JW subtitle extractor

Jakòb: Yon moun ki te renmen lapè

Video Other languages Share text Share link Show times

Èske sa deja rive
yo fè w abi
oswa enjistis?
Èske w te fache pou
yon bagay yo te di w
oswa fè w?
Sa rive nou tout.
Nan sitiyasyon konsa,
souvan moun ki pa konn
Jewova yo konn aji
yon fason ki montre
yo pap chèche
lapè ditou.
Yo tire revanj,
yo goumen,
yo kifkif.
Men, nou konnen
Jewova wè sa k
pase a
e li ka ranje tout
bagay.
L ap bon pou nou
sonje pawòl Jezi yo:
“Byennere moun ki gen
tanperaman dou.”
“Byenmere moun
ki renmen fè lapè.”
Labib pale de
yon mesye
ki te konn rete
kalm,
e ki te renmen fè lapè
devan sitiyasyon
ki bay gwo strès.
Plizyè fwa, li te chwazi
pou l pa goumen,
li te prefere
pran wout lapè a.
Mesye sa a se te
Jakòb.
Jakòb te aprann
anpil
nan bèl egzanp
papa l,
Izarak.
Te gen grangou
nan peyi a.
Epi, Izarak t ale
ak fanmi l Gera.
Se Abimelèk,
wa moun Filisti yo,
ki t ap dirije l.
Ann al gade ki pwoblèm
ki te vin genyen
epi, ki jan Izarak
te jere yo.
Tanpri, annou li
Jenèz 26,
apati vèsè 12.
Epi,
Izarak te kòmanse
fè jaden nan peyi a,
e nan menm ane a,
li te rekòlte 100 fwa
lavalè sa l te plante,
paske Jewova te beni l.
Misye te vin gen
anpil byen,
e afè l te kontinye
ap byen mache
jiskaske l te vin rich
anpil.
Li te vin gen plizyè
twoupo mouton,
yon bann ak yon pakèt
bèf
ak anpil sèvitè,
e moun peyi Filisti yo
vin rayi l
pou sa l genyen.
Se poutèt sa,
moun peyi Filisti yo
te pran tè
e yo te bouche tout pi
sèvitè Abraram,
papa l, te fouye
lè Abraram te la.
Epi, Abimelèk di Izarak:
“Sot nan zòn nou an,
paske ou vin gen plis
fòs lontan pase nou.”
Konsa,
Izarak te kite
zòn nan,
li t al monte tant li nan
Vale Gera,
epi li rete la.
Annapre,
Izarak te refouye pi
yo te fouye
nan epòk Abraram,
papa l, te la,
pi moun peyi Filisti
yo te bouche
apre lanmò Abraram.
Li te bay pi sa yo
menm non papa l
te ba yo a.
Lè sèvitè Izarak yo
t ap fouye pi nan
vale a,
yo te jwenn youn
ki te gen dlo dous
ladan l.
Gadò mouton nan
Gera yo
te pete gwo diskisyon
ak gadò mouton
Izarak yo,
yo t ap di:
“Se pou nou dlo a ye!”
Se sa k fè, Izarak
te rele pi a Esèk,
paske yo te pete yon
gwo diskisyon avè l.
Sèvitè Izarak yo
t al fouye yon lòt pi,
e moun yo te pete
yon gwo diskisyon
ak Izarak pou pi
sa a tou.
Se sa k fè li
te rele pi a Sitna.
Annapre, Izarak kite
zòn sa a
e li fouye yon lòt pi.
Men, yo pa t fè kont
avè l pou pi sa a.
Se sa k fè li te rele
pi a Reyobòt,
epi li di:
“Se paske Jewova
ban nou anpil espas
kounye a
e li fè nou vin anpil
nan peyi a.”
Apre sa, li kite zòn
nan
li monte l al Beyècheba.
Nan menm jou sa a,
Jewova te parèt
devan l nan nuit
e li di l:
“Mwen se Bondye
Abraram nan,
Bondye papa w la.
