JW subtitle extractor

Epizòd 5: "Yo rete bouch ouvè devan fason l anseye"

Video Other languages Share text Share link Show times

Epi, li desann avèk yo,
l al kanpe yon kote ki plat,
e te gen yon pakèt disip ki te la
ansanm ak yon gwo foul moun
ki te soti toupatou nan Jide,
nan Jerizalèm, e ki te soti nan vil Ti
ak nan vil Sidon, de vil ki bò lanmè.
Yo tout te vini pou yo tande l e pou l
geri yo anba maladi yo genyen.
Anseyan, tanpri,
fè yon bagay pou nou.
Mèsi.
Anseyan, tanpri.
Menm moun movèzespri t ap
toumante te jwenn gerizon.
E tout moun yo t ap
chèche touche l,
paske li te gen yon pisans ki
t ap soti sou li ki te geri yo tout.
Byennere moun ki pran
konsyans yo bezwen Bondye,
piske Wayòm syèl la se pou yo.
Byennere moun ki nan lapenn,
piske y ap jwenn konsolasyon.
Byennere moun ki gen tanperaman
dou, piske Bondye pral ba yo tè a.
Byennere moun ki swaf pou se
sa ki jis ki fèt, piske yo pral satisfè.
Byennere moun ki gen mizèrikòd,
piske y ap fè yo mizèrikòd.
Byennere moun kè yo pwòp,
piske y ap wè Bondye.
Byennere moun ki renmen fè lapè,
piske y ap rele yo ‘pitit Bondye’.
Byennere moun ki jwenn pèsekisyon
poutèt y ap fè sa ki jis,
piske Wayòm syèl la se pou yo.
Nou byennere lè moun joure nou,
lè yo pèsekite nou,
e lè yo di tout kalite move bagay
ki pa vre sou nou poutèt mwen.
Nou mèt rejwi
e nou mèt kontan anpil,
piske nou gen yon
gwo rekonpans nan syèl la.
Paske, se konsa yo te konn pèsekite
pwofèt ki te la anvan nou yo.
Men, malè pou nou,
nou menm ki rich,
paske nou deja gen tout sa n vle.
Malè pou nou, nou menm ki gen
tout sa n bezwen kounye a,
paske nou pral grangou.
Malè pou nou, nou menm
k ap ri kounye a,
paske nou pral nan lapenn,
nou pral kriye.
Malè pou nou lè tout moun
ap pale an byen de nou,
paske se konsa zansèt moun
sa yo te fè pou fo pwofèt yo.
Nou se sèl pou tè a.
Men, si sèl la pèdi gou l,
ki jan y ap fè pou yo
fè l vin sale ankò?
Li vin pa itil anyen ankò,
e yon sèl bagay yo ka fè avè l,
se jete l deyò pou
moun mache sou li.
Nou se limyè pou monn nan.
Yo pa kapab kache
yon vil ki sou yon mòn.
Lè yon moun limen yon lanp,
li pa mete l anba yon pànye,
men li mete l sou yon etajè,
e konsa li klere tout moun nan kay la.
Menm jan an tou, se pou
limyè nou briye devan lèzòm,
konsa y ap ka wè bèl
aksyon nou yo
e y ap ka bay Papa nou
ki nan syèl la glwa.
Pinga nou panse mwen vini pou m
aboli Lalwa oswa pawòl pwofèt yo.
Mwen pa vini pou m aboli yo,
men pou m akonpli yo.
Anverite m ap di nou sa:
Li pi fasil pou syèl la ak tè a pase
olye pou youn nan pi piti lèt
oswa yon ti moso nan yon lèt
ki nan Lalwa ta pase
san tout bagay pa reyalize.
Kidonk, kèlkeswa moun ki vyole
youn nan kòmandman ki pi piti yo
e ki anseye lòt moun
pou yo fè menm jan an,
y ap rele moun sa a pi piti
anrapò ak Wayòm syèl la.
Men, kèlkeswa moun ki obeyi
kòmandman sa yo e ki anseye yo,
y ap rele l gran
anrapò ak Wayòm syèl la.
Paske, m ap di nou sa:
Si nou pa demontre nou pi jis pase
espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo,
se sèten nou pap
antre nan Wayòm syèl la.
