JW subtitle extractor

Epizòd 6: "Èske w se moun ki te gen pou vini an?"

Video Other languages Share text Share link Show times

Lè l fin di moun yo sa l te gen
pou l di yo, li antre Kapènawòm.
Twouve, gen yon ofisye ki te gen
yon esklav li te renmen anpil
ki te malad grav
e ki te prèske mouri.
Lè ofisye a tande pale de Jezi,
li voye kèk ansyen pami
Juif yo al kot Jezi
pou yo mande l pou l
vin geri esklav li a.
Mesye ki vin kot Jezi yo
te kòmanse sipliye l anpil.
Misye merite pou w fè sa pou li.
Paske, li renmen nasyon nou an
e se li menm ki te bati sinagòg nou an.
Vrèmanvre, Jezi derape avèk yo.
Men, alòske yo pa t lwen kay la,
ofisye a te deja voye
kèk zanmi vin di Jezi:
“Mesye, pa deranje w,
mwen, mwen pa merite
pou w antre lakay mwen.
Se poutèt sa, mwen pa t
panse m gen dwa vin kote w.
Men, annik di yon pawòl
e sèvitè m nan ap geri.
Paske, mwen menm tou,
mwen anba otorite lòt moun,
e mwen gen sòlda souzòd mwen.
Lè m di youn:
‘Ale!’, li ale.
Lè m di yon lòt:
‘Vin isit!’, li vini.
E lè m di esklav mwen:
‘Fè sa!’, li fè l.”
Lè Jezi tande sa, li sezi,
e li di moun k ap suiv li yo:
M ap di nou laverite:
Mwen pa janm jwenn pèsonn ann
Izrayèl ki gen yon gwo lafwa konsa.
Men, m ap di nou sa:
Anpil moun ap soti nan
zòn lès ak nan zòn lwès,
y ap vin chita ansanm ak Abraram
ak Izarak ak Jakòb nan Wayòm syèl la,
tandiske yo pral jete pitit Wayòm yo
nan fènwa ki gen deyò a.
Se la yo pral kriye
e yo pral manje dan.
Ou mèt ale.
Se pou sa fèt pou ou selon
lafwa ou genyen an.
Mèt!
Epi, sèvitè a geri menm lè a.
E lè moun ofisye a te voye yo retounen
nan kay la, yo jwenn esklav la refè.
Yon ti tan apre sa, li vwayaje
al nan yon vil ki rele Nayin,
e disip li yo ansanm ak yon gwo
foul moun t ap vwayaje ansanm avè l.
Pandan l ap pwoche bò pòtay vil la,
twouve, gen moun ki t ap
sot nan vil la ak yon kadav.
Se te sèl pitit yon
manman te genyen.
Anplis de sa,
dam nan te vèv.
Te gen yon bon valè moun nan
vil la ki te ansanm avèk dam nan.
Lè Seyè a wè dam nan,
kè l fè l mal pou li.
Sispann kriye.
Epi, li pwoche, li touche branka a,
e moun ki t ap pote branka yo kanpe,
Jennonm, mwen di w: Leve!
Epi mò a leve chita,
li kòmanse pale...
Sa k pase la a?
... epi Jezi remèt manman l li.
Tout moun ki te la yo vin
gen yon sèl lakrentif,
e yo kòmanse bay
Bondye glwa, yo t ap di:
“Gen yon gwo pwofèt
ki parèt nan mitan nou.”
Yo t ap di tou:
“Bondye vire je l gade pèp li a.”
Nouvèl sa a te gaye nan tout
Jide ak nan tout zòn ki ozalantou yo.
Twouve, disip Jan yo al di
Jan tout bagay sa yo.
Lè sa a, Jan rele de nan disip li yo,
li voye yo al di Seyè a:
“Èske w se Moun ki te gen pou vini an
oubyen èske nou dwe tann yon lòt moun?”
Lè mesye yo rive
kote l, yo di l:
“Jan ki konn batize moun nan
voye nou kote w pou n mande w:
Èske w se Moun ki te gen pou vini an
oubyen èske n dwe tann yon lòt moun?”
Nan moman sa a, li t ap geri
anpil moun anba maladi yo genyen,
ti maladi kou gwo maladi,
li t ap chase movèzespri
e li te fè anpil moun
ki te avèg wè.
Al rakonte Jan sa nou
wè ak sa nou tande:
Moun avèg wè,
moun enfim mache,
moun ki gen lèp geri,
moun soud tande,
moun mouri leve e yo
preche pòv yo bon nouvèl la.
