JW subtitle extractor

Kiyès Temwen Jewova yo ye?

Video Other languages Share text Share link Show times

Kiyès Temwen Jewova yo ye?
Nou soti nan divès ras e n pale
plizyè santèn lang.
Men, sa pa anpeche n travay
ansanm nan menm objektif.
Nou adore Jewova, Bondye Bib la
pale de li a, ki se Kreyatè tout bagay.
Nou se kretyen e nou fè sa n kapab
pou n imite Jezi
e pou n suiv ansèyman l yo.
Menm jan ak Jezi, nou fè efò
pou n onèt, pou n fè lapè
e pou n respekte lwa peyi
kote n ap viv la.
Men sa k pi enpòtan an, nou tout,
nou imite Jezi lè n pase tan
ap ede moun aprann laverite sou
Bib la e sou Wayòm Bondye a.
Piske n ap bay temwayaj sou
Jewova e sou Wayòm li an,
sa vle di n ap pale de yo, tout moun
konnen n kòm Temwen Jewova.
Chak semèn, nou reyini ansanm
nan Sal Wayòm nou yo
pou n aprann konnen Bondye
e pou n etidye Bib la.
Tout moun ka vin nan reyinyon nou yo,
nou pa fè lakòlèt.
N ap kontan akeyi w.
Pou w jwenn Sal Wayòm ki pi pre w la,
tanpri, aksepte yon envitasyon
nan men yon Temwen Jewova
oswa al sou sit jw.org/ht a.