Nou te tande yo te di
moun nan tan lontan yo:
‘Nou pa dwe asasinen moun,
e kèlkeswa moun ki asasinen yon moun,
l ap gen pou l
rann kont nan tribinal.’
Men mwen menm,
men sa m di nou:
Nenpòt moun ki kontinye ret an kòlè kont frè l,
l ap gen pou l reponn nan tribinal.
Nenpòt moun ki di frè l yon
vye pawòl pou manke l dega,
l ap gen pou l reponn
devan pi gwo Tribinal la.
E nenpòt moun ki di frè l:
‘Vye moun fou!’, li riske pou yo
lage l nan dife Jeyèn nan.
Donk, si w ap pote ofrann ou
devan lotèl la,
e pandan w la ou sonje
yon frè w gen yon bagay avè w,
kite ofrann ou an la,
devan lotèl la, epi ale.
Fè lapè ak frè w la anvan,
apre sa, lè w tounen,
w a bay ofrann ou an.
Pandan w sou wout ak
yon moun ki rele w lajistis,
regle bagay yo byen vit avè l,
dekwa pou moun sa a pa
remèt ou bay jij la,
pou jij la pa remèt ou bay gad la
e pou yo pa mete w nan prizon.
Vrèmanvre, m ap di w sa:
Ou pap sot nan prizon an
toutotan w pa fin peye tout kòb la.
Nou te tande yo te di:
‘Nou pa dwe fè adiltè.’
Men mwen menm,
men sa m di nou:
Nenpòt moun ki kontinye gade
yon fi jiskaske li vin anvi l,
li deja fè adiltè avè l nan kè l.
Se sa k fè, si se je dwat ou k ap fè w
peche, rache l, voye l jete byen lwen w.
Paske, li pi bon pou ou
pou w pèdi yon pati nan kò w
olye pou yo ta lage
tout kò w nan Jeyèn nan.
E si se men dwat ou k ap fè w peche,
koupe l, voye l jete byen lwen w.
Paske, li pi bon pou ou
pou w pèdi yon pati nan kò w
olye pou w ta lage
tout kò w nan Jeyèn nan.
Anplis de sa, yo te di:
‘Kèlkeswa moun ki divòse ak madanm
li, se pou l ba li yon papye divòs.’
Men mwen menm,
men sa m di nou:
Nenpòt moun ki divòse ak madanm li,
eksepte pou imoralite seksyèl,
li mete l nan sitiyasyon
pou l fè adiltè.
E nenpòt moun ki marye ak yon fi
ki divòse, moun sa a fè adiltè.
Epitou, nou tande yo te di
moun nan tan lontan yo:
‘Ou pa dwe fè sèman, apre sa
pou w pa respekte sèman w fè a,
e se pou w respekte
ve w fè Jewova yo.’
Men mwen menm,
men sa m di nou:
Pa sèmante ditou, ni sou syèl la,
paske se twòn Bondye,
ni sou tè a, paske se ti ban
kote l met pye l,
ni sou Jerizalèm,
paske se vil gran Wa a.
Pa sèmante
sou tèt ou nonplis,
paske ou pa ka fè yon cheve w
vin blan oubyen vin nwa.
Se pou ‘Wi’ nou vle di wi,
e se pou ‘Non’ nou vle di non.
Paske, tout sa nou di
anplis soti nan Mechan an.
Nou tande yo te di:
‘Je pou je, dan pou dan.’
Men mwen menm,
men sa m di nou:
Pa kenbe tèt ak
yon moun ki mechan.
Okontrè, si yon moun ba w yon kalòt
sou bò figi dwat ou, vire lòt bò a ba li.
Si yon moun vle mennen w
nan tribinal pou li pran rad sou ou,
ba l rad ou met
pa anlè rad la tou.
E si yon moun ki gen otorite
mande w fè yon bagay pou li
sou distans yon kilomèt,
fè l pou li sou distans de kilomèt.
Bay moun ki mande w, e pa vire do
bay moun ki vle prete nan men w.
Nou tande yo te di:
‘Nou dwe renmen pwochen nou,
men nou dwe rayi ènmi nou.’