Byennere moun ki pa gen okenn
rezon pou l gen dout sou mwen.
Lè mesaje Jan te voye yo ale,
Jezi kòmanse pale foul moun yo de Jan:
Ki sa nou te soti al
gade nan dezè a?
Yon wozo van ap souke?
Ki sa nou te
soti al gade menm?
Yon moun ki abiye
ak rad ki koute chè?
Moun ki gen bèl rad e k ap
viv nan liks se lakay wa yo ye.
Ebyen, ki sa nou te
soti al gade menm?
Yon pwofèt?
Wi, m ap di nou sa:
Li te pi enpòtan lontan
pase yon pwofèt.
Men sa yo te ekri sou moun sa a:
Gade!
Men m ap voye
mesaje m nan devan w.
Se li menm ki pral prepare
chemen an pou ou.
Men Timouton Bondye a.
M ap di nou sa:
Pami moun ki sot nan vant fi,
pa gen youn ki pi
enpòtan pase Jan.
Men, moun ki gen mwens enpòtans nan
Wayòm syèl la gen plis enpòtans pase l.
Depi nan epòk Jan ki konn batize
moun nan rive kounye a,
lèzòm ap fè gwo efò pou
yo rive jwenn Wayòm syèl la,
e se moun k ap fè gwo
efò konsa k ap rive jwenn li.
Paske, ni pawòl pwofèt yo ni Lalwa,
yo te anonse sa k gen pou
rive jis nan epòk Jan an.
E kit nou vle kwè sa,
kit nou pa vle kwè sa,
se li menm ki
‘Eli ki te gen pou vini an’.
Moun ki gen zòrèy
pou l tande, tande!
Lè tout moun yo ak
pèseptè yo tande sa,
yo fè konnen Bondye jis,
piske Jan te deja batize yo.
Men, Farizyen yo ansanm ak moun
ki te konn Lalwa byen yo
pa t koute konsèy Bondye ba yo,
yo pa t aksepte l batize yo.
Ak kiyès mwen ta
konpare jenerasyon sa a?
Li tankou timoun ki chita
sou plas piblik k ap pale
ak timoun ki konn vin jwe avèk yo,
y ap di yo byen fò:
‘Nou jwe flit pou nou,
men nou pa danse.
Nou chante chante ki tris,
men nou pa frape lestomak nou
pou nou montre nou nan lapenn.’
Menm jan an tou,
Jan vini, li pa manje,
li pa bwè menm bagay ak
tout moun, men moun yo di:
Li gen yon demon sou li.
Pitit lòm nan vini, li manje,
li bwè menm bagay ak tout moun,
men malgre sa, moun yo di:
‘Gade!
Nonm sa a se yon aloufa, se yon
moun ki lage kò l nan bwè diven,
li fè zanmi ak pèseptè ak
moun k ap pratike peche.’
Men, se bagay ki jis yon moun
fè ki montre li gen sajès.
Epi, li pran repwoche moun nan vil
kote l te fè pifò nan mirak li yo,
poutèt yo pa t repanti.
Malè pou nou, moun Korazin!
Malè pou nou, moun Betsayida!
Paske si mirak ki te fèt lakay nou yo,
se nan vil Ti ak nan vil Sidon yo te fèt,
moun ki nan vil sa yo t ap gentan
met twal sak sou yo lontan,
e yo t ap gentan chita nan sann
pou yo montre yo repanti.
Men, m ap di nou sa:
L ap pi fasil pou moun vil Ti
ak moun vil Sidon sipòte
nan Jou Jijman an pase nou.
E nou menm, moun Kapènawòm, èske nou
panse y ap leve nou rive jis nan syèl la?
Se nan Tonm n ap desann!
Paske, si mirak ki te fèt lakay nou yo
se nan Sodòm yo te fèt,
li t ap la jis jounen jodi a.
Men, m ap di nou sa:
L ap pi fasil pou moun peyi Sodòm
sipòte nan Jou Jijman an pase nou.
Papa, ou menm ki Mèt syèl la ak tè a,
m ap ba w louwanj devan tout moun,
paske ou kache bagay sa yo
pou moun save ak moun lespri,
men se timoun piti ou fè konnen yo.
Wi, o Papa, e se
konsa w te vle pou sa fèt.