Ou pa bezwen pè,
paske m avè w,
m ap beni w
e m ap fè desandan w
yo vin anpil
poutèt, Abraram,
sèvitè m nan.”
Moun Filisti yo
ki te gen anbisyon
te bouche tout pi
Abraram te fouye yo,
e wa a te mande
Izarak
pou l kite zòn nan.
Donk,
Izarak te dwe
pran yon desizyon.
Petèt gen moun ki te
ankouraje l
pou l pa fè yon pa.
Petèt yo te ka ap di l:
‘Ou pa fè anyen ki mal,
Izarak.
Jewova te di w,
se ou menm
ak desandan w yo
l ap bay peyi a.
Ou pa gen anyen
pou w pè.
Ou gen anpil sèvitè
e w gen plis fòs
lontan pase moun Filisti yo.
Poukisa w pa goumen
ak moun sa yo
ki bouche pi w yo?’
Nan sitiyasyon sa a,
ki sa ou menm
ou t ap fè?
Izarak te chwazi
fè lapè.
Li te chwazi
kite zòn nan.
Sa pa t fasil,
paske Izarak te gen
anpil sèvitè,
li te gen anpil twoupo
mouton
ak yon pakèt bèf.
Li te vire tè a
li te plante anpil
e li te pwodui anpil.
Men, li te kite tout sa
dèyè
e li te kite zòn nan.
Men,
pwoblèm Izarak yo
pa t fini la.
Lòt kote l t ale a,
sèvitè l yo te fouye
lòt pi
e yo te jwenn dlo
dous ladan l.
Men, bèje yo
nan zòn sa a di l:
“Se pou nou dlo a ye!”
Izarak fouye yon lòt pi,
men bèje yo nan zòn
sa a
pete gwo diskisyon avè l
pou li tou.
La ankò,
olye Izarak nan chèche
goumen,
li deplase,
epi finalman,
li jwenn yon kote
pou l abite
anpè.
Jakòb te wè
aksyon papa l
te fè pou l fè lapè yo
te bay bon rezilta
e l te konnen,
papa l, Izarak,
te jwenn benediksyon
Jewova.
Ki leson n aprann?
Nou menm paran,
pinga nou janm
minimize
gwo efè tout egzanp
nou bay
kapab genyen
sou pitit nou!
Jakòb te gen
yon frè jimo,
Ezaou.
Nan yo de a,
se Ezaou ki te fèt
an premye.
Men, Jewova
te anonse,
kontrèman ak koutim
nan,
pi gran an,
Ezaou, t ap sèvi
ti frè l la.
Jewova te gentan

ki pèsonalite yo
toule de t ap genyen
e li te konnen
Ezaou pa t ap gen
gwo apresyasyon
pou bagay espirityèl.
Sa te vin klè
lè Ezaou te chanje
dwa li genyen
pou l premye pitit la
pou yon bòl bouyon
pwa,
e li te menm fè
yon sèman.
Men, te gen yon lòt
bagay nan kesyon an,
lefèke l te vann dwa l
genyen
pou l premye pitit la,
li te tou rejte dwa l
genyen
pou l resevwa
yon benediksyon
nan men papa l.
Anpil ane pase,
Izarak vin granmoun
e li deside
pou l bay premye
pitit li a benediksyon
Li ka pa t konnen
si Ezaou te deja
vann dwa l genyen
pou l premye pitit la.
Antouka,
li te di Ezaou li
pral beni l
men, anvan, li
te mande l
pou l al chèche jibye
pou l fè yon ti manje
byen gou pou li.
Rebeka, manman
de jimo yo,
te tande konvèsasyon
an.
E li t al konvenk Jakòb
pou l pran plas Ezaou,
frè Jimo l la,
pandan Ezaou
t al chase.
Plan an te mache.
Izarak te beni Jakòb
san l pa rann li
kont.