Men mwen menm,
men sa m di nou:
Kontinye renmen ènmi nou e kontinye
priye pou moun k ap pèsekite nou,
pou nou ka montre nou se
pitit Papa nou ki nan syèl la,
piske l fè solèy li leve ni sou moun
ki mechan ni sou moun ki bon
e li fè lapli tonbe ni sou moun
ki jis ni sou moun ki pa jis.
Paske, si se moun ki renmen nou
nou renmen sèlman,
ki rekonpans nou
merite pou sa?
Èske pèseptè yo
pa fè menm bagay la tou?
E si se pou moun ki fè byen
pou nou nou fè byen sèlman,
ki merit nou gen pou sa?
Menm moun k ap pratike
peche yo fè menm bagay la.
E si se frè nou sèlman nou salye,
ki sa ki estrawòdinè nou fè la a?
Èske moun ki nan nasyon yo
pa fè menm bagay la tou?
Epitou, si se moun nou konnen
k ap remèt nou nou prete sèlman,
ki merit nou gen pou sa?
Menm moun k ap pratike peche yo
prete peche menm jan avèk yo,
paske yo konnen y ap
remèt yo sa yo prete yo a.
Men, nou menm, kontinye renmen
ènmi nou, epi kontinye fè byen.
Kontinye prete moun san nou
pa espere anyen anretou.
Lè sa a, n ap gen
yon gwo rekonpans
e n ap vin pitit Sila a
ki nan pi gwo pozisyon an,
paske li bon ni ak moun ki engra,
ni ak moun ki mechan.
Kidonk, nou dwe pafè menm jan
Papa nou ki nan syèl la pafè.
Fè atansyon pou se pa devan
lèzòm n ap pratike sa ki jis,
pou yo ka wè nou.
Si se sa nou fè, nou pap
jwenn okenn rekonpans
nan men Papa nou
ki nan syèl la.
Donk, lè w ap bay kado
ki montre w gen mizèrikòd,
pa sonnen twonpèt anvan, jan ipokrit yo
fè nan sinagòg yo ak nan lari,
pou moun ka ba yo glwa.
Anverite m ap di nou sa:
Yo deja gen tout rekonpans yo.
Men ou menm,
lè w ap bay kado ki
montre w gen mizèrikòd,
pa kite men goch ou konnen
sa men dwat ou ap fè,
dekwa pou kado ou bay ki montre w
gen mizèrikòd la ka ret an sekrè.
Lè sa a, Papa w ki wè sa k
fèt an sekrè ap remèt ou sa.
Epitou, lè n ap priye, pinga
nou fè menm jan ak ipokrit yo.
Paske, lè y ap priye, yo renmen
kanpe nan sinagòg
ak nan kafou gran wout yo
pou moun ka wè yo.
Anverite m ap di nou sa:
Yo deja gen tout rekonpans yo.
Men, ou menm, lè w ap priye,
antre nan chanm ou,
epi lè w fin fèmen pòt ou,
priye Papa w moun pa ka wè a,
epi Papa w ki wè sa k fèt
an sekrè ap rekonpanse w.
Lè n ap priye, pinga nou plede
repete menm bagay yo,
jan moun ki nan nasyon yo fè sa,
paske yo met nan tèt yo Bondye ap
tande yo poutèt yo di yon pakèt pawòl.
Donk, pa fè tankou yo,
paske Bondye, Papa nou,
konnen ki sa nou bezwen
anvan menm nou mande l.
Kidonk, men ki jan
nou dwe priye:
Papa nou ki nan syèl la,
se pou non w vin sen.
Se pou Wayòm ou an vini.
Se pou volonte w fèt
sou tè a kou nan syèl la.
Ban nou pen nou bezwen
pou jounen an.
Padone peche nou,
menm jan nou menm tou
nou padone moun
ki peche kont nou.
E pa kite nou tonbe anba tantasyon,
men delivre nou anba Mechan an.
Paske, si nou padone moun
lè yo peche kont nou,
Papa nou ki nan syèl la
ap padone nou tou.
Men, si nou pa padone
moun lè yo peche kont nou,
Papa nou pap padone
nou tou lè nou peche.
