan mwa a,
nan jou sa a,
tout sous dlo nan syèl la te pete
e tout vàn dlo nan syèl la te ouvri.
Lapli te vide sou tè a pandan
40 jou ak 40 nuit.
Se jou sa a menm Noye
te antre nan lach la
ansanm ak pitit gason l yo,
Sèm, Kam ak Jafèt,
madanm Noye ansanm ak
madanm twa pitit gason l yo.
Yo te antre ansanm ak
tout kalite bèt nan bwa,
selon gwoup yo ye a,
tout kalite bèt ki viv bò kot moun,
selon gwoup yo ye a,
tout kalite bèt k ap rale sou
vant ki sou tè a,
selon gwoup yo ye a,
tout kalite bèt k ap vole,
selon gwoup yo ye a,
tout kalite zwazo ak tout
kalite bèt ki gen zèl.
Tout bèt sa yo ki gen
souf lavi a nan yo
te kontinye antre al jwenn Noye
anndan lach la de pa de.
Se konsa yo te antre nan lach la,
ni mal ni femèl nan tout kalite bèt,
jan Bondye te bay Noye lòd fè sa.
Apre sa, Jewova te fèmen pòt la.
Dlo te kontinye tonbe pandan
40 jou sou tè a.
Dlo a te kontinye monte, li te
kòmanse ale ak lach la,
e lach la t ap flote byen wo
sou dlo ki te sou tè a.
Dlo a te vin anpil e li te kontinye
ap monte pi plis toujou sou tè a,
men lach la t ap flote sou dlo a.
Tè a te tèlman kouvri ak dlo,
tout gwo tèt mòn sou tout tè a
te kouvri ak dlo.
Dlo te monte rive prèske
15 koude anlè tèt mòn yo.
“Konsa, tout sa ki t ap viv ki t ap
fè mouvman sou tè a te peri:
bèt ki konn vole, bèt ki
viv bò kot moun,
bèt nan bwa, tout ti bèt ki viv
an gwoup yo ak tout moun yo.
Tout sa ki te sou tè sèk e ki te
gen souf lavi a nan yo te mouri.
Konsa, Bondye te detwi tout sa
ki t ap viv sou tè a,
sa vle di moun, zannimo,
bèt ki rale sou vant
ak bèt k ap vole nan syèl la.
Yo tout te peri sou tè a.
Se sèl Noye ak sila yo
ki te ansanm avè l
anndan lach la ki te chape.
Dlo te kontinye kouvri tè a
pandan 150 jou.”
Si Noye t ap mande tèt li:
Ki jan l pral fè rasanble
tout bèt sa yo?
Kounye a li konnen.
Bèt yo t ap vin jwenn li.
Jewova t ap mennen yo ba li.
Noye pa t gen pou l al chèche
bèt yo, yo t al jwenn li.
Tout kalite bèt, genyen ki te
vini pa 7, genyen se 2 pa 2.
Imajine sa!
Plizyè santèn bèt!
Genyen k ap mache,
genyen k ap ranpe,
tout ap antre nan lach la!
Nou ka imajine fanmi Noye
k ap ranje kote
pou yo mete tout bèt sa yo.
Y ap pase men sou kèk nan bèt ki
gen plim yo pandan y ap pase,
toutpandan y ap evite bèt
ki gen plim rèd yo
ak sa ki gen pikan sou yo.
E yo te asire yo yo retire kò yo
sou wout gwo bèt yo lè y ap pase.
Zwazo yo te antre tou.
Yo t ap vole tou ba
pou yo antre.
Nou ka imajine koulè bèt yo,
sant yo, bri yo t ap fè!
Siman, Noye ak fanmi l
te oblije pale fò
pou vwa yo kouvri bri
tout bèt sa yo.
Lè yo tout te fin antre
nan lach la,
Jewova te fèmen pòt la.
Èske w ka imajine fanmi Noye
ki reyini ansanm anndan lach la,
y ap koute, y ap fè efò
pou yo byen tande?
Epi, yo vin gen lapli!
Petèt, lapli a te kòmanse
farinen toupiti.
Apre sa, li te fè yon gwo lapli.
Lapli a te fò anpil.
Sa yo t ap tann depi byen
lontan an resi rive!
Yo te fatige, yo te faya.
Men, sanble pèsonn pa t dòmi
jou swa sa a.
Yo te dwe gade ki jan bèt yo ye.
Lapli a t ap fè anpil bri, e se pa
ti priye yo te priye!
Èske yo t ap panse ak moun
ki te deyò lach yo?
Sandout!
Yo te konnen gen moun deyò a.