Papa m remèt mwen tout bagay,
wi li remèt mwen tout bagay,
pa gen pèsonn ki konn Pitit la
fen e byen, eksepte Papa a,
e pa gen pèsonn ki konn Papa a
fen e byen, eksepte Pitit la
ak tout moun Pitit la
vle fè konnen l.
Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke
e ki gen chay n ap pote,
e m ap ban nou fòs.
Pran jouk mwen an met sou
zepòl nou, e aprann nan men m,
paske m gen tanperaman dou
e m gen imilite nan kè m,
konsa n ap jwenn fòs.
Paske, jouk mwen an fasil pou
moun pote e chay mwen an lejè.
Twouve, gen youn nan Farizyen yo
ki envite l vin manje avè l.
Donk, l al lakay Farizyen an
e li manje avè l.
Epi, gen yon dam tout moun
nan vil la te konnen
kòm yon moun ki t ap
mennen yon movèz vi
ki aprann li t ap
manje lakay Farizyen an.
Li vin ak yon boutèy ki fèt ann albat
ki gen yon luil santi bon ladan l.
L al bò pye Jezi, pa dèyè,
li pran kriye, e li kòmanse mouye
pye Jezi avèk dlo nan je l,
epi li siye yo ak cheve nan tèt li.
Epitou, li bo pye Jezi
avèk tandrès,
epi li vide luil
santi bon an sou yo.
Lè Farizyen ki te envite Jezi a
wè sa, li di nan kè l:
“Si mesye sa a te yon pwofèt vre,
li te dwe konnen ki kalite moun
fi sa a k ap manyen l lan ye,
li te dwe konnen l ap
mennen yon movèz vi.”
Simon, mwen gen yon
bagay pou m di w.
Anseyan, ou met pale!
De mesye te dwe yon lòt mesye
ki te konn prete moun kòb.
Premye a te dwe l 500 denye,
lòt la te dwe li 50 denye.
Kòm yo pa t gen mwayen pou yo
remèt li sa yo dwe l la,
li anile dèt la pou yo san pwoblèm.
Kounye a, kiyès nan yo de a
k ap renmen mesye a plis?
Mwen sipoze se sa
ki te gen pi gwo dèt la.
Ou byen reponn.
Ou wè dam sa a?
Gade mwen vin lakay ou,
ou pa ban m dlo
pou m lave pye m.
Men, dam sa a lave pye m ak dlo
nan je l e li siye yo ak cheve l.
Ou pa bo m, men dam sa a,
depi lè m antre la a,
li pa sispann bo
pye m avèk tandrès.
Ou pa vide luil sou tèt mwen,
men dam sa a vide luil
santi bon sou pye m.
Se poutèt sa, m ap
di w sa, peche l yo,
byenke yo anpil,
yo jwenn padon,
paske li demontre anpil lanmou.
Men, moun ki jwenn yon tikras padon
demontre yon tikras lanmou.
Peche w yo padone.
Kiyès mesye sa a ye
pou l menm padone peche?
Lafwa w sove w.
Ale anpè.
Yon ti tan apre sa, li vwayaje
sot nan yon vil al nan yon lòt,
sot nan yon bouk al nan yon lòt,
l ap preche e l ap anonse
bon nouvèl Wayòm Bondye a.
Epi, 12 apot yo te ansanm avè l.
Te gen kèk medam
li te geri anba movèzespri
e anba maladi yo te
genyen ki te avè l tou.
Te gen Mari, yo te rele
moun Magdala a,
yon dam Jezi te chase
sèt demon sou li.
Te gen Jàn, madanm Chouza,
yon mesye ki te responsab kay Ewòd.
Te gen Sizàn
ak anpil lòt medam
ki te itilize sa yo te genyen
pou yo rann Jezi
ak disip li yo sèvis.
Apre sa, Jezi antre nan yon kay.
Foul moun yo te rasanble
yon lòt fwa ankò.
Se sa k fè, Jezi ak disip li yo
pa t menm gen tan pou yo manje.
Apre sa, yo mennen yon mesye
ki gen demon sou li bay Jezi.
Mesye a te avèg epi l te bèbè.
Jezi chase demon an,
li geri mesye a.
Konsa, mesye a
vin pale e li vin wè.
Lè foul moun yo wè sa, yo sezi.
Ou kwè se pa ta li menm
ki Pitit David la?
Mesye sa a pa t ap janm ka chase demon
si se pa t grasa Beyèlzeboub, chèf demon yo.