Lè Ezaou tande sa,
li fache anpil.
Annou kontinye
ak istwa a
nan Jenèz 27,
apati vèsè 41 an.
Epi,
Ezaou te vin
rayi Jakòb
akoz benediksyon papa l
te bay Jakòb la
e l te toujou ap di
nan kè l:
“Papa m pa lwen mouri.
Apre lanmò papa m,
m ap touye Jakòb,
frè m nan.”
Lè yo di Rebeka
pawòl Ezaou,
pi gran pitit gason l lan,
di yo,
menm kote a,
li voye rele Jakòb,
pi piti pitit gason l lan,
epi li di l:
“Gade!
Ezaou, frè w la,
ap chèche touye w
pou l tire revanj.
Kounye a,
pitit gason m,
fè sa m ap di w la:
‘Leve, pati al kay Laban
frè m nan, nan peyi Aran.
Abite avè l pandan
yon tan,
jiskaske ray frè w
la pase,
jiskaske frè w la pa
an kòlè kont ou ankò
e l bliye sa w te fè l la.
Apre sa,
m ap voye chèche w
kote w ye a.
Poukisa m oblije
pèdi nou
toule de yon sèl jou?
Apre sa,
Rebeka pa t sispann
di Izarak:
“Mwen gen degoutans
ak lavi m akoz
pitit fi Èt yo.
Si Jakòb ta pran
yon madanm
pami pitit fi Èt yo,
menm jan ak medam
sa yo ki nan peyi a,
ebyen m mèt tou
mouri?”
Se konsa, Izarak
rele Jakòb,
li beni l e li ba l lòd,
li di:
“Ou pa dwe pran yon fi
nan peyi Kanaran
pou vin madanm ou.
Al Padanaram,
lakay Betwèl,
papa manman w,
e se la pou w pran
yon fi
pami pitit fi Laban yo,
frè manman w lan,
pou vin madanm ou.
Bondye Toupisan an
ap beni w,
l ap fè w gen anpil pitit,
w ap peple anpil,
e san mank,
yon pakèt
pèp ap soti nan ou.
E l ap ba w benediksyon
li te pwomèt Abraram
nan.
L ap bay ni ou menm
ni desandan w yo li,
pou w ka pran peyi
w ap viv ladan l lan
kòm etranje a,
peyi Bondye te bay
Abraram nan.”
Se konsa,
Izarak voye
Jakòb ale.
Jakòb ale Padanaram,
lakay Laban,
pitit gason Betwèl,
moun Aram,
frè Rebeka ki manman
Jakòb ak Ezaou.
Paran Jakòb yo
te mande l
pou l al kay Laban,
tonton l,
pou l chwazi
yon madanm.
Anfèt,
sa k te plis pwoblèm
nan
se sitiyasyon li te gen
ak Ezaou a.
N ap sonje anvan
Izarak te gen yon pwoblèm
ak moun Filisti yo,
yon pwoblèm li klè
ki pa t ka rezoud
nan lapè.
Donk,
ki sa Izarak te fè?
Li te kite zòn nan
Kounye a, Jakòb devan
yon sitiyasyon
ki sanble ak sa:
frè l la fache
pou l mouri,
se sa k fè Jakòb
kite zòn nan.
Sa vle di li kite kay li
ak fanmi l,
sa vle di tou
li gen pou l fè yon vwayaj
ki byen long
pou l al nan yon peyi
ki byen lwen.
Jakòb te ka chwazi
l ap rete nan peyi a.
Se genyen li te genyen
dwa premye pitit la.
Li te ka di manman l
ak papa l:
‘M pa timoun ankò.
M gen 77 an sou
tèt mwen!’
Jakòb pa t fè youn
nan bagay sa yo.
Labib di:
“Jakòb te obeyi papa l
ak manman l
e li te pran wout pou l ale.”
Ki leson nou aprann?