Yo te konn preche yo.
Anpil ladan yo se te fanmi yo.
Ala sa te tris pou yo!
Menm jan ak Jewova,
Noye pa pran plezi nan
lanmò mechan yo.
Li te tris lè l te wè tout moun
ki pèdi lavi yo.
Men, gen yon bagay
Noye te konnen.
Li te bay moun ki mouri yo
bonjan avètisman.
Menmsi yo pa t wè lach la
ak de je yo,
yo te tande pale de li.
Yo te konn pou ki sa Noye
te fè lach la.
Men, kounye a li te
twò ta pou yo.
Jewova te fèmen pòt la.
Noye ak fanmi l t ap tande
jan lapli t ap tonbe san rete
sou lach la.
Gen yon bagay ki te pase,
yo pa t ap janm bliye l.
Lach la te bouje!
Yo te santi gwo mas bwa sa a
ap kite tè a.
Li t ap flote!
Kè yo t ap bat fò, li t ap bat vit!
Èske lach la t ap ka kenbe?
Ann kontinye li nan Jenèz 8:1,
pou n wè sa k te rive annapre.
“Men, Bondye vin sonje Noye
ak tout bèt nan bwa
ak tout bèt ki viv bò kote moun
ki te ansanm ak Noye nan lach la,
e Bondye te fè yon van
soufle sou tè a,
epi dlo yo te kòmanse bese.
Sous dlo yo nan syèl la
ak vàn yo nan syèl la
te sispann bay dlo,
konsa lapli te sispann tonbe.
Lè sa a, dlo yo te kòmanse diminye,
tikras pa tikras, sou tè a.
Apre 150 jou, dlo yo te bese.
Nan setyèm mwa a,
17yèm jou nan mwa a,
lach la t al poze sou
Mòn Arara.
Dlo yo t ap bese san rete
jis nan dizyèm mwa a.
Nan dizyèm mwa a, premye
jou nan mwa a
tèt mòn yo te parèt.
Apre 40 jou, Noye ouvè fenèt
li te fè nan lach la.
Epi, li voye yon kaw deyò.
Kaw la te kontinye vole deyò a
e li te kontinye fè ale vini
nan lach la
jiskaske dlo yo te fin
seche sou tè a.
Annapre, li voye yon
pijon deyò a
pou l wè si dlo yo bese
sou tè a.
Pijon an pa t jwenn okenn
kote pou l poze,
li te retounen vin jwenn Noye
nan lach la
paske dlo te toujou kouvri
tout tè a.
Noye lonje men l, li pran l
met anndan lach la.
Li tann sèt jou pase ankò,
apre sa li voye pijon an
deyò lach la ankò.
Lè pijon an retounen vin
jwenn li nan aswè,
li wè pijon an gen yon
fèy oliv fre nan bèk li.
Se sa k fè Noye te konnen
dlo yo te bese sou tè a.
Li tann sèt lòt jou ankò, apre sa,
li voye pijon an deyò,
men pijon an pa t retounen
vin jwenn li fwa sa a.”
Pandan 40 jou ak 40 nuit,
gwo lapli sa a t ap
frape lach la.
Epi apre sa, lapli a
vin kanpe.
Imajine Noye ak fanmi l k ap
gade pa deyò lach la,
yo te wè dlo tout kote,
yo pa t wè tè a ditou.
Jewova te voye yon gwo van
e dlo a te kòmanse desann.
Finalman, 150 jou apre
delij la te kòmanse,
lach la te poze sou tè a.
Jou sa a te bay anpil kè kontan.
Èske yo te ka soti nan lach la?
Non.
Dlo a te dwe bese pi plis toujou.
Fanmi Noye te gen anpil travay
pou yo te fè nan lach la.
Yo te dwe pran swen bèt yo,
ba yo manje.
Aktout sa, Noye ak fanmi l
te anvi wè ki jan deyò a ye,
pou yo te ka soti nan konfinman,
pou yo te ka met pla
pye yo sou tè a.
Yo te bezwen gen pasyans.
Imajine fanmi Noye k ap
pase tan ansanm
e y ap pale sou ki sa yo pral fè
lè yo soti nan lach la.
Yo te tann 73 jou ankò,
anvan yo te wè tèt mòn yo.
Èske yo te ka soti nan
lach la kounye a?
Noye te gade nan fenèt la
e li te pran yon kaw pami
zwazo yo, li voye l deyò,
e kaw la te retounen.
Noye te mete kaw la
nan plas li.
Epi l chwazi yon pijon.
Pijon an ale, epi l retounen.
Paske l pa jwenn yon
branch bwa pou l poze.
