JW subtitle extractor

Epizòd 4: "Se pou sa mwen vini"

Video Other languages Share text Share link Show times

Epi, yo antre Kapènawòm.
Kou jou saba a kòmanse, li antre
nan sinagòg la e li kòmanse anseye.
Moun yo te ret bouch ouvè
devan fason l anseye,
paske li pa t anseye yo tankou
espè nan Lalwa yo,
men li te anseye yo avèk otorite.
Menm moman an, gen yon
mesye nan sinagòg la
ki te gen yon movèzespri sou li.
Pou nou ka sezi.
Ki rapò nou gen avè w,
Jezi, moun Nazarèt?
Èske w vini pou w detwi nou?
Mwen konnen trè byen
kiyès ou ye, ou se Sila a ki sen!
Pe bouch ou la!
Sot sou mesye a!
Epi, movèzespri a fè mesye a
tonbe kriz, li rele ak tout fòs li,
epi apre sa, li sot sou mesye a.
Ebyen, tout moun yo te tèlman sezi,
yo kòmanse pale sou sa youn ak lòt.
Sa sa ye la a?
Yon ansèyman ki nouvo!
Li pase menm movèzespri yo
lòd avèk otorite, e yo obeyi l.
Epi, menm kote a, yo gaye nouvèl
sou li tout kote nan tout zòn Galile.
Gad yon mirak.
Tousuit apre yo fin kite sinagòg la,
yo t al lakay Simon ak Andre.
Jak ak Jan t al
ansanm avèk yo.
Twouve, bèlmè Simon t ap
soufri anba yon gwo lafyèv.
Yo mande Jezi pou l fè
yon bagay pou li.
Li panche sou li...
Gwo lafyèv.
[…] li pase lafyèv la lòd [...]
Soti sou li.
[…] e lafyèv la tonbe.
Menm kote a, bèlmè a leve,
li resevwa yo.
Men, lè solèy la t apral kouche,
tout moun ki te gen moun yo
k ap soufri anba tout kalite maladi
te mennen malad sa yo ba li.
Anseyan, anseyan.
Anseyan, tanpri.
Anseyan!
Tanpri, vini non.
Anseyan, anseyan, anseyan.
Anseyan, vini non.
Anseyan ede nou tanpri!
Anseyan, tanpri, tanpri!
Anseyan, anseyan, anseyan.
Anseyan, anseyan, vini non!
Anseyan, anseyan!
Li poze men l sou yo
chak, li geri yo.
Dekwa pou pawòl pwofèt Ezayi a
te di a te ka reyalize, pawòl ki di:
“Li te pran maladi nou yo
e li te pote yo.”
Te gen demon tou ki
te soti sou anpil nan yo.
Yo t ap di:
Ou se Pitit Bondye a.
Pe bouch ou la.
Sot sou mesye a!
Men li menm, li te reprimande yo,
li pa t kite yo pale,
paske yo te konnen
li se Kris la.
Byen bonè nan maten,
pandan l te fè nwa toujou,
li leve, li sot deyò, l ale
nan yon zòn ki izole,
e pandan l la, li kòmanse priye.
Anseyan, anseyan.
Tanpri, soti.
Anseyan, tanpri, vini non!
Tanpri, tanpri, soti.
Tanpri, anseyan.
Anseyan, anseyan.
Aseyan soti, tanpri.
Vini non, anseyan.
Tanpri, soti.
Koti anseyan?
Kot anseyan an?
Tanpri, tanpri, kote li?
Tanpri, kote anseyan?
Kote anseyan an?
Men, Simon ak moun ki te
avè l yo al dèyè l, e yo jwenn li.
Tout moun ap chèche w.
Ann al lòt kote, nan bouk
ki toupre yo,
pou m ka preche nan zòn sa yo tou,
paske se pou sa mwen vini.
Apre sa, li mache nan tout Galile,
li t ap anseye nan sinagòg yo,
li t ap preche bon
nouvèl Wayòm nan
e li te geri tout kalite maladi ak tout
kalite enfimite pèp la te genyen.
Yo t ap pale de li nan tout Siri,
e moun yo te mennen tout moun
ki t ap soufri ak divès maladi
ak gwo doulè ba li,
moun ki te gen demon sou yo,
moun ki te gen malkadi ak
moun ki te paralize, epi li geri yo.
Soti sou li!
Ou libere.