Lè n ap fè jèn, sispann fè figi nou
tris menm jan ak ipokrit yo,
paske yo neglije kò yo
pou moun ka wè y ap fè jèn.
Anverite m ap di nou sa:
Yo deja gen tout rekonpans yo.
Men ou menm, lè w ap fè jèn,
pase luil nan tèt ou, lave figi w,
dekwa pou se pa lèzòm
ki wè w ap fè jèn,
men pou se Papa w moun
pa ka wè a sèlman ki wè sa.
Lè sa a, Papa w ki wè sa k
fèt an sekrè ap rekonpanse w.
Sispann anpile trezò sou tè a,
kote ki gen mit ak wouy ki ka wonyen yo,
e kote vòlè ka antre pou yo vòlè yo.
Okontrè, anpile trezò nan syèl la,
kote ki pa gen ni mit
ni wouy ki ka wonyen yo,
e kote vòlè pa ka
antre pou yo vòlè yo.
Paske, kote trezò w ye,
se la kè w ap ye tou.
Lanp kò a se je.
Konsa, si je w fikse sou
yon sèl bagay, tout kò w ap klere.
Men, si je w chaje ak tanta,
tout kò w ap nan fènwa.
Si limyè ki nan ou a se
fènwa l ye toutbonvre,
fènwa sa a pa manke pa pwès!
Pèsonn pa ka esklav
de mèt anmenmtan.
Paske, se swa li rayi youn
e li renmen lòt la,
oubyen li atache ak youn
e li meprize lòt la.
Nou pa ka esklav Bondye
ak Lajan anmenmtan.
Se poutèt sa, men sa m di nou:
Sispann bay tèt nou pwoblèm
pou vi nou pou n ap mande
ki sa n ap manje
oswa ki sa n ap bwè,
oubyen pou kò nou pou n ap mande
ki sa n ap met sou nou.
Èske moun pa gen plis
enpòtans pase manje ak rad?
Gade zwazo nan syèl la byen.
Yo pa ni simen ni rekòlte, ni yo
pa ranmase al met nan depo.
Epoutan, Papa nou ki
nan syèl la ba yo manje.
Èske nou pa gen plis
valè pase yo?
Kiyès nan nou, lefètke
l ap bay tèt li pwoblèm,
ki ka mete menm
yon yota sou longè lavi l?
Epitou, poukisa n ap bay
tèt nou pwoblèm pou rad?
Gade flè ki nan savann yo,
jan y ap pouse.
Yo pa ni travay di,
ni koud rad.
Poutan, m ap di nou sa:
Menm Salomon, nan tout glwa li,
pa t konn abiye tankou youn nan yo.
Ebyen, si Bondye abiye plant
ki nan savann ki la jodi a
e demen yo pral lage yo nan fou,
nou pa bezwen mande
si l ap abiye nou tou!
Ki jan nou fè manke
lafwa konsa a?
Se sa k fè, pa janm bay tèt nou
pwoblèm pou n ap di:
‘Ki sa n ap manje?’,
‘Ki sa n ap bwè?’ oswa:
‘Ki sa n ap met sou nou?’
Paske, se dèyè tout bagay sa yo
nasyon yo ap kouri ak tout fòs.
Papa nou ki nan syèl la konnen
nou bezwen tout bagay sa yo.
Kidonk, kontinye chèche Wayòm nan
e fè sa ki jis nan je Bondye an premye,
e l ap ajoute tout
lòt bagay sa yo pou nou.
Se sa k fè, pa janm bay tèt nou
pwoblèm pou demen,
paske demen ap gen
pwòp pwoblèm pa l.
Chak jou gen kont traka pa l.
Sispann jije pou yo pa jije nou.
Paske, jan nou jije a,
se konsa y ap jije nou.
E se ak mezi nou mezire a
y ap mezire pou nou.
Donk, poukisa w ap
gade pay ki nan je frè w la,
alòske ou pa wè gwo bout bwa
ki nan je w la?
Oubyen, kòman w ka di frè w la:
‘Kite m retire pay ki nan je w la’,
alòske ou gen yon gwo
bout bwa nan je pa w?
Ipokrit!
Retire gwo bout bwa
ki nan je w la anvan,
apre sa, w a wè klè ki jan pou w
retire pay ki nan je frè w la.