Kòm Jezi te konnen sa k
nan panse yo, li di yo:
Yon wayòm kote moun ki ladan l yo
ap goumen youn ak lòt ap kraze,
e yon vil oswa yon kay kote moun yo
ap goumen youn ak lòt ap kraze.
Menm jan an tou,
si Satan ap chase Satan, ebyen
li vin ap goumen ak pwòp tèt li.
Ki jan wayòm li an
ap fè ret kanpe?
Yon lòt bò, si mwen chase
demon grasa Beyèlzeboub,
grasa kiyès disip nou yo chase yo?
Se sa k fè se yo menm
ankò k ap jije nou.
Men, si se grasa lespri
Bondye m ap chase demon,
Wayòm Bondye a
rive sou nou toutbon.
Oubyen ki jan yon moun
ap fè antre nan kay
yon gason vanyan pou l pran
bagay misye gen nan kay la
si l pa mare gason
vanyan an anvan?
Se lè l fin fè sa
l ap ka piye kay la.
Nenpòt moun ki pa
avè m kont mwen,
e nenpòt moun ki pap ede m asanble
moun, se gaye l ap gaye yo.
Se sa k fè, m ap di nou sa,
Bondye ap padone lèzòm
pou tout kalite peche yo fè
ak tout kalite move pawòl yo di,
men li pap padone yo pou
move pawòl yo di sou lespri a.
Pa egzanp, kèlkeswa moun
ki di yon pawòl kont Pitit lòm nan,
Bondye ap padone l.
Men, kèlkeswa moun
ki pale kont lespri sen,
Bondye pap padone l,
non, ni nan sistèm sa a, ni nan
sistèm ki gen pou vini an.
Si nou se yon bon pyebwa
n ap bay bon fwi.
Men, si nou se yon move pyebwa,
n ap bay move fwi.
Paske, se fwi yon pyebwa bay ki
fè yo konnen si l bon ak si l pa bon.
Ras vipè, kòman nou ta fè di
bon bagay, piske nou mechan?
Pawòl ki sot nan bouch yon
moun montre sa k ranpli kè l.
Yon bon moun ap retire bon bagay
nan bon bagay li gen sere,
men moun ki mechan an ap retire sa k
pa bon nan vye bagay li gen sere.
Men sa m ap di nou:
Tout pawòl ki pa itil moun di, y ap gen
pou yo rann kont pou li nan Jou Jijman an.
Paske, se pawòl ou di k ap fè swa yo
deklare w jis swa yo kondane w.
Anseyan, nou ta renmen w
ban nou yon siy.
Nou se yon jenerasyon
ki mechan e ki pa fidèl.
Nou kontinye ap chèche yon siy,
men sèl siy y ap ban nou
se siy pwofèt Jonas la.
Paske, menm jan Jonas te fè twa jou
twa nuit nan vant gwo pwason an,
se konsa tou Pitit lòm nan ap fè
twa jou twa nuit nan vant tè a.
Moun Niniv yo ap leve lè jijman an ansanm
ak jenerasyon sa a e y ap kondane l,
paske lè Jonas te preche yo a,
yo te repanti.
Men, gade!
Gen yon moun la a
ki pi enpòtan pase Jonas.
Rèn ki te soti nan sid la
ap leve lè jijman an
ansanm ak jenerasyon sa a
e l ap kondane l,
paske li te soti nan dènye
bout tè a pou l vin tande pawòl
sajès Salomon t ap di yo.
Men, gade! gen yon moun la a
ki pi enpòtan pase Salomon.
Lè yon movèzespri soti
sou yon moun,
li pase nan yon seri zòn ki sèch,
l ap chèche yon kote pou l rete,
men li pa jwenn.
Epi, li di:
‘M ap tounen lakay mwen
kote m te soti a.’
Lè l rive, li jwenn kote a vid, men yo
byen bale l, e yo byen dekore l.
Lè sa a, l al chèche sèt espri met
ansanm avè l, ki pi mechan pase l
e lè yo fin antre nan
moun nan, yo abite la.
E moun sa a vin nan yon eta ki
pi mal lontan pase jan l te ye anvan an.
Se konsa sa ap ye tou pou
jenerasyon mechan sa a.
Men lè fanmi l aprann sa,
yo deplase pou yo vin
pran l pou y al avè l,
paske yo t ap di: “Tèt li pati.”
Gade!
Men manman w ak frè w yo
kanpe deyò a,
yo bezwen pale avè w.
Ki moun ki manman m?