Lè n ap fè fas ak
yon sitiyasyon
nou pa ka rezoud
nan lapè,
petèt nou pap bezwen
kouri
al nan yon peyi
ki byen lwen.
Men, pafwa,
se yon bagay
ki vrèman saj
pou nou ale lwen
yon sitiyasyon.
Pwovèb 17:14 di:
“‏Lè yon batay kòmanse,
se tankou yon dlo
yo lage.
Anvan diskisyon pete,
wete kò w.”
Pandan Jakòb te
sou wout
pou l al kay
tonton l lan,
Jewova parèt devan
Jakòb nan yon rèv
e li ba l asirans l ap
soutni l
e l ap pwoteje l.
Sa pa t vle di
pwoblèm Jakòb yo
te fini la.
Lè l rive,
l al abite lakay
tonton l lan.
Annapre, gen yon lòt
sitiyasyon ki te rive
ki montre Jakòb se
yon moun ki renmen lapè.
Annou li istwa a
nan Jenèz 29, apati
vèsè 16.
Twouve, Laban te gen
de pitit fi.
Pi gran an te rele
Leya
e pi piti a te rele
Rachèl.
Men, Leya pa t gen
bèl je,
tandiske Rachèl te
bèl anpil
e moun te renmen
wè l.
Jakòb te tonbe damou
pou Rachèl,
se sa k fè l te di:
“Mwen dispoze travay
avè w
pandan setan pou
Rachèl, pi jèn pitit fi w la.”
Lè sa a, Laban di:
“Mwen pito ba ou l
pase m bay yon
lòt gason l.
Kontinye rete ansanm
avè m.”
Jakòb te travay pandan
setan pou Rachèl.
Men, pou li,
se te tankou
kèk jou sèlman
paske l te renmen
Rachèl.
Annapre, Jakòb di Laban:
“Ban mwen l pou m
marye avè l
e pou m antre nan
relasyon avè l,
paske tan m te gen pou 
m travay pou ou a fini.”
Lè sa a, Laban reyini
tout moun nan zòn nan,
epi li fè yon nòs.
Men, pandan
nuit lan,
Laban te pito
pran Leya,
pitit fi l,
mennen
bay Jakòb
pou l antre nan relasyon
avè l.
Li te bay Leya Zilpa
kòm sèvant.
Nan demen maten,
lè Jakòb gade,
li wè se Leya.
Se sa k fè li te di
Laban:
“Sa w fè m la a?
Èske se pa pou Rachèl
mwen te travay pou ou?
Poukisa w twonpe m?
Laban reponn li:
Se pa abitid nou bò
isit la
pou nou bay fi ki pi piti a
anvan pi gran an.
Fin pase semèn nan
ak dam sa a,
apre sa, m ap ba w
lòt dam nan tou.
Men, fò w fè setan ap
travay pou mwen ankò.
Jakòb fè sa l mande l la,
li pase semèn nan
ak dam nan.
Apre sa,
Laban ba l Rachèl,
pitit fi l, pou vin madanm li.
Mete sou sa, Laban
pran Bila, sèvant li,
li fè l vin sèvant Rachèl,
pitit fi l la.
Jakòb te gen rezon
pou l fache.
Li te antann li ak Laban
pou l travay pou
setan pou Rachèl.
Nan fen setan an,
yo te òganize
yon nòs.
Yo te byen vwale
yon fi mennen ba li.
Se pa t Rachèl,
se te Leya.
Imajine jan Jakòb
te dwe sezi.
Olye Laban te admèt li
twonpe l,
li te ba l yon pawòl
kenbe.
Ki sa k te ka ap pase
nan tèt Jakòb?
Èske li t ap panse
Jewova te ka toujou
ap travay
sou pwomès li te fè l la,
pou l fè desandan l
yo vin anpil
tankou grenn sab
ki sou tè a?
Nou pa konnen.
Twouve,
Leya te fè 6 pitit gason
pou Jakòb.
Ladan yo te gen Levi
ak Jida,
de chèf fanmi
de tribi ki te gen
plis valè ann Izrayèl yo.