Pran abitid bay,
e moun ap ban nou.
Y ap vide mezi a
nan rad nou, byen plen
y ap foule l, y ap sekwe l,
e l ap ranvèse.
Paske, se ak mezi nou mezire a
y ap mezire pou nou tou.
Pa bay chen bagay ki sakre,
e pa lage grenn pèl nou
devan kochon,
dekwa pou yo pa pilonnen yo anba pye
e pou yo pa vin dechire nou.
Kontinye mande,
e y ap ban nou.
Kontinye chèche,
e n ap jwenn.
Kontinye frape,
e y ap ouvri pou nou.
Paske tout moun ki mande ap resevwa,
tout moun ki chèche ap jwenn, e tout
moun ki frape, y ap ouvri pou yo.
Vrèmanvre, kiyès nan nou la a,
si pitit li mande l yon pen,
k ap lonje yon wòch ba li?
Oswa si l mande l yon pwason,
k ap lonje yon sèpan ba li?
Kidonk, si nou menm,
aktout nou se pechè,
nou konnen pou nou
bay pitit nou sa k bon,
nou pa bezwen mande si Papa nou
ki nan syèl la ap bay moun
bon bagay si yo mande l!
Se sa k fè, tout sa nou
ta renmen moun fè pou nou,
nou menm tou,
nou dwe fè l pou yo.
An reyalite, se ansèyman sa a ki nan
Lalwa ak nan pawòl pwofèt yo te ekri yo.
Pase nan pòt ki jis la.
Paske, pòt ki laj la ak wout ki gran an
mennen nan destriksyon,
e anpil moun pase ladan l.
E pòt ki jis la
ak wout ki jennen an
mennen nan lavi a, e se
kèk grenn moun ki jwenn li.
Fè atansyon ak fo pwofèt yo k ap
vin sou nou ak po mouton sou yo,
tandiske se lou voras
yo ye pa anndan.
Se aksyon yo
k ap fè nou rekonèt yo.
Moun pa janm rekòlte rezen
sou pye pikan,
ni fig frans
sou pye chadwon, pa vre?
Menm jan an tou, tout
bon pyebwa bay bon fwi,
men tout pyebwa ki pa
bon bay fwi ki san valè.
Yon bon pyebwa pa ka
donnen fwi ki san valè.
Konsa tou, yon pyebwa
ki pa bon pa ka bay bon fwi.
Tout pyebwa ki pa bay bon fwi, y ap
koupe yo e y ap jete yo nan dife.
Vrèmanvre, se aksyon mesye sa yo
k ap fè nou rekonèt yo.
Se pa tout moun k ap di m:
‘Seyè, Seyè’, k ap antre
nan Wayòm syèl la,
men se sèlman moun ki fè volonte
Papa m ki nan syèl la k ap antre ladan l.
Jou sa a, anpil moun pral di m:
‘Seyè, Seyè, èske se pa
nan non w nou te pwofetize?
Èske se pa nan non w
nou te chase demon?
Èske se pa nan non w
nou te fè anpil mirak?’
Men, lè sa a, m ap di yo:
‘Mwen pa t janm konnen nou!
Rale kò nou sou mwen,
nou menm k ap vyole lalwa.’
Se sa k fè, yon moun ki tande
pawòl mwen di la yo
e ki obeyi yo ap sanble ak
yon moun ki prevwayan
ki bati kay li sou wòch karyann.
Epi, lapli vide, gwo dlo desann, e van
k ap soufle frape kay la ak anpil fòs,
men li pa tonbe, paske li te
bati sou wòch karyann.
Yon lòt bò, yon moun ki tande pawòl
mwen di la yo e ki pa obeyi yo
ap sanble ak yon moun sòt
ki bati kay li sou sab.
Epi, lapli vide,
gwo dlo desann,
e van k ap soufle frape kay la
ak anpil fòs, li tonbe, e li kraze nèt.
Lè Jezi fin di pawòl sa yo,
foul moun yo rete bouch ouvè
devan fason l anseye.
Paske, li pa t anseye yo jan espè
nan Lalwa yo te konn anseye,
men li te anseye yo
antanke moun ki gen otorite.