JW subtitle extractor

Annou imite lafwa yo — Rebeka

Video Other languages Share text Share link Show times

Te gen yon lè nan tan lontan,
Abraram te voye Elyezè, sèvitè l la,
al chèche yon madanm
pou Izarak pitit gason l lan.
Li te konnen Bondye te bezwen
yon fi ki gen anpil lafwa
pou l kapab akonpli objektif li.
Men, kiyès ki t ap dakò kite kay li,
epi vwayaje
al yon kote li pa konnen.
Rebeka!
Rebeka!
Manman m retounen.
Bonjou piti fi m nan!
Bonjou manman!
Rebeka!
Kouzin ou an ap chèche w.
Ana, m vini!
Rebeka,
ou ka bay papa m sa a tanpri!
Mèwi, èske l ap travay toujou?
L ap travay pi rèd.
Rebeka, m t ap chèche w.
Èske m ka ale avè w?
Mèwi!
Bonjou papa!
Laban di ou bezwen sa a.
Ann, mèsi.
Èske m ka fè yon bagay
pou m ede w?
Ann al avè m nan pi a.
Ok!
Ana, ou pap ka al avè l.
M bezwen w ede m
fè manje midi a.
Ok.
Bonjou.
Bonjou Rebeka!
Bonjou!
Pase yon bon jounen!
Tanpri,
ban m yon ti dlo pou m bwè,
nan krich ou a?
Bwè non mèt mwen.
Mwen pral pran dlo pou
chamo w yo tou,
jiskaske yo fin bwè.
Vwayaj la te long!
Ezkize m mèt mwen.
Tanpri, di m non.
Pitit fi kiyès ou ye?
Èske gen plas lakay papa w
pou n pase nuit lan?
Mwen pap manje,
toutotan m pa di
sa m gen pou m di a.
Ou mèt pale.
Mwen se sèvitè Abraram.
Jewova beni mèt mwen an anpil.
Li fè l rich anpil.
Sara,
madanm mèt mwen an,
fè yon pitit gason pou mèt
mwen an nan vyeyès li.
Epi, mèt mwen an fè m
fè sèman, li di m:
“Ou dwe ale lakay papa m,
kot fanmi m,
ou dwe chwazi yon madanm
pou pitit mwen an.”
Men, mwen te di mèt mwen an:
“E si fi a pa vle vin avè m?”
Li di m:
“Jewova, ap voye zanj li avè w
e l ap beni vwayaj ou a san mank.”
Lè m te rive bò sous la jodi a,
men sa m te di:
“Jewova, Bondye Abraram nan,
Bondye mèt mwen an,
si w ap beni vwayaj mwen an,
men m kanpe la a bò yon sous.
Men sa k dwe rive lè yon jèn fi
sot lakay li vin pran dlo,
m ap di l:
‘Tanpri, ban m yon ti dlo
nan krich ou a pou m bwè.’
E li menm l ap di m:
“Ou mèt bwè,
e m pral pran dlo
pou chamo w yo tou.”
Ebyen, se fi sa a pou Jewova
chwazi pou pitit mèt mwen an.
Mwen potko menm fin di sa nan kè m,
men Rebeka,
ki sot lakay li ak krich li,
sou zepòl li.
Annapre, mwen mande l:
‘Pitit fi kiyès ou ye?’
Li reponn: ‘Pitit fi Betwèl.’
Lè sa a, mwen met
zanno a nan nen l,
mwen met
braslè yo nan bra l.
Kounye a, di m
si nou vle montre nou gen
lanmou pou mèt mwen an,
si nou vle montre nou fidèl ak li.
Men, si nou pa vle,
fè m konnen,
si pou m vire
adwat oswa agoch.
Se Jewova ki fè
bagay yo rive konsa.
Pran l al avè l pou l ka vin
madanm pitit mèt ou a,
jan Jewova di l la.
Negèb lwen wi.
Ki lè w ap tounen?
Sa k fè w pa ka ret isit la?
Ou te tande sa papa m di:
“Sa soti nan Jewova.”
Ou ka sèvi Jewova isit la!
Sa w di a se vre.
Men ou konnen,
Jewova ap beni w
nan fason ou pa t ap janm imajine.
Nou gen ti tan toujou
pou n ka pase ansanm.
Ann byen pwofite tan sa a, hmm?
Jewova, pou ki se mwen?
Rasanble mesye yo
e prepare chamo yo.
Nou dwe ale talè!
OK, tousuit!
Poukisa w ap ranmase afè w?
Tanpri,
voye m al jwenn mèt mwen.
Kite matmwazèl la rete pou
omwen dis jou ansanm avèk nou.
Wi, pou omwen dis jou.
Apre sa, li mèt ale.
Pa bloke m.
Piske nou wè Jewova
beni vwayaj mwen an,
voye m ale pou m al
jwenn mèt mwen.
Ann rele matmwazèl la
pou n mande l sa l panse.
Rebeka,
Elyezè vle ale, kounye a.
Eskize m wi!
Èske w vle ale ak mesye a?
Wi, mwen vle ale.
Mwen renmen w.
Rebeka!
Sè nou an,
nou swete pou w vin
gen plizyè milyon pitit,
e se pou desandan w yo pran vil
moun ki rayi yo kòm byen pa yo.
Glwa pou Jewova!
Glwa pou Jewova!
M ap sonje w!
Mwen renmen w!
Rebeka pa t konnen sa k
t apral rive nan lavi l.
E pa gen okenn kote nan Bib la
ki montre Rebeka te wè fanmi l ankò.
Li te montre li te gen lafwa lè li
te kite konfò lakay li.
Kòm benediksyon, Jewova te
fè l vin yon zansèt Mesi a.
Li merite
pou nou imite lafwa li.