Ki moun ki frè m?
Gade!
Men manman m ak frè m!
Paske, kèlkeswa moun ki fè
volonte Papa m ki nan syèl la,
se moun sa a ki frè m,
ki sè m, ki manman m.
Nan menm jou sa a, Jezi kite
kay la, l al chita bò lanmè a.
Epi, te tèlman gen anpil moun
ki vin rasanble bò kote l,
li monte nan yon bato, li chita,
e tout foul la te kanpe bò lanmè a.
Apre sa, li sèvi ak egzanp
pou l di yo anpil bagay.
Gen yon moun ki soti
al simen semans.
Pandan l ap simen,
gen kèk semans ki tonbe bò chemen an,
epi zwazo vini yo manje yo.
Gen lòt ki tonbe nan tè ki gen wòch,
kote ki pa gen anpil tè,
e yo leve tousuit,
paske tè a pa fon.
Men, lè solèy la monte,
li boule ti plant yo,
yo seche paske yo
pa t gen rasin.
Gen lòt ki tonbe nan mitan pye pikan,
pye pikan yo grandi e yo toufe yo.
Gen lòt ankò ki tonbe nan bon tè,
e yo menm, yo donnen.
Genyen ki bay 100 fwa lavalè,
gen lòt ki bay 60,
e gen lòt ki bay 30.
Moun ki gen zòrèy
pou l tande, tande!
Epi, disip li yo vin kote l, yo di:
“Poukisa w sèvi ak egzanp
pou w pale avèk yo?”
Nou menm, yo pèmèt nou konprann
sekrè sakre ki gen rapò ak Wayòm syèl la,
men moun sa yo,
yo pa fè sa pou yo.
Paske, moun ki genyen an,
y ap ba l plis
e l ap vin gen anpil.
Men, moun ki pa genyen an,
y ap pran menm sa l
genyen an nan men l.
Se poutèt sa mwen sèvi ak
egzanp pou m pale avèk yo,
paske yo gade,
men se pou granmesi,
yo tande men se pou granmesi,
e yo pa konprann sa yo tande a.
Pwofesi Ezayi a reyalize sou yo.
Men sa l di:
“N ap tande, men nou pap konprann
anyen nan sa nou tande a.
N ap gade, men nou
pap wè anyen.
Paske, kè pèp sa a vin di.
Yo tande ak zòrèy yo,
men yo pa reyaji,
e yo fèmen je yo pou yo ka
pa janm wè ak je yo
e pou yo ka pa janm
tande ak zòrèy yo,
pou sa yo tande a
pa janm touche kè yo,
pou yo pa janm kase
tèt tounen pou m geri yo.”
Sepandan, nou menm, nou
byennere paske je nou ap gade,
e zòrèy nou ap tande.
Paske, anverite m ap di nou sa:
Gen anpil pwofèt ak anpil moun
ki jis ki te anvi wè
bagay n ap gade yo,
men yo pa t wè yo, e yo te
anvi tande bagay n ap tande yo,
men yo pa t tande yo.
Kounye a, koute sa egzanp
mesye ki t ap simen an vle di.
Lè yon moun tande mesaj Wayòm nan,
men li pa konprann li,
Mechan an vini, li rache sa
yo te simen nan kè l la.
Sa a se semans ki te
tonbe bò chemen an.
Kanta pou sa ki tonbe nan
tè ki gen wòch yo,
se moun ki tande pawòl la,
e tousuit li aksepte l ak kè kontan.
Poutan, li pa pran rasin nan li,
men li dire yon ti tan,
epi kou vin gen tribilasyon oswa
pèsekisyon akoz bon nouvèl la,
lamenm li lage sa.
Kanta pou semans ki tonbe
nan mitan pye pikan yo,
se moun ki tande pawòl la,
men tètchaje ki gen nan sistèm sa a
ak pouvwa richès genyen
pou l twonpe moun toufe pawòl la,
e pawòl la vin pa bay fwi.
Kanta pou sa ki tonbe
nan bon tè a,
se moun ki tande pawòl la
e ki konprann sans li,
se moun ki bay fwi toutbon.
Genyen ki bay 100 fwa lavalè,
gen lòt ki bay 60,
e gen lòt ki bay 30.
Wayòm syèl la ka menm jan
ak yon moun
ki simen bon semans
nan jaden l.
Pandan tout moun ap dòmi,
yon ènmi l vini, li simen move zèb
nan mitan ble a, epi l ale.