Nòmalman,
Jakòb pa t ka konn
sa alavans.
Men,
Jakòb, ki renmen
fè lapè,
aksepte Leya
e li te aksepte
demann chokan
Laban te fè a
pou l travay pou
sèt ane ankò
pou Rachèl.
Ki leson n aprann?
Sa fè mal,
lè lòt moun
pa respekte
angajman yo pran.
Menm jan ak Jakòb,
èske nou ka fè efò
pou nou padone yo
e pou nou chèche rete
anpè avèk yo?
Jakòb te sèvi Laban
pandan 14 an
pou l te ka gen de
madanm li yo
e li te travay ankò
pou li pandan 6 an
pou l gen twoupo
bèt li yo.
Finalman, anba
direksyon Jewova,
Jakòb rasanble fanmi l
ak bèt li yo,
san l pa fè Laban
konn sa
e li pran wout lakay li.
lè Laban aprann sa,
li fache anpil!
Li pati dèyè Jakòb
e li jwenn li.
Se te yon sitiyasyon
ki te grav anpil,
e te ka gen gwo
goumen byen fasil.
Imajine jan sa
te dwe ye:
Jakòb rive nan
yon zòn ki plen mòn.
Petèt li te gentan
maten,
e te gen bon van,
gen bri bèt yo
ak sant bèt yo,
mouton, bourik,
chamo.
Yo te anpil.
Sèvitè yo ap pran
swen yo
e y ap prepare yo
pou jounen vwayaj la.
Men, sèvitè yo te pè
e yo te kòmanse rele.
Yo wè Laban ap vini
e li pa poukont li.
Li avèk yon pakèt
gason ki gen fòs.
Yo t ap galope sou
chamo yo,
epi yo desann yo.
Se pa t yon vizit
konsa konsa.
Mesye Laban yo
t ap tann lòd Laban
pral ba yo.
Sèvitè Jakòb yo
te kouri rasanble.
Je yo tout te fikse
sou Laban ak Jakòb
ki t ap pale.
Men, nan nuit anvan
an,
Jewova te avèti Laban
nan yon rèv
pou l fè atansyon
ak sa li pral di Jakòb.
Malgre sa,
Laban te fache
e l te sou goumen.
Laban te lage de
akizasyon sou do Jakòb.
Toudabò, li te di:
“Poukia w deside
fè m kou sa a?
Poukisa w pran
pitit fi m yo
tankou moun yo pran
kòm prizyonye
nan lagè?
Poukisa w fè m kou
sa a?
W ale an kachèt
san w pa di m anyen?”
Repons pou akizasyon
sa a byen klè.
Jakòb reponn li:
“Mwen t al an kachèt
paske m te pè.
Mwen te di tèt mwen:
‘Ou kapab pran
pitit fi w yo
nan men m an gwo
ponyèt.’”
Laban te akize
Jakòb tou
kòmkwa li te vòlè
zidòl li yo.
Anfèt,
Rachèl te vòlè
zidòl yo vre,
men, Jakòb pa t konn
anyen sou sa.
Yo fouye tout bagay,
men, yo pa t jwenn
zidòl yo.
Lè sa a, Jakòb defann
tèt li.
Ann kontinye li istwa a
nan Jenèz 31,
apati vèsè 36.
Jakòb te vin fache
e li te kòmanse pale
di ak Laban.
Jakòb di Laban:
“Ki mal mwen fè,
e ki peche m fè
ki fè w lage dèyè m
ak tout fòs konsa?
Kounye a ou fin fouye
tout sa m posede,
ki bagay ki soti lakay ou
ou jwenn ladan yo?
Mete yo la devan
mesye pa m yo
ak mesye pa w yo,
epi kite yo jije
nou toule de.
Pandan 20 an sa yo
mwen pase avè w la,
mouton w yo
ak kabrit ou yo
pa t janm fè foskouch
e mwen pa t janm manje
yon mal mouton
nan twoupo w la.