Yon semèn apre, Noye te
voye yon pijon ankò.
E li te retounen ak yon
fèy oliv nan bèk li.
Sèt jou annapre, Noye
te voye pijon an ankò.
Men fwa sa a, li pa t retounen.
Sa k te pase annapre?
Ann kontinye li istwa a
nan Jenèz 8:13:
“Lè ki te fè Noye 601 an,
nan premye mwa a,
premye jou nan mwa a,
dlo yo te soti sou tè a.
Noye te dekouvri yon pati
nan tèt lach la,
epi li gade, li wè tè a sèch.
Nan dezyèm mwa a, 27yèm jou
nan mwa a, tè a te vin sèch nèt.
Lè sa a, Bondye di Noye:
‘Ou mèt soti nan lach la
ansanm ak madanm ou,
pitit gason w yo ak madanm
pitit gason w yo.
Soti ansanm ak tout bèt yo:
bèt ki konn vole yo,
lòt kalite bèt yo ak bèt ki rale
sou vant sou tè a,
pou yo ka peple tè a,
pou yo ka fè pitit e pou yo ka
vin anpil sou tè a.’
Lè sa a, Noye soti, ansanm ak
pitit gason l yo,
madanm li ak madanm
pitit gason l yo.
Tout bèt ki vivan, tout bèt ki
rale sou vant,
tout bèt ki konn vole, tout bèt
k ap fè mouvman sou tè a
te soti nan lach la, selon
kalite bèt yo ye.
Apre sa, Noye fè yon lotèl
pou Jewova,
li pran kèk nan tout bèt
ki pwòp yo
ak kèk nan tout bèt ki konn
vole ki pwòp yo
e li boule yo nèt kòm sakrifis
sou lotèl la.
Lè sa a, Jewova te kòmanse pran
yon bon sant ki te fè l plezi.
Se sa k fè Jewova te di nan kè l:
‘Mwen pap janm lage malediksyon
sou tè a ankò akoz sa lòm fè,
paske tandans lòm gen nan kè l
se fè sa k mal depi l toupiti.
E mwen pap janm detwi tout sa ki
vivan ankò jan m sot fè a.
Apati kounye a, tè a pap janm
sispann gen semans ak rekòt,
fredi ak chalè, lete ak livè,
lajounen ak lannuit.’
Piske pijon an pa t retounen,
Noye te dekouvri yon pati
nan lach la.
Kounye a, Noye wè pifò tè a
te vin sèch.
Petèt, li te wè gen ti plant ki
kòmanse pouse k ap bay flè,
yon fason sa pa t janm fèt anvan
delij la lè tè a te modi.
Noye te kontinye tann pou
Jewova di l sa pou l fè.
Lè lè a te rive, Jewova
te ba l lòd:
“Soti nan lach la.”
Anfen!
Ala kontan yo te kontan
jou sa a!
Yo te gentan fe 370 jou
nan lach la.
Imajine fanmi Noye k ap
soti nan lach la,
tout moun ap ri, y ap
respire yon lòt lè,
yo pa ka tann pou yo
rekòmanse lavi yo.
Bèt yo te soti tou,
e tout fanmi Noye t ap
gade ki jan
chak bèt t ap pran wout pa l.
Gen bèt ki te pwòch yo,
men, kounye a, yo oblije separe,
yo te kontan yo lib.
Pa t gen okenn zanj ki te
pran kò moun.
Okenn Nefilim!
Pa t gen okenn moun mechan.
Siman, yo tout t ap di:
Mèsi Jewova!
Noye pa t pèdi tan, li te
bati yon lotèl,
li te fe sakrifis pou Jewova.
E sa te fè Jewova plezi.
Jewova te bay fanmi Noye
asirans li pap janm detwi
tout sa ki vivan sou tè a ankò.
Men l te fè plis pase sa.
Li te fè yon alyans ak Noye
ansanm ak pitit li yo,
li te menm ba yo yon siy e
nou ka wè siy sa tou.
Annou li istwa sa a
nan Jenèz 9,
n ap kòmanse ak vèsè 8:
“Apre sa, Bondye di Noye
ak pitit gason l yo:
‘Kounye a, m ap fè yon
alyans avèk nou
ansanm ak desandan n ap
vin genyen yo,
e avèk tout bèt vivan ki
ansanm avèk nou,
zwazo yo, bèt ki viv
bò kote moun yo
ak tout lòt bèt k ap viv sou
tè a ansanm avèk nou,
ansanm ak tout bèt sa yo
ki soti nan lach la,
sa vle di tout bèt ki
gen sou tè a.