Sa vin fè gen gwo foul moun
ki soti Galile, Dekapòl,
Jerizalèm, Jide ak pa lòtbò
Rivyè Jouden an ki vin suiv li.
Gen moun ki gen lèp!
Ki sa?
Rete lwen!
Kote w ap vin la a!
Rale kò w!
Rete lwen!
Rete lwen!
Kote w ap vin la a!
Retire kò w!
Ale!
Ale!
Pa vini!
Rete lwen!
Kote w ap vin la!
Nan zòn sa a, gen yon mesye
ki te gen lèp ki vin jwenn li,
mesye a menm met ajenou
pou l sipliye l.
Depi w vle, ou ka geri m.
Lè l wè sa,
kè l fè l mal pou li,
li lonje men l, li touche l.
Wi, mwen vle!
Ou geri.
Lamenm, lèp la disparèt
sou mesye a e li geri.
Apre sa, li voye l ale
tousuit e li pase l lòd.
Pinga w di pèsonn anyen,
men, al fè prèt la wè w,
epi bay sa Moyiz te bay lòd
pou moun bay la, piske w geri,
pou sa ka sèvi w kòm prèv.
Men, lè mesye a fin ale,
mesye a mache fè konn sa
e li gaye nouvèl la anpil.
Konsa, Jezi pa t kapab
antre alèz nan okenn vil,
men li te rete nan
zòn ki izole yo.
Epoutan, moun te kontinye
sot tout kote vin jwenn li.
Men, byen souvan, li te konn
ale nan zòn ki izole pou l priye.
Kèk jou apre, l al Kapènawòm ankò,
e moun yo vin aprann li lakay li.
Epi, anpil moun te vin rasanble.
Te tèlman gen moun, pa t gen kote
pou met moun ankò nan kay la,
menm bò pòt la
pa t gen plas ankò.
E li kòmanse preche yo pawòl la.
Twouve, gen kat mesye
ki te gen moun akonpaye yo
ki t ap pote yon mesye
paralize mennen ba li.
Men, yo pa t ka rive kot Jezi
avè l akoz foul moun ki te la yo.
Anverite m ap di nou sa:
Lè a rive kounye a, kote moun
ki mouri yo pral tande vwa...
[moun ki mouri yo...]
...se sa k fè yo retire yon pati nan
tèt kay la, pati ki te anlè tèt Jezi a,
yo fè yon twou,
epi yo file branka a desann ak
tout mesye ki paralize a sou li.
Demare l.
Lè Jezi wè jan yo gen lafwa,
li di mesye ki paralize a:
Pitit mwen, peche w yo padone.
Twouve, gen kèk espè nan Lalwa
ki te chita la ki t ap di nan kè yo:
Poukisa mesye sa a
ap pale konsa?
L ap blasfeme.
Èske se pa Bondye sèlman
ki ka padone peche?
Men, menm moman an, Jezi te wè
ki rezònman yo t ap fè nan kè yo.
Se sa k fè li di yo:
Poukisa n ap fè rezònman
sa yo nan kè nou?
Ki sa ki pi fasil pou m di
mesye ki paralize a:
‘Peche w yo padone’,
oswa: ‘Leve, pran
branka w la epi mache’?
Men, pou nou ka konnen
Pitit lòm nan gen pouvwa
pou l padone peche sou tè a.
Se mwen ki di w sa:
Leve, pran branka w la,
epi al lakay ou.
Lè sa a, mesye a leve,
menm kote a, li pran branka l la
e li mache sot deyò
devan tout moun yo.
Sa te fè yo tout sezi, yo t ap bay
Bondye glwa, yo t ap di:
“Nou pa janm wè
yon bagay konsa.”
Yon lòt fwa ankò,
li soti al bò lanmè a.
Tout foul moun yo te kontinye al
jwenn li, e li te kòmanse anseye yo.
Apre sa, pandan Jezi ap
kite kote l te ye a,
li wè yon mesye ki rele Matye ki chita
nan biwo kontribisyon an, epi li di l:
Vin suiv mwen.
Menm kote a,
mesye a leve, li suiv li.
Nan pita, Jezi t ap
manje lakay Levi,
e te gen anpil pèseptè ak
anpil moun k ap pratike peche
ki t ap manje ansanm
avè l ak disip li yo,
paske, te gen anpil
nan yo ki te vin ap suiv li.
Men, lè espè nan Lalwa ki te
Farizyen yo wè l ap manje
ak moun k ap pratike peche yo ak
pèseptè yo, yo te vin ap di disip li yo:
Apa l ap manje ak pèseptè ansanm
ak moun k ap pratike peche!