Mwen pa t janm pote
yon bèt lòt bèt devore ba ou.
Se mwen k te peye sa.
Si yo te vòlè yon bèt,
kit se lannuit,
kit se lajounen,
ou te fè m remèt
ou li.
Chalè te fin kuit mwen
lajounen,
fredi te fini avè m lannuit
e mwen pa t gen dòmi
nan je.
Sa fè 20 an depi m
lakay ou.
Mwen travay pou ou
pandan 14 an pou m
gen de pitit fi w yo
e mwen fè 6 an
ap travay pou w ban m
yon pati
nan twoupo w la,
men ou chanje sa
pou w te peye m nan
dis fwa.
Si Bondye papa 
m ap sèvi a,
Bondye Abraram nan,
Bondye Izarak
gen lakrentif pou li a,
pa t avè m,
ou t ap voye m ale
de men vid.
Bondye wè mizè m,
li wè jan m travay di
ak men m,
se sa k fè li te ba w
pinga sa a yè swa.”
Apre sa, Laban
reponn Jakòb:
“Medam yo se
pitit fi m,
timoun yo se pitit
pitit mwen,
twoupo yo
se twoupo m,
e tout sa w ap
gade la yo
se pou mwen
ak pitit fi m yo.
Ki sa m ka fè yo
jodi a
e ki sa m ka fè pitit
yo?
Kounye a, vini,
ann fè yon alyans
e l ap sèvi kòm
temwen
ant ou menm avè m.”
Se konsa,
Jakòb pran yon wòch,
li mete l kanpe tankou
yon poto.
Apre sa, Jakòb di mesye
ki te avè l yo:
“Al pran wòch!”
Y al pran wòch
e yo fè yon pil avè yo.
Annapre, yo manje
sou pil wòch la.
Epi, Laban te rele pil
wòch la Jegasayadouta,
men, Jakòb te rele l
Galeyèd.
Apre sa, Laban di:
“Pil wòch sa a temwen
ant mwen menm avè w
jodi a.”
Se sa k fè Jakòb te rele l
Galeyèd,
e li te rele l Mispa,
paske Laban te di:
“Se pou Jewova kontinye
voye je
sou mwen menm
avè w
lè youn pa anba je lòt.
Si w maltrete pitit
fi m yo
e si w al gen lòt
madanm
anplis pitit fi m yo,
menm lè moun
pa wè sa,
Bondye ap wè sa,
li menm ki temwen
ant mwen menm
avè w.”
Laban di Jakòb:
“Men pil wòch sa a
e men poto mwen
mete kanpe
ant mwen menm
avè w la.
Pil wòch sa a temwen
e poto sa a temwen
tou,
mwen pap janbe
pil wòch sa a
pou m al fè w
mechanste,
e ou menm,
ou pap
janbe pil wòch sa a
ak poto sa a
pou w vin fè m
mechanste.
Se pou Bondye
Abraram nan,
Bondye Nawò a,
Bondye zansèt mesye
sa yo,
sèvi kòm Jij
ant mwen menm
avè w.”
Men, Jakòb te fè sèman
sou Bondye Izarak,
papa l, te gen lakrentif
pou li a.
Apre sa, Jakòb fè yon
sakrifis nan mòn nan
e li envite mesye l yo
manje.
Se konsa, yo manje
e yo pase nuit lan
nan mòn nan.
Epi, Laban leve
granmmaten,
li bo pitit pitit li yo
ak pitit fi l yo
e li beni yo.
Apre sa, Laban
retounen lakay li.
Jakòb te sèvi Laban
fidèlman pandan 20 an,
menmsi Laban te
twonpe l
epi eksplwate l.
Laban pa t admèt sa.
Okontrè, li te oze di:
‘Se pou mwen
tout bagay ou gen
avèk ou la yo ye.’
Laban te konseye
pou yo fè yon alyans
lapè.