Men alyans mwen fè avèk nou:
Mwen pap janm detwi tout bèt
ansanm ak tout moun nan
yon delij ankò,
e mwen pap janm fè yon delij
pou ravaje tè a ankò.’
Ansuit, Bondye di:
‘Men siy pou alyans mwen
fè ak nou an
e avèk tout bèt vivan ki
ansanm avèk nou,
yon alyans k ap rete nan tout
jenerasyon k ap vini yo:
Mwen mete lakansyèl mwen
nan nyaj yo,
e l ap sèvi kòm siy pou alyans
mwen fè ak tè a.
Nenpòt lè mwen fè yon nyaj
parèt nan syèl la,
lakansyèl la ap parèt
nan nyaj la.
Epi, san mank, m ap sonje
alyans mwen fè ak nou an
e avèk tout moun ak tout bèt.
Pap janm gen yon delij dlo ankò
pou detwi tout moun ak tout bèt.
Lè lakansyèl la parèt nan nyaj yo,
m ap wè l san mank e m ap sonje
alyans ki la pou toutan an
mwen fè ak tout moun ansanm
ak tout bèt sou tè a.’”
Siy Jewova te bay la
te yon mèvèy!
Chak lakansyèl t ap fè Bondye
ak lèzòm sonje alyans sa a.
Siman, Noye ak fanmi l te
ret bouch ouvè
lè yo wè tout bèl koulè
lakansyèl la:
vyolèt, ble digo, ble syèl,
vèt, jón, oranj ak wouj!
Pap janm gen yon delij pou
ravaje tè a ankò.
Jewova pap janm tolere
mechanste pou toutan.
Annou li pawòl apot Pyè te ekri.
Tanpri, ouvri Bib nou nan
2 Pyè 2:5.
“E li [Bondye] pa t ezite pini
yon monn nan tan lontan,
men li te fè Noye, yon moun
ki t ap preche sa ki jis,
rete an vi ansanm ak
sèt lòt moun
lè l te fè yon delij vini
sou yon monn
kote moun yo pa t gen
respè pou Bondye.”
Epòk n ap viv jodi a sanble ak
epòk anvan delij la.
Gen anpil vyolans e moun yo fè
tout kalite bagay Jewova rayi.
Moun yo okipe nan aktivite
y ap mennen chak jou,
e yo pa enterese nan mesaj n ap
preche ki ka sove lavi yo.
Moun k ap pase sèvitè Bondye
nan betiz kontinye di:
“Kote prezans li a li te
pwomèt la?
Tout bagay rete egzakteman
jan yo te ye
depi nan kòmansman
kreyasyon an.”
Se pa vre!
Jewova te detwi mechan yo
nan epòk Noye a,
e l pral fè sa ankò.
Menm jan ak Noye, moun ki
fidèl yo ap sove.
Men asirans Pawòl
Bondye a ban nou:
“Jewova konnen ki jan
pou l delivre moun
ki gen atachman pou li yo
anba eprèv,
men, li konnen ki jan pou l
rezève moun ki enjis yo
pou jou jijman an pou l detwi yo.”
Jewova ap fè tè a vin yon paradi
jan l te vle sa okòmansman.
Se bon moun sèlman k ap
viv nan paradi a.
Pap gen pèsonn moun k ap
opoze ak Jewova.
E ki jan sa pral ye pou demon yo?
Lè delij la te fèt sou tè a
nan epòk Noye a,
zanj ki te rebèl yo te kite
kò moun yo te pran yo
e yo te retounen nan syèl la.
Yo te tou wont.
Epoutan, demon sa yo kontinye
gen move enfliyans
sou moun k ap viv sou tè a
menm nan epòk nou an.
Men, lè Jewova pral aji ankò,
demon yo ak chèf yo a, Satan,
ap pèdi pouvwa yo.
Ebre 11:7 di:
“Grasa lafwa Noye te genyen,
apre Bondye te fin avèti l
konsènan bagay moun
potko wè,
li te demontre li gen krent
pou Bondye,
e li te konstwi yon lach pou l
sove moun lakay li.”
Lafwa te pouse Noye
obeyi Jewova.
Se sa k fè, li menm ak fanmi l,
pa t mouri nan delij la.
Lavi Noye te long anpil,
anviwon 950 an.
Lè Bondye resisite gason
fidèl sa a,
l ap gen posiblite pou l
viv pou toutan.
Si nou gen lafwa menm jan ak
Noye e nou obeyi Jewova,
nou menm tou,
n ap ka mache ak Jewova
antanke zanmi nou,
e n ap ret zanmi l pou
toutan gen tan!
-