Se pa moun ki an sante ki
bezwen doktè, se moun ki malad.
Kidonk, al aprann sa sa vle di:
“Se mizèrikòd mwen vle,
se pa sakrifis.”
Mwen pa vin rele moun
ki jis pou yo repanti,
men se moun k ap pratike peche
mwen vin rele pou yo repanti.
Apre sa, disip Jan yo
vin kote l, e yo mande l:
Poukisa nou menm ak
Farizyen yo nou fè jèn,
men disip pa w yo pa fè jèn?
Toutotan lemarye a la
avèk zanmi l yo,
yo pa gen okenn rezon
pou yo nan lapenn, pa vre?
Moun ki gen
lamarye a se lemarye.
Men, lè zanmi lemarye a kanpe
bò kote l e li tande l k ap pale,
li kontan anpil, paske l tande
vwa lemarye a.
Men, gen jou k ap vini
kote y ap pran lemarye a
nan men yo,
lè sa a y ap fè jèn.
Pèsonn pap pyese yon
vye rad ak yon moso twal nèf.
Paske, moso twal nèf la
ap pati ak moso nan vye rad la,
e rad la ap chire plis toujou.
Nitou, pèsonn pap mete diven ki fèk
fèt nan vye bidon ki fèt ak po bèt.
Si yo fè sa, bidon yo ap pete,
diven an ap koule atè e bidon yo
ap tou pa itil anyen ankò.
Men, moun met diven
ki fèk fèt nan bidon nèf.
Konsa, toule de ap rete.
Pa gen moun ki fin bwè
yon diven ki la lontan
k ap vle youn ki fèk fèt.
Paske, l ap di:
“Sa k la lontan an bon.”
Twouve, nan Jerizalèm,
bò Pòtay Mouton an,
gen yon pisin yo rele
ann ebre Betzata,
e toutotou l te gen senk
galri ki gen kolòn.
Sou galri sa yo, te gen yon pakèt
moun malad, moun avèg,
moun k ap bwete ak moun
ki te gen manm nan kò yo
ki pòk ki te kouche la.
Men, te gen yon mesye ki
te la ki te malad depi 38 an.
Lè Jezi wè mesye sa a
ki te kouche, kòm li rann li kont
sa fè lontan depi
mesye a malad, li di l:
Èske w ta renmen refè?
Mesye, m pa gen moun pou
mete m nan pisin nan lè dlo a ajite.
Lè m...
Lè m pral antre, gen yon lòt moun
ki gentan desann anvan m.
Leve...
pran nat ou, mache.
Menm kote a, mesye a geri,
li pran nat li e li kòmanse mache.
Jou sa a se te yon jou saba.
Se poutèt sa, gen Juif ki
kòmanse ap di mesye ki te geri a:
Jodi a se saba, mesye ou pa
gen dwa ap pote nat la.
Se moun ki geri m nan
menm ki te di m:
“Pran nat ou, mache.”
Kiyès moun sa a ki te di w:
“Pran nat ou, mache” a?
Men, mesye ki te geri a
pa t konnen ki moun li ye,
paske Jezi te fofile kò l
nan mitan foul ki te la a l ale.
Apre sa, Jezi jwenn mesye a
nan tanp lan, li di l:
Ou wè w geri.
Pa fè peche ankò, dekwa pou
yon bagay ki pi mal pa rive w.
Mesye a ale, l al di Juif yo
se Jezi ki te geri l.
Poutèt sa, Juif yo t ap
pèsekite Jezi, paske,
li te konn ap fè bagay sa yo
nan jou saba a.
Papa m kontinye travay jis
kounye a, mwen kontinye travay.
Se sa k fè Juif yo te vin plis
ap chèche touye l toujou,
paske nonsèlman yo te
panse li te vyole saba a,
men tou li te di Bondye se Papa l,
kòmkwa li ta egal ak Bondye.
Anverite m ap di nou sa:
Pitit la pa ka deside poukont li
pou l fè anyen,
se sèlman sa l wè
Papa a fè li fè.
Paske, kèlkeswa sa Papa a fè,
Pitit la fè yo menm jan an tou.
Paske, Papa a gen afeksyon
pou Pitit la,
e li montre l tout
bagay li menm li fè,
e li pral montre l travay
ki pi gwo pase sa yo,
yon fason pou nou ka sezi.