Konsa, pa gen
yon fanmi
ki t ap fè lòt fanmi
an mal.
Laban pa t ap chèche
fè lapè vre,
okontrè,
petèt se chèche
li t ap chèche asire l
Jakòb pa t ap retounen
ak zidòl yo nan peyi a
apre l fin mouri
pou l pran eritaj pitit
gason l yo.
Antouka, Jakòb
te aksepte.
Tout moun dakò,
pa t gen okenn vyolans.
Epi yo fè yon moniman,
pou sonje akò yo
te fè a.
Menm apre tout ane
abi sa yo,
Jakòb dakò fè yon alyans
lapè ak Laban.
Li pa ni kenbe rankin,
ni tire revanj.
Pwoblèm sa a te fini
pou Jakòb.
Men, kounye a, li gen
yon lòt pwoblèm.
Jakòb voye kèk moun
kot frè l la.
Yo fè konnen Jakòb
ap retounen,
e l ap chèche padon
nan men Ezaou.
Mesaje yo retounen
e yo di Jakòb
Ezaou ap mache vin rankontre w.
E li gen 400 gason avè l.
Mezanmi!
Ou kwè Ezaou toujou
fache?
Nou ka imajine jan
Jakòb te pè.
Li pa t vle nan goumen
ak frè l la.
Ann wè ki jan l te jere
sitiyasyon an.
Tanpri, ann al
nan Jenèz 32,
apati vèsè 13.
Epi, li pase nuit lan la.
Apre sa, li pran kèk
nan bèt li yo
pou l bay Ezaou,
frè l la, kòm kado.
Li te ba li 200
femèl kabrit
ak 20 bouk,
200 femèl mouton
ak 20 mal mouton,
30 femèl chamo
ak tout pitit yo,
40 gazèl bèf
ak 10 towo bèf,
20 femèl bourik
ak 10 mal bourik.
Apre sa, li remèt
sèvitè l yo bèt yo,
yon twoupo apre lòt,
e li di yo:
“Pran devan,
janbe rivyè a
e nou dwe kite yon
distans apre chak
twoupo.”
Epi li bay premye
sèvitè l la lòd,
li di l:
“Si Ezaou, frè m nan,
ta jwenn avè w,
epi l mande w:
‘Kiyès ki mèt ou,
ki kote w prale
e pou kiyès bèt ki
devan w yo ye?’,
ou dwe di l:
‘Se pou Jakòb,
sèvitè w la.
Se yon kado li voye
bay Ezaou, mèt mwen,
e men l dèyè nou an.”
Apre sa, li bay
ni dezyèm sèvitè a
ni twazyèm nan
menm lòd la ansanm
ak tout lòt moun ki
t ap mache
dèyè twoupo yo.
Li di yo:
“Se sa m di la a
pou n di Ezaou lè
nou jwenn avè l.
Epitou, nou dwe di l:
‘Men Jakòb, sèvitè w la,
dèyè nou an.’”
Paske Jakòb te di tèt li:
“Si m kalme Ezaou
ak kado m voye devan
pou li yo,
lè m vin wè avè l,
li ka byen resevwa m.
Jakòb te vle viv anpè
avèk frè l la.
Li voye yon gwo kado
ba li,
plizyè santèn bèt
pou l te ka fè sa.
Èske Jakòb te twò
kapon,
li pa t vle kanpe anfas
frè l la?
Se pa sa ditou!
Nan moman Jakòb
t apral rankontre
ak Ezaou a,
li te batay ak yon zanj
jiskaske li jou
pou l te jwenn plis
asirans
Jewova t ap beni l.
Kounye a, annou wè
sa k rive
lè de frè yo rankontre.
Tanpri, ann al nan
Jenèz 33,
apati vèsè 1.
Rive yon lè, Jakòb
leve je l
li wè Ezaou k ap vini
ansanm ak 400 gason.
Lè l wè sa, li separe
timoun yo bay Leya,
Rachèl ak de sèvant
yo.