Lè ble a leve e li donnen,
lè sa a move zèb yo parèt tou.
Epi, esklav mèt kay la
vin kote l e yo mande l:
“Mèt, èske se pa bon semans
ou te simen nan jaden w lan?
Kòman l fè vin gen move zèb?”
Li di yo:
“Se yon ènmi ki fè sa.”
Esklav yo di l:
“Ebyen, èske w vle
nou soti al rache yo?”
Li di:
“Non, dekwa pou nou pa tou rache
ble a pandan n ap rache move zèb yo.
Kite yo toule de grandi ansanm
jiskaske rekòt la rive.
Epi, nan sezon rekòt la, m ap di
moun k ap rekòlte yo:
‘Rache move zèb yo anvan,
mare yo pa pakèt epi boule yo.
Apre sa, ranmase ble a
met nan depo m.’”
Wayòm syèl la tankou
yon grenn moutad
yon moun pran
li plante nan jaden l.
Anfèt, grenn moutad se grenn
ki pi piti nan tout semans,
men lè l grandi, li fè pi gwo
plant moun ka manje,
e li vin tounen yon pyebwa.
Konsa, zwazo nan syèl la vini,
e yo jwenn kote pou yo
abite nan branch li.
Wayòm syèl la tankou
ledven yon fi pran
li melanje ak twa gwo mezi farin,
jiskaske tout pat la leve.
Jezi te sèvi ak egzanp pou l di
foul moun yo tout bagay sa yo.
Wi, li pa t pale avèk yo
san l pa sèvi ak egzanp,
dekwa pou sa pwofèt la
te di a ka reyalize.
Li te di:
“M ap sèvi ak egzanp pou m pale,
m ap fè konnen bagay ki te
kache depi lè monn nan te fonde.”
Lè Jezi fin voye foul moun yo ale,
li antre nan kay la.
Disip li yo vin kote l e yo di l:
“Esplike nou egzanp
move zèb nan jaden an.”
Moun ki simen bon semans lan,
se Pitit lòm nan.
Jaden an, se monn nan.
Kanta pou bon semans lan,
se pitit Wayòm nan.
Men, move zèb yo,
se pitit Mechan an,
e ènmi ki simen yo a,
se Dyab la.
Moman rekòt la,
se fen sistèm nan,
e travayè k ap rekòlte yo,
se zanj yo.
Donk, menm jan yo ranmase
move zèb yo e yo boule yo nan dife,
se konsa sa ap ye
nan fen sistèm nan.
Pitit lòm nan ap voye zanj li yo,
e y ap ranmase tout moun
ki lakòz lòt moun peche
ak tout moun k ap
pratike sa ki mal,
y ap mete yo deyò nan Wayòm li an,
e y ap lage yo nan founèz dife a.
Se la yo pral kriye
e yo pral manje dan.
Nan epòk sa a, moun ki jis yo
pral briye menm jan ak solèy la
nan Wayòm Papa yo a.
Moun ki gen zòrèy
pou l tande, tande!
Wayòm syèl la tankou yon
trezò yo sere nan yon jaden,
epi yon mesye jwenn li, li sere l.
Li tèlman kontan, l ale li vann
tout sa l genyen, e li achte jaden an.
Anplis de sa, Wayòm syèl la
menm jan ak yon komèsan
k ap vwayaje pou l chèche bèl pèl.
Lè l jwenn yon pèl
ki gen anpil valè,
l ale, e tousuit li vann tout
sa l genyen, epi l achte l.
Yon lòt bò, Wayòm syèl la
tankou yon filè kèk
pechè lage nan lanmè e ki
pran tout kalite pwason.
Lè l plen, yo rale l met bò
lanmè a, epi yo chita,
yo triye bon pwason yo met nan veso,
men yo voye sa k pa bon yo jete.
Se konsa sa ap ye
nan fen sistèm nan.
Zanj yo ap soti, y ap retire mechan yo
nan mitan moun ki jis yo
e y ap voye yo jete
nan founèz dife a.
Se la yo pral kriye
e yo pral manje dan.
Èske nou konprann
tout bagay sa yo?
Wi.
Wi.
Se konsa tou, chak anseyan yo
anseye anrapò ak Wayòm syèl la
tankou yon moun, yon mèt kay,
ki rale ni bagay ki nèf
ni bagay ki la lontan
soti nan trezò l genyen.
Lè Jezi fin bay egzanp sa yo,
li kite kote l te ye a.