Annefè, menm jan Papa a
leve moun ki mouri yo
e li ba yo lavi, se konsa tou
Pitit la bay moun li vle lavi.
Paske, Papa a pa jije pèsonn, men li
remèt tout jijman an nan men Pitit la,
yon fason pou tout moun ka onore
Pitit la menm jan yo onore Papa a.
Moun ki pa onore Pitit la
pa onore Papa a ki voye l la.
Anverite m ap di nou sa:
Yon moun ki tande pawòl mwen
e ki kwè Sila a ki voye m nan
gen lavi ki pap janm fini an,
e li pa sibi kondanasyon,
men li soti nan lanmò
pou l vin nan lavi.
Anverite m ap di nou sa:
Lè a rive kounye a,
kote moun ki mouri yo
pral tande vwa Pitit Bondye a,
e sa ki koute yo ap viv.
Paske, menm jan Papa a gen
pouvwa pou l bay lavi,
se konsa, li bay Pitit la pouvwa
pou l bay lavi tou.
Mete sou sa, li ba l pouvwa pou l
fè jijman, paske li se Pitit lòm nan.
Nou pa bezwen sezi pou sa,
paske lè a ap rive kote
tout moun ki nan tonm yo pral
tande vwa l, e y ap soti.
Moun ki fè bon bagay
ap resevwa lavi,
men moun ki pratike sa ki mal ap
resevwa yon jijman kondanasyon.
Mwen pa ka deside poukont
mwen pou m fè anyen.
Mwen jije selon sa Papa m di m,
e jijman mwen fè a jis,
paske se pa volonte pa m
m ap chèche fè, men se
volonte Sila a ki voye m nan.
Si se mwen sèl k ap temwaye
pou tèt mwen,
temwayaj mwen an pa laverite.
Gen yon lòt moun k ap bay
temwayaj sou mwen,
e mwen konnen temwayaj li
bay sou mwen an se laverite.
Nou te voye moun kot Jan,
e li bay temwayaj sou laverite.
Mwen pa bezwen lèzòm
temwaye pou mwen,
men, mwen di bagay sa yo
pou nou ka sove.
Jan se te yon lanp ki limen e k ap
klere, e pandan yon ti moman,
nou te dispoze rejwi anpil
nan limyè li t ap bay la.
Men, mwen jwenn yon pi gwo
temwayaj pase pa Jan an,
paske travay Papa m
ban m fè yo,
wi, travay m ap fè yo,
montre se Papa a ki voye m.
E se Papa a ki voye m nan
menm ki bay temwayaj sou mwen.
Nou pa janm tande vwa l,
ni nou pa janm wè fòm li,
e pawòl li pa rete nan nou, paske
nou pa kwè nan sila a li voye a.
N ap fouye Ekriti yo,
paske nou panse n ap gen
lavi ki pap janm fini an grasa yo,
e se yo menm menm
k ap bay temwayaj sou mwen.
Epoutan, nou pa vle vin jwenn
mwen pou nou ka gen lavi.
Mwen pa aksepte glwa
nan men lèzòm,
e mwen byen konnen nou pa gen
lanmou pou Bondye nan kè nou.
Mwen vini nan non Papa m,
men nou pa resevwa m.
Si yon lòt moun te vini nan pwòp
non pa l, nou t ap resevwa l.
Ki jan n ta fè kwè nan mwen,
piske nou aksepte glwa youn
nan men lòt
e nou pa chèche glwa ki soti
nan sèl Bondye ki egziste a?
Pa panse mwen pral akize
nou devan Papa a.
Moun ki akize nou an se Moyiz,
li menm nou mete espwa
nou nan li a.
Anfèt, si nou te kwè nan Moyiz,
nou t ap kwè nan mwen tou,
paske l te ekri bagay
ki konsène m.
Men, si nou pa
kwè sa l te ekri yo,
kòman n fè kwè sa m di yo?
Twouve, yon jou saba,
pandan li t ap pase nan kèk
jaden ble ansanm ak disip li yo,
disip yo kase kèk grap ble.
Gade sa!
Poukisa y ap fè yon bagay yo
pa gen dwa fè nan jou saba a?
Nou pa janm li sa David te fè
lè li menm ak mesye ki te avè l yo
te vin nan nesesite
e yo te grangou?
Nou pa t li nan istwa sou Abyata,
prèt an chèf la, jan David te antre
nan kay Bondye a, li te manje
pen prezantasyon yo,
epi li te bay mesye ki te avè l yo
kèk ladan yo tou,
alòske se sèl prèt yo
ki gen dwa manje yo.