Li mete sèvant yo
ak pitit pa yo devan,
Leya ak pitit pa l yo
apre,
e li mete Rachèl
ak Jozèf dèyè.
Apre sa, li pran
devan yo,
li koube atè byen ba,
pandan sèt fwa,
tank li t ap pwoche
toupre frè l la.
Men, Ezaou kouri
al rankontre Jakòb,
li ba l akolad e li bo l,
epi yo tonbe kriye.
Epi, Ezaou voye je l
li wè medam yo
ak timoun yo,
li di:
“Ki moun sa yo
ki avè w la a?”
Lè sa a, Jakòb reponn:
“Se pitit Bondye
bay sèvitè w la.”
Lè sa a, sèvant yo
avanse
ak pitit pa yo e yo koube
atè byen ba.
Leya, li menm tou,
avanse ak pitit pa l yo
e yo koube atè byen ba.
Apre sa, Jozèf avanse
ansanm ak Rachèl
e yo koube atè
byen ba,
epi, Ezaou di:
“Poukisa w voye tout
moun sa yo
ak tout bèt sa yo
mwen wè yo?”
Lè sa a, Jakòb di l:
“Se pou m ka jwenn
favè w, mèt mwen.”
Epi, Ezaou di:
“Frè m, mwen gen
anpil anpil byen.
Ou mèt kenbe
pa w yo.”
Men, Jakòb di l:
“Non, tanpri frè m.
Si w kontan wè m vre,
ou dwe pran kado m
pote pou ou yo,
paske m te pote yo
pou m ka wè w.
Wè m wè w la,
se kòmsi se Bondye
mwen wè,
paske w resevwa m
ak kè kontan.
Tanpri, pran kado
mwen pote yo
kòm yon benediksyon
mwen pote pou ou,
paske Bondye beni m
e mwen gen tout sa
m bezwen.”
Epi, Jakòb te kontinye
pale avè l
jiskaske li te pran
kado yo.
Gade jan sa byen fini!
Olye te gen yon gwo
goumen,
de frè yo te kontan reyini ansanm,
yo tonbe kriye
e youn anbrase lòt.
La ankò, Jakòb montre
li renmen fè lapè.
Ki jan l te montre sa?
Li te priye,
e li te aji ann amoni
ak priyè l yo.
Li te voye kado,
li te onore frè l la,
e li te respekte l,
lè li te rele l mèt
e li te bese devan l
sèt fwa.
Ki leson n aprann?
Èske istwa sa a pa
ede n wè byen klè
tout sa nou ta dwe
dispoze fè
pou nou fè lapè
ak frè ak sè nou yo?
Nan egzanp Jakòb la,
nou aprann anpil bagay
sou fason pou n
chèche fè lapè.
Lè frè l la te menase l
pou l touye l la,
li te kite zòn nan ba li.
Lè Laban te twonpe l
anrapò ak Leya
ak Rachèl la,
li te aksepte sa.
Lè Laban te kouri dèyè
Jakòb e li te akize l la,
li te dakò
fè yon alyans
lapè avè l
e lè l t apral
rankontre Ezaou a,
li te ofri l kado.
Sonje sa, pa gen youn
nan sitiyasyon sa yo
kote se Jakòb ki te
bezwen mande padon.
Men, pandan tout
lavi Jakòb,
Jakòb te renmen lapè.
Li te konte sou Jewova,
e Jewova te beni l.
Jewova pa t janm
bliye Jakòb
ak jan li te pousuiv
lapè
nan fason li te boule
ak lòt moun.
Lè nou fè menm
jan an,
lè nou kontinye
chèche fè lapè
devan enjistis,
devan pèsekisyon,
ni nan ti pwoblèm,
ni nan gwo pwoblèm,
Jewova pap bliye
nou tou.
Jewova ap beni
nou anpil,
si nou renmen lapè
menm jan Jakòb
te renmen lapè.