Oswa, èske nou pa li nan Lalwa,
nan jou saba a, prèt yo fè sèvis
nan tanp lan, epoutan yo
pa koupab poutèt sa?
M ap di nou sa:
Gen yon moun la a ki
pi enpòtan pase tanp lan.
Men, si nou te konprann
sa sa vle di:
“Se mizèrikòd mwen vle,
se pa sakrifis”,
nou pa t ap kondane
moun ki inosan.
Se saba ki te vin egziste pou lòm,
men se pa lòm ki te
vin egziste pou saba.
Kidonk, Pitit lòm nan
se Seyè ata saba.
Yon lòt jou saba, li antre nan
sinagòg la e li kòmanse anseye.
Gen yon mesye ki te la
ki te gen men dwat li pòk.
Espè nan Lalwa yo ak
Farizyen yo t ap suiv Jezi
pou yo wè si l ap geri
mesye a jou saba a.
Èske yon moun gen dwa
geri yon moun jou saba a?
Pou yo ka jwenn yon
rezon pou yo akize l.
Li di mesye ki gen
men pòk la:
Leve, vin nan mitan nou.
Èske jou saba yon moun gen
dwa fè sa ki bon oubyen mal?
Sove yon vi oubyen touye l?
Yo pa reponn.
Kiyès pami nou la a, si l ta gen
yon mouton ki tonbe nan yon twou
yon jou saba, ki pa t ap fè tout
efò l pou l rale l mete l deyò?
Èske yon moun pa gen plis
valè lontan pase yon mouton?
Donk, moun gen dwa fè
yon bon aksyon jou saba a.
Lonje men w.
Mesye a lonje men l, e men an
vin bon menm jan ak lòt la.
Lè sa a, Farizyen yo
sot deyò,
e tousuit yo met tèt yo ansanm ak
patizan Ewòd yo pou yo touye l.
Men, Jezi ansanm ak disip li yo
retire kò yo, y al bò lanmè a,
te gen yon gwo foul moun ki
soti Galile ak Jide ki suiv li.
Te gen yon bann moun ki
soti menm Jerizalèm, Idime,
pa lòtbò Rivyè Jouden an
ak nan zòn Ti ak Sidon
ki te tande pale de tout sa l
t ap fè yo ki vin jwenn li.
Epi, li di disip li yo pou yo
toujou met yon ti bato pre pou li
pou l ka monte ladan l, yon fason
pou foul moun yo pa kwense l.
Piske li te geri anpil moun,
tout moun ki te gen gwo maladi yo
te anvayi l pou yo manyen l.
Menm movèzespri yo,
chak fwa yo wè l,
yo met ajenou devan l
epi yo di byen fò:
Ou se Pitit Bondye a.
Men anpil fwa,
li pase yo lòd byen klè
pou yo pa fè moun
konnen kiyès li ye.
...dekwa pou pawòl pwofèt
Ezayi te di a ka reyalize.
Men sa l te di:
Gade!
Men sèvitè m nan,
moun mwen chwazi a,
moun mwen renmen an,
moun mwen pran plezi nan li a!
M ap mete lespri m sou li, e l ap fè
nasyon yo konnen sa k rele jistis la.
Li pap nan diskisyon,
ni nan rele fò.
Pèsonn pap tande vwa l
nan gran wout yo.
Li pap kase wozo
ki panche a,
e li pap etenn mèch
lanp k ap bay lafimen an,
jiskaske li fè jistis pot laviktwa.
Wi, nasyon yo ap met
espwa yo nan non l.
Yon jou, li soti l al nan
mòn nan pou l priye
e li pase tout nuit lan
ap priye Bondye.
Lè l fè jou,
li rele disip li yo,
li chwazi 12 ladan yo
e li ba yo non apot tou.
Gwoup 12 disip li te chwazi yo
te gen ladan l Simon,
li te ba l non Pyè tou,
te gen Jak, pitit Zebede a,
ansanm ak Jan, frè Jak la
(li te bay mesye sa yo non
Bwanègès tou, ki vle di “Pitit loray”),
te gen Andre,
Filip,
Batèlmi,
Matye,
Toma,
Jak ki pitit Alfe a,
Tade,
Simon yo rele Kananeyen an,
ak Jida Iskaryòt ki t apral
trayi Jezi